LANE IV, NIMEWO 058 ME 2022 CHAK MWA
KREYOLOFONI
NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID
Ki krim ANDEDAN
KREYOLOFONI
1.– Edito: Poukisa
Ayitien fè manman
yo Ayiti mal p.03
2.– Konbyen nan nou
ki vle Ayiti manman
nou chanje vre p.05
TAP TAP
MULTI-
SERVICES
TOY SHOP
PLUS
BOTANIKA
Andalasse PLANET
FM
Mertilus
fè kont Ayiti... 100. FM
STEREYO
Pa Bliye
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa
a san otorizasyon
redaksyon an
Redaksyon an pap
publiye atik san non
san adrès
Sponsorisé par
SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2
KREYOLOFONI
Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles
Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN
PDG : Pierre Richard Osias
Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles
Administratè :
Relasyon Publik :
Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maurice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pierre
Teknisyen-Enprimè :
Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie
59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]
Telefòn : (509) 3848/5890
Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com
KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE
HAYTI (KNONH)
Parti Politique Régional & Moderne
Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84
38 48 58 90
Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...
KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3
EDITORYAL LA
Poukisa Ayitien fè manman yo Ayiti mal?
Se Edmund Burke ki ekri: Yon sèl bagay ki pèmèt mal triyonfe se inaksyon moun de byen. Sa vle di se
sovaj, avadra, vagabon, malandren, apatrid ki fè mal. E bagay sa rive se kote pa gen moun de byen. Èske sa ta vle
di pa gen moun de byen, patriyòt, moun ki gen santiman dapatenans an Ayiti? Kote yo ye pou zaferis, politisyen
piten, akademisyen pèrokè, jounalis fatra, pè mele ak paste raketè, vodouyizan malfektè – elit tradisyonèt trans-
nasyonal lan an konplisite ak Lafrans, Etazini, Kanada, Inyon Ewopeyèn pou aneyanti Ayiti ki se manman nou
tout. Poukisa anpil nan nou vann manman nou pou kras?
Ayiti apovri li pa pòv. Poukisa pwòp pitit li deside planifye ak kolon gang Core Group pou kenbe frè ak
sè yo nan mizè, soufrans, tribilasyon, grangou, iletre, nan mal site? Kote nou jwenn eritaj sa-a?
Plan nou se de gwo wòch, se di liv tè sou lestomak, depi nan Ginen nèg pa vle wè nèg andepaman ak
Ideyal desalinyen an ki vize Inyon, Souverènte, Entegrite nasyonal, Jistis sosyal ak Pwodiksyon nasyonal ki se yon
ideyoloji viv ansanm, manje ansanm, fè komès ansanm, rich ansanm.
Kolon an dewoute nou depwi nou ede yo asasinen anperè Jacques 1e. Depwi lè sa a santiman yon sèl na-
chon, nou tout egal ego a, nou tout lib, milat tankou bosal, antere pou sistèm apatrid politik ak ekonomik lan
boujonnen sou tè Papa Dessalines nan. Sak pi grav la, milat kreyòl yo antann yo pou kenbe bosal yo nan mal site,
levanten (siwolibanè) yo ki rive nan fen 19e syèk la e François Duvalier epole nan kreyasyon klas mwayèn nwaris
lan chanje kazak sou Jean Claude Duvalier pou fè yon sèl klas po wouj pou toufe bosal yo papa ak gran papa yo an
Afrik. Konsa yo lage bosal yo nan geto nan kapital la e nan pwovens yo pou dechire youn lòt pou monte vin jwenn
yo nan paradi a ki se anwo. Nou pi fò wè anwo.
Bel Air, Matisan, santrevil Pòtoprens elatriye repite pou zòn klas mwayèn ak aktivite komèsyal tounen
yon lanfè, se yon gwo simetyè, abandone a gang ame, bandi pou manje bosal parèy yo. Menm dirijan, pitit sòyèt,
peyizan ki rive opouvwa trayi zansèt yo, bliye orijin yo pou yo sanble ak nèg anwo.
Milat kreyòl yo e siwolibanè yo konpoze ansanm andedan peyi a pou piye tout riches peyi a e depwi
2004, yo sèvi ak politisyen bouzen yo, deflite, sewatè, preyidan, ki soti andedan mas yo pou akonpaye yo nan vòlè
riches peyi a. Yon ka majè ki rive sou preyidans Jovenel Moise: Preyidan an livre André Apaid 8000 ekta tè leta
blayi sou twa depatman ak 18 milyon dola meriken lajan leta pou plante yon kilti ka pral detwi tè kiltivab la pan-
dan yon lòt frè agwonòm ki gen gwo pwojè agrikòl ki ka elimine enpòtasyon manje andedan Etazini ak Repiblik
Dominikèn. Jodia, menm bannan n ak zaboka nou enpòte.
Vyolans youn sou lòt nan enterè milat kreyòl yo ap kontinye. Henri Christophe te fèl sou Dessalines ak
Cappoix. Nou fèl sou Duvalier yo, Aristide, nou touye Jovenel Moise pou yo ak kolon gang yo menm si yo pa tap
travay pou peyi a. E si nou te konplote ak yo kont lènmi mòtèl yo, èske yo tap trayi pou Ayiti? M pa gen repons
lan. E wou?
