The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2022-07-04 12:28:41

Kreyolofoni#60.pub

Kreyolofoni#60.pub

LANE IV, NIMEWO 060 JIYÈ 2022 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

Pil kès bal, ANDEDAN
zam ak lajan KREYOLOFONI

Aristide reyabilite. An-
nou plebisite l p3

Gates achte anpil kawo
tè pou jaden p10

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

TOY SHOP
PLUS

BOTANIKA
PLANET
FM
100. FM
STEREYO

sezi abò yon bato Pa Bliye
nan Pòdepè
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierre Richard Osias
Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maurice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pierre
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.

Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

Aristide reyabilite pa lènmi l yo…Annou plebisite l.
Prezidan Jean Bertrand Aristide pote yon gwo kou 7 avril 2003 a Lafrans, ansyen peyi ko-
lonizatè, lè l ekzije reparasyon e restitisyon pou doub dèt endepandans lan – « Ayiti se sèl peyi sou
latè kote jenerasyon desandan esklav peye reparasyon a eritye ansyen mèt yo ». Se yon ranson,
yon extòsyon doktè Jean Fils-Aimè rele l ki malerezman kondwi a enstablilite e apovrisman peyi
Papa Dessalines nan. Lafrans pap janm zanmi peyi Dayiti.
Sonje se kèk atik nan gwo jounal ameriken New York Times, dobedyans demokrat ki lage
atik yo e gen yon volonte pou tout Ayitien li yo, atik yo pibliye an kreyòl. Èske se yon fason pou
reyabilite Jean Bertrand Aristide ? Antouka nan tout peyi a yap pale de gran frè a.
Norluck Dorange, jounalis envestigatè, kwè se sal ye e doktè Aristide pwofite opòtinite a
pou l’ montre popilarite l andedan peyi a, sitou fanmi lavalas rete pati politik ki pi stritire nan peyi
a. Vodouwològ Dorange jistifye reyabilitasyon an: « Doktè Aristide fè madanm li resevwa
anbasadè fransè an nan Université Fondation Aristide. Madan Helen La Lime, li abitye resevwa
an prive, kounye-a li lage vizit la nan laprès alòske l’ resevwa lòt pèsonalite politik nan peyi a an-
van la l’ devan Conseil de Sécurité de l’ONU. Ansyen prezidan an jwenn fòs pou l frape pye l atè.
Moun ki te pè afiche l ak li, jodia yo di yo se lavalas ». M Aristide non sèlman reyabilite, li se yon
fòs enkontounab nan avni politik peyi a. M te gen tan konprann sa depwi 2019.
Prèske tout moun, sitou pastè pwotestan lage sò peyi Dayiti sou do vodou. Ayiti se yon
fatalite. Se vodou a ki bloke devlopman peyi a malgre se sèl Faustin Soulouque ki se premye e
dènye vodouyizan ki dirije peyi a. François Duvalier itilize l’ pou pouvwa l’. Aristide nan yon
arete rekonèt vodou tankou tout lòt relijyon.
Men vodou se plito spiriwalite, yon « mode de pensée et de vie » ki chita andedan astrolo-
ji, metafizik ak sòsèlri. Doktè Jean Fils-Aimé rakonte sa antwopològ Wade Davis dil sou vodou a:
« Vodou se yon syans men diferan de syans oksidantal la kote 1 + 1 fè 2, men yon syans kote 1 + 1
ka fè 10, 15, 25 depandaman nan ki inivè altèn vodouyizan an doubout la ».
Andedan strikti fanmi lavalas chaje patriyòt ki rekonèt Jean Bertrand Aristide pa yon sen.
Gen ki menm an dezakò ak kèk aksyon li te poze pandan l te sou pouvwa an 1991 e an 2004.
Kèk ekzanp. Gen k pat dakò Aristide tounen an 1994 zou do menm èg ki te voye l an ekzil
la an 1991 lan. Pou anpil lavalas, Aristide ki tounen an pa Aristide ki te ale a.
Gen k rekonèt te gen volonte pou ame tout patizan pou pwoteje pouvwa lavalas la e pre-
mye kòmand zam te fèt, e yo te rantre an Ayiti, men dezyèm kòmand nan te bloke Miami.
Gen k dakò demobilize lame a se pi gwo tò Aristide fè Ayiti. Vid sa a kreye pil gwoup ame
tankou lame dòmi nan bwa, lame ti manchèt, lame wouj elatriye. Ninja Michel J. Martelly pral
legalize bandi yo e Jovenel Moise pral federe gang yo andedan peyi a.
Jodia, Ayiti andedan yon kawo ki rann nou tout vilnerab. Lanmò ka vini koupe souf nou
nenpòt ki jou. Kidnapping ka apovri fanmi e ipoteke lavni yo. Sila yo ki renmen Ayiti e ki pa gen
lòt peyi dwe aji e aji vit. Se ansanm pou n pran desten peyi n’ e san lènmi an.
M pwopoze yon Konsèy Nasyonal Tranzisyon ak 11 notab, youn pa depatman e youn nan
diaspora a. M chwazi depwi janvye 2020 Jean Bertrand Aristide adefo pwofesè Bayinnah Bello
pou Lwès e Doktè Jean Fils-Aimé pou diaspora a.
Lènmi an pa janm di l chwazi Aristide pou l prezidan tranzisyon e Aristide pa konfime sa
nonplis. Aristide konnen li pa bezwen lènmi ki bay twa koudeta pou l pa dirije peyi a pou fèl prezi-
dan. Pèp la mande w tounen nan Palè Nasyonal pou chavire chodyè a.
Fè nou konfyans prezidan Aristide, nap mennen w andedan palè e nap pwoteje w pandan
tout tranzisyon an. Ansanm ak doktè Jean Fils-Aimé, Wa I e II, eradike pwoblèm ensekirite a,
rekipere lajan Etazini e Lafrans dwe Ayiti pou n konstwi Eta-Nachon an. Edito#60, jiyè 2022
“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

Pil kès bal, kèk zam ak lajan sezi abò bato
nan Pòdepè

Ralph Moreau (radyo Planet FM) Henderson Petit
Mwen pa anketè . Se kesyon m poze pou pèmèt Francisque Jean-Charles eske nan loi peyi tonton
limyè blayi. Nan zafè 100 000 katouch yo sezi Po- Sam pa gen yon limit sou kantite katouch yon
depè jodi ya: simple citoyen ka achte??? Peyi a pa nan guerre
- Poukisa la jistis ak la polis kenbe travayè ya pou pou tout katouch sa yo ap vann...
yo ka jwenn moun ki tap vin chèche bwat yo epi yo
pa kenbe sèvant lan yo jwenn nan kay la ki ta Francisque Jean-Charles
sanble se yon fanmiy e ki pi konn moun yo. Henderson Petit tifre etazini gen plis zam an si-
- Sanble kay sa te enplike nan yon zafè konsa deja , kilasyon pase moun. Moun nan gen boutik zam li
sa vle di la jistis ak la polis konn non mèt kay la m pa kwe l limite nan vann. Se kob lap fe. Men m
deja . Poukisa komisè ya pa vle rann li piblik aswè pa konnen zam se nan fim sinema m we sa. Zam
ya. pam se plim ak bouch mwen tifre.
- kote moun yo te arete nan zafè zam nan bato Man
Tiga . (Sanble 2 aksyon sa yo gen lyen) Jhonson Saintil JS
Francisque Jean-Charles 100% agree
Bravo, otorite Nodwes!
Lajistis dwe sezi bato a; arete tout kriminel ak kon- Lou Evans Arne
plis e kite yo pouri nan prizon. Francisque Jean-Charles Francisque, lap difisil pou
Dr TSO moun ki nan bato a konnen sa ki nan bwat moun
yo. Negatif !
Francisque Jean-Charles
Zam se zafe dwan li ye tifrem yo. DEA se zafe Legrand Adler
dwog li ye. FBI se polis ankete ameriken. CIA se Lou Evans Arne Mwn panse ke moun nan Bato yo
espyon ameriken toupatou. ta supoze fouye bwat yo avan.
Minisyon yo achte nan yon magazen zam, gen resi E si Depatman Deta anpeche Ayiti Achte zam, ta
pou yo ak non moun yo sou li. Yo delivre yo sou sipoze gen yon selil, yon inite kap kontwole tout sa
waf Miami anvan yo anbake yo nan bato a. kap kite peyi a pou wè si yo pa gen zam nan yo.
Met ou responsab bato a konnen zam yo la oubyen Se sa map eseye esplike Smith Timithoo Jean depi
soubreka a. Deal la ka fet nan fe nwa tou met bato a talè a. Pa ta sipoze gen baryè lib pandan tout
pa konnen e zam yo pa sou manifes. Antouka, ann entèdi Ayiti ekspòte zam. Kontwol la te dwe fèt
swiv… tout jan.

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

Anba Mapou Vodoun a
Ensekirite? BRIGAD VIJILANS

AK KAMERA

Norluck Dorange ak KAMERA yo.
Premye remak mwen te fè nan vil Guangzhou an Dyaspora ki gen fanmiy yo Ayiti ka koumanse an-
Chine lè m te ale an 2018, se apèn si m te wè pa- tre nan mouvman achte KAMERA (Dashcam) pou
trouy la Police nan lari. Pou yon lari ki chaje ak mete nan machin piblik tankou prive. Depi lari a
moun ki pa monte desann 24 sou 24 konsa, epi m
pa wè Police ak zam bò ren ap mache. Mwen te
etone.
Moun yo te fè m konnen se maksimòm sitwayen yo
ki anndan aparey Sekirite a ki fè yo pa bezwen Po-
lice la nan lari a. Kouman yo fè sa? KAMERA tout
kote. Sa a se Leta ki fè l an Chine. Men an Ayiti,
devan demisyon Leta a ki rive efondre anba rejim
Tèt Kale yo depi 10 lane, sou koze SEKIRITE A,
nou mèt sispann konte sou Leta sa a, Leta ki ap
tann dizon Anbasadè etranje, kooperan Blan, Kon-
seye Anbasad, Sekretè Deta etranje, anvan yo ta
pran kelkeswa desizyon anndan peyi a.
Jodia li lè li tan pou n pran kèk inisyativ. Bandi yo
twò alèz. Mete KAMERA.
KAMERA pa vann chè ankò. Chinwa yo mete

bade ak KAMERA, menm si yo ta rete kanpe pou
fè vyolans, yo pap gen tan retire tout KAMERA,
tèlman yo anpil, epi yo pa chè. Sou Ebay, ou ka
jwenn KAMERA soti nan 13 dola jiska sa ki pi chè
yo. Yo tout sèvi ak kat memwa pou anrejistre imaj
yo. Genyen ki ka tou monte sou entènèt. Genyen ki
sèvi ak batri. Ki ka anrejistre lajounen ni lannuit.
Genyen se aksyon selman yo anrejistre pou fè batri
yo dire pi lontan.
Mete KAMERA, Mete KAMERA, tout kote nou
konnen Bandi ka pase. Video yo ka pataje bay La-
police e si sa yo bay pou otorite politik yo pa fè
anyen, na pataje yo sou rezo sosyo pou n avili yo.
anpil modèl KANERA nou ka enstale nan machin, Vle ou pa. Depi yo te deja entèdi moun pote Ka-
sou moto, devan kay, devan biznis. goul, tout moun ki kagoule sispèk. Bandi pa vle
Dyaspora ki ap finanse lanpadè nan katye bò lakay figi yo parèt. KAMERA TOUT KOTE, SE BRI-
yo, dwe konnen, gen LAMPADÈ SOLÈ ki tou vini GAD VIJILANS 2.0 an 2022

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

KWEN DAL BAGAY:
Daniel Loriston

Yon lòt fwa jenès Pòdepè a moutre li fèm konfyans. Yon sèl DALBAGAY pou tout yon jenès !
Semèn pase a nan mwens ke 30 minit yo tande m e
yo deplase. Anpil moun, paske yo te gen enterè mesken yap
Nan mwens ke 8 jou jenès la retounen vin jwenn jere, yo pat vle konprann dezisyon mwen te pran
mwen nan non vant siyati liv pou m fè konferans ti jenn
Jackson Joseph la. pòdepè yo te reyalize malgre
Mwen pwomèt jenès la poum tout entimidasyon.
toujou kanpe bò kotel paskem pa M te deside sove imaj pòtpe.
gen lòt fòs ke li. E mwen bay E mwen kontan kem te rive
jenès la garanti ke tout tanm la fè sa.
pèsonn moun paka bare li. Maten an m tande gon atis ki
Map goumen pou nou, pou nou rele tèt li bourik kap vin jwe
evolye, egzèse talan nou. pòtpe. M kouri al tande mi-
Map kontinye kreye djòb pou zik li mwen wè se apoloji
jenès la, paskem kwè yon jenès vyolans, bandi, mafya lap fè.
kap travay se yon jenès ki ka Menm nèg ki tap fè moun
sove peyi li. Chomaj detwi nou ! voye wòch yo ak boule
Tout moun kap pale anpil e ki kawotchou, map tann nou
paka kreye pou nou se blofè, reyaji nan ka Bourik la.
egare, kap pase nou nan betiz epi Ann resevwa bourik an bou-
fè nou dòmi pou yo manipile rik tou !
nou ! Si nou pa fè sa jenès la ap wè
Nou bayo defi pou yo moutre ke se bagay serye sèlman nou
yo renmenw plis pase DAL. Yo pa vle pou li, men lè se cha-
pa kreye anyen, yo pa vo anyen rabya nou bayo li san filtè !
tou ! Map fout avili nou ! Bann
Ann kale zye nou, nou pap kite egare !
yo twonpe nou ankò ! Ou tap bare yon nèg ki gon
Si yo pa renmenw doktora nan men l, vin bare yon bourik ki pwal
Yo paka mennenw antre nan vil la vin kòwonp lajenès epi kaka nan
Si yo pap sèvi w lari a ! Kaka bourik se pikan !
Yo paka sove w ! DALBAGAY

Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU...7

RIBRIK : Sa Zòt di...

Anba Mapou Vodoun a
Kote w te ka wè san nan peyi serye? Se vre e

Norluck Dorange Mwen gade e tande reyaksyon yo, map toujou di
Semenn pase a nan Los Angeles, Ayisyen tap pase Ayisyen yo, sispann gade dirijan nou yo pou sèl
Ariel Henry nan betiz, paske yo wè l fè yon foto enkonpetan, sèl sousou, sèl medyòk ki egziste sou
kote l bese tèt li pou l salye Joe Biden. Se pa 2 rizib planèt la. Koze Ayisyen abitye repete "Kote w te
Ayisyen pat fè sou Ariel. Yo te ba l tout non: sou- ka wè sa nan peyi serye?" Se Blof! Tout bagay yo
sou, pa gen kolonn vetebral, elatriye. Te menm ka rive nan nenpot ki peyi. Se paske Jounalist
Ayisyen konprann nouvèl ki nouvèl se sak soti
nan gwo Merdia, gwo ajans Près yo. Se pou sa
tou se Nouvèl moun sa yo, dirijan peyi Oksidan
Kretyen yo, jan yo vle moun wè yo, fason yo wè
rès mond la, se nouvèl sa yo ki dwe pase nan me-
dya nan peyi tankou Ayiti.
Nap gade odisyon televize ki ap fet sè jousi sou
evenman 6 Janvye 2021 ak enplikasyon prezidan
Donald Trump, ki te nan Mezon Blanch la le sa a,
nan diferan etap ki te mennen la wontèz sou
Etazini, peyi ki sakre tèt li kom sel garan Demo-
krasi nan mond la.
genyen "OKSIDANTALIZE" ki tap di Ariel pa Mwen sonje te gen yon evenman konsa ki te de-
konn kanpe nan fason protokòl egzije pou chef woule nan mwa Jiye ou Out 1991 an Ayiti, lè
kanpe. Kritik Ayisyen yo te menm al detere foto patizan Lavalas te al manifeste devan Palman an
Jovenel ki te gen tèt bese devan Macron nan yon pou te entimide Depite yo ki tap menase Premye
vwayaj Palè Elize a, a Pari. Minis Rene Preval ak yon vòt sansi, pou te jete
Bon, zen an fwa sa a se sou do Macron li ye. Merdia gouvenman l la.
franse yo ak moun sou rezo sosyo yo, se pa 2 mete Se detay evenman sa a ki ta pral alimante desi-
yo pa mete pou Macron. Misye ale nan Somè Otan zyon (Bourik Chaje) Alvin P. Adams, ansyen
an nan Madrid. Epi pandan Joe Biden devan ap anbasadè Ameriken an nan Pòtoprens pou al rann
mache, jounalist ki tap filme zotobre yo, te montre vizit a Majò Michel Francois, ki te komandan
Macron ki ap kouri pou la mache bò kote Biden. Epi Kafeteria nan epòk la, nan biwo l sou Gran Ri a.
l tonbe pale byen fò, nan yon vwa, sou yon ton tan- Sa w tande a, se van sa a Michel Francois ak lòt
kou nenpot ti chyen restavèk , li ap di Biden. militè Ayisyen yo te bezwen pou te mache pran
"Prezidan, mwen te pale ak prezidan Emira a pou pouvwa Aristide la, kek semenn apre, kapote l, le
wè si l te ka dako ponpe plis gaz". Epi moun yo wè 29 Sektanm 1991.
Biden ki gade Macron ak yon rega tankou se te ak Kidonk, sanble se nan men Franse nou aprann
yon teenager li tap pale. "Ou pa bezwen prese, na tout kalite defo, pami yo (bat fanm, maltrete
pale sa lè n rive anndan an". Wouch! fanm, pale moun mal, kritike noun sou abiman
Franse yo, sou plato TV, nan radio ak sou rezo yo, sou aksan yo pale, elatriye). Menm kon-
sosyo, se lawontèz yap eksprime pou tèt yo. pòtman sousou a devan Blan Meriken an?

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Sa zòt panse...

Anba Mapou Vodoun a
24 Jen, Jan Dantò, Ti Jan ou Sen Jan Batist

Norluck Dorange Dlo Dous ki wouze rasin pye bwa yo se travay
Alo Vodouizan m yo. Jodia 24 Jen an men sa l re- Sèpan Envizib ki kontwole pouvwa fètilite ni nan
prezante nan kalandriye gregoryen ou kalandriye Moun, Bèt ak Pye Bwa yo (Dantò).
Kretyen/Katolik yo. “Bandi” yo gen alye yo ki ap kaka nou tou nan
Mwen toujou di nou, Djizòs pat janm egziste. Se koze boule bwa Sen Jan an. Se just yon fason pou
yon non “Bandi” ki kreye Relijyon Krisyanism la yo fè “Bandi” an soutan yo, yo konnen se koze
bay SOLÈY la. Jounen ki vini apre 24 Desanm chak dife ki ap regle. Apre sa anyen ankò.
ane, se jou SOLÈY la koumanse Sous tout limyè se dife.
retounen monte nan emisfè Nò a, Plant yo bezwen limyè
selon Konvansyon Ewopeyen yo. Solèy la pou fè Agrikilti.
Se pou sa “Bandi” yo di w Djizòs Ni moun, ni bèt, depann a
pran nesans 25 Desanm. Poutan, se 90 pou 100 de Agrikilti.
SOLÈY la ki ”pran nesans” ou, ki Vodouizan, si nou pat kite
vle di, SOLÈY la koumanse ane koze Relijyon sa a detrui
SOLÈ a. nou jan l rive fè sa la a,
24 Jen fè egzakteman mwatye nou tap konnen fete Azaka
peryòd 12 Mwa ane Solè a. Ki vle jiska seremoni Kouche
di 6 mwa apre 24 Desanm, 6 mwa Yanm, se ak produi ki soti
anvan 24 Desanm. Kòm misyon nan pwòp jaden nou nou fè
moun Legliz yo se “kaka nan yo. Se ak pwòp bèt ki
sèvèl” moun yo vle tounen MOU- grandi nan pak nou, nou
TON, yo chwazi 24 Jen an, kòm tap fè sakrifis pou Lwa
dat SOLÈY la rive nan jounen li nou yo.
pral koumanse fè plis tan nan Paske yo rantre nan tèt nou
emisfè Nò a. Se alantou peryòd 24 yon koze Sen Jan Batist, ki
Jen an, jounen yo koumanse fè plis se istwa yon pèsonaj ki pat
chalè, jounen yo dire pi long tou. egziste non plis. An reya-
Anvan “Bandi” yo te kreye Re- lite se istwa yon moun
lijyon, moun te konn viv selon la- Fou, ki tap “jape” pou kont
nati, ni an Ewòp, ni an Afrik. Mwa me se mwa Lapli li nan yon dezè. Istwa menm di se zwazo ki te
tonbe anpil. Se pa pa aza “Bandi” yo asosye l a konn poze pote tèt yo bay misye manje. Ak foure
Mwa Manman e menm Mwa Mari (manman Djizòs, men l nan trou wòch pou jwenn myel sovaj pou l
pèsonaj envante a) Lapli se DLO (prensip Feminen) mete nan trip li. Yon ekip pawòl san sans.
ki se rezilta evaporasyon Lanmè (Manman tout Dlo) Kidonk, non sèlman se kalandriye Solè “Bandi an
ki monte anlè ale fòme Nyaj (rezèvwa Dlo sou anlè). soutan” yo ki tap kaka nan sèvèl pèp yo depi an
Se nan DLO tout nesans pase. Se nan DLO yo tou- Ewòp, ki rive jwenn nou pou fè n bliye Solèy se
nen tou. Kidonk, apre mwa Me kote latè resevwa youn nan poto mitan Agrikilti, Elvaj, LaPèch,
anpil dlo, se epòk pou Simaye pou rekòlte nan 30-45 prensipal aktivite ekonomik lòm te pratike nan
-60-90 jou frui, legim, grenn pou moun manje. tout sosyete sou latè. Se ak konesans sa yo Zansèt
Vodouizan an Ayiti selebre Lwa/Prensip Azaka nou yo janbe ki rann nou tounen RESTAVÈK
Mede, ki responsab koze Agrikilti nan dat Premye nan konsepsyon wòl Ayisyen nan mond la. Zan-
Me, paske li make peryòd plante pral koumanse. sèt yo te konnen Solèy la se sitou prensipal sous
TIJAN DANTÒ se yon prensip Gedevi ki konnen enèji pou prolonje lavi yo sou tè a, atravè Agri-
Tè a an menm tan se “Peyi San Chapo”, ou Tòwiyò kilti.
(Fongbe), Kay Zansèt yo. Li se an menm tan SOUS Ayiti dwe soti nan sa l ye la a, se lè w fin li teks
ENÈJI (Azaka Mede) pou fè MANJE pouse, grandi sa a, ou an mezi pou w di depi kounye a: LAN-
e pèmèt moun rekolte. MÈD POU SEN JAN BATIST.

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel
BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Di saw vle...

Toto ki chita ak pitit fi li; menm moman an, Boule yo
menaj tifi a vin parèt. Kòm tifi a konnen Papa l Se sa n tande tout kote
trè fòkè, li di menaj la: <<Ou vin dèyè liv Nou tounen yon pep san imanite
"Speak english, my father doesn't understand" Nou kraze selman pou volonte
nan?>> Nou touye yon lot pou manje
Menaj lan reponn: <<Non, se liv "I want to Boule yo
make love to u" a wi mw te vinn dèyè.>> Mete di fe sou yo
Tifi a di: <<Ok. W'ap tou jwenn kaye "wait for Se kri nap tande
me in Ann fout mare yo
your house" la tou.>> Se sel sa nou reve
Menaj lan di: <<Ok. Tou mache ak "I give u Malonet fe n tounen milet
five minutes", paske mw gen devwa ladan'l. Sa n paka manje nou gâté tankou ravet
Tifi a di: <<Ok. Map pote "I will be there in 5 Boule yo
minutes" la tou.>> Se kri yon pep kap soufri
Toto di: <<Cheri ti gason sa genlè fò>> Entelektyel pa jwen chans anba bandi
Tifi a di: <<Wi papa, lè'w al travay, se li ki tra- Palmante tounen malandren
vay avè'm wi.>> Fe amoni anpil voryen
Toto di: <<Anh! Si'm te konn sa, mw t'ap tou Pou fe peyi a mache san pantalet
di'l li te Nèg Pwovèb La
bliye pran liv "I understand
everything" lan, ak "I'm not stupid" la e wa di'l Kò w pale ake m
pou Cheri mwen renmen lè kò w pale ake m
mwen liv "I will Lè de pwent teta w ap sasiyèt lòlòj mwen
kill him if I ever find him here Lè lonbrit ou ap fè m filalang
anymore" a, mwen Lè souri w ap di m pwoche pi pre w
Lè sant kò w ap karese nanm mwen
sere'l pou li.> Lè de bò dèyè w ap fè m siyon

Woyy mwen santi bonnanj mwen kouri

Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND

Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...

Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098

Breaking News: Gates achte 3500 kawo tè
Anba Mapou Vodoun a

Bill Gates fenk achte anviwon 3500 kawo tè nan Antouka, moun ki vle antre nan mouvman
zòn North Dakota, tou pré frontyè Kanada. Tè sa a, PLANTE pou FÈ LAJAN an, koumanse panse

nan ki pwovens nou pral rete. Pòto-
prens ap pran omwen 20 ane ankò
anba gang yo.
Se pa pwovens non. SEKSYON RI-
RAL.
Sak vle, map ede yo jwenn bon zouti
pou travay latè. Zouti pou sekle, la-
boure, fouye kanal. Zouti pou fouye
pui. Ponp solè.
Envestisman Afrikòl, moun pa bez-
wen desann de travayè pou sekle ak
wou ak pikwa ankò. Gen zouti an
Chine ak an Inde pou sa. E yo pa chè.
Nap gen pou n fè yon rankont zoom
sou sa. Tann mwen bay dat la.

sa l gen sou li dapre w? PÒM DE TÈ, PATAT. “Yon pèp mouton fini pa anjandre yon
Pou yon nèg ki tap vann program konpitè, li fin fè gouvènan chanje lou”—Agatha Christie
kòb li, li lage sa. Apre sa li antre nan finanse vaksen “Si rèv w yo pa fè w pè, yo pa ase gran” —
pou fòse gouvènman achte. Pou kounye a, li antre
nan envesti nan JADEN. Kisa sa di pou wou? Eillen Johnson Sirleaf

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

11

RIBRIK : Sa zòt di...

NÈG PWOVÈB LA...

Pierre Richard Osias five minutes", paske mw gen devwa ladan'l.
Toto ki chita ak pitit fi li; menm moman an, me- Tifi a di: <<Ok. Map pote "I will be there in 5
naj tifi a vin parèt. Kòm tifi a konnen Papa l trè minutes" la tou.>>
Toto di: <<Cheri ti gason sa genlè fò>>
Tifi a di: <<Wi papa, lè'w al travay, se li ki
travay avè'm wi.>>
Toto di: <<Anh! Si'm te konn sa, mw t'ap tou
di'l li te
bliye pran liv "I understand
everything" lan, ak "I'm not stupid" la e wa
di'l pou
mwen liv "I will
kill him if I ever find him here
anymore" a, mwen

sere'l pou li.>

Boule yo
Se sa n tande tout kote
Nou tounen yon pep san imanite
Nou kraze selman pou volonte
Nou touye yon lot pou manje

Boule yo
Mete di fe sou yo
Se kri nap tande
Ann fout mare yo
Se sel sa nou reve
Malonet fe n tounen milet
Sa n paka manje nou gâté tankou ravet

Boule yo
Se kri yon pep kap soufri
Entelektyel pa jwen chans anba bandi
Palmante tounen malandren

Fe amoni anpil voryen
Pou fe peyi a mache san pantalet

Nèg Pwovèb La

fòkè, li di menaj la: <<Ou vin dèyè liv "Speak Kò w pale ake m
english, my father doesn't understand" nan?>> Cheri mwen renmen lè kò w pale ake m
Lè de pwent teta w ap sasiyèt lòlòj mwen
Menaj lan reponn: <<Non, se liv "I want to
make love to u" a wi mw te vinn dèyè.>> Lè lonbrit ou ap fè m filalang
Tifi a di: <<Ok. W'ap tou jwenn kaye "wait for Lè souri w ap di m pwoche pi pre w
Lè sant kò w ap karese nanm mwen
me in
your house" la tou.>> Lè de bò dèyè w ap fè m siyon
Menaj lan di: <<Ok. Tou mache ak "I give u Woyy mwen santi bonnanj mwen kouri

Nèg pwovèb la

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version