LANE II, NUMEWO XIII JIYÈ 2018 CHAK MWA
KREYOLOFONI
NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID
Arestasyon ANDEDAN
elèv KREYOLOFONI
kap triche 1.– Si bagaay sa yo
kontrarye nou tout
nan peyi a… 03
2.– Glotofobi nan
sosyete aysyen an 07
TAP TAP
MULTI-
SERVICES
SAINT-
MICHEL
BOTANIKA
PLANET
FM
100. FM
STEREYO
nan ekzamen leta, Pa Bliye
sa lalwa di...
Pèsonn pa ka rep-
Sponsorisé par wodwi atik jounal sa
a san otorizasyon
redaksyon an
Redaksyon an pap
publiye atik san non
san adrès
SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2
KREYOLOFONI
Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles
Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN
PDG : Pierre Richard Osias
Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles
Administratè :
Relasyon Publik :
Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maurice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pierre
Teknisyen-Enprimè :
Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie
59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]
Telefòn : (509) 3848/5890
Email :[email protected]
KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE
HAYTI (KNONH)
Parti Politique Régional & Moderne
Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84
38 48 58 90
Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...
KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3
EDITORYAL LA
Si bagay sa yo kontrarye nou tout Ayityen nan peyi a, poukisa nou pa leve kanpe di nou bouke?
Ta sanble «Banbòch demokratik» ki te lanse pa prezidan pwovizwa Henry Namphy a sou wout
pou l ta doubout. M ka toujou twonpe m men ta sanble nap vanse alavavit a yon gran dezod e ki ka kapote
prezidans Jovenel Moise la. Anpil bagay pase nan peyi a pandan mwa jen sa a ki ta dwe fè peyi a leve
kanpe kont aloufa tèt kale yo osinon kont sistèm politik sa a pou n ta leve kanpe di nou fout bouke. Mwen
m bouke.
Presyon yon senatè meriken nan Florid Etazini fè prezidan nou an ki konnen men l pa pwop nan
lave lajan sal pete kouri ak yon pil moun (30) akonpaye l al Taiwan koute leta aysyen, selon pwofesè Au-
guste D’Meza, « 418.230 dola meriken » pou siyati yon prè 150 milyon dola meriken. Nwe relasyon di-
plomatik ak Repiblik Popilè Lachinn tap pi bon pou peyi a preske tout Aysyen kwè. Nou ka konkli prezi-
dan an pap aji nan enterè peyi a men nan entere pwoteje pouvwa l. Pou ki moun prezidan ap travay?
Ayiti dirije pa Jovenel Moise la sanble ignore listwa, fratènite ki ekziste ant Venezuela depwi
1806 pou l bay yon gwo kou nan do sa a. Administrasyon Moise la vote abstansyon nan OEA, yon vot
trayizon, kote peyi Etazini tap goumen diplomatikman pou l mete Venezuela deyò nan Òganizasyon Eta
Meriken sa a pandan peyi a tap atann yon vot an favè peyi Nicolas Maduro a. Nou trèt Venezuela ki ban-
nou 4 milya dola vèt pou n dekole peyi a. Nou engra. Nou san wont. Maduro te dwe mande nou kob la se
yon pouvwa restavèk Ayiti genyen jodia.
Gouvènman an bay trezò piblik yon fakti 14 milyon dola vèt pou televizyon, pano sole, moto-
siklèt, machinn elatriye yo di yo achte pou koup dimond lan, pandan nou aprann se ta Taiwan ki ta fè don
televizyon yo a peyi a. Sa se eskrokri. Si prezidan pat yon vòlè chèf koripsyon, li ta dwe demisyone. Sa
gen kèk jou prezidan Jovenel Moise te deklare pandan l tap patisipe nan yon kolòk òganize pa Komisyon
Nasyonal Mache Piblik, « Tout kontra pase ak founisè sèvis yo pandan dis dènye ane yo te koute plis pase
sa yo vo ». Prezidan gen kouraj pou l di Presidan Jocelerme Privert, Michel Joseph Martely ak René Pre-
val se vòlè, yo gen dwèt long; poutan, gen de prezidan ki vivan kap viv san kè sote.
