The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2021-10-27 10:07:20

Kreyolofoni#52.pub

Kreyolofoni#52.pub

LANE IV, NIMEWO 052 NOVANM 2021 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

Derasine tout ANDEDAN
kriminèl oplivit. KREYOLOFONI

1.– Merten, yon satan
jerenòs p.4

2.- Legliz, youn nan
kansè peyi a p. 09

3.– Dekolonizasyon
mantal p.11

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

TOY SHOP
PLUS

BOTANIKA

PLANET
FM

100. FM
STEREYO

Nou tout an Pa Bliye
danje...
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierr e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier re
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

Derasine tout kriminèl oplivit. Nou tout an danje.
Réflexion loufoque#945

Josué Pierre-Louis, fo prezidan konsèy minis yo, resevwa yon korespondans ki soti nan
biwo jij denstriksyon Gary Dorélien chaje pou enstwi dosye asasina prezidan Jovenel Moise la-
a.

Andedan korespondans lan, jij Dorélien mande pou konsèy minis dyòl bokè-a mete ala
dispozisyon l’ prezime asasen « Premye Minis Etazini nan Pòtoprens » Ariel Henry, fo prezi-
dan tout bagay sou kontwòl Claude Joseph e DG bouda chire Barbecue fè pete kouri anba bal
Léon Charles. Gen koze andedan teritwa transnasyonal sa a.

Britsoukou, patwon Léon Charles nan depatman deta ameriken tou mete fen nan misyon
l’an Ayiti e retounen lan nan diplomasi nan peyi dadopsyon l’, Etazini.

Mario Antonio Palasios Palasios, yon kolonbyen entènasyonal, yon sispèk nan asasina
Jovenel Moise, jwenn arestasyon yè jedi 21 oktòb la nan peyi Jamayik. Èske lap extrade an
Ayiti? Antouka, gouvènman konlonbyen an gen tan mande pou tounen l Kolonbi. Ayiti bèkèkè.

German Aleyandro Rivera Garcias, se yon lòt kolonbyen ki jwenn arestasyon l’ nan
asasina M Moise an Ayiti. Èske jij Dorélien odisyione prezime asasen sa-a deja? Li ta dwe itil
pou enstriksyon an. E kilè parenn ap odisyone?

Sa k klè kon dlo kòk jounen jodi-a, yon minis bolivyen Edouardo del Castillo anonse te
gen yon plan pou touye prezidan eli Luis Arcé an 2020 e se menm kolonbyen German Aleyan-
dro Rivera Garcias a, youn nan mèsenè yo ki touye Jovenel Moise. Èske w wè sa m wè?

Nap site Magazine Intercept ki revele « mèsenè ki asasine prezidan Dayiti te desann nan
lotèl Presidente de La Paz, tou prè Plaza Murillo, e nan lotèl Marriott kote yo te fè reyinyon ak
wo responsab gouvènman de facto an 2020 ». Èske w konprann klè ki gouvènman ki pase lòd
koupe lavi prezidan Jovenel Moise kounye a? Ki gouvènman ki kòmanditè e ekzekitan?

De lwi jan boje yo, Henry e Joseph, èske yap reponn envitasyon jij Dorélien an? M pa
kwè paske deja bal al tonbe sou machin jij la toupatou e vit kraze e plen twou. Li parèt klè se
jwèt bosal la mesye yo deside jwe pou fòse jij la vole gagè e si l pèsiste pou yo ta etenn lavi l.

Nou tande anbasad amerikèn ekzije minis Liszt Quitel kraze kite sa paske l kidnape yon
pastè pandan diplomat la ap sipòte e pwoteje de lawon ki ta patisipe nan asasine yon prezidan.

Panafikanis Kémi Séba deklare aprè lanmò prezidan Jovenel Moise: « Lè w touye yon
prezidan, yo touye yon peyi ». Jistis pou prezidan peyi a, se jistis pou Ayiti.

De anplwaye depatman deta yo, MM Henry e Joseph, agonize Ayiti, manman nou tout.
Pitit gran satan an Daniel Foote deklare nan lèt demisyon l’ « Leta a efondre ». Li ajoute tou «
Ariel Henry nan menm panye ak PHTK e l paka nan solisyon peyi a ».

