The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2023-07-13 07:54:44

Kreyolofoni#72.pub

Kreyolofoni#72.pub

Èske Pétion se prensipal asasen Dessalines? Sponsorisé par KREYOLOFONI LANE VI, NIMEWO 072 JIYÈ 2023 CHAK MWA ANDEDAN KREYOLOFONI 1.– Se tout mond la relijyon destabilize, sitou Ayiti kote idantite kiltirèl detwi p.06 2.– Pataj eritaj koloni Sendomeng nan ponkò janm fèt, tout tè yo se kreyòl yo k ap jwi yo… p. 09 Pa Bliye Pèsonn pa ka repwodwi atik jounal sa a san otorizasyon redaksyon an Redaksyon an pap publiye atik san non san adrès NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID TAP TAP MULTISERVICES TOY SHOP PLUS BOTANIKA PLANET FM 100. FM STEREYO


2 Edite ak Enprime pa KREYOLOFONI 38 48 58 90 KREYOLOFONI Fonde 12 avril 2017 par Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles Propriyetè : KREYOLOFONI Depo Legal : ISBN PDG : Pierre Richard Osias Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles Administratè : Relasyon Publik : Trezorye : Redaksion : Publisite : Rubrik Spò : Rubrik Kultu : Dieunou Maurice Fotografi : Wilgens Devilas Grafis : Ebens Pierre Teknisyen-Enprimè : Mesaje : Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie 59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti E-mail : [email protected] Telefòn : (509) 3848/5890 Email :[email protected] Website : www.lenovateur.webnode.com KONBIT NORD-OUEST POUR UNE NOUVELLE HAYTI (KNONH) Parti Politique Régional & Moderne Faites-vous membre pour le désenclavement et le dévéloppement du Nord-Ouest. Appelez aux # 36 53 65 84 38 48 58 90 Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo... SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN


3 Pataj eritaj koloni Sendomeng lan ponkò janm fèt, tout tè yo se kreyòl yo k ap jwi yo Istoryen Michel Soukar nan lansman nouvo liv li titre: « Acau : Que ta mort ne te tue pas » detere rach lagè a lèl deklare sou radio Magik9: « pwojè Dessalines-Pétion an aprè endepandans lan pat vize konstwi yon peyi pou tout moun, men pou yo (kreyòl yo). Se nan goumen pou tè, Dessalines premye viktim nan ». Manti, Papa Dessalines mouri paske li te vle tout pitit nachon an benefisye richès ansyèn koloni an ki se te tè. Deklarasyon sa-a vide lwil sou dife ki pa janm etenn depwwi lasasinan papa nachon an JeanJaques Dessalines pou refòm agrè 17 oktòb 1806. 2 janvye 1804, aprè pwoklamasyon endepandans lan, gouvènè jeneral avi a Jen-Jacques Dessalines, pran yon dekrè pou l rapatriye tout pwopriyete kolon yon ki se « tè » yo nan domèn leta. Pou kreyòl yo (nouvèl oligachi a plantasyonè a) nan nouvèl Ayiti a: « La terre est à nous ; donc les richesses sont à nous ». Mas yo (Bosal yo ou Danda yo ki soti an Afrik), plis pase 90% popilasyon an, pa gen dwa a riches sa yo, yo la, pou kontinye travay latè oprofi nouvèl oligachi a. Politik agrè Papa Dessalines lan, ekri istoryen Thomas Madiou (1989), fè plim leve sou do tout komandan militè yo, sitou sila yo ki nan Lwès ak Sid yo. Subitman Dessalines dekouvri lènmi yo toupatou e l te di: « Nous avons fait la guerre pour les autres ; avant notre prise d’armes contre Leclerc, les hommes de couleur, fils de blancs ne recueillaient point les successions de leurs pères ; comment se fait-il, depuis que nous avons chassé les colons, que leurs enfants réclament leurs biens ? Les Noirs dont les pères sont en Afrrique n’auront donc rien ? Prenez garde à vous, Nègres et mulâtres, nous avons tous combattu contre les blancs ; les biens que nous avons acquis en versant notre sang, apartiennent à nous tous ; j’entends qu’ils soient partagés avec équité ! » Yon Dessalines, an bon papa nachon an, ki poze yon kesyon kadinal: Qui défend les masses (bosal afriken yo) e pwone yon politik jistis sosyal, youn nan 5 ax Idéal Dessalinien yo. Istoryen Michel Soukar fè yon enjistis a Papa Dessalines e souflete tout bosal k ap goumen pou separasyon richès peyi-a fèt. Dessalinien nan tout zantray mwen, m rekonèt papa Dessalines pat ni sen ni demon, tirani ak movèz gouvènans pral brize inyon an. Medyatè sosyal ak kiltirèl Yvon Charles (2021) pataje kèk akizasyon, denonsyasyon ak entrig: (1) nasyonalizasyon tè yo; (2) verifikasyon tit pwopriyete yo; (3) kontwòl dirèk Dessalines te ekzèse sou komès exteryè a; li pat kreye yon noblès ki te atire l anpil lènmi; kaporalis agrè susite mekontantman jeneral nan mitan tout nwa yo: chwa piti li Jacques Dessalines pou ranplase l te pouse kèk jeneral tankou Henri Christophe rantre nan kan konspiratè yo. Bann jistifikasyon ki montre lanmò Papa Dessalines te soti nan tout kouch sosyal. Istoryen Alan Louis Hall (2021) denonse men envizib prezidan Thomas Jefferson nan lanmò anperè a. Hall ekri: « Comment expliquer que des journaux américains annoncent déjà vers la fin de 1805 la mort imminente de Dessalines ? » Yvon Charles rive a konklizyon ki pi kòrèk la sou leadership Papa Dessalines, li ekri: « On peut certes reprocher à Dessalines son radicalisme, certains aspects de la gouvernance et son penchant à réprimer dans le sang tous ceux qui s’opposaient à lui. Mais peut-on lui en vouloir d’avoir utilisé les faibles ressources économiques de la nation haytienne dans la construction de forteresses pour la défense de son pays ? Doit-on le condamner d’avoir opté pour le renforcement endogène de son pays et d’avoir priorisé les intérêts supérieurs d’Hayti au détriment des appétits individuels ? » Doktè Jean Fils-Aimé move kon kong kont betiz istoryen Michel Soukar vomi sou Papa Dessalines lan. Li di nan emisyon « Lumière sur le Monde »: « On n’a pas le droit de cracher sur Dessalines. Les intellectuels doivent enseigner plutôt l’amour des ancêtres. Les chinois ne diront rien de Mao parce qu’il avait fait ce qu’il fallait. Pour Emmanuel Macron, l’assassin Napoléon Bonaparte est le fondateur de la France moderne. Avez-vous entendu des critiques émanant des intellectuels américians dont leurs pères fondateurs ont assassiné plus de 100 millions d’autochtones, des pans d’histoire qui racontent les lois de Jim Crow ? ». Hayti, poursuit-il, a grand besoin des bâtisseurs d’identité et de fierté et non des producteurs de pensée indignes de cet héritage qui veulent détruire notre histoire. Honte à vous, espèces de traitres ! Vomi istoryen Soukar a sou eritaj papa nachon an se yon opònite pou « minorite zwit zwit » bosal yo ki kenbe diyite nou e ki echape a demounizasyon an malgre tout voksal 219 dènye ane yo pou « nou pran pouvwa politik e pou n jere l nan wotè ideyal zansèt yo ». Nou fout kapab e nou fout dwe fè l oplivit pou pataj richès nachon an fèt. Edito mwa jiyè 2023 “Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay EDITORYAL LA KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU


4 Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti PDG Ralph Moreau Tel : 3154-0909/4250-4949 Captez la radio en ligne : www. [email protected] Kay papa espirityel ki te sakre m houngan an 2011, Papa Guendehoun nan katye Vèdokò, nan Cotonou, Benin, chez la kouvri depi Vandredi 30 Jen 2023. Tout lòt seremoni ki te konn abitye fèt yo toujou fèt menm man parèyman, san anyen pa deranje. Tout Sèvitè ak pitit kay la toujou salye chez la tankou papa Guendehoun te la. Ala bèl bagay lè se regleman ki konte, se regleman ki respekte. Depi lè m te koumanse frekante Lakou sa a an 2007, Papa Guendehoun te toujou mete kanpe akote l pitit li Abondji, yon pitit gason pami 32 lót pitit li genyen. Se pa Abondji ki pi gran, men se li ki te chwazi. Mwen vin jwenn Lakou a konsa, mwen pat konnen kijan chwa Abondji a te fèt. Se Abondji ki te deja koumanse pran chaj Lakou a depi kò papa Guendehoun te koumanse ap rale bak jouk li antre nan peyi Zansèt yo. Pa gen okenn eritye ki pral goumen pou di se yo ki dwe dirije Lakou a pou tel ou tel rezon. Tout moun antre nan lè ran. Abondji pran grad papa l Hounongan. Mwen te konn dogwe pou papa l. Li pa ka jwenn dogwe nan men m. Se frè l mwen ye. Se papa l ki te banm lamen pou mete leve m mete m chita sou chez la. Mwen te gen tan konfyans kay la, nan pwen yon lè papa te fè m chita manje nan menm asyèt avè l. Aloske m pa ka dogwe pou Abondji, pitit san Abondji dogwe pou mwen, paske m se pitit papa Guendehoun, frè Abondji. 11 jyè 2023 Okipe moun k'ap regle zafè politik yo fè nou fè tenten tande. Lajistis peyi a pa ka konvoke Laurent Lamothe. Se pa paske lajistis peyi a fèb, men se paske lalwa pa prevwa yo rele yon ansyen premye minis ki se yon komi leta konsa konsa pou'l vin bay eksplikasyon sou lajan ke'l depanse an byen ou an mal nan peyi a. Etazini pran sanksyon kont Laurent Lamothe, sa pa angaje lajis peyi a, dayè menm etazini pa menm ka jistifye sanksyon lap bay pasi pa la yo, sinon ke se yon mwayen presyon pou afebli evantyèl kandida oswa finansè pwochen eleksyon yo Pou lajistis peyi a rele Lamothe fòk CSCCA delivre yon rapò ki di ke li bay Lamothe yon arè de debè pou depans li mal fè nan peyi a lè'l te PM. Eske nou okouran ke CSCCA delivre yon dokiman konsa deja? Tout rès sa ki pral fèt yo, yo ka gen rapò de fòs men y'ap fèt dèyè do lalwa. Donk si nou vle franchi pa dèyè lalwa a ADELANTE. Men si nou vle tann lalwa, jiskaske CSCCA delivre rapò li a, Laurent Lamothe ENTOUCHAB Mwen responsab tout sam'poste Herby Woolff Mortimer Anba Mapou Vodoun a Lè yon chef Lakou Vodoun mouri nan Bénin, yo pran chèz li konn chita a, yo kouvri l ak yon twal Blan, ak tout baton kòmandman l sou chez la, pou jouk yon lòt chef enstale. Norluck Dorange MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab... E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO Se dènye fwa m'ap foure bouch mwen nan koze politik peyi a...


5 Réflexion loufoque#1182 Pwoblèm Ayiti se diri ak pwa Si leta dayiti te garanti diyite chak sitwayen depwi nesans, Ayiti tap yon gran peyi. Sèl Papa Dessalines nan Ideyal Desalinyen te poze pwoblèm mas yo e te pwone jistis sosyal. Konstitisyon 1987 la nan atik 22 fè ekzijans pou tout sitwayen gen kay, jwenn manje, lekòl ak laswenyay gratis. Pa gen yon dirijan kip ase ki menm tante aplike atik sa a. Chak dirijan ap chache diri ak pwa tan yo grangou. Elit entelektyèl, ekonomik ak politisyen, tout ap goumen pou sovtaj endividyèl, pa gen lespri kolektif pou gen anyen ki fèt pou mas yo depwi nesans peyi a. Tout richès nan men kreyòl, bosal yo pa eritye, yo pat Vètyè nan bose fès lame ewopeyen an, Lafrans. Lè bosal rive anwo, lii gen pouvwa ak lajan, pwoblèm diri ak pwa l rezoud, li vin kreyòl-milat. Se Bill Clinton, patwon elit malpwòp, apatrid e transnasyonal la, ki di nou depwi pase trantan, « elit ki pi repignan » ki genyen sou latè. Jodia, Ayiti, manman nou bezwen yon elit nasyonal òganik ki soude e lye ak mas yo. François Duvalier alias Papadoc, diktatè, tiran, se vre, men li te gen rezon lè l di: « Les hommes qui font la révolution doivent toujours exercer un véritable magnétisme sur les masses afin qu’eux-mêmes et les masses puissent aller victorieusement vers l’avant de conquête en conquête ». Mas ak elit la se yon sèl, mache men nan men, nan pouvwa politik e ekonomik, pou n devlope peyi n nan pwodiksyon richès nasyonal, rezoud pwoblèm diri ak pwa nan garanti dignite atravè jistis sosyal. Restore mounite ak imanite nou ap replase nou nan wotè listwa nou. RL#1182, 28 jen 2023 Réflexion loufoque#1181 Nou tout Aytien, se frè ak sè, men demounizasyon an fè nou renmen zòt pase parèy nou yo Se chak jou, frè ak sè nou yo ap fwi manman nou Ayiti pou grangou, mizè, ensekirite elatriye pou yal nan yon Eldorado, sa doktè Jean Fils-Aimé rele « partout-ville ». Anpil nan yo bato koule avè yo, bèt devore yo nan forè, epwizman mennen yo anba tè, men nou pa tande prèske pèsonn plenyen sou sa, menm denonse sa. M menm anvi di nou asepte yo mouri nan pye travay yo, yo rekòlte sa yo seme. Sa fè mal anpil, demounizasyon an, dezimanizasyon an, zonbifikasyon an, k fè politisyen, zaferis ak akademisyen yo ap batay pou diri ak pwa olye yo batay pou yon Ayiti k ap bon pou nou tout. Feu Hugo Chavez di nou ki sa nou ye : «…des anges noirs vivant dans un pays paradisiaque transformé en enfer par les impérialistes américains… » Mond lan ap kriye, rele anmwe, pou 5 milyonè ki desann anba lanmè al gade ki sa yo ka jwenn pou yo vinn pi rich, zonbi Titanic yo manje yo. 750 refijye bato te koule avè yo an wout pou Itali, pat moun yo menm. Nou jwenn menm Ayitien k ap di w yo te desann anba lanmè a al chache pou limanite. Nou serye. Tout sa Loksidan posede, se nan vòlè. Antouka, frè ak sè m yo, annou tounen renmen youn lòt, li fasil. Annou travay ansanm pou peyi nou, men nou p ap fè yon pa kita yon pa nago tout otan nou pa netwaye peyi a ak pil salopri elit malpwòp san koucha transnasyonal sa yo k ap batay pou toufe mas yo. RL#1181, 26 jen 2023 Réflexion loufoque#1179 Kanada vle fè RD mete pye sou kou Ayiti anvan aneksyon an Pa gen yon politisyen anndan klas politik tradisyonèl transnasyonal la ki denonse Kanada ki deside kowòdone lèd entènasyonal pou PNH an Ayiti men minis zafè etranjè peyi Kanada a Melanie Jolly deside louvri yon biwo a an Repiblik Dominikèn. Kanada finalman jwenn opòtinite pou l fè Repiblik Dominikèn mete pye sou kou Ayiti pou jous yo rive fè aneksyon an, plan machyavelik Etazini genyen depwi prezidan John Adams, 2e prezidan ameriken, ki te bay gwo kout men nan zafè materièl lagè a Louverture et Dessalines pou yo te fè lendepandans lan anba men esklavajismasisi Napoléon Bonaparte. RL#1179, 16 juin 2023 IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI... LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... Réflexion Loufoque


6 Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec “LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI” TOUT SE ASOSASYON MALFWA Dany Nemorin Zafè ensekirite Nan peyi Dayiti se tankou yon tchaka ki gen anpil gwoup moun ladann. Moun lajan ap jere jounalis ak bandi. Leta ap jere jounalis ak bandi. Leta ap bay legliz franchiz pou antre zam ak boulet nan peyi a. Lajistis ap resevwa kado pou l libere bandi. Ti machann nan lari ap fè antèn. Ougan ap bay minis ak bandi pwoteksyon pou yo pa pran bal. Kandida Senatè ak Depite ap onore bandi ak OP nan ghetto yo avèk galil pou jere eleksyon. Pwofesè kontwole bouch li devan elèv yo. Polis ap resevwa kado pou fè dezòd. Moun k ap travay nan bwat leta ap mande kliyan fè ti jès pou sèvis la. Gadyen k ap veye kay la pou Dyaspora piye l ak èd polis la ak notè a. Manman Papa libere timoun yo pou l fè tout kalite bwas pou l pote yon bistek Lakay la. Entènasyonal ap ankouraje politisyen ak bandi pou fè mennaj pou bazoudi pèp la. Tèt chaje……………………………….,…., SE TOUT MOND LAN RELIJYON DESTABILIZE, SITOU HAYTI, KOTE IDANTITE KILTIRÈL YO DETRUI Li klè nan tèt mwen, ni #Krisyanism, ni #Islam, se pa senp relijyon. Se plis yon sivilizasyon, ki malerezman pa konpatib ak idantite Hayti. Nan sans sa, m panse nenpòt haytien ka chwazi relijyon l vle (kretyen, mizilman), men sa dwe rete yon afè prive / entim. Pa yon afè piblik, ni « deta ». NB : Pa kouri kòmante si w poko li Labib ak Coran de A a Z. M sonje m te pran anviwon 7 mwa pou m li Labib (Jenèz 1:1 rive nan Apokalips 22:21) an fransè, m te vin re li l yon dezyèm fwa an kreyòl pandan 5 mwa. M te pran anviwon 2 mwa pou m te li Koran an fransè, soti nan Sourat 1 : pwològ pou rive nan Sourat 114:6. #SkasonBaptiste 11 jiyè 2023 Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ? KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531 SE TOUT MOND LAN RELIJYON DESTABILIZE, SITOU HAYTI, KOTE IDANTITE KILTIRÈL YO DETRUI


7 ...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... RIBRIK : Sa zòt di... 27 jiyè 2023 Jean Berthony C. Nan lane 1986, apre anpil leve kanpe, anpil manif, anpil kraze brize enben batay final la t ap pral fèt jou 3 ti elèv lekòl Gonayiv yo t ap pral jwenn lanmò yo. ( Makenson MICHEL, Daniel ISRAEL ak Jean Robert CIUS) Makout yo te fizye ti mesye sa yo yon fason trajik. Mwen pat la, men listwa rapòte gen yon nan ti mesye yo ki kouri antre nan yon twou twalèt lè li wè malfrat yo, ak tout li antre nan twou twalèt la tigres sans entrailles yo vide bal sou li nan twou a epi touye l la. Brèf Maten an, m ap tande yon medsen k ap esplike kijan yo, moun yo rele bandi yo pran lavi madanm li. Yon lanmò ki sanble ak lanmò yon nan ti mesye Gonayiv yo. Lè m ap tande nouvèl sa a, mw di men gen yon pwoblèm nan sosyete a. Yo jwenn Eveline sou yon pil fatra, anpill leve kanpe nan yon jou apre tout bagay 10*4 Yo rache kèk polisye mete nan bouwèt tankou kochon ki pral fè griyo sou plaj Jele, anpill pale anpil nan demzn lavi reprann pi bèl. Yo pete fyèl doktè Markindy pandan l ap eseye sove anba men kidnapè yo, anpill leve kanpe, rezo sosyal yo bloke nan demen tout moun poulòp nan aktivite yo. Pi pre nou la, n ap gade yon video kote moub yo rele bandi yo touye yon polisye andedan yon legliz, ale ak kò li nan baz yo, koupe 2 men li epi mete zam sou vant li. Kèk kout plenyen men lavi kontinye pou pi bèl. Mwen pa konstate kote yo te bezwen mennen nou an, yo rive ak nou la. Yo just ap ajoute kèk ti bagay ko te manke. Yo fè nou abitye ak lanmò chokan yo, yo fè nou abitye ak ht gaz atè, yo fè nou abitye ak kidnaping, yo fè nou abiye ak pagen dlo, kouran, yo fè nou abitye ak grangou, yo tèlman sadik yo fè nou konprann kite peyi nou al viv lòt kote se meyè opsyon an. Pèp Ayisyen rive nan yon pozisyon la a se sa a pata espere a pou w espere de li. Bagay la mèt pabon pou majorite a depi yon ti minorite ap benefisyel se just kote l woule. Je persite et ke signe, se koze chak koukouy klere pou je li a k ap fini ak nou, sa chak koukouy pa konnen si nou te kole tet ansanm nou t ap pi klere konsa nou t ap ka wè enemi an pi byen. Dèfwa mw pèdi espwa paske mwen wè gen ase bagay ki pase menm jan ak 1986 e menm pi mal pou Ayisyen ta chavire chodyè a men yo kanpe ak konstate anviwon 20 grenn moun ap fè lang yo soti nan nen yo. Se domaj. Antouka ! Still, Poupouch Pouchon, Youn nan nou. Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond... Nou pa moun ankò !!! Bayyinah Bello Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF) FONDASYON FELICITEE (509) 22 48 22 38; 29 40 08 69 sitweb: fondasyonfelicitee.com Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou. Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!


8 Anpil moun panse se (Petion) ki moute asasina Jan Jak Desalin nan nou tronpe m fè poste sa pou Komandan Teddy Ofisyèl. Petion fè pati moun ki touye Desalin men li pa prensipal asasen Desalin Poukisa? Pa bliye Desalin etanke yon ancien esclave brize, detri yon òd mondyal kite pi kriyèl nan monde la, Desalin te Kanpe anfas Religion kite baz esclavagiste la. 1) aprè Desalin fin libere pèp la li te kanpe poul di nou oze libre ak pròp tèt nou san pèsòn pa ede nou dezòmè terre sa lib e libè nenpòt moun ki esklav ki pile terre sa ou libre ou pa esclave ankò la fòw poze kesyon ?? Pa bliye économie oksidan te repoze sou esclavage Desalin menase intérêt le monde spécialement nos anciens bourreaux? Tout nèg nwa ap chèchè konnen kote ki rele Hayti a sa pa jwèt. 2) Desalin te Kanpe anfas religion kise baz esclavagiste la li di religion pagen dwa domine terre sa li entèdi sa la fòw réfléchir paske se la yo andomi tout nèg nwè yo. Desalin pa Kanpe Li pral mande achte tout nèg nwa Kite nan esclave pou Vini an Hayti intérêt loksidan menase tout bon, aprè li fin fè sa Li Kanpe li di dezòmè la pa yon république là son Empire Li moute Okap lal distribuée territoire a le 28 juillet 1805 li di Hayti pagen fontyè ak kenn pays tout zile a fè pati de Hayti. Aprè tout menas Desalin reprezante pou sistèm kriminèl siw vle al fè recherche amerik la libere sou presyon Desalin el te voye lèt bay Angleterre poul Kite kontinan se sak fè Brésil ka libre jodi a la fòk Nèg yo fon plan Yo moute yon konplo aprè yo tande Desalin moute yon l’armée pou al libere tout pays ki gen esclave ladanl sitou an afrik Pa bliye Li lib e libè Malrezman nèg yo penetre yo antre epi jwenn vid yo Touyel Petion pa prensipal asasen an Li fè pati de konplo a touswit yo touyel. Desalin te di la libre et Libère ebyen yo koupe ideyoloji sa. Desalin te di religion pap pile terre sa 2 ans aprè la mort Desalin l’église kanpe flat nan constitution petion an. Yo pa vle oken nwa Desalin te di Li pral achte yo pile terre a. Desalin te di là son Empire yo krazel se sak fè yo separe terre a epi vin gen pays ki rele république Dominicaine nan men ki pa egziste paske se provens Hayti Li ye. Al Gade distribution territoriale Jan Jak Desalin nan le 28 juillet 1805 kite divize tout île la an 6 divisions militaire wap wè Sam di a. Lè nap fè pays fòk nou tradi Usa , France Angleterre la jistis non selman pou terre a epi prensipal asasen Desalin nan paske Desalin te menase ekonomi le monde kite baze sou l’esclavage. M swete nou al fè recherche Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa... “PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA Èske Petion se prensipal asasen Desalin? RIBRIK : Sa zòt panse...


9 Saint-Michel BOTANIKA 30, Ru Defile, PòdePè, Ayiti Telefòn: 3848 5890 Francisque Jean-Charles Gen anpil bagay mwen ak ou Pat wè je pou je Mwen te konn ap pouse w Pou fè plis pou lakay Gen moun ki te konn joure Paske pou yo li te two bonè Pou m arive ap mande Men w te konn sa w tap fè Ou te konnen ki batay Ou tape mennen Nan Vivan m pat salye w Nan lanmo w m retire chapo m Pou m ba w respè ke w merite Ou dwe chita pami gran yo Ou pat gen kouraj militè Men w pat pè batay pou pèp Ou rive menm peye l ak vi w Prezidan Jovnèl chapo ba pou ou Ou se yon vrèman ki tap defann pèp San yo pa konnen ou montre pèp la Kiyès ki se vrè ènmi li yo Ou te gen kouraj yon elefan Nan yon ti ko kabrit Fanmi w dwe fyè paske yo te genyen Pèp ayisyen an dwe fyè paske w te lidè yo ènmi yo dwe pè paske je pèp la louvri Tout manti devwale Tout blofè toutouni Wi yo touye w Paske w ta travay pou mas la Yo touye w Paske w te prezante yon danje pou yo Yo touye w Men batay la fenk komanse Nèg Pwovèb La Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou... NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON RIBRIK : Di saw vle... Map Salye Prezidan Jovnèl


10 JENERASYON NOUVEL AYITI “POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE KLINIK Dr. Jean Robert LALLEMAND Klinik Sa-a Pran Swen Tout moun nèt... Ri Kotplaj # 1 Nan Grigri... Tel : 3394-2098 Tèt kròt Bote yon fanm Se pa lè l gen cheve Sirèl komokyèl chimik Machann maladi. Bote yon fanm Se pa lè l gen tèt grèf Ke cheval mal Pou lave Kenbe odè swè. Bote yon fanm natirel Bèl ti cheve krepi Lwil ak maskri Pwodwi lakay. Bote yon fann Se sak andedan l Diyite ak onètete l Respe ak devouman l Bote yon fanm Se dousèl Se prestij li Se bonte kè l Se ti tèt kròt li. (C) Osias Pierre Richard Nèg pwovèb la PIKLIZ Sosyete mal palan Toujou ap griyen dan Nan listwa la vi Ti koze pap jamn fini Chodyè dife bwa Pa jam bèl sou twotwa Se pa tout la fimen Ki pou fè n penpennen Zòt ap tire wòch epi l ap kache Se lè w gade dèyè ou wèl fache Kalite gwo bwa ki nan je l Se ti pay nan je lòt ki danje l Zèfèyis toujou bliye fè alsiyis Paske ka pal la toujou pi tris Si piman zwèzo pat pike Vwazinaj tap toujou pale Dèyè do pap janm devan kay Gwo kabann pap janm nat pay Poutan tou de fè menm travay Si kout manchèt nan dlo te kite mak Atò madam intèl tap kouri vit pran rak Jan yon listwa kòmanse Toujou tann fen l avan w danse (C) Osias Pierre Richard, Nèg pwovèb la NÈG PWOVÈb LA… Pierre Richars Osias


11 Reflexion loufoque#1184 Administrasyon Biden nan gen yon èn pou Ayiti Ariel Henry nan tèt peyi Dayiti depwi tanto de zan e li pa regle anyen pou Ayiti ak popilasyon. Etazini kreye yon demokrasi inik pou peyi yo pi deteste sou latè paske Dessalines-Petion-Cappoix chanje lòd esklavajis, rasis, kolonyalis lan. Nouvèl demokrasi pou Ayiti se touye prezidan peyi a menm si se nou k te mete l, ranplase l pa youn nan asasen yo. Nan dènye moman sa yo, diplomasi amerikèn nan amoral. Vis prezidan Kamala Harris vwayaje Bahamas pou l rankontre ak PM illegal e ilejitim Ariel Henry. Nan jou yo la SEA Antony Blinkin ak rankontre l nan Tobago nan jou yo la men pou fè ki sa. Mesye a se yon nil, li pa ka regle zafè eleksyon bidon yo pou nou. Washington kite bouda Ayiti an repo souple. Repran koli ankonbran w lan e Ayiti ak pitit "san nèf, men pwop ak savwafè" (TSO, 2014) e ki pa danse kole ak nachon malveyan yo ap konnen sa pou yo fè nan yon tranzisyon koupe fache ak ansyèn pratik fo dirijan yo ki se yon bann restavèk, choul Gran Satan an. RL#1184, 30 jen 2023 Reflexion loufoque#1183 Dosye Peterson-Stephanie an te dwe klase tankou yon "fait insolite" Peyi nou gen problem menm otorite pa konn sa y ap fe. Tifre a mantalman enstab plas li se asistans sikolojik nan yon sant sikyatri. Dosye a tou te dwe klase tankou you "fait insolite". Tisè Stephanie te dwe jwenn eskiz e jwenn dedomajman kote fanmi Peterson. De jou peyi a gaspiye nan zenzarya, tripotarya, gang disparet, pa gen kidnapping pandan pil moun nan lari ap chaje zen. Pwoblem elit k ap antere peyi m. Malgre pil plom, nouvo rich nan zafe dwog ak kidnapping san nou pa bliye piye trezò piblik la, elit sa alafwa transnasyonal e apatrid chita selman sou ranstay. Ayiti mele. RL#1183, 30 jen 2023 Réflexion loufoque#1182 Pwoblèm Ayiti se diri ak pwa Si leta dayiti te garanti diyite chak sitwayen depwi nesans, Ayiti tap yon gran peyi. Sèl Papa Dessalines nan Ideyal Desalinyen te poze pwoblèm mas yo e te pwone jistis sosyal. Konstitisyon 1987 la nan atik 22 fè ekzijans pou tout sitwayen gen kay, jwenn manje, lekòl ak laswenyay gratis. Pa gen yon dirijan kip ase ki menm tante aplike atik sa a. Chak dirijan ap chache diri ak pwa tan yo grangou. Elit entelektyèl, ekonomik ak politisyen, tout ap goumen pou sovtaj endividyèl, pa gen lespri kolektif pou gen anyen ki fèt pou mas yo depwi nesans peyi a. Tout richès nan men kreyòl, bosal yo pa eritye, yo pat Vètyè nan bose fès lame ewopeyen an, Lafrans. Lè bosal rive anwo, lii gen pouvwa ak lajan, pwoblèm diri ak pwa l rezoud, li vin kreyòl-milat. Se Bill Clinton, patwon elit malpwòp, apatrid e transnasyonal la, ki di nou depwi pase trantan, « elit ki pi repignan » ki genyen sou latè. Jodia, Ayiti, manman nou bezwen yon elit nasyonal òganik ki soude e lye ak mas yo. François Duvalier alias Papadoc, diktatè, tiran, se vre, men li te gen rezon lè l di: « Les hommes qui font la révolution doivent toujours exercer un véritable magnétisme sur les masses afin qu’eux-mêmes et les masses puissent aller victorieusement vers l’avant de conquête en conquête ». Mas ak elit la se yon sèl, mache men nan men, nan pouvwa politik e ekonomik, pou n devlope peyi n nan pwodiksyon richès nasyonal, rezoud pwoblèm diri ak pwa nan garanti dignite atravè jistis sosyal. Restore mounite ak imanite noua p replase nou nan wotè listwa nou. RL#1182, 28 jen 2023 SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU... Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang RIBRIK : Sa zòt di... Réflexion loufoque


12 « Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo nan mond lan » —Napoléon Bonaparte ********************* ********************* Deklarasyon Papa nachon an Dessalines « Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo, byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite » KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM « Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou Bondye ak pou lumanite » Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929 PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN


Click to View FlipBook Version