Premye minis Jack Guy Lafontant konvoke pa chanm depite a e depite Gros-Mornes nan fè de-
klarasyon sa a, « Lafontant se premye minis ki pi nil nan tout listwa peyi dayiti. Pi bon sèvis Jovenel
Moise te ka rann peyi a se fè chanm depite a revoke premye minis lan ». Sa gen bon titan ansyen majistra
Okay la Jean Gabriel Fortuné te di nan laprès, « Premye minis pa ka delivre anyen pou pèp la ». Mete
abse sou klou, nou tande Lakou Siperyè Deskont ak Kontansye Administratif nan yon rapò yo ta voye bay
palman an ta denonse 4 nan 5 dènye minis gouvènman an ta pran pos san dechaj pandan yo te kontab de-
nye piblik. Gwo tèt chaje sa a ta pouse Mèt René Julien, fondatè ADEBAH reponn kon sa : « Si se ta vre
genyen pèsonalite nan gouvènman an ki pa kalifye pou okipe pòs minis, chanm depite a dwe chanje en-
tèpelasyon premye minis lan an akizasyon pou vyolasyon flagrant konstitisyon an ». E gen gwo rimè ki ta
fè kwè lajan debloke pou moneye depite yo, yo di 40.000 dola vèt pou chak…
Tout gwo dezòd sa yo andedan yon peyi. Anpil malvèsasyon. Anpil koripsyon. Anpil gaspiyaj
resous finansye peyi a ki te ka ede peye anseyan, konstwi lekòl, finanse karavàn chanjman an prezidan an
di se yon strateji, bay moun Nodwès kèk kilomèt wout, elatriye. Pouvwa Moise la prefere ap anrichi tèt yo
pandan yap detwi popilasyon an, kraze peyi a. Lavi a vinn pi chè. Anpil timoun pase yon ane lekòl men
yo pa konpoze nan ekzamen ofisyel pou fich. Peyi a sa l, anviwonman an polye. San pouvwa a ponkò og-
mante gaz la. Kisa nap tann pou n revolte? Poun fout di nou bouke ak bann vagabon sa yo kap gaspiye
peyi nou an. Bagay sa yo ta dwe kontrarye tout moun e lè a sonnen pou n di « non » ak sa pèsonn moun
pa dwe kontinye asepte. Kidnape depwi pase wi jou, Gunther Widmaier, pitit gason PDG Radio Métro-
pole, mouri nan Pèleren Port-au-Prince, jodi samdi 30 jen 2018. Se yon prèv ensekirite a ap vale teren tou.
Wi pip, sa-a fè mal. Kilès kap dirije peyi sa? Eske l konnen destinasyon an? Tab raz pou n konstwi yon
altènatif reyèl kont PHTK, Lavalas ak Makout. Kreyolofoni#13
“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay
E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4
Si w te gen dout sou Daniel Loris-
ton, nou ofri w kesyon ak tout repons
yo pou retire yo...Konbyen nan nou
kandida ki ka fè menm jan...
Daniel Loriston Valery Numa e li toujou swete kel gen yon jwè konsa
Maten an m deside reponn kèk kesyon popilasyon nan ekip li.
pòdepè a plis poze ekip mwen an. Gen moun tou ki po- 6. Ki kandida Daniel Loriston plis pè ?
zem kesyon sa yo dirèkteman: R6. Daniel pa pè okenn kandida paske tout se frèl. Li pa
1. Eske Daniel Loriston ap kandida sou KID ankò gen poul pè okenn nan frèl yo.
R1. Non! 6. Eske Daniel gen garanti ke jenès la ap sipòtel?
2. Eske Daniel Loriston gen bon kolaborasyom ak senatè R6. Jenès la pwouve sa deja ke li gen plis enterè nan
Onondieu Louis lè nou konnen yo te kandida sou menm Daniel ke okenn lòt kandida e nou konn rezon yo deja.
pati (KID) nan dènye eleksyon yo? Nou konnen tout angajman Daniel pran nan sektè jenès
R2. Wi gen yon pafèt amoni ant jenn politisyen Daniel la e li se youn nan moun ki kreye plis èv nan enterè
Loriston ak senatè Louis Onondieu. jenès la.
3. Eske Senatè Louis Onondieu ap sipòte kandidati Da- 7. Eleksyon mande anpil lajan, ki kote Daniel ap jwenn
niel Loriston kòm kandida pou depite pòdepè? lajan pou eleksyonl?
R3. senatè Louis Onondieu pale ak Daniel Loriston pan- R7. Nan men jenn yo, nan men biznisman parèy li, nan
dan plizyè okazyon epi plizyè aksyon li poze montre li pa men popilasyon an, nan men sipòte li yo nan djaspora a.
gen okenn pwoblèm ak vizyon politik yon jenn dinamik 8. Ki pi gwo patwon Daniel genyen?
ke li pare pou bay lebwa. R8. Pi gwo patwon Daniel se chak sipòtè li yo, chak
4. Kijan relasyon yo ye ant Daniel Loriston ak senatè moun ki gentan pare pou yo al votel pou li ka al gou-
Augustin Kedlaire? men pou chanje vizaj komin pòdepè nan yon batay
R4 Trè kòdyal e amonyez. Senatè Kedlaire Augustin kolektif an apwi a kolektivite teritoryal yo.
toujou mete Daniel Loriston nan rejis resanblans entèlek- Mèsi
tyèl ak li. DAL Papéterie
5. Kijan relasyon Daniel Loriston ye ak senatè Beauplan
Evalière ?
R5. Senatè Beauplan apresye Daniel Loriston anpil kel
toujou felisite pou entèvansyonl yo lèl se envite dijou ak
Radyo PLANET FM - 100.7 FM
Stereyo SE SA NET
Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti
PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949
Captez la radio en ligne : www. [email protected]
MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...
LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5
Arestasyon elèv k'ap triche nan
egzamen /Lalwa
Mèt Pelex Flereme Si se ta responsab Sant egzamen an ki ta mande pou
lapolis rantre, lapolis gen kèk limit li dwe respekte, gen
Tout semèn nan sa k'ap fè aktyalite se yon Jenn gason, dwa o respè vi prive élèv la, genyen tou dispozisyon ki
Yon elèv ki tepe Yon telefòn nan zorèy li pou l kapab gen pou wè ak egzesis otorite parantal paske nan lekol
kominike ak moun deyo pou l ka triche, yo arete Jenn klasik pifò timoun yo minè toujou.
gason sa remet Li bay la polis, filme l, imilyel. Pa gen moun ki pa konnen ke kalite anseyman an de-
Ann gade ansanm sa lalwa di sou sa: grade anpil nan dènye ane sa yo. Anpil nan Pwofesè yo
An dwa gen sa yo rele prensip legalite deli ak pèn ki fè bò kote pa yo pa onèt, anpil pa fin wè pwogram yo, ti-
konnen pou gen enfraksyon ak pèn fok gen teks de lwa. moun yo livre a yo menm e pafwa lekol la pa prépare
élèv yo pou egzamen yo bay la.
Lekol se yon kote ti moun aprann se Yon lye savwa ak
sosyalizasyon, pa sipoze gen stigmatisation la. Mwen
konsidere Entevansyon lapolis fè pou arete élèv la kòm
yon agresyon ki kapab twomatize lot élèv yo e sa ka gen
gwo enpak tou sou lot timoun kap konpoze yo.
Entevansyon lapolis nan lekol ta dwe dènye desizyon
pou yon responsab ta pran, Sa ta sipoze Yon eksepsyon
paske Kesyon triche lekol gen plizyè nivo, gen lè ti
moun ap gade sou lòt , genyen ki mande lòt , gen ki vini
ak telefòn, tout se trichri ke nou pa sipoze tolere paske
baz sosyete a se lekol Li ye , men solisyon an se pa la-
polis ki pou vin rantre arete okenn elèv kap triche.
Genyen deja mezi disiplinè ministè edikasyon nasyonal
mete kont fwod nan egzamen , Yonn nan mezi sa yo se
tout kandida yo jwenn kap fwode oubyen ki gen move
konpoteman yap anile fey li e yap mande Li poul kite
sal egzamen an. Kandida ki fotif la pap ka pase nan
egzamen pou yo dire ki ka rive jiska 4 lane. Arestasyon,
imilyasyon pa gen Plas Li la
Antouka Li tap pi bon si lapolis ak lajistis
ta komanse aji pito kont :
- Grannèg kap triche nan met dlo nan gaz
Prensip jiridik sa ki se "nulla poene sine lege" genyen - Konpayi telefon kap triche nan vòlò minit Pèp la
jodia Yon Plas enpotan nan kesyon dwa moun yo.
Pa gen pyès kote nan lalwa ayisyèn kote yo kondane - Neg ki triche pou yo vin depite ak senatè
fwod nan egzamen ou nan konkou. Pa gen lwa ki espe-
sifikman pale sou trichri nan egzamen nan peyi a. - Maket kap triche nan vann fo pwodui ak pwodui
ekspire
M pa ka konprann koman pou lapolis rive arete yon elèv -Gwo neg kap triche pou pa peye Dwan
kap poule, kijan yap kalifye enfraksyon sa menm? E sou
- Bank ki ap triche nan kenbe dola pou l vin Pi
baz ki teks de lwa yap rive kondane'l?
Nou tout konnen trè byen ke nap evolye nan Yon anvi- ché e ki tanzantan ap mete Taks sou kob moun.
ronnman ki montre nou siy koptman sosyal devyan, pifò
lidè nou yo rive nan pòs yo ye a paske yo triche, se Yon - Neg kap triche fè fo papye pou prete kòb nan ONA ,
peyi trichè, twaka otorite isit fwode pou pran pouvwa.
Menm lè nou ta vle fè lwa sou triche lekol fòk nou kon- elatriye.
syan ke se yon vrè pwoblem sosyete ki merite abòde ak
anpil tèt frèt. SOSYETE a poze ap tann ou aji sou fwod sa yo mesye
leta .
Me Pelex Flereme. ©©
IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...
KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6
“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”
Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec les petits.
RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531
Bondye pa ka sove, se nou k ka fè jan
nou konnen pou n devlope Ayiti
Yon ti refleksyon pa Daniel Loriston Ann kale zye nou, pa bay Bondye travay ki pa
Avanm fè ti refleksyonm lan, m ta renmen asire chak pou li. An nou priye, annou jene, ann repanti nou
moun ki pwal réfléchi sou li ke mwen se kretyen. Pa poun ka gen lavi etènèl men tou ann renmen peyi
doute sou sa ! Men atansyon m son kretyen kap réflé-
chi e ki réfléchi sou yon pakèt dechè la relijyon pote
nan kèk sosyete.
Pifò legliz ki sou tè Dayiti fè fidèl yo kwè ke jan si-
tiyasyon peyi Dayiti ye la se sèl Bondye ki ka fon
mirak pou nou. M gen kouraj poum di se MANTI.