Nou sonje deklarasyon Mèt Andre Michel kont yon frè l ki rive prezidan e nou rekonèt li pa tap dirije pou
mas parèy li yo. Li te di: “Nenpòt moun ki kwaze ak Jovenel Moise ka souflete l se yon ti vagabon”. Jodia, 10
milat agrese w vèbalman nan yon otèl anwo e yo repwoche w wap mal dirije antrepriz yo a PHTK de Joseph
Michel Martelly. Sa ta vle di se li kap bwase lajan kounye a e yo pa dakò.
Se 10 milat Mèt Michel di, pouki se pa “9 milat yon nwa”, PDG radio Planèt FM Ralph Moreau mande.
Si se militan yo Mèt Michel te konn di: “Barikad yo se lavni nou” ki te fè menm yon agresyon fizik sou mèt la, m
ta vole ponpe.
Poukisa Mèt la pa desann al jwenn mas yo ede yo monte antrepriz e kreye anplwa Mèt Michel wap fè
menm sa w te konn repwoche Jovenel Moise yo. Jounen jodia w se yon vagabon ki trayi orijin ou. W kontinye fè
manman w Ayiti mal frè an m. Erezman m pat janm kwè nan klas politik tradisyonèl transnasyonal sa a, m pou
tabula rasa. M pou nou acheve revolisyon Papa Dessalines te kòmanse a.
Doktè Jean Fils-Aimé klè kon dlo kòk: “Ayiti pri an otaj pa yon milye moun e fòk nou dechouke yo,
touye yo – Lènmi yo nasyonal e entènasyonal. Zaferis yo ki pa kreye riches, bankye yo ki se yon bann gangstè ki
pa distribye riches la, politisyen bouzen ki se choul zafeyis yo. Nou pa ka bliye anbasadè Kanada, Etazini, Lafrans,
Inyon ewopeyèn, fòk nou extèmine yo. Yo foure Ayiti andedan yon kawo yap tann pourisman l pou jistifye yon
okipasyon militè”.
Solisyon an se chavire chodyè-a atravè reyedisyon koupe tèt boule kay pou n rekouvre souverènte nasy-
onal nou e mennen peyi nou, manman nou, vè yon tranzisyon koupe fache pou twa zan kote nou ap plase patriyòt
entèg, onèt ak konpetans avere ki pou travay sou 14 chantye fondatè pou kreye yon Eta-nasyon. Doktè Jean Fils-
Aimé fè pwopozisyon an nan liv li ki titre: “Haïti: Une société en décomposition avancée. Et si on recommençait!”
Sispann fè Ayiti mal, li se manman nou. Edito mwa me 2022, #58
“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay
E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4
Réflexion loufoque#1051
Ki krim Mèt Andalasse Mertilus
fè kont Ayiti
Politisyen Andalasse Mertilus avwe piblikman pa konn rayi moun e m pap janm rive nan sa. M renmen
li te siyen akò 11 septanm ak PM de facto Ariel Henry. tout moun paske yo se frè ak sè m. Map denonse mal
Li ajoute tou li pa gen yon pòs politik men lap goumen dirijan yo fè peyi a e si pèp la ta ba yo sa yo merite a, m
pou travay ki te kòmanse sou depatman pa prezidan Jo- pap fache.
venel Moise yo finalize. Antouka, M wè prezidan ikren nan Vlodymyr
Atak yo tonbe sou li pou yo antere l politikman. Zelensky toujou ap mande negosye ak Vladimir Pou-
Nèg isit swete w mouri menm pou laverite. Mesye Mer- tine, omològ li ki se prezidan Larisi e yo an gè.
tilus se yon politisyen, li pran desizyon l an
gran moun. Sil bon ou pa bon pou li se li ka
va wè l. Sim te ka pale ak M Henry m tap
poze pwoblèm Nodwès yo tou, men ki kote
pou m pase. Mesye Mertilus fèl pou mwen.
M di l mèsi.
Minis komès e endistriyèl Ricardin
St Jean e minis edikasyon nasyonal ak
fòmasyon pwofesyonèl Nesmy Manigat, se
de ti frèm ki nan gouvènman Ariel Henry a.
Èske paske m pa sipòte Ariel Henry kòm
Premye Minis peyi a, m dwe tou fè de ti
frèm yo lènmi?
Batay pam nan se kont yon sistèm
ki pwodwi dirijan tankou Ariel Henry men
Preye minis lan pa lènmi m. M batay kont
Jean Claude Duvalier, Aristide I e II, René Préval I e II, W ka toujou mekontan ak Mesye Mertilus men
Joseph Michel Martelly e Jovenel Moise, men m te tou- swete w wè lanmò l e trete l janm m wè nap fè la sou
jou konsidere yo kòm frèm. rezo yo, se mechanste. Andalasse, ti frèm tou, pa merite
Mesye Mertilus pataje sou paj li enfòmasyon ki sa. Tout bagay regle nan dyalòg. Sila w panse w pa bez-
ta dwe fè tout moun Nòdwès kontan kote nou espere wen jodia, w ka bezwen l demen. Jean Bertrand Aris-
chita tande ak PM Henry an pote rezilta. Li poze tide di: Antann poun antann nou.
pwoblèm ensekirite, EDH ak evalyasyon kèk chantye Lè Andalasse te riske lavi l pou bloke refe-
nan Nodwès. Sak pa bon nan sa a la mezanmi. randòm nan andedan Janrabèl, li te yon ewo nasyonal.
M konstate bon ti tan, pi fò nan nou malad. Si Poukisa l pa ka poze pwoblèm Nodwès yo ak mesye
w rayi entèl se pou m fè tankou w pou m fè w plezi. M Henry. RL#1051, 28 avril 2022
Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET
Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti
PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949
Captez la radio en ligne : www. [email protected]
Émissions spéciales à caractère éducatif : Planet Sou Ray, Desiderata &
Le Novateur à l’Oral
MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...
LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5
Réflexion loufoque#1052
Konbyen nan nou ki vle Ayiti manman nou
chanje vre? Fè wè nou…
Depwi PM Ariel Henry rive nan Primati, pi fò (3 moun). Wap entronize Fritz A. Jean prezidan e wap
Ayitien nan diaspora a tankou an Ayiti pou koupe tèt li. rete PM ak 11 minis (youn pa depatman e doktè Jean
Nou tout gen rezon paske se kolon gang Core Group la Fils-Aimé pou diaspora a) ».
ak patwon yo ameriken ki mete l. M te ekri « onon la- « Ansanm san kolon gang yo (Etatzini, Lafrans
moral ak etik, non w site nan asasina prezidan an w ta e Kanada) nap fè yon tranzisyon koupe fache poun tra-
dwe kite pòs la ». Newològ la gen 8 mwa opouvwa, ni vay sou 14 chantye nouvèl Eta-nasyon an pwopoze nan
wou ni mwen pa ka fè l’kite pòs la. Lari a bouke. liv doktè Jean Fils-Aimé a titre « Hayti : Miroir d’une
Depwi François Duvalier rive nan Ariel Henry, société en décomposition avancée. Et si on recommen-
kolon gang yo fè nap konplote kont manman nou, Ayiti. çait? »
Nou fè 29 lane ap goumen kont makout yo men nou fè PM Henry jwèt nan men w. Fè sa pou manman
tankou nou bliye se Washington ki tap soutni Duvalier nou Ayiti e wap tounen yon ewo nasyonal. Jean Ersnt
yo. Viktim nan, Ayiti. Nou tòtire, mouri, ekzile. Zòt jwi. Miscadin, komisè gouvènman Miragoâne ka yon ewo
Ayiti fè yon konplo an 1991 li mete Jean Ber- nasyonal tou si w mete aleprêv. Ba li sa li mande yo pou
trand Aristide prezidan. De kan kreye. Yon kan pou kwape bandi yo. RL#1052, 30 avril 2022
Ayiti, lòt la pou kolon gang yo. Washington ranvèse Nota Bene : Francisque, w fou. W trayi lit pèp la. W nan
Aristide pou nou. Nou fete. kan Ariel Henry. W mechan. Joure m jan w vle. Telefòn
Rezistans. Nou tòtire, mouri, ekzile. An 1994, ou pou wou, bouch ou tou. Mete pou mwen. M pwopoze.
Aristide tounen. Ayiti pa jwenn anyen. Aristide tounen M renmen peyim.
opouvwa an 2000, nou konplote ak lènmi yo atravè Core
Group nou ekzile l. Réflexion loufoque#1050
Rene Préval monte an 1996 e an 2006,
anbasadè ameriken Janet Ann Sanderson di nou « Préval Pierre Espérance itil Ayiti
se pi bon alye Washington ». Malgre sa nou gaspiye malgre enpèfeksyon l yo
peyi a pandan 10 zan avè l.
Konplo ap manniganse pou koupe lavi M Es-
Sekretè deta ameriken an Hilary R. Clinton pérance pou gwo deklarasyon piblik li fè kont ansyen
enpoze Joseph Michel Martelly an 2011 e Jovenel Moise prezidan Joseph Michel Martelly. Li deklare piblikman
an 2016, pi fò nan nou goumen pandan 10 zan pou n jete nan emisyon Rendez-vous anime pa Asad Volcy:
yo. Rasin lènmi an kenbe yo sou pouvwa. Mas yo pa « Martelly bay lòd etenn lavi Jovenel Moise ».
vrèman jwenn yon elit ki soude avè l pou jete apatrid yo.
Kèk manm enfliyan nan komisyon zafè etranjè
Konbyen nan nou ki konsyan pi fò nan nou ede nan US Congress tankou prezidan l Kerry Meeks de-
kolon an kraze peyi a. E si majorite pèp la-a te mete an- nonse plan asasina sa a e l di komisiyon an ap pran tout
sanm ak Duvalier yo, Préval, Martelly, Moise e jodia dispozisyon pou « asire sekirite Mesye Espérance ak
pou n dirije Ayiti kont kolon gang yo? Èske konze apa- kòlèg » RNDDH li yo.
trid yo tap dakò trayi bòs yo pou Ayiti? M pa gen repons
lan, e wou? New Yok Times pibliye sa gen yon titan se:
« Martelly ak bòfrè l Kiko St-Rémy ki touye prezidan
Pi fò nan nou rayi PM Ariel Henry. Nou akize l Moise paske l tap monte lis trafikan dwòg ak machann
san prèv, li touye Moise. Nou trete l vòlè san prèv. Nou zam pou remèt gouvènman ameriken an ».
di li fè youn ak gang yo, san prèv. Nou bliye se kolon
gang yo ki mete l PM. Anplis, Jean Gabriel Fortuné anvan l mouri te
gen tan di: « se Parenn (Martelly) ki responsab lanmò
E si pèp Ayitien an ta fè yon konplo ak Ariel prezidan Moise ». Lajistis rete bèkèkè sou tout deklara-
Henry pou n mete kolon gang yo deyò. Èske nap fè l pou syon sa yo.
Ayiti? Èske Ariel Henry renmen Ayiti ase pou l trayi
patwon an? Èske gran moun nan ap dakò fè sakrifis sa a ULCC rekòmande mete aksyon piblik an
pou retire manman nou tout anba grif malfini an? M pa mouvman kont M Espérance sou lajan sibvansyon
konnen. RNNDH te jwenn sou administrasyon Jocelerme Pri-
vert. Nou dakò depwi gen koripsyon. Men adat, sak
PM Henry fè yon diskou a nachon an dimanch anpeche komisè gouvènman Pòtoprens lan odisyone M
1e me e di « m sispann timoun ameriken, m chwazi jou Martelly.
fèt travay ak agrikilti a poum dirije Ayiti pou konpa-
triyòt mwen yo. M mande chak depatman plase otorite Pierre Espérance malgre feblès li itil Ayiti. Sil
administratif ak finansyè yo pou jesyon chak depatman, vyole lalwa, lajistis dwe sanksyone tankou tout lòt
1 majistra nan chak komin ak yon Konsèy depatmantal sitwayen. Pa dwe gen enpinite nan peyi.
RL#1050, 28 avril 2022
IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...
KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6
“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”
Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec les petits.
RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531
Doktè Roselor François:
Kijan moun dekolonize tet yo?
Publié le samedi 13 novembre 2021 aprann lot metòd ki montre n kijan pou n travay an
An rezime, ann di Dekolonizasyon se dezanpran tout gwoup ak moun ki sanble ak nou.
savwa ak savwafè opresif nou te aprann nan esperyans 4. Nou dwe aprann devlope reflechi ak panse kritik.
anseyman/aprantisaj nou fè yo pou n rive apran lot tip de Modèl Lekol nou an pa siye ditou ak bagay sa yo.
savwa ak savwafè ki Nan avantaj nou ak pèp Ayisyen an. 5. Nou paka pase nan sistem Lekol Ayiti a pou n
Yo di: « Lekti se manman
tout konesans », nan optik pagen gwo pwoblèm
sa, gen anpil bonjan literati entelijans emosyonel.
ki ka ede n nan pwosesis E li vizib lakay nou.
dekolonizasyon an. Erezman, jodia gen
1. Men toudabò fok nou apwòch ak teknik ki
konsyan ke nou gen bez- ede moun devlope
wen dekolonize tèt nou. Pa oubyen korije enteli-
egzanp, nou ta dwe kon- jans emosyonel yo.
syan de movèz entansyon 6. answit nou ka
ak vye eritaj misyonè aprann tou de lòt pèp
fransè Ki konstwi sistèm yo ki gentan fè es-
eskolè Ayiti Kote nou peryans dekolonizasy-
resevwa enstriksyon ak on an. Nou ka itilize
fòmasyon nou yo. Sa ka yon apwòch pragmatik
pèmèt nou fè yon chan- pou n aprann de es-
jman de paradigm. peryans peyi tankou
2. Nan dekolonizasyon tèt nou, Istwa a se yon disiplin fon- Singapour, Cuba, Rwanda, Jamayik, Lachin elatriye.
damantal. Nou dwe Chèche konnen byen istwa ak gwo Menm nan peyi oksidantal yo gen Entèlektyel ak
reyalizasyon zansèt nou yo ak lòt pèp yo. Nou dwe chèche mouvman dekolonyal k ap pwone dekolonizasyon
aprann tout bagay pozitif ke yo pat aprann nou yo nan kou- panse oksidantal la. Pa egzanp, gen yon gwoup peyi
rikoulòm Lekol yo. Aprantisaj bonjan istwa pote gwo ewopeyen ki asosye yo ak plizyè peyi Amerik Latin
kontribisyon nan devlopman estim de swa ak santiman pou yo reyalize yon mouvman dekolonyal ki rele
patriyotik lakay moun. Collective Andar Decolonizando (CAD).
