The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2017-12-02 20:02:45

Kreyolofoni#6.pub

Kreyolofoni#6.pub

LANE I, NUMEWO VI Desanm 2017 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

Annou eradike ANDEDAN
KREYOLOFONI

Refleksyon Austin

Appolon yo p.4

Me Rene Julien ak

Eta de dwa p.6

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

AGA-
GLESOU
BOTANIKA

esklavaj domestik la PLANET
sou tè libète a FM

100. FM
STEREYO

Nan “Desir d’Hayti” : Le phénomène de “Restavèk”, nou li : “Nan Pa Bliye
kòmansman, se te yon sistèm dantrèd ant fanmi ki kapab yon eritaj
esklavaj, yon povrete kronik ak yon monoparantal matènèl”. Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa
Jiji Barreau, “Malediksyon sa a se esklavaj ki te desime populasyon
endijèn nan...Pa gen yon tribu ki te chape anba malediksyon pwisant sa a san otorizasyon
a nan Karayib la, nan Amerik latinn ak an Amerik Dinò”. redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierre Richard Osias
Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maurice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pierre
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.

Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

CHAK MWA KREYOLOFONI

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

Annou eradike esklavaj domestik la sou tè libète a
20 novanm 1989, lasanble jeneral Nasyon Zini te adopte Konvansyon Intènasyonal Dwa Timoun
kote ekzijans te fèt pou « tout timoun ta gen menm dwa toupatou sou latè ak pwoteksyon kont move tret-
man ak explwatasyon nan travay ». Sa pa gen lontan yon rapò Unicef sou sitiyasyon timoun toupatou
montre aklè nan pluzyè peyi, e pami yo, Ayiti, « timoun yo se premye viktim anba povrete, konjonkti po-
litik ak lagè ». Poukisa leta Ayitien pa janm fè anyen pou pwoteje timoun yo jan atik 261 konstitusyon
1987 la mande l la, « Leta fèt pou pwoteje tout timoun ».
Anpil timoun ap travay preske toupatou nan move kondisyon ki mete lavi yo andanje. Anpil nan
yo san paran ou byen yo abandone kay yo e yo vinn vulnerab. Anpil nan timoun sa yo paran yo gen tè
andeyò pandan yap gaspiye nan vil yo ap chache manje. Tranbleman late 12 janvye 2010 vinn ogmante
lamizè nan peyi a e genyen plis timoun ki nan laru a ou plase kom domestik ou restavèk lakay gran nèg
tankou lakay malere. Eske tè libète a ta dwe gen pitit li an domestisite ? Kote leta ? Sa lap regle ?
Fenomèn restavèk la ekziste depwi fondasyon republik la e etnològ Norluck Dorlange fè nou kon-
nen li soti depwi Benin, peyi kote majorite nan nou te soti. Yo rele l « vidèmengon ». Jounen jodia, selon
Unicef, genyen plis pase 400 mil timoun ki nan esklavaj domestik e 75% nan yo gen mwens pase kenz
lane. Paran ki pi pov yo ak sila kap viv nan mòn yo plase pitit yo kom domestik e fanmi ki akeyi timoun
sa yo angaje yo pou yo nouri, abiye ak voye timoun yo lekòl pou sèvis yap bay. Men se pa sak fèt, timoun
yo, sitou tifi yo explwate, dòmi ak manje mal e souvan yo abize yo seksyèlman. Fok leta-a ta mete bout
nan krim kont minè. E sou tè libète a pratik sa yo pa ta dwe ekziste kote nou gen atik 259 konstitusyon an
ki di, « fanmi se baz fondamantal sosyete-a » ak atik 22 a ki fè nou konnen « leta dwe bannou kay, manje,
lekòl, laswenyaj ak sekurite sosyal ». Sa ta vle di si leta-a te responsab, fenomèn restavèk la pa tap
ekziste. Annou eseye eradike maladi kronik sa a anvan nou pèdi plis timoun.
Vant ozanchè afriken kap fèt nan peyi Libye relanse deba a yon ti kras sou rezo sosyal yo sou
pwoblèm restavèk la e gen yon gwoup moun kita menm fè kwè li pa ta egal a esklavaj paske li pa gen ran-
tabilite pou patwon fwaye yo, li pa pwodwi richès tankou esklavaj la nan koloni yo. Gen yon lòt gwoup ki
kwè restavèk egal ak esklavaj paske anfan domestik yo se yon « zouti pwodiksyon sèvis ak byen mate-
ryèl » tankou esklav yo e yo tou de pa janm jwenn reminerasyon. E genyen anpil temwanyaj ki justifye
timoun yo ta nan yon esklavaj modèn. Anpil nan yo leve depwi katrè nan maten e se yo ki ale kouche pita.
Timoun sa yo gen gwo responsablite nan kay sa yo. Se yo ki prepare manje, fè twalèt timoun yo, mennen
yo lekòl. Yo pa manje sou tab e yo dòmi sou nat ou sou yon moso katon. Yo subi tout kalite imilyasyon.
Annou fini ak krim sa a ki fè minè ap travay pase dizwit tè pa jou, preske san manje, san peye e subi tout
kalite vyolans fizik tankou seksyèl.
Gen kèk otorite tankou prezidan Dumarsais Estimé ki te pwomulge yon kod sou travay pou
pwoteksyon timoun an domestisite. Sosyete sivil la tou pat rete bwa kwaze e te reyalize yon kolòk sou
timoun domestik pou n te chanje pratik sa yo nan sosyete a. Pè René Soler te menm kreye asosyasyon
Timoun Restavèk ak fonde lekòl Fratènite nan Bel-Air. Maurice Sixto te menm rakonte listwa yon res-
tavèk yo te rele Tisentaniz. An novann 2006, Fondasyon Limyè Lavi ak Aba Sistèm Reatavèk t òganize
yon mach nan Pòtoprens kote yo te deklare, « Nou vle wouvè je yo ak konsyantize tout populasyon an sou
sistèm degradan sa a, imilyan sa a, dezimanizan sa a kap wonje sosyete a e ki kontinye pandan twazyèm
milenè sa a, plus pase desan lane aprè pwoklamasyon endepandans nou ». Men ta sanble otorite yo depwi
late te tranble an 2010 bliye timoun sa yo ki nan gwo soufrans sa yo.
Jounal Kreyolofoni an ap pwofite sou gwo zak kriminèl kap pase nan Libye a pou l mande gou-
vènman Jack Guy Lafontant ak administrasyon Jovenel Moise la pou yo panche sou pratik esklavaj mo-
dèn sa a ki tou prè nou ak lakay nou, se fenomèn timoun domestik yo, yo rele « restavèk » la. Timoun sa
yo se esklav yo ye prezidan, kilè nap gen yon lwa kap eradike pratik sila a ki se yon mons kap devore ti-
moun ou pitit nou yo. Annou deklare lane 2018 lan « Ane eradikasyon restavèk ». Kreyolofoni#6

CHAK MWA KREYOLOFONI

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

Refleksyon Austin Appolon

''Paj fesbouk ou konn vle tounen fwèt tap bay pwoblèm.
Gwoup poutchis 1991 yo panse se Aristide yo tap
pou kale dèyè w bloke.
Gwoup 184 an 2004 yo panse se Aristide yo tap
Dèfwa ou poste yon kichòy sou paj ou yon bagay bloke.
Gwoup nèg nèg depwi 2012 jis jounen jodi a panse
ki nan lespriw osnon yon bagay ou konstate epi gen se tèt kale yap bare.
moun ki pran saw di a ki atribyel ak yo sanw pa fè Ebyen mesye se AYITI nap kontinye anbreye sou
bak, peyi a nap kontinye bloke, kontinye detwi.
pyès pèsonalite. Duvalier t byen soti tèt li, Aristide byen soti tèt li,
Si pyès moun pata chwazi poste anyen sou paj fb Martelly byen soti tèt pal, Jovenel ap byen soti tèt
pal, pagen pyès gouvènman kap pèdan, peyi a kap
yo kisa moun tap bezwen vin chèche sou fb, gras peye tout po kase yo. Tank nap goumen pou plas
ak paj lòt moun nou aprann anpil bagay, nou pataje
e konprann anpil bagay. Pouki pou yon moun oblije

atribye sa yon moun di sou paj li ak tèt ou.
Lanfè gen rezon vid la twòp démon sou tè a.''

Ou panse AYITI ka bon ak dirijan nan kenbe peyi a nan enstabilite politik se plis peyi
a ap efondre.
ayisyen
Sa kòz depwi yon nèg pran pouvwa li tou pwofite

Depi yon dirijan politik malad isit se USA, Cuba ak plen sak li pou lè yo rachel sou pouvwa poul pa
St Domingue pou yo kouri al pran swen tèlman pòv, pyès nèg pa aksepte bay lòt chans pou
pagen lopital ak medsen nan peyi a, pagen yon bon ekzekite ankenn plan nan peyi a ni aksepte mete
kanpis inivèsite pou etidyan fè yon bon etid ek ansanm pou fè kichòy, tout nèg bezwen pouvwa
metriz poutan plizyè milyon Petwo Karibe pase pou retire kou pa yo.
preske inapèsi. Pouki nèg yo pat konstwi omwen Soti peyi a pa fasil.

yon lopital ak yon kanpis inivèsite nan lajan an?

Anpil jenn fanm ak jenn gason ap etidye Cuba ak

St Domingue aprè etid yo paka jwenn travay nan

peyi a poutan nou gen karans nan tout domèn.

Ou panse AYITI ka bon ak dirijan ayisyen.

Soti peyi a pa fasil

Gwoup nèg 1986 yo t met nan tèt yo se Duvalier yo

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. [email protected]

Émissions spéciales à caractère éducatif : Planet Sou Ray, Desiderata &

Le Novateur à l’Oral

CHAK MWA KREYOLOFONI

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

Esklavaj ak Restavèk se 2 bagay
diferan, selon Norluck Dorange

Nan plizyè reyaksyon mwen li sou rezo yo e pi es- sous pou plen krich ak kanari, bale wouze, lave

pesyalman sou paj kèk zanmi m, mwen wè yo mete asyèt, mete pwa nan dife, depi kay paran an, pral

sou menm pye egalite ESKLAVAJ ak RES- kontinye fè menm aktivite sa yo nan nouvo kay li

TAVEK. “Ayisyen vekse pou moun yap vann kòm pral rete a.

Esklav an Libye poutan yo pa plenyen pou Res- Restavèk pa prodwi ni byenèt, ni richès. Okontrè,

tavek ki lakay yo”. Mwen panse Sosyete Ayisyèn si l byen entegre nan fanmiy kote li al rete a, afè

nan pa vrèman etidye fait social Restavek la nan fanmiy sa a vin

istwa l, nan fondamantal li. Se Yon gwo erè pou pi bon, li konn

mete l sou menm balans ak Esklavaj. benefisye mobi-

Majorite Ayisyen gen zansèt yo pase nan esklavaj, lite sosyal la tou.

men yo pa janm etidye kisa vrèman Yon Esklav te Si Leta a te ga-

ye ou kisa l ye. Yon Esklav se Yon zouti ki prodwi ranti tout moun

richès. Menm jan ou ka pran yon makòn cheval ki ap viv anndan

ouswa bèf ou fè woule moulen pou fè siwo kann 27700 kilomèt

apre sa pou w fè sik pou w al vann pou w mete kare peyi Dayiti

lajan w nan pòch ou pou w achete sa w bezwen, bèl a, gen aksè a

rad, bèl kay, bèl machin épi ou pa dwe bèf ak che- manje, dlo, rad,

val yo anyen sèl bay yo pay kann nan pou manje, lojman, Edi-

se te menm bagay pou Esklav la, li te dwe plante kasyon ki adapte

kann nan, sekle jaden kann nan, rekòlte kann nan a bezwen popilasyon an, swen sante, Restavèk tap

san l pa gen dwa jwi richès kann nan prodwi. Re- deyò nan tablo sosyete a. Lè w te konn di sa m di

zilta : 300 lane esklavaj + 100 lane neyo-esklavajis la a, lontan sou Divalye, ou te bon pou mouri

nan peye Dette de l‟Indépendance prodwi richès pa paske w se kominis. Kouman pou w ta vle pou tout

pou Ayiti, men ki kounye a twouve yo an France. moun manje a? Sendomeng ki akote nou an fè l

Rezime Esklav produi RICHÈS. E Restavèk la? san l pa kominis. Di sa tou jodia, fè w sanble ak

Nou pa ta dwe gen sipriz pou m di nou, mwen moun ki ap anmède klas posedant la. Yo gen yon

jwenn li O Bénin kote twaka nan nou soti yo. Li etikèt pou wou : Lavalas sal.

rele Vidèmengon. Tradui l pou nou? Menm mo a. Alòske se wòl tout Leta pou garanti 5 pwen de baz

Timoun ki rete ak lòt moun ki pa paran l ou RES- mwen site yo. Lè nou evite yo konsa, se sak fè nou

TAVÈK. Si pou anpil moun apwòch kritik yo de tonbe nan fè fo konparezon ant Esklavaj ak Res-

Restavèk pran fòm apati de teks odyo Ti Sentaniz tavèk. Sistèm Restavèk chaje ak anpil deriv ak abi

Maurice Sixto a, mwen plis kwè Sixto te vle lonje anndan l. Men li pat tabli kòm prensip eksplwata-

dwèt sou mesye lagoch yo ki se yon bann entèlek- syon sinon, se solidarite nan la mizè. Pòv ki ap

tyèl ki ap resite teyori Marxiste yo, san yo pa atake eseye ede sak pi pòv. Lè nou tonbe nan fo konpa-

pwoblèm fondamantal yo ki reprodwi chema ko- rezon konsa, sa fè zafè ni moun ki te monte sistèm

lonyal la anndan peyi a. “Yo pa wè Ti Sentaniz nan esklavajist la, ni moun ki kontinye benefisye l jiska

gwo liv yo”. prezan. Abòde Restavèk la ak tout reyalite l, nap

Reyalite dèyè Restavèk ou Ti Sentaniz yo ou Vidè- jwenn responsabilite Leta a klè ladann ki koupab

mengon yo pa prodwi richès pou pèsonn. Se yon deske l inyore wòl li nan òganize peyi a. Men

paran ki pòv, ki pa ka bay pitit li manje, abiye l, Esklavaj la te deklare Krim kont Limanite depi

voye l lekòl, ki negosye pou pitit li al viv lavil kay 2009. Si gen krim, kiyès ki koupab? Depi gen kou-

yon lòt granmoun ak lespwa pitit li va jwenn pab fòk gen REPARASYON. Se la a m kenbe tout

manje, rad ak omwen ti lekòl di swa. Timoun sa a moun nan ipokrizi ak fo deba. Esklavaj pa égal

ki te deja konn leve granm maten al chache dlo nan Restavèk. Jamè.

CHAK MWA KREYOLOFONI

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec les petits.

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

Restavèv se yon zouti pwodiksyon
sèvis, selon S.E. Phelps

Mwen PA DAKO Avèw MENM MENM MENM menmsi Yon Moun Vle Valorize Tradisyon Zan-

Sou PWEN SA A Norluck Dorange !!! Wi Sistèm sèt Ou, Pou Ou Ap Glorifye Yon Pratik Ki Tava

RESTAVEK la Se Yon Fom ESKLAVAJ DOMES- Retwograd !

TIK RETWOGRAD Ki Frape TIMOUN ! Se Yon Eske Ou Ap Dako Plase PITIT PA W Kom

Gwo KRIM Nou Dwe KONBAT, Nou Pa Gen Pou RESTAVEK ??? Si Ou Fè Sa Deja M Ap Ka Fè

MAKIYE Reaylite Sa a menmsi 2 ou 3 grenn Ti- Jefo Chache Ki Jistifikasyon Ki gen nan sa Ou

moun Konn Rive CHAPE Anba Lanfè sa a ! Wi Ti- Ekri a, Si Se Pa Sa M

moun Sa Yo TRAVAY DI, YO BOURIKE Tankou Ap Konsidere Sa Ou

Esklav Domestik Pou PWODWI : Yo Pwodwi SE- Ekri a Tankou Yon Ba-

VIS !!! Men Yo konn Pwodwi Lot Byen Materyèl gay Pou Jete Nan Panye

Tou ! FATRA (Eskize Wi

Sistèm Sa a Pèmèt Kenbe Sistèm Ekonomik Tèt Men Koze sa a Two

Anba Semi Feyodal ak Semi Kapitalis Ki Ap Layite Enpotan Pou m Pa Ekri

Ko l nan Peyi Dayiti ! Konsa Ouvriye nan Faktori a sa Mwen Panse, San

Ki Ap Touche Yon Kraze Monnen Ka Toujou gen Manti).

Yon Ti Rèstavèk Pou Siveye Pitit Li, Lave Rad Yo, Yon Tè Kote LIBETE Deklare an 1804 Paka

Fè Manje Elatriye. M Ap KONBAT Sistèm Sa a Sou TOLERE Mod Esklavaj Domestik sou Timoun

Tout Fom epi Jis nan Dènye Souf ! Fok Mwen Fè Sa a Ki Rele Sistèm RESTAVEK La ! Pitit Pitit

Sonje Tou se Pitit PEYIZAN, Moun Yo Di Ki AN- Esklav Mawon Yo Pa Ka Esklav nan Kay Pou

DEYO Yo Ki Al Fè Restavek LAVIL epi Tounen Al Jete Vaz Pipi oswa Domi Atè nan Kizin epi

Timoun Lari Lè Yo Sove Kite Kay Kote Yo Fè Yo Sèvi Esklav Seksyèl Pou moun LAVIl (Malere

Sibi Tout Kalite Maltretans Fizik ak Psikolojik ... Kou Klas Mwayèn).

ladan yo, Yo Fè Yo Sèvi OBJE SEKSYEL Tou an- ABA Sistèm RESTAVEK la Ki Se Yon Fom

kachèt !!! Esklavaj Domestik ! Nou Pa Ka Kontinye Tolere

Mwen Pa Konn Ki Resanblans ki genyen ant Sistèm Egzistans 300 000 Ti ESKLAV Nan Peyi D

Restavek ki Tava Egziste nan Peyi Benin ak sa Peyi Ayiti nan Lane 2017 : 213 Lane apre Pwokla-

D Ayiti a Men Sizoka Se Sou Menm Baz Li Fèt M masyon Endepandans Peyi D Ayiti !!!

Ap Di, Li Pa Bon Tou nan Ka sa a ! Se Pa Poutèt, Stephen William Phelps

CHAK MWA KREYOLOFONI

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU...7

RIBRIK : Sosyete/Eta de dwa

Me René Julien ak Eta de Dwa...

Lesson No 1 : SITWAYEN/NE YON LETA sou yon teritwa.

Pèsonn pa leve yon jou epi li wèl sitwayen yon Leta. Nan Sitwayen se moun, men se pa nenpòt moun. Tout

sans nap pale, sitwayen se moun, men tout moun pa sitwayen.

yon sitwayen/ Sitwayen se premye tit ki bay yon moun kalite pou sèvi

yon sitwayèn se peyi l an granmoun. Okenn moun pat fèt sitwayen.

yon moun ki Tankou yon moun al lekòl pou l vini pwofesè, lekòl

pase nan moul lavi a fè moun sitwayen.

yon sosyete ki Konstitisyon peyi dAyiti a nan atik 52-1 enimere 13

fòse l aji byen e devwa yon moun dwe akonpli nan lekòl lavi a sil vle

ki bal pinisyon gen yon diplôme sitwayen. Men yo :

lèl aji mal. 1) Respekte Konstitisyon ak tout anblèm peyi a ;

Nan tout sosye- 2) Respekte tout lwa peyi a ;

te, gen yon laj 3) Pa neglije vote lè gen eleksyon ;

lalwa prevwa 4) Peye tout taks lalwa di pou peye nan lè sa dwe fèt ;

pou yon moun 5) Al sèvi jire nan tribinal lè gen jijman kriminèl ki

aji an sitwayen. mande sa ;

An Ayiti, yon 6) Defann peyi a sil blije fè lagè;

moun ka gen 7) Toujou chache mete konesans nan tèt ou (yon peyi

kalite sitwayen/ bezwen moun ki konnen) ;

sitwayèn lèl gen 8) Respekte epi pwoteje anvironman peyi a ;

18 tan akonpli. 9) Respekte lajan ak tout lòt byen leta ;

Sitwayènte, se 10) Respekte sak pa pou w ;

premyè enstitisyon ki resevwa tout moun ki reyini kon- 11) Travay pou peyi toujou gen lapè ;

disyon sosyete a tabli pou sèvi koz Leta peyi 12) Tankou yon bon samaritin, pa neglije pote sekou

l. Anpil gwo save fè konnen yon sitwayen se yon animal ak moun ki andanje ;

politik. Moun yo bay tit sa a se moun kap reflechi sou 13) Respekte dwa ak libète lòt moun.

pwoblèm peyi w epi jwenn solisyon ki konvenab pou Kèlkeswa fonksyon politik ak anpil lòt fonksyon ankò

byennèt tout moun. yon moun ta vle okipe andedan peyi dAyiti, si ou pat

Lekòl pou yon moun vini sitwayen gen menm objektif ranpli menm youn nan devwa sa yo, ou ta dwe gen

nan tout peyi sou latè : idantifye moun ki reyini kondisy- pwoblèm. Tout leta kote yo bay devwa sa yo enpòtans,

on pou fè fonksyone leta. Leson pou rive pase egzamen ki li difisil pou dwamoun pa respekte.

bay kalite sa a, elèv yo aprann li nan fanmi, nan tout lòt Leta kap travay pou respè dwa tout moun pa neglije

lekòl lavi a ki fèt pou sa , nan legliz, nan tout kote sosyete depanse pou rive jwenn bon sitwayen ak bon sitwayèn

a rezève pou sa. ki ka fè peyi yo mache.

Egzamen ki bay yon moun dwa aji kòm sitwayen chita Se pa moun ki vle vini sitwayen ki leve yon jou ki wè

sou konpòtman l parapò ak prensip ki etabli nan sosyete sa fèt. Sosyete ki vle sa fè anpil sakrifis. Yon sitwayèn,

lap viv la. Nap repete ankò lekòl pou fome sitwayen se yon sitwayen se yon moun djanm ki li ak ekri trè byen,

menm bagay nan tout sosyete ki vle modèn. Nan pwo- ki pa soufri malnitrisyon, ki rete nan yon kay konfòtab

chèn entèvansyon nou, nap bay lis matyè ki bay yon Ayi- ki fèt pou nenpòt moun rete. Brèf, yon sitwayèn, yon

syen, yon ayisyèn dwa egzèse fonksyon saa. A bientôt !!! sitwayen se yon moun ki koute chè.

Konsepsyon e elaborasyon 21/11/17 Ekperyans montre peyi kote Leta garanti dwa natirel ak

dwa fondalnatal tout moun, li trè difisil pou ta jwenn

Leçon No 2 : SITWAYEN SE PWODWUI YON SO- yon sitwayèn, yon sitwayen akonpli yon devwa sivik

SYETE oubyen yon ak politik nan pwòp enterè l odetriman

Pou satisfè imans bezwen yon sosyete, save yo envante enterè tout moun. Kenbe la. Nap tounen. Konsepsyon

yon bòs yo rele sitwayen ki gen misyon travay pou rive ak redaksyon 23/11/17

permet Leta garanti dwa tout moun gen yen pou viv byen Suite en page 08

Tous les deux vendredi, Le NOVATEUR et le NORD-OUEST en bonne INTELLIGENCE...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Sosyete/Etat de dwa

Me René Julien ak Eta de Dwa...

Twazyèm leson : WÒL SITWAYEN NAN Konsepsyon ak redaksyon 28-11-17

YON LETA MODÈN Katriyèm leson : SOU KISA YON LETA MODÈN
CHITA
Òganizasyon ak fonksyonman tout Leta chita sou do Save yo kreye yon enstitisyon yo rele Leta ki gen pou
sitwayen ak sitwayèn. misyon fè politik pou rive garanti dwa tout moun gen
Politik yon Leta pou fè yen pou viv byen.
tout moun viv byen se Latè gen tout sa ki ka pèmèt tout moun viv byen. Viv
inikman zèv sitwayen ak byen vle di dwa natirèl tout moun garanti san
sitwayèn. pwoblèm, dwa pou moun manje byen domi byen,
Nan yon leta demokratik, elatriye.
lis bagay sitwayen ak Sèl yon Leta ki chita sou Lalwa ka garanti e fè res-
sitwayèn gen pou yo fè pekte dwa tout moun. Li trè difisil pou vyolans tout
long anpil. Nap bay kèk kalite anpeche yon Leta ranpli misyon l ki se garanti
ladan yo : dwa tout moun kap fonksyone sou lobedjans li.
1) Se sitwayen ak sit- Leta ki chita sou lalwa se yon ròk, se yon beton ame,
wayèn yo direkteman ou gwo katastròf natirèl pa ka fè pèp li kriye ale wè pou
endirekteman ki pèmèt yon ti van lapli.
Tankou pèp Ayisyen an gen lòt pèp sou latè kap viv
yon peyi gen konstitisyon ki se manman lwa ki bay kou- tèlman nan malsite ki pran Leta pou enmi. Tout kote
man Leta òganize epi kouman li dwe fonksyone pou tout pèp gen dirijan ki respekte lalwa, dwa poul viv byen,
moun viv byen epi anpè ; se yon bagay ki pa gen diskisyon.
2) Se sitwayen yo ki bay depite ak senatè manda fè lwa Anpil Ayisyen, sitou sila yo kap viv nan povrete pa
sou tout bagay ki nan enterè tout moun epi veye si lwa yo janm sispann denigre Leta. Yo menm di Leta se vòlè,
aplike nan sans pou tout moun viv byen epi anpè ; se kriminel, se asasen. Yo konfonn Leta ak dirijan kap
3) Se sitwayen ak sitwayèn ki chwazi pandan pou yon tan kraze peyi epi plen pòch yo.
yon sitwayen oubyen yon sitwayèn nan mitan yo pou Kelkeswa Leta a, misyon li se mete tout moun ansanm
konfye djòb Prezidan repiblik nan lide pou fè tou sa lalwa epi anba limyè lalwa aji nan enterè tout moun.
di l fè pou bone tout yon pèp ; Nan tout Etadedwa, gen baliz lalwa mete pou dirijan
4) Se sitwayen ak sitwayèn yo ki chwazi nan komin kote pa tronpe pèp. Baliz sa yo, nou jwenn yo nan konstiti-
yap viv moun ki pou reprezante yo. Se menm bagay la syon 1987 la. Men yo pa janm respekte baliz sa yo. Se
tou nan seksyon kominal yo. sa ki mete nou nan sitiyasyon malouk nap viv jounen
Sòti nan prezidan repiblik/chef leta rive nan KASEK ak jodi a.
ASEK, tout dirijan ki pi enpòtan yo se sitwayen ak sit- Konstitisyon 1987 bay pèp la tout dwa pou pran desten
wayèn peyi a lalwa bay dwa chwazi yo nan eleksyon. l an men. Poutan tout eleksyon ki fèt anba banyè
Nap gen pou nou tounen sou sa nan yon lòt jou. Konstitisyon an fèt telman nan chirepit, yo tounen yon
Sa depan jan sitwayen ak sitwayèn yo aji andedan yon pèlen tèt. Nap gen pou vini sou sa.
Leta, sa ka plonje yon peyi nan malè nèt ale oubyen nan An 1983 Pap Jean-Paul II te di fòk sa chanje an Ayiti.
yon bonè ki pap janm fini. Endividi san kontròl se malè 7 fevriye 1986 kòd diktati kase, anpil moun ki te kwè
yon peyi. Sitwayen byen fòme fè bonè yon peyi. pwoblèm peyi a se Duvalier te pran lari pou kriye byen
Nan peyi kote yo bay moun enpòtans, gen travay ki fèt fò « Ayiti libere ». 30 tan aprè, bagay yo vini pi man-
pou sitwayen pa aji tankou moun fou. Save yo jije yon gonmen.
sitwayen nan zak lap komèt nan non sosyete a ak Leta: Li lè li tan pou n gen yon Leta ki bay tout moun valè :
Jan l vote, jan l dirije, jan l sèvi ak lòt moun, jan l jere moun lavil, moun laplèn, moun nan mòn, timoun,
byen leta. Brèf, nan jan l konpote l devan otorite lalwa. jennmoun, granmoun. Li lè, li tan pou nou gen yon
Yon bon sitwayen refize fè tout bagay ki depaman ak Leta kap travay tout bon vre pou bonè tout moun. Si
lalwa. Lè yon peyi pwòp sitwayen ak sitwayèn ki o nou pa konprann sa konsa se lave men siye atè.
pouvwa ap vyole lalwa, sa vle di se yon peyi ki dekrete Konsepsyon ak redaksyon 30/11/17
lagè kont pwòp tèt li.
Pa bliye: Sekrè pou yon pèp viv byen se nan peyi ki gen
bon sitwayen ak sitwayèn nap jwenn li.

CHAK MWA KREYOLOFONI

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

AGA-GLESOU

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Tout dwa w

Me Pelex Flereme : Enkilpe

Nan tout lari tout radyo nou tande mo enkilpe , Male- koupe ak Yon moun ki koupab pandan ke an dwa gen sa

rezman anpil moun konsidere Yon enkilpe kom Yon yo rele "présomption d' innocence" . Prensip pre-

moun ki koupab de Yon Zak , men an dwa se pa sa; zonpsyon dinosans la vle di menm le gen Yon anket sou

Tèm "Inculpation" an jwenn orijin li nan yon tèm laten Yon moun oubyen yo arete li , devan je lalwa Li inosan

ki se “ Inculpare” ki vle di nan lang Fransè „ Attribuer jiskaske tribinal ki konpetan pou jije Zak Li fè à kon-

une faute à quelqu‟un ». dane Li. Prensip sa nou jwenn li nan Atik 11 deklara-

An dwa lè yo di yon moun enkilpe se lè nan Kad Yon syon inivèsel dwa moun.

enstriksyon (anket) jij denstriksyon an genyen plizyè Mwen vle nou konnen ke an dwa genyen bon diferans

endis serye ki ta vle montre ke moun sa ta otè oubyen antr , prevni , Akize, enkilpe ak koupab.

konplis de Yon Krim oubyen Yon deli. Prevni: moun yo rele prevni se Yon moun ki genyen

Enkilpasyon se pa Yon jijman men se desizyon Yon jij Yon pousuit jidisyè deyè yo pou Yon deli ou Yon kon-

denstriksyon pran nan Kad envestigasyon li. travansyon e ki twouve Li nan Yon sitiyasyon kote Li

Pa bliye Se Selman jij enstriksyon ki ka enkilpe moun. ap tann jijman.

Lè nou di endis(indice) mo sa jwenn orijin li tou nan mo Akize: se Yon moun ki gen Yon akizasyon sou do Li

laten « index » ki vle di nan lang fransè « qui indique » , pou Yon Krim kelkonk e lap tann pou Li ale jije devan

an dwa yon endis se tout sa ki ka rann posib yon en- tribinal kriminèl.

fraksyon ou byen yon fè ke jij la ap chache san vreman Enkilpe: se moun ki gen soupson sou li de Yon en-

li pa Yon prév definitif . Depi ou wè endis ou wè soup- fraksyon nan Kad Yon enstriksyon (anket) . Sitiyasyon

son, ou wè Jan yo di an fransè "présomption". enkilpe à ka vin evolye pou Li vin swa prevni swa

Fok nou pa bliye ke Yon moun ki enkilpe se pa Yon akize.

moun ki ni koupab ni kondane , lè Yon dosye rive nan Koupab: se pa paske Yon moun akize , prevni , enkilpe

men jij denstriksyon an Li fè ankèt Li , Li tande moun ki fè Li koupab pou sa. Yon moun ka koupab selman lè

nan e nan Kad anket la si Li jwenn kek endis ki serye li Yon tribinal konpetan jije l e kondane Li pou en-

ka deside enkilpe moun nan. Le Li enkilpe moun nan Li fraksyon Li komèt la.

ka bay manda depo pou Li e Li ka deside kite Li an li- Me Pelex F.

bète pandan anket la ap kontinye. Siw satisfè de ti eksplikasyon sa klike sou link sa pou

Tèm enkilpe à nou te kopye Li sou lafrans men yo like page la pou plis enfomasyon sou dwa an Ayiti.

menm yo te pran Yon lwa nan dat 4 janvye 1993 pou yo https://www.facebook.com/fleremelaw/

ranplase enkilpe pa " mis en examen" . Yo te fè sa paske Ou ka ekrim tou pou plis detay gratis ti cheri sou

yo te twouve lè yo di Yon moun enkilpe Li sanble tet whatsapp nan nimewo : 37011865

CHAK MWA KREYOLOFONI

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

POLIKLINIK
LAFANMI

Dr. Agabus Joseph

Klinik Sa Pran Swen
Tout Fanm Yo

Bénito Sylvain
Tel : 3777-3761

Fanm ki mete grèf bat tèt yo Si w gen menaj ou toujou ap pale
pase tanbou rara Leyogann Ex ou mal ou pako prè Pou gen nèg

Atansyon: wi poud boujwa Gason Miami pap file yon Fanm sil
pa fèt Pou Fanm nwè pa nurse ou byen nan dènye ane
nursing school
Fanm ki mete perik pa janm
pap manyen tèt yo Gason kounyea mande kado ke
Fanm

Shouttt lè wap byen pran san'w pouw swiv ranmase EVALIERE
BEAUPLAN ap byen pase pa gen yon kesyon de patizànri se yon
kesyon de peyi anpil gro chiffffff ap tombe se nan eta sa nèg yo

MASAKRE lajan petrocaribe ya shittttttt nan eta sa vòlè nou
santi OH MY GOD merci BEAUPLAN ou fè nou dekouvri vòlè yo

menm si yo pap pran kod...

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang11

RIBRIK :

Me Flerex Pelerme : Erè medikal /

Anpil fwa moun mouri se pa maladi yo genyen an ki medsin .

touye yo, anpil fwa se doktè ki fè erè ki lakoz anpil moun An ayiti pa Ko gen lwa ki panche egzakteman sou

malad mouri. kesyon sa malerezman , se sa ki fè doktè touye Jan yo

Moun yo konn mouri vle e yo fè neglijans lè lide yo di yo.

paske gen erè diagnostik, Jiridikman Nou ka konsidere Yon doktè ki fè Yon erè

yo mouri paske doktè ki koz Yon moun malad mouri kòm Yon moun ki

konn ba yo plis medi- touye moun nan san Li pa vle ( homicide invo-

kaman ke ka yo merite lontaire) .

(surdose), yo mouri tou Atik 264 kod pénal la di nenpot ki moun ki fè

akoz mank kominikasyon enpridans , ki pa fè atansyon , ki fè neglijans , ki pa

oubyen konplikasyon ki respekte regleman ki koz Yon moun mouri , ap Pini de

te evitab.. elatriye. Yon pèn antr yon mwa à Yon lane e Yon Amand soti

Nan peyi etazini genyen 32 goud à 96 goud.

plis pase 250 000 moun Moun ki koupab fot oubyen erè a tou Li pwal tonbe

ki mouri chak ane pa erè anba Atik 1168 kod sivil la ki di moun ki koze tò à

doktè fè daprè Yon etid Yon lot dwe répare li.

doktè Martin Makary et Pwoblèm nan erè oubyen fot doktè a ka pwouve men li

Michael Daniel ki soti difisil paske pwofesyon medsin nan soumèt li a sa yo

nan "Johns Hopkins Uni- rele obligasyon mwayen m'en pa a obligasyon rezilta.

versity School of Mede- Sa vle di lè ou al wè yon doktè Li pa oblije geriw.

cine Baltimore" fè. Yo fè Anplis nou pa gen lwa sou fonksyonman medsin nan

etid sou tout ka ki te lopi- peyi a, doktè touye moun lè yo vle , menm Yon asirans

tal soti an 1999 rive lane responsabilite sivil peyi a pa egzije Yon medsen gen

2013. Yo te konsidere anvan Li pwofese isit. Nou pa gen pyès kote pou pote

kantite moun sa yo ki plent Yon doktè ki neglijan , pa gen pyès òd medsen

mouri yo se selman moun isit ,tout voum se do, chalatan nan tout kwen, yo pa

ki nan lopital sa vle di li janm retiré lisans pyes neg isit komsi tout se bon ba-

pi plis. Etid sa te pibliye nan " Revue British Medical gay. Pa gen tou pyès egzijans resiklaj pou medsen

Journal (BMJ)" . Ayiti.

Yo konsidere erè doktè fè sou moun ozetazini kom Doktè yo dwe konnen ke jij la gen dwa mande konkou

twazyèm koz lanmò aprè kansè ki touye 585000 moun yon ekspè pou ede li fè verite tabli , jij la kapab mande

chak ane ak maladi kè ki touye 611000 moun chak ane yon medsen lejis ayisyen ou etranje pou ede Li fè li-

Nan peyi lafrans daprè plent ki pote yo konsidere erè myè sou ka a e ak sa yo ka pwouve fot doktè a.

doktè fè anviwon 450000 moun viktim chak ane e se sa ki Nou swete ti refleksyon sa fè palmantè , gouvènman ak

fe nan mwa mas 2002 yo te pran Yon lwa pou eseye re- chef isi panche sou kesyon sa paske lavi pa gen pri.

zoud kesyon sa. Konnya nou ka konprann poukisa yo trete medsen yo

Men peyi sa yo gen lwa ak òd medsen ki montre Jan dok- mal konsa nan peyi a. Lew peye Yon medsen 15000 à

tè yo dwe fonksyone e gen sanksyon tou ki etabli . 20000 goud tou ou vreman pa ka anpeche yo touye

An ayiti malerezman nou pa vreman konnen konbyen pitit pep la.

moun doktè touye akoz neglijans , akoz yo kreten oubyen Ann komanse respekte lavi pou se pa kiba Ak USA

paske yo gen movez fwa, e konbyen moun ki viktim erè nou Al deyè laswenyay le nou malad. Se tris sa map di

yo fè. Nenpot sa doktè fè nan peyi isit pa gen sanksyon . la men lè yon moun al lopital nan peyi sa ou pi pré

Gen diferans antr fot ak erè nan domèn medikal, Yon erè lanmò ke lavi.

kapab gen rapò ak lè doktè a twompe li sou diagnostik , Me Pelex Flereme.

sou swen Li sipoze bay , sou kantite tan Li sipoze bay Siw satisfè de ti eksplikasyon sa klike sou link sa pou

yon medikaman elatriye. Fot medikal la se lè doktè à pa like page la pou plis enfomasyon sou dwa an Ayiti.

respekte Jan yo di an fransè "les règles de l'art" , lè doktè https://www.facebook.com/fleremelaw/

a enpridan, li pa aji selon prensip metye a , lè doktè a aji Ou kapab kontakte nou tou pou plis detay gratis ti che-

nan Yon fason ki pa konfòm ak sa li aprann nan domèn ri pa WhatsApp sou : 50937011865.

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version
Previous Book
ASI Revised 2018
Next Book
Revista Natura - Ciclo 18