Bondye pa ka fè anyen pou nou se nou menm ki ka fè
jan nou konnen poun devlope peyi nou.
Men kèk rezon ki pousem di sa :
1. Pa gen okenn kote nan bib la li di si nou obeyisan
map vin fè enstalasyon elektrik pou nou, map vin fè
bèl wout pou nou, map voye tout timoun lekòl, épi
nap gen bon sistèm santé ak sekirite sosyal.
2. Mwen gen 35 an daj, denpim ti kratkrat m tande
yap di se sèl Bondye ki ka sove Dayiti épi 35 an Bon-
dye pa janm fè anyen. Ala Bondye ta mechan ?
3. M pa konnen yon sèl peyi sou latè ki devlope kote
gwo pwogrè ap fèt e ki remesye Bondye paske Bon- nou, ann gonfle ponyèt ak fòs Bondye bannou an
dye te fè mirak devlopman pou yo. poun fè devlopman nan peyi nou.
4. Anpil ti peyi an Afrik te kwè nan foutèz sa tou. Yo M di Bondye mèsi pou gras li fèm, poum pa pran
rete nan mizè pandan tout peryòd yo fè yap tann Bon- MANTI nan men pèsonn kap fè eksè nan non l.
dye à. Kou yo rann yo kont ke yo te nan erè yo deside Tout glwa pou ou granmèt la !
priye Bondye pou tout lòt bagay sof devlopman ak
pwogrè sosyo ekonimik. Konsa yo deside travay ak Daniel Loriston
devlope strateji pou yo fè pwogrè yo vle à. Dirijan legliz
Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?
...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU...7
RIBRIK : Lang/Kilti
“Glotofobi” nan sosyete ayisyen an
Hugues Saint-Fort atik ki rele « Quelles (s) évaluation (s) de quelles
Rezime (s) pratiques? Réflexions sur des enjeux idéologiques à
Nan atik sa a, mwen prezante yon konsèp sosyolengwis- partir d’évaluations récemment médiati-
tik ki rele “glotofobi” (glottophobie, an franse) epi mwen sées » (Blanchet (1998b). Blanchet fòme li avèk 2 mo
analize ki jan li manifeste nan sosyete ayisyen an. Mwen ki sòti nan lang grèk ansyen glotta ki vle di lang, epi
montre pou ki sa li egziste nan sosyete a, epi relasyon li phobia ki vle di laperèz, mepri, agresyon, rayisman…
genyen avèk sistèm edikasyon nan peyi a. Anpil pwoblèm Nan lang franse, genyen plizyè mo ki fòme avèk om-
ki soulve nan diskisyon sa a se yon konsekans dirèk ke- wen youn nan 2 mo grèk sa yo. Pa egzanp, glottopha-
syon klas sosyal ansanm ak pwoblèm idantite ki blayi sou gie, agoraphobie, homophobie, xénophobie, islamo-
klas dominan yo ki fè e defè nan sosyete a. phobie, judéophobie… Philippe Blanchet an-
Mo kle yo: glotofobi, sosyolengwistik, sosyete ayisyen, plwaye mo « glotofobi » a ankò anndan yon liv ki rele
idantite, klas dominan, diskriminasyon lengwistik. Discriminations : combattre la glottophobie (Blanchet
Entwodiksyon 2016). Men ki jan Blanchet defini glotofobi nan liv sa
Malgre franse se youn nan lang sèten moun pale ann a : « La glottophobie peut être définie comme : « Le
Ayiti, li klè ke lang tout Ayisyen ki fèt epi grandi ann mépris, la haine, l’agression, le rejet, l’exclusion, de
Ayiti se lang kreyòl. Se lang sa a ki premye lang lokitè personnes, discrimination négative effectivement ou
ayisyen yo. Sa vle di ke paske se lang sa a Ayisyen akeri prétendument fondés sur le fait de considérer incor-
natirèlman[1] depi yo te tou piti, se li menm ki fòme baz rectes, inférieures, mauvaises certaines formes linguis-
jijman yo, lè y ap analize yon fraz osnon lè yo genyen tiques (perçues comme des langues, des dialectes ou
pou deside si tèl fraz se yon fraz ki akseptab.[2] (Crystal des usages de langues) usitées par ces personnes, en
1983). Tout Ayisyen san distenksyon klas sosyal, kèlke général en focalisant sur les formes linguistiques (et
swa zòn jewografik kote li sòti,[3] kèlke swa pozisyon li sans toujours avoir pleinement conscience de
okipe nan sosyete ayisyen an, konprann kreyòl, pale l’ampleur des effets produits sur les per-
kreyòl. Men, nan yon sosyete tankou sosyete ayisyen an sonnes) » (Blanchet, 2016 : 45).
ki baze sou klas, lang se youn nan mwayen pou akeri Dapre definisyon sa a, nou kapab di ke glotofobi se
pouvwa, pou kontwole, pou domine. Moun ki konn pale yon sòt diskriminasyon ki pratike sou moun akoz de
byen, kèlke swa lang ou pale a, genyen avantaj sou moun jan yo pale, aksan yo genyen lè y ap pale, osnon mo
ki pa rive nan menm nivo a. Men, lè se lang moun asosye yo itilize lè y ap pale. Glotofobi pwovoke santiman
ak pouvwa militè, pouvwa sosyal, pouvwa ekonomik, mepri, rayisman, agresyon, esklizyon sèten moun..