Poukisa pa gen yon Papa Dessalines ki emèje ki lanse: « Koupe tèt, boule kay » pou
derasine pil kriminèl yo – elit tradisyonèl e transnasyonal andedan peyi-a. Entelektyèl koupyon
e antipatriyòt, sektè dèzafè destriktè mas yo ak demolisè klas mwayèn nan, klas politik vwayou
e asasen.

Depwi Duvalier rive nan Moise, preske tout dirijan yo se san sal, men tout gen san, tout
se vòlè. Jounen jodia, se elit nasyonal ak òganik yo ki pou emèje.

« San nèf, men pwòp ak savwafè » (Dr Thierry S. Osias) pou pèp souvren an dèyè pitit
Cappoix, Dessalines, Christophe, Pétion, Boyer – milat kreyòl ak bosal afriken nou tout je-
nerikman nwa.

Ansanm mache derasine tout kriminèl ki anpeche nachon an vin yon eta-nachon. An
avan, grenadye alaso, sa ki mouri zafè a yo. Nou tout an danje. Edito#52, Novanm 2021
“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

Réflexion Loufoque

Réflexion loufoque#930 Aryè gran pè Donald J. Trump, Jo-
Kenneth Merten, yon satan jerenòs hanes Trump, te abite nan Bonbadopolis, yon
Se sekretè deta ameriken David Blikin komin nan depatman Nòdwès nan ane 1840
li menm ki anonse Kenneth Merten se nouvo yo. Ayiti te ofri papa l’ospitalite men li engra
chaje dafè pou Ayiti. M di chak jou pi gwo lèn- anvè Ayiti.
mi Ayiti se Etazini, dirijan yo, repibliken ou Nou sonje an 2018, prezidan Trump
demokrat, rayi Ayitien menm sila yo ki abite deklare Ayiti se yon « trou de merde » nan
lakay yo depwi pase 100 tan. yon deba sou peyi k dwe benefisye viza travay
Konpatriyòt yo ki chita plizyè fwa ak Ozetazini. Li te demanti sa, men l’ te di l’.
salopri ipokrit rasis Blinkin sou dosye Ayiti pat M te fè Trump sonje si Ayti yon latrin,
menm konnen l’ ta pral nome vwayou-asasen Etazini konstwi latrin nan. Anbago an 1804.
Kenneth Merten ki gagote lajan fon Petro Ca- Vòlè rezèv lò peyi a an 1914 ($500.000). Oki-
ribe a ak Michel Martelly te di: « Martely se pasyon amerikèn 1915 e kontwole finans peyi
yon sitwayen aytien ». a. Destriksyon kilti diri an 1994. Envazyon
Ayitien toupatou dwe manifeste militè an 1994 e 2004. Etazini destabilize
mekontantman yo pou nominasyon Merten nan Ayiti.
e fè lemonn konnen mesye sa a se yon kòwon- Sa gen de jou sou Fox News, Trump
pi e yon anplwaye Clinton yo an Ayiti. rasis deklare « Pil migran kap rantre Etazini
Ayiti dwe anvayi pis ayewopò a pou yo pòtè VIH sida ». Se yon deklarasyon rasis
anpeche aterisaj avyon kap mennen satan je- men l’ politik tou, mesye-a ka kandida an
renòs sa a tounen nan peyi papa Dessalines 2023.
nan. Si pèp la asepte Kenenth Merten andedan Sa nap di Trump, se yon gwo manti l’
Ayiti, nou pa moun. fè sou Ayiti, menm jan Covid-19, yon maladi
Retou Keneth H. Merten vle di de ba- ensignifyan an Ayiti, sant GHESKIO rekonèt
gay pou frèm Josué Grand-Pierre. Youn, USA gen mwens pase 2% Aytien ki gen VIH sida.
vle fini ak Ayiti tout bon e de, USA pa gen Trump se yon gwo idyo-enbesil ki gen
moun lakay li ». RL#930, 12 oktòb 2021 dyòl sal e se sou peyi k bay aryè gran papa l’
********************* lavi a, ki fè papa l fè l, lap vomi konsa. Ayiti
Réflexion loufoque#925 di w vouzan. RL#925, 9 oktòb 2021
Trump engra e rasis men l se yon politisyen
tou

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

25 sitasyon SOCRATE tout moun nèt
ta sipoze li epi reflechi sou yo !

Jherry le combattant 12) « Pou ou ka santi ou konprann, eseye
panse pou kont ou menm lè se pa fasil. »
2019 ·
1) « Vrè konesans lan se lè ou konnen ou poko 13) « Lè ou gen konesans se tankou yon lanp
konn anyen.» ki limen, se pa tankou lè wap plen yon bokit
2) « Si wap viv yon vi san eprèv ou pat bezwen dlo. »
egziste. » 14) « Se ou menm ki pou konn tèt ou. »
3) « Pi gwo byen an se konesans, pi gwo mal la 15) « Si w bezwen fè mond lan avanse, ou pa
se lè ou pa konn anyen. » sipoze rete anplas ou menm. »
16) « Sekrè ki genyen
4) « Mwen gen dwa pa ka nan viv byen se lè ou
aprann yon moun anyen,
men mwen ka voye w al gade tèt ou nan glas epi
ou pa mete tèt ou nan
reflechi. » sitiyasyon pou w toujou
5) « Toujou akeyi moun,
respekte moun epi aji ap chache gen anplis,
men ou prefere ap jwi sa
byen ak moun wap ou genyen deja yo. »
rankontre paske chak
moun ap mennen yon ba- 17) « Sekrè ki genyen
pou w chanje lavi w se
tay ki long epi ki pa fasil.
» lè ou konsantre tout fòs
6) « Moun ki gen gwo ou pou w bati demen w,
men se pa nan plede ba-
lespri diskite sou bèl ide, tay ak pase w.»
moun ki gen demi lespri
diskite sou bèl fèt ak gwo 18) « Pa rele m ni moun
Atèn, ni moun Lagrès,
evènman, moun ki gen ti mwen se sitwayen tout
lespri toujou ap pale de
lavi lòt moun sèlman.» mond lan. »
19) « Pito ou gen tout
7) « De tout fason fòk
nou marye mesye : si ou tonbe sou yon bon prensip kap ede w mache dwat olye ou chaje
fanm wap viv byen nan lapè, si w tonbe sou richès. »
yon move fanm wap vin fò plis epi li bon lè 20) « Depi ou konprann yon kesyon ou prèske
gason aprann. » ka reponn li, ou gentan gen mwatye nan re-
8)« Yon moun ki pa kontante ak sa li genyen, pons lan. »
ou mèt konnen li pa tap janm satisfè menm si li 21) « Wè vrè konesans lan, se lè nou chak rann
genyen tout sa li bezwen yo. » nou kont kijan nou manke konprann mond lan,
9) « Si ou pa jwenn sa ou vle yo, wap soufri ; tèt nou ak tout sa ki antoure nou. »
si ou jwenn yon bagay ou pat vle, wap soufri; 22) « Moun ki pi rich la se moun ki kontante l
menm si ou ta jwenn sa ou vle a menm, wap ak ti kras sa li genyen an paske richès gaye
toujou soufri paske li pap li pap ka rete nan nan tout mond lan. »
men w pou toutan. Lespri w nan yon sitiyasyon 23) « Depi w egziste ou ka fè. »
ki difisil. » 24) « Se nan lespri tout pouvwa chita, sa ou
10) « Ou ka sere vye zak ou fè yo pou lòt panse pou tèt ou a se li wap ye. »
moun, men ou pa ka kache yo pou pwòp tèt ou. 25) « Moun ki pa gen anbisyon se yo ki pi prè
» Bondye yo.»
11) « Depi wap doute sa vle di ou konn yon Ki nimewo ou te renmen plis ???
bagay kanmenm. » Mwen menm se 15 lan