3. nou dwe aprann travay an ekip paske si Zansèt nou yo 7. dekolonizasyon se yon pwosesis ki etann li sou
gen yon kilti Tet Ansanm (Konbit) nan Lekol nou pase plis tout rès lavi nou.
ke 18 lane (primè, segondè ak inivèsite) ap resevwa prèske 8. Elatriye
toutan yon anseyman majistral. Kidonk, nou aprann ROZO, Ph. D.
enplisitman mantalite chak koukouy klere pou je a. Nou Roselor François,
rive devlope refleks magister dixit la. Akoz de sa, nou dwe B.Ed. (Majeur en Histoire), M. Ed., M.A., PH.D.
Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?
...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU...7
RIBRIK : Anba Mapou Vodoun a
Anba Mapou Vodoun a
Eleksyon an France: "Sistèm nan" te vle
Norluck Dorange kandida sistèm nan (Chirac, Sarkozy, Hollande, Mac-
Sa fè kèk tan m ap di: lè yo foure nan dyòl nou diskou ron), an Ayiti, Moyiz Jean Charles se jwè (swadizan a
Eleksyon = Demokrasi, finalman m konprann se solisyon goch), ki la pou pote pouvwa a bay tout gadyen planta-
"mèt latè yo" pa gen pou ofri pèp yo ankò. Ke se swa pèp syon "sistèm nan" chwazi pou dirije anklo kolonyal ki
nan peyi Tyè Mond, ke seswa pèp nan peyi ki gen etikèt se peyi nou an.
peyi Devlope, Eleksyon se sèl dwòg yo jwenn ba nou Nou ka remake, anpil moun ki ap defann ou fè pro-
gratis atravè MERDIA yo, pou a) enbesilize sila yo sis- mosyon pou Moyiz Jean Charles sou rezo sosyo yo. Si
tèm edikatif kolonizasyon pèmana
an rann tèt yo predispoze pou vin n suiv byen, nap wè yo gen
Sèvitè fòs Lajan yo; b) ESKLAVA- menm langaj ak moun ki konn
JIZE mantalman pèp ki pap janm abitye defann Martelly, Jovenel
soti nan trou kote Kapitalist la fouye ou Lamothe yo. Kòm mwen gen
pou te antere yo depi 1501. nen fen, mwen rekonèt nan tout
Macron reeli? Viv Demokrasi? ajitasyon ansyen Senatè a yo,
Repete sa epi tou soule tèt ou ak men ekip Solas la ki ap deplase
dwòg sotiz la. pyon yo pou ranje jwèt la pou
Menm jan "Sistèm nan" te fè pou te bandi PHTKK yo.
foure Jovenel Moise nan gòj Ayisy- Si fanmi Le Pen yo, an France,
en. Menm jan "Sistèm nan" te jwe se bank yo ki toujou prete yo
pou mete Macron e yo fout remete l ankò. Sa vle di pèp lajan pou yo mennen aktivite
pa vo yon MERDE ankò. De Sweet Micky a Zelenky an politik pou yo ka toujou prezan sou sèn politik yo,
pasan pa Jovenel ak Macron, "Sistèm nan" rekrite eleman mwen kesyone KOTE Moyiz Jan Chal jwenn lajan pou
ki pi medyòk, pi ridikil, pou fè teyat sou sèn politik la epi l kenbe yon prezans sou sèn politik la, kote li fè anpil
chwazi yo pou fasad direksyon peyi. aktivite pou kenbe vizibilite politik li yo. 2 Vwayaj ak
"Sistèm nan" ou Fòs Lajan yo, sere Marine Le Pen, paske gwo delegasyon an Afrik, batay mobilizasyon tout sibè
non an parèt twòp depi kèk tan. Yo mete devan yon aktè -militan l sa m wè yo sou rezo sosyo yo, se pa gratis ti
dyòl sal Eric Zeymour pou amize la galri. Yo elimine Pati cheri.
Sosyalist la ki pa vo yon pip tabak ankò. Se ak yon nouvo Antouka, "sistèm nan" vle pou Ayiti rete kote l ye la a.
palto sosyalist ki rele Melenchon yap mache. Veye anwo, Dirijan medyòk, bavadè, pale mete la, epi keklkeswa
veye anba, premye tou, yo vire roulèt la, yo ba w menm ti aksyon pou yo ta pran, konpòtman yo ap rete nan "tann
bagay sa gen 5 lane anvan an. Macron an premye. Marine blan", lonje kwui devan blan.
Lepen an dezyèm. Sa w tande a, tout MERDIA an France Pale de viktwa Macron, analize nan MERDIA lokal yo
konn ki wòl pou yo jwe. Kraze LePen, fè moun pran la- pou rezilta eleksyon an France, se pral aktivite pou
perèz. Prepare pèp pou lè laroulèt eleksyon an ap woule ESKLAV ki konprann yo ka konprann kritike Ayiti
jodi dimanch dezyèm tou a teyat demokrasi a, pou se apre sa deske peyi ap rive mete an plas yon sistèm ki
Macron ki repran lamayòl la. bay rezilta eleksyon nan menm jounen eleksyon.