lang sa a vin jwe yon wòl kapital nan sosyete a. Se si- Nan yon konpòtman glotofobik, yo konsidere sèten
tiyasyon sa a ki egziste ann Ayiti e se sou li mwen pral fòm lengwistik tankou fòm ki enferyè, ki pa kòrèk, ki
diskite kounyè a. Pou m fè sa, mwen pral entwodi yon pa bon.
konsèp ki rele « glotofobi », m ap analize li, m ap montre Dapre sosyolengwis Blanchet, nou pa rankontre sou-
ki wòl li jwe nan sosyete ayisyen an, ki dezòd li kreye van espresyon « diskriminasyon lengwistik » paske
nan tout sosyete ayisyen an. moun pa tèlman pòte atansyon sou fòm diskrimi-
nasyon sa a, osnon sou lide ke se yon diskriminasyon
Ki sa glotofobi ye ? moun dwe kondane sou plan etik ak sou plan jiridik.
Se yon sosyolengwis franse ki rele Philippe Blanchet ki (Blanchet 2016: 43). Men, Blanchet ensiste pou li mete
pwofesè nan Inivèsite Rennes 2 an Frans ki te kreye diskriminasyon lengwistik anndan diskriminasyon ke
mo « glotofobi » a. Mo sa a te parèt premye fwa nan yon
Ale nan paj 08
Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!
Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...
“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8
RIBRIK : Lang/ Kilti
“Glotofobi” nan sosyete ayisyen an
se yo fè sou moun an jeneral olye ke li konfine yo nan rive ak son [y], nou jwenn nan mo franse tankou rue
diskriminasyon lengwistik sèlman (Blanchet 2016 : 44). [Ry], nu [ny], dur [dyR] ki tounen lari, (toutou) ni, di,
Li vle montre « dimension humaine » ak « dimension an kreyòl. Men, li enpòtan pou konprann se pa lang
sociale » ki genyen nan tout diskriminasyon lengwistik. franse li menm ki responsab dominasyon ki egzèse sou
lang kreyòl nan sosyete ayisyen an. Dominasyon sa a
Diskriminasyon lengwistik fè pati yon « ejemoni » « hégémonie cultu-
Moun nan Etazini ki t ap suiv aktyalite nan nouvèl tele- relle » (Gramsci)[5], sa vle di kondisyon sosyal yon
vize semenn pase fen mwa me a te gade pakèt eskonbrit klas, klas boujwazi a, ki kontwole rès sosyete a, ens-
yon avoka blan ameriken te fè nan lari Manhattan, nan tale nan sosyete ayisyen an. Nan yon sistèm ejemonik,
New York, paske imigran panyòl ki t ap sèvi li nan yon dapre Gramsci, klas sosyal an ba yo gen tandans
restoran t ap pale panyòl sèlman nan restoran an. (Pou aksepte dominasyon ki ap toupizi yo paske klas domi-
moun ki ta enterese li yon atik mwen ekri sou sa ki rele : nan yo fè yo konprann se kon sa pou bagay yo mache.
Glottophobie dans la « Grosse Pomme », ale sou lyen sa Ann Ayiti, gen moun ki konprann se nòmal pou lang
a : franse okipe plas li okipe nan sosyete a paske lang
http://www.potomitan.info/ayiti/saint-fort/ kreyòl pa yon lang, osnon se yon lang ki enferyè, ki pa
glottophobie.php gen gramè, alòske lang franse se lang « moun de
Eskonbrit avoka blan ameriken an te fè nan lari Manhat- byen ». Wòl boujwazi a ann Ayiti se sèvi ak ejemoni
tan se yon bon egzanp konpòtman glotofobik. Ann Ayiti, ideyolojik e kiltirèl li egzèse sou sosyete ayisyen an
chaje ak kalite konpòtman sa yo. Pa egzanp, nou jwenn pou manipile li epi fè l aksepte sa li kwè ki bon pou
yo nan fason anpil Ayisyen trete moun ke yo rele « bouch li. Lè sa a, klas boujwazi a prezante pozisyon li yo
sirèt ». Konpatriyòt sa yo gen difikilte pou yo pwononse tankou pozisyon bon sans. Gras a lekòl, anpil Ayisyen
yon seri son ki nan lang franse men ki pa fè pati gwoup aprann venere lang franse men meprize lang kreyòl.
