The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2020-01-11 09:31:27

Kreyolofoni#29.pub

Kreyolofoni#29.pub

LANE II, NUMEWO XX-IX Janvye 2020 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

ANDEDAN
KREYOLOFONI

Preyidan Jovenel Moise,
lanmò ou prizon. W pa
ka chwazi 03

Vil Pòdepè mouri tou
kanpe 08

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

SAINT-
MICHEL
BOTANIKA

PLANET
FM

100. FM
STEREYO

Pa Bliye

Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierr e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier re
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

Preyidan Jovenel Moise, lanmò ou prizon : W pa ka chwazi…
Preyidan Jovenel Moise ta sanble tonbe sou tèt paske depwi lari-a ta sanble bay yon trèv festival,
nou wè lap fè deklarasyon ensandyè ak menas lanmò sou sitwayen peyi a. Li ta menm deklare piblikman
« li gen pou l koupe tèt sèt moun anvan manda l fini ». Yon preyidan enkilpe (ULCC), prezime vòlè
(Cour Supérieure des Comptes et du Contentieux Administratif) ak prezime asasen (Minujusth, Amnesty
International ak RNDDH) pa gen ni karaktè ni etòf pou l ta fè tèt li pase pou yon diktatè. Jovenel Moise
ka tout bagay sof diktatè. Yon diktatè aji, li pa radote menm jan ak mouche Moise ki sanble yon mò an
vakans. Preyidan Jovenel Moise sispann agrave lavi w ak fanmi w. Se lanmò ou prizon, w pa ka chwazi.
Nan yon rankont dyalòg kominotè ki sanle tèt koupe ak gouvènman lakay Premye Minis Laurent
S. Lamothe yo, Moise yon woulibè nan pwogram enèji Tibiron/Tòbèk finanse pa Earthspark Internation-
al la (earthsparkinternational.com) pwouve mesye a se yon eleman danjere. Kòman pou yon preyidan ki
pa yon debil mantal fè kontinye ap bay peyi a manti toujou nan zafè kouran 24/24. Fwa sa a preyidan an
soti nan koma pou l di peyi a : « Mwen rann mwen kont, gen de moun se soukote pou w mete yo, si w
bezwen fè yon bagay pou peyi sa-a. E mwen pran desizyon, sak pa vle al soukote yo, map fòse yo al sou-
kote. Si yo pa kanpe sou kote, kotem prale a, saka rive gen ti aksidan ki fèt, paske fòm pase pou m ale ».
M sonje tou nan fen rèy prezidan Jean Bertrand Aristide an 2004 li te fè yon deklarasyon moun
fou tou. Taliban ayitien an lè sa-a te di : « Jou flanm bouji a etenn, lap fè nwa lannwit tankou lajounen ».
Fanatik ak patizan prezidan Aristide yo te swiv konsiy lan e woulo konpresè-a te desann nan lari-a, zòn
nondwa te kreye, polisye te dekapite, represyon politik te fèt men 20 fevriye 2004, apranti diktatè a, Bo-
kasa ayitien an, malgre sipò popilè-l te enkonteste te oblije ekri lèt demisyon l pou Fwon Rezistans lan
dirije pa Guy Philippe pat anvayi palè nasyonal e arete M Aristide. Opozisyon an (GNB) ak pouvwa fan-
mi lavalas ki te gen menm patwon, Washington, te mete fen nan batay nèg anwo kont nèg anba e pèp la
yon lòt fwa te viktim nan. Antouka, granmoun yo te konn di : « Lagè avèti pa touye kokobe ».
Jean-Claude Duvalier te yon vrè diktatè ak yon kò makout ki te plis pase 700 mil sanginè ki pa
tap ezite boule peyi papa Dessalines an sann e l te oblije vole gagè al an ekzil. Preyidan Jovenel Moise,
patwon w Donald J. Trump pa ka kenbe w opouvwa kote preke tout enstitisyon nan peyi a, pami yo
legliz katolik ak pwotestant, ekriven, inivèsite yo, bawo avoka yo, medsen yo, atis yo, pati politik yo,
elatriye. Ki pèp wap dirije la preyidan? Se pa pèp ayitien k jounen jodia majorite nan yo deteste w. M pa
gen pouvwa pou m ta bay dat kilè wap kite pouvwa sa-a ki pat janm pou wou, men wap oblije paske
Imana/Amen, lwa Ginen yo ak lespri Lavilokan yo dakò sou lanmò ou prizon, w paka chwazi.
Rezistans lan preyidan ap lakoz plis moun (inosan) mouri e se konsa sanksyon an ap pi grav.
« Ti rès la pou pèp la » se yon deklarasyon yon betizè, yon enpostè, yon rize ki montre aklè li trayi klas
sosyal li ak zanzèt yo. Se pa preyidan sa a ki te pwomèt l ta pral itilize richès lanati ban nou pou l mete
manje sou tab yo ak lajan nan pòch nou. Se menm preyidan sa a ki te mande nan Stade Sylvio Cator pou
nou bay do a spiritwalite ak kilti nou. Eske preyidan sa-a pat pwomèt kreyasyon richès? Richès la tounen
lamizè, soufrans, ensekirite, grangou, enflasyon, defisi nan bidjè, deprezyasyon goud ki vin zòrèy bourik.
Sa k pi grav la nou pèdi souverènte n, se Washington ki dikte preyidan an sa l vle k fèt nan « backyard »
li ya.
Opozisyon an, pou pi fò, se yon bann ransè. Anpil moun (inosan) mouri pou ryen paske yo te
kwè w te ka akonpaye yo nan premye manch batay li ki se te demisyon ak arestasyon Jovenel Moise.
Nou kondwi pèp la bay preyidan vale yo. Li touye pase 500 moun déjà si nou ka kwè rapò RNDDK te
prezante devan « Congrès » meriken an nan yon sèl a ane san konte blese ak sa ki paralize yo. Epi nou
lanse manifestasyon pou premye janvye 2020 pou n anpeche preyidan vin Gonayv pou l selebre 215e
anivesè endepandans lan. Ala nou enbesil. Okontrè se yon opòtinite pou n te tou chante antèman J Moise.
Lap pote tèt li labatwa yon dezyèm fwa epwi nap pwoteje l. Eske nou planifye ak vòlè-asasen parèy nou
an pou n touye tout jèn nan peyi a kap mande « tabula rasa » ak chanje sistèm? Imana/Amen, lwa Ginen
yo ak lespri Lavilokan wè nou. Tout moun ki panse yo ka anpeche dezyèm endepandans sa-a, yap mouri.
An nou selebre Makaya ak Endepandans nou. Kreyolofoni#29

“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

« NoëlCaraïbe » :
Junise Kathie De Georsilien Jean-Louis

Nan Jamè de san twa, Elusma Hungueur wè sa tou men rezilta yo se pou 3 janvye e nimewo
Legrand ekri : « Pou sipòte Kathie nou an nan final sa ap soti a minwi premye janvye…Pitit fi, m vle
twazyèm edisyon Final konkou « NoëlCaraïbe », se wou. Kretyen yo di Dye yo wa se lespri, Lavilo-
nou te anpil swa sa a nan Marriott. Men nan grann kan se lespri e ginen an se lespri. Annou mande yo
foul nou te vit re-
make, manajè-a ak
prezidan ANO (Atis
Nòdwès), prezidan
« Extra Production »
ak prezidan « Nord-
Ouest en Valeur-
NEV » ki pat rate
spektak NoëlCaraïbe
sa a ki te ente-
resan ».

NoëlCaraïbe
la se te pou Madi 24
desanm a 6h PM nan
Marriott Hôtel. Pri a
se 1500goud. Mack-
enson Lepetit Joseph
ekri sou paj Face-
book li : « Pa bliye
al pote enèji pozitif
bay Kathie nan final
sa... Lap tann tout
pitit Nodwès ».

Tout moun
di, fanatik Kathie di
li te trè pèfòman e se li kap dekwoche pri-a. M anvi fè youn pou w pote lamayòl pou Ayiti e sitou pou

Nodwès. F Jean-Charles#29

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

Daniel Loriston :
Ton Nwèl poukiw bliye Ayiti ?

Poukiw pa janm vizite nou ? Pote lanmou, ak linyon
Pou jan nou venerew, pale de ou Pou nou sonje n' se frè ak sè
Nou fè konkou, nou fè chanson Nou deside viv ansanm
Nou dekore, nou netwaye Malgre tout diferans
Ou neglije timoun isit Nou pap boule, nou pap kraze
Se atò yo kwè nan ou Nap dyaloge, nou pap batay
Poujan yo diw renmen timoun Yon sèl kòt fanmiy nou ye
Pou jan yo diw senbolize lan- Sa nou panse ka diferan
mou, fratènite ak pataj Men sa nou ye se menm bagay
Genlè se pa de ou yo konn pale Ayisyen ak ayisyèn
Pou jan yo di ou gen bon kè Nan tèt ansanm nap avanse
Pou jan yo diw sansib anpil Nan tèt ansanm nwèl nou pi bèl
Genlèw pa deside pase wè nou Nwèl tèt ansanm se sa nou vle.
Ton Nwèl Genlèw nan paspouki Daniel Loriston
Ton Nwèl Genlèw gen fòs #Dalbagay
kote ?
Ton nwèl :
Kote k pa gen lanmou ak linite
Kote ki chaje divizyon
Kote se chyen manje chyen
Kote zam ap tire tout tan
Kote lavi moun pa anyen
Mwen pa mete pwent pyem la
Sim ta vini map pèdi wout
Map derekonèt lapèldèzanti
Yo dim nou boule tout bagay
Tout wout yo fin kraze
Yo nwasi ak sann kawotchou
Yo dim tout vit magazen kraze
Nou chanje yo an fè fòje
Yo dim peyi a lòk
Yo dim barikad tout kote
Anbilans paka pase
Men ki kotem pwal pase ?
Sim ta vini fòm al Vilaj De dye
Fòm ta pase matisan ak lasalin
Men ki kotem pwal pase ?
Sim ta vini fòm al nòdwès
Depatman nò ak latibonit
Yo dim nèg savyen yo pa jwe
Men ki kotem pwal pase ?
Sim ta vini fòm al okay
Yo dim ti gwav mouch pa vole
Men ki kotem pwal pase ?
Ton Nwèl nou pran konsyans
Nou deside met tèt ansanm
Pou nou bati yon lòt peyi
Ton nwèl se ou nap tann
Retire zam nan geto yo
Banou peta ak pidetwal
fanal pou klere lakonsyans
Pa vire do ba nou

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

« Concert » :
Ann fè solidarite ak Papouto Garçon

M te gen sèlman onz zan lè kay manman m Marie Pwovèb la konkli « Nan Mwen ke 2 h tan Mwen gen
Thérèse Clersaint te boule rapyetè nan ri Rebeca nan Pòde- 120 kat ki preske vann ».
pè an 1971. Evenman sa yo ka tromatize viktim yo tout Jounal Kreyolofoni swete pwofesyonèl nan
lavi yo, gen ki menm vin bègwè, lòt devlope tout kalite sikoloji klinik pote sipò yo tou bay Papouto e m reve
maladi. Se pou tèt sa nan moman trajik sa a Papouto bez- wè konsè sa a ede rekonstwi mezon an. Tout moun ki
wen sipò tout moun nan tout sans. Annou fè solida-
rite ak tifrè a ki bezwen nou tout nan moman difisil
sa a.
M wè toupatou anpil moun pote boure e
gen menm aktivite kap fèt 29 desanm nan Caciquat
Convention Center pou akonpaye Papouto nan yo
gwo kokenchenn « Concert ». « Kat yo deja dispo-
nib pase pran paw la nan biznis ki pi pre w la, yon
kat yon jès, achte yon kat se voy yon mesaj bay tout
mond lan, achte yon kat pou pi piti se di mwen de-
side akonpanye Papouto, moun Nòdwès tout kote
ann pote kole. Pa ezite kontakte yonn nan enstiti-
syon ou wè nan flayè a siw vle achte kat oubyen
pase nan PMG, Mister T Services, Caciquat Con-
vention Center ak nan Atelye Sanba Zele a. Nou se
Papouto » Mackenson Lepetit Joseph te poste sou
paj Facebook li.
Men diaspora a pa deside rete inaktif e se
konsa nou wè Pierre Richard Osias ki se Nèg Pwo-
vèb la lanse yon maraton pou moun achte kat pou
konsè Papouto yo. Li ekri sou paj Facebook li «
Moun Ki reponn challenge pou achte 10 kat ou plis
pou concert Papouto a » e me non l site yo : Nèg
Pwovèb la :10 kat paye ($30), Junior Raymonvil :
20 kat ( $50), Max (GPNO) : 10 kat, Ted Lapi-
dous :10 kat, La France Jn Richardson :10 kat, Jean
W. Simon : 10 kat, Fanes Tulme : 10 kat, Fleurestil Fa- renmen Papouto map mande nou sipòte l nan moman
rah :10 kat ($30), Jeannot Choute Katia : 20kat paye ($54), difisil sa a. Achte yon kat pou 250 goud ka ede l
Kerline Versannes Démosthènes :10 kat ($30). E Nèg achte de blòk. F Jean-Charles, Kreyolofoni#29

Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... 7

RIBRIK : Santé

Rejim ak miskilasyon
pou nou viv pi lontan

Chak jou nap oksidantalize nou plis nan tout pran plis te cho sitou lè w fin manje. Konsome lokal se
bagay e oksidantilizasyon an fè nou vin etranje nan pwòp pi gwo kado ou ka bay tèt ou. Grenn pwa, fèy ak legim
peyi nou. Nou etranje a kilti, spiritwalite, e menm a ali- ap ede anpil. Pwodwi oksidantal yo bato yo vin vide
mantasyon nou. Tout sa nou konsome se pwazon virilan sou mache lokal la ki soti Etazini ak lòt ki travèse
ki ka pwodwi tout kalite maladi e kondwi nou nan sime- fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn pote tout
tyè anvan lè nou. vye maladi nan kò a kap mennen nou simetyè anvan lè
Daniel ak Priscille Loriston fè yon emisyon sou nou. Se yon gwo sakrifis. Men eske w renmen lavi w?
« Jeune intermittent » jodi vandredi 27 desanm nan base Annou tounen nan jan paran nou yo, zansèt
sou dokiman syantifik ak medikal kote yo pataje ak nou yo, te konn manje ak bwè. Yo te viv pi lontan e pil
oditwa « Radio Génration 80 » yo sou kòman rejim ak maladi sa yo pat ekziste. Chanje rejim alimantè nou
miskilasyon, youn pa mache
san lòt, si nou vle jwi yon
bòn sante. « Jeune intermit-
tent » an vle di « abstinans
alimantè pandan 16 zè ».
Nitrisyonis lan di si w manje
a nevè nan aswè se bò inè
nan apremidi pou manje
ankò.
M panse se
ekzajerasyon, w ka toujou
manje twa fwa pa jou men se
ki sa wap manje a. Se ali-
mansyon byolojik li dwe ye.
Maten w ka pran fwi, ze
natirèl, fig banàn, pistach,
chokola, kafe, mayi ak fèy
pou ti dejene. Dine a ka viv
alimantè, diri peyi, poul
peyi, pwason, vyann kabrit.
Nap pwofite di w evite vyann bèf ak vyann kochon, poul depwi jodia. E annou kòmanse fè misk yo bouje tou
blanch ki se pwazon pou sante w. Soupe a w ka evite l ou nan fè ekzèsis chak maten. Mache 15 minit ase pou
w ka pran bagay ki trè lejè. Pa manje anyen k lou aprè bon jan miskilasyon.
senkè apremidi. Men se epis w itilize yo pou fè manje yo Se konsèy sa yo koup Loriston an te pote pou
ki ka fè w malad si se pwazon tankou magi, aksan, lwil, oditè ak oditris li yo maten an sou radio RG-80 an. M
pat tomat, elatriye. Madam Loriston konseye nou itilize pa vrèman rejwenn wen nan « jeune intermittent » an
epis tankou lay peyi, woukou, pwav, jeròf, pèsi, seleri, men m pou chanje rejim alimantè nou ki se manje sa
ten, safran jenjanm ak lwil kokoye…
Sispann bwè dlo glase, si w ka evite glas li tap lanati pwodwi e kore l ak ekzèsis matinal. Si nou fè de
za yo, ki se yon sakrifis, nap viv pi lontan e nap jwi
bon pou wou anpil. Pa bwè gazez, bwason enèjisan, men
lavi a plis. F Jean-Charles#29

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Kolektivite

Vil Pòdepè mouri tou kanpe

Depi yon bon bout tan, mw remake vil Moto yo menm se yon lòt pwoblèm pou
Pòdepè mouri tou kanpe. De jou an jou se anfonse popilasyon an. Chak mache gen yon estasyon mo-
lap anfonse, yon siy ki montre li pap egziste yon to anndan li ki anpeche moun byen sikile anndan
jou. Eske se move chwa nou fè nan vote nenpòt mache a. Pwoblèm lan pi grav ankò pou moto a,
moun oubyen se otorite nan vil la ki absan ki koze se laplipa chofè ki pa vle abiye nòlmal pou fè
tout deriv sa yo. Soti avni twa rivyè pou rive devan taxi. Sandal dlo nan pye yo, pantalon yo anba
katedral, pase pran ri Dimasè Estime pou rive nan ri dèyè yo tout boksè ki sou yo deyò. Gen nan yo ki
Mòpa. Figi vil la gentan diw sa'l ye. Yon vil chaje djwej, tèt yo mare ak yon bout twal tou sal, gen
labou, fatra, pousyè, tou ego menm san kouvèti, lè lòt se cheve
lapli tonbe vi anpil moun menase. yo ki pa
Chak kwen lari a se mache, ri Dimasè Es- penyen, rad
time ki se rantre vil la mache anvayi'l. Pa gen otorite sal sou yo,
nan vil la ki di anyen. Devan kay pèsòn moun pa kò yo degaje
epanye pou mete bak pou fè mache yo. Mouche leta move odè,
ap gade bagay sa yo san'l pa di anyen. Twotwa yo se yo pa res-
sou yo machann yo chita pou vann. Pasan yo oblije pekte moun,
pran plas veyikil yo, sa vle di se nan mitan lari yo epi kiyès yap
mache. E bagay sa yo koze anpil aksidan chak jou pote souple
nan vil la. Se yon vil tout moun fè sa yo vle. Kòman nan lari a:
pou yon plas devan katedral vil la tounen mache? Ki elèv lekòl
wòl meri nan tout bagay sa yo ki ap pase nan vil la? (piti kon
Devan lekòl yo pa epanye ak mache. Gen kèk lekòl gran), moun
mwen idantifye tankou: Sen Maten Achil, Jak ki pral tra-
Mòpa, Lise LTG, kolèj Prima ki gen yon pakèt ma- vay. Ki wòl
chann kap vann sou galri yo e sou kote yo. Mache sa lapolis jwe
yo menm anpeche elèv yo aprann nan sal de klas yo, nan kon-
lè yap joure di betiz, lè yap batay, sèvo elèv yo ap pòtman cho-
kapte vye mesaj machann yo ap voye yo. Kòman fè taxi yo
pou yon elèv fè aprann nan kondisyon konsa? Ni nan vil la?
enspektè lekòl yo, ni majistra pa janm di anyen pou N'ap
remedye a sitiyasyon an? Eske se wè yo pa wè ou- pase yon fèt
byen konprann yo pa konprann? fen d'ane
Mwen fè yon eksplorasyon nan mache bod- nan vil
mè a ki se makèt ni moun ak vès ni moun san vès, Pòdepè nan mizè, fatra, labou, ensekirite, limyè
men kisa'm wè: fatra, labou, dlo santi, pa gen twalèt, pa konn gout, se sa vil la resevwa kòm kado pou'l
se nan sachè moun fè yo bezwen yo voye'l bò lanmè ka rantre nan 2020 an. Pa janm gen moun ki di
a oubyen yo ale bese menm bò lanmè a. Se nan kon- anyen nan tout sa kap pase nan vil la, pa janm gen
disyon sa ke nap manje chak jou. Nou pral gade moun tou ki revandike dwa yo, se kòmsi tout
vyann yo n'ap manje yo san kouvri, pwason yo san moun kap viv nan vil la se bèbè. Mwen remake
kouvri, farin, sik e latriye. Menm mouch ki soti nan gen kèk jèn ki kòmamse ap atake pwoblèm vil la,
fatra sa yo, labou sa yo, dlo santi sa yo, matyè fekal men dirijan yo rete ak tèt yo rèd yo pa fè yon pa
sa yo vin poze sou sa nap manje yo. Sa vin montre kita yon pa nago pou vil la. Souwè pam pou nou-
nou soti lakay nou ak lajan nan men nou vin achte vèl ane sa kap rantre a, pou majistra vil la pran
maladi mete nan kò nou. Eske se serye? Kote ofisye detèminasyon pou'l chanje tout sak merite chanje
sanitè yo ki te konn ap kontwole sa kap rantre nan e pou chak moun pote patisipasyon pa yo pou vil
vant moun lan? Eske sèvis sa pa egziste ankò nan la pa fin deperi avèk nou.
Pòdepè. Eske nan plen venteyinyèm syèk sa yon Marie Jacqueline Jonassaint
imen kapab viv konsa? Eske vil la pap deperi vre? Instititris

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel
BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Di saw vle...

EFEL
FRANTZHITSHOW

3èm pwomosyon EFEL nan lapwent te ban mwen Chaje Talan nan Peyi a !
plak donè sa ayè nan seremoni remiz sètifika yo. Youn nan atis kem te ankouraje nan konkou logo

Mwen santim Daniel Loriston an, Papichid Art desine pòtre youn
kontan pou mak nan foto Frantzhitshow te fè pou mwen. Sa Ka-
rekonesans sa. mera pwofesyonèl Romond Frantz Roosvelt te fè a
Menm si premye misye fèl ak yon KREYON sèlman.
sam vize se trans- Kreyon atis la reyinvante istwa mega pixel ak lan-
fòmasyon lavi tiy, zoum, lens...
moun san atann Bravo atis pam !
anyen an retou Nou endinyan!
men jès la te leve
anpil emosyon
lakay mwen.
Mwen te resevwa
plak sa nan non
Fresnel Jean, Francisque Jean-Charles, Dr Rony
Pierre, Marc Laurry Ermann Sainvil, Herby Le
Roi,Marie Priscile Royaque Loriston, Lise Jean
Vincent paske san moun sa yo EFEL pata ka
egziste.
Nap kontinye ede jèn yo soti nan povrete pou yo ka
vin moun tout bon !
Nou pa sipoze gaspiye tan nou sou latè ! Chak se-
gonn dwe koresponn ak yon aksyon pozitif !
Daniel Loriston
#Dalbagay
********
Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND

Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...

Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098

Mackenson Lepetit Joseph

Etidyan! Komèsan! Pè! Pastè! Pèp! Opozisyon!
Nou pa moun.
Nou se magouyè.
Zonbi.
Enbesil.
Inyoran.
Tanpri lè nou wèm nan lari pa abòdem pou politik ni sou eta depatman.
Map mankew dega e map antre nan bizawèl paran ki te potew la e m ka menm krache nan figiw.
Nòdwès pa merite ipokrizi sa.
Pwojè lòt nòdwès la.
Tout moun kita renmen lòt nòdwès la pou 2020 an nap envitew vin fè bilan desepsyonw yo ak satis-
faksyonw yo e fè pwopozisyon pou aksyon konkrè ka poze. Nan dènye jou ane a madi 31 desanm 2019
la 9vè boul nan maten se pral vrè #Diversité a.
Sou radyo excel inter 106,7fm steréo. Pa enkyetew siw pa nan depatman.
Gen aranjman kap kontinye fèt.
Pou yon meyè kowòdinasyon mete prezan ak yon ti mesaj. Envite tèt ou konnya!
Nou kapab malgre #Diversité nou. 4230-2929. sms+whats'app. Sponsò mete tèt ou.
Mackenley LePetit Joseph ak Guilmy Eugene
Tonnè boulem nou pa anvi solisyone pwoblèm nan.
Se kite nèg la antre epi fèmen.
Bann lanmèd!
Tchuiipps!
Bondye fè nou tande. Lap fout koupe tèt nou grenn pa grenn.

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang 11

RIBRIK : Kilti

FrantzHitsShow
MediaPlatform Haiti

Jodia se 31 desanm 2019 nan 1èd tan ak kèk minit ane dredi a, nan Rendez-Vous Hôtel pou "1St Edition
2019 la ap di nou orevwa poul di byenvini 2020, toujou FrantzHits Show Awards Ceremony" an.

nan menm semenn nan. Nou pa mandew gwo.
Mw vle raplew, siw gen 1000 goud pou anbyansew as- Deja mw swete nou chak larezanne.
wèa, anbyansew ak 750 goud. Kite 250 goud sèlman la- Bondye renmen nou.
danl pou kapab byen kòmanse ane 2020 an demen van-

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version