An Ayiti, "Sistèm nan" gen jwè pa l pou l jere pyès teyat Vèkèlè!
demokrasi a. Annatandan li jwenn nouvo Sweet Micky a "Eleksyon pa solisyon pwoblèm Ayiti". Nou konn sa
si se pa Sweet Micky a li menm, li gen Moyiz Jan Chal li lontan. Men "Sistèm nan" di se pa li pou n pase. Epi
pou gaye pay nan yon langaj swadizan lagoch, ekstrè pandan tout moun konn sa, youn pa vle louvri dyòl yo
Lavalas. Si an France laperèz fanmi Le Pen swadizan pou di "sistèm nan" sa. Yo pito konpòte yo tankou
Ekstrèm Dwat la se li ki sèvi pou pote pouvwa a bay tout nenpòt ki Sèvitè Fòmate pou vin pran lòd pou pèpetye
shema kolonyal la... Paske se li "sistèm nan" vle.
Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!
Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...
“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8
RIBRIK : Sa zòt panse...
Anba Mapou Vodoun a
AZAKA MEDE ou KOUZEN ZAKA
Norluck Dorange M gen yon mètrès ki se zantray mwen, DANBALA
Pandan map gade sou Facebook la, plizyè zanmi m pami mande l yon BATON nan dòmi, li annik fè l pou PA-
yo Gregory Senatus, Gonayiv, Sonson Mathurin, Pòto- PA a, epi PAPA a sakre l, lè konsa sitou se DAN-
prens, ki ap fè bèl fèt pou Kouzen Zaka, mwen vle lanse BALA, BATON sa a ENDONTAB, pa vini w ki pou
apel sa a ba yo. delivre w.
Ayè m tap gade Gerard Gattereau nan Okay ki louvri pòt Ou ka kreye pwòp BATON MISTIK ou, pou sa, w ap
fèm li a bay timoun Lekòl.
Bravo. bezwen bwa SÈD, bwa SÈD
Fèt Kouzen Zaka (an Ayiti) enkontounab nan zafè bwa
Azaka Mede nan Savalou, "mistik", sof si yon "fòs"
Benin, SE AGRIKILTI li ye mande yon bwa "espesifik",
TONTON. w ap bezwen Dlo ki sòti anba
Annatandan, mwen fenk sot bounda pye mapou ak kèk lòt
plase kòmand pou plizyè ti engredyan, baton sila ap fè
machin sa yo an Chine. Paske yon nonb de jou anba tè anba
nou pral koumanse bay rande- yon pyebwa "espesyal", w ap
vou a jenn fanm, jennn gason achte poud li, pafen li, w ap
pou bay yo fòmasyon nan ba l yon non, w ap ba l koulè
kreyasyon richès pa selon ou menm, ou ka dedye
lentèmedyè Agrikilti. jou ofrann pou li, konsa w ap
Gen anpil matyè premyè ki ka transfòme an produi pou rive kreye yon EGREGÒ
konsome lokalman ou ki ap fè pri sou mache Entènasy- PUISAN ak BATON w nan sans pa w...lè w pral bous-
onal la. kay, ou ka di nan "non" ou te bay li an, entèl devan, m
Fòmasyon yo pap gratis. Se moun ki ka envesti nan dèyè, retounen ak bon konmisyon.
Agrikilti selman ki ap kapab pran responsablite patisipe. M paka bay twòp detay, m pataje konesans sa yo plis
Se yo tou ki pral fè lajan. nan "gwoup watsap vodou n nan", m jis bwose l pou
Konstitisyon 1805 papa Dessalines nan di: L’Agriculture nou.
est le plus noble des métiers. Zouti ki nan foto mwen pi- Pa gen pi bèl pase kilti n nan
bliye la yo pral pèmèt moun ki pat vle fè Agrikilti yo #TonZoulou
paske se metye sal la, vin konprann LAJAN yap chache a #Bosou42KònNan
pa nan djòb ak yon patron yap janm jwenn li. Lapriyè pap #iseee
janm mete w klè. AGRIKILTI SE KLÈ.
Randevou nan fèm kay Gerard Gattereau a nan Okay pou VODOU
ete a. Nou poko ap bay dat. Koumanse pran kontak ak Zoulou Dji Kamitbantoua
Gerard. Vodou= vle di espirityalite, mo vodou an sòti nan lang
fon, yon lang yo pale nan peyi tankou Benen, Togo ak
BATON nijerya (ansyen Wayom Dawomen, ki nan Kamita
Zoulou Dji Kamitbantoua (Afrik) de lwès ). Si yon moun pa vle di Vodou, li ka-
"Jwe ak tout bagay, pa jwe nan tèt BATON legba". pab di Espirityalite se menm bagay. Kidonk depi w
Nan VODOU an, BATON jwe yon gwo wòl. defini espirityalite, ou tou defini Vodou. Espirityalite
Lè w wè BATON lakay yon GRANDÈT ou Vodou se chache Konnen envizib ak vizib. Se
Se pa yon jwèt marèl chache dekouvri mistè, lavi fèt de mistè an mistè, chak
Se bagay serye. mistè w fin dekouvri, genyen nenpòt 12 ki pral parèt, li
Yon BATON se yon "fòs puisan" pral mande pou Konnen yo tout si w vle Konnen plis, e
BATON senbòl pouvwa, gidans ak defans. chak fwa w Konnen plis li pral mande pou ale piwo
Gen granmoun ki ka frape w ak baton li, li paralize bò li san kanpe, chemen konesans la enfini...Vodou pa
frape a, konsa tou li ka touche w ak baton li, li pote yon neglije okenn paramèt, okontrè lè w pratike espir-
byennèt inespere lakay ou, si w te dezekilibre espirityèl- ityalite li pèmèt ou wè sa lòt moun ap gade ke yo paka
man. wè. #TonZulu.*
Pinga w pran BATON nan men yon moun pou blag.
Gen plizyè fason ou ka konstwi yon BATON, sa depan...
Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...
NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9
Saint-Michel
BOTANIKA
30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles
RIBRIK : Di saw vle... I Dou Pa
Mwen pako menm manyen w
Yon Jou Mwen gentan pran douse ren w
Bote peyi n a va parèt
Tout malfektè ap finn disparèt Souri w sèlman
Na va tounen yon pèp ini fonn kè m
Kote tout la mizè n a va
fini Chalè ko w dikte
Peyi n a va genyen yon m valè w
gouvèlman
Ki ap gen ladan l sèl- Cheri chak fwa m
man moun konsekan manyen w
Ki ap konen sa yo rele
dirije Ou toujou di m i
Yon pèp zòt finn piye dou pa
Yon Jou
L’istwa peyi n a va Zantray w se
reyekri paradi m
Kote non tout vye mal-
fini a va sòti Douse w vle fini
Chak paj ap fè elòj ake m
fyète n I dou pa
Mem nan je tout sa ki
pa renmen n Banm tout afanm
Na va genyen yon bon papi
depatman jistis
Ki va siye dlo nan je Si w retire l map
tout fanmi ki tris soufri
Ki ap la pou jije tout
malandren Menm le w tande
Ki fè san intèlektyèl yo map fè soupi
tounen ji pou chen
Yon Jou Se paske m anvi
Nap genyen yon drapo rele anmweeee
ki ap monte sèl
Kote nap sispann veye manje kay Azizwèl I dou pa
Na va vrèman granmoun lakay nou Pa fè chich ak
E tout vwazinaj a va respekte nou
(c) Osias Pierre Richard, Nèg pwovèb la afanm
Banm li san rete
I dou pa
Sa se kri fanm a
peyi Rwa Kristof
Depi w komanse
mete pou yo
Yo di w
I dou pa
Nèg Pwovèb La
Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...
KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10
JENERASYON NOUVEL AYITI
KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND
Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...
Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098
Pierre Richard Osias/Laneth Bonhomme
Premye me! Pye Bwa yo Ka Pale
Chita sel anba yon ti pye bwa
Laneth Bonhomme
Dat mizè pèp aysyen an Femen je w ouvri ke w
Tout pye bwa fin koupe Wa va tande koze
Pa gen forè ankò Fey bwa kap di w sa yo panse
Tout moun lage nan karavàn Mize yo pase en ba zwazo malonet
Tankou lè penitansye kase
Femen je w ouvri ke w
Chyen jape Wa va tande koze
Moun pa jwenn
Moun poko janm jwenn Rasenn bwa kap koze a kou
Ta sanble moun pap janm jwenn Yap di w sa yo fe ak yo
Sèlman moun ki pa moun
Menm si yo sou de pye Anpil koze w pap jam kwe
Yo pap janm ka kanpe Femen je w ouvri ke w
Ranpe fè yo pi byen Wa va tande koze
Se la yo jwenn plezi
Yo sanble granmoun kap fè zokiki © Osias Pierre Richard. (rest la la)
Yon bann dan rache Sa m paka wè m imajine
Ki pèdi nan bannann mi Map gade w kap pase
Ki fin pouri nan plede toufe san rete Ak yon bèl ti jip byen kout
Premye me fèt fatra Dèyè w won pase yon bika
Tout majistra kontan
Yo aplodi tèt yo Epi lap vire de bò tankou yoyo
Minis agrikilti dekore yo pou sa Vitès kè m ogmante
Wilson Jeudy pa jwenn meday
Nèg peyanm pa fin renmen lè moun twò pwòp Entansyon m ap akselere
Yon gason kap mache pye atè pou abiye fanm wap O tonné de dyab
mouri San fanm paske fanm pa renmen nèg pye atè
Nèg pwovèb la Eske jaden sa byen awoze
Eske papay li byen donnen
Eske Militon l byen fèt
Eske mango l byen dous
Nèg Pwovèb La
“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang11
RIBRIK : Sa zòt di...
Ayiti soti andedan nachon Dawomen...
Rapèl istorik: Hayti Linyon ak demagòg
Zoulou Dji Kamitbantoua
Non Ayiti an se yon non ki sòti nan lang "FON" nanchon
DAWOMEYEN yo. Ayi + ti. Linyon ak opresè
Anperè DESALIN te bay peyi an "non" sa paske TANT Linyon ak Neyokolonyalis
TÒYA te mande l sa... Ayiti pa yon mo TAYINÒS jan Non mesye Kolon...
listwa djòl bòkyè kolonyal la vle fè kwè l la, kòm kwa DRAPO N SE : nwa ak wouj, li mansyone klèman nan
kote n sòti an pa t gen listwa elatriye...Men si nou wè nan konstitisyon enperyal la. Nwa koulè po nou, wouj kou-
kèk dokiman AYITI ekri HAYTI, se "son" an Desalin te lè san nou. Nwa koulè legba ki bay pasaj, Wouj koulè
pwononse bay JUSTE CHANLATTE ki se te sekretè ogou ki bay delivrans.
