The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2024-01-31 13:09:15

Kreyolofoni#79.pub

Kreyolofoni#79.pub

Ann aprann Konnen moun Pòdepè: Dr Tiery S. Osias Sponsorisé par KREYOLOFONI LANE VI, NIMEWO 079 FEVRYE 2024 CHAK MWA ANDEDAN KREYOLOFONI 1.– Plis lanmou pou Tafa Mi Soleil p.5 2.- RENEPET (nouvèl an) Kamit p.7 Pa Bliye Pèsonn pa ka repwodwi atik jounal sa a san otorizasyon redaksyon an Redaksyon an pap publiye atik san non san adrès NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID TAP TAP MULTISERVICES TOY SHOP PLUS BOTANIKA PLANET FM 100. FM STEREYO


2 Edite ak Enprime pa KREYOLOFONI 38 48 58 90 KREYOLOFONI Fonde 12 avril 2017 par Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles Propriyetè : KREYOLOFONI Depo Legal : ISBN PDG : Pierre Richard Osias Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles Administratè : Relasyon Publik : Trezorye : Redaksion : Publisite : Rubrik Spò : Rubrik Kultu : Dieunou Maurice Fotografi : Wilgens Devilas Grafis : Ebens Pierre Teknisyen-Enprimè : Mesaje : Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie 59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti E-mail : [email protected] Telefòn : (509) 3848/5890 Email :[email protected] Website : www.lenovateur.webnode.com KONBIT NORD-OUEST POUR UNE NOUVELLE HAYTI (KNONH) Parti Politique Régional & Moderne Faites-vous membre pour le désenclavement et le dévéloppement du Nord-Ouest. Appelez aux # 36 53 65 84 38 48 58 90 Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo... SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN


3 Revolisyon l ye Tonton Sam fwa sa a…Nasyonalis pou dirije peyi Papa Dessalines nan Jij Al Duniel Dimanche kap fè yon gwo travay pou peyi a nan trake vòlè e koriptè ki kase ren Ayiti deklare: « Tire wòch la dwe fini. Tire wòch la kase tèt moun ». Jij Dimanche konprann sosyete ayityèn pèdi wout zansèt yo trase pou nou an, tout valè yo prèske disparèt. Komisè polis Guy Philippe arete anndan peyi l, livre bay Drug Enforcement Agency (DEA) an janvye 2017 pa gouvènman peyi l sou prezidan Jocelerme Privert, te plede koupab nan yon tribunal federal ameriken, pije pèn sis zan pou blanchi lajan lye a trafik dwòg. Mesye Philippe tounen nan peyi l, Ayiti, fen ane 2023 pase nan DCPJ e libere. Sa vle di lajistis peyi l pa repwoche l anyen. Poukisa lajistis te arete l an 2017 ? Èske se te yon konplo pou dirijan peyi l livre ? Ou entèlijan konpatriyòt. Pwovèb la di: « Sòt ki bay, enbesil kip a pran ». Nap site New York Times ki li menm site ansyen anbasadè James B. Foley ki di Guy Philippe: « C’est un type qui manœuvre et complote depuis 20 ans pour prendre le pouvoir en Hayti (…) Nous l’avons inculpé, extradé et mis à l’écart (…) ». Ou gran timoun, ou pa sòt. Nou Etazini, Gran Satan an, enkilpe Guy Philippe, extrade l e mete l yon kote, poukisa ? Èske Mesye Philippe se tap yon obstak ki te ka anpeche enplemantasyon plan ameriken an « Global Fragility Act » (2019), yon obstak kòm senatè peyi l nan anpeche nou manipile prezidan Jovenel Moise e asasinen l answit, lè je l louvri, li deside negosye ak gwoup Shangai pou devlope Ayiti. Mwen Francisque deklare gouvènman ameriken rayi tout Ayitien e m rayi nou tou. Sèl prezidan ameriken Donald Trump paran l pat gen plantasyon esklav paske aryè gran papa l aleman Johanes te an Ayiti (Bombadopolis) e te gen nasyonalite aytyèn, m tolere. Guy Philippe ki te deja patisipe nan efondreman rejim RPKK Jean Bertrand Aristide la an 2004 deklare nan fyèf li nan Pestel: « Je veux accompagner la population en vue d’un chambardement général ». Se sal rele yon revolisyon ki pou pi fò nasyonalis, anndan tankou deyò peyi a, se yon solisyon salvatris. Sa w tande wòch toupatou tonbe tire sou Guy Philippe. Lènmi nachon an di: Se Washington ki voye l. Manti. An 2004, Depatman deta ameriken trayi Guy Philippe pou anpeche l te vin Jeneral FADH e chavire sistèm plantasyonè ki favorize zaferis ak politisyen nan leta-a kontwole tout richès peyi a. Jodia ankò pou Mesye Philippe ta gen menm salopri yo ki te woule l nan farin, fèl fè prizon pou krim li te gen dwa pa t janm komèt. Nou mechan e se ranfòse Ariel Henry ak gang yo e bay jarèt a enperyalis asasen an. « Batay li ye. Alo. Alo. Twonpèt la sonnen », popilasyon an tande enfliyansè a Guy Philippe nan tout peyi-a e manifestasyon, grèv nasyonal, lanse pou anvan 7 fevriye revolisyon an fèt. Gran Sid la pa chome depwi retou Guy Philippe nan peyi a, Jean Charles Moise deklare nou pral griye leta a depwi Okap kote milye moun te pran lari manifeste pou ekzije Ariel Henry rache manyòk li lendi 29 janvye. Nòdwès, tankou Pòdepè ak Senlwi ap frape mèkredi 31 janvye. José Julián Martí Pérez, fondatè Pati Revolisyonè Kiben an te deklare: « Si vous ne luttez pas pour ce qui est juste, ayez au moins la décence de respecter ceux qui le font ». Ti nèg, ki t ap mande demisyon Ariel Henry, chavire sistèm, jounen jodia se yo k kanpe anfas Guy Philippe. Revolisyon l ye Tonton Sam fwa sa a, Ayiti deside pou statu quo ante bellum lan disparèt. Nasyonalis k ap dirije peyi Papa Dessalines nan. Edito Mwa Fevriye 2024 “Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay EDITORYAL LA KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU Sa revòl Acaau a te ye? “Revòl sa at gen pou objektif koupe tèt ejemoni milat la; enstore un prezidan nwa nan tèt Repiblik la; redistribye byen sitwayen rich yo, nwa tankou milat nan mitan mas yo e aboli lwa matyal Jean Jacques Acaau a k te konsidere tout nwa rich se milat e tout milat pòv se nwa”. Jean Jacques Acaau, se te yon chèf polis riral kite doubout pou defann dwa peyizan ak ti komèsan yo. Kòm chèf Pikè, revandikasyon l yo pou legalite sosyal ta pral kondwi an 1844 a yon revòl nou konnen sou “domination de rébellion des Piquets”.


4 Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti PDG Ralph Moreau Tel : 3154-0909/4250-4949 Captez la radio en ligne : www. [email protected] okipasyon san lang pa ka dire. Daprè li menm si alman yo refize pale franse men pito rete ak lang yo, lang alman an, okipasyon fransèz la ap rete yon parantèz k ap fèmen avan w bat je w. Men si yo fè lekontrè kidonk si alman yo adopte lang kolon an, pèp alman ap tou fini kote nan de twa syèk l ap tounen restavèk franse yo. Ewopeyen te kolonize prèske tout peyi nan mond lan. Men dezyèm gè mondyal la te vin pèmèt yon pakèt peyi pran endepandans yo. Men poutan kote nan lòt peyi tankou ann Azi kou ann Afrik Dinò yo abandone lang kolon yo pou retounen nan lang lokal yo (zòn Magrèb yo tounen nan lang arab yo), peyi Afrik nwa yo menm rete ak lang kolon yo. Ka pi dwòl la se ka peyi Nijerya, yon peyi ki gen 200 milyon moun ki kontinye ap itilize lang kolon an pou l kominike. Poutan ann Azi, oswa ann Ewop, menm peyi ki gen 5 milyon moun ladan yo tankou Dànmak gen pwòp lang nasyonal yo. Nan adopte lang ewopeyen yo vaykevay ki se lang yo te enpoze sou yo nan yon kolonizasyon fewòs, afriken yo fè erè lè yo kwè lang ta yon senp zouti san pati pri moun itilize pou yo kominike ak anseye. Yo pa ko prèt pou yo imajine depi sou tan lantikite, aprè konkèt la, lang se pi gwo zam moun itilize pou domine lòt, pou rann yo restavèk pou bon. . . Asuiv Remak : si w pral li tèks sa a an kreyòl, remèsye Marc-arthur Thys paske se li ki te ban m fòs pou l fè l apre l te fin rele l epav apre mwen te jis anvizajè fè l. Tradiktè san pèmisyon nan lang kreyòl : Marc-kensen Curvinglines Men pou ki rezon nou menm Kamewounè (afriken an jeneral) se peze n ap peze tèt nou rantre nan twou lè nou itilize lang kolon yo tankou angle ak franse. Anfèt lè n fè sa a se fòse nou ap fòse pwòp tèt nou asepte dominasyon ewopeyèn la pou mil an ankò. Katòz Oktòb 1806 nan Vil Lena (kounye la nan peyi Lalmay), Lame Fransèz la ki te gen 180 mil sòlda ladan l, yon lamè anperè Napoleyon t ap kòmande , t ap fè fas kare ak sòlda pris yo ( alman ) ki yo menm te gen alatèt yo jwal Hohenlohe. Avan solèy kouche, Lafrans te genyen batay la. Pris yo te pèdi 40 mil sòlda pandan franse yo yo menm yo te pèdi sèlman 7 mil. Se defèt sa ki te vin depatcha Lapris. Batay sa a t ap vin pote non “ Batay Lena a “. Napoleyon prè kounye la pou l kòmanse okipe Lalmay. Gen yon sòlda volontye ki te patisipe nan batay sa a men ki te sòti sennesof. L ap anseye Filozofi depi 1793 nan inivèsite Lena. Li rele Johann Gottlieb Fichte (li fèt 19 Me 1762, li mouri 27 Janvye 1814). Yon lane apre peyi l te fin pèdi gè a, nan dat 13 Desanm 1807 nan Vil Bèlen, pandan Lalmay te deja sou lokipasyon, Johann Gottlieb Fichte pran tèt mouvman k ap fè rezistans kont okipasyon fransèz la. Menm jou a, li te kòmanse batay la avèk yon seri konferans sou tit “ Reden an die deutsche nation “ (Ti chita pale ak pèp alaman an). Nan youn nan diskou sa yo, ki te fèt an 1808, Johann Gottlieb Fichte deklare : « lang gen plis pouvwa toujou pou fòme moun pase moun ta gen pouvwa pou fòme lang » Baze sou eksperyans women yo, pou fè alman yo pran men yo, Fichte raple yo sila : yon MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab... E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO Otè (nan lang franse ) : Jean-Paul Pougala


5 « Tu ne peux pas être noire, haïtienne, et être chrétienne. Ça ne colle pas [...] » Deklarasyon sa a fè anpil moun kouri ak Tafa. Yo kritike l, lapide l, kondane l, klouwe l o pilori. Yo rantre nan vi prive l, yo rantre nan 5 m 50 li, yo blame l, yo blaze l. Yo san pitye pou Tafa. Yo mèm mete pase genyen. Men èske yo gen rezon? Kite m di nou, nou ka ap gade menm bagay la, men nou pa wè l menm jan. Paske nou pa kanpe menm kote. Nou pa gade l sou menm ang. Nou ka ap gade menm chif la, nou youn wè l se yon 6, yon lòt moun wè l se yon 9. Sa depan de kote n kanpe a. Se sa k fè nou dwe pi toleran youn anvè lòt pou nou ka koabite. Paske nou kondane pou nou viv ansanm. An nou eseye gade apwòch Tafa a sou koze krisyanis lan. Lè nou ale nan listwa nou, nou wè se pote yo te pote krisyanis lan ban nou. Sa ta vle di se pa kilti pa nou. Se kilti pèp ebre a, pèp jwif la. Listwa rapòte nou, lè yon esklav nwa te refize renonse ak spirityalite pa l, kwayans pa l pou l aksepte relijyon kretyèn lan, misyonè yo te itilize teknik pou oblije yo aksepte l. Yo bat yo. Misyonè yo te konn ba yo jiska 300 kout fwèt. Lè yo blese, san ap koule sou tout kò yo, an plis baton an, yo ba yo yon beny pimantad. Yo sèvi ak tòti sa a pou te bay zansèt nou yo leson levanjil renmen an. Sa vle di se enpoze yo enpoze nou krisyanis lan. Dr.JFA te di : « Si vous prenez le temps d'étudier l'histoire de la religion, comme moi je l'ai fait, vous verrez qu'il est impossible, qu'en tant que noirs, descendant d'esclaves, vous vous définissez comme chrétiens. C'est une insulte à nos ancêtres [...]. » Nou lapide Tafa, paske l oze bay pozisyon l, konpreyansyon l sou spirityalite l. Se yon sijè delika. Men fò n dakò se pwen de vi l, se opinyon pèsonèl li, se eksperyans pa l. Mwen pa ka fè nou la leson, men nou pa ta dwe atake vi prive l, ni blese l nan lanmou pwòp li. Sa yo pa gen anyen pou wè ak deklarasyon an. Aprann atake opinyon yon moun avèk agiman san n pa atake moun lan li menm. Sa a se yon fòm sofis ki rele atak kont la pèsòn. Epi, ki moun ki pa gen yon grenn zanno kay òfèv ? Mwen pa plase pou m jije pesòn. Sof ke pa Tafa a nan boutèy blan, tout moun wè l. Men pa nou yo ka nan boutèy nwa, moun pa wè yo. Men se menm kabrit Tomazo yo, menm plim menm plimay. Sou koze « La chair est faible » sa a, prèske pa gen distenksyon. Prèske nou tout nan menm panye a : Katolik, pwotestan, vodouyizan, endou, mizilman, mason...se menmman parèyman. Deklarasyon Tafa a pa ta dwe deranje tout la Repiblik nan yon pwen nou bliye anpil lòt pwoblèm ki krisyal nan lavi nasyonal lan. Ou kwè nou serye ? Mwen dakò deklarasyon Tafa a li kontradiktwa, li enskri nou yon strateji de konfli. Men la a ankò, m pa wè pwoblèm lan. Tafa fè yon apwòch kiltirèl, atistik e diplomatik. Sa pa ta dwe deranje « les bons moun de la République ». Paske chak moun ka gen yon pozisyon sou yon bagay. Mwen pa moralis, mwen pa ka fè nou la moral, men sosyete nou an gen ase pwoblèm pou n jere. Nou pa bezwen ajoute yon lòt ki pa mèm nesesè. Nan nenpòt ki sosyete demokratik, chak moun gen dwa pratike spirityalite l, kwayans li lib e libè. Epi eksprime l nan respè, di sa l santi, sa l anvi, sa l renmen, etc. E youn pa ta dwe deranje lòt. An nou mete spirityalite nou yo pito nan sèvis pèp la, pou byenèt nou tout ak nou chak. Yon ti kal tolerans. Yon ti kal renmen. Anpil love pou Tafa. « Ne jugez point, si vous ne voulez point être jugés [...]. » Jean Joseph D. Yvon THÉRONÉ IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI... LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... PLIS LANMOU POU TAFA MI SOLEIL


6 Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec “LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI” Dr. Tiery Osias Dr. Tiery Osias se yon pitit natif natal Vil Pòdpè. Dr. Tiery Osias te fèt nan Vil Potpè yon 4 Jiye 1967. Li te fè etid primé li nan nan lekol Jules Marie Bonenfan (Kay Koney) osi lekol Nasyonal Sen Maten Achil. Li komanse etid segondè li nan College Notre Dame de Lourdes. Li fe sèlman dezan Kay Pè a li antre Potoprens pou kontinye etid li. Li antre nan lekol Franck Étienne e osi lekol Advantis Dikini la li fini lekol klasik li. Dr. Tiery Osias antre nan Université D’Etat D’Haiti, nan fakilte Odontoloji (lekol dan) 1989 pou rive nan lane 1994. Li te vinn Doktè an Chiriji Dantè, Dantisteri General. Dr. Tiery Osias te komanse travay tankou yon Chirijyen Dantis et pwogram manager nan lopital Bassin Bleu, nan Nodwès tou pré lakay. Komanse nan mwa Desanm 1994 pou rive nan May 1996. Aprè sa Dok la kite peyi a pou Etazini. Rive Etazini Dr. Tiery Osias dekwoche ykn metriz nan Sante piblik nan University of North Florida 2001-2003). Nan Mwa Dawout 2003 Dr. Tiery komanse travay pou eta Florida tankou yon Espesyalis Enviwonmantal. Ou pa mande m koze se Mwen kap di w. Dr. Tiery pase 15 zan nan pozisyon sa. Le w sot Pòdpè epi le tan w rive pou briye anyen paka kenbe w nan mwa Novannm 2018 Dok la pran pwomosyon li vinn yon supevizè nivo 1. Aprè yon ane e kelke mwa li pran pwomosyon anko li vinn Jesyonè / Direktè Sante Environnemenal. Kwè m si w vle sa pa rete la, aprè yon lane e kelke Mwa anko li pran pwomosyon depi Janvye 2022 Jiska prezan li se Administratè / Direktè Sante Environmental. San Djole pa ladan l si pou yo ta bal pwomosyon anko se kreye pou yo kreye post la. Dok la gen pase 20 tan depi lap travay pou Eta Florida. Dr. Tiery fè ti politik li tou wi. E li swiv de pré sakap pase Ayiti aktyelman. Filozofi politik li se “ San Nèf, men pwop, ak Savwa fè.” Dr. Tiery Osias se filantwop: Prezidan fondatè Sante Se Richè Project Nèg pwovèb lakay 09/03/2023 Ribrik: Ann aprann konnen Moun Pòdpè Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ? KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531 Ann Aprann Konnen Moun Pòdpè # 22 : Doktè Tiery S. Osias


7 ...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... RIBRIK : Sa zòt panse… Premye Janvye ki sot pase la make lan 2024 nan kalandriye oksidantal ki se kalandriye majorite peyi nan mond lan itlize : peyi oksidantal yo ak peyi ki viktim lesklavaj ak kolonizasyon istorik, kiltirèl ak politik yo. Sepandan, malgre dominans kalandriye sa sou mond lan sa pa anpeche genyen plizyè peyi ki yo menm pa fonksyone sou li. Nou ka pran egzanp: Nepal Iran Etyopi Ak Afganistan. 4 peyi sa yo se 4 pami peyi ki pa fete nouvèl lan an 2024 la paske yo gen pwòp sistèm kalandriye pa yo. -Nepal fonksyone sou kalandriye vikram samvat ak Nepal Sambat. -Etyopi fonksyone sou kalandriye Etyopyen an ki se yon kalandriye ki genyen 13 mwa epi chita sou obsèvasyon solèy la . 11 septanm (pou kalandriye gregwa a) se nouvèl an kalandriye etyopyen an ( «le 1er du mois de Mäskäräm») ki yomenm nan lane 2016. Nou ka remake pèsepsyon tan an trè diferan lakay Etyopyen parapò ak atizan almanak gregwa a.Nonsèlman yo nan lan 2016 epi ane a gen 13 mwa men tou kontrèman ak kalandriye Gregwa a, yon jou pa kòmanse minui pou fini onzè senkant nèf. Pito, yon jou Kòmanse nan lè 6zè ki se tan aparisyon solèy la piske se li ki sèvi yo gidans. -Iran ak Afganistan fonksyone sou kalandriye solè Ijiri a. Avan nou antre anndan sijè a ki se nouvèl an Kamit lan, li enpòtan pou n wè nan de-twa fraz ki sa yon kalandriye ye. Yon kalandriye se yon sistèm reperaj Moun envante pou òganize ak separe tan an suivan pwòp vizyon ak reyalite sivilizasyonèl yo. Kalandriye se yon zouti enpòtan tou nan koze memwa yon pèp paske li chita sou eksplwa ak gran evèlman ki pase nan lavi pèp sa epi ki rete . Sa ki vle di, lè yon pèp enpoze yon lòt adopte kalandriye l se yon fason pou fouye tou mete yon pati enpòtan nan lavi pèp sa nan dimansyon s istorik ak sivilizasyonèl li ki pa p san konsekans sou jodi ak demen pèp sa. Nannan sijè a. 19 Jiyè ( 1er PA-N-IMANA) ki sot pase a make lan 6260 selon kalandriye Kamit la. Nan LAFRIK ansyen, pou piti, 3 kalandriye t ap taye banda. Premye a se te kalandriye zo Lebombo, premye kalandriye monn lan janm konnen. Kalandriye sa genyen 44 000 lane avan epòk n ap viv la. Yo te dekouvri li an Afrik, peyi Eswatini. Dezyèm lan se kalandriye linè a. Twazyèm lan se kalandriye solè a, ki se kalandriye ki enterese nou nan ti bout tèks sa. Tout 3 kalandriye sa yo pran nesans an Afrik. Pou sa ki genyen pou wè ak kalandriye solè a, li genyen 4236 lane depi astwonòt ak matematisyen Afriken yo ( Ejipsyen nwa ansyen yo) te envite li. Sa ki lese konprann , 4236 zan avan epòk n ap viv la (l’ère occidentale), Zansèt Afriken yo te gitan envante lasyans ou plizyè disiplin syantifik ak teknolojik ki te penmèt yo mezire lè, jou, mwa, sezon ak lane, (an gwo, tan) epi obsève pandan yon tan san bout fenomèn astwolojik yo , analize, triye ak konsève (achive) done obsève yo. Kalandriye sa a fèt sou yon dire san bout. Selon plizyè espesyalis nan kesyon an, patikilyèman matematisyen ostwo- ameriken Neugebauer, kalandriye Kamit lan se sèl kalandriye entelijan ki janm egziste nan tout listwa limanite. Kòman kalandriye Ejip Farawonik lan konpoze ? Kalandrye Ale nan paj 08 Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond... RENEPET (nouvèl an) Kamit. Bayyinah Bello Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF) FONDASYON FELICITEE (509) 22 48 22 38; 29 40 08 69 sitweb: fondasyonfelicitee.com Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou. Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!


8 a genyen 365 jou ki divize konsa: 3 sezon, 12 mwa, 30 jou, 5 jou epagomèn (12 x 30 = 360 jou) + 5 = 265 jou. Pouki 5 jou epagomèn e kisa jou epagomèn yo sinifi ? 5 jou epagomèn yo ajoute paske ane 360 jou a te twò kout epi sezon yo te vin ap dekale. Aprè obsèvasyon ak analiz, prèt Ejipsyen (matematisyen ak astwonot ) yo te vin ajoute 5 jou sa yo pou regile definitivman lavi nou atravè kalandriye Ejip Farawonik lan. 5 jou yo distenge ak lòt jou yo. Nonsèlman yo sinifi sila yo ki anwo/ nan syèl epi dedye ak plizyè Divinite (reprezantasyon Divin) Afrikèn: Osiris, Horus, Seth, Isis ak Nephthys, men tou, jou sa yo vini avan Akhet. Pandan jou sa yo, dlo ki soti nan tchè Lafrik debòde nan Nil epi ogmante li. Premye jou epagomèn lan dedye ak Osiris. Jou sa a, se jou ki reprezante / pèsonifye byen Bondye Osiris, ki aprann moun kijan pou plante latè (pratike agrikilti). Se jou sa tou ki annonse rezireksyon lavi vejetal. Sa ki eksplike pouki chak 29 jiyè, Ejipsyen yo te plante yon pye bra pou selebre lespri OSIRI ki reprezante vejetasyon. Aprè jou Osiris la nou jwenn Jou lòt divinite. Non mwa yo. Depi sou premye rive dènye mwa a, tout genyen non: Djehuty, Pa n ipet, Hout Horo, Ka herka, Ta Aabet, Pa n market , Pa n Imana Hotée, Pa n Rennutet, Pa n Khonsou, Pa inet, Ip Ipi epi Mesut RA. 3 sezon yo Akhet -inondasyon (kri Nil) Peret -Emèjans ou jèminasyon Shemou -Chalè ou sezon rekòt. Pouki sezon yo e pouki se konsa yo òganize ? Kontrèman ak lòt kalandriye yo ki chita sou nesans yon pwofèt ouben yon evèlman istorik senpman, kalandriye Kemet la limenm anplis li pa yon senp zouti pou mezire tan ni elabore sou baz nesans yon Mesi ou yon pwofèt, li konstui gras ak yon ansanm obsèvasyon ak analiz astwolojik; li chita sou aktivite Moun nan rapò yo ak lagrikilti epi lanati. Flèv NIL, obsèvasyon zetwal Sigui Solo ak obsèvasyon mitasyon klimatik yo jwe yon wòl fondamantal nan rann kalandriye sa posib: nan yon premye moman, anplis lapli a, flèv la inonde tè yo. Nan yon dezyèm moman (aprè inondasyon tè yo) abitan yo plante . Twazyèm moman an se moman chalè a kote abitan yo rekòlte sa yo te plante pandan yo ap prepare pou nouvo sezon ki pral antre a. Kalandriye Kamit ak kalandriye Gregoryen : ki rapò ? Nou kapab konstate lane kalandriye Gregoryen an genyen menm kantite jou ak mwa ak kalandriye Kamit lan alòs kalandriye abitanti vale Nil yo egziste plis pase 4000 mil lan avan kalandriye majorite peyi nan mond ap itilize jounen jodi a. Rezon an senp: kalandriye gregoryen an se plajya /grèf kalandriye Kamit la men li chita sou orijin ak epòk glworiye oksidantal la ( «l’ère chrétienne») . Ki sa ki modifye nan kalandriye Kamit lan? Anplis yo pa ditou chita sou menm baz, gen modifikasyon ki fèt nan kantite jou ki nan mwa yo. Nan kalandriye Ejip ansyen an, tout mwa yo genyen 30 jou, plis 5 jou epagomèn yo ki pa nan ankenn mwa. Alòs nan kalandriye Gregoryen an, kantite jou yo varye ant 28, 29, 30, 31. 28/29 la konsènan mwa fevriye : 28 jou si se yon sa ane bisekstil ; 29 jou si se yon ane òdinè; Pandan nou nan koze ane bisekstil la, n ap pwofite di, kontrèman ak lide ki ap klèwonnen epi vle fè konprann kalandriye Ejipsyen ansyen yo pa t konnen ane bisekstil la, done ( papyrus, tèks, temwanyaj...) ki disponib yo moutre trè klè zansèt yo te konnen ak presisyon , aprè chak ane genyen 6 zè adisyonèl ki egal yon jou chak 4 lane. Men olye Ejipsyen ansyen yo te ajoute jou sa chak 4 lane sa ki t ap al lakòz kalandriye a chanje chak 4 lane epi koze yon dekalaj ant dat yo ak leve zetwal Sigui Solo ( n ap raple Ejipsyen NegwoAle nan paj 11 Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa... “PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA RENEPET (nouvèl an) Kamit. RIBRIK : Sa zòt panse...


9 TOY SHOP PLUS BOTANIKA 30, Ru Defile, PòdePè, Ayiti Telefòn: 3848 5890 Afriken yo te fè plis pase 730 lane kakil ak obsèvasyon avan yo te reyisi regile kalandriye a ak aparisyon Sigui Solo), zansèt yo pito/ prefere ajoute yon ane chak 1460 lane (1 jou chak 4 lane x 365 jou) . Long sik sa pote non peryòd Sotyak. Presisyon sou jou ki leve nan dimansyon divin yo, sezon ak mwa yo nan rapò ak kalandriye modifye ( Gregoryen ) a. Jou epagomèn yo ou jou divinize yo: Osiris ( 14 jiyè); Horus (15 jiyè); Souté (16 jiyè) Aïssata (17 jiyè); Nabintou (18 jiyè); Jou sa yo kòmanse 29 Jiyè yo fini 2 dawout lè n mete yo fas ak kalandriye Gregoryen an. Pa bliye:Premye jou epagomèn a ki se OSIRIS , li anonse rezireksyon lavi vejetal la. Pou kèk chèchè, se ta la loksidan ta jwenn lide rezireksyon Jezi a. Sezon Akhet 3 dawout pou rive premye sèptanm : Djehouty 2 Sèptanm pou rive 1e oktòb: Pa n Ipet 2 oktòb pou rive 31 oktòb :Hout Horo 1e novanm pou rive 30 novanm : Ka her Ka Sezon PERET 1e desanm rive 30 desanm : Ta Aabet 31 Desanm pou rive 29 janvye : Pa n Makher 30 janvye pou rive 28 fevriye : Pa n Imana 1e Mas pou rive 30 mas Sezon Shemou 31 Mas rive 29 avril: Pa n khonsou 30 Avril pou rive 29 Me : Pa n Inet 30 Mai pou rive 28 Jen : Ip Ipi 29 Jen pou rive 28 Jiyè : Mesut Ra. N ap fini pou nou di: pale sou kalandriye Kemet la pa sèlman yon mwayen pou nou kontwole tan men tou pou retabli konfyans nan jenès nwa a nan mond lan, fè yo pran konesans ak konesans zansèt yo te deja pwodui avan tout moun , pou yo pa panse yo s on senp depo k ap resevwa ak konsome pwodui ak konesans lòt pèp pwodui epi pou yo sispann kwè nan fo lide al retorik pèp nwa s on pèp san kilti, san istwa ak san yon veritab sivilizasyon pandan an reyalite yo se pyonye lasyans ak pi gran sivilizasyon (sivilizasyon ki chita sou respè lavi, viv ansanm, mounite ak veritab amoni ant Moun ak lanati ) mond lan janm konnen. HOTEP Sous : Nation nègre et culture, DIOP Cheikh Anta, pp 145 - . Observations de l’étoile Sirius par les Dogon, BONNET BIDAU Jean-Marc, pp 142- 145. Afriken-Ayisyen Bosal VIXAMAR Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou... NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON RIBRIK : Di saw vle... RENEPET (nouvèl an) Kamit.


10 JENERASYON NOUVEL AYITI “POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE KLINIK Dr. Jean Robert LALLEMAND Klinik Sa-a Pran Swen Tout moun nèt... Ri Kotplaj # 1 Nan Grigri... Tel : 3394-2098 Nou tout ap plenyen paske Peyi a ap mal mache! Nou tout dakò peyi a gen anpil krim, vyolans ak ensekirite! Nou tout dakò politichen nou yo konwonpi! Nou tout dakò prèske tout ayisyen gen yon mantalite pouri! Nou tout dakò politichen nou yo nan konivans ak gang! Nou tout dakò moun ki nan klas ekonomik lan ap finanse gang yo! Nou tout dakò peyi a paka devlope si tout mal sa yo pa geri! Nou tout dakò peyi a bezwen yon bon jistis ak bon majistra! Nou tout dakò se sèl yon bon jistis ki ka wete peyi a nan sa nap travèse la a! Nou tout dakò koripsyon an se li ki pi gwo mal kap fini ak peyi a! Nou tout dakò yon peyi kote se koriptè ak konwonpi kap dirije, peyi sa a pap janm ka devlope!!! Men poukisa, chak fwa lajistis rele yon moun kite nan pouvwa oubyen ki gen gwo lajan, nou tonbe di se pèsekisyon politik? Poukisa lè yon jij vle fè efò nan sistèm jistis la, nou di li fou? Poukisa anpil nan nou konviti tèt tankou avoka lè lajistis ap mennen yon Dosye sou yon moun ki gen gwo non? Poukisa moun dwat moun yo ou byen moun kwochi moun yo pan janm plede pou dwa moun ki fèmen nan prizon depi 1, 2, 3 zan e menm plis pou yon telefòn, yon poul ou byen yon rejim bannann , men lè se yon moun ki gen lajan ak pouvwa yo tout resisite? Poukisa Ayisyen pa renmen ankouraje moun ki vle pote chanjman, anjeneral? Poukisa ayisyen plis renmen kore moun ki pa pwòp, ki pa dwat ak moun kap bay manti? Poukisa ayisyen plis renmen pale bagay lajistis sou Radyo olye yo ale tribinal? Poukisa anpil jiris ak moun goch dwat delòm tankou ak anpil lòt moun ki nan politik ap voye wòch sou jij Al Duniel Dimanche olye yo fè rekou kont desizyon lap pran yo? Ki sa nou vle pou Ayiti??? Me Cémanier Guillet Finalman kisa nou vle pou Ayiti???


11 Deba Tafa a, se you deba sou korelasyon ki egziste ant moun nwa ak relijyon kretyèn. Korelasyon an sèke ant de varyab sa yo, moun nwa se you viktim istorik ak tout sa sa genyen kòm konsekans pòstwomatik sou sikoloji ak konpòtman nou. Sa Tafa di an, nou kapab gen tout emosyon ki ka genyen otou de li, men li vrè sou plan istorik, sou plan antwopolojik, sou plan politik elatriye. Mwen pa wè kisa Desalin ak Tousen vin chèche nan you tèl deba. Youn nan agiman (akonpaye ak slogan pou fè sansasyon) mwen wè ke plizyè moun ki pran kontrepye deklarasyon Tafa, se pran Tousen atravè konstitisyon 1801 an, ak Desalin atravè konstitisyon 1805 lan, pou montre ke 2 mesye sa yo ki se fondatè nanchon an pat gen pwoblèm ak krisyanis, e ke yo te konsidere ke chak moun kapab pwatike relijyon vle. Pèsonèlman, mwen panse ke se you vizyon senplis, si se modèl agimantasyon sa yo ke nap itilize pou you deba ki transande dimansyon politik ke nou vle mete li an. Si se te osi senp, nou taka releve tout pasaj biblik ki montre nivo rasis ki genyen andedan you dokiman ki sèvi kretyen an kòm referans a pawòl bondye pou konstitiye you agimantè. Lè sa fòk yo ta gen kouraj pou aksepte ke yo kwè nan you pakèt stupidité. Men nap remake ke kretyen yo toujou eseye evite avèk anpil jimnastik agimantasyon ki sonde fondman kwayans li. Nou te ka fè referans a Code noir Colbert lan tou pou montre kouman sa Tafa di an chita sou prèv ke krisyanis ak moun nwa se you bagay ki pa kole. Men mwen pito panse ke you tèl pwoblematik paka poze avèk you vizyon osi rediksyonis. Deklarasyon Tafa a, li poze you pwoblèm de fon ki se you kontradiksyon, you konpòtman paradoksal, you disonans koyitif ki egziste ant you bagay ki detwi sosyete dorijin ou, aneyanti tout saw genyen kòm kilti ak sivilizasyon, ki di kew pa moun e ki refòmate w kòm zanimo de sèvis. Tout sa, atravè you vyolans fizik, sikolojik san parèy. Mwen, m panse ke se sitou reyalis aspè sa nan deba ke tout swadizan moun eklere yo pè rantre ladan, ki fè yap rabat yo sou politik Tousen ak Desalin. Black, Ayisyen se you viktim de relijyon kretyèn. Pozisyon viktim nou tèlman grav, konsekans pòstwomatik yo tèlman peze sou sikoloji nou ke anpil nan nou prefere fè deni. Jenerasyon aktyèl yo pa menm gen konsyans ke yap transpòte tout twomatis sa yo ki travèse de jenerasyon an jenerasyon (twomatis transjenerasyonèl. E lèm di sa, mwen pale pou menm moun ki reklame tèt li kòm vodouyizan) Plizyè ladan yo ap eseye rasyonalize sitiyasyon an, di ke yo fyè, yo se kretyen pa chwa pou prezève endividyalite yo. Men yo pa janm ka konpran rezon fondalnatal ki fè nap echwe a chak fwa kòm kolektivite. Sa Tafa di an, se you maleng sansib ke tout moun ap kache, e ke limenm li dekouvri pou tout moun wè. Ayisyen nou gen la yo pako ka konpran ke stabilite you moun, stabilite you kolektivite gen pou wè ak istwa Zansèt li, gwoup apatenans li ak tout twomatis ke istwa sa gen ladan ki pa trete. Aktyèlman, gen you pwogrè konsiderab kap fèt nan kolektivite otoktòn amerendyen yo nan Canada. E lèw ap gade pwogram sikoedikatif yo genyen, se tout you rekoneksyon ya p fè avèk istwa yo, rasin yo. E yo mete an evidans tout mizè, twomatis ke yo sibi avek kolonyalis lan. Moun ki di li kretyen an, e la map pale sitou de sila yo ki pretann ke se chwa pèsonèl yo an, yo pa menm konsyan ke kwayans ou doktrin yo adopte an gen you passif ki lou sou plan istorik ak sivilizasyonèl, kote tout lineyaj ansestral yo rive sou yo se you viktim. Di w se kretyen pa chwa, se jis pa nesesite ankraj metafizik, se pa paske ou EVEYE sou plan espirityèl. Kidonk, pandan yo pretan ke se chwa pèsonèl yo an, gen you inyorans sistematik ke yo ladan ki ap pilote chwa yo pretan yo fè an. Nosyon menm ki absan nan konstriksyon sikolojik moun sa yo, se nosyon apatenans a you gwoup, you idantite, you kilti. Ou moun gen chwa, oubyen li ka fè chwa, se lè tout bagay ekspoze devan w, lèw konsyan ke avan menm ou gen posiblite chwazi an, ou se you viktim. Chwazi sa ki fè ou mal, nan you pèspektiv sikolojik, korespon a sa yo rele konpòtman mazochis. Anbrase bouwo ou se you maladi, oubyen ankò se syndrome de Stockholm. E se sèl moun nwa sou tout glòb lan nap wè ki konsa. Rezon an se paske li se prensipal viktim lan, e sa afekte li grav o nivo de Konsyans kolektif ak idantite li. You jou na rive konpran ke pèson pa izole de istwa Zansèt ou, ou se you konsekans dirèk de istwa sa. Fè deni de sa, konvèti pa solisyon a dram kolektif lan. Ayibobo! SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU... Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang RIBRIK : Sa zòt di... Khepra: The Becoming Process of Ancestral


12 « Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo nan mond lan » —Napoléon Bonaparte ********************* ********************* Deklarasyon Papa nachon an Dessalines « Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo, byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite » KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM « Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou Bondye ak pou lumanite » Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929 PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN


Click to View FlipBook Version