The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2022-04-07 20:00:02

Kreyolofoni#57A

Kreyolofoni#57A

LANE IV, NIMEWO 057 AVRIL 2022 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

An nou ANDEDAN
leve kanpe KREYOLOFONI

1.– Edito: Konsansis
nasyonal: Dechoukay
li ye tonton! p.3

2. Nou pa dwe bliye
Jean L. Dominique ak
tout lòt viktim yo p.11

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

TOY SHOP
PLUS

BOTANIKA

PLANET
FM

100. FM
STEREYO

pou mande Pa Bliye
libere Ayiti
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pier r e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier r e
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéter ie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : kr [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.

Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

Konsansis nasyonal la: « Dechoukay li ye tonton »
Se sosyològ Hubert De Ronceray ki te ekri e l’ te gen rezon: « Lavni Dayiti bloke andedan pa
yon egoyis irekonsilyab e deyò pa yon rasis ki pa kache vizaj li ». Pwovèb kreyòl la anseye nou: « Si
andedan pa bay deyò pa ka pran ». Andedan kawo a kote trèt mòtèl nan mitan nou lye ak lènmi kolon
gang yo, se Ayitien yo menm ki pou fè yon konplo moun de byen pou n soti ladan l pou tout tan.
« Fèy o sove lavi nou, nan mizè nou ye, o » (chanson popilè.
Ayiti manman nou ap deperi. Ekonomi an degraba. Enflasyon ap galope. Koripsyon fè youn
ak enpinite. Trafik zam ak dwòg fè klen klen. Enterè otorite doubout sou enterè nasyonal. Enstabilite
politik, ensekirite enstitisyonèl, ensalibrite jeneralize. Enkyetid toupatou. Decheyans total kapital. Nap
vivote andedan tirani jounen jodia e tout pèp gen dwa fè rezistans a lopresyon an dwa entènasyonal
piblik. « Dechoukay li ye tonton ».
Ayiti dwe soulve kont rejim opresè Mesye Ariel Henry ap dirije a e pèp la dwe itilize « soft et
hard coup » pou ranvèse l’ oplivit. « Dechoukay li ye tonton » doktè Jean Fils-Aimé deklare nan yon
emisyon lib tribin sou ensekirite nan emisyon « La lumière sur le monde » kote popilasyon andedan
tankou deyò fè pwopozisyon l’. Konsansis nasyonal e entènasyonal la se « dechoukay » men Pòdepè
nan Koze Anba Tonèl (KAT) mande yon plito yon « dechoukay òdone ». Sal vle di fòk nou ale nan
sous ensekirite a kote distribisyon zam ak minisyon yo ap fèt.
JafrikAyiti Jean Elissaint St-Vil, yon revolisyonè san parèy, konseye nou li yon dokiman
titre : « Arnel Joseph parle comme un rossignol » kote bandi Arnel ki se te yon gang 400 Mawozo site
non patwon l’ yo (Gang Montagne noire) yo ki te konn bay zam ak minisyon pou simen latwoublay
nan tout peyi a. « Pa gen wout pa bwa, kanpe goumen l ye tonton, fwa sa a nou pa nan lave men siye
atè » JakrikAyiti souliye an lèt wouj.
Doktè Fils-Aimé konseye: « Monte brigad kominal toupatou pou n asire defans tèt nou kont
bandi, gang, kidnapè. Ame nou ak koulin, manchèt, zam blanch poun defann tèt nou, peyi n’. Lage
woulo konpresè a, mete nou an « mode de légitime défense ». Kase brize. Dezobeyisans sivil. Bloke
tout sa n’ ka bloke. Fòk nou fè yo mal kote yo fè nou mal. Annou swiv Mali, Bukina Fasso kòm modèl.
Etazini sous koripsyon an, enstabilite a ak asasina politik la an Ayiti an sitiyasyon difisil, li ajenou
devan pwisans nikleyè Larisi a, annou anvizaje yon viraj alès ».
Malcom X tap di: « Pa tout mwayen posib yo » fòk nou reprann kontwol peyi nou nan men
Etazini, Kanada, Lafrans atravè Core group ki se yon sendika anbasadè asasen yo kreye depwi 24
janvye 2003 nan Inityati Otawa kote yo « Suspendre l’indépendance d’Hayti » paske pou yo, Ayitien
pa ka dirije tèt yo. E depwi, yo konplote ak konze desèvis entèn yo pou deloje prezidan Jean Bertrand
Aristide demokratikman eli, kidnape e ekzile l’an 2004. Core Group asasen an entronize prezidan –
René Préval (2006), Michel Joseph Martelly (2011) e Jovenel Moise (2017). Klas politik tradisyonèl,
bwasè dafè ak inivèsitè jako repèt transnasyonal yo konplote ak lènmi mòtèl yo pou toufe Ayiti. Sa
nap tann konpatriyòt mwen yo. Leve kanpe.
Koze Anba Tonèl (KAT) nan Nòdwès di pa gen wout pa bwa. Annou fèmen anbasad lènmi yo
pou (1) dizoud Core Group pou n rekouvre souverète nasyonal nou e (2) dechoukay òdone pou n’ re-
prann gouvènans peyin’ kote nap aplike pwopozisyon doktè Jean Fils-Aimé ki nan liv « Hayti: Miroir
d’une société en décomposition avancée. Et si on recommençait ! ».
Konsa, Konsèy Gouvènman Refondasyon an (13 patriyòt) vizavi Komisyon Kontwol
Daksyon Gouvènmantal (13 patriyòt) ap travay sou 14 pwojè fondatè pou n’ kreye nouvo etanasyon
an. Fwa sa a, nap chante antèman modèl sistèm d’apartheid ekonomik e politik etabli depwi 1806 lan
e se ap reyedite epope 1804 la pou tout tan. Edito mwa avril 2022

“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

Nou poko ka imajine jan ti nèg Haïtiens
mechan!

Kerlens Tilus, mas 2022 peyi a nèt e kijan bandi legal Lavalas-PHTK yo
Lè yo di w Haïtiens an mechan an, se pa jwèt fonksyone.
non. Èske nou konnen nan rankont Jovenel Moïse te fè Yo kreye yon Divizyon anndan peyi a kote nou
ak mesye Larisi soti Novanm 2020 rive Jwen 2021, li te te konnen se Martelly ki met Jovenel Moïse, kidonk yo
mande yon koudmen ka lapide Jovenel nèt
ale, moun pap janm
sou kesyon sekirite a, e kwè li te vle fè kichòy.
ede Haïti kontwole
fwontyè, pò ak Ayopò? Èske nou konnen gwo
bwa nan PHTK yo pat
Lè Prezidan Jovenel janm danse kole ak Jo-
Moïse t al nan peyi
Turquie, li siyen venel Moïse, e yo te
konn finanse manifesta-
pwotokòl dakò sou syon kont Jovenel
kesyon sa a ak re-
sponsab Larisi yo. Sa k Moïse, e Prezidan an
toujou konnen trakta-
fè Ti Claude Joseph ak syon y ap fè? Sa k rive
Jovenelis yo pa mete
dokiman sa yo deyò ki Jovenel Moïse la, se
yon leson ki pèmèt
ka montre kiyès ki gen lafwa m ogmante plis e
enterè touye Jovenel ?
Lè nou wè gen Haïtiens ki fè m pran tan pou m
reflechi sou jan m ap
ki konn li byen ale- viv, relasyon m ak
tranje ap joure Vladi-
mir Poutine, se pa sèl- KREYATÈ a e relasyon
m ak moun. Ti jenn yo,
man pou zafè Ikrèn, yo pran tan pou nou panse
te kont pwojè konbat
bandi nan peyi a. Nou ak saga Jovenel Moïse
la, sa ka ede nou restrik-
konn kiyès k ap ankou-
raje vyolans ak gang anndan peyi a. Haïti sou kote Etazi- tire vi nou. Se pwòp zanmi, pwòch Jovenel Moïse ki
ni la, 90 minit ak Florid nan avyon, èske Ameriken ino- trayi li. Jovenel Moïse te vle fè kèk ti bagay, e mwen
san nan gwo zam k ap rantre ann Haïti ? Gen bagay diskite anpil bagay ak li, e gen dosye li te vle manyen,
mwen konnen Jovenel Moïse t ap antreprann ki te de- se dosye mwen konn trete nan tèks mwen yo, e mwen
ranje ni Martelly ni nèg Lavalas yo, Aristide, ni nèg k ap entèpele misye sou yo. Pap janm gen okenn ti nèg nwè
rantre zam, fè kidnaping yo. Mwen, se lanmò Jovenel k ap monte sou pouvwa e fè kichòy pou peyi a si l pa
Moïse ki vin fè m plis konprann jan Blan an kontwole konprann Prezidans Jovenel Moïse.
Ale nan paj 06

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau

Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

Skason Baptiste :
AN NOU LEVE KANPE
POU MANDE LIBERE AYITI

Chak lè ti vagabon sal yo kidnape yon moun ki popilè, Epi sa w tande a, krèy la ap kontinye aprè plis pase 215
yon moun NOU admire, NOU leve kanpe pou NOU lane asasina Papa Nasyon an, Jean-Jacques Dessalines.
mande liberasyon l prese prese. Rezilta, yo libere l vre, Wi, NOU tèlman dous (pasif), malgre n ap rele NOU pa
men yo asire yo, yo pran 2 lòt pami NOU avan oubyen kapab ankò, li fè NOU mal, l ap fè san, yo fè kòmsi yo
nan moman liberasyon an. NOU re leve ankò si nouvo pa tande nou. M gen enpresyon yo pran kri NOU yo pou
yo pran yo popilè, sinon zafè a yo. alsiyis. Dayè, m santi toutotan NOU pa endispoze yo p
San NOU pa rann nou kont, NOU rantre nan yon ti jwèt ap sispann plimen NOU. Sa ki pi grav la, NOU ap rele
« Kidnape - Manifèste - Libere
», kèk fwa tou li konn « Kid-
nape - Peye - Libere », men gen
kèk jou rezilta jwèt la konn «
Kidnape - Peye - Asasine », sa
depan de kilès pami NOU yo ta
pran. Sa depan de kantite bri
NOU te fè pou li. Elas !
Pou mwen, bagay sa se yon
veritab krèy a 3, « Leta - NOU -
Gang », kote NOU nan mitan 2
gran kreyè ki antann yo pou yo
plimen (dechèpiye) NOU,
maten, midi, swa.
Sa ki pi grav la, timoun, jèn,
granmoun, elèv lekòl, kretyen,
vodouyizan, fanm tankou gason,
okenn pami NOU pa epanye.
Malgre sa, NOU tout ap gouye
(kolekte lajan) pou pran swen
(peye) menm moun k ap plimen
NOU yo. Keseswa nan peye
Leta taks ak enpo pou pwoteje
NOU, oubyen nan peye Gang
pou libere otaj ki pwòch NOU.
An pasan, m pa janm konprann
bagay sa, NOU ap peye Leta
pou li pa kite Gang pran NOU,
an menm tan NOU ap peye
Gang pou libere NOU aprè yo ta fin pran NOU. Kote me l ap fè san, an menm tan NOU ap gouye (kanaval),
NOU jwenn kòb pou NOU peye tou 2 alafwa, NOU nan sa ki bay Papa krèy yo enpresyon, li pa fè NOU mal vre,
kidnapin ? Se nan men NOU kòb Petro Caribe a ye ? Se se rizèz ki nan kò NOU. Se byen domaj !
kòmsi NOU ap peye yon konpayi sekirite pou pa kite Pou m fini, si chak lè yon sektè leve kanpe pou mande
bandi rantre lakay NOU, an menm tan NOU ap peye liberasyon X oubyen Y prese prese, yo fè l vre. Poukisa
bandi pou yo pa rantre lakay NOU. NOU konpòte NOU NOU tout pa pwofite leve kanpe pou nou mande libere
tankou moun k ap fè kòb san fòse. Tandiske m byen tout nasyon an k ap sibi zak vyolans depi digdantan ?
konnen, anpil nan NOU, se nan imilyasyon, se nan Pouki NOU pa fè yon sèl leve kanpe pou NOU mande
gouye anba lavi NOU resi fè degouden. liberasyon Ayiti, li pa gen gwo non ? Li pa popilè ?
Pi lwen, anpil lòt k ap pran pòz (pòz NOU pi renmen NOU pa renmen l ? Si wi, kisa NOU ap tann ? NOU ap
yo), se sou plimen (piye) epi demake yo ye tou. Ti pati tann kadejakè san fwa, ni lwa yo gwòs li, vire do yo
(pati politik) yo kanpe byen rèd, y ap pouse do sila yo k ale ? Oubyen n ap tann yo dekole matris li ?
ap plimen nan moman an la, pou yo ka pran plas la vin #SoulèvmanJeneral
plimen. Gen nan yo, se paske yo poko janm goute NOU. Skason Baptiste
Gen lòt se paske yo poko te fin souse NOU, NOU dous. 26 janvye 2021

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KILTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

Nou poko ka imajine jan ti nèg Haïtiens
mechan!

Mwen pap janm sispann di ti jenn yo pa pote Rèn Anakaona, pase pran Toussaint Dessalines Chris-
boure. Lè m ap gade mizangad mwen konn bay Jovenel tophe, rive sou Duvalier Aristide, Martelly; se ti nèg
Moïse ak yon bann ti visye awogan ki bò kote l tankou ki trayi zanmi yo, alye yo. Mwen sibi trayizon ak
Reynald Lubérice, yon kòwonpi, visye tankou chyen ki zanmi Lekòl, Legliz, nan Eskout, Inivèsite, nan kad
pran pòz awogan li, yon bann nèg ki fè vi yo ap fè masisi, pwofesyonèl; mwen konprann dosye Jovenel Moïse
vann zam, vann dwòg, Jojo pat konprann. Pa gen ti jenn la la byen, e m ap panse anpil ak zafè liv la. Mwen rete
k ap fè politik ki pap fini menm jan ak Jovenel Moïse ki te twa ansyen mi-
kwè li te ka rantre nan mafya e fè kout gidon apre. Mwen nis Jovenel pou
kenbe kiyè m kout ak Haïtiens. M ap reflechi pou m wè si m entèvyouve,
m ka soti yon liv la an Jiyè sou monte ak chit Jovenel epi gaz kole.
Moïse tankou yon kap grandou. Mwen kwè mwen dwe Dezòd
jenès la yon bon Refleksyon sou Ka Jovenel Moïse la. Se trayi moun,
malpwòpte ak chawony peyi sa a bay plis. Senatè Andris touye Chèf Leta
Riché ka yon blagè menm jan ak Senatè Jean Hector Ana- a dwe fini. Lè
cacis, men 2 nèg sa yo bay verite nan fè blag. nou konnen ki-
Gen moun ki te pwòch mwen, mwen pap janm jan tout sektè
pale ak yo ankò paske m konprann se pat Jovenel Moïse ki met ansanm pou
te pwoblèm yo, yo jis toujou kanpe kont Haïti. Mwen kon- kraze peyi a,
bat Jovenel Moïse depi lè li kandida, men li pat enmi m e touye kad nan
se Premye chèf Leta ki pran telefòn li pou l rele m pou l Leta, touye
mande m dyalòg, e mwen te chita tande misye. Si w ren- pwofesyonèl, n
men Haïti e ou vle goumen pou chanjman peyi a kòm jenn, ap konprann pa
chita poze moun ki te kot Jovenel Moïse kesyon, moun ki gen mwayen pou Jojo pat mouri. Mwen pa janm sis-
te konn misye, w ap konn verite a. M ap priye nou an gras, pann fredone ti Mizik Don Kato fè :"Jojo dòmi deyò,
pran tout entèvansyon Jovenel Moïse fè depi 2015 jouk li Jojo mele, Jojo antrave". M ap gade jan je nèg yo
mouri, gade jan opozisyon an reyaji, gade diskou nèg chèch. Patrick Moussignac ka mouri demen maten,
PHTK yo pandan manda li a, epi gade kijan y ap goumen men m ap raple chak lè m frape misye sou Rezo so-
pou envestigasyon sou sansinay la pa abouti, e gade jan syal yo, li toujou di m: « Kerlens, ou briyan anpil,
vyolans lan ogmante, epi w ap konprann. kontinye obsève, kontinye fè rechèch paske ou
Gen nèg ki te konn pale ak mwen chak jou ki di
m bay dosye Jovenel Moïse la vag paske m pa t ap fè kòb gen bon konprann e ou ka itil peyi a nan pale
ak li; mwen reponn yo ke m konprann sa k rive Jojo e verite ». Mwen pa nèg ki saj menm, sitou lè ti
mwen dwe di ti jenn ki panse yo ka chanje Peyi a nan tout
inyorans yo verite. Ansasinay Jovenel Moïse la rantre nan nèg panse yo ka betize ak mwen. M ap kontinye pale
yon tradisyon trayizon sou tè sa a depi sou tan Kaonabo ak sou dosye Jojo a paske m konnen kouman konplo a
moute depi 2014 jouk rive jodia.

Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU...7

RIBRIK : Sa zòt di...

MATEN AN,
M PASE YON BÈL MOMAN LEGLIZ LA

An depi de tout feblès sosyetal yo, legliz rete pou mwen dirab.
yon pami espas sosyalizasyon ki mwens mal yo. Tèlman Jodi dimanch 3 avril 2022 a, sijè prèch la, deklarasyon
gen timoun k ap leve san fanmi, epi ti rès fanmi ki egziste predikatè a ak bi priyè fidèl yo pa fin enterese m pou
a prèske fonn nan prekarite ak koripsyon, nou vin pa ka m vin rakonte w nan yon pòt Facebook. M plis anvi fè
konte sou li. Lekòl li menm demisyone depi digdantan. ti pale ak ou sou fason mwen menm ak ou wè yonn lòt.
San bliye konsyans nasyonal ak patriyotik anpil nan nou An n pale zanmi m, frè / sè m, konpatriyòt mwen.
ki prèske paralize. Tout sa yo konstitiye yon gwo menas Kòman w wè m pa rapò ak pozisyon / diskou m nan
sou avni sosyete a. dènye jou sa yo ?
Jan m toujou di l, pa gen sosyete dirab san yerchi ak Èske w fè pati de kretyen ki konsidere
otorite. Legliz rete pou mwen, yonn nan enstitisyon kote @SkasonBaptiste kòm anvwaye espesyal, pou m pa di
fidèl yo gen anpil krentif pou dirijan legliz yo, tandiske reprezantan / anbasadè / delege Lisifè sou latè ? Lè w
menm fidèl sa yo pa souvan gen tout respè ak krentif sa gade m, ou pa wè m sanble ak ou ? Lè w tande deklar-
pou swadizan dirijan nan Leta yo, menm si anpil nan leg- asyon m yo, ou wè m kont Bondye w ap sèvi a ? Èske
liz sa yo pa egzòte fidèl yo pou okenn sans responsabilite lè w li piblikasyon m yo, ou wè m sanble ak pitit San-
tan le djab ou konstrui a ?
Yon lòt bò, èske w te konnen m al legliz regilyèman,
kontribye nan ofrann / dim, menm jan ak ou ? M ale
nan jèn, nan vèy de nwi tou kèk fwa. Diferans ki petèt
gen ant mwen menm ak ou, m ale nan tout legliz. Pi
souvan se Batis, apresa se temwen Jeyova, advantis ak
katolik. Lòt yo, se yon lè konsa. M konn al nan peristil
tou sitou lè m jwenn envitasyon, oubyen si m ap pase,
m al tonbe sou li, ou konnen yo pa twò piblik. Sa se
yon lòt deba m ap gen pou m abòde, zafè diskresyon
relijye a.
An reyalite, enterè piblikasyon m nan jodi a, se pa
menm pou idantifye kilès ki pitit Bondye oubyen pitit
Satan. M plis anvi di w, an depi de tout diferans nou,
mwen menm ak ou ap rete frè (ak sè), nou gen menm
zansèt, menm patri. Nou se 2 pitit peyi d Ayiti ki gen
menm enterè nan peyi a, san dout ki gen 2 sans an-
gajman diferan.
An palan de diferans yo, m konprann ou kapab mete
tout konfyans ou nan Bondye pou vin delivre w anba
men mechan yo. Mwen m met tout konfyans mwen
nan angajman ak enplikasyon politik ou pou n kontre-
kare mechan yo.
Menm jan m pa mete an dout grandè ak pouvwa Bon-
dye w ap sèvi nan lavi pèsonèl ou a, konsa m pa vle w
doute de fòs ak pouvwa kòm Pèp nwa, nan tout mond
la. E se poutèt sa, pandan w ap louwe Bondye maten,

Ale nan paj 09

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Sa zòt panse...

Yo mande m sa m panse de pwoblèm gang
ak kidnaping k ap fè ravaj lakay.

Yo mande m sa m panse de avyon ke lepèp
boule nan aewopò Okay.

Paul Jérémie Peyi a dwe lòk, tout moun dwe deranje, tout moun dwe
Desten Ayiti deraye depi 17 oktòb 1806. Aksyon Pétion soufri dekwa pou tout moun pran konsyans e chanje
ak eritye l yo. mantalite.
Ekonomi Ayiti pèdi dwa granmoun li depi 17 avril 1825. Gen yon seri politisyen ki sèvi ak ensekirite, ensta-
Aksyon Pétion ak Boyer e eritye yo. bilite, barikad, dechoukaj, sabotaj e zak teworis pou yo
Kilti Ayiti pèdi idantite l depi omwen 28 mas 1860. bloke peyi a. Anpil fwa, se sèl jan yo ka pran pouvwa.
Aksyon Geffrard ak eritye l yo. Se yo k konnen.
Klas politik ak lame
ann Ayiti pèdi dwa Sepandan pou lòt
granmoun yo depi om- sitwayen tankou m,
wen 27 jiyè 1915. bloke peyi dwe yon
Aksyon Etazini ak ekzèsis demokratik
Konze l yo. ki pase pa grèv
Si andedan pa bay, manch long nan
deyò pa ka pran. transpò ak travay,
Peyi a bezwen yon tab- manifestasyon,
ula raza... osinon l ap bòykòt, dezobey-
kraze sou nou tout. isans sivil, grèv dy-
Sistèm kapitalis ne- aspora nan transfere
oesklavajis peze souse lajan e nan vwayaje
a ap trangle n e dwe lakay. Nou ta pi
kaba. renmen wè lelit yo
Lapatri an danje. ak patwon yo kon-
Eritaj twa san lane lesk- santi rebat kat la ak
lavaj sa a se pwazon. pèp ouvriye e pey-
Nou nan kondisyon izan san bri san
1791 kounye a. kont.
Yon bon pati majorite Moun ka diskite sou
nasyonal la pa santi yo ki zam ki efikas e ki
gen anyen pou yo pèdi. lejitim pou tabli
Se menm dezespwa sa a peyi lòk. Men sa ki
ki pouse anpil nan yo enpòtan, fòk peyi a
pran chans lage kò yo nan bato pandan yo byen konnen lòk, fòk tren lanmò
gen plis chans pou yo mouri sou dlo. sa a kanpe, wè pa wè. Jan l pase l pase.
Twòp enjistis. Si revolisyon 1803 a pa fini,
Twòp abi. Ayiti cheri ap depafini,
Twòp enpinite. Desalin ap remouri,
Twòp prejije. Se nou tout k ap pèdi,
Twòp diskriminasyon. Akoz egoyis n ap peri.
Twòp monopòl. Pwoblèm Ayiti gen pye ak tèt. Tèt la se pitit peyi a, se
Twòp bè ap fèt sou do lamizè. la solisyon an chita, e sa ap mande gwo sakrifis. Jan
Twòp endiferans. konpatriyòt Hubert Deronceray te di, "l'avenir d'Ayiti
Twòp rayisab. est bloqué à l'intérieur par des égoïsmes irréconcilia-
Twòp "apartheid". bles et à l'extérieur par un racisme à visage découvert".
Se twòp atò! Atansyon pou moun ki enterese yo.
Absè a dwe pete. Nòt sa a tounen yon atik ki pibliye nan Le Nouvelliste
Pa gen zafè de kite l mache. Pa gen sa pyès! apre anpil pase men e anpil presizyon. Men sepandan
nannan an rete menm jan an.

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Di saw vle...

MATEN AN,
M PASE YON BÈL MOMAN LEGLIZ LA

midi swa paske l kreye syèl la ak tè a, m p ap janm Kris, m ta renmen w tolere m k ap fè disip pou Jean
sispann onore w paske w kreye libète pou tout moun ki Jacques Dessalines ? Daprè mwen, menm jan w twouve
anba syèl epi ki sou tè a. li lojik pou w ap preche lòt la levanjil chak jou a, nan
Ô Demos haïtiano ! Tout limanite gen krentif pou fòs lide pou l konvèti, se konsa m santi l lojik pou m preche
ou. Dayè w se premye Repiblik nwa endepandan, pa kite w sitwayènte chak jou, nan lide pou w angaje w. Lè w
okenn kolon fè w tounen dènye, pou m pa di sèl pèp nwa kwaze ak sila yo ki deja kretyen yo, ou mande l
depandan de yon misyon entènasyonal oubyen de yon èt pèsevere. Se menm bagay la avèk mwen, si w deja an-
siprèm. Ou endepandan depi 1803 mwen di w. Sa vke gaje w kòm sitwayen, m ap mande w pèsevere, pandan
di, gen anpil bagay, se ou menm sèlman ki ka, e ki dwe m ap envite w fè disip pou Ayiti. #AuxGrandsMaux-
regle yo. Se pa ni yon gwoup misyonè, ni yon èt siprèm. LesGrandsRemèdes
#BaySezaSaKiPouSeza #BayBondyeSaKiPouBondye @SkasonBaptiste
Frè m, sè m, kretyen, konpatriyòt mwen, ou petèt angaje 3 avril 2022
w pou mwen ak ou al nan syèl byento. Mèsi pou sa !
Mwen m angaje m pou mwen ak ou viv byen sou tè a,
jodi a menm. E nan sans sa, sipò w enkondisyonèl.
Ou petèt ap mande Bondye pwoteje w kont gang, tan-
diske m ap fòse iresponsab nan Leta yo pran re-
sponsabilite yo kont gang oubyen bay demisyon yo.
Tout sa se pou m di w, nou se 2 pitit peyi a k ap chèche
pwoteksyon isit anndan peyi a. Se petèt misyon ak es-
trateji nou ki diferan. Dayè, menm jan y ap kidnape,
vyole, tòtire, asasine sila ki pa kretyen yo, yo fè menm
bagay la tou kont kretyen yo. Sa vle di nou tout nan
menm panye, menm sak la. Tou senpleman paske nou
nan yon sosyete kote dwa moun pa respekte.
E kwè m si w vle, lè l ap resi fè jou, lè ap resi gen lavi
miyò isit, se ap pou nou tout moun, nasyonal tankou
etranje, kit ou te kretyen, vodouyizan, mizilman, ate,
elatriye.
Frè m, sè m, zanmi, fanmi, konpatriyòt mwen, menm jan
w bay tèt ou misyon pou w evanjelize, fè disip pou Jezi

Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

JENERASYON NOUVEL AYITI

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND

Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...

Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098

Kriminalite nan pòdepè !
Kwendal remèsye kliyan l yo...

Se preske chak jou yon moun pou pi piti mouri nan vil popilasyon an !
pòtpe ak anviwon swa ak kout kouto (zam blanch) swa Nan vwa mesye dam tèt san cheve yo, kite pòtpe ma-
ak zam a fe. che !
Jodia vè 5h apremidi yon jenn fanm ki gen 23 lane, ki Daniel Loriston
lekòl collège classic Moderne, e ki nan klas NS3, sou RG80
non Daldjoulie Occius, twouve lanmò anba yon kout
kouto ke yon jenn gason ki rele Beby ta bali nan zòn kè *****************
li. Kwen DAL remèsye Francisque Jean-Charles , Altery
Demwazèl la senyen anpil apresa li mouri nan sal ijans Etienne, Jacques Alin Michaud , Monfort Telusnor ,
lipital imakile. Paul Amilcar Corneille , Marc Laurry Ermann Sain-
Se nan zòn mòn nan Aman krim sa pase. vil , Nelo Junior Israel, Yvenet Voltaire, Steeve Util,
Daprè moun ki te la, Beby te selman di demwazèl la ke Rock Juvens Clavel, Merveillé Ocnel, Annie Beau-
li se madivin epi li foure kouto anba kè li. voir, Mario Valmé, Isaac Tirhus ak tout lòt kliyan kite
Pou koulya Jij Paul Blanc ap fè konsta legal yo avan yo pase goute bon manje nou yo !
mete kadav la nan mòg.
Apre zak sila Beby te al kache epi moun nan zòn nan Pa bliye chak jou depil fè 9h boul nan maten nou deja
chache li kou chen fou jouk yo jwenn li epi remèt li bay la, jouk rive 9h diswa.
lapolis. Beby ap reflechi nan komisarya pòtpe a nan KWEN DAL, Paradi manje !
moman sa ! Bò plas katedral podepè akote lekòl kay sè yo !
Vil pòtpe gen plizyè tan gen zòn depil fè 9h diswa ou Siw ap òganize yon fèt, kwen DAL ka al baw yon
paka pase. Jouk devan lise Tètilyen Gilbo neg ak zam sèvis pèsonalize nan mitan jadenw, nan lakouw, sou
ap fouye moun. Konsa tou nan zòn mònopè vè 5h di balkonw, nan back yard ou ! Jou anivèsèw kite se nou
maten fow ta enpridan pouw pase nan zòn sa yo apye kal fri ak boukannen pou ou !
paske nèg ak zam ap fouye machann ki pwal nan mache #KWENDAL !
ak tout pasan ki ta nan lari.
Mesye sa yo estime lè sa yo se pou yo ! Pakè pòtpe ak Minis alman Christian Lindner deklare: “Si
lapolis nan depatman nòdwès la rete bèkèkè malgre kri nou kenbe sanksyon yo pou lontan sa ap fè nou

plis mal pase Larisi…”

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang11

RIBRIK : Sa zòt di...

Nou pa dwe blye Jean Dominique ak tout lòt
viktim yo ki pa janm jwen jistis

Haysite
Jean Leopold Dominique fet nan Potoprens 31 jiye 1930.
Li lekol ti Semine epi apre li tal etidye agwonomi an
Ewop. Lel te tounnen Ayiti nan ane 50 yo, li te komanse
travay ak peyizan andeyo sepandan gouvenman Divalye a
pat we sa byen ditou et apre granfrel Philippe Dominique
te mele nan yon mouvman kont rejim an 1958, yo te arete
Jean et bouchel pandan 6 mwa nan prizon.
Apre eksperyans sa, Jean Dominique te kite kesyon ag-
wonomi an epi komanse enterese a sinema et a medya an
jeneral. li te achte yon radio nan finisman and 60 yo ki ta
pral vinn radyo Haiti-Inter. Nan mitan ane 70 yo, radyo sa
tapral vinn radyo ki pi kredib nan peyi a ak yon ekip jenn
jounalis tankou Michele Montas, Harold Isaac, Anthony
Pascal (konpe Filo), Richard Brisson, Liliane Pierre-Paul
etc. Se yo kite premye bay nouvel an kreyol nan peyi a.
An 1980, gouvenman Janklod la ki tap veye radyo a depi
lontan te voye krazel epi fose tout jounalis yo pran egzil.
Jean te rete an egzil jouk Janklod tonbe an 1986. Lel
tounnen li te remete radyo a kanpe et angajel nan yon
batay pou yon lot sosyete. Li te pati yon dezyem fwa an
egzil apre koudeta 30 septanm 1991 la.
Jean Dominique kite yon gwo senpatizan Lavalas epi
zanmi pesonel plizye gwo bawon nan mouvman sa te
vinn fret fret avek chef pati a Aristide apre yon entevyou
an desanm 1996 kotel pat ezite poze ansyen prezidan an
anpil kesyon difisil, sepandan li te toujou rete bon zanmi
prezidan Preval. An 1999, Jean te komanse yon batay
kont alkol frelate ke yon seri gwo boujwa tap enpote et
kite gen gwo konsekans sou peyizan yo. Li te an menm
tan tou nan gwo polemik ak plizye mamb pati Lavalas la
tankou Dany Toussaint kite kandida pou pos senate Lwes
epi nan polemik ak plizye radyo nan kapital la tankou
vizyon 2000 ke Leopold Berlanger tap dirije.
Jou maten lendi 3 avril 2000 la, Jean Dominique ak tout
gadyen radyo a Jean-Claude Louissaint te mouri anba bal
pandan li tap rantre vinn fe jounal 7h nan maten an. Jouk
konnya limye pa janm fet sou krim sa a.

**************
Men moun ki Ewo! François Dominique Toussaint dit
Toussaint Louverture.
Menm si nèg yo te vin arètew, ale avèw, metew nan
prizon. Yo pat janm detwi rasin nan, nou te genyen
viktwa a nan Batay Vètyè. Men fòm mw diw sa Ewo
pam, konnya Ayiti ou te swete a, ou tap goumen kòm
premye nwa a, konnya se vòlè sou vòlè lap kale...
Kontinye travèse EWO, 7 Avril 1803 - 7 Avril 2022, sa fè
219 lane depiw pa egziste ankò... Ou nan lespri bon moun
yo sofke vòlè yo paske yo fèw wont...
Lakosss peyi a!

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version