ANPERÈ a nan moman li t ap mete kanpe PREMYE e
VRÈ KONSTITISYON ENPERYAL AYITI an kanpe.
Kidonk se JUSTE CHANLATTE ki te ekri l konsa, dayè Konesans Listwa w ki ka libere w, ki ka
li te fè Etid an FRANS, li te pi zele nan ekri franse, li ekri pwogrese w
tèks la an franse sou demand ANPERÈ a, jis pou lemond #TonZoulou
an patikilye franse yo te konprann klèman ke nou kaba ak #Bosou42KònNan
lesklavaj. Men kòm nou pale Ayisyen, nou se Ayisyen, #iseee
nou menm VODOUVI yo, nou ekri l nan lang nou.
VRÈ DEVIZ NOU: LIBÈTE | PUISANS | PWOS-
PERITE Aprann adore zansèt nou yo
Se deviz sila a liberatè an te bay peyi an, Youn nan asa- nan tèt ansanm
sen anperè a, an patikilye PETYON, te deside imite deviz
kolon yo ki se fanmi li bò kote papa vyolè, verite pa gen Nody Guerrier Fèy Vèt
zanmi, Petyon se fri yon vyòl, se yon kolon ki te vyole Konesans pou n konstrui peyi a, don pou n mete kon-
manman l ki te yon fanm nwa, men li te chwazi imite bò patriyòt nou yo ansanm pou rekonsilyasyon nasyonal
kan vyolè yo. Petyon pral elimine DEVIZ ANPI an, pou l la pou n aprann adore zansèt nou yo nan tèt ansanm
adopte kina Lafrans la ki se LIBÈTE EGALITE andedan nou chak.
FRATÈNITE... Pitit pitit fanm ak gason vanyan ki te sèmante libète ou
lanmò yo gen kouraj san mòde-lage pou yo aprann
konesans ak limyè ki se pitit laverite
« Granmèt Jean-Jacques Dessalines, Anperè nou, nap
Ak SIWO-LIBANÈ yo mwen egal la mande w vide enpe nan esans Bondye Lavi ki nan ou a
Yo se frè m kibò sou nou pou n ka aprann tout prensip bon sitwayen ak
bon jan fòs pou n goumen kont fòs fè nwa yo. »
Nou deside tout fè baryè mond la konn mete kanpe
Yo te nan Esklavaj ak mwen
SIWO-LIBANÈ yo se desandan asasen TRÈT ARABO- devan chimen pwogrè nou yo tounen pont pou n
MIZILMAN yo...pa mande m antann ak asa- travèse nan direksyon bon bagay yo. Nou deside
sen...eksplwatè... atansyon, m pa pale de MILAT, se pa sispann gade nan retwovizè nou pandan machin nan an
tout Milat yo ki move moun, chaje milat ki pòv ak rich pàn, nou deside sispann akize youn lòt pou jan nou
materyèlman ki vle wè peyi an mache. Genyen anpil ki te echwe kòm sosyete, epi pou n mennen aksyon serye ki
batay ak DESALIN pou libere nou, m pa vle mele tout, deja enskri nan plan Kòsmòs la. Nou deside apran kon-
menm lè Petyon, Bwaye, Rigo se te 3 selèb yo nan move nen sa Manman-Latè-Damou-Ayiti-Kiskeya-Boyo-
grenn yo...Si w ale KAZAL yon lokalite nan KABARÈ, Ispayola ap tann nou fè nan amoni ak plan Granmèt la,
w ap jwenn anpil desandan POLONÈ ki ap viv diyman Flanm Bondye Lavi limen andedan nou.
san Ekonomi peyi an pa nan men yo. Dayè gen lwa pou Granmèt Dessalines, nou deside goumen pou se vo-
yo nan konstitisyon ENPERYAL la. lonte w ki fèt sou ti bout tè Premye Repiblik Nèg mond
la
LEJANN NOU AN SE: Libète ou lanmò Tout brav ki pare pou goumen, pou mouri menm pou
Anpil moun pa konprann sans Lejann sila a
Lajann lan se nanm deviz la. yon Nouvèl Ayiti granmoun ak diyite l, moman an se
Sans Lejann nan senp n ap kontinye batay pou libète, lè n rasebleman, se youn soutni lòt li ye.
ap sispann se lè nou janbe, paske fin kaba lesklavaj, Bon jan pitit pitit Fanm ak Gason vanyan ki te sèmante
esklavajis la pral retounen sou lòt fòm fòk ou prè pou libète ou lanmò yo ! Devan !
toujou kontrekare fòm sa yo jouk souf ou bout. Pa gen Savannah Savary
revolisyon san NANM. Tradiksyon Nody Guerrier
Foto Patrice Dougé
Ak menm PETYON an li vini ak "linyon fè lafòs"
SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...
PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12
« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »
Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929
« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo
nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »
KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM