The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2020-10-10 01:49:53

Kreyolofini#39.pub

Kreyolofini#39.pub

LANE III, NIMEWO 039 OKTÒB 2020 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

Makout, Lavalas ANDEDAN
ak Tèt Kale KREYOLOFONI
1.– Fòk Lavilokam ak
Lespri Ginen yo fini
ak enjerans meriken
an an Ayiti...Ase…p-3
2.– Devan tout sa m
pa wè yo, tonnè…p-11

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

SAINT-
MICHEL
BOTANIKA

se sou sa PLANET
ki divize nou yo, FM

enperyalis la 100. FM
kontwole peyi-a... STEREYO

Pa Bliye

Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierr e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier re
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

Fòk Lavilokan (Granlakou) ak Lespri Ginen yo fini ak enjerans meriken an Ayiti…Ase…
Réflexion loufoque#503

US State Department soti nòt li e l di nap site: « Ayiti bezwen fè travay li epi fòme yon nouvo CEP ak moun ki
gen repitasyon, entegrite, onètete ak konpetans pou òganize yon pwosesis elektoral lib ak jis. Gen konsekans pou moun
ki anpeche sa fèt ».

M nève. Peyi papa Dessalines nan pa ta dwe ap pran lòd nan men Mike Pompeo « diplomate de bas étage) nan
depatman deta. Rayi chen an di dan l blan, yo pa tap oze ekri ak pibliye yon nòt konsa ni sou Aristide ni sou Duvalier.
Annou depacha nòt rasis yo a.

Youn, Pompeo pase lòd a vale l la Jovenel Moise kote l di: « Ayiti bezwen fè travay li ». Ki travay pou an-
plwaye depatman deta-a Moise fè a? Asasinen tout Ayitien ki pa dakò Etazini ap ede Moise kraze peyi-a ak gaspiye yon
jenès ki bezwen travay pou yo moun. Explike peyi papa Dessalines nan ki lòd w pase esclave de maison » w lan. Map
pwofite di w sa Pompeo, Ayiti w wè la yon jou se li kap lonje Etazini lamen e nan pa twò lontan. Enjerans meriken an
fini. Nou konnen Etazini pare pou touye anpil nan nou e nou asepte mouri fwa sa-a pou n lib. Papa Dessalines te di nou
sa: « Nous avons osé être libres. Soyons libres par nous-mêmes et pour nous-mêmes ». Nap lib ankò e fwa sa-a wap rete
nan wòl ou paske w paka touye lespri, Tonton Sam. Poukisa w rayi pèp sa-a konsa? Ki sa w repwoche pèp ayitien an?

De, w mande « fòme yon nouvo CEP ak moun ki gen repitasyon, entegrite, onètete ak konpetans pou òganize
yon pwosesis elektoral lib ak jis ». W frekan. Ayiti pa koloni meriken e li pap janm sa. Se vre vòlè WJClinton te rele
« mère de toutes les terres » la baskou l men Etazini konnen nan tout sans nou pa ka sa. W jwenn restavèk, egare, apa-
trid, vòlè, trafikan dwòg, asasen w mete chef pou dirije savann nan men yon jou fòk li jou. Banbòch demokratik la ap
fini…

Se Ayitien san nèf men pwòp ki pou fòme CEP yo lè yo va santi nesesite a, depatman deta pap enpoze nou
CEP li ak deziyasyon prezidan CEP ankò. Ayiti ranmase karaktè l. Pa gen yon Ayitien entèg, onèt e ki gen konpetans ka
pral syeje nan CEP-Dermalog se youn e de peyi a pa pral nan eleksyon ak M Moise nan tèt peyi-a. W pa ka touye lespri
ak dyab peyi a.

Nan nòt w wa Pompeo, yon kolon awogan ak rasis w fè ekzijans tankou Ayiti se pou Georges Washington, w
di « òganize yon pwosesis elektoral lib ak jis ». Eleksyon se ak pati politik yo fè yo e yo tout di inanimeman yo pa pral
nan eleksyon ak Jovenel Moise. Si w se te moun, w pat yon bourik, w te dwe konprann sa. Pèp aytien an ap anonse w
kondisyon yo pa reyini pou eleksyon fèt e anplis se pa wou, yon enbesil, ki ignore listwa peyi-a pou ap mande pou
eleksyon fèt. Eske gen yon otorite aytien ki ka mande pou ranvwaye eleksyon Etazini yo?

M wè Organisation des États Américains (OEA), bwa ekzekitan w lan nan fè krim Ayiti pou wou menm oze
fikse dat seleksyon nan peyi Cappoix la-mort a. Pèp Ayitien an vle « tabula rasa », yon lòt sistèm san enjerans meriken e
yo vle sa atravè yon gouvènman tranzisyon. Apa w mande youn Venezuela paske prezidan Nicolas Maduro pa yon res-
tavèk meriken tankou Jovenel Moise. M konprann finalman poukisa prezidan Hugo Chavez te rele Etazini, « le grand
satan ». Ayiti ka antere kèk pitit satan fwa sa-a si nou pèsiste nan detwi peyi papa Dessalines. « Nou pat fè lendepandans
pou n sèvi peyi etranje » youn nan atis angaje nou yo te chante. Sispann pran Ayiti pou yon koloni.

Sak ankò pi grav e ki montre aklè dirijan Etazini yo malad, yo skizofrenik se sa w ekri nan finisman nòt ou wa
Sekretè deta Mike Pompeo. « Gen konsekans pou moun ki anpeche sa fèt ». Ridikil. Absid. Frekan. Rasis. Menas. Kri-
minèl. Wap koupe viza. Epwi. Jacques Douyon, kap evolye nan diaspora-a reponn konsa a menas meriken yo : « Tout
lidè k mare nan pye tab meriken e ki gen madan'm ak pitit pa bò isit pral dou kou gason makomè bò pon Lestè ».

Etazini pa paradi. Si l te paradi, Covid-19 demaske nou e montre lanati kanpe ak Ayiti ki gen solèy la kòm dye
yo ak zansèt yo kòm diven yo. M tande Etazini ak chèche kòman pou yo « bloquer le soleil » nan Havard University,
veye zo nou pou solèy la pou tou griye nou tout.

Etazini nou fout mechan anpil si nou ka ap fòse selekson nan gòj aytien men yon la jou pou vale krim nou fe
kont peyi sa-a nan non demokrasi-a. M pa konprann men kote ipokrit ki di yo se zanmi Ayiti yo. Fèy bèk nou fèmen, se
pa vre. Se te toujou yon konplo entenasyonal kont peyi papa Dessalines lan pou jif Vètyè-a kote Ricardo Seitenfus, youn
nan diplomat OEA a te fè nou sonje Ayiti te komèt yon « crime de lèse majesté » an 1804.

Depwi 1804, prezidan meriken Thomas Jefferson te di: Pou simen « la peste dans l’île et l’isoler ». Nou te mete
anbago (1804) pou toufe lendepndans lan. Selon listoryen Hans Schmidt, US Navy voye bato degè Haïti 19 fois ant
1857-1913 pou pwoteje vi ak byen meriken jous yo okipe l finalman an 1915 kote yo pase 19 lane ap touye sitwayen ki
te fè rezistans a okipasyon an. US Marine an 1914 rantre « manu militari » nan Bank santral Pòtoprens vòlò $500.000
US « en lingot d’or » pou konstwi Citibank. An 1916, Etazini enpoze yon pwotektora, detwi lame endijèn nan e kreye
jandamri ki pral vin sèvis espyonaj pou depatman deta meriken. Etazini te anvayi militèman Ayiti an 1994 ak 2004. Nap
entronize prezidan depwi 2006 rive jodia. Yo vòlò Lanavaz e tout sa ki ta anba tè Ayiti m tande se rezèv yo. « Tonnere
de Brest ».

Lavilokan (Granlakou) ak Lespri Ginen yo ede pitit w yo ki renmen peyi sa-a mete fen a enjerans meriken an.
Ase nou di. Nou fout bouke. RL#503, 17 septann 2020

“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

Si nou tout se moun,
ann rekonsilye nachon an…

Réflexion loufoque#505 pereur ». Nou kapab si nou plase Ayiti anlè enterè pèso-
100% nan nou ki soti nan prekarite sovaj la-a nèl ak mesken yo. Makout ak Lavalas, youn fè lòt mal,
an Ayiti se kès leta-a nou piye ou nou soti tèt nou nan annou rekonsilye nou pou n bay blan yon leson. Se divi-
dwòg. Demanti m sou w kapab. Gen lòt si pat gen dias- zyon ak chire pit ki bay fòs ak pouvwa a sou nou. Blan-
pora-a, nou pa tap menm sou moun. Sovtaj endividyèl an pa zanmi nou.
pa devlope peyi. Poukisa w piye peyi w, w pa envesti Tout dirijan nou yo trayi nachon, yo chwazi
nan peyi w pou w kreye richès ak anplwa. Elit ekonomik soti tèt yo, fanmi ak zanmi yo e Ayiti pi gwo viktim
ak politik la fè sa Dr Jean Fils-Aimé rele « hold-up poli- nan. Fòk peyi a imilye yo pou yo sonje yo se yon bann
tik, avwa ak savwa ». Si m te trèt. Se pou sa nan komisyon ve-
jwenn yon milyon dola ala mèvèy rite, jistis ak rekonsilyasyon kap
m tap fè nan Marien Nodwès. Se monte pou retabli laverite, yo tout
pa vre Jhimy Jean, Daniel Loriston, ap kondane, ansyen PM, minis,
Clermise Clervil, Pierre Richard SG, DG elatriye pou restitwe a
Osias, Thierry Osias, Ralph Mo- 90% nan tout lajan vòlè nan kès
reau, Wilguens Devilas, Roseline leta, men pap gen reparasyon pe-
Midor, Milantha Majuste, elatriye. nal. Lènmi komen ak mòtèl man-
M te anonse nan RL#504 man nou tout la se Tonton Sam ak
la, Jovenel Moise gentan gen 9 alye l yo. Annou ansanm mande
manm CEP yo nan pòch li. Palè dyab Lavilokan (Granlakou) ak
nasyonal pibliye yo m wè yon Lespri Ginen yo pou yo dechouke
pakèt pale anpil. « Problème de Tonton Sam nan peyi nou an.
ventre et de bas ventre » nan peyi-a E yon delegasyon fanm tankou gason andedan
ap toujou fè yon seri konpatriyòt krache sou Ayiti. Pòs peyi-a tankou Frank Etienne, Suzie Castor, Mirlande H.
la byen peye, anpil privilèj ak prestij. Moise ap jwenn Mannigat, Me René Julien, Bayinah Belot sous lidèchip
pati politik pou l fè eleksyon l, lap jwenn tout kandida Dr Jean Bertrand Aristide te ka konseye Jovenel Moise
pou senatè ak depite nan plizyè pati politik e alye e 7 kite pouvwa-a. Rekonsilyasyon nan yon seremoni lave
fevriye 2021 lap fè diskou dadrès a nachon an devan yon peche (Daniel Mathurin, 2004) e poun rekonèt engrati-
palman. E depatman deta ak anbasad meriken ap di mi- tid nou anvè zansèt yo ak lespri Ginen yo ki te bannou
syon akonpli nan kontinye kraze Ayiti ak konze yo. endepandans lan e nou itilize pou sèvi etranje ak yon
Tèt ansanm, men nan men, nou tout ki kont oligachi rasis e anti-Ayiti. Nan yon dènye gouvènman
pwojè Washington-Ottawa-Paris-a ki se aneyanti Ayiti, tranzisyon aprè tabula rasa-a ak moun « san nèf, men
annou « serrer les rangs, dans nos rangs point de pwòp melanje ak lasyans » kote tout dirijan ak pati poli-
traitres » poun bay yon repons kolektif a bouwo nan peyi tik ant 1957-2020 ap bani. Annou jete baz pou Ayiti
kolonizatè ak okipan yo pou yo konprann finalman si yo Papa Dessalines te reve-a ak konstitisyon enperyal 1805
pa kite bouda Ayiti an pè nap « refaire le geste de l’em- lan. RL#505, 19 septann 2020

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau

Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

Schiller Millien tifrèm, Naomie Osaka
rantre nan peyi l jodia…/Èske...

Réflexion loufoque#506 gran dezòd kraze peyi-a pou lènmi an, nap tan dyab Lavi-
Schiller Millien tifrèm, Naomie Osaka rantre nan peyi lokan (Granlakou) ak lespri Ginen yo ede moun ki sa-
l jodia… krifye yo pou peyi-a pou « refaire le geste de l’empereur
Schiller rele m pigran tèlman renmen m ak res- ». Sove Ayiti, manman nou anba men asasen sa yo
pekte m. Youn nan ra fwa tifrè-a pa dakò ak frèl se sou (Washington-Otawa-Paris) ki refize nou fòje desten peyi
Naomie Osaka li di ki pa Ayitien men yon Japonèz. Tout nou. RL#504, 18 septann 2020
prèv m te bali sou « jus soli », « jus sanguini », li pa tande
rezon. Nan tèt pa l se yon foli nou genyen si nou pran ***************
Naomie Osaka pou Aytyèn. Se dwa l men tifrè-a antò nan Èske...
dosye sa-a. - Èske Pradel Henriquez te gen yon manman ki pouse l
Aprè tounwa tenis lan ki fè manmzèl soti epi ki te mande l viv ak diyite, pa janm obsede pou anyen
chanpyòn, li te deklare nan laprès « se zansèt li yo (se sa Manmi pa m anseye m)...
(Japonèz ak Ayityèn) ki ede l genyen ». Tifrè a reponn - Èske l pat gen yon granmoun lè l ap grandi ki te konn
« krakrakra, li pa youn nan nou »…Osaka di finalman se gadiyen l…
« kilti Ayiti ak Japon ki fè l sa l ye jodia ». Tifrè Schiller - Èske l gen yon madanm osnon pitit fi (li di li marye,
di li pap pran ni aspete sa-a nan men nou. Konsa m bay èske moun sa ap gen kouraj li sa l sot poste a)…
tifrè a legen. - Èske l pa gen ti sè, kouzin...
Jodi lendi 21 septann nan, selon jounal an liy - Èske l te gen yon fi li te kwaze e li te tonbe damou yon
Loophaiti.com, Naomie ak fanmi li debake an Ayiti an jou…
vizit prive, destinasyon Jackmel, nan bitasyon papa l Léo- - Èske l pako janm kontre yon fanm/fi ki sibi vyòl/
nard François. Se pa Japon m wè ale anvan tifrè. Nou ka agresyon k ap rakonte l soufrans li…
imajine sal vin fè tifrè Schiller, li vin remèsye zansèt ay- - Èske Pradel Henriquez gen zanmi fi. Kijan y ap li pòs li
tyèn li yo m vle kwè e wou tifrè Schiller sa w kwè. a nan moman an…
Janm te di w la tifrè, afrikanite, aytianite nou, - Èske pa gen nan kolaboratè fanm Pradel Henriquez yo
nan nou kelkeswa kote nou fèt la. M fè de Ameriken ki ta sibi zak vyolans epi ki te gen lide denonse. Kisa y ap
Etazini men ayitianite-a nan yo menm si Ayiti pa yon di tèt yo nan moman an…
priyorize pou yo. Men lè n jwenn yon sè tankou Naomie - Nan moun k ap aplodi Pradel Henriquez yo, nou gen sè,
Osaka malgre popilarite l nan mond lan, richès li e ki kwè kouzin, zanmi fi, manman… ki mesaj nou ranvwaye bay
nan nanm li, li se Aytyèn, annou pa krache sou li. moun sa yo nan moman an…
RL#506, 21 septann 2020 …

************* WC *****************

Réflexion loufoque#504 Doktè Jean Fils-Aimé poze kesyon sa-a a tout afriken,
Kanada aji aprè USA bay iltimatòm li…Nap tann La- antiyè ak Aytien ki di yo se Kretyen, “Èske yon nwa, yon
frans… desandan desklav ka Kretyen pa konviksyon, ignorans ou
USA mande eleksyon vit e prese an Ayiti menm kondisyonman?” Li reponn:
sil fèt sou kadav. OEA, bra ekzekitan l bay dat fen janvye “Krisyanism lan nan 21e syèk la sese grandi nan peyi
pou yo fèt e USA ajoute ap « gen konsekans pou moun ki oksidanto yo. Pa ekzanp, nan peyi Kanada se sèl gran
anpeche sa ». Makout Serge Beaulieu ta sanble te gen moun cheve blan ak nwa ki al legliz jounen jodi-a. Yo ap
rezon lèl te konn di « gen yon konplo pèmanan sou kouri kite dye yo wa”.
Ayiti ». “Eseye konprann sak kache dèyè diskou sa-a. Pastè yo ak
Jodia, Canada, yon lòt peyi ki lènmi mòtèl Ayiti Pè yo pran bib la pikore vèsè yo adwat agoch e aplike yo
bay 12 milyon dola vèt pou apiye Lapolis. Sa vle di san yo pa konsidere eritaj la. Enstitisyon sa-a genyen
pouvwa gen lyon nan men l pou l kanpe revandikasyon 2000 an e l pa kòmanse avèw.”
Phantom-509 la e ranfòse pouvwa ak fòs Barbecue nan “Pa gen devlopman san explwatasyon lòt pèp. Portugal,
Getho yo. Tout getho bèkèkè men manje tann eleksyon/ États-Unis, France, Angleterre, Espagne, peyi oksidantal
seleksyon Dermalog la. yo ki chite 5e syèk aprè efondreman Anpi Women an. Yo
Nap tann Lafrans kounye a ka pral moneye pati tout sèvi ak Krisyanism kom bwa ideyolojik. Yo fè lagè
politik yo ki nan opozisyon an. Yon $20 milyon dola ap nan non Dye kretyen an, vole ak mete peyi nan esklavaj
tou kraze opozisyon an ak yon bann pati politik ki pa nan non Dye kretyen an. 9 fwa sou 10, nwa kretyen pa
souze yon zo depwi Martelly. Rimè ta fè kwè 9 manm ignorans. Nou pa janm fouye anal listwa krisyanism. Nou
KEP yo nan pòch Jovenel Moise, yo tout touche deja e se kretyen tou pa kondisyonman. Yo deside sa pou n manje,
Etazini ki deziye prezidan KEP la. kijan poun abiye, kilè pou nal legliz, ki lang pou n pale.
M ka twonpe m men sam imajine a pa enpozib. Kòman adore menm Dye ak mèt yo, bouwo yo...Kòman
Men kòm se pa ni lapolis ni opozisyon kap mete fen a sèvi menm Dye ak asasen sa yo…”.

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

NÈG PWOVÈB LA
POWÈT PEYI DAYITI-A

PIKLIZ
Sosyete mal palan
Toujou ap griyen dan
Nan listwa la vi
Ti koze pap jamn fini
Chodyè dife bwa
Pa janm bèl sou trotwa
Se pa tout la fimen
Ki pou fè n penpennen
Zòt ap tire wòch epi lap kache
Se lè w gade dèyè ou wè l fache
Kalite gwo bwa ki nan je l
Se ti pay nan je lòt ki danje l
Zèfèyis toujou bliye fè alsiyis
Paske ka pal la toujou pi tris
Si piman zwèzo pat pike
Vwazinaj tap toujou pale
Dèyè do pap janm devan kay
Gwo kabann pap janm nat pay
Poutan tou de fè menm travay
Si kout manchèt nan dlo te kite mak
Atò madanm entèl tap kouri vit pran rak
Jan yon listwa kòmanse
Toujou tann fen l avan w danse
(C) Osias Pierre Richard, Nèg pwovèb la
**************
Le jou pa l la rive
Ou pap jwen kote pou kache
Ato sou tonb ou lap pise
Tout riches ou lap gaspiye
Lap rele woyyy li finalman libere

Nèg Pwovèb la
Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... 7

RIBRIK : Pale ak Ayiti

Viv Ayiti! Viv zansèt yo!
Nou pa p fout obeyi!

18 septanm 2020 ris yo ap kontinye sasinen nou lachman nan tout en-
Zanmi kamarad zantray mwen yo, kèlkeswa kote n gaye pinite, menm jan yo sòt sasinen Mèt Dorval la, kòm
sou planèt la, m ap di nou tout yon kokenn chenn bonjou viktim teworis ki pi resan pami tout lòt yo.
ki makònen ak anpil lanmou Enkilpe asasen an pa p jwe, paske l konnen nonsèlman
ak anpil respè! Kouman nou li gen kontwòl aparèy enpinite a, men li gen total sipò
ye? Eske n ap kontinye reziste biwo kolonyal meriken an pou l entimide, sasinen,
pi rèd kont asasen ak kravat yo vòlè jan l vle. Se nou k ap jwe ak konplotè lokal ak
ki anpeche bèl flè pouse nan entènasyonal yo ki fè lajistis tonbe an pouriti konsa.
jaden lavi n? Rale ti chèz ba Imajine n, pou tout deriv k ap fèt nan sistèm jidisyè a,
ansestral la, pwoche pi pre pa gen yon grenn jij ki gen ni kouraj ni desans pou
anba tonèl dekolonizasyon denonse zak malveyan sa yo, epi di ase. Menm tibebe
mantal la, pou n denonse tout nan tete ka wè ke men Matine, enkilpe a ak antouraj yo
lenmi Ayiti yo ki enpoze n viv byen fon jouk nan zèpòl nan zak sasinay Mèt Doraval
tankou moun nan pwòp peyi n, la, epi nou kwè Mèt la ap jwen jistis? Ban m lapè tèt
epi chache ansanm nan tèt mwen tande. Menm antèman Mèt la, enkilpe a bay lòd
kole, yon solisyon dirab ak ki jan e ki lè pou l fèt, an kachèt, san popilasyon an pa
tout pwoblèm kwonik yo k ap t okouran, paske asasen an pa t vle antèman an tounen
wonje Ayiti depi dikdantan an! yon kokenn-chenn manifestasyon pou denonse l kòm
Si w mete kabrèt la devan bèf la, li pa pral oken kote. youn nan sanginè ki pi danjere ki janm pase nan tèt
Chak fwa mwen wè oswa m tande ayisyen ap mande pouvwa leta peyi a. Tout sa se entimidasyon. Pèp
menm asasen k ap sasinen sitwayen nan peyi a jistis, ayisyen, yon lòt fwa ankò, si w vle jwen jistis pou tout
mwen debousole, paske mwen pa ka konprann ki jan ayi- krim ke w sibi yo, pa koute pawòl blofè ak abolotcho k
syen ka kwè menm bouwo l yo ka ba l jistis tou. Sa ki ap sèvi menm sistèm y ap denonse a, se ou ki pou
repiyan an, gen blofè k ap bay sistèm nan tete an kachèt, krache kòlè w ak fraka. Vanyan zansèt nou yo deja
ki pa jennen deklare ke yo kwè nan jistis peyi yo, y ap montre n ke dechèpiyè ak teworis pa bay libète, se
kite lajistis peyi yo fè travay li. Ki lajistis? Ak ki moun? pran pou w pran l! Viv tankou moun ak diyite, nan yon
50 jij kowonpi enkilpe a te foure nan sistè jidisyè pouri a? Ayiti lib sou tout fòm, ou lanmò pou tout konplotè ak
Ak yon konpòtman manfouben konsa, ki kote n panse tout machann lanmò yo!
Ayiti ap rive, si se pa anfonse nan labim pi fon chak jou? An n fè men kontre a nan senserite pou n ka konjige 9
Ki yès nan non asasen ki te site nan masak Lasalin yo, ki vèb fòtifyan sa yo ak tout nanm nou, oprezan chak
arete, jije, kondane? Olye lajistis mete lapat nan kòlèt sekond nan lavi n, jouk nou rive deklannche revolisy-
Babekyou, se plis teren asasen teworis la ap vale, nan rive on total, kapital, pou lajistis ka blayi sou peyi a: Kon-
federe tout gwoup gang ki gen nan peyi a, epi bay konfe- syantize! Revolte! Reziste! Dezobeyi! Dechouke! Ren-
rans de près tankou revolisyonè nan tranp Guy Phillipe, men! Òganize! Geri! Konstwi!
yon lòt teworis parèy li. Enkilpe a tèlman pa bay lajistis Mwen kite nou tout nan 2 pla men Bondye ki te bay
regle yon mèd pou li, pandan lapolis te gen manda nan vanyan zansèt nou yo fòs, kouraj ak detèminasyon pou
men l pou fouke Babekyou, se menm lapolis sa a, enkilpe te mete men nan pat kasav asasen fransè yo, ak bonkou
a te fè bay teworis la sekirite epi ede l distribiye manje ak kilikiki awoze ak pikliz beni, pou yo te ka pete chenn
bokit nan epòk gouvènman blengblendeng nan t ap itilize lesklavaj jenosid 3 syèk la. Kenbe rèd, pa moli! Viv
coronavirus la pou l te vyole dwa pèp la. Si n kontinye ap Ayiti! Viv zansèt yo! Nou pa p fout obeyi!
tete lang ak ni biwo kolonyal meriken an ni ak tchoul li, Se te Maud Jean-Michel, ki gen non vanyan l, Sani-
enkilpe a, se tande na tande mo ki rele jistis la, men tewo- teB!

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Kilti/Sosyete

Annou ranvèse sistèm Pétion an? (#509)
Naomie Osaka di nou rekonekte ak zansèt

yo…(#507)

Réflexion loufoque#509 afrikèn lan nou chak se yon zansèt reyenkane. M panse
Annou ranvèse sistèm Pétion an? m se yon Dessalines tèlman m pa danse kole ak korip-
M pa nan ni demagoji ni ipokrizi m lage verite-a syon, enjistis e m vle yon ripti radikal ak Ayiti kote
jan l ye-a, sila yo ki pa vle rekonèt sa, kite sila yo ki ren- pitit li ponkò ka moun.
men Ayiti, pran defans li. Sispann bare sila yo ki vle Naomie Osaka rekonesan tèlman anvè zansèt
Ayiti soti nan twou yo rantre l la depwi lendepadandans. aytien l yo li fè yon vizit spesyal jodia 21 septann nan
Annou ranvèse sistèm Pétion an e nou kapab. pou l vin onore yo nan Jacmel, peyi papa l. M panse se
Poun ranvèse sistèm « d’apartheid économique yon opòtinite pou Ayitien toupatou ta rekonsilye ak tèt
et politique » etabli pa prezidan Alexandre Sabès Pétion yo, pou yo rekonèt youn, yo se Ayitien natif natal e
an 1806, ranfòse pa okipasyon merikèn an 1916 chak fwa yo pran defans lènmi an (Etazini-Kanada-
(protectorat américain et destruction de l’armée indi- France) anfas peyi yo se engratitid anvè zansèt yo,
gène), enstitisyonalize ak konstitisyon 1987 enpoze pa anvè egregò yo e de, rekonèt engratitid nou anvè espri
James Earl Carter e timounize depwi 1994 kote ouvètman ki te batay pou bannou endepadans lan. Vizit Naomie
se depatman deta atravè anbasad li ki dirije Ayiti fòn re- Osaka, finalman, ta dwe ede nou rekonsilye ak lakou
konèt lènmi extèn nan ki se Etazini e lènmi entèn nan ki yo, sa vle di tounen nan rasin nou, sous ansestral nou
se klas ekonomik ak politik la san nou pa bliye anpil nan pou zansèt yo ka ede nou konstwi yon lòt Ayiti. Li pap
zentelèktyèl yo kap rezoud « problème de ventre et de bas janm posib san yo.
ventre » yo. Eske nou te konnen konpatriyòt mwen yo,
Opozisyon pliryèl la gen ti volonte men anpil pandan manbo Edaïse te posede pa Ogou Feray ta pral
nan nèg yo pè « konsekans » yo konsa yo plis chita ap fè sakrifye kochon an, youn nan esklav nan asistans lan
bwi devan mikro men yo pa ka poze okenn aksyon ki te rele Jean Baptiste Vixamar Legrand te posede, li
konkrèt. Yo fè Moise yon wa. menm, pa yon Damballah Wedo (lwa koulèv la) e l te
Se egregò Papa Dessalines, Cappoix, Lavilokan sezi yon kouto e l te koupe venn nan de ponyèt li yo e
ak Ginen yo ki dwe retire nou nan koloni ameriken kote lespri Damballah atravè JBVL te envite tout esklav yo
esklav yo se klas politik ak ekonomki an ki itilize zente- vin bwè san Damballah pou yo gen kouraj viv lib ou
lètyèl yo pou yo kraze Ayiti. Egregò m site pi wo yo mouri. E tout esklav yo te bwè e anpòte pa trinite
souple retire manman nou Ayiti nan peripesi sa-a l Ogou, Dambalah ak Ézili Dantò (Cécile Fatiman), yo
twouve l la depwi lasasinan lanperè. Kase kou mechan yo tout te pare pou yo batay pou lendepandans Dayiti
e mete bò tèt yo non Dessalines pou yo konnen se papa (Nap site Max Jean-Louis, nan Vixamar, l’hostie
nachon ki mande yo peyi-a. Menm trèt yo ki te trayi man- nègre).
man yo Ayiti dwe peye tou. Naomie Osaka enspire sa ki vle soti nan zon-
Sa ka fèt plop plop si nou rekonsilye ak tèt nou bifikasyon oksidantal la, ki idantifye lènmi yo ki kenbe
sa vle di rekonèt nou se Ayitien « d’ascendance afri- youn nan gòj lòt, ki kwè paradi-a se lakay zòt, poun fè
caine », rekonsilye ak lakou yo kote nou mande padon yon « reveil des consciences », yon « reveil spirituel »
pou engratitid nou e rapid « reveil de consciences » ak e mande egregò, zansèt yo, nan yon seremoni « de
« reveil spirituel » la-ap fèt e lènmi yo ap pete kouri pou gratitude » ak « lave peche » pou n sove Ayiti anba
n ka trase vwa-a, nou menm, pou yon lòt Ayiti. Nou ka grif lènmi yo. Chak Ayitien nan peyi a tankou nan
refè l. RL#509, 26 septembre 2020 diaspora ki renmen manman nou Ayiti, kòmanse fè
priyè endividyèl yo a egregò, zansèt yo paske Dr Jean
****************** Fils-Aimé raple nou « prier, c’est croire en soi » e yon
Réflexion loufoque#507
Naomie Osaka di nou rekonekte ak zansèt yo… jou nan pa twò lontan priyè kolektiv la va fèt pou n
« refaire le geste de l’empereur » sa vle di debarase
Si se pat Norluck Dorange m tap toujou yon gwo peyi nou an anba tout lènmi yo, andedan tankou deyò.
bègwè kap nouri egwegò lènmi-an, Jezikri. Li te fèm RL#507, 21 septann 2020
sonje m se yon afriken e pa yon ewopeyen, yon ameriken,
yon jwif. Mistikman, kretyen yo nouri egregò lènmi Ayiti
yo, trio assasen an – Washington-Ottawa-Paris, ki an-
sanm ak oligachi statu quo a andedan Ayiti pa vle peyi-a
demare depwi asasina youn nan egregò nachon an – libe-
ratè ak fondatè nachon an Papa Dessalines. Nan tradisyon

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Di saw vle...

Pierre Richard Osias
NÈG PWOVÈB LA...

Makrèl Chèf kofre
Polis bafre
Lobèy nan lakou Jizèl Edikasyon toufe
Gouyad anba tonèl Pwogrè mare
Pitit deyo anbarase
Plezi andedan kay Jezabèl Pitit andedan nan bwase
Anmwe gade rèl Atò soley bouke leve
Nou bliye fè lago La linn di l pap klere
Bagay yo mele
Nou pito volè pa do Nèg Pwovèb la
Tifi kadre sou do *******

Granmoun se ti zwèzo Mare yo
Tou moun tonbe sou do
Etranje menm ap bat bravo Si peyi m te gen jistis
A la Kay grannèg ki tap tris
Ala la lo Ala machann kòd ki tap rich
Deya de lo
Bouka sou do A la prizon ki tap chaje
Soka sodo Anpil nèg AP byen vire
Moula pou yo Paske yo Finn piye do malere
Mizik politize Kès leta tounen sakèt prive
Jenès alkowolize Konstitisyon tounen jwèt TI bebe
Peyi devalize Si peyi m te gen jistis
Moralite kraze Anpil nèg tap gentan pran rak
Okipasyon degize Nan raje yo te dwe kache
Jistis banalize Menm lè pòch yo ta plen greenback
Kilti majinalize
Nasyonalis depeyize Nèg pwovèb la
Patriyot banalize
Teya teyo

Tita tito
Loli lilo

Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND

Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...

Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098

Makout, Lavalas ak Tèt kale se sou sak di-
vize nou yo, enperyalis la kontwole peyi-a…

Réflexion loufoque#511 menm nou dwe chwazi desten pan ou san
Makout, Lavalas ak Tèt kale se sou sak divize nou enjerans yo.
yo, enperyalis la kontwole peyi-a…
M kwè jounen jodi-a li tap bon pou nou voye
Kay Tonton Sam yo te aprann mwen Fidel yon mesaj klè bay enperyalis meriken an poun di yo
Castro, Hugo Chavez, Sad-
dam Hussein, Mohamar nan yon sèl vwa Ayiti se
Kadhafi elatriye se yon pou Ayitien e pou Ayi-
bann asasen ki rayi pèp yo tien sèlman. Poun rive fè
paske yo refize kite demo- sa map mande doktè
krasi antre nan peyi yap Jean Bertrand Aristide
dirije yo. Fòk mwen ta tou- (lavalas), Doktè Rony
nen nan peyi m pou m fi- Gilot (makout) ak Joseph
nalman konprann se te bou- Michel Martelly (Tèt
raj sèvo, gouvènman ameri- Kale) pou yo chita opli-
ken yo, Demokrat tankou vit, plase Ayiti anlè ente-
Repibliken, te monte tèt rè mesken ak klanik yo
mwen kont tout lidè pwo- pou n soti peyi nou nan
gresis ki kanpe anfas Ton- twou san fon li ye-a dep-
ton Sam e ki chwazi otode- wi 1806.
tèminasyon pou pèp yo. Fokis la jounen an ta
dwe Ayiti, yon Ayiti pou
François Duvalier, nou tout kote nou tout ap
Jean Bertrand Aristide ak moun jwi menm dwa ak
Joseph Michel Martely, pou menm chans. Nou ka fè l
mwen, yo tout se viktim e nou dwe fèl anvan « le
enperyalis la e nou tout jour des Aïeux ».
jounen jodi-a ta dwe pa- RL#511, 29 septann 2020
done yo pou feblès ak enpèfeksyon yo. Li ka difisil pou

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang 11

RIBRIK : Kilti/Spiritwalite/Listwa

DEVAN TOUT SA N PA WÈ yo
TONNE BOULE M

Anba Mapou Vodoun a. Men li ap goumen pou pa janm gen yon Dessalines ki
An nou li ansanm yon pati enpotan nan 2 dokiman ki te paret nan listwa pep sa yo. E chak fwa gen youn ki paret
fonde Peyi Dayiti yo. Youn, se Proklamasyon Premye tet li, tankou Sylvanus Olympio nan Togo, Thomas San-
Janvye 1804 la, ki siyen pa Jean Jacques Dessalines. kara, nan Burkina Faso, Patrice Emery Lumumba, nan
... "Jurons à l'univers entier, à la postérité, à nousmêmes, de Kongo, Muamar Kahadafii an Lybie, la France toujou
renoncer à jamais à la France et de mourir plutôt que de bay tet li garanti, li ap fe yo sibi menm so ak Dessalines.
vivre sous sa domination ; de combattre jusqu'au dernier Li toujou jwenn Petion pa l yo (Gnassimbe Eyadema nan
soupir pour l'Indépendance de notre pays." Togo, Blaise Compaore nan Burkina, Mobutu Sese Seko
Banm tradui l an kreyol, jan lespri pa m ki penetre ak lespri nan Kongo) pou fe travay pou yo
Vodouizan neg Dafrik ki rele Dessalines nan te fe ekri pati Kolonizasyon an telman se yon machin ki prevwa tout
sa a. kou pou yo ka kenbe sisyem nan, yo toujou ap jwenn
"Nou semante devan tout sa n pa we yo, devan sila yo ki ap eleman nan swadizan klas entelektyel la (Dany Lafer-
vini apre nou yo, devan tet nou, pou n renonse a tou jame a riere, Franck Etienne, yon deche tankou Fritz Dorvilier,
la France. Pito n mouri, olye n kontinye viv anba domi- ou kelkeswa lot ki atache ak tit ou pri pou rekonet yo
nasyon la France. Nap konbat li jouk denye souf nou pou n kom gwo ekriven devan blan yo) pou krache sou Dessa-
kenebe Endepandans te pa nou an". lines pou yo.
Nan Act Endepandans la, men sa nou li. "Les généraux, Aititd bo kote moun ki reklame tet yo kom eritye Lespri
pénétrés de ces principes sacrés, après avoir donné d'une Dessalines nan, se veyatif an fas moun ki pran poz yo bo
voix unanime leur adhésion au projet bien manifesté d'indé- kote nou, pandan yap rapousuiv yon ajanda pou nwaye
pendance, ont tous juré à la postérité, à l'Univers, de renon- Lespri Lanpere a, le yap ba li fo dat nesans, pou yo ka
cer à jamais à la France, et de mourir plutôt que de vivre fete ti 24 desanm pa yo. Moun sa yo ap chache Jezi pa
sous sa domination. yo nan listwa Dayiti, pou yo bay Dessalines menm tit ak
Gade a devan kiyes jeneral yo te prete seman? Devan l'Uni- Sove ou Mesi, tankou yo te aprann sa paske se Lekol
vers, ou an ban Kreyol, le nap prete seman nan Lakou: Relijyon an fomate konsyans ak kad refleksyon lavi yon
"DEVAN TOUT SA N PA WE YO." pep ou yon nanchon. Le yo rive fe dat 17 Oktoba la pase
Menm jan ak Boukman, Dessalines pat nan Bondye Blan pou dat DEY NASYONAL, se antere yap chache antere
an. Se pou sa nan listwa nou, nou te enstititye dat 2 Janvye. dat sa a ki nan Vodoun a, se dat ki koumanse yon lot paj
Jou pou n sonej zanset yo. Nou pa dwe bliye se batay, vese nan lavi pep Ayisyen ki vin granmoun tout bon. Ou
san pou peyi sa a vin yon peyi ki rele Ayiti. Ki vle di Te Pa granmoun se jou manman w mouri. Se sa Vodoun a di.
m. Teritwa Pa m. Teritwa mwen goumen pou m genyen l, Nan ka yon peyi, pitit Ayiti yo te konprann yo granmon
pou m abite ladann. Ayiti Tomen (Nan Lang Fongbe). Men apati dat 17 Oktob 1806 kote konba ta pral mennen sou
tret yo, Kreyol yo pral mennen yon lot goumen pou yo rele yon lot fom rezistans: kont kolon anndan yo. Se pou sa
l Ayiti Cherie. Pep la reponn Ayiti Tomen. Kreyol yo yo al fe peyi yo nan mon, nan zon riral. Se pou sa yo te
chanje sans la. Yo rele l Ayiti Toma. Kreyol wi yo di w! monte pwop ko pou proteje yo Sanpwel, Bizango,
Devan Tout sa n pa we yo. Se zanset yo. Zanset, se sila yo Venblendeng, elatriye. Se pou sa Lakou yo te monte tou,
ki te Chef e ki te proteje, fe bon bagay pou majorite moun pou te ka fe reenkane pesonaj Dessalines anndan yon
ki te anba lod ak proteksyon yo. Zanset se sila yo ki te chef granmoun yo chwazi nan Sosyete yo, ki pote tit
fanmi, chef lakou, chef bitasyon, chef kominote. Nan ka ANPERE. (An pasan Soukri 2020, Dessalines pat ni
Dessalines, li te chef peyi ki te libere Ayiti. Li se Anset Jimo, ni Marasa tande).
Nasyonal Ayiti. Nan koze seman an, pou konprann enpotans SEMAN
Yon moun rive Zanset apati dat li te mouri. Se apati dat sa gen yon ansyen chef Leta nan Ghana ki rele Jerry Rol-
a, "sak vini apre yo", koumanse konte ansanm aksyon li te lins ki di si Chef Leta Afriken yo te konn prete seman
poze nan vi l pou l te itil kominote ou fanmi li tap sevi a. Li sou Ogoun, Heviosso (Pap Kebyesou), ou kwe yo tap fin
te ka tiye, asasinen, mete dife (sa ki fe yon pati moun mal), di yo prete seman pou sevi pep la epi se tracay blan ko-
pou l te ka sove lavi anba mechanste malfekte li te tiye yo. lon an yo tap mache fe. Yo konnen sak tap rive yo. Se
se sa ki ba li dwa pou saki vini apre yo onore l kom yon pou sa m tounen sou koze seman an ki te prete nan dat
grna gason, yon gran non pou pa janm bliye. 1e Janvye 1804 yo: DEVAN TOUT SA N PA WE yo.
Blan franse renmen Ewo pa l Napoleon Bonaparte, ki te Ayisyen se sel pep ki prete seman devan lanati: TONNE
yon kriminel andisi, men ki te fe anpil krim, vol, piyaj, BOULE M. Ke yon kout Loray soti anle a fann mwen an
krabinay, piyaj nan Vatikan, Espay ak Potigal pou akapre 2, si m trayi, si m bay manti. Tonne boule m ou SO DJE
byen pote pou distribye lajan ak manje bay pep Franse. Se MEN.
politik sa a li kontinye jouk jodia nan 16 peyi Dafrik yo. Norluck Dorange

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version