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

Réflexion Loufoque

Réflexion loufoque#924 yo. Annou sispann plenyen, lach, annou pran
Komin Wanament deklare yon repiblik otonomi nou. RL#924, 9 oktòb 2021
Menm si Nòdès deklare tèt li yon repiblik
m pap dakò vwa pou yon komin andedan yon ************************
depatman. Se yon briganday, ak danjere, ki dwe Réflexion loufoque#918
dekouraje. Martine Moise soti nan kabinè
Konstitisyon 1987 la stipile « Repiblik la denstriksyon an ranfòse
endivizib », li pa separe. Li di tou « depataman « M reponn 80 kesyon ou prèske.
an se yon pèsòn moral. Li otonòm ». M panse Map mande jistis maten, midi aswè pou pre-
depatman yo dwe pran dwa grandèt yo pou yo zidan Jovenel Moise…M pa gen anyen pou
jwenn otonomi finansyè e administrativ yo. m repwoche tèt mwen » Martine Moise ki
Eleksyon segon degre yo te fèt. Pòto- tap reponn kesyon laprès aprè odiisyon an.
prens pa finalize yo pou depatman yo pat gen « Map tann envitasyon sou lanmò
otonomi yo. Jodi-a nou nan sitiyasyon eksep- doktè Monferrier Dorval e Dermalog. M pa
syionèl ki mande solisyon eksepsyonèl. gen anyen poum kache », korejyonè m nan
Peyi a jodi a genyen Ariel Henry ki se ajoute.
yon « PM Etazini nan Pòtoprens » (Dr Jean Fils- Se vre te ka genyen latranblad anvan
Aimé, 2021), nou menm tou kòm sitwayen onét, l desann nan kabinè denstriksyon maten an,
entèg, patriyòt e rejyonalis chaje ak konpetans, men l soti ranfòse. Pifò moun nan peyi-a ta
chak depatman ou (eta) dwe mete kanpe oplivit sanble rayi w, reve wè w nan prizon.
yon Konsèy Depatmantal tranzitwa, yon Asanble M swiv yon tribin lib maten an sou
depatmantal tranzitwa, yon Pouvwa jidisyè tran- radyo Zenith, si gen 30 moun ki rele nan
zitwa ak yon Konsèy depatmantal tranzitwa pou emisyon an, 28 nan yo te swete jij la tou
n chaje otonomi finansyè e administrativ nou. kenbe w pou lanmò mariw Jovenel Moise.
Konsa chak eta va pwodwi chat pal pou n Pran anpil prekosyon sè an m, atansyon pa
vin 10 Eta nan yon Federasyon Eta Dayiti kapon. Lènmi w yo toupatou. RL#918, 6
(FED). Nou ka fè sa, nou dwe fè sa, konstitisyon oktòb 2021
1987 la bann dwa sa a.
Profesè Cornel West,
Pòtoprens pa repiblik dayiti men yon de- “Si w vle kite soufrans pale, w vle tande laverite”.
patman moral e otonòm menm jan ak tout lòt 9 Pierre-André Dupont
“Lòm pa ka evite desten l men l ka enfliyanse l .
Se la lib abit la fini”.

Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... 7

RIBRIK : Sakap Pase nan Peyi a

Réflexion Loufoque

Réflexion loufoque#919 hington ap negosye ranson
Ariel Henry ak zotobre malonèt PHTK yo Nan jounal kotidyen ameriken New
nan twou san fon York Times nou li: « Gang ame an Ayiti kid-
Devan Komisyon Zafè Etranjè nan Kon- nape pou pipiti 17 misyonè ameriken ak
grè Ameriken an prezide pa depite demokrat manm fanmiy yo pandan yo tap kite yon òfe-
Gregory Meeks, emisè ameriken pou Ayiti ki lina pou ale nan ayewopò », gouvènman ame-
demisyone a Daniel Foote deklare: « Ayiti pa riken an an Ayiti Ariel Henry deklare.
bezwen prezidan (Michel Joseph Martelly) ki Depatman deta ameriken plase Ayiti
manje moso nan pòm nan deja ak politisyen sou alèt-4 e yo deklare: « Pa vwayaje Ayiti
(Laurent Salvador Lamothe) non l’ site nan akoz kidnapping, krim, twoub sivil e Covid-
Pandora Papers ». Foote mande retire malan- 19 ».
dren sa yo nan politik peyi a. Tèt chaje. Ayiti Himmler Rébu anonse sou Radio Gé-
chante antèman PHTK tankou lavalas an 2004. nération-80 nan Pòdepè, Washington te kon-
Anvwaye spesyal la Daniel Foote mete takte l’ sou dosye kidnapping nan men l’ pa
« Premye Minis Etazini an nan Pòtoprens » pataje ak oditè ki konsèy li te ba yo.
Ariel Henry nan menm panye pèse ak pati poli- Men nou tande anba bouch Mathieu
tik PHTK a e li ajoute « se PHTK k mete Ayiti Mavin, korespondan chèn France24 nan Was-
kote l ye a jodia. M pa kwè M Henry ka fè pati hington: « Etazini ta ap prepare pou l’ nego-
solisyon peyi-a ». sye ak gang 400 mawozo pou yo ka jwenn
Woy ! PHTK kraze ! Anmwe ! Martelly liberasyon ameriken yo kidnape yo ».
ak Lamothe fini nan zafè politik san koucha a. Si se negosyasyon Washington chwa-
Se pawòl Daniel Foote e se laverite. Kounye a zi se ap ranfòse pouvwa rebèl yo nan peyi a.
nap tann rekòmandasyon Komisyon Zafè Si pi grann pwisans militè a sou latè peye
Etranjè a ka pral mande administrasyon Biden/ ranson pou yo libere otaj li yo, rebèl yo se wa
Harris la pou valorize Akò Montana a, menm si peyi a. Poum wont rele Barbecue prezidan
m ladan l’. M kanpe dèè pwopozisyon Doktè Dayiti. Se pa li k te Ponwouj 18 oktòb.
Jean Fils-Aimé a ki mande yon « poz patriyotik RL#938, 19 oktòb 2021
5 kan pou refonde nachon an ».
Si Biden tande rezon e voye jete Clinton Réflexion loufoque#937
yo ki se kansè Ayiti, finalman manman nou Misyonè ameriken kidnape an Ayiti
Ayiti ka finalman trase wout li pou l’ soti anba Nan jounal kotidyen ameriken New
enjerans amerikèn depwi pase de syèk. Ariel York Times nou li: « Gang ame an Ayiti kid-
Henry mouri nan fim nan, tann envitasyon jij nape pou pipiti17 misyonè ameriken ak
Gary Orélien an. RL#919, 7 oktòb 2021 manm fanmiy yo pandan yo tap kite yon òfe-
lina pou ale nan ayewopò », gouvènman ame-
Réflexion loufoque#938 riken an an Ayiti a deklare.
Misyonè ameriken kidnape an Ayiti, Was-

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Sa zòt panse...

Réflexion loufoque

Réflexion loufoque#920 Nan siyen akò nan do pèp e san pèp
Martine Moise depoze plent kont Ariel Hen- ak « Premye Minis Etazini nan Pòto-
ry prens » (Doktè Jean Fils-Aimé), SDP voye
Aprè odisyon an yè mèkredi 6 oktòb de- yon mesaj klè kon dlo kòk bay peyi a, nou se
van jij enstriktè Mèt Gary Orelien, Martine yon bann vòlè, asasen tankou ansyen prezi-
Moise ak pitit li yo pòte yo pati sivil e depoze dan an nou te konn repwoche menm bagay sa
plent kont plizè pèsonalite endekse nan asasina yo. Kote mounite nou?
prezidan Jovenel Moise tankou « PM des États- Al jwi richès w Léon Charles nan peyi
Unis à Port-au-Prince » Ariel Henry.
w. Frantz Elbe, peyi a pa rekonèt ou menm
Lajistis gen lè bezwen Martine Moise jan l’ pa nan Ariel Henry ni nan SDP. Ayiti
anpil paske jij Ikenson Exumé envite l’ pou de- sou wout pou yon lòt liberasyon e jou a pa
men vandredi an pou odisyone l’ kòm viktim twò lwen. Etazini gen pou mande Ayiti padon
nan kad yon dosye ki gen plizyè motif: eskrokri, yon jou. RL#944, 21 oktòb 2021
fo e izaj fo an ekriti piblik, sifaktiyasyon, blan-
chiman lajan ak asosyasyon malfetè oprejidis Réflexion loufoque#910
leta. Madam Moise mande ranvwaye envitasyon Pouvwa an Ayiti toujou nan men Ameri-
an. RL#920, 7 oktòb 2021 ken
« Washington pap enpoze yon soli-
Réflexion loufoque#944 syon a Ayiti » Brian A. Nichols, sekretè deta
Misyon DG PNH la Leon Charles fini adjwen ki sipèvize Biwo zafè emisfè oksidan-
Politisyen Ayitien se yon bann enbesil ki tal la deklare.
pa sispann fè pèp fè tenten. M tande yon bann Men ni nan koloni, li retire mask la
zonbi kap felisite Andre Michel ki ta fòse choul kote l anonse: « Nou fè presyon pou yon soli-
Ariel Henry revoke Léon Charles. Podyab. syon dirije pa Aysyen yo yo menm ».
Léon Charles pete kouri anba bal Barbe- E lè yon manm Akò Montana fè di-
cue e alye e sou administrasyon l, rebèl Mawo- plomat Nichols sonje Ariel Henry ilegal. Li ta
so kidnape 17 sitwayen ameriken. Depatman reponn, « Pa gen yon dirijan ki legal en Ayiti
deta mete fen nan misyon l’. Verite sou tanbou. depwi 7 fevriye 2021 ». Tout moun bèkèkè.
Léon Charles ap tounen lakay li Etazini E emisyon Nichols enpoze solisyon
e l’ pral viv trankilman e tout masak, tout vik- l’ » « Tout moun ki siyen twa akò yo asepte
tim kidnaping yo, tout polisye ak sila ki mouri fizyone yo ». Se tris ! Nan akò lari a m ye.
yo, mouri pou de grenn je yo. Men jou sa-a. Entènot Pilate Voltaire, vekse, reponn
Frantz Elbe se nouvo DG PNH la a. rès moun sa yo: « Jodia, mèt yo enpoze
Andre Michel ki nome l’ tou. Menm jan Léon menm fòmil SDP te pwopoze 13 jiyè pase a e
Charles se te yon DG ilegal, nouvo a pa diferan. yo rantreke yo anba vant tankou yon bann ti
Nou tout pa zonbi. Nou gran timoun. rena. Kòman Hayti « Premyè repiblik nwa »
Sektè Demokratik e Popilè (SDP) pat kreye nouvo esklav sa yo ».
mandate pa pèp pou siyen akò-dezakò-san kò ak Antouka, Washington, ki te cho pou
prezime asasen Ariel Henry. Je nou chèch. Sila òganize eleksyon plop plop, di jounen jodia
yo ki siyen akò a se lènmi Ayiti. « Nou pap fè presyon pou eleksyon kounye
Vèv Martine Moise pote plent pou Ariel a ». Veye nou. Kale je nou. RL#910, 2 oktòb
Henry devan jij enstriksyon kòm youn nan sis- 2021
pèk nan asasina mari l, prezidan Jovenel Moise.
Mesye a ta dwe demisyone. Li san wont. Simone de Beauvoir,
“Prensipal flewo limanite a se pa ignorans, se
refize aprann”.

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Di saw vle...

Réflexion Loufoque

Réflexion loufoque#946 tankou Dye vivan, pitit Dye Rê, kreyatè
Legliz, youn nan kansè peyi a siprèm nan.
Se yon bann madigra pastè zonbifikatè Farawon yo te akonpli ritwèl nan
ak yon bann fidèl zonbi ki reveye m nan wonfò yo e te garanti prosperite agrikòl,
kabann mwen maten an. Yap chante nan kè defann teritwa a e bay yon jistis san fòs kote.
kontan: « Farawon konprann se li k towo a ». Grèk yo boule bibliyotèk Alexandrie pou an-
Yon pèp kontrarye nan tout sans. Gran- tere memwa zansèt yo. Se plenn nap plenn.
gou ap touye pifò. Chomaj jeneralize. Yon je- Wouvè je nou. Loksidan zonbifye nou.
nès gaye nan tafya, bòz ak pwostitisyon. Sila Doktè Jean Fils-Aimé pale nou de twa
paran yo gen timwayen chwazi emigrasyon. peche orijinèl ki demounize nou e fè n tout
Kidnaping rive sou prèske nou tout; si se pa bagay kòmanse Sendomeng. Peche orijinèl yo
wou se yon fanmi ou yon zanmi. Tanka konpè se (1) Proklamasyon Bulle Romanus Pontifex
lanmò, li rive sou wou san yo pa rele l. Anpil an 1454 kote legliz katolik bay benediksyon l’
biznis dekapitalize e yon bann lòt fèmen. An- pou esklavajize Lafrik; (2) Konferens Berlin
mwe nap rele. an 1884 kote loksidan depataje Lafrik; e (3)
Sewòm pou kwape tout pwoblèm sa yo, Deseni 60 ki se dekolinazyon k pa janm fèt.
pou legliz, bondye jwif la kwape Farawon ejip- Loksidan ranplase plito kolonizasyon
syen an pou libere pèp Israyèl la nan eskalvaj. pa neyokolonizasyon (depandans reyèl yon
Èske legliz kolonyal sa yo pa youn nan kansè leta sou yon lòt). E de zouti kolon an itilize
peyi-a? Doktè Jean Fils-Aimé ekri andedan pou kenbe depandans sa yo se lekòl aki legliz.
yon liv: « Yon jezi ki bay tout bagay pou yon Lè n’ gen yon leta sèvitè, ministè kilti
popilasyon kap mande tout bagay ». Jodia, ak spiritwalite peyi a ap ekzije pastè ak prèt
paste tankou prèt mele ak fidèl pote zam, priyè rete nan misyon zonbifikatè yo andedan legliz.
kaba. Nou se afwodesandan. RL#946, 23 oktòb 2021
Ayitien se afwodesandan e desandan
Farawon. Ramsès II se te yon gran Farawon François Duvalier,
“Nan sa pèp la ye la, fòk li monte nan syèl la pou
nan Ejip antik. Ejipsyen yo te konsidere yo yo vòlè dye yo”.

Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND

Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...

Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098

Lwa pa konn manje pitit moun. Mòd panse
sa yo se sipèstisyon yo ye.

Lwa pa konn manje pitit moun. Mòd panse sa vyole pitit moun, fè pitit pa okipe yo, mal-
yo se sipèstisyon yo ye. Si ou panse w ka fè trete fanm, mete dlo nan zye jan w vle, kraze
dega ou vle, san respè pou yo, si w panse w ka
detwi lavi jan w vle san respekte prensip li-
nivè, wap peye konsekans lan.
Lwa se limyè, lwa se fènwa tou paske limyè a
se fènwa ki revele l. Limyè se fènwa, fènwa se
limyè.
Nan mistè Ginen yo, sa ou fè se li ou wè.
Vodou se libète! Nan vodou pèsòn antite pa
responsab zak pèsòn. Vodou montre w reyalite
a jan l ye a. Li pa bafre w ni met nan tèt ou ke
w ka touye, maltrete jan w vle, aprèsa wap
jwenn yon espri ou yon dye efase tout fòt ou
yo. Sa se yon manti relijyon ap ba ou, paske
nan prensip linivè chak èt responsab chwa yo brize kont ou, epi yon sèl kou, ou aksepte Je-
fè. zi tout sa yo otomatikman efase. E piyay!
Ou ka toujou kontinye kwè gen yon Jezi ki la Kwè nan manti sa yo jis tèrib pou vi w!
pou efase tout zak malonèt ou fè, men se tèt ou Ou la pou korije chak dèt ou yo, chak sa w te
wap detwi lè w kwè l konsa, paske kit ou kwè plante, pou fè fas ak yo bap pou bap, pou
ou non, sa pap chanje lwa natirèl yo pou sa. goute yo, aprann de yo e evolye. Non par pu-
Si l te konsa vre se tap yon rans, lavi patap gen nition mais par amour!
sans. Pou ta mache touye jan w vle, vyole pitit Kredi Ekri Sara Same N'Semi.

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang 11

RIBRIK : Sa zòt di...

Dekolonizasyon mantal

Leramy Peterson lè ak sa nou fè yo kado.

Diaspora Haitien nou konplis. Religion pote ba'ou men li pa vlew fè re-
Diaspora yo nou konplis paske anpil nan nou chèch....
pagen kran pou nou di moun yo kisa ki peyi Spiritualite fèw dekouvri pou fè plis rechèch
etranje a, sesa kifè mw ta renmen pou chak pou konpran dimansyon kreyatè a... E kon-
grenn haitien vwayaje. syan de inivè a e respekte tout saki abite nan
#1 Nou wont di fanmi li.
nou zanmi, anpil fwa Se sèl spiritualite ki
nou kouche se kò nou reyini moun san dis-
ki repoze lespri nou kriminasyon... Nan
kontinye ap travay, nou spiritualite nou
wont di fanmi ak zanmi resevwa tout moun
nou nan travay nou an- kit ou kretyen ou
pil fwa se blan ki pa musulman etc...
menm fè yon bon ele- Spiritualite aprann
mantè ki chèf nou. moun renmen moun
#2 nou pa explike e konprann moun e
moun yo nan peyi blan goumen pou moun se
se sou sa ou travay la sa ke mèt (yéshua)
ou konte, menm ma- ETC...Te konn ap
chin pou estasyone nan fè...
lari fòk ou (peye). Dayál l'avatar de
#3 nou wont di moun l'ère du verseau.
yo anpil sakrifis noufè pozitivman se pou
yo,moun kap kite chili , brezil travèse dlo mon- Yon gwo kout chapo ak tout moun ki mo-
tay se pou yo, dèfwa se pou nou ka voye yon 50 bilize pou ede viktim tranbleman tè-a
yon 100 dola pou yo, oubyen pou montre yo Mw ap profite okazyon an poum raple nou se
nou ap byen pase. pa sèlman nan katastròf nou ka rete solidè,
4) nou wont di moun yo ki kalite travay nou ap Ayiti se youn nan peyi ki plis bezwen solida-
fè, ki kondisyon nou aksepte travay pou nou rite nan Amerik la, pandan nou fokis sou vik-
peye bil nou, ede fanmi nou. tim tranbleman tèa, gen moun ki patka manje
5) nou plis montre moun yo, sa nou pwosede ni gen dlo pwotab depi avan sa, e se pa sèl-
jan nou ap byen pase, nou kache vrè vizaj nou, man nan sid ak lòt kote ki viktim yo, se nan
nou kache doulè nou, lè nou gen yon titan nou tout peyia.
fè yon ti foto montre kijan nap byen pase , Si tout fwa ou ta bezwen pataje nan ti sa ou
moun ki pa konn reyalite panse ke tout vi nou se genyen an, si ou pajwenn posibilite pou potel
plezi . oubyen voyel, mw sur ou ka ede yon lòt
6) pigwo fyète nou se lè nou rive haiti ak bèl moun nan antouraj ou avèl ki vrèman nan
rad nèf nou santi nou fyè paske nou wè gen nesesite, paske an jeneral nou tout haitien vik-
moun ki pimal pase nou, bredyenn ak blòdè, tim de sosyete a politikman ,sosyalman ect ,
limenna ki pap leve lou ni lejè vin gade kisa ou menm lè nou pap viv Haiti nou se viktim.
mete eske sa ki sou nou yo pa Fake. Gen moun ki pa manifeste ankò se paske yo
Anpil fwa si nou te sensè ak fanmi nou zanmi pèdi fòs, nou ka solidè soti nan yon ponyen
nou yo tap mwens exije nou, yo tap bay plis va- sèl yon moso pen, yon moso Magi.

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version