The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2018-01-03 20:53:52

Kreyolofoni#7.pub

Kreyolofoni#7.pub

LANE I, NUMEWO VII JANVYE 2018 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

Siw vle rich, ANDEDAN
KREYOLOFONI

1– Annou suspann
fete endepandans sou
depandans

2– Konpatriot aytien
Eritye te altant

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

AGA-
GLESOU
BOTANIKA

PLANET
FM

100. FM
STEREYO

pinga w konte Pa Bliye
sou lekòl
Pèsonn pa ka rep-
Sponsorisé par wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierre Richard Osias
Sekretè Ekzekutif : Francisque ―Riko‖ Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maurice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pierre
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.

Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

CHAK MWA KREYOLOFONI

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

An nou suspann fete endepandans sou depandans…
Jenès peyi a jwenn ak jenerasyon 60 lan, ki gen yon santiman dapatenans e ki reve bati yon mèyè Ayiti
pou lòt jenerasyon yo, dwe kanpe ane 2018 sa-a pou fè echèk a jwèt kolon yo ak alye entèn yo kap pwoteje statu
quo a ki se « apartheid » ekonomik ak politik la etabli depwi asasina papa Dessalines. Nou sou depandans ONG
ak peyi ki rele tèt yo « partenaires » ou « amis » ki bloke dekolaj peyi a nan tout nivo. Jodia, Ayti nou tout bez-
wen an paka sou dominasyon ONG ak swadizan « partenaires » ou « amis » sof si yo ta dakò transfòme èd yo a
nan kreyasyon riches, komès ak endistri.
Kilè peyi papa Dessalines lan ap jwenn yon rezo pitit gason ak pitit fi ki mete tèt yo ansanm, savwa ak
avwa yo ansanm, travay di ak fè sakrifis pou pran desten peyi sa a ? Kote pitit Dessalines, Toussaint, Cappoix,
Chanlatte yo – tout Bosal ak Kreyòl yo – kap gen kouraj pou yo di kolon lènmi an, kanpe lwen, si nou gen bez-
wen w na va rele w. Lènmi nachon yo kondisyone pou n kwè Ayiti, manman nou tout, paka fè yon pa kita yon
pa nago san kominote entènasyonal la.
Mwen ak anpil lòt kanpe pou n di nègrobo sa yo, Ayiti gen bezwen tout moun, tout pitit li, men sa nou
bezwen nan men kominote entènasyonal la, se restitisyon sa yo gen nan men pou nou : Etazuni, pa ekzanp, ka
retounen nou 500.000 dola ò yo te volè an gwo ponyèt an 1915 ak reparasyon pou anbago kriminèl yo te mete
kèk jou aprè nesans nachon an ki te dire 60 lane. De gwo krim. Lafrans te ka fè menm jan pou repare nou pou
lesklavaj, nasyonzini rekonèt kom krim kont limanite ak lajan yo te fose nou peye pou rekonèt endepandans lan.
Prezidan Jean Bertrand Aristide te gen rezon lè l te di « grès kochon an ka kwit kochon ». Nou ka jere nachon an
si lènmi yo kite nou chwazi desten nou. Fòk nou soti sou depandans kolon an.
Jounen jodia, Ayiti se yon kote grann pwisans yo kite san « tuteur officiel ». Pou lènmi an, otorite nou
yo se timoun yo e nou pa moun. Leon Dartiguenave chwazi fè nou sonje : « Nou menm ki te kale je n nan je
blan ak bat premye lame nan mond lan, atravè zansèt nou yo. Nou menm ki kontinye siviv jodi a ankò anba yon
gè san rete, san pitye lènmi tout koulè ap mennen kont nou depi jou Jeneral la pwoklame Endepandans nou an.
Nou menm y ap chèche pandan y ap meprize n toupatou, anndan yon konfizyon yo antreteni ant modèl ak valè,
Nou menm k ap mache brave tout kalite risk toutpatou nan mond lan, pou n kouri chape anba move lavi n kon-
nen zansèt yo te chase nan peyi Dayiti nan lane 1803.
Dartiguenave kontinwe poul di : « Nou menm k ap kouri dèyè lavi miyò sa a ANperè a te pwograme
nan konstitisyon 1805 lan asasen yo bloke depi Asasina ANperè a nan jou 17 oktòb 1806 la, Premye (1) janvye
2018 la fè nou 214 lane depi Jeneral Zansèt yo kreye ofisyèlman Gwo Nasyon nou an atravè Pwoklamasyon
Endepandans nou.
Annou di ansanm nou fout bouke ! Ane 2018 la se lane poun tounen nan 1804. Jean Senat Fleury
mande nou pou nou fè rezistans : « Pèp gèrye. Pèp mati pou emansipasyon limanite. Ou se fout premye Repiblik
nèg, lib ak endepandan sou latè. Se vre…Sèl nachon nan listwa limanite ki reysi yon tel explwa. » Ou se man-
man libète ». Lènmi an kondisyone w ak andoktrine w pou fèw kwè « ou se yon nachon pòv, yon pèp mizerab ki
san aveni. Se manti. Verite a, ou se yon pèp beni ». Fleury kontinwe di nou. Nan lekòl kolonyal yo ban nou a,
yo pa aprann nou zansèt nou ye se premye gid nan vwa sivilisazyon an. Nou te nouri tout lewop pandan plis
pase 500 lane. Agrikultu ak endistri te fè richès tout pwisans mondyal yo ki jounen jodia meprize nou.

Rezistans paske « nou paka kontinwe esklav san pale. Nou tout ap mouri. Neyokolonyalis la
chanje vizaj. Lènmi an di nou yo se patnè nou », panafrikanis Kemi Seba fè nou sonje. Nou sou depandans lèn-
mi yo sou kouvètu ONU, UE, BM, BID, elatriye. Patnè nou se nou menm menm ki pou mete tout zizani, èn,
jalouzi, anvi ki kreye divizyon nan mitan poun anbrase lanmou, justis, pataj, konbitism, paske tè atlant lan rete
yon sous denspirasyon ak richès. Poukisa l bon pou etranje e l pa bon pou nou, bosal yo ?

Ayiti, tè ki pote anpil lespwa, mande nou gason kon fanm ki renmen nachon an, pou n fè yon
gwo sakrifis poun limen flanbo revolusyon an men Sekou Toure (1959) premye prezidan Gine, fe nous sonje,
« poun valorize ekzisatans moun, fok nou genyen konsyans istorik, sosyal, politik, ekonomik, kulturèl ak yon
konsyans imèn ». Jounen jodia, nan komemorasyon pi gwo jou nachon an, nou bezwen konsyans sa yo e se yo
ki pou bannun yon lot 1804 kote nap gen pou bousòl pwojè sosyete papa Dessalines lan ki se Konsitutsyon En-
peryal 1805 lan…Depandans antere an 2017, endepandans pral boujonnen ane 2018 sa-a. Kreyolofoni#7

CHAK MWA KREYOLOFONI

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

SI W VLE VIN RICH, PIGA W
KONTE SOU LEKÒL !!!

Yon pwen ki toujou fè anpil "Wounou wounou" chak ekonomik.
fwa mwen abòde l nan yon konferans sou #Antreprenar- Si lekòl enpwisan pou li devlope #QuotientÉmotionnel
ya oubyen #Richès sitou lè m twouve m nan yon in- nou, ki kote nou ka jwenn sa ? Nou kapab rive devlope
#QuotientÉmotionnel nou nan li liv pozitif, nan koute
ivèsite.
MWEN MENM, SKASON BAPTISTE, MAP KENBE CD ki pale de motivasyon, swiv seminè pozitif sou
PAWÒL MWEN, SI W VLE RICH, LEKÒL PA KA FÈ reyisit, nan travay ak frekante moun ki pozitif ki fè
siksè.
ANYEN POU OU
Sistèm edikatif nou an fèt egzakteman pou konstrui bon Si n pa ta vle yon senp zouti ki ap travay pou yon pat-
anplwaye, men non anplwayè. Se sèlman sans biznis ki won, fòk nou panse yon lòt jan, fòk nou aji yon lòt jan,
ka garanti n yon bon sekirite finansyè, se pa konesans fòk nou konprann sekrè moun ki rich yo, fòk nou kon-
akademik. E se sa ki fè lekòl konsantre l sèlman sou prann poukisa 5% nan popilasyon mondyal la kontwole
#Aptitid epi li lage nou 2 bwa balanse sou kesyon #Ati- 95% richès ki gen nan mond la, malerezman sa yo pa
aprann nan okenn lekòl nan mond la, menm Harvard.
tid la.
Alòske nan lavi, pou w reyisi, ou bezwen 80% atitid, epi Frè m, sè m, ou menm ki ta renmen soti tèt ou nan lo a,
20 % aptitid. Sa vle di, ou bezwen plis sa nou rele #Quo- fòk ou met granmoun sou ou, fòk ou fòme tèt ou ou
tientÉmotionnel olye de #QuotientIntellectuel. Nan sans menm, epi repanse bagay yo. M toujou fristre lè map
sa, gen yon etid ki fèt pandan plis pase 40 an sou etidyan gade jèn ki te pi briyan lekòl pase m, ki fè 14 ane lekòl
nan inivèsite Harvard yo, etid sa demontre, se sèlman klasik ap loreya chak ane, plis 5 an inivèsite ap loreya
etidyan ki te genyen gwo pouvwa emotif yo ki arive viv chak sesyon, ki jiskaprezan pa janm jwenn yon dyòb,
jan yo te swete a. Tandiske lekòl ogmante oubyen ki jwen yon ti dyòb jis pou reziste, yon ti dyòb
#QuotientIntellectuel nou, sa ki pa garanti ankenn reyisit ki pa ka garanti yo okenn vi wololoy, yon travay ki pa
sosyal ak finansyè. Lekòl aprann nou pou n suiv prensip, garanti yo libète, oubyen yon bon retrèt. Mwen twouve
pou w ka aprann yon metye, pou w al travay pou yon lòt se 22 zan pèdi, tout lajan jèn sa peye pou yo fòmel,
moun, apresa lè nou fin bay tout ti ji ki nan kò nou, nou lajan li depanse nan achte liv ak fè fotokopi dokiman.
pran retrèt nou,epi tann lanmò nou. Tandiske sosyete Epi 30 an apre anpil nan yo pa ka viv rèv yo te genyen
nou an ap pouse tout moun fini lekòl pou yo ka itil yon lè yo te piti. Poukisa anpil nan nou toujou fristre ? Pou-
kisa anpil nan nou ap egri pi plis chak jou ? Sa se pou m
bagay demen.
Fòk mwen di nou tou, lekòl rete yon estrikti ki enpòtan di nou, sistèm eskolè nou gen isit la echwe. E sa raple m
anpil, se kanmenm yon sekirite sosyal, li ap ka ede n yon pawòl yon ameriken dorijin japonè, Robert Kiyosa-
peye bil chak fen mwa, epi fè tèt nou kèk ti plezi, men ki, te di nan liv li pibliye depi plis pase 20 lane, "Si
Al nan paj 05
lekòl pa aprann nou rich oubyen endepandan sou plan

