The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2021-10-01 15:50:24

Kreyolofoni#51.pub

Kreyolofoni#51.pub

LANE IV, NIMEWO 051 OKTÒB 2021 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

E si demisyon ANDEDAN
KREYOLOFONI

Daniel Foote la

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

TOY SHOP
PLUS

BOTANIKA
PLANET
FM
100. FM
STEREYO

ta kondwi a libere Pa Bliye
Ayiti?
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierr e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier re
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

E si demisyon Daniel Foote la ta kondwi a libere Ayiti?
Emisè ameriken Daniel Foote rann demisyon l a secrete deta ameriken David Blinkin ko-
te l anonse « gouvènman ayitien an kòwonpi li lye ak gang yo e leta dayiti efwondre ». Men
anpil andedan elit transnasyonal yo pa sezi se tou senpleman yon rekonfimasyon pou yo.
Anbasadè ameriken Brian Dean Corren nan diskou dadye òganize pa HAMCHAM an
2003. Corren vomi sou elit yo – ekonomik, politik e akademik – « M konnen e m konprann tout
bon peyi a anba yon kriz fondamantal depwi yon bon bout tan. Se vre nou menm nan Kominote
Entènasyonal la gen tandans konsantre sou kriz politik la. M konprann tou kriz la pi pwofond. Li
ekononik tou, imanitè e li moral tou ». Se pa an 2021, Ayiti efondre men se depwi lendepandans.
Doktè Hubert De Ronceray nan yon kesyon li tap reponn an 1994 poze pa yon jounalis
Haiti Observateur : Ki previzyon yo sou lavni Ayiti? Sosyològ te reponn konsa: « Lavni Dayti se
yon gwo pwen dentèwogasyon. Li bloke andedan pa yon bann egoyis irekoksilyab e deyò pa yon
rasis tout moun ap gade ». Savan Leslie F. Manigat ajoute: « Fon pwoblèm Ayiti pou pi fò li
deyò ». Se deyò (Etazini Damerik) k nan konplo ak elit transnasyonal (sektè ekonomik, klas poli-
tik e inivèsitè) ki pa Ayiti dekole. Nap peye paske yon bann bosal afriken te kanpe lesklavaj.
57 lane anbago pou toufe endepandans nachon an pa rasis Thomas Jefferson (1804-1861)
ki te gen plantasyon esklav. Etazini rayi Ayitien paske lanati kreye nou nwa.
Etazini rekonèt endepandans Ayiti an 1861 men se aprè 30 lane yo etabli relasyon diplo-
matik ak Ayiti. Etazini kontinye rayi Ayitien paske nou nwa.
Kase Bank Repiblik Dayiti an 1914 kote Marin ameriken pote ale $500.000 (lingot d’or).
Sou do Ayiti, yo Konstwi Citibank. Yap apovri Ayiti.
19 lane okipasyon amerikèn pa prezidan Woodrow Wilson an 1915 kote yo gaspiye re-
sous peyi pou enpoze yon pwotektora ameriken e kraze lame endijèn nan depwi 1916. Yo kont-
wole ekonomi peyi a e antere lame ki fè Vètyè e asasinen Charlemagne Péralte ak tout lòt nasy-
onalis-patriyòt ki reziste okipasyon an.
Referandòm e adopsyon konsitisyon 1918 pa jeneral ameriken Franklin Delano Roose-
velt ki bay dwa a etranje pou posede byen an Ayiti.
Sipòte rejim diktaroryal François Duvalier e fè Jean Claude Duvalier ranplase papa l pan-
dan 29 lane. Elit òganik yo vole gagè e lekòl ak agrikilti kraze plat.
1987, Etazini enpoze demokrasi ak dwa lòm enkonpatib ak spiritwalite zansèt yo.
Koudeta an 1991 kont Jean Bertrand Aristide, lènmi mòtèl ameriken ki pran pozisyon
pou mas yo. Envazyon militè an 1994 pou restore Aristide pa prezidan William J. Clinton e
fouwe nan gòj nou plan neyoliberal la e likide tout antrepriz leta.
Etazini kidnape Aristide pa George W. Bush an 2004. Li dirije Ayiti atravè Core Group.
Etazini enpoze René Préval an 2006, Joseph Michel Martelly an 2011 e Jovenel Moise an
2016. Tonton Sam ak alye entèn li yo (legliz, oligachi, klas politik e media) antere Ayiti.
Jeneral ameriken Colin Powell rekonèt nan liv ki rele Power Ball (Boule de Puissance):
« Etazini ap travay depwi pase 200 lane pou kraze Ayiti ». Poukisa?
Frederic Augustus Washington Bailey, yon esklav ki vinn diplomat reponn: « Ayti nwa e
nou pa janm padone l pou sa ». Etazini rayi Ayitien depwi nezans peyi a.
2021, Daniel Foote avili Etazini devan lemond e l demisyone pou pwoteste kont politik
kraze Ayiti a. M kwè zansèt Dutty Boukman fè Daniel Foote depale. E nou prale sezi wè nan jou
kap vini yo demisyon l’ lan pral kondwi a liberasyon Ayiti. Etazini ap toujou kontinye rayi Ayiti
men prezidan Joe Biden, menm si l’ pa vle, ap oblije kite Ayiti fòje desten l’ e jwenn otodetèmi-
nasyon pèp li. Zansèt yo e Ginen an ap fè l ankò. Edito#51, septanm 2021
“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

Réflexion loufoque

Réflexion loufoque#901 Barbecue lanse yon revolisyon kont alye
Mèsi prezidan Abinader pou entèvansyon militè entèn lènmi mòtel Ayiti depwi anvan asasina pre-
pou pasifye Ayiti zidan Jovenel Moise. Li te di lap vire zam yo kont
Prezidan Repiblik Dominikèn nan Luis moun ki te pote l ba yo. Anyen. Simen zam sou
Abinader entèlijan e l konprann pwoliferasyon tout salopriti-asasen-inimen sa yo ki pa itil Ayiti
gang ame an Ayiti kap kase magazen, kidnape papa Dessalines nan anyen.
moun pou gwo kòb, asasinen moun an Ayiti pa bon Nou gen tan lliye emisè ameriken an Da-
pou ekonomi peyi l. Yon entèvansyon militè ak niel Foote deklare nan lèt demisyon l lan:
lame amerik latin ak karayib la ka pote stabilite pou « Gouvènman ayitien an se kòwonpi ki lye ak
Ayiti e anpil retonbe ekonomik pou peyi l. Abina- gang e leta a efondre ». Prezidan Abinader m re-
der wè byenèt peyi l. mèsye w pou inityativ sa a e m swete l fèt oplivit.
Abinader pa janm di lap anvayi militèman RL#901, 27 septanm 2021
Ayiti, li deklare: « Li ijan pou n entèveni poun pa- ***************
sifiye Ayiti kote l souliye gouvènman lap dirije a Réflexion loufoque#898
ap ka bay sipò l, tan l ak espas paske pou rezon Daniel Foote idantifye lènmi Ayiti yo
istorik, diplomatik e pa pridans, li pap nesesè Re- Yon kokazyen se yon moun ki rekonèt li
piblik Dominikèn patisipe militèman nan misyon ki egal a tout lòt moun e ki pa nan yerachi ras ni sou-
pral pasifye teritwa ayitien an ». Sa vle di pap gen fri maladi rasis ak zenofobi. Yon blan mannan ou
militè dominiken nan entèvansyon an. yon dekolore se yon sou moun ki rayi nwa paske l
Coregroup depwi 2004, aprè yo kidnape konnen se nan nwa l soti e se yon aksidan klimatik
prezidan Jean Bertrand Aristide rann Ayiti envivab. ki fèl dekolore. Li pran pòz se li k sivilize alòske
OEA e ONU, de bra asasen Coregroup la andedan nwa yo se « premye gid limanite nan vwa sivili-
Ayiti ak alye entèn yo ki se legliz, media yo, oli- zasyon » (Cheikh Anta. Diop)
gachi a, klas politik tradisyonèl la fè Ayiti vin yon Daniel Foote, anvwaye spesyal depatman
teritwa transnasyonal. Ayiti pou yo tout sof Ayi- deta ameriken debake nan peyi papa Dessalines
tien. Nou andedan okipasyon depwi 2004. Kale je nan aprè asasina prezidan Jovenel Moise nan lespri
nou. pou te enpoze solisyon pa yo.
Si gen yon kowalisyon peyi nan amerik Nou sonje li enpoze Ariel Henri, yon PM
latin nan kote Venezuela, Bolivie, Cuba ak Ko- de facto ki pa eli san nou e objektif li se te reyalize
minote Karayib la (CARICOM) ap patisipe, map eleksyon an septann. Latè tranble, li te vin repouse
sipòte entèvansyon militè a pou pasifye Ayiti. Sou- l ankò. E nou menm elit òganik yo ki fè yon sèl ak
frans yo anpil. Leta efondre. Gang yo ensipòtab. Pa mas yo konnen nou bezwen kanpe peyi a pou n
gen peyi ki vle aspete refijye ayitien. Si Ayiti stab, refonde l.
richès ka kreye e l ka distribye atravè travay. Ale nan paj 05

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

Réflexion loufoque

Réflexion loufoque#899 gen yon Komisyon Kontwòl sou aksyon gouvèn-
Zansèt yo libere Ayiti yon dezyèm fwa mantal yo kap gen 13 patriyòt tou).
Sak ta di se youn nan pitit Gran Satan an Zansèt yo ak lwa yo ap fè revolisyon
zansèt yo itilize pou libere Ayiti yon dezyèm fwa. trankil la san yon peta pa tire. Dr Jean Fils-Aimé,
Anpil nan nou pral sezi wè nan jou kap vini yo la a frè beninwa a kite konvoke lespri zansèt yo, Mar-
se demisyon diplomat ameriken Daniel Foote ki tine Theodore, Bilolo Kongo ak lòt fran Ginen ki
pral sispann senyen Ayiti, plan makab gouvènman fè apèl a Damballah Wedo, Ogoun Feray, Agawou
ameriken genyen depwi Thomas Jefferson an 1804. Lefan e Gè, Marinèt Pyechèch, Èzili Dantor, Alou
Li te deklare: « konfine lapès sou zile a e izole l ». Mandya pou n rive libere Ayiti fwa sa a.
Pa bliye m se yon itopis e se yon re-
Daniel Foote te gen pou misyon pa bliye fleksyon moun fou. RL#899, 25 septanm 2021
fouwe yon eleksyon/seleksyon nan gòj nou pou
kenbe statu quo, otorejenere sistèm Pétion an etabli ********************
depwi 1806. Réflexion loufoque#899
Jeneral ameriken Colin Powell denonse Daniel Foote remèt demisyon l yè e l di li
Etazini nan yon liv li rele Power Ball (Boule de pa vle enplike nan « expulsion hunaine des mi-
Puissance) kote l di: « Etazini ap travay depwi pase grants haytiens » e « ses recommandations pour
200 lane pou kraze Ayiti ». Poukisa? aider Hayti ont été ignorées et rejetées » pa Core
Frederic Augustus Washington Bailey, yon Group ak politisyen ayitien ». Acte de courage M
esklav ki vinn diplomat e kite minis ameriken an Foote
Ayiti reponn: « Ayti nwa e nou (Etazini) pa janm M Foote rekonèt sa Ayiti bezwen jodia se
padone l pou sa ». « opòtinite pou trase pwòp vwa yo san maryonèt
Jounen jodia, Daniel Foote avili Etazini ak entènasyonal e
alye entèn li yo e pwouve pou tout moun peyi l la san kandida
se yon peyi rasis, zenofòb e rayi Ayiti ak pasyon. privilejye…
Foote ekri sa pèp aytien an reklame jodia: Ayiti pap janm
« Se opòtinite pou fòje desten peyi yo e Etazini jwi stablite
ignore appel sa yo ». Zansèt yo fè yo pale e lemond tout tan
jodia konnen Etazini se lènmi mòtèl Ayiti. sitwayen yo pa
Nou wè depite Gregory W. Meeks, prezi- gen diyite pou
dan Komisyon Zafè Etranjè Kongrè Ameriken an chwazi pwòp
envite Daniel Foote nan yon seyans denfòmasyon dirijan l yo nan
piblik kote lap gen poul depoze. fason jis e
Joe Biden, yon rasis ki rayi Ayiti tankou aseptab… »
Donald J. Trump, te deklare an 1974: « Si Haïti M
s'enfonçait tranquillement dans les Caraïbes, ou Foote denonse
s'élevait à 300 pieds, cela n'aurait pas beaucoup anbasad yo
d'importance en termes de nos intérêts ». kap chwazi
« Joe andòmi » (Trump, 2018) kòmanse dirijan nou yo e menm pran Ariel Henry kòm
depale tou « polisye sou cheval yo ap peye krim yo ekzanp. Li di « syk entèvansyon politik entènasyo-
fè sou refijye aytien an yo sou fwontyè a » men l nal sa yo an Ayiti pwodwi tout tan rezilta ka-
dwe rekonèt e asepte politik ameriken an depwi tastwofik yo. Enpak pli negatif sou Ayiti ap gen
1804 la kraze Ayiti nan tout sans. Kite bouda Ayiti konsekans dezastrez sa yo ».
an repo, Joe Biden. Daniel Foote ki se yon pitit satan an, verite
Zansèt yo sonnen ankò kòn lonbi a soti nan bouch li fwa sa-a. Map tann tout elit
liberasyon an. Nan jou kap vini yo la Ariel Henri òganik yo andedan peyi a kounye a nou tout kon-
ap vole gagè, Accord Montana ap aplike (« Pause nen lènmi mòtèl peyi a ki se Etazini ak alye entèn
patriotique » pou senkan jan Dr Jean Fils-Aimé li yo tankou legliz, medya, oligachi a ak klas poli-
mande a, se la m ye – Monte yon Konsèy Gouvèn- tik tradisyonèl koupyon an. Konpatriyòt annou
mantal pou refonde nachon an ak 13 patriyòt onèt, derasine yo kounye a. RL#898, 23 septann 2021
entèg e ki gen yon konesans avere e anfas yo ap

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

Réflexion loufoque

Réflexion loufoque#904 kenbe moun nan prizon sou pretèks yo se kolon-
CEP prezidansyèl ilejitim e ilegal la pap fè yon pa byen oubyen yo pran pou asasen e yo ka pa
kita yon pa nago asasen vre ».
Pa fout fèm anfonse klou a nan sèkèy la an-
Sonje m di newològ la soufri twoub
van mès la. M move kon kong. PM etazinisyen an sikotik e l trè danjere. Oplivit nou dwe dechouke
Ariel Henry pa ka revoke CEP prezidansyèl iliejtim e « Premye Minis Etazinizyen an » pou l’ pa bloke
illegal la, kote l jwenn otorite sa a? ankèt sou asasina prezidan Jovenel Moise la.
Newològ Henri pouvwa rann fou nan PM ameriken an gen anpil odas lè l’ de-
ekzekite ajennda bòs li te dwe negosye ak parèy li yo, klare: « M pa gen sonje sou kout telefòn Joseph
manm CEP yo, pou yo menm te demisyone. Yo rele Felix Badio yo, jou asasina Jovenel Moise la, yo
sa sòti onorab nan politik, « esclave de maison ». pat enpòtan ».
Zonbi k te nan fo CEP la aprè revokasyon an Mesye a pa PM ayitien sa vle di li ileji-
reponn pou yo di: « arete Premye Minis lan pou mete tim e ilegal. Li tonbe revoke tout otorite kap
fen a sèvis yo illegal, li pa chita sou lalwa ». E yo pap ankete sou li kòm yon choul chawony e dilapi-
fè yon pa kita yon pa nago. datè fon Petwo Caribe Joseph Michel Martelly e
Zotorite koupyon nan peyi Papa Dessalines, jodia li di sou CNN se li k mèt jistis peyi a, lap
Ayiti pa merite espektak sa yo. Doubout sou tentenad retounen mèsenè etranje yo Kolonbi ak Ozetazi-
nou yo, Ayiti vo plis pase malandren, avadra tankou ni.
nou. Tonè, Ayiti pa fout gen moun ankò.
Yon CEP ilejitim e ilegal ki anonse swivi Gade jan nou te dechouke Duvalier an 1986 ak
jidisyè e administrativ. Nan ki enstitisyon souple. Aristide an 2004. Nou rekonèt de rejim sa yo fè
Yon PM sikotik ki revoke yon CEP ki pat janm anpil tò a Ayiti men pèp ayitien pat anba PHTK
ekziste. Nou resi pran konpatriyòt yo. e alye pa ka respire. E Ariel Henry ap toufe nou.
Etazini fè Ayiti yon teritwa transnasyonal e
Daniel Foote, emisè ameriken an avili
ansanm ak elit transnasyonal yo, yo rann peyi a en- Etazini kap sipòte odetriman Dayiti « yon gou-
vivab. Kolon asasen an pase fou Ariel Henry lòd pou vènman kòwonpi ki lye ak gang yo » dirije pa
l revoke CEP la e li di zonbi CEP yo tou pou yo re- esklav Ariel Henry. M Foote ajoute: « leta dayiti
ziste. Lajan ak pouvwa ap detwi Ayiti. Kanpe Ayiti. efwonde ». Sa nap tann pou n reprann peyi nou
RL#904, 28 septanm 2021 zansèt e lwa yo te batay pou kite pou nou nan
men gouvènman ameriken ki gen de syèk ap
Réflexion loufoque#903 toufe nou e nan choul li Ariel Henry.
Ariel Henry pral libere prizonye etranje yo
Ariel Henri deklare sou chèn CNN jodi madi « Grenadiers, à l’assaut » sa ki mouri zafè a yo.
RF#903, 28 septanm 2021
a: « M pral mande minis jistis la pou l fè swivi yo e si
gen moun inosan pou yo ka libere yo. Nou pa vle

Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... 7

RIBRIK : Sa zòt ap di...

Premye oktòb 2021:Konsyantize! Revolte!
Reziste! Dezobeyi! Dechouke! Renmen!
Òganize! Geri! Konstwi!

Maud Jean-Michel mante ensekirite ki blayi nan tout rakwen peyi a. Des-
Zanmi kamarad zantray mwen yo, kèlkeswa kote n gaye tabilizasyon Ayiti a bon anpil pou Etazini ak alye l yo.
sou planèt la, m ap di nou tout yon kokenn chenn bonjou Pa Pandan ayisyen tounen jwiferan akòz ensekirite ak
ki makònen ak anpil lanmou ak anpil respè! Kouman nou move lavi, Ariel Henry ak abolotcho k ap ba l kowòm
ye? Eske n ap kontinye reziste pi rèd kont asasen ak kra- yo ap koupe-rache, Etazini ap ranmase resous nou yo
vat yo ki anpeche bèl flè pouse nan jaden lavi n? Rale ti agogo, Sendomeng ap kale kò l sou nou, epi non Ayiti
chèz ba ansestral la, pwoche pi pre anba tonèl dekoloni- nan djòl asasen ipokrit ki kreye katchouboubbe a, kòm
zasyon mantal la, pou n denonse tout lenmi Ayiti yo ki peyi ki pi pòv nan emisfè a. Konplo kont Ayiti a pa
enpoze n viv tankou moun nan pwòp peyi n, epi chache piti, e li konplike anpil akòz trèt ki andedan yo. An n
ansanm nan tèt kole, yon solisyon dirab ak tout pwoblèm mete yon bout nan jwèt kache men, voye wòch la.
kwonik yo k ap wonje Ayiti depi dikdantan an! Pa gen okenn diferans ant Babekwou, Izo, Ti-Lapli,
Ayiti pa tounen yon repiblik bannann san zèv makyavelik Lanmò Sanjou, Krisla, Manno, Ezekyèl elatriye ak
Etazini ak konplisite apatrid yo. Nan zafè gansterizasyon, Léon Charles, Demagòg komokyèl yo, Ariel Henry,
kidnapping ak zam lagè fann fwa ki blayi sou peyi a, nou Kò Gang nan, madan Lalime, madan Sison ak gwo
pèdi tan n ap lonje dwèt sou move gang yo, alòs, gang chabrak nan Loni ak Depatman Deta yo k ap trangle
lokal yo pa menm yon lòzèy nan soup pwazon vyolan k Ayiti depi dikdantan. Yo tout ap travay pou menm bi
ap pete fyèl ayisyen yo. An n gade ki kote latoumant a, detwi tout fabrik Ayiti, pou majorite vilnerab la ka
Ayiti sòti, anvan n kondane gang ak sapat yo. Léon toujou nan mizèrere san bout la, pandan richès Ayiti
Charles ki pa kapab, oswa ki pa vle rezoud pwoblèm en- yo ap anrichi yon ti minorite parazit nosif. Nou konn
sekirite a, kI chwazi masminen militan pasifik, epi tete tout lenmi peyi nou an, an n sispann trete sentòm nan,
lang ak chèf gang k ap travay pou sistèm kanibal la, se se ak aktè prensipal yo pou n koresponn, si n vle re-
biwo kolonyal meriken an ki jouke l nan tèt PNH la. PNH zoud pwoblèm ensekirite ak gansterizasyon an yon
la sou lobedyans Etazini ak Kanaka depi apre krim lèzpa- fwa, pou tout. Viv tankou moun ak diyite, nan yon
tri 2004 la. Apatrid ki nan tèt leta a, se tchoul meriken Ayiti lib sou tout fòm, ou lanmò pou tout abolotcho,
enstale pou jere koloni an pou li. Tout zam lagè fann fwa konplotè, konze, dechèpiyè ak tout machann lanmò yo,
ak katouch k ap simen dèy nan peyi a, sòti Etazini. Ma- kèlkswa koulè po yo ak estati sosyal yo!
chann zam fann fwa yo ak katouch yo k ap vann chèf An n fè men kontre a nan senserite pou n ka konjige 9
gang yo materyèl lage sa yo, se patnè Etazini ke yo ye. Se vèb fòtifyan sa yo ak tout nanm nou, oprezan chak
federasyon mafya Kò Gang nan ki mèt federsyon kri- sekond nan lavi n, jouk nou rive deklannche tevolisyon
minèl lokal la ki rele G-9 la, paske òganizasyon lanmò a, total, kapital la, Ayiti ka sispann viktim anba grif
Loni, te deklare to zak kriminèl vyolan yo te diminye Etazini ak alye l yo: Konsyantize! Revolte! Reziste!
apre kreyasyon federasyon G-9 la. Tout engredyan ki Dezobeyi! Dechouke! Renmen! Òganize! Geri!
kreye vyolans ak ensekirite ki nan peyi a, sòti Etazini, ki Konstwi!
jan pou n rann gang lokal yo sèlman responsab malè peyi Mwen kite nou tout nan 2 pla men Bondye ki te bay
a, san n pa endekse gwo gang ak babin entènasyonal yo ki vanyan zansèt nou yo fòs, kouraj ak detèminasyon pou
konkòkte tout masak k ap fèt nan peyi a? Pwoblèm gans- te mete men nan pat kasav asasen fransè yo, ak bonkou
terizasyon peyi a pa ka rezoud, si nou pa ale nan sous li. kilikiki awoze ak pikliz beni, pou yo te ka pete chenn
Chèf gang yo se sentòm maladi a. Se Etazini ak tchoul li lesklavaj jenosid 3 syèk la. Kenbe rèd, pa moli! Viv
yo ki maladi k ap touye Ayiti a. Nou pa bezwen pase pa 4 Ayiti! Viv zansèt yo! Nou pa p fout obeyi! Se te Maud
chimen, pou n fè lemond antye konnen se Etazini ki al- Jean-Michel, ki gen non vanyan l, SaniteB!

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Sa zòt panse...Marie Linperatrice Andrieux Andrieux

« Operasyon Mare Yo »

Operasyon Mare Yo pye yo e fè yo netwaye peyi a pwòp jis yo mou-
Marie Limperatrice Andrieux Andrieux ri ... Na wè si peyi sa pap rale yon souf.
Ala pèp plenyen mesye ! Men se sa sèlman nou Rete, gadon pèp !
konn fè ?
Nou konnen ki moun ki dilapide lajan PetroKaribe *********************
a....Nou konnen ki moun ki touye Presidan Jovenel Fòk diaspora a sispan n vide lajan sou Ayiti
Moise, nou konnen sa trè byen, nou konnen sèvo yo Depi on moun Ayiti fèm konprann kel pa gen
ki peye pou zak kriminèl sa... Ayisyen ki touye Pre- lajan li grangou, map dil dezabiyel tou touni kri al
zidan yo ak benediksyon e patisipasyon Anbasad devan Primati a, granmoun alzameurca gen 5.5
Amerikèn, kap milyon dola vèt
proteje asasen kon pye poro nan
yo...Gwo chabrak zagol pou depòte...
milat konn Réginald Wal devan KEP
Boulos, Rodold Jaar, la, sa yo men se
Dimitri Vorbes e la- chalimo yo mete
triye. Joseph Felix nan djòl yo tou lè
Badio, Jij Wendel mwa.
Cok, nou fout konnen Sil jwenn pòt fè-
se wo grade nan lapo- men al devan
lis ki eskòte yo, men- avoka gra kon
nen yo èpòt pou kòchon an, tout bò
chape poul yo. djòl li a se lèt
Mouche Badjo an Bongou pèp la ...
Ayiti lapolis ap bal Ou chèche kote
proteksyon ranfòse... BBQ ye, paske
Nou konnen ki moun BaBe li menm
ki toujou nan kidna- konnen ki kote
ping kap fè zam de gè rantre nan peyi e ki soti Ozeta poul jwenn manje pou pèp la jwenn on kichoy...
Zini pou yo ame kwa jenn nan geto yo…Nou kon- Hein BaBe...?
nen ki moun ki gen pò prive e kap jere enfrastrikti Fòk diaspora a sispan n vide lajan sou Ayiti...Ni
pòtyè leta yo... pèp ni dirijan yon pakèt malfra san koutcha san
Depi plizyè deseni, nap gade moun sa yo krase peyi pidè.... (Siw vle konnen sa ki san koutcha a ye al
a sou nou.... Jodi jou nou toujou ap kontinye kriye koute Dr Jean Fils-Aimé...Li an lign poul fon ti
plenyen ... batboush ak nou chak mèkredi 6 zè nan aswè e
Mw di nou nou pral kriye e de san ki pral soti nan je chak dimanch 9 vè nan maten).
nou si nou pase 12 milyon nan on peyi poun pa ka
kanpe ini fòs nou pou nou mache sou Ameriken, ***************************
Klas boujwa milat votou a ak klas politk tchyoul Ban rechiya kakatwè
restavèk kòwonpi sa yo .... Me ki jan pèp ayisyen an pral kriye...Na kite pale
Monte yon operasyon “MACHE PRAN YO” ....Lè anpil, pleyen. O yo bafwe dwa nou. Yo bat nou,
on milyon moun mache sou anbasad amerikèn yo tribiche nou, yo vyole nou. Yo depòte nou…"
nan....Mache sou mesye milat yo... Mache sou Me- Men an fèt ? Ki nasyon ki vle wè nou? Bon Sis-
sye dam politisyen tchoul kòwonpi yo ... Kòlte yo pann kriye, me vwasen nou pral vinn ede nou.
pou pèp la jije yo ba yo santans yo merite ... pa Gade ki jan yon pèp zonbi. Talè...
touye yo non sa-a ap twò fasil. Manje a gate nan men ameriken ak milat votou yo
Sesi tout byen mal aki, lajan volè andedan kès le- ak tout chyoul restavèk yo. Yap ba dominiken fon
ta ...sezi tout byen fanmi yo desandan yo epi mete kou. Aryel Henry ap fout vann peyi-a bay domi-
yo viv andedan geto yo, chak maten mete kostenm niken ak tout pèp la dan l. Ou pa wè l pa fouti
prisonye yo sou yo, braslè elektronik ou chenn nan pale sou sa...Nap konn Joj...Ban rechiya kakatwè.

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Di saw vle...

GRAN VODOU LAKAY DAYITI:
Kreyasyon lòm

An nou eseye admèt ke Dye bib la kreye lòm. 1jean 4:12 li di Dye nan nou...
Kounya eseye imajine kijan li kreye lòm metew nan yon Nan jean 14:8 Filip di jezi montrem papa a pou tout
pozisyon tankou ou te la epi ou gade kijan Dye ap kreye pawòl anpil fini, jezi reponn li nan jean 14:9 dat ou
lòm. avèm la epi ou pakonnenm toujou broh, moun ki wèm
#1 bib la di Dye se yon espri, savledi bondye pagen fòm ou tou wè papa a (kise fòs kreatris divinite a ki nan li a
fizik ou pap ka wè Dye. (sèlman si Dye ta yon extrate- 4Eleman yo.)
rèst ) Lè nèg yo tap kreye bib la yo pat vle lòm konnen yo
#2 pou Dye ta kreye lòm jan bib la dia ,fòk bondye ta espesyal sesa kifè yo kreye jezi otanke intèmedyè antre
fouye men li nan laboua, pouli ap bay labou a fòm , en- lòm ak Dye. Jean 14:6 jezi di mw se chemen laverite e
posib paske Bondye pa existe sou fòm fizik kidonk li lavi, ou paka jwenn papa san ou pa pase pa mw. Sa fòk
pagen men. ou fò pou konprann li, ebyen si ou se pitit bondye tou
#3 si bondye kreye lòm, nòmalman premye lòm kita menm jan ak jezi poukisa ou oblije di jezi se chemen
sipoze wè bondye se Adan, men bib la di pèsòn pajanm laverite lavia?
wè vizaj Bondye e dye ap viv nan nou... 1jean 4:12 Poukisa ou paka di mw se chemen laverite lavi a....?
Waww wi vèsè sa se yon gran verite Dye ap viv nan nou Anfèt nou di nou se pitit bondye nou menm ankò limite
atravè 4eleman yo. Menm bib la di se lè mesye Dam yo tèt nou parapò ak Dye paske bib la detounen nou san
fin manje fwuia zye yo ouvè, lojikman eske mesye Dam nou pa rann kont. An bon lojik yon moun ki pa gen yon
yo te avèg? Non zye bib la vledia se zye espirityèl ke lespri ki devlope, ki pagen yon gran etid pata sipoze
nou konnen sou 3zyèm a. ke zansèt ou te dekouvri plis manyen bib oubyen si se pa yon don de intèlijans, paske
ke 3mil ane avan jezi. (Olho de Horus.) Nan mitoloji atravè bib la ou ka fè yon moun esklav epi ou fèl panse
grèk koulèv se sembòl gerizon, an gwo koulèv se yon li lib. Konsa tou atravè bib la ou ka libere yon esklav si
senbòl intèlijans li nan plizyè lòt mitoloji. (Kidonk sa yo li gen volonte lib (sesa kifè legliz la pran volontew li
fè nou konprann ki Dyab la se jis yon pwofesè ki pou diw tout sa ou ap fè fèl nan volonte Bondye) Dye ki =
gidew vè enkoni, e pou yon moun ki ap viv nan kavèn prensip yo menm ankò kreye nan non Dye( teyokrasi)
tout sa ki enkoni se Dyab) Si jezi sete yon lòm kidonk li vini de chè si li konn
Pou rezime si Dye pa existe nan yon eta fizik li paka grangou li manje, li ka blese li gen tout karakteristik
kreye lòm nan yonsèl jou, 2pierre 3:8 pou Dye 1jou se yon lòm nòmal, kijan oufè aksepte bib la diw jezi monte
tankou 1000 Ane ..., ki kontredi manti jezi kidi (bientôt) nan syèl an chè e an zo. Eske ou pa panse solèy la tap
li ap retounen an, kidonk labib just senplifye teori evoli- boule jezi?
syon an. Epi poukisa Bondye pat itilize menm teknik li te kreye
Pitit kochon = kochon pitit kabrit= kabrit pitit Dye Adan an, pouli te kreye jezi?
=Dye , kretyen pa dakò pitit Dye se Dye, pandan nan

Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND

Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...

Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098

REMÈD LAKAY

Kek jan ou ka itilizé Fèy simen kontra Pou bouton ak tach melanjé’l ak asorosi fè savon
avèl pouw sevi.
Siw fè kiss ak fribom ki poko depasé 2 cm wap Simen kontra bon pou ampil lot bagay toujou nap
pran yon ponyen simen kontra yon tet lay vyolèt vinn ak res yo pou ou nan yon lot post.
yon moso anana yon moso lalwa.blendé yo ansanm
ak Siro myèl, metel nan frigidè bwè yon kiyè
**************
maten youn aswè pandan 15 jou. Refel chak 2 Me saw pat konnen an... Lèw fin lil patajel wa
mwa sove anpil vi..

Pou Timoun ki gen vè, wap metel bouyi ak 3 DLO KOKOYE CHO KA SOVE LAVI
grenn lay vyolèt pandan Timoun nan pala epi kou Sa pa vle wè kansè menm
lap vini sevil yon ti demi tas depi nan pot lá. Fè sa Men sa wap fè.
4 fwa nan yon mwa. Pran nannan kokoye a, koupel metel nan on gode,

Pou kansè wap bouyil ak Fèy korosol pouw bouyi onti dlo, konl fin cho videl nan gode a ki-
bwè chak 2 jou epi meté yon Fèy nan tout manjé gen nannan, li vin devni on dlo ''Alcaline'' fèsa
wa fè. pou bwè chak jou
Dlo sa vrèman bon nan trete kansè
ou pran nan demanbré wap melanjé’l ak plizyè Dlo sa pavle wè kis ni tumeur . prouve par la me-
lot Fèy tankou kadav gaté, yavé, planten, Geri tout decine, li konbat tout types de cancer
ti kolé, pwa kongo, tounen li la, gen lot toujou…. Polyphénol acide aminé et Polyphenol nannan
kokoye a ki nan dlo a ka mete tansyonw stab ki-
Mpa sonjé wa mandé granmou’m ou wap pran donk moun tansyon ro dwe bwè melanj sa, e dlo
7 boujon nan Chak froté nan dlo lanmè nan kivet sa bon pou moun ki sibi AVC(Accident cardio
blanc epi metel nan soley koul midi fè manmanw vasculaire) paske li anpeche san fè ti boul... Ouka
oubyen grann oubyen yon grandet nan fanmiw ké bwèl kòm prevansyon tou
ou fè konfyans. Lew fini ranmaseé fey yo mete nan Yon senp ti bout text ka sove plizyè vi...Patajel a
sachèt meté domi bò tet ou epi demen maten levé
bonè san’w pa pale ak Moun al jetel lwen.

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang 11

RIBRIK : Sa zòt di...

Anba Mapou Vodoun
30 lane apre,

Ayiti REKOLONIZE ofisyèlman

Norluck Dorange syen yo an reyalite se kanpe gade sa Blan yo ap fè.
Apre li menm li fin kreye prezidans avi kòm modèl Menm si Blan an bay KEP yo dwa pibliye rezilta
pou dirije Ayiti, “Blan” an te deside chanje modèl la. Blan an resève tèt li dwa pou l di Eleksyon te Bon
Li di se pou n antre nan DEMOKRASI. ouswa Eleksyon pat bon, si KEP a ta pèmèt li bay
16 Desanm 1990, lè l wè sak pase jou sa a, “Blan” an rezilta ki pa antre nan tanperaman “Blan” an.
di: “M te di Demokrasi se vre, men se pa Demokrasi Se konsa Ayiti an 2021 tounen yon KOLONI. Dwa
sa a”. Se pou sa “Blan” an fè koudeta l la la 30 Sek- pou chwazi dirijan sou non DEMOKRASI a se yon
tanm 1991. Men anndan abitid kolonyal la, “Blan” an TEYAT LAKAY. Vre anje yo se pou Ayiti tounen
toujou jwenn aktè lokal pou l fè pote mask kriminel la timoun piti ap tann MANJE soti Etazini ou Repiblik
nan plas li. Se konsa Michel Francois te pote chay la. Dominikèn, annatandan Ayiti disparèt tèt li. Sèl
Raoul Cedras te ede l pote l. “Blan” an te chwazi pote chans nou genyen, se lè nou jwenn moun di nou
yon mask 2 bò figi. Yon bò “bon moun ki pa dakò” ak REVEYE nou. Paske nap dòmi.
Koudeta a. Lòt bò a se li ki ap vin sove Ayisyen anba Chema pou Ayiti disparèt la ap aplike moso pa mo-
“sovaj-militè-makout-Frapist” yo. so. Anpil radio pou mete konfizyon. Anpil télé pou
Se nan sitiyasyon sa a menm “Blan” an vle Ayiti amize. Anpil Legliz pou pran dwòg apezman la-
tonbe, rete ladann ki fè: pa janm gen yon POLITIK priyè. Anpil lekòl bòlèt.
AGRIKÒL anndan peyi a. Depi sou Divalye nan ane 30 Sektanm 2021, m bezwen nou rale pou mwen
60 yo, yap maniganse pou kreye egzòd riral la. Yon bò konbyen kominike Nasyonal Zini ak Anbasad Ame-
yap voye kamoken vin fè envazyon. Yon lòt bò yap rikèn, Core Group ki kondane G9 ak tout lidè l yo
bay Divalye enfòmasyon sou mouvman “Kamoken” kòm terorist, ap terorize popilasyon an, ki provoke
yo. Épi yap konseye “enbesil” la ki rele Papa Doc la, deplasman popilasyon an kote Ayisyen vin refijye
pou l vide zòn riral yo, fè peyizan yo vin tounen nan pwòp peyi yo, (kote Haut Commissariat des
boukliye pou li nan Pòtoprens nan sèvi kòm Tonton Nations Unies pour les Réfugiés), ki paralize ak-
Makout. tivite ekonomik, ki atake e apovri manm sektè prive
Kisa moun sa yo ap manje? Depi sou Baby Doc Ayiti (sektè abityèlman chouchou Blan an), ki atake Bank
koumanse enpòte diri. Lanmèd, yo fout koumanse (senbòl sistèm kapitalist la)? Tout sa w wè “Blan”
pran nou. Ayisyen koumanse abandone mayi moulen, an pa pale se sa lap regle pa anba. Detrui Ayiti: se
manyòk, pitimi, yanm, patat. Pa gen moun pou plante vrè Projè. Yo pa fout zanmi Ayiti vre. Blan pa konn
yo. Sak pou plante yo gen revolvè nan men yo ap renmen moun Nwa. Nan zye yo se ak Esklav ou
“veye rejim” nan. Ministè ak Bwat Leta yo tounen sanble. Ouswa RESTAVÈK
manmèl pou makout souse. Alafen, antrepriz Leta yo
koumanse antre nan fè fayit.
Sektanm 91, “Blan” an endike wout pou Ayiti pran an: M pataje repons Norluck Dorange bay youn sè nou
Li dwe tounen timoun ankò. tout ki se Afriken, moun nwa
Bò figi “Sovè” “Blan” an parèt 15 Oktob 1994. Aris- Jezi sove m, Jezi sove m
tide tounen ak 22 mil solda “Blan” an. “Blan” an bèl. Lè mwen te san sekou
Nèg Nwa lèd. Jezi sove m
Depi lè a tou, “Blan” an pran dispozisyon pou l gen
Tout tan nap repete pawòl kaka sa yo.
Nou pa janm rann nou kont se kaka nap di, Se kaka
kontwòl machin elektoral ki te bay Aristide, yon lidè nap fè pèp la repete. Yes Mwen entoleran. Mwen kou-
ki tap pale pawòl fòk Ayiti granmoun nan. “Blan” an manse pa sipòte moun Ki pa aprann de malè yo.
deside se li ki ap finanse Eleksyon. Ayisyen dakò. Anndan Legliz la?
Donk, ponyèt ki bay la se li k ka pase lòd. Se konsa M pa di Bandi pa konn al atake peristil houngan. Tout
“Blan” an bay lajan. “Blan” an deside kijan lajan an tan yo fè sa. Yo touye hougan, asistan mouri.
ap depanse. “Blan” an kontwole tout etap ki genyen an Men kote nap vann pou kay Djizòs anyen pa ka rive
eleksyon. Fabrikasyon bilten, se Blan an. Distribisyon nou mal. Pastè a tèlman vòlò e sinik li kontinye ògan-
bilten. Kontwole bilten. Pandan Blan an bay Ayisyen ize aktivite a kan menm paske lajan fidel yo te pote à
yo wòl figiran menm si w tande gen KEP, wòl Ayi- fok visye a pat pèdi resèt dimanch sa a kan menm

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version