son ki nan sistèm fonolojik lang kreyòl la.[4] (Mwen gen Nan ane 1980 yo, refòm Minis edikasyon Joseph Ber-
yon atik sou kesyon sa a ki gen pou l sòti byento).. Lè yo nard la te rankontre yon pakèt rezistans ki sòti non
bay yon elèv lekòl non « bouch sirèt », se kòm si se yon sèlman lakay klas gwo zotobre yo, men tou lakay anpil
tach ki tonbe sou elèv sa a pou tout lavi li. moun nan klas popilè yo ki pran pou lajan kontan lide
Yon lòt egzanp konpòtman glotofobik ann Ayiti, sa vle di ke lang franse se lang « bon moun » pale, lang
gwo diskriminasyon lengwistik, se atitid sèten fonksyonè « entèlektyèl » e ke se sèl li menm pou lekòl ann Ayiti
nan biwo leta ann Ayiti lè yon moun poze yon kesyon an dwe kontinye anseye. Klas dominan an pwopaje
kreyòl. Lepli souvan, fonksyonè yo meprize moun lan ideyoloji pa li nan sèvo moun san moun yo pa rann yo
osnon yo vag li. Men, menm fonksyonè sa a kouri reponn kont sa. Sitiyasyon sa a ap dire depi lontan ann Ayiti.
yon lòt kliyan ki adrese li an franse. Sa a se yon pratik ki Kite m raple ke mwen pa janm mande pou rejete lang
kouran ann Ayiti. franse nan lekòl ann Ayiti. Genyen anpil avantaj Ayiti
Yon dènye egzanp ki ta bon pou mansyone se espresyon kapab tire de michan liv ekriven ayisyen ekri an franse
franse « exprimez-vous » ke Ayisyen itilize nan depi epòk apre Endepandans jiska jounen jodi a.
konvèzasyon nòmal an kreyòl pou mande yon entèlokitè Genyen nan liv sa yo ki tounen klasik nan istwa literè
pou li pale franse. Pou Ayisyen ki anplwaye espresyon Ayiti, liv tankou Les Théoriciens au pouvoir 1870
franse « exprimez-vous », sa vle di nan lespri yo : « Pale (Demesvar Delorme), Anténor Firmin De l’égalité des
franse, sispann pale kreyòl ». races humaines (1885), Ainsi parla l’oncle, (Jean Price
Ki sa egzanp sa yo di nou sou diskriminasyon lengwistik -Mars 1928 [1973], Gouverneurs de la rosée 1946,
nan sosyete ayisyen an ? Si nou byen obsève twa egzanp (Jacques Roumain), Histoire d’Haïti 1848 (Thomas
sa yo, nou konstate ke yo sòti nan konfli ki egziste ant Madiou), Compère Général Soleil 1955 (Jacques Ste-
lang franse ak lang kreyòl nan sosyete ayisyen an. Malgre phen Alexis), Mère-Solitude 1983 (Émile Ollivier),
lang kreyòl reprezante sèl lang tout Ayisyen pale, se lang Hadriana dans tous mes rêves 1988 (René Depestre)
franse ki reprezante ideyal lengwistik pou yon kantite …
Ayisyen. Yo mal konsidere moun ki pale kreyòl, moun ki Klas sosyal ak diskriminasyon lengwistik ann Ayiti
gen difikilte pou pwononse son franse ki pa fè pati sistèm Menm jan ak anpil lòt sosyete, Ayiti se yon sosyete ki
fonolojik lang kreyòl ayisyen, menm si Ayisyen ki bileng estratifye. Sa vle di li divize an plizyè kouch sosyal
franse anplwaye son sa yo lè y ap pale kreyòl. Se sa ki Ale nan paj 09
Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...
NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9
Saint-Michel
BOTANIKA
30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles
RIBRIK : Lang/Kilti
“Glotofobi” nan sosyete ayisyen an
youn anlè lòt, diferan manm nan sosyete a okipe diferan a. Nan kondisyon sa a, èske li reprezante vrèman fason
pozisyon sosyal selon travay yo egzèse, kote yo abite, majorite Ayisyen pale ? An plis de sa, pa genyen gwo
edikasyon yo resevwa. Lepli souvan, yo pa pale menm ankèt sosyolengwistik ki fèt sou varyete « swa » a pou
jan, e li ta sanble ke fason pale moun ki okipe gwo montre ki jan li fonksyone vrèman osnon ki karakteris-
pozisyon sosyal nan yon tik prensipal li genyen.
sosyete resevwa plis
konsiderasyon alòske Diskisyon sa a gen enpòtans li paske li pèmèt nou kon-
fason pale moun ki okipe prann pi byen sous fenomèn glotofobi nan sosyete ayi-
pozisyon sosyal ki man- syen an. Diskriminasyon lengwistik se yon aspè yon
ke prestij nan sosyete a kategori diskriminasyon pi laj ki nan sosyete ayisyen
pa resevwa konsidera- an. Li sòti nan estrikti sosyete ayisyen an depi peyi a te
syon.