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. [email protected]

Émissions spéciales à caractère éducatif : Planet Sou Ray, Desiderata &

Le Novateur à l’Oral

CHAK MWA KREYOLOFONI

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

SI W VLE VIN RICH, PIGA W
KONTE SOU LEKÒL !!!

vous voulez être riche et heureux n'allez pas à l'école." 7. « Réfléchissez et devenez riche », Napoléon Hill.
Li te eksplike poukisa lekòl klasik pa fèt pou konstwi 8. « S’organiser pour Réussir : Getting Thing Done
biznismann, men pito pou transfòme elèv lekòl yo an (Méthoded GTD) », David Allen.
bon anplwaye. 9. « L’art de se lancer : Le guide tout terrain pour tout
Èske w te konnen : entrepreneur » de Guy Kawasaki.
- Thomas Edison, kreyatè General Electric, yonn nan pi 10. « Tout le monde mérite d’être riche, ou tout ce que
gran envantè lemond konnen, li te pase sèlman 6 mwa vous n’avez jamais appris à propos de votre argent »,
lekòl. Olivier Seban.
- Henri Ford, patwon ki fè machin Ford te kite lekòl nan MEN KÈK EMISYON POU N TANDE AK GADE
klas elemantè. (Tape yo sou Google pou n konn plis de yo) :
- Bill Gates, moun ki pi rich nan mond la, ki fè odinatè 1- La route du succès, Radyo Vision 2000
pa menm rive fini etid li Harvard 2- La voix du succès, Ramirez Production
- Marc Zuckemberg ki fonde Facebook, 5èm moun ki pi 3- Leadership pou n vanse, Radyo One
rich nan mond la, li te fè sèlman 3 zan nan inivèsite, epi 4- Biznis Pam, Radyo Tele Ginen
li kite l. 5- Password, Vision 2000
- Einstein pa te janm fini tèz doktora li 6- Investir, Radio Télé Métropole
- Fotso Victor, yon gran otè, milyadè, yonn pami kame- Gen lòt toujou wi, men tèks la tap twòp long.
wounè ki pi rich nan mond la, pa janm ale lekòl yon jou An verite, an verite, si n vle konnen kisa ki fè fòtin gwo
nan vi l. zotobre nou konn pale de yo a, nou mèt kwè m, nou pap
- Aliko Dangote, yonn pami nwa ki pi rich nan mond la, regrèt, suiv emisyon sa yo, li liv sa yo m sot site a. Siksè
pa te janm yon jou frekante yon inivèsite ak Reyisit nou pa negosyab, nou dwe kòmanse konstwil
- M te ka site anpil lòt, men atik sa pa tap fini. depi jodi a.
Pou n konprann sekrè moun ki fè siksè yo, men sa n dwe Sa wap ye nan 5 a 10 pwochèn ane kap vini yo depann
fè pou n reyisi : Libète finansyè (Sante - Lajan, Lwazi, de ki liv ou li jodi a, ki emisyon ou koute jodi a, ki
Tan), bagay sa yo pa vinn jwenn ou pa aza. Yo pa soti moun ou swiv jodi a. Lè yo mande Bill Gates, ki sekrè
nan syèl. tonbe atè. (C'est le fruit d'un travail acharné reyisit li, li reponn : "Mwen jwenn yon opòtinite, mwen
"ne pas confondre avec dur"), mete sou li yon mantal ki sezi l". E ou, kisa w tap reponn? Kwè m si n vle, reyisit
pwograme sou siksè ak abondans. nou ap pawaze bò kote nou. Kisa wap fè, wap kite l ale
Sekrè mesyedam ki pi rich nan mond la kache andan kèk oubyen wap kenbe l ? Sa depann de ou. Jan pwovèb
liv, se pou sa nou dwe li liv sou siksè pou nou rive fè kreyòl la dil, ou ka mennen bourik bwè dlo, men ou
siksè. Ki liv pou nou li, kòman pou n li yo, ki kote nap paka fòse l bwè dlo a.
jwenn liv sa yo, kòman pou n fè genyen yo ? Mwen pote MAP FINI POU M DI NOU SI N VLE RICH OU-
repons sa yo pou nou nan yon ti rechèch mwen fè. Sa BYEN ENDEPANDAN EKONOMIKMAN, FÒK
map di la yo, se pa mwen ki envante yo, te gen yon lòt NOU :
moun ki te envante l, rete kounye a pou nou itilize l, nan Envesti lajan nou. Kreye pwòp biznis pa nou. Bay tèt
sans sa : nou bonjan edikasyon finansyè (konn fè ekonomi pou n
MEN KÈK LIV POU N LI (Tape yo sou Google pou n envesti, envesti ti sa nou genyen pou n genyen plis de-
konn plis de yo) : men). Fini etid nou, diplòm pap aprann nou bagay sa yo,
1. « Sauvez-vous votre argent ? », Marc Fiorentino. (Si e sèlman si nou ta chèche gen diplòm nan « Koman
2. « Devenez Riche », Ramit Sethi kreye richès ak antrepriz, elatriye », se sa ki fè nou wè
3. « Père Riche, Père Pauvre », Robert Kiyosaki kèk moun tankou Bill Gates, Jay Z, ak anpil lòt vin mi-
4. « Les 7 habitudes de ceux qui réalisent tout ce qu’ils lyonè san yo pa fini etid yo.
entreprennent », Stephen Covey. Alò kisa n panse ?
5. « Comment se faire des amis », Dale Carnegie Lekòl aprann nou devni rich ak endepandan ?
6. « Comment je suis devenue rentière en 4 ans », Elise Lapawòl pou nou......
Franck. #SB
#SasonBaptiste
20/12/2017

CHAK MWA KREYOLOFONI

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec les petits.

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

Limyè pou Makaya nan gro jou 24 desanb

Tout moun dwe konnen yon ti istwa sou gro gason sa ki ten 25 desanb yap prepare yon espas, kote yap mete 3
rele Makaya, se te yon esklav ki te soti an Afrik, li te vini doum, 2e doum lan, se la kolon yo pral metem, kote
sou tè d Ayiti men entèlijans li te fèl travay kòm esklav lib, yap boulem, pandan yap boulem la, nou gen poun wè
konesans Makaya te tèlman depase kolon yo, se sak fè doum nan eklate, nap voye zye nou anwo syèl la na
Makaya tap soti de esklav lib pou li vin yon profesè pou va wè yon gro mouch kap moute, ebyen se mwen lap
tout blan ki te vle genyen ti kal konesans sou lavi. ye ki fini ak misyon an, se pou nou kenbe, kontinye
Ki misyon makaya ? pale verite a pou nou ka rive vin devni moun menm
Makaya te vin pote kone-
sans pou esklav yo, pou te jan ak kolon yo >
vin trase rout ki pral fè yo Ebyen jan Makaya te
soti de esklav pou yo vin anonsel se konsa kolon yo
moun, teyori ke anpil lidè te fè vre, prensip kolon yo,
mondyal renmen itilize ki chak esklav yo pral touye,
se < tout moun se moun > yo toujou mete tout esklav
sa se teyori Makaya te pote an liy pou asiste krim lan,
bay esklav yo pou te fé yo ebyen nan maten 25 desanb
kòmanse revolisyon ki ta lan, devan plis pase 2000
pral debouche sou ende- esklav ke doum nan tap
pandans an 1804. eklate, epi mouch lan
Kijan Makaya ta pral mou- moute vre, tout esklav te
ri ? pran chante
Makaya se premye esklav < jwaye Makaye, Jwaye
ki te kòmanse fè rasanble- Makaya >
man ak esklav yo pou te Esklav yo te toujou fete
ansenye yo teyori sa < tout Makaya soti 21 desanb pou
moun se moun > lè kolon rive 25 desanb, fèt Makaya
yo sispèk ke Makaya ap te konn fete pou onore li
ansenye esklav yo, kolon kòm pòtè limyè esklav yo.
yo fè konplo, yo arete Ma- Pou fè nou bliye fete Ma-
kaya, men avan arestasyon an, Makaya te fè yon dènye kaya, kolon yo vini ak ton-
rasanbleman ak esklav yo nan lan nyit 23 desanb kote li te ton nwèl, Ayisyen chache konn istwa nou kòm pèp
vin anonse yo pou kolonizatè yo pa fè nou bliye kiyès nou ye.
Paròl de Makaya avan Arestasyon li Lajenès chache konnen kiyès nou ye, pou vant pa
< blan yo pral aretem 24 desanb kap yon lan nyit, nan ma- mennen tèt.

Ing Jamsly Athis

CHAK MWA KREYOLOFONI

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU...7

RIBRIK : Lang

"KREYÒL SE NOU, NOU SE KREYÒL"

Lè kreyòl pale, a, pou li te ka wouze konesans syantifik tout yon
Mwen konprann san grate tèt mond. Ou ekri memwa ou an kreyòl, w ap rete nan
Ou konprann san poze kesyon memwa nou an kreyòl. Mèsi, mèsi anpil Lydia !
Li konprann san fè okenn literati Non ou rete soude nan memwa chak grenn ayisyen ki
Nou konprann anmenmtan se ayisyen. Se pa ti leson !
Nou konprann san fè komantè
Yo konprann pou lavi. Ayisyen, fòk nou man yè sonje kote lang kreyòl sa a
Paske kreyòl se makònay te rache nou ak kote li plante nou, bann memwa mezi
Ki makònen nou depi nan zantray. ti gòdèt.
Jou ale ale, jou vini.
Lè kreyòl pale pipirit nan bwa pa vole, Yon jou kanmenm, nou gen pou nou parèt douvan
Pik kon mawon, zannanna kon pen gwen tribinal listwa pou eritaj zansèt yo nou drage nan labat-
Se pwoche pou koute pwovèb k ap tonbe, wa dezespwa.
Kont k ap tire, listwa k ap rakonte…
Tankou: Kreyòl se nou, nou se kreyòl fòk nou pale kreyòl.
- Krik!
- Krak! Ochan ak rèspè pou zansèt yo ki te bay « Kreyòl ayi-
- Tim, Tim! syen » an batistè.
- Bwa chèch! Ochan ak rèspè pou sila yo ki plante « Kreyòl » nan
- Kote yo kenbe chwal malen? forè kè yo
- Nan chemen jennen. Ki pa janm sispann wouze li, esklav li,
« Granmesi diri ti wòch goute grès » Jouk pou yon jou lespwa ka pouse nan dezespwa, so-
mèy va pran va larivyè nan mitan gwo dezè.
Lè kreyòl pale, Ochan ak rèspè pou Jera Mari Tadye, Èns Mivil, Mo-
Nan pwen kach kach m anba sere li ben. ris siksto,
San baboukèt nou pale, san kè sote nou di tout sa nou te Frederik Degraf, Mari Rodni Loran, Jan Mapou,
vle ak tout sa nou te dwe di, nou reve . Frank Etyèn ak tout sa m pa site…
Pèsonn pa tann pèlen pou lòt k ap fè bitay dyòl. Paske
kreyòl se nou, nou se kreyòl. Kreyòl kase chenn pou lepèp gade lemondantye nan
grenn je.
« Kreyòl se yon lang tankou tout lang » Alèkile, n ap mache tèt bese ak yon fyète anpwazon-
nen k ap kreve nan chodyè jenès la a.
Yon peyi pè lang li, se yon peyi ki poko fin peyi, se yon
peyi ki san non, san siyati, ki pa goute libète, yon peyi Leta o leta !
pèdmemwa ki pa konnen kote li soti, pa gen listwa pou l Kisa ou fè ak lang peyi mwen ?
rakonte. Bann kaptenn san destinasyon, bann diplome de-
Wi, m ap di ankò plimen, bann esklav modènize,
Yon peyi ki alèji ak lang li, Se kisa nou di ti moun yo sou lang kreyòl la a ?
Se yon peyi ki frape pye sou idantite li, yon peyi modi, Di m !
ap goumen san zam. Se yon peyi k ap toujou wè peyi ap Nou ponyade lang kreyòl la, mesye dam mètdam, nou
pase nan « TV » mete pye sou kou li, nou danse sou zizi li nan kalite
Paske l se yon peyi ki sèmante pou l viv ti vi diskou tèt chat nou yo, nan biwo leta ak nan medya.
Anba de nawè peyi k pa t peyi k vin peyi. Nan legliz yo menm se galimatcha nètalkole, levanjil
ap simaye nan lang etranje, twaka fidèl zòrèy simante
Kite m di ochan ak rèspè pou peyi Rwanda ki pa tande franse ap plede di « Amenn ak Alelouya »
Ki t konsyan lang li se zam li, zam li se Swahili, lang pou yo ka evite lanfè goute dousè paradi. Ala mechan !
manman l, lang papa l. Pwèt, pastè, Djak legliz… pou jan nou saj,
Mwen voye ochan ak respè pou « Lydia Bradford » ki te Ti mesye. Anverite twa fwa sa pa saj !
chwazi tire dlo nan kannari kreyòl nou, jouk kote nou ye
Al nan paj 07

Tous les deux vendredi, Le NOVATEUR et le NORD-OUEST en bonne INTELLIGENCE...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Sosyete

Konpatriyòt Ayisyen...Eritye tè Atlant

Nou menm ki ranplase abitan zile a ki viktim eks- yo vwa m pou mwen fòmile bay tout moun an-

tèminasyon avaris ak enkondite esklavajis ewopeyen sanm avèk yo pi gwo ak pi bèl ve pa m pandan m

yo, Panyòl, Angle ak Franse youn aprè lòt, ap di nou: "Bòn Fèt ENdepandans ."

Nou menm ki te kale je n nan je blan ak bat premye Chak ane k ap fini oubyen k ap kòmanse, moun

lame nan mond lan, atravè zansèt nou yo, ap voye souwè soti toupatou, sou tout fòm, pou

Nou menm ki kontinye siviv jodi a ankò anba yon pwojte yon nouvèl ane pami sa ki pi bèl, pandan y

gè san rete, san pitye lènmi tout koulè ap mennen ap lage tout malè, tout fristrasyon yo sou ane k ap

kont nou depi jou Jeneral la pwoklame Endepandans fini an kòm rèsponsab tout kalamite ki ta tonbe ni

nou an, sou peyi a, ni sou chak sitwayen. Nan nouvèl ane

Nou menm y ap chèche pandan y ap meprize n tou- sa a, kote n ap selebre 214 zyèm anivèsè pwokla-

patou, anndan yon konfizyon yo antreteni ant modèl masyon endepandans nou, ak tout imilite, m ap

ak valè, mande n pèmèt mwen raple :

Nou menm k ap mache

brave tout kalite risk tout-

patou nan mond lan, pou

n kouri chape anba move

lavi n konnen zansèt yo te

chase nan peyi Dayiti nan

lane 1803, Nou menm k

ap kouri dèyè lavi miyò

sa a ANperè a te pwo-

grame nan konstitisyon

1805 lan asasen yo bloke

depi Asasina ANperè a

nan jou 17 oktòb 1806 la,

Premye (1) janvye 2018

la fè nou 214 lane depi

Jeneral Zansèt yo kreye

ofisyèlman Gwo Nasyon

nou an atravè Pwokla-

masyon Endepandans

nou,

Nan mitan tout ajitasyon

komèsyal ki bay swè san-

timantal tankou « Bòn Ane » tout plas pandan yo • «Yon ane se yon fòm ekspresyon òganizasyon

efase sèl swè ki makònen ak yon sans, ak reyalite èspas ak tan dapre konvansyon nou menm antan

nan jou sa a pou chak Ayisyen ki konnen ak rekonèt moun nou defini atravè lòt moun nou bay otorite

tèt li pou sa l ye, pou sa. Sa fè, li pa ka pote ni bonè, ni malè. Li se

Mwen menm, Sekretè Jeneral Kole Zepòl pou n youn nan manifèstasyon fizik ak espirityèl eta

Redrese Nasyon n, mwen vle fè yonn ak gwo Ga- konsyans ak nivo vwayaj chak moun akonpli. Se

dyen k ap veye an silans sou Nasyon n nan k ap tòde chak moun ki gen pou defini fòm ak koulè li

anba mil doulè. Tout konpatriyòt ki sakrifye tèt yo swete bay ane a atravè sa l deside viv. Se konsa,

depi 1791 , rive jodi a pou kreye nasyon sa a zòt ap mwen ankouraje nou chak fòmile pou ou menm

dechire, ki pliye fè de anba tout kalite imilyasyon, an premye souwè pwogrè ak siksè nan chemen w

men ki kontinye kenbe nenpòt jan Mwen vle prete chwazi suiv la ».

CHAK MWA KREYOLOFONI

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

AGA-GLESOU

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK :

"KREYÒL SE NOU, NOU SE KREYÒL"

Levanjil vokabilè Vòltè, Monteskye, Rouso n nan palè.
ap bay la a, se yon levanjil ki pa levanjil, yon levanjil Lè sa a,
ki bezwen levanjil. Se pa ti kontan zansèt yo va kontan, yo va menm kriye
« an kreyòl »
Kreyòl se nou, nou se kreyòl, fòk nou pale kreyòl. Lè sa a,
Lepèp san lespri, leta apranti! Mwen va louvri pòt kè mwen pou Emlin
Ma batiman konstwi ak bwa Michèl, Yòl Dewoz vin taye banda, Bitova Oba, Ti Fàn,
zikzak pa fouti fikse lesyèl vin chante, Souke tchatcha, kaladja « an kreyòl »
nangrenn je. Lè sa a,
Konsa tou nan pwen tèrapi Mwen va kite terasman kè mwen bouch louvri
pou ti moun nou fin kwochi. pou Manno Ejèn, Ileyis Papiyon, Bòs Madichon, Kon-
Se pa paske yon nonm ka pè Filo, Anivens Jan Batis, JòJ kastra, Pyè Vènè, Pyè
tchoka kèk grenn franse nan Michèl Cheri, Feliks Moriso Lewa, Odèt wa Fonbwen,
pilon soudè ak baba ki fè BIC… vin danse Tabou, Septan ak twopik « an kreyòl »
l savwa, Prezidan, Senatè,
Depite, Direktè, majistra… Kreyòl se nou, nou se kreyòl fòk nou pale kreyòl.
Man yè sispann fè lemond Avantaj kòk se mezi zèpon li, konsa tou fòs chak peyi
jazi sou nou. sou latè beni se nan lang li.
Mwen avèti malè pou nou mouri kokobe.
Kreyon fèzè nan pwen efas.
« Twòp pousib se lakilbit » M ale !
Sonje m te di nou sa a.
Paske nou pa franse, "Kreyòl pale, Kreyòl konprann"
Chak fwa nou dezipe bouch nou pou franse blayi se yon
kout jilèt, yon kout tanpèt, yon kout loray… bann loray DANIEL Camoëns (Zicky)
kale, kilès nou ye? Telf: (509) 3755 36 90/40 24 8270
[email protected]
Kreyòl se nou, nou se kreyòl fòk nou pale kreyòl.
Mwen reve yon jou, Leta va mete kreyòl sou lang li, lè
ansèyman va fèt nan lekòl, deba nan linivèsite, seyans ak
asanble nan palman an Kreyòl abiye toudeblan ap moute

CHAK MWA KREYOLOFONI

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

POLIKLINIK
LAFANMI

Dr. Agabus Joseph

Klinik Sa Pran Swen
Tout Fanm Yo

Bénito Sylvain
Tel : 3777-3761

TOUT MOUN LI ZÒT...

Avi pou li... Mesye senatè yo, mesye le depite, mesye dam

Bon ane a tout zanmi e konpatriyòt mwen yo. majistra yo, mesye dam delege vil yo, mesye dam
Mwen pa vle pèdi tan Pou mande kòman bagay yo kazèk ak asèk yo, mesye dam ki nam biwo leta yo,
ye Pou moun Lakay mwen POTPÈ
kontraktyèl oswa anplwaye nome, tout sitwayen
a) Nan ki nivo wout kafou jòf Ansafole a ye? pòdepè tout tandans sosyal ak politik
Paske sa gen pase 6 depi Prezidan te di Santye alawonnbadè, mwen adrese nou diskou sa poum
ouvri.
di nou : Annou renmen pòdepè pi plis ! Mèsi.
b) Mache fè a Nan ki nivo l ye. Mwen Sonje Pre- Daniel Loriston
zidan te di l vle fini ak bagay sa.
C) ki mouvman Kap fèt Pou limyè 24/24 Prezidan Povrete peyi a se yon gwo tonton enstriman pou
pwomèt la. Eske yo komanse fe preparasyon Nan moun ki gen lajan ak moun kap goumen pou vin
lajan, anpil moun sèvi ak povrete mas la pou
vil la Pou sa?
d) Ann wè ki moun Potpè Kap joure m avan paske regle kòz yo, boujwazi a ap kontinye vin pi rich
sou mizè mas la, politisyen ap fè gwo fòtin nan
m vle wè byen Pou vil lakayanm.
e) mouvman fatra kijan l ye? Eske pèp toujou AP soufrans mas la, tout politisyen ki soti nan mas la
tann se Gouvèlman ki Pou vinn pwòpte l Pou yo? toujou pwofite de mizè mas la pou fè richès yo.
### si nou pa mande nou pap jwen kwè m si nou Nèg fè òfelina pou rich sou do òfelen, nèg fè leg-
liz pou fè fòtin sou do fidèl, bòkò sèvi ak kone-
vle###
sans mistik li pou pwofite pitit fèy.
Kri yon patriyòt konsene
Tout moun sou kou, tout moun ap chèche, yap

—Si w pa prè pou kalme koulèv ou pa dwe sasiyèt pwofite, yo awogan, yo mechan, yo vilgè, yo ire-
spektye epi je yo chèch.
ti gason….
AYITI pap janm delivre paske pwoblèm AYITI
Nèg Pwovèb La/Pierre Richard Osias se ayisyen menm li ye. Austin Appolon

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang11

RIBRIK : Listwa

Konpatriyòt Ayisyen...Eritye tè Atlant

• Nimewoloji te sijere n ane k sot pase a tankou ane mwen mande n ak tout nanm mwen pou n konti-

rekòmansman, Pandan tout ane sa a, Nasyon nou an nye travay dapre konsyans nou; kite Sila ki kon-

wè tout kalite bafon, menm sa n pa ta imajine. Pan- nen tout kè ak tout ren yo sèl Jij aksyon chak

dan pwòp pitit li bafwe l, kritike l san rete toulejou, moun; fè tout sa n dwe fè ak aksèpte rezilta ki ka

pandan y ap denigre l tout kote, vizyon yo, ensilt yo, vini an pandan n ap vizyalize san rete nou anndan

malantandi yo, rejè yo, sa k sèvi mepriz yo, enpoze yon nasyon ki depase tout Esperans !

yo antan prèv pèsonn pa ka diskite tout matyè pre- Se ak demand sa a, Platfòm Kole Zepòl pou n

myè yo la pou kons-

triksyon l, transfòmasyon

pou l retounen pwisans

bonè nan viv ansanm!

.Nimewoloji bay ane

2018 la antan yon ane

kote Yonn nan ap wè

Imaj li. Si n dwe rekonèt

chak moun, nan

ekspresyon l, se yon yon

wòch enpòtan nan kons-

triksyon sa a, si n dwe

admèt l ap vizualize san

rete yon peyi l ap reve, Si

n reyalize li reprezante

kòmansman renouvo sa a

k ap kondui nan espas

bonè viv ansanm nan,

ane 2018 sa a envite nou

yo idantifye imaj nou nan

patikilarite lòt la.

Pierre Teilhard de Char-

din afime tout sa k ap

monte ap konvèje nan

yon menm pwen. An-

toine de Saint-Exupéry

deklare : « Si w diferan ak mwen, frè m, olye w fè m Redrese Nasyon n asosye souwè : « Amoni

mal, ou anrichi m ». Nan ane kat je kontre sa a, Se anndan diferans, pasyans nan koute, merit nan

pou bafon sa a ANpil moun idantifye nan chante yo, byenveyans Pwovidans lan kouwone ak siksè yon

tankou nan analiz yo ak protestasyon yo, sèvi Gwo Nasyon nou sèvi l bra pou l Redrese kote chak

Vaz kote n ap melanje tout divèsite sa a yo n te gade moun gen plas li».

tankou opozisyon pèmanan men poutan ki nesesè

pou n reyalize operasyon alchimik k ap transfòme Bòn Fèt Endepandans!!!

plon an pou n fè l tounen lò. Bòn Fèt Zansèt yo !!!

Konpatriyòt toupatou, nenpòt kote nou ye sou planèt Viv Ayiti, Pwisans Viv Ansanm Nan Kè Kon-

la, spesyalman frè ak sè m yo ki rekonèt mwen kon- tan!!!

sa, nan gwo jou fèt fondasyon ofisyèl Nasyon nou Leon Dartiguenave

an, nan lavèy jou pou n selebre brav zansèt nou yo,

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version
Previous Book
LeNovateur#298.pub
Next Book
יהדות בשרון דרום גליון 141 - 32 עמ' 04.01.18 פר' שמות