The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2021-12-31 10:38:22

Kreyolofoni$54

Kreyolofoni$54

Bòn fèt endepandans CHAK MWA

LANE IV, NIMEWO 054 JANVYE 2022

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

« Inbòks » konsèp ANDEDAN
itilize pou reponn KREYOLOFONI
1.– Sèl yon mouvan
2021 tankou
mouvman lavalas
1999 la, ka ede nou
soti nan kawo a 03

2.– Responsablite
PHTK sèlman nan
zafè bandi/gang ame,
se jwèt koken 11

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

TOY SHOP
PLUS

BOTANIKA

a yon demand PLANET
fè yon gwo deba FM

100. FM
STEREYO

Pa Bliye

Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierr e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier re
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

Réflexion loufoque#979
Sèl yon mouvman 2021 tankou mouvman lavalas 1990 la, ka ede nou soti nan kawo a…
M pa lavalas, m pap janm lavalas paske Lavalas tankou Makout ak PHTK san nou pa neglije Les-

pwa ak Inite chaje abolotcho, woulibè, opòtinis, trafikan dwòg, kidnapè, asasen ki kondwi peyi a nan kawo l
jodia. Men tout rejim sa yo te gen moun « santibon » (KT) nan yo tou.

E pèsonn pap fè kwè Papadòk, Babydòk, Manigat, Titid, Soula Préval, Miki, Jojo, rive opouvwa nan
objektif kraze Ayiti, manman nou tout. Si w pa ipokrit, demagòg, fanatik ak patizan, wap dakò tout prezidan
ki dirije peyi a ant 1957-2021, pran wout kraze Ayiti plat.

Si w te ajan CIA, èske w tap dirije pou Ayiti? Si se patwon an ki dikte w siksesè w, èske l’ lap pran
desizyon nan enterè nachon an. Konklizyon: Duvalier yo kraze peyi a.

Si w dakò patwon w mete anbago sou peyi w e w siyen pou w tounen anba vant èg ak 23 mil solda
ameriken vin souye sòl Nasyonal la, èske w pa yon trèt pou memwa zansèt wou yo? Aristide vann peyi a.

Tanka pou Martely ak Moise se pwopriyete Kolon gang yo ki fè Ayiti tounan koloni depwi 23
janvye 2023, jou yo kreye Core Group.

Klas politik mòpyon an, zafeyis apatrid e inivèsitè zago loray bwase nan tout gouvènman ant 1991-
2021. E kriminèl sa yo ak Core Group fè Ayiti vin yon teritwa transnasyonal.

Core Group enpoze Ayiti Premye Minis Ariel Henry, nou tout bèkèkè. Akò-Dezakò-Sankò pou
kontinye malmennen Ayiti divize elit transnasyonal la pi rèd. Lespri ak men yo sal.

Diaspora menase kraze Akò Montana ki pa entegre yo. Fanmi lavalas denonse koken kap fèt
andedan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an. Tanka PEN ak Joe Lambert an dekonpozisyon.

Poutan, Kenneth Merten lougawou ap gouye andedan tout akò yo pandan Kolon Gang Core Group
la konnen akò 11 septann nan sera seta, zafè pa yo wa. Pouvwa, lajan rann nou avèg.

Ayitien toupatou, andedan tankou deyò, ki renmen Ayiti manman nou pase tèt nou map mande nou
sispann pran nan divèsyon New York Times ak Washington Post kreye tankou ta gen chirepit ant Matelis ak
Jovenelis. Se yon distraksyon pou yo vòlè eleksyon 2022 yo.

Se vre m epouze pwopozisyon doktè Jean Fils-Aimé fè nan liv li-a « Hayti, miroir d’une société en
décomposition avancée. Et si on recommençait! ». Kolon Gang lan pa pou yon solisyon aytyèn e malezeman
Ayitiyen pa kanpe dèyè pwopozisyon ki mande kanpe peyi a.

Nou pa dwe soti krab ak plan Core Group la ki vle Ariel Henri fè eleksyon 2022 yo. M menm
pwopoze konble vid prezidansyèl la ak lidè karismatik e transfòmasyonèl la Jean Bertrand Aristide poun pa
pran gòl amen. Twòp èn nan kè nou youn pou lòt. M se yon gwo viktim lavalas.

Nou rekonèt doktè Aristide pat yon sen, men ki dirijan men yo te pwòp. Li ka bay kout men nan
pasifikasyon ak rekonsilyasyon peyi a ki andedan yon kawo.

Si nou dakò se Aristide ki pou prezidan an tranzisyon an, popilasyon leve akonpaye l’ e plase l’ nan
Palè nasyonal, kolon gang yo ap pe. Nou pa gen tèt ansanm pou Ayiti.

Jodia nou rete yon sèl opsyon ki se patisipe nan elkesyon/seleksyon Core Group pral fè an 2022 yo.
Sèl yon mouvman lavalas 1990, prèske nou tout ladan l’ ka retire Ayiti nan kawo a.

Rele l’ jan nou vle « Mouvman Liberasyon Ayiti », « Operasyon Sove Ayiti », Konbit pou Konstwi
Ayiti », Ayiti bezwen yon mouvman lavalas tankou 1990.

Ayitien, fwa sa a, andedan tankou deyò, dwe kreye yon elit òganik (Gramsci), kote inivèsitè, òm
dafè e politisyen kap konpoze nouvèl elit sa a ap marye e soude ak mas yo poun bay Kolon Gang ak elit
transnasyonal la (inivèsitè aplavantris yo, zafeyis malpwòp yo ak politisyen kokorat yo) monnen pyès yo.

Nouvèl elit òganik sa-a mete lajan pwòp, savwafè ak bon jan militans pou n mache toupatou nan
peyi a, chwazi mèyè kandida yo pou n plebisite yo jou vot la nan tout seksyon kominal, nan tout komin, si-
konskripsyon ak depatman yo. Kolon ak konze yo ap tranble.

Nap refè revolisyon trankil 2021 an tankou mouvman lavalas 1990 la ki rete yon ane laj dò andedan
istwa peyi-a. Si nou te fèl an 1990 nou ka refèl an 2021. Sa nap tanm. Jafrikayiti m mande w kowodone
mouvman 2021 an. M responsab Gran Nò a.

Konpatriyòt toupatou, sila yo je yo kale, ki fè refòmataj sèvo yo nan sispann mouton ou brebi egare,
annou travay pou n reprann dwa grandèt nou. Ayiti se pou nou l ye. Loa Ginen te chevoche zansèt nou, poun
gen moso tè sa-a. Nou se vodou. Edito#54, janvye 2022

“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

« Inkoks » konsèp itilize pa P.M. Lubin pou
reponn a yon demand fè yon gwo deba...

Sou paj Facebook doktè Pierre M. Lubin nou li: nan yon liv dòktè Pierre Delima ekri ki titre:
« Lafrans pou Fransè. Etazini pou Etazinyen. Kanada « Apprendre et punir à l’école haïtienne : La violence
pou Kanadyen. FÒK Ayiti pou Ayisyen! » de l’école haïtienne ».
P.M. Lubin ekri yon sè: « Sissi, pa gen moun ki M anseye yon kou Edikasyon Konpare tou nou
fèt tou konnen ni tou konn kisa pou yo renmen; kidonk, te ka itilize dokiman w yo sou sistèm ameriken ak kana-
a yon gran degre, sa imen an konnen ak sa ke li renmen, dyen yo nan klas si sa pap deranjew dokiman w yo.
se rezilta travay ajan sosyalizasyon yo—notaman lekòl, Mèsi pou rafrechi memwa a dòk ».
medya, lafanmi, gouvènman ak enstitisyon relijye yo. P.M. Lubin reponn konsa: « Francisque, m ap
Kanta lekòl, kòm chèchè ann edikasyon entè- inbòks ou ». E sa pral anvlime deba.
nasyonal e konparativ, mwen gen òpòtinite pou m pase 3 Hugues Saint-fort reponn: « P.M. Lubin, ou pa
sistèm eskolarizasyon anba mikwoskòp. Twa (3) sistèm ta fè nou sa, non. Ou kapab reponn kanmarad la kòm sa
sa yo enkli sistèm eskolarizasyon ayisyen an (Lubin dwa an kreyòl, san ou pa di "inbòks". Pou ki sa ou fè
2001, 2004, 2017, 2018), sistèm eskolarizasyon kana- sa? Ou p ap defann lang non, lè ou pale kon sa. Yon
dyen an (2019) ak sistèm eskolarizasyon ameriken an Ayisyen ki pa konn angle p ap konprann sa w vle di ».
(2022 in press, MMP). Men sa mwen ak lòt kolèg tan- P.M. Lubin reponn: « Hugues, Petèt ou gen
kou doktè Roselor François jwenn nan rechèch nou yo: rezon, grandèt. An nou gad sa ansanm. Nan lane 2009,
sistèm eskolarizasyon kanadyen an ak ameriken an pa nan yon konferans kreyòl ki te fèt nan Bwouklin Kolèj,
pran chans. Sa vle di yo toutespre itilize kourikouloum 2 kreyolis pwa lou ki t ap prezante, Yves Dejean ak
fòmèl yo ak sitou kourikouloum kache yo pou yo andok- Hugues Saint Fort, te anseye m yon leson trè enpòtan:
trine elèv pou yo renmen lapatri. Nan ka Ayiti, se lekon- devlopman lang pa estatik, men se yon pwosesis di-
trè. Sistèm eskolarizasyon ayiti a, nan yon men, te kreye namik. Nan menm konferans lan ou (Hugues Saint Fort)
pou li fè sitou elit ayisyen an rayi tout sa ki Afriken / te ajoute : gen moun ki ap kritike w paske yo di w ap
Ayisyen e, nan lòt men an, fè elit ayisyen ann amou ak defann kreyòl an franse, men ou pa ba yo regle anyen
tout sa ki Ewopeyen / Fransè (Lubin & François, 2017). pou ou paske yo pa konprann wòl prensipal lang se fasi-
Te m pataje yon ti « sekrè polichinèl » avè w : lite kominikasyon. Mwen te soti nan konferans lan trè
Majorite ayisyen ki di yo renmen Ayiti—sitou elit ayi- zele epi depi jou sa a mwen pa janm gade dèyè. Sa vle
syen an—nan manti. Yo jis renmen (ou ta renmen) di depi lè sa a m ap travay pou m ede montre si Ayiti
konfòtab e kontinye jwi privilèj nan yon sosyete enjis vle edike elèv ayisyen tout bon vre, eskolarizasyon elèv
(Locher, 2010). ayisyen k ap viv ann Ayiti dwe fèt nan lang kreyòl
Si w bezwen konsilte oubyen egzamine nenpòt paske, nan yon sans Vygotsky (1934), se sèl lang ki ka
referans mwen mansyone awo a, ou va fè m konnen epi pèmèt bon jan echanj ant elèv ak elèv e ant elèv ak an-
mwen ap fè w jwenn yo, sè m. Respè ! » seyan (Lubin, 2018). Ki kote mwen soti pou m rive nan
Francisque Jean-Charles kontan, li reponn: mouvman kreyòl la ?
« P.M. Lubin m renmen kou edikasyon konpare sa-a dòk Mwen kite Ayiti depi m te tikatkat a laj 7 an.
Lubin e diferans ant de kourikoulòm yo. M aprann sa Ale nan paj 5

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau

Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

« Inkoks » konsèp itilize pa P.M. Lubin pou
reponn a yon demand fè yon gwo deba...

Lang manman m ak lang papa m se kreyòl ; nè ayisyen yon jou tou. (2) Yon lòt leson Hugues Saint
sepandan, lang primè mwen se angle. Se ladann mwen Fort te montre m : wòl prensipal lang se fasilite komini-
eskolarize, mwen anseye ak travay. Se li mwen itilize kasyon. Nan sans sa a, mwen ba w garanti mo « inbòks
plis, si w ta vle. Lanmou m pou Ayiti, pèp ayisyen ak » lan se meyè mo pou m te itilize lè m te itilize l la e
kilti ayisyen—fè mwen montre tèt mwen aprann li, ekri nan kontèks mwen te itilize l la. Se li kominikatè nan
ak panse nan lang kreyòl. Mwen pa ret la. kominote « Fesbouk » la plis itilize lè yo bezwen di ekri
Se konviksyon m sistèm eskolarizasyon ayi- m nan imèl « Fesbouk » mwen. Ou konprann ? Petèt
syen an dwe jwe yon wòl kle nan nenpòt chanjman serye mwen pa klè ase ; donk, m ap itilize yon ti anekdòt de
ki ap fèt ann Ayiti. Se sa k fè nan toulède metriz mwen yon ti leson mwen te aprann de yon lòt gwo towo kreyo-
fè nan Inivèsite Kolonmbya, mwen egzamine eta edi- lis.
kasyon, enstriksyon ak lidèchip ann Ayiti. Kesyon ab- Mwen t ap ekri yon atik ki gen pou wè ak «
sans enstriksyon nan lang kreyòl nan sitou « bon » lekòl devlopman » ann Ayiti epi mwen pat konn kòman pou
ann Ayiti yo parèt tèt li nan toulède etid yo. E se youn m tradui « Gini coefficient ». Mwen te mande Michel
nan kòz prensipal ki te fè mwen kontinye envestigasyon DeGraff kisa pou m fè nan ka sa a. Men sa li te di m : pa
m lan. ezite prete mo a depi w itilize nan bon kontèks ; se kon-
Envestigasyon m sou absans lang manman an sa nou ap arive bay kreyòl la jarèt. Alò, mwen te ekri «
nan lekòl ann Ayiti te kondui m Monreyal, kote mwen te koyefisyan jini ». Mwen pa janm bliye leson enpòtan sa
al fè yon doktora nan Inivèsite MaGil. Rechèch mwen a ; li te libere pouvwa ekspresif mwen ak kreyativite m.
an fèt sou teren an ann Ayiti. Li se yon etid « mixed Nan sans sa a, mwen pa p janm bouke remèsye Michel.
methods sequential exploratory ». Eskize m si mwen Mwen pa engra—men mwen pa kapon nonplis.
itilize angle pou m dekri etid mwen an. Malerezman, Finalman, m ap envite w pa kite yon ti branch
mwen pa konn yon diksyonè kreyòl ki rejistre ak defini bwa anpeche w wè yon forè ki chaje bèl pye bwa. Pi
mo rechèch sa yo. E kwè m si w vle, mwen gen aksè ak enpòtan, m ap tann kritik konstriktif grandèt Hugues
plizyè diksyonè kreyòl. Alaverite sa pa ta dwe yon Saint Fort sou tèz doktora m lan ki, daprè sa mwen kon-
pwoblèm. M a retounen sou sa anba a. Annatandan, men nen, se sèl etid « metòd miks sekansyèl eksploratwa » ki
sa ke mwen twouve ki se yon kokennchenn pwoblèm : fèt sou koze enstriksyon nan lang kreyòl jiska jodi a.
Mwen fè yon etid sou enstriksyon nan lang Leson w yo ak « fidbak » ou yo enpòtan pou mwen an-
kreyòl ki egzamine ak evalye done kantitativ ak kalita- pil. Se sa k fè mwen sere yo fon nan djakout mwen pou
tiv, etid la bay elèv ayisyen ak anseyan ayisyen vwa, lè m bezwen yo. Grandèt, mwen respekte pozisyon w,
mwen ofri 5 rekòmandasyon a Akademi Kreyòl Ayisyen men mwen pa dakò avè w.
(AKA) ki baze sou sa mwen jwenn nan etid epi mwen Hugues Saint-fort replike: « Dòk P.M. Lubin,
voye tèz la bay tout kreyolis ayisyen mwen konnen yo mèsi anpil pou repons ou an. Mwen kontan li agiman ou
depi nan lane 2018, enkli ou menm Hugues Saint fort. yo epi gen anpil bagay ou di nan repons ou an ke mwen
Jiskadat poko janm gen yon grenn kreyolis ayisyen ki dakò avè w. Anvan mwen ale pi lwen, kite m kouri di w
banm « fidbak » sou tèz la. Poko janm gen youn nan ke mwen pa janm resevwa maniskri tèz doktora ou an.
enstitisyon ayisyen ki di yo ap defann kreyòl ki janm Si m te resevwa li, mwen t ap li li epi mwen t ap voye
envite m pou prezante done m yo ak sa mwen jwenn nan kòmantè pou ou. Tanpri, fè m konnen ki lè ou te voye li
etid la. Ki kalite ipokrizy sa a ! pou mwen, epi sou ki adrès ou te voye li. Sou kesyon
Mwen panse se kalite ipokrizy sa yo ki fè lapo- mo "inbòks" la ou te itilize, epi repwòch mwen te fè w
lis lang ap veye tout titbèt pandan yo neglije ankouraje sou sa, men sa mwen vle di w: tout lang sou latè prete
bon jan rechèch ki ka bay lang la jarèt. Antouka…yo mo nan lòt lang li gen kontak ak yo. Lang kreyòl ayi-
dekouraje anpil Ayisyen tankou m ki elve aletranje syen an kontak etwa ak lang angle depi plis pase 50
rantre nan mouvman kreyòl la ak lòt mouvman pou lane. Se nòmal pou li prete mo nan lang angle. Men,
kwape enjistis ann Ayiti. Kwè m si w vle—mwen pa p youn nan prensip ke mwen toujou esplike etidyan m yo
dekouraje. lè mwen t ap anseye lengwistik, se ke prete mo nan yon
Ni mwen pa p pèdi somèy paske mwen itilize « inbòks » lòt lang, se yon bagay ki aseptab lè "lang sous" lan pa
pandan mwen ap ekri sou « Fesbouk ». Rezon an senp : genyen mo pa li pou esprime nouvo reyalite li bezwen
(1) Ou menm, Hugues Saint Fort, ak Pè Iv te anseye m esprime an. Lokitè yo pa bezwen prete mo nan lòt lang
lang pa konn kanpe anplas e lang kontinye ap nouri lang. lan, lè lang sous lan posede mo pa li osnon posede fason
Mwen konfime sa. Pa egzanp, mo « bling bling » lan, ki pa li pou esprime yon reyalite ki tou nèf. Se sa ki pase
se yon mo ki gen orijin li nan hip hop, nan diksyonè nan egzanp mo leksikal "inbòks" la. Mwen apresye an-
angle jodi a. Si “Fesbouk” poko rantre diksyonè ayisyen, pil, travay w ap fè sou refleksyon epistemolojik sou
li gen pou li rantre yon jou kanmèm. « Inbòks », ki se edikasyon ayisyen. Se yon refleksyon ki gen yon pakèt
yon jagon « Fesbouk », asireman li ap rantre nan diksyo- Al nan paj 06

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

« Inkoks » konsèp itilize pa P.M. Lubin pou
reponn a yon demand fè yon gwo deba...

enpòtans epi mwen ankouraje w pou kontinye li. P.M. Lubin kontinye pou l’ di : « Doktè
Mwen fèk resevwa mesaj prive ou voye ban mwen an. M Hugues Saint-fort, mwen apresye eksplikasyon ou
ap reponn ou an prive tou. Mwen apresye w anpil. Travay ofri a. Li gen merit li; sepandan, mwen kanpe tennfas
w ap fè a gen yon pakèt enpòtans. Kenbe fèm, Dòk P.M. sou pozisyon m lan ki se: lè yon lokitè ki fè pati ko-
Lubin. minote Fesbouk la ap di yon lòt lokitè l ap voye yon
P.M. Lubin replile: Doktè Hugues Saint-fort, mè- mesaj pou li nan imèl Fesbouk li, mwen kwè fason ki
si anpil. Mwen te voye tèz doktora m lan ba ou le 8 oktòb pi klè e dirèk se itilize mo "inbòks" la. Mo "imèl" la,
2018 a 7:33 di maten. Se te yon madi. Ann espri de fasilite mwen kwè, pi bon lè mesaj lokitè a ap voye se nan
kominikasyon ak lokitè ki fè pati kominote "Fesbouk" la, yon adrès elektwonik ki pa fè pati rezo Fesbouk la.
ki mo ou panse ki t ap pi bon olye "inbòks" ki se yon jagon Make mo m, dòk: Mo "inbòks" lan gen pou li rantre
"Fesbouk"? » nan diksyonè ayisyen yon jou kou jodi a menm jan
Hugues Saint-fort pa kanpe li deklare: « Dòk mwen predi mo "joumou" an gen pou li la fè pati
P.M. Lubin, li klè ke daprè tout detay ou site yo, ou te leksik lang angle ak lang franse--byenke plis pase
voye tèz doktora w la ban mwen. Mwen pral fè rechèch 90% mo kreyòl soti nan lang franse a selon Fattier
nan memwa òdinatè mwen an pou m ka jwenn li. Sou ke- (1998). Antouka, kòm dabitid, repons ou an ekipe ak
syon ou poze m lan: "ki mo mwen panse ki t ap pi bon kèlke lòt bon zouti. E m foure yo byen fon nan dja-
olye "inbòks" ki se yon jagon "Fesbouk""? Men repons kout Zaka a pou lè m bezwen yo. Mèsi anpil, gran-
mwen: Tou dabò, kite m transkri repons ou te bay kanma- dèt! »
rad FB ou t ap pale ak li a. Ou te ekri fraz sa a: "M ap in- Hugues Saint-fort reponn: « Dòk P.M. Lubin, yon lòt
bòks ou". Nan fraz sa a, mo "inbòks" la jwe wòl yon vèb fwa ankò, kite m di w ke mwen apresye repons ou an
paske li mache avèk yon "marqueur verbal" (verbal mar- ki pa gen okenn voye monte ladan li. Mèsi. Ou di ke
ker) ki se "ap" epi li genyen yon sijè ki se "M" (Mwen) epi "mo "inbòks" la gen pou li rantre nan diksyonè ayi-
yon konpleman ki se "ou". Mwen pa kwè n ap jwenn yon syen yon jou kou jodi a..."Mwen p ap demanti w sou
sèl mo kreyòl (yon inite leksikal) ki kapab ranplase mo sa. Men pou ki sa: wòl yon diksyonè, travay yon
"inbòks". Se sa ki fè ou menm (P.M. Lubin), ou te oblije leksikograf se anrejistre tout mo ke lokitè yo itilize lè
prete mo angle "inbòks" pou w di sa ou bezwen di an. y ap kominike, san yo pa bay jijman valè sou mo yo.
Men, se pa paske pa genyen yon mo leksikal kreyòl nan Otreman di, se dekri lizaj lang lan. Donk, si vin
kontèks sa a ki kapab di sa ou bezwen di an, ke lang kreyòl genyen anpil lokitè ayisyen ann Ayiti ki itilize mo
la pa kapab di sa ou menm (P.M. Lubin) vle esprime nan "inbòks" la lè y ap kominike, se ap toutafè nòmal ke
kontèks sa a. Ou ta kapab sèvi ak yon konstriksyon sentak- mo sa a antre nan yon diksyonè ayisyen. Sa mwen te
sik. Pa egzanp, ou ta kapab di : "M ap voye yon imèl pou vle montre nan repons mwen te voye pou ou an, se ke
ou" osnon "M ap imèl ou". Mo "imèl" la fin antre kounyè a nan kontèks nou t ap pale a, lang kreyòl nou an
nan abitid kominikasyon anpil pèp, byen ke Kebekwa yo genyen fason pa li ke yon lokitè ayisyen kapab di
(les Québécois) envante mo franse "courriel" pou ranplase menm lide a, san li pa bezwen prete mo nan lang
mo "e-mail". W a di m sa w panse de repons lan ». Ale nan paj 07

Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... 7

RIBRIK : Deba lengwistik

« Inkoks » konsèp itilize pa P.M. Lubin pou
reponn a yon demand fè yon gwo deba...

angle a, espesyalman si mo angle sa a poko antre nan ou non-entansyonèl, li retire nou sou ray vrè sijè yo ki
abitid lengwistik lokitè natif ayisyen yo. se: koripsyon, enjistis, kriminalite, eksplwatasyon,
Pwoblematik pi jeneral ki poze nan kesyon sa a, enjerans "kominote entènasyonal",
se: ki plas, ki wòl "prete mo" ("borrowing", ann angle; “neyokolonizasyon” ann Ayiti, pou m site jis sa yo.
"emprunt", an franse) genyen nan kesyon lang ki an kon- Mwen gen 3 manm nan odyans mwen an ki kontakte
tak, espesyalman lè gen youn nan lang sa yo ki an po- m awiklo pou yo di m ke yo ta renmen konvèsasyon an
zisyon domine, an fas yon retounen sou ray li—
lòt ki an pozisyon domi- paske peyi NOU an
nan. Ou te viv nan Mon- malad anpil anpil e
treal piske ou fè yon yo pa panse se meyè
doktora nan McGill. tan pou n rete sou
Donk, ou gen yon lide sou “inbòks” e ki lè mo
kesyon sa a avèk si- “joumou” an ap
tiyasyon lang franse an rantre nan leksik
fas lang angle nan Qué- franse ak angle an n
bec. Finalman, ou predi di tankou mo “zonbi”
ke mo "joumou" an gen nan tout “gwo
pou li fè pati leksik lang diksyonè” angle ak
angle ak lang franse. Bon, franse. Mwen dakò
sa a se yon gwo kesyon, avèk 3 endividi sa
Mwen ta renmen konnen yoyo. Mwen di yo
sou ki sa ou baze w pou fè Hugues Saint-Fort pa
yon prediksyon kon sa. yon detraktè e mwen
Jiska prezan, li ra anpil pwomèt yo m ap re-
pou jwenn mo kreyòl ayi- mennen konvèsasyon
syen ki fè pati diksyonè an sou ray la ankò, ki
Robert osnon diksyonè se: koripsyon, enjis-
Larousse; nan diksyonè tis, kriminalite,
angle yo, mwen pa o kouran ke genyen mo kreyòl ayi- eksplwatasyon, enjerans "kominote entènasyonal",
syen ki antre nan gwo diksyonè ameriken. Se vre ke “neyokolonizasyon” ann Ayiti, peyi NOU.
genyen kèk espresyon kreyòl ayisyen ki anplwaye nan Sepandan, sijè an eteresan. E mwen enterese
lizaj kèk Ameriken ki ap viv nan gwo vil tankou New nan li anpil anpil. Erezman, mwen abite Etazini ak
York oswa Boston oswa Miami, men mwen pa kwè Kanada e mwen fè vaevyen ant Nouyòk ak Monreyal;
leksikograf ameriken yo fè mo sa yo antre nan gwo kidonk, mwen ta byen renmen chita pou m fè yon ti
diksyonè ameriken, tankou Webster osnon "American echanj avè w sou sijè “prete mo” (“lexical borrowing”)
Heritage Dictionary". Mèsi zanmi m. An n kenbe kon- e, an jeneral, “educational transfer”, sa ke Gita Steiner-
tak ». Khamsi rele “borrowing educational goods”. Steiner-
P.M. Lubin: « Hugues Saint-fort, Ou rantre nan Khamsi se youn nan 3 sipèvizè tèz metriz mwen yo
yon gran forè ki gen anpil gwo tonton bwa, men ou chwa- nan Columbia University. Lòt 2 yo se Jo Anne
zi yon ti seriz ki rele "inbòks". Sa a se yon ka klasik de Kleifgen ak Warner Burke.
yon ekspresyon ann angle ki rele "cherry picking". Se Ale nan paj 09
chwa w. Sepandan, men rezilta chwa sa a: Entansyonèl

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Sa zòt panse...

Réflexion loufoque#982
Etazini lènmi mòtèl Ayiti

Gen Aytien ki di yo renmen Ayiti men yo refize M konprann depwi 2007, pwoblèm nan siste-
mik e se Etazini ki okontrol.
dakò Etazini se lènmi mòtèl Ayiti malgre pawòl la soti Core Group retounen nou Rene Preval an 2006
nan bouch pitit Gran Satan an. Nou dakò lènmi ofri gwo
privilèj a yon bann avadra yo mete nan tèt peyi a pou ede vinn vann ak likide tout enstitisyon leta yo
(55) atravè plan neyoliberal la ki pral koze
yo kraze l’. Salopri sa yo pa ka di non yo gen dosye sal. chomaj toupatou e fòse peyizan abandone tè
1804 kèk jou aprè pwoklamasyon endepandans Ayiti,
Prezidan ameriken Thomas Jefferson rasis ki te l’ vin pouse motosiklèt ak vann pèpè nan tout
lari nan peyi-a. Nou enpòte tou.
gen plantasyon esklav, plase ak yon fanm nwa e An 2011, Clinton yo enpoze chawony Joseph
fè pil pitit avèl enpoze yon anbago sou Ayiti pou
toufe endepandans lan ki dire
60 lane. M sal te deklare:
« konfine lapèz nan zile a e
izole l’ ». Nou pa ka fè komès
ak lòt peyi. Reparasyon souple
1914, marin amerikèn manu mili-
tari anvayi Ayiti, vòlè bon
trezò yo ($500.000) nan Bank
Repiblik Dayiti pou yo kontwi
Citibank nan New York. Nou
mande reparasyon.
Etazini asasinen Vilbrum Guil-
laume Sam pou anvayi Ayiti e
okipe l’ pandan 19 lane. Yo fè
palman vote yon pwotektora
ameriken, kraze lame endijèn
e monte jandameri an 1916. Depwi, Etazini jere Michel Martelly prezidan Dayti e Jovenel
Moise an 2016. Pandan di zan PKTK sa yo,
Ayiti a travè lame a ki se zouti yo pou kenbe Etazini chante antèman Ayiti. Coregroup/
Ayiti politikman enstab.
An 1990, Ayiti bay Etazini yon gwo kou nan vote Binuh federe gang pou bloke soulèvman nan
katye popilè yo. Kidnapping nan jeyopolitik.
Jean Bertrand Aristide men konze entèn yo site Madaam Janet Yellen, sekretè otrezò Ozetazi-
pi wo, touye rèv Ayiti 30 septann 1991 livre
Ayiti a trafik dwòg. ni, deklare nan Somè pou demokrasi: « Etazi-
ni, san pa gen dout, se mèyè kote pou n kache
An 1994, prezidan ameriken William J. Clinton achte e blanchi lajan sal se ».
Ayiti lajan kontan nan men Jean Bertrand Aris-
tide. 23.000 solda ameriken sou yon rezolisyon An plis, lajan rekonstriksyon peyia aprè
LONI souye teritwa Nasyonal, kraze lame a sou tranbleman late 2010 la (CIRH, $10.5 milya) nan men
e ranplase l’ pa lame wouj, dòmi nan bwa, ti W J. Clinton, Jean Max Bellerive ak Bank Mondyal.
manchèt, etc. Clinton rekonèt li kraze kilti rizikòl la an Ayiti. Repa-
An 2003, yo kreye Core Group (Etazini, Lafrans, rasyon e restitisyon pou Ayiti Etazini.
Kanada, Inyon ewopeyèn) pou « suspendre Finalman, New York Times nan yon ankèt
l’indépendance d’Hayti ». Yo chanje elit nasyo- vann nou Joseph Michel Martelly touye Jovenel Moi-
nal la an elit transnasyonal pou fè vanse ajennda se. Verite a patwon an di parenn touye fiyèl men
peyi titè yo. Ayiti retounen koloni yo. parenn pat konnen patwon an ta pral antrave l’. Nou
29 fevriye 2004, nan konplisite elit transnasyonal la wè Washington Post mande poukisa Martelly ponkò
(medya pwostitwe yo melanje ak jounalis ma- arete.
chann mikwo yo, zafeyis apatrid yo, politisyen Lènmi mòtèl Ayiti se Etazini li ye tonton.
kokorat-radotè yo e akademisyen aplavantris Sote ponpe konpatriyòt, se kolon gang yo k toufe Ayiti
yo), Core Group kidnape prezidan Aristide voye pou l’ pa janm dekole. Se yon konplo yo trame kont
l’an ekzil. peyi Papa Dessalines nan depwi 1804. Nou konsyan
M mande nachon an padon paske m te yon zonbi chaje konze andedan Ayiti yo itilize pou kraze Ayiti.
alyene ki konprann lènmi peyi a se te Aristide. Men yon jou tankou jodia, pitit Ayiti yo toupatou gen
pou reyedite Vètyè. RL#982, 28 desanm 2021

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Di saw vle...

« Inkoks » konsèp itilize pa P.M. Lubin pou
reponn a yon demand fè yon gwo deba...

Sepandan, sijè an eteresan. E mwen enterese te aprann mwen li nan konvèsasyon avèk li ; mwen re-
nan li anpil anpil. Erezman, mwen abite Etazini ak mèsye l pou sa.) Nan pwojè liv sa a, mwen envite Baba
Kanada e mwen fè vaevyen ant Nouyòk ak Monreyal; Yaw kòm ko-otè paske li se youn nan premye elèv Yves
kidonk, mwen ta byen renmen chita pou m fè yon ti « Pè Iv » Dejean lè Pè Iv t ap anseye nan Bank Street
echanj avè w sou sijè “prete mo” (“lexical borrowing”) College nan Nouyòk. Baba se yon min lò nan koze
e, an jeneral, “educational transfer”, sa ke Gita Steiner- istwa mouvman kreyòl la, sitou manifestasyon l nan
Khamsi rele “borrowing educational goods”. Steiner- peyi Ozetazini. Baba Yaw ap frape lontan sou pwojè a ;
Khamsi se youn nan 3 sipèvizè tèz metriz mwen yo nan se mwen ki anreta nan pati pa m lan. (Mwen eskize m,
Columbia University. Lòt 2 yo se Jo Anne Kleifgen ak Baba…men ou konprann…peyi n ap brile.)
Warner Burke. Lefèt ke mwen enterese anpil anpil nan
Mwen se yon nèg ki byen benyen. Mwen te gen “lexical borrowing” ak “code switching” e mwen vle
yon opòtinite pou plizyè gwo zotobre nan domèn leng- retounen sou ray gwo koze ki ap boulvèse peyi NOU,
wistik travay sou mwen ak pwodisyon ekri mwen— mwen lanse w yon envitasyon lakay mwen davans pou
notaman Arthur Spears, Jo Anne Kleifgen, Lise Winer, 15 janvye 2022. E mwen deja envite 2 lòt grandèt—
Caroline Riches, Beverly Baker. Kanta Michel DeGraff Baba Yaw ak Dtè Arthur Spears paske yo toulède ente-
menm se pa pale. Depi nan premye bouyon tèz la l ap rese nan sijè sa yo tou. Yo deja reponn y ap prezan
pote koreksyon. Imajine lè mwen te yon « doktoran » paske yo konnen pi gwo don Granmèt la fè mwen kado
mwen te gen yon opòtinite pou mwen menm kote, Ma- se kuit manje ayisyen. Te m tou di w davans mwen pa
tènwa, ak Michel pandan yon foul semèn epi m ap poze responsab si apre rankont lan ou rete ak 9 ou 8 dwèt
l tout kalite kesyon sou kreyòl. Èske w ka imajine sa sa olye 10. Lol ! Anpasan, youn nan bagay mwen fè anpil
vle di ? Pou Dtè Serge Madhere menm, mwen wont to- sèjousi se li tout tèz doktora mwen jwenn (ou ka jwenn)
wo sa a, si tèlman mwen ekri l pou m poze l tout kalite sou sijè kreyòl ak Vodou, 2 potomitan nan kilti ayisyen.
kesyon sou kreyòl ak anpil lòt sijè ki konsène peyi Mwen sitou enterese nan metodolji ak metòd chèchè yo
NOU. Anpasan, te m bay Dòk Madhere yon kredi byen itilize pou kolekte ak analize done yo. Nan sans sa a,
merite: youn nan rekòmandasyon mwen ofri Akademi mwen se yon malad pou rigè.
Kreyòl Ayisyen soti dirèkteman nan echanj mwen ak Finalman, m ap mande w yon gran sèvis. Kòm
dòk la. yon koutwazi—piske mwen voye disètasyon pa m lan
Mwen santi m beni. E pou m kontinye bay kon- ba ou e m ap re-voyel ba ou ankò—èske w te ka fè m
tribisyon m nan mouvman an, m ap “deteze” tèz doktora jwenn yon kopi tèz doktora pa w la, Dòk? Mèsi davans.
m lan ak 2 pwojè metriz mwen yo pou m konvèti yo an Francisque Jean-Charles konkli se sou demand
yon liv. (Mo “deteze” a se Frantz Voltaire, CIDIHCA, ki kopi tèz doktora doktè Hugues St-Fort deba a fèmen.

Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND

Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...

Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098

Twa etap pou efase yon pèp…

Doktè Cheikh Anta Diop ki pwouve syantifikman andedan Pòdepè. Se vre se toujou blakawout sou tout laliy
nan tèz doktoral nan peyi kolon Lafrans ekri: « Nosyon ras la men fèt Imakile, Nwèl jiska 2 janvye pa janm pase nan fè
jeyografik. Si Afriken premye abitan latè pa t deplase limnaite nwa.
tap rete omojèn e nwa ». Ponkò gen yon dekolore (blan) ki
vini ak yon antitèz. Okontrè paleyontològ (blan) Yves Kop- Se vre m sispann mouton, m pa fete fèt kolon yo
pens kowobore doktè Diop kote l ajoute: « Genyen yon sèl ankò. Se premye fwa Imakile e 24 desanm pase nan bla-
ras, ras nwa a ». kawout. Pòdepè malad nan koma. Site Kapwa bezwen san
nèf andedan administrasyon piblik yo.
Pi fò Ayitien refize fè dezaprantisaj pou l aprann e
reyaprann. M zonbi pantan 46 zan nan lavi m. M dezonbifye Mèt Andalasse Mertilus, m aprann nominasyon yo
depwi 2007 mèsi Norluck Dorange e dr Jean Fils-Aimé men sou Nòdwès sou kont ou. Silvouplè frè an m, depolitize pòs
pwosesis la long anpil. Men fò w pran konsyans w te manti, yo e mete men pwòp ak safwafè pou n rive a pouvwa fè a.
yo vann ou manti a, yo aprann ou yo lekòl ak legliz, de zouti Nome:
kolon gang rasis la itilize pou fè zonbifikasyon an.
Ralph Moreau, Maude Frederic e Myrlanta Majuste nan
Men 3 etap pou efase yon pèp site pa doktè Cheikh Lamèri Komin Pòdepè a;
Anta Diop: (1) Mèt entelèktyèl – w pa gen listwa, kilti, spi-
ritwalite. Tout se fòlklò. (2) Mèt moral – opresè-a deside tout Doktè Jilssaint François nan Sante Piblik e kenbe doktè
bagay pou wou. (3) Mèt fizik – jenosid (epistemisid Guilès St-Phard nan lopital Imakile a;
(destriksyon savwa local la), etnosid (destriksyon kilti a),
spiritwalisid (destriksyon spiritwalite a). Enjenyè Bermann L. Tulmé nan TPTC kap travay sou
sipèvizyon enjenyè Max G. Desrameaux ak yon
Wa vin joure. Radote anba pòs. Nou ba w ogmantasyon salaryal;
enfòmasyon pou ede w dezonbifye ak dezimanize tèt ou kon-
patriyòt. Edwige Mike Desrameaux, Direktè Depatmantal
Anviwonman;
Lènmi an se Core Group ak konze l yo (elit trans-
Oriol François, Direktè Depatmantal EDH
nasyonal la – zafeyis apatrid, akademisyen aplavantris, (Pwomosyon merite)
Exkize m wi tifrèm Andalasse si n aji vit, se pou
politisyen kokorat) kap toufe peyi nou an. RL#981, 28 de-
sanm 2021 konpetans nan plas militans anpeche site Valparezo nou an
pa kontinye viktim. Si pwopozisyon an deranje w, wa va
************************* padone nou.
Réflexion loufoque#976
Makaya nan blakawout Senk bwat sa yo ap travay ak yon Konsèy Pitit
Pòdepè pou amelyore bagay yo nan site a. Nou bouke
M fèt e grandi sou Papadòk, limyè 24/24. M kite plenyen, denonse. Otorite pa tande nou. Men pa kite bwat yo
peyim sou Babydòk an 1981, limyè 24/24. M pa janm konn de bwa balan.
blakawout sou rejim tiranik makout yo. Limyè 24/24.
20 tan deyò kay gran satan. M tounen obèkay sa gen 22 zan Se paske m konnen w renmen Pòdepè frè an m
kifè m pwopoze w ekip solid sa-a. Chwa yo pap anpeche w
senatè, map chèf kanpay la. RL#976, 24 desanm 2021

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang 11

RIBRIK : Sa zòt di...

Réflexion loufoque#986
Responsabilize PHTK sèlman sou zafè ban-

di/gang ame se jwèt koken

M pran kouraj mwen a de bwa pou m di zafè nou dwe tranble. » Kote gang Guy Philippe yo fè dep-
gang yo pa kòmanse ak PHTK men leta pèdi kontwol wi 2004?
gang yo nèt sou PHTK nan dis dènye ane yo. Demantim, Lavalas, sispann rale dra kouvri kò nou tan-
bann koken. kou men nou pwòp. Duvalier yo te gen kò gang pa yo,
Pwofesè Athena R. Kolbe nan inivèsité Caroline makout, men l’te esansyèlman politik. FADH, atache,
du Nord, ki kondwi rechèch teren yo an Ayiti, sou zafè zenglenndo te gen koulè politik. Lavalas chimè ak
gang ak gwoup ame yo deklare: « Leta fayi nan misyon PHTK gang federe se destabilizasyon peyi a pou pran
sèvi sitwayen yo, gang yo fasilman kreye e pran plas leta ou kenbe pouvwa-a. Kote chimè lavalas yo fè, gang
a. Gwoup ame yo gen yon gran enfliyans sou demokrasi- makour ak PHTK yo? Nou youn pa inosan.
a. Gen gang, milis prive, sendika kriminèl e gwoup poli- Pi fò Aytien mande konkou entènasyonal pou
tik ». Kiyès ki ame gang yo an Ayiti? fè yon lòt kanaj an Ayiti pou mete fen nan zafè gang
Olivier Djems ki pwodwi rechèch sou teritwa yo. Yo gen rezon. Se sila yo ki sanble avè yo ki viktim
vyolans lan nan peyi-a nan yon bat bouch ak Ayibopost ensekirite a tankou gen yon konplo pou efase tout pitit
explike Ayiti gen yon tradisyon gwoup ame. « Nou kon- Dessalines yo. Yo vle militè etranje vin touye gang yo
nen Jean-Jacques Acaau, Cacos ak Piquets yo ». Men nou pou nou pa konnen akonplis yo. Sa paka fèt. Sa pa dwe
dwe rapidman ajoute se te kont lènmi yo. fèt. Tout koupab dwe peye pou krim sa a kont Ayiti.
M wè pi fò lavalas ap pran pòz tankou men yo Mwen m pwopoze plito yon Somè sou seki-
pwòp nan zafè gang nan peyi a. Jwèt koken. David Beck- rite nachon an kote gen yon rasanbleman tout ansyen
er ki te travay pou USAID kòm expè sou kesyon sekirite DG lapolis yo, ansyen militè wo grade yo, ansyen mi-
an Ayiti e non l’ site nan yon atik National Defense Uni- nis defans ou enteryè yo, ansyen prezidan, premye
versity deklare: « Aristide te founi bon kou zam a yon minis ak minis jistis yo pou n eradike mal sa-a. Militè
bann jèn an echanj pou sipò yo » nan kore pouvwa lava- Ayitiano-ameriken yo ka bay Ayiti yon kout men nan
las la. Lavalas, achiv yo la. rezoud ensekirite a. Sa n’ panse.
Atik la ajoute tou, m pa nan pati pri se pou Ayiti Somè-a dwe entegre tout gang yo atravè peyi-
m ye: Aprè depa « Titid », chase pa gwoup ame, asayan a pou yo mande yo depoze zam yo pandan tout fwon-
(Guy Philippe yo), gang yo enplike nan anpil krim, e yo tyè yo ap sele pou zam ak minisyon pa rantre nan peyia
kontwole e enfliyanse zòn yo ». -a. Nou ka fèl e nou dwe fèl.
Oliver Djems panse pi fò chimè (Aristide) Kolonèl Himmler Rébu pou rezoud ensekirite
ane 2000 yo rekonvèti nan gang. « Listwa gang nan Pòto- a pasifikman pwopoze pou gouvènman Ariel Henry
prens li explike, se yon transfòmasyon k soti nan zen- kreye yon « Collège national de sécurité » pou pasifye
glendos (Prosper Avril-Michel François) an chimè teren an.
(Aristide), ki depwi 2011 gangsterize (Martelly) ». Ansyen sekretè deta pou sekirite piblik la kwè
Si Leta ayitien pa rive sekirize peyi a jous jou- banditis lan ka rezoud san « entèvansyon gwo ponyèt
nen jodia, Athena Kolbe fè sonje nou pa ka bliye jefò fòs lòd yo nan zòn kontrole pa endividi ame yo ». Li
prezidan Jean Bertrand Aristide nan kanpay zewo tole- ajoute tou gen strateji ak taktik yo ka itilize pou soli-
rans li te mennen, li menm tou akize nan ame chimè. syione pwoblèm nan pasifikman. Poukisa yo vle militè
Kòman bliye fraz selèb sa-a: « Je veux et je peux ». etranje?
Politik zewo tolerans lan lanse kèk mwa nan Annou konpatriyòt andedan peyi-a tankou
dezyèm manda Aristide konteste a an 2001 ta pral kondwi deyò mete tèt ansanm pou n rezoud pwoblèm peyi nou
a anpil vyolans: « yo lenche ak boule vif prezime bandi olye nou bay etranje sitou militè etranje rasis vinn
toupatou pou lajan ». reyedite kanaj Site solèy la. Sèl jan poun konnen tout
Core Gang nan kidnape Aristide an 2004 pote yon nouvèl malandren ki te ame ak finanse gang yo. RL#986, 30
fòm ensekirite: kidnapin pou lajan. Minustah an 2006 fè desanm 2021
yon kanaj andedan site solèy menm nourison pat epaye.
Athena Kolbe fè n sonje: « Gang yo ap opere
konsa Ayiti depwi 1980. Te toujou gen alyans fòmèl ak
enfòmèl nan mitan yo. An 2002 an 2003, te gen alyans
ant gang, rebèl ak milis ki te vle ranvèse Aristide, Men lè
gang yo pi motive nan krim pase politik konbine fòs yo,

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version