The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2024-07-01 18:01:17

Kreyolofoni#84

Kreyolofoni#84

Tout moun pa ka rich, nou ki rich ka fè tout moun viv byen... Sponsorisé par KREYOLOFONI LANE VII, NIMEWO 084 JIYÈ 2024 CHAK MWA ANDEDAN KREYOLOFONI 1.– Mwen toujou gade m epi m di m renmen m chak jou pou kalte moun m ye a. p. 04 2.– FE# 1337 : Premye Minis de facto Gary Conille resevwa mèsenè Kenya yo p.11 Pa Bliye Pèsonn pa ka repwodwi atik jounal sa a san otorizasyon redaksyon an Redaksyon an pap publiye atik san non san adrès NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID TAP TAP MULTISERVICES TOY SHOP PLUS BOTANIKA PLANET FM 100. FM STEREYO


2 Edite ak Enprime pa KREYOLOFONI 38 48 58 90 KREYOLOFONI Fonde 12 avril 2017 par Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles Propriyetè : KREYOLOFONI Depo Legal : ISBN PDG : Pierre Richard Osias Sekretè Ekzekitif : Francisque “Riko” Jean-Charles Administratè : Relasyon Publik : Trezorye : Clermise Clervil Redaksyon : Piblisite : Ribrik Spò : Rubrik Kilti : Dieunou Maurice Fotografi : Fanuance Grafis : Ebens Pierre Teknisyen-Enprimè : Mesaje : Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie 26, ri Défilé , Podepè, Hayti E-mail : [email protected] Telefòn : (509) 3848-5890D/4141 1518N Email :[email protected] Website : www.dwapoumpale.com KONBIT NORD-OUEST POUR UNE NOUVELLE HAYTI (KNONH) Parti Politique Régional & Moderne Faites-vous membre pour le désenclavement et le dévéloppement du Nord-Ouest. Appelez aux # 4141 1518 38 48 58 90 Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo... SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN


3 Tout moun pa ka rich, nou ki rich ka fè tout moun viv byen… Manman m Marie Thérèse Clersaint (Toy) te anseye m depwi a 15 zan pou m pa atache ak byen latè, yo pa rantre nan simetyè. Toujou pataje ak lòt tout sa m ba wou. Toy te aprann mwen tou, pa gen moun pase moun, nou tout egal ego. Yon swa, pou l anseye egalite ant moun ak moun, li te di m ou wè Bayakou k ap netwaye komòd, se pou respekte l tankou papa w paske l ap travay, li gen fanmi e l pran swen fanmi l. Avoka, anseyan, doktè, pastè, elatriye, egal a Bayakou a, yo tout se moun. Se lajan ak diplòm ki konplekse moun. « Les bonnes relations nous rendent plus heureux et plus sains », doktè Robert Waldinger (2023) aprann nou. M note bèl kay Stevenson Marcenat poste sou paj li, m felisite l, m kontan pou li. Travay di, respekte prensip, pa viv odela lajan w fè nan travay ou nan biznis ou, se konpòteman sa yo ki kondwi a sa Jean Jacques Rousseau rele: « Il n’y a pas de bonheur sans courage, ni de vertu sans combat ». M pran plezi nan siksè, reyisit, zòt e m toujou fè yo konn sa. Stevenson Marcenat se youn nan premye moun ki te lonje men ban mwen lè zòt akize m vòlè 400.000 goud Bank Pa Nou sou rezo yo. Semenn pase a m ap anmède l lèl pibliye yon pòs kote l ap takine Jimmy Cherizier alias Barbecue ki mande negosye ak Premye Minis Gary Conille. M reponn li: « Mawon lòt bò, radote. Pran avyon debake vinn di l yo nan figi l, tifrè ». Òm saj ki chaje imilite, li di m: « Sak Koz mwen pa janm vini Ayiti, se trop maji, wanga yo konn banm nan Podepè, pifò nèg nan jistis la nan epok 2010 te okouran. Mwen gen 14 zan depi mwen pa wè Podepè ak de zye. Mwen te konn kampe goumen wi Francisque, mwen te Nan FEUH avek Herve Saintilus. Mwen fè gwo gè deja, anndan Potoprens »! M te konn gade a distans travay ou nan batay kont pouvwa Jean Bertand Aristide la an 2003-04, nou batay pou Etazini kont Ayiti. Men se ak dlo nan je m li respons Stevenson ki menm pèdi pitit li nan Pòdepè paske ti nèg jalou kont desten yon lòt. Imajine w ki kontribisyon tifrè a te ka pote nan batay pou chanje peyi a. Nou pouse do l al kay Tonton Sam. Egri k ap egri e megri. M reponn Stevenson ki remèsye m paske m felisite reyisit li ki koresponn ak akonplisman youn nan plizyè objektif li yo. Posede kay Etazini pou yon etranje, se yon gwo viktwa menm si manswalite a boule. M di l: « Ou merite sa tifrè, rekonpans disiplin ak travay di ki bay bèl kay la. Se pa paske m echwe pou m pa kontan pou moun ki fè siksè. Again, chapo ». Marc Laurry Ermann Sainvil, youn nan etidyan ki pi bryan m konnen e ki renmen m anpil tou pa dakò ak gid-anseyan l lan echwe, li ekri: « Non. Ou pa echwe Pigran. Ou te fè yon chwa konsyan e ou te asime l jiskobou. Pou moman ou te retounen Vin Viv Ayiti USA se te yon paradi. Antouka, se Konsa pèsepsyon an te ye Pou gwo majorite a ki te Ayiti. Men San w gen dwa pa tann kont chwa w la te patisipe anpil nan konstwi yon lòt mantal sitou bò kote jèn yo. Pou fè kwè yo dwe goumen Pou sove peyi a. Angajman w Pou Ayiti sitou Nan politik ak inisyativ kominotè se yon gwo bagay. Li difisil Pou w pa pale de peyi w ak kilti w, ayisyanite w nan kèlke swa diskou w. Non. Ou pa echwe! Antouka se santiman m anvè w. Kouraj! » Marc Laurry Ermann Sainvil, m ap li w pandan dlo ap koule nan je m Manno. Twa boutik tout fèmen, pèt kolosal $51.000 ameriken e m gen 65 kan, sof si se desten, retounen doubout la, minim frè an m. Antouka sou presyon Pierre Richard Osias ak Gabbard Emanuel Saintil asiste pa Max Henri, Toy Shop relouvri. N ap espere lespri Toy ak loa yo akonpaye nou. Tout moun pa ka rich men sila ki rich yo ka fè tout moun viv byen. Malerezman, pi fò nan nou pa kwè nou tout gen yon sèl manman, nou tout se frè ak sè. Se richès kolektif k pote richès endividyèl la nan tradisyon zansèt yo, men nou pi fò pran nan oligachi oksidantal ki chita sou « matérialisme » – tout pou mwen zafè lòt. Nou tout dwe moun. Edito Mwa Jiyè 2024 “Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay EDITORYAL LA KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU


4 Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti PDG Ralph Moreau Tel : 3154-0909/4250-4949 Captez la radio en ligne : www. [email protected] pral konstate ou chanje mòdvi pi devan ou pral oblije chanje ankò, konsa w ap pase tout tan w nan yon fòm disonans koyitiv epi w ap pèdi tout orijinalite w kòm moun. Sonje moun ou ye a pa yon aza, ou dwe chache konnen tèt ou plis chak jou epi fè wout ou ak moun ki sanble w, tout moun pa renmen w, tout moun pa t oblije renmen w nonplis, konsa tou pa gen okenn kote ki di ou dwe renmen tout moun tou. Raple w chak jou se pou wou pou w viv ak moun ki renmen w yo mwen garanti w lavi w ap gen sans menm lè w pa gen yon goud nan pòch ou. Regade tèt ou! Resezi w! Jamesky Jeanty Si w pa renmen tèt ou pou moun ou ye a gen moun ou p ap gen kouraj respekte jefò yo fè. Si w pa premye moun ki estime tèt ou, li fasil pou lòt moun ki pa renmen w destabilize w fasilman jis pou w pèdi orijinalite w. PS: Sonje ou pa t vinn sou latè pou fè pèsonn plezi, men rete koyeran ak tèt ou epi toujou viv ak sila ki renmen w malgre defo w yo, pa chanje atitid ni konpòtman pou moun ki pa renmen w yo. Pa chache satisfè moun ki pa renmen w yo paske otomatikman w pral fè sa moun ki te renmen w yo MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab... E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO Mwen toujou gade m epi m di m renmen m chak jou pou kalte moun mwen ye a.


5 M ekri Réflexion loufoque#1347 jou k te vandredi 29 jen 2024, m titre « Ou vle pou m pou okipasyon peyi m, ou byen nan tèt » kote m ekri: « Gang Savien nan Atibonit apovri m, m fache, move kon kong. M se premye moun k ap bat bravo lakontantman si yon jou PNH akonpaye popilasyon an bay tout gang bwa kale. Men depwi se etranje ki anvayi peyi m sou lòd Etazini pou vin asasine gang, m anfas yo. Barbecue, Tilapli, Vitelhomme, Izo, Jeff Canaan, se yon bann asasen, kanibal menm men avan tou, yo se Ayitien parèy mwen. Pa mande m pou m konplote ak anvayisè pou touye yo. Chèf gang Jimmy Cherisier alias Barbecue, pòt pawòl mande Premye Minis de facto Gary Conille dyalòg : « Nou pare pou n rete nan baz nou e pèmèt lavi a reprann kuz nòmal pou pasifye peyi a ». Se yon opòtinite Barbecue ofri M Conille, peyi a, pou l te antere zafè gang lan ki se yon antrepriz kriminèl. Men zonbi Clinton lan ki jwenn sipò polisye kényan, 400 mèsenè, mande pou gang yo depoze zam. « Na pral reprann kontwol peyi nou, kay pa kay, katye pa katye, vil pa vil » li ajoute. Èske se yon deklarasyon lagè P M ilegal, ilejitim nan ta fè paske n sonje prezidan kényan William Ruto te deklare depwi vizit la Washington nan fen mwa me a : « Fòs miltinasyonal ap vin kraze bandi »? Jounen jodi a, gang Ruto ap asasinen jenn ki mande bloke lwa finans lan. Madam Yolène Gilles k ap dirije fondasyon J Klere twouve deklarasyon kontraktyèl Clinton lan twò senplis. Li di: « Un bandit reste toujours un bandit car lorsque les bandits attaquent la population, ils le font avec rigueur ; ils brûlent, ils violent, ils kidnappent, ils tuent, ils incendient ». Mèt Samuel Madistin raple nou « se yon gouvènman blòf, tout sa blan an vle nou ba li l ». Si gen yon « carnage » M Conille an Ayiti, w ap premye responsab la. Gang ou pa gang, Barbecue, Tilapli, Izo, Jeff Canaan, Vitelhomme, se Ayitien. Mèsenè kényan yo se anvayisè an misyon pou asasinen Aytien anndan peyi yo. Menm si Barbecue e alye ta touye manman m, m p ap janm kore yon fòs okipasyon anndan peyi m. « Que m’importe ma postérité pourvu que je sauve mon pays », Papa Dieussalines te di. M Conille se yon trèt a memwa zansèt yo ». Lionah Brutus reponn konsa: « Pou ki bi kenya yo la? E kiyès kap touye Ayitien? Si kama egziste, kòm se yon gang ou ye, se pou fyèl ou pete de jenerasyon an jenerasyon. An pasan, Kenya se ti nèg tèt grenn menm jan ak nou, si nou te renmen tét nou, m pa kwè yo tap vinn nan misyon Ayiti. Gang ». Francisque Jean-Charles replike: « Mesi bokou M Brutus, ou pa premye moun ki rele m gang, m abitye. M pa ekri pou enbesil ki pa konn ki sa peyi a vo pou mèsenè kenyan ap vin asasinen Aytien nan peyi l e se Etazini ki ame gang yo pou touye nou ki voye yo la. Yon lòt fwa mèsi anpil Papa Dieussalines wè sa w mande pou rive, 21 nachon Ginen an ak Deka tande w tou ». Antouka nasyonaalis Miladieu Mompremier ekri: « Gran frèm, ou di tout verite a janl ye, men tchoul oksidan yo mechan anpil, yo pap tandew men sel sam konnen, listwa ap baw rezon ». Jean Berson Toussaint, yon lòt nasyonalis ekri: « Mwen konprann e dakò ak M. Francisque. Mwen menm mwen pou lapè anndan peyi a, men fòk li fèt byen. Ann fè yon ti analiz ansanm e li poze 7 kesyon sa yo e l tou reponn yo. 1) Èske polisye nou yo (PNH) la pa konbat gang yo? Wi, yo jis bezwen materyèl ak lòd. Ale nan paj IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI... LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... Si w pa pou okipasyon peyi w, e w kont rezoud pwoblèm gang yo pa la fòs, ou se yon gang


6 Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec “LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI” Réflexion loufoque#1349 Ayiti gen mèt Ruto, w ap peye frekansite ou fè Ayiti Génération Z (Gen Z), jenn ki anba 30 tan, k deside pran desten peyi yo, pran lari pasifikman mande pou Palman an pa vote vote lwa finans lan ki monte taks tèt nèg nan peyi Kenya. Palman an vote l kan menm, e voye l bay Prezidan William Ruto pou pwomilgasyon. Move kon kong, Gen Z kraze barikad, anvayi Palman an e mete dife. Lapolis riposte tire sou manifestan bon jan bal ki touye 5 jenn e blese yon pakèt lòt. Gen Z mete dife toupatou, prezidan William Ruto oblije pa siye lwa finans lan. Manifestan yo deklare se pa zafè lwa ankò se plito movèz gouvènans, nou mande w kite pouvwa a. Prezidan Ruto mande dyalòg e Gen Z fè 14 demand chòk, youn nan yo se retrè polisye kényan yo an Ayiti oplivit. 96 klèje katolik antame yon dialog ak M Ruto men « tendu, il menace les manifestants » quelques instants après le rejet du dialogue mené par le clergé. Gen Z lanse yon evolisyon jiskake Ruto demisyone. Prezidan Biden récompense le Kenya en tant qu'allié majeur non-OTAN après que Ruto ait fait le sale boulot des États-Unis en Haïti. Ayiti gen mèt Ruto, al jwi richès ou yo Etazini ou nan youn nan peyi OTAN yo. Bi w ou tonbe, plop plob, mèsenè w yo a va tounen Kenya. Ayiti pa gen bezwen nou. Pi vit w ale M Ruto, pi vit Dieussalines ap ede pwoblèm ensekirite a. RL#1349, 29 juin 2024 Réflexion loufoque#1345 Mò rèd pou Biden…Ayiti gen mèt… Depwi sou premye minit deba-a ant Donald J. Trump e Joseph R. Biden, Ginen an djè djè kandida demokrat yo ki selon www.france24.com « perd son fil de pensée, bafouille, cherche ses mots ». Pi fò jounal anndan Etazini dakò Trump kraze Biden nan deba a ki mete gwo majòjon pati demokrat yo nan kouri. Jounal ameriken New York Post ekri: « Les démocrates entrent en mode panique après que Biden s’est humilié » e yon pòtpawòl pati demokrat la rive menm avwe nan CNN: « nous avons un problème après la performance de Biden ce soir ». Biden joure Trump anpil li lanse yon bann « investives » anvè rival li a : « repris de justice, menteur, pleurnicheur, pauvre type, loser », elatriye. « La seule personne qui soit un repris de justice, c’est l’homme que je regarde », Biden lanse. Trump reponn : « L ap pale de « repris de justice », pitit li Hunter se youn » e l ajoute « osito ou kite fonksyon an, Joe ka vini yon « repris de justice » toua k tout krim ou komèt yo ». Antouka, se fini pou Biden, li p ap reyeli prezidan Etazini. M ap veye pou Prezidan William Ruto tonbe nan jou sa yo la nan peyi Kenya pou plan yo genyen pou piye sousòl Ayiti pa reyalize. Anathème à Joe Biden. RL#1345, 28 juin 2024 Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ? KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531


7 ...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... Réflexion loufoque#1344 Ayiti gen mèt. Prezidan Ruto tonbe bi w e polisye kényan yo an Ayiti plop plop tounen Kenya « Génération Z » ki konpoze 80% jenn fanm, jenn gason ki anba 30 tan anndan peyi Kenya pèdi anba bal asasen Lapolis pase 23 e resanse pase 160 blese paske yo mande Palman an rantre Bidjè 2024-2025 ki chita sou monte taks sou sitwayen peyi a. Yon manifestasyon pasifik tounen madi pase an vyolans, menm jou Prezizan William Ruto deplwaye 400 polisyen kényan nan Mission Multinationale de Soutien et de la Sécurité (MMSS) an Ayiti. Ant madi ak jedi, « Génération Z » move kon kong, mete plis pase 1 milyon manifestan nan lari, destinasyon final « maison d’état » pou dechouke Prezidan Ruto. Anbasadè ameriken MegWhitman pete kouri, vole gagè, kite « guignol » Ruto nan dans lan pou kont li. Bi w Prezidan Ruto tonbe, 21 nachon Ginen an nan bouda w, salòp. Plop, Plop, polisye kényan tounen Kenya. E kounye a Gary Conille sa w pral fè. Nan lavi, tout moun itil, gang Jimmy Cherisier alias Barbecue te ofri w yon boulva pou te yon gwo Premye minis, dyaloge ak katye popilè yo pou pasifye peyi a. Yon dezyèm fwa, ou tande patron w William J. Clinton k pase w lòd pou extèmine gang yo, paske yo pa gen bezwen yo ankò. Houngan Nago Nayo voye di w « mò rèd ». Prezidan Ruto tonbe bi w, plop plop polisye kényan tounen Kenya, Gary Conile tout djòlè, frape tomak fini. Vole gagè l ap ye pou wou PM. RL#1344, 27 juin 2024 ********************* Réflexion loufoque#1342 Kisa k dekolonizasyon reyèl? Kemi Seba ede n konprann li… E si nou te viv nan yon mond kote valè yo prezante kòm nòm mondyal yo dwe respekte ak aplike pa tout moun an reyalite konstitye kintesans nan regresyon limanite a? Toupatou sou latè, fanm tankou gason, ap kouri dèyè sa oligachi oksidantal la di yo, se avansman limanite : modernism ak konsekans trajik li, materyalis. Nan è modèn sa a, sèl kouri dèyè byen materyèl ki priyorite. Russell Belk di nou : « sa nou genyen materyèlman reprezante nou, se yon ekstansyon pou tèt ou ». Istoryen Michel Soukar explike fenomèn chèche bonè a nan fè kado Etazini Ayiti. « Depi w ban m ti pa m nan, ou mèt pran peyi a » ou « Banm pa m, pran rès la ». « Se plito chèche malè », Soukar konkli. Epi, si viv nan sistèm oksidantal la sèlman ta lakòz yon chèn nan regrè pou nou. E si, nan sans sa a, delivrans pèp nou an (Afriken e Afwodesandan) nan kat kwen mond lan tou senpleman enplike definitivman distans nou ak Lwès la, nan yon fason fizik, sikolojik, metafizik, pou nou tounen tèt nou ankò? E si sa a se ta vrè dekolonizasyon an? Panafrikanis Kémi Seba nan liv li titre « Philosophie de la Panafricanité Fondamentale » kesyone sou lyen ki genyen ant Loksidan progresis, materyalis, modènis ak pèp afriken an. Seba di nan nanm pèp nwa jan William E.B. Du Bois te nome l lè l t ap pale sou lespri pèp nou an, panafrikanite a vle di « l’unité africaine ». Liv la jisteman voye nou a yon inite Afriken ak Afwodesandan ki pa vle di konstwi, men ki nan li menm, se retounen nan rasin zansèt yo, toupatou sou latè. Retounen nan nou menm, Keba konkli ap antrene nou defakto nan reyaparisyon nan inite fondamantal nou atravè mond lan. RL#1342, 27 jen 2024 Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond... Bayyinah Bello Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF) FONDASYON FELICITEE (509) 22 48 22 38; 29 40 08 69 sitweb: fondasyonfelicitee.com Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou. Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!


8 2) Èske komisyon kap dirije Ayiti, pa an feblès? Petèt, si non li tap envesti kòb li pral peye fòs etranje yo nan PNH la, achte bon materyèl, netwaye PNH la epi atake... 3) Èske Premye Minis Gary Conille pat ka pran chimen dyalòg ak nèg a zam yo? Wi, paske gang yo ouvè pou dyalòg, e yo prè pou bay peyi a yon chans (daprè Babecue). Malgre yo fè peyi-a anpil mal. 4) Èske se pa pou Ayiti ka debouche sou yon gè sivil, Etazini voye fòs etranje a jis poul ka pwofite anvayi peyi a pou yon 3e okipasyon? Sa posib. 5) Ki kote tout zam yo soti yo antre Ayiti? E kiyès ki enplante gang an Ayiti? Pou ki rezon? 6) Èske pa gen anpil fòs etranje ki antre Ayiti vin ede n jere kriz deja? Wi. 7) Èske yo konn bay rezilta? Repons 5, 6 ak 7 la se pou ou, epi wa tire konklizyon paw. Francisque Jean-Charles: « Jean Berson Toussaint Tonnerre (JBT), gade yon refleksyon. Gen lespwa pou peyi a toujou. M pa nan vyolans menm, m pa zanmi zam ak bal. Gang yo dwe peye pou krim yo men se pa mouri pou yo mouri. Kesyon 5: « Tout zam yo soyi Etazini », rapò expè Nasyo zini yo di. Avoka Ézili Dantò te menm di: « Si Etazini te konfòme l a rezolisyon 2653 ONI an, gang yo pa ta p ka opere ». Kesyon 6: « Youn an 1994 e yon lòt an 2004, de fòs nasyon zini, yo plis destabilize ». Kesyon 7: Si yo te bay rezilta JBT, Kenya pa tap sou teritwa Ayiti an 2024 tankou « anvaayisè » vin asasinen pitit tè lakay yo. Kenpòt « carnage » ki fèt jan Minustah te fè l an 2008, Etazini, Kenya, PM Gary Conille e CPT ap akize devan Cour Penal Entènasyonal pou krim kont limonite. M swete Ayiti gen taan rekouvre souverènte pou l fè sa lalwa mande. Jean Berson Toussaint: « Francisque Jean-Charles mèsi mon frère. Map ajoute pou zanmi m, si nou touye gang ak sapat yo konsa, èske n ap janm jwenn gang a vès yo pou yo peye tò yo fè peyi a? » E Jean Berson Toussaint konkli: « Youn nan bagay ki fèm mal, lè peyi nou an kriz, gouvènman ta dwe chita ak inivèsitè (etidyan yo), pwofesè yo ak lòt kad nan peyi pou reflechi epi fè kèk pwopozisyon. Gran peyi yo fèl, el bay rezilta. Jou sa fèt an Ayiti ap gen rezilta ». JBT, nou ponkò gen dirijan. Sa w wè ki la yo, Jean Claude Lazarre te ekri yon lè se yon bann « kolon nèg »k ap ekzekite ajennda kolon an, Ayiti pa ladan l. Francisque JeanCharles, Kreyoloni mwa jiyè 2024 Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa... “PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA Si w pa pou okipasyon peyi w, e w kont rezoud pwoblèm gang yo pa la fòs, ou se yon gang RIBRIK : Sa zòt panse...


9 TOY SHOP + BOTANIKA 30, Ru Defile, PòdePè, Ayiti Telefòn: 3848 5890 Francisque Jean-Charles 2) Èske komisyon kap dirije Ayiti, pa an feblès? Petèt, si non li tap envesti kòb li pral peye fòs etranje yo nan PNH la, achte bon materyèl, netwaye PNH la epi atake... 3) Èske Premye Minis Gary Conille pat ka pran chimen dyalòg ak nèg a zam yo? Wi, paske gang yo ouvè pou dyalòg, e yo prè pou bay peyi a yon chans (daprè Babecue). Malgre yo fè peyi-a anpil mal. 4) Èske se pa pou Ayiti ka debouche sou yon gè sivil, Etazini voye fòs etranje a jis poul ka pwofite anvayi peyi a pou yon 3e okipasyon? Sa posib. 5) Ki kote tout zam yo soti yo antre Ayiti? E kiyès ki enplante gang an Ayiti? Pou ki rezon? 6) Èske pa gen anpil fòs etranje ki antre Ayiti vin ede n jere kriz deja? Wi. 7) Èske yo konn bay rezilta? Repons 5, 6 ak 7 la se pou ou, epi wa tire konklizyon paw. Francisque Jean-Charles: « Jean Berson Toussaint Tonnerre (JBT), gade yon refleksyon. Gen lespwa pou peyi a toujou. M pa nan vyolans menm, m pa zanmi zam ak bal. Gang yo dwe peye pou krim yo men se pa mouri pou yo mouri. Kesyon 5: « Tout zam yo soyi Etazini », rapò expè Nasyo zini yo di. Avoka Ézili Dantò te menm di: « Si Etazini te konfòme l a rezolisyon 2653 ONI an, gang yo pa ta p ka opere ». Kesyon 6: « Youn an 1994 e yon lòt an 2004, de fòs nasyon zini, yo plis destabilize ». Kesyon 7: Si yo te bay rezilta JBT, Kenya pa tap sou teritwa Ayiti an 2024 tankou « anvaayisè » vin asasinen pitit tè lakay yo. Kenpòt « carnage » ki fèt jan Minustah te fè l an 2008, Etazini, Kenya, PM Gary Conille e CPT ap akize devan Cour Penal Entènasyonal pou krim kont limonite. M swete Ayiti gen taan rekouvre souverènte pou l fè sa lalwa mande. Jean Berson Toussaint: « Francisque Jean-Charles mèsi mon frère. Map ajoute pou zanmi m, si nou touye gang ak sapat yo konsa, èske n ap janm jwenn gang a vès yo pou yo peye tò yo fè peyi a? » E Jean Berson Toussaint konkli: « Youn nan bagay ki fèm mal, lè peyi nou an kriz, gouvènman ta dwe chita ak inivèsitè (etidyan yo), pwofesè yo ak lòt kad nan peyi pou reflechi epi fè kèk pwopozisyon. Gran peyi yo fèl, el bay rezilta. Jou sa fèt an Ayiti ap gen rezilta ». JBT, nou ponkò gen dirijan. Sa w wè ki la yo, Jean Claude Lazarre te ekri yon lè se Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou... NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON RIBRIK : Di saw vle...


10 JENERASYON NOUVEL AYITI “POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE KLINIK Dr. Jean Robert LALLEMAND Klinik Sa-a Pran Swen Tout moun nèt... Ri Kotplaj # 1 Nan Grigri... Tel : 3394-2098 Me peye pote a. Me machandiz chè a. Me Mme Villa Dordoille Me dyaz ki bay pon Ri Kapwa, ebyen jodi a Miss Vivi siw ap jwenn anpil zanmi ap ekriw pou felisitew, se paske lè gen lapli pou valè moun ki konn tonbe sou moto, apye. Pa janm rayi moun ki toujou ap panse pou lakay, Miss Aliv Moricette chapo pou ou ankò. K-navao Valmond Mme Moricette Aliv mil mèsi Fanm djanm,Fanm 2 pye pantalon, Fanm ki gen Fanm nan Fanm li,Fanm nodwès, mesye mw yo mete Fanm nodwès nan lavi nou mw salye Frèm, Zanmim sou track sa Knavao Valmond Manman pont kenbe la pa moli, mw konnen projet yo anpil pa enkyetew wap rive kan menm Bondye,ak saw pa wè yo avèw. KONSTRIKSYON PON ELINA Alive Moricette Pon ri kapwa a kap mennen. Nap mande lòt diaspora yo fè menm Jan ak PDG Aliv Moricette . Judelet Belfort Nou gen bon enjenyè e l fè lòt pon deja. Finansman solid pa kuz Alive e sipèvizyon ap fèt pa kuz delege. Fanuance prezan pou fè tout moun wè aklè sa k ap fèt la. E K-navao pa ka pala. Francisque Jean-Charles Bèl pon,bèl bout pon,se premye fwa nan Port-de-Paix yon sitwayèn angaje ak kòb nan pòch li,san sipò leta,san sipò kominote a,rekonstwi pon Elina nan ri Kapwa Aliv Moricette Schiller Milien


11 Menm si Gang yo efase m ak tout fanmi m, mò Francisque pap janm sipòte okipasyon etranje nan peyi l, e m ankò vivan. Papa Dieussalines te deklare : « Nous avons osé êtres libres. Osons l’être par nous-mêmes et pour nous-mêmes ». Il ajoute cette délaration subliminale : « Que m'importe le jugement de la postérité, pourvu que je sauve mon pays » ! M ponkò janm posede zam nan lavi m. M pa gen pwòch ki nan gang. Se pa mwen k ame gang yo nan peyi-a non plis. Paske m pa pou rezoud pwoblèm gang pa vide bal sou yo, men pou amnisti jeneral pwopoze pa Kòmandan Guy Philippe, zòt akize m trafikan dwòg e rele m gang. M menm merite mouri. Si w anvi wè yon moun mouri, ou menm tou se yon gang. Se vre Barbecue, Tilapli, Izo, Lanmò san jou, elatriye, se yon bann asasen (touye pase 7.000 inosan), vyole adolesan tankou fanm, fòse malere ki sanble avè yo sove kite kay yo (410.000), boule kay moun ki pran 10-20 tan pou konstwi. Pèsonn pa gen defann sangwen sa yo. M patizan anpi Papa Dieussalines, men Ayiti ap eseye demokrasi e ladan l se lapolis ki arete prezime kriminèl remèt, lajistis pou jije e kondane si yo koupab. Pa gen vide bal sou moun. Se ap yon kanaj e ap gen domaj kolateral paske chèf gang asapat yo abite nan katye popilè. M tande Jimmy Cherisier alias Barbecue pale ak Premye Minis de facto Gary Conille e l di l : « Mèyè fason pou pasifye peyi a se atravè dyalog ak katye popilè yo…Depi n wè se menm bagay yo ou vin fè, zam nou deja nan men nou. Pa gen prizon pou nou, nou mouri deja ». Gen lè doktè Conille tande rezon paske pandan l ap resevwa fòs la, li di: « Se nou k kreye briganday nou, responsab briganday nou. Se nou k kreye lòbèy nou, si nou vle fè mea culpa, fè l, se pou nou pran konsyans. E mande popilasyon an akonpaye e sipòte lapolis sans lese frape, sil pa nesesè. Pèp ayitien an fatige e nou menm tou nou fatige. Kanpe pèp aytien san lese frape pou tout bagay ka redemare ». Se yon gran pa pou restore lapè piblik nan peyi-a, men se pa sa. Premye Minis de facto Conille, se kòb la Prezidan William Ruto voye garanti an Ayti ak 400 mèsenè l yo pandan peyi Kenya ap mande l kite pouvwa a. Tounen 400 polisye yo. Pa gen solisyon dirab si pa gen dyalòg ak gang yo pou yo vomi tout verite. E yon politik « gagnant-gagnant » se pi bon wout pou lapè dirab. Monte Komisyon Verite, Jistis, Reyensèsyon ak Rekonsilyasyon (KVJRR) pou eradike « la violence par armes à feu » ki selon Vivek Murthy, minis sante peyi Etazini, se « une crise de santé publique » ki menase « la santé et le bien-être ». Tout gang, anwo tankou anba, dwe rekonèt krim yo, restitwe tout byen leta yo. RL#1337, 25 jen 2024 SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU... Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang RIBRIK : Sa zòt di... Réflexion loufoque#1337 Premye Minis de facto Conille resevwa mèsenè Kenya yo


12 « Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pito akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo nan mond lan » —Napoléon Bonaparte ********************* ********************* Deklarasyon Papa nachon an Dessalines « Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo, byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite » KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM « Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou Bondye ak pou lumanite » Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929 PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN


Click to View FlipBook Version