vin endepandan an 1804 apre ke gwoup afranchi ak
Dapre lengwis fransèz gwoup esklav kreyòl lib te mete ansanm ak mas esklav
Dominique Fattier bosal[8] yo pou kraze epi mete blan franse deyò. Men,
(1984)[6], « il est apre sa fèt, 2 group sa yo pa te kapab rive antann yo
d’usage en Haïti d’opposer un créole « rèk », variété paske enterè yo te twò diferan. Gwoup afranchi (sa vle
parlée par les unilingues, à un créole « swa », variété di moun Nwa lib osnon Milat) ak gwoup yo te rele
parlée par les locuteurs bilingues des classes moyennes « Afriken » osnon « bosal » (sa vle di esklav nouvo lib
et de la bourgeoisie. Le « rèk » opposé au « swa », c’est ki te fèt ann Afrik) (cf. Barthelemy 2003) te vin antre an
le « rustique » opposé au « raffiné ». (Ann Ayiti, gen 2 konfli. Prensipal sous konfli a se te posesyon tè . Men,
kalite kreyòl : yon kreyòl « rèk », se inileng yo ki pale te gen esplikasyon pi pwofon. Majorite espesyalis syans
varyete kreyòl sa a, epi yon kreyòl « swa », se lokitè sosyal ki etidye kesyon an montre gwo diferans ki te
bileng ki fè pati klas mwayèn yo ak boujwazi a ki pale egziste ant moun lavil ak moun riral (peyizan). Moun
varyete kreyòl sa a. Opoze « rèk » ak « swa » se tankou Nwa lib ak Milat yo te devlope yon kilti kreyòl baze sou
opoze « peyizan » ak moun « eklere ». (se tradiksyon pa edikasyon, lekòl, travay lavil, konsomasyon, alòske
mwen).
desandan bosal yo te kontinye ap viv nan menm estrikti
Dapre lengwis ameriken Albert Valdman (2016) li kilti afriken yo, vodou, ansyen tradisyon zansèt yo…Se
sanble ke se varyete « swa » kreyòl la ki ta reprezante nan move relasyon ki te vin etabli ant 2 gwoup sosyal sa
kreyòl estanda[7] ayisyen. Men, gen anpil fòm franse yo ke diskriminasyon vin jwe yon wòl enpòtan nan
nan varyete sa a epi pa gen anpil moun ki pale varyete sa sosyete ayisyen an.
Ale nan paj 11
Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...
KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10
JENERASYON NOUVEL AYITI
POLIKLINIK
LAFANMI
Dr. Agabus Joseph
Klinik Sa Pran Swen
Tout Fanm Yo
Bénito Sylvain
Tel : 3777-3761
Nèg Pwovèb La, Pierre Richard. Osias
Yon fanm ki gen 35 kan ki pa gen nèg ki pa gen pitit. Réflexion loufoque#84
Francisque Jean-Charles
Si w te Kon bay Shalòm 3 jou Jenn ou met kòmanse Eske nou se desandan Afriken vre Ayitien?
double l M pa nan mondyal e m pa gade football. M pa gen
entere. Yon moun gen dwa renmen football, fanatik
Bote w se pa jan moun wè w men jan w wè tèt pa w yon ekip m'en eske w oblije kont manman w pou ekip
sa a.
Jaden se lespwa malere se toutotan l pako donnen Ede m konprann tikras. Nigeria ap jwe ak Argentine.
Se vre nou pa ka mande pou fan Argentine nan sispann
Bon fanm pa ra men fòk ou konn chache Argentine. Nou pa ka mande l non plis pou l pa fete si
ekip li wonfle Nigeria.
Jwen yon bon gason se chache sèl fen nan sik blan Sam bezwen konprann poukisa nou bezwen pran lari
manifeste paske nou mete Nigeria deyo. Nigeria se
Cheri pou mwen ou se dènye bouche yon bon twade nou menm e nou menm se Nigeria.
(kasav ak manba) M tande Brésil ap jwe ak Croatie. Tout fan Argentine
pou ekip blan an. M pa ka mandew pou chofe Brésil se
Benediksyon pa w ap rive lè w sispann pran plezi nan vre m'en Brésil pi pré nou.
malè yon lòt Bagay fanatik sa a rann nou malad nou pedi tout bon
sans nou kom moun. M menm anvi mande si nou tou-
Avan menm ou plenyen yon moun gade w twòp ou jou moun.
dwe panse kòman w fè wè sa Gabo mesi pou enpasyalite w menm si w se brezilyen.
Map kontinye aprann de wou. Maladi foli a pa nan tet
Solèy lanmou klere pou tout moun men gen moun ki ou. M pwofite voye yon gwo kout chapo pou PRO ki
chwazi chache lonbray anba pawasòl move zanmi se ajantin m'en ki ta renmen Brésil genyen. An Argen-
tine la tout peyi a ap chofe brezil, politik bon vwazinaj.
Gen lontan senkant kòb pa egal degouden. Jodia bo isit nou ka menm fe lanmo. Tris.
“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang11
RIBRIK : Lang/Kilti
“Glotofobi” nan sosyete ayisyen an
Leta ayisyen se pi gwo antite k ap pratike diskriminasyon dimansyon ladann : yon dimansyon kote pwoblèm
lengwistik ann Ayiti. Men sa Michel DeGraff, pwofesè sosyal makònen ak pwoblèm lang ; epi yon lòt diman-
lengwistik nan MIT, youn nan lengwis ayisyen ki pi kon- syon kote pwoblèm lang makònen ak pwoblèm sosyal.
petan e ki pibliye sou tout aspè pwoblèm lang kreyòl ayi- Se yon kesyon klasik nan rechèch k ap fèt an so-
syen, ekri : « …Most official documents published by the syolengwistik.
Haitian State in all domains, from education to politics,
are still written exclusively in French to the detriment of Hugues Saint-Fort
monolingual Creolophones, even though French is New York, juin 2018
spoken today by at most one-fifth of the population, at
various levels of fluency. The Haitian birth certificate, the Referans site:
very first official document that every newborn Haitian Alexis, Jacques-Stephen (1955) Compère Général So-
citizen is, in principle, assigned by the state, exists in leil. Paris : Gallimard.
French only. Such French-only policies, at least at the Barthélemy, Gérard (2003) Aux origines d’Haïti :
level of the written record, effectively create a situation of « Africains » et paysans in : Haïti, première république
“linguistic apartheid” in the world’s most populous noire, sous la direction de Marcel Dorigny. Saint-
Creole-speaking country (P Dejean 1989, 1993: 123-24). Denis, Société française d’Histoire d’Outre-Mer.
This linguistic apartheid goes against the spirit of Article Blanchet, Philippe (2016) Discriminations : combattre
5 of the Constitution which states that “[a]ll Haitians are la glottophobie. Paris, Éditions Textuel.
united by a common language: [Haitian] Creole”. In Blanchet, Textuel (1998b) « Quelles (s) évaluations de
theory, Haitian Creole (HA) is legally on a par with quelle (s) pratiques (s) ? Réflexions sur des enjeux
French, but not in practice.” (DeGraff 2007: 101). Pi fò idéologiques à partir d’évaluations récemment médiati-
dokiman ofisyèl leta ayisyen pibliye nan tout domèn, sòti sées », in : J-M Éloy (éd.) Évaluer la vitalité des varié-
nan edikasyon rive nan politik, se an franse yo kontinye tés d’oïl et autres langues, Centre d’études Picardes,
ekri yo esklizivman san yo pa teni kont moun ki pale université d’Amiens, 1998, p.23-41.
kreyòl sèlman, kwake se yon ti kras Ayisyen, maksimòm Crystal, David (1983) A First Dictionary of Linguistics
en-senkyèm popilasyon, ki pale lang franse, pli zoumwen and Phonetics. London: Andre Deutsch.
byen. Batistè ayisyen ki se premye dokiman ofisyèl leta DeGraff, Michel (2007) Kreyòl Ayisyen, or Haitian
ayisyen remèt tout sitwayen ayisyen ki fèk fèt, egziste Creole (Creole French) in: Comparative Creole Syntax,
sèlman an franse. Kalite prensip sa yo ki baze sou lang ed. by John Holm and Peter L. Patrick.
franse sèlman, omwen sou kesyon dokiman ekri, kreye Delorme, Demesvar (1870) Les Théoriciens au pou-
vrèman yon sitiyasyon “apatayd lengwistik” nan peyi ki voir, Paris, Plon.
gen plis moun ki pale kreyòl nan lemon (P Dejean 1989, Depestre, René (1988) Hadriana dans tous mes rêves.
1993: 123-24). Apatayd lengwistik sa a ale kont lespri Paris,
Atik 5 Konstitisyon ki di ke “Genyen yon sèl lang ki ini Fattier, Dominique (1984) De la variété rèk à la variété
tout Ayisyen epi yo tout pale li. Lang sa a se kreyòl”. An swa. Pratiques vivantes de la langue en Haïti. In : Con-
teyori, Kreyòl Ayisyen (KA) sou menm nivo ak franse, jonction, revue franco-haïtienne, # 161-162, mars-juin
men an pratik, se pa vre..) [se tradiksyon pa mwen]. 1984.
Firmin, Anténor (1885) De l’égalité des races hu-
Konklizyon maines, Paris,
Mo « glotofobi » a se yon mo savan ki kreye pou kon- Madiou, Thomas (1848) Histoire d’Haïti
septyalize yon fenomèm nou jwenn nan sosyete kote yo Ollivier, Émile (1983) Mère-Solitude .Paris, Albin
meprize, yo mal konsidere moun paske moun sa yo pale Michel.
avèk yon aksan, osnon anplwaye mo ke moun nan klas Price-Mars, Jean (1928) [1973] Ainsi parla l’oncle.
dominan yo voye jete. Sosyolengwis franse Philippe Ottawa : Les Éditions Leméac, Collection Caraïbes.
Blanchet te fè travay sa a pou sosyete franse a, men Roumain, Jacques (1946) Gouverneurs de la rosée.
mwen montre nan etid sa a ki jan konsèp la kapab sèvi Paris, Les Éditeurs Français Réunis.
tou pou analize sosyete ayisyen an. Analiz pa mwen an Valdman, Albert (2016) Haitian Creole. Structure,
egzaminen kesyon diskriminasyon lengwistik ki sòti nan Variation, Status, Origin. Great Britain: Equinox.
rapò ant lang franse ak lang kreyòl ann Ayiti. Genyen 2
SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...
PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12
« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »
Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929
« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo
nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »
KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM