LANE V, NIMEWO 064 NOVANM 2022 CHAK MWA
KREYOLOFONI
NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID
Èske ANDEDAN
Doktè Aristide KREYOLOFONI
Solisyon Ayiti a se egregò
Petion-Dessalines, loa
Ginen yo ak Lavilokan kap
dikte l… 05
Premye minis Angletè nan
sèvis rasin li… 11
TAP TAP
MULTI-
SERVICES
TOY SHOP
PLUS
BOTANIKA
PLANET
FM
100. FM
STEREYO
gen yon anbago Pa Bliye
sou bouch li?
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa
a san otorizasyon
redaksyon an
Redaksyon an pap
publiye atik san non
san adrès
Sponsorisé par
SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2
KREYOLOFONI
Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles
Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN
PDG : Pierre Richard Osias
Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles
Administratè :
Relasyon Publik :
Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maurice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pierre
Teknisyen-Enprimè :
Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie
59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]
Telefòn : (509) 3848/5890
Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com
KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE
HAYTI (KNONH)
Parti Politique Régional & Moderne
Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84
38 48 58 90
Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...
KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3
EDITORYAL LA
Èske Doktè Aristide gen anbago sou bouch li?
Pa gen lidè politik an Ayiti ki pi popilè pase gran frè Jean Bertrand Aristide depwi anvan menm pèp souvren, pi
fò ladan l, bay l yon manda popilè 16 desanm 1990, pou l vinn prezidan Ayiti. Nou rekonèt tou, pwobite entelèktyèl ekzije
l, Jean Charles Moise, sekretè jeneral Pati Politik Pitit Dessalines, se alafwa lidè opozisyon kont pouvwa ilejitim PM
ameriken an Ariel Henry e lidè nasyonal ki pwopoze yon ajennda klè pou rekouvre souverènte nasyonal nou nan kanpe
goumen kont asanble nachon malveyant e oligak apatrid kap ede yo kraze Ayiti pou piye resous peyi Papa Dessalines nan.
Ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, lidè Fanmi lavalas la, rete bèkèkè tankou yon moun ki gen anbago sou bouch li.
Etazini, k toujou gen kontwòl peyi n depwi 1934 atravè FADH, ta tante yon koudeta pou makout Roger Lafon-
tant. Vijilans ak rezistans pèp la voye doktè Lafontant nan Penitencier National. Se te 6 janvye 1991, yon mwa anvan en-
vestiti prezidan eli a, pè Aristide.
Prezidan Etazini George W. H, Bush tante kowabite Jean Bertrand Aristide e Marc Louis Bazin, echèk an lagan.
Pè defroke Aristide prete sèman 7 fevriye 1991 e 30 septanm 1991, malfini bèk long ranvèse yon prezidan eli demokratik-
man aprè 29 lan rèy makout. M pa lavalas. M pa Janklodis. Koudeta 30 septanm sa a, m te di, se yon gwo krim kont Ayiti.
Twa zan nan kanpe lwen, ze a ta pral « tounen rantre nan dèyèl poul la ». Prezidan Etazini William J. Clinton,
yon atoufè, lènmi mòtèl Ayiti, fòse Aristide mande entèvansyon militè nan konsèy nasyon zini pou zwadizan restore demo-
krasi an 1994 (Rezolisyon 940). M wè gen malad lavalas kap mande prèv kote Aristide te siyen e M Aristide ki reponn yon
jounalis kanadyen ki akize li mande okipasyon pou peyi l, li reponn « M pa mande okipasyon », men w asepte entèvansyon
onizyèn via Etazini ki anvayi peyi a ak 23.000 solda anvan titèl ONU an.
W dakò, tèlman w malad pou pouvwa, menm malfini bèt long ki te fè koudeta a 1991 lan, se li menm ankò ki
mennen w tounen an 1994 barikade nan kaj prezidan Aristide anndan peyi w. M pa lavalas, men Aristide se yon gran frè, m
wont pou li. Tounen Ayiti nan kaj, w serye.
Pè Jean Marie Vincent te popilè ase nan sektè lavalas pou l te genyen eleksyon yo an 1995 e vinn Prezidan
Dayiti. M te prefere opsyon sa a pase entèvansyon militè a, Aristide tap tounen an triyonfatè an 1996, e l te ka kandida an
2000. Aristide prefere vann souverènte peyi a pou pouvwa. Kòman pou yon lavalas fè m kwè M Aristide pa kontribye nan
antere peyi a ?
Restore demokrasi a pote kraze FADH menm si m dakò se te yon zouti depatman deta pou dirije Ayiti atravè wo
etamajò a ki se yon bann espyon ameriken. Omològ dominiken an Joaquim Blaguer te dekonseye w prezidan Aristide, li te
di w: « Yo pa kraze lame pou rezon politik ». Patwon Clinton te vle sa pou ka vinn piye richès nan sousòl yo. Yon lòt krim.
Restore demokrasi pote tou plan neyoliberal la ki ede libèten-tafyatè René Préval detwi pi fò enstitisyon leta yo,
privatize ou fèmen tout antrepriz leta ki te rantab e ki te bay anpil moun travay. Objektif la se efase Papadòk nan imajinè
pèp ayitien. Diktatè sanginè, se vre, mons tankou yon bann lòt, èv li yo imòtèl. Hacierie d’Hayti, Ciment d’Hayti, Minote-
rie d’Hayti, Magasin de l’État, Hasco, elatriye. Sèl ayewopò entènasyonal la ki te pote non l. Malgre l mouri, nou pa ka
efase leader tiers-monde lan, Papadoc, nan listwa peyi a. Lavalas, je chèch, kreye yon mons Tèt kale an 2011, Joseph Mi-
chel Martely pou ede Clinton yo antere Ayiti.
Ariel Henry, PM depi pase yon lane. Laprès rakonte se yon tweet depatman deta ameriken ki depoze l anndan
Primati a. Nou pa pibliye odisyon ansyen anbasadè ameriken Pamela A. White (2012-2015) devan Congrès ameriken an ki
tap reponn kesyon yon depite Florid sou prezidan Jovenel Moise. Madan White te di: « E si nou ta mete (Moise) akote e
adopte opsyon PM lan ». Se te an me 2021 e Prezidan Moise, prezidan bòkyè, restavèk, diplomat bazetaj sekretè deta ame-
riken Mike Pompeo, prezidan peyi m kan menm, asasine 7 jiyè 2021 e M Ariel Henry ranplase l kòm yon « Hyper-
président ».
Nan diskou gradyasyon depwi lansman UNIFA, se lè sa-a prezidan Aristide pale. Li di an me 2022: « Mèt chat la
manje chat la. Menm moun fou sezi ». Se ireponsab pou yon prezidan mouri, yon frè w menm si l se yon Tèt kale, se salo-
priti sa a M Aristide jwenn pou l di, malgre w menm tou fwole lanmò lè prezidan ameriken George W. Bush fè kidnape w
29 fevriye 2004.
M ka twonpe m, m se moun. Men m kwè e menm konvenki, ansyen prezidan Aristide, gen yon anbago sou bouch
li, sinon li pa tap ka rete bèkèkè pandan tout mas yo ap peri nan grangou, nan maladi, nan mizè, nan tout kalite soufrans,
sof si lidè bidonvil yo, se te yon fo moun ki tap itilize vilnerabilite mas yo pou fè kapital politik li. Repons map chache.
Jodia, politik la, fèl rich, 19e politisyen sou latè politik fè rich, li bay do a mas yo. San klèje endijèn, Aristide pa
tap pè, poutan li rayi François Duvalier, li ta dwe prezidans li an. Trayi mas yo se rans, anpil lòt monte sou do mas yo tou,
fèl. Yon jou la jou pou mas yo.
Si prezidan Aristide gran frèm, malgre feblès li ak tò li fè Ayiti, pa gen mizo nan bouch enpoze pa depatman
deta ameriken, m mande l fè yon adrès a nachon an poul denonse enperyalism ameriken kote moun fou, prezidan Joe Bi-
den, ak ipokrit Justin Trudeau, PM Canada, vle ak tout fòs yo anvayi peyi Papa Dessalines ak Pétion an, pou yo vinn piye
resous nou yo. Prezidan Aristide pwouve popilasyon, w gen dwa sou bouch. Edito#64, Mwa Novann 2022
“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay
E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4
Réflexion loufoque#1115
Kriz kadyak ak arè kadyak pa menm
Annou li tisem Tina Lorquet ki se yon enfimyè Sèvis anbilans:
Èske w te konnen ARÈ KADYAK toudenkou diferan de USA: 911
yon ATAK KÈ ? Ayiti: 115/116/118/38381111
1- YON ATAK KÈ se yon pwoblèm sikilasyon ki rive lè Eske arènes kadyak la ka pwovoke?
yon atè bloke ki vin anpeche sikilasyon san nan yon pati Tina reponn: wi, pwazon, dwog, elatriye.
nan misk kè a. Si atè yo pa relouvri pou retabli siki- M ajoute chicha jodia....
lasyon san, selil kè yo apwovizyone nan atè a ap Mesi sem pou kou a. RL#1115, 15 oktòb 2022
kòmanse mouri.
Men sentòm: *********************
Reflexion loufoque#1119
Doulè nan pwatrin oswa nan vant M te kwè tout moun se moun...
Doulè nan machwè oswa nan bra
Pwoblèm pou respire Masak Lasalin, Site Solèy, Bel Air, menm chen manje
moun yo. Yo pat moun.
Sere nan pwatrin lan, swe, vètij
Malgre tout bagay sa a yo kè a ap kontinye bat, epi Moun yo te ye tankou nou tout menm si w plen lajan,
moun nan rete reveye. plen plom, w popilè.
Kidonk, si ou ta remake ou menm oswa yon moun Rapò fèt e òganizasyon dwa moun denonse e site non
kèlkonk ta gen malèz nan pwatrin oswa lòt sentòm atak asasen yo.
kè yo, KOURI RELE SÈVIS ANBILANS YO SAN Washington, Nasyon zini kondane, mande arete asasen
PÈDI TAN. yo, yo tout ap sikile lib e libè pou yo kontinye touye
ARÈ KADYAK la se yon pwoblèm kouran ki nan kè’w nou.
ki lakòz kè a sispann bat sibitman epi san atann. Ki An Ayiti, gen lè tout moun pa moun. Valè moun ki
donk, sèvo a pa jwenn ase oksijèn, toudenkou moun nan mouri, nou tout bèkèkè.
tonbe oswa endispoze epi li sispann respire sa vin lakoz Gran nèg ak gwo chabrak nan politik mouri, tout moun
li pa ka leve. regrete.
Kidonk, si w wè yon moun tonbe san li pat gen anyen, si Zòt menm di sak pou mouri pa mouri. Prèske tout moun
w poukont ou, kouri rele anbilans epi kòmanse rey- gen pouvwa sou lavi ak Lanmò an Ayiti jodia. M pa
animel (CPR) imedyatman. sezi
An gwo, ATAK KÈ a se yon kòz komen lèw gen Yon M pap janm fo konpatriyòt yo, chak moun ki travèse
ARÈ KADYAK, men pifò atak kè pa mennen nan arè nan kondisyon sa yo fèm mal, menm si se grangou kap
kadyak. touye pi fò nan nou paske leta pa ede rezoud bezwen
Lòt kòz posib pou ARÈ KADYAK LA, gen ladan ensifi- vital yo tankou Cuba.
zans kadyak, yon anboli pilmonè/ boul san nan poumon, Antouka, egregò Dessalines ak Petion, Dyabosou nan
moun nan pa gen ekilib nan kantite potasyòm, maye- Lavilokan ak Loa Ginen yo di yon mo pou nou souple.
zyòm, oswa lòt mineral nan san an, yon ovèdozaj dwòg RL#1119, 29 oktòb 2022
oswa yon pwoblèm nan pwatrin lan.
Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET
Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti
PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949
Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]
MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...
LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5
Réflexion loufoque#1117
Solisyon Ayiti an se egregò Pétion ak Dessa-
lines, loa Ginen yo e Lavilokan kap dikte l
Nan liv Vertus Saint-Louis (2015) Chire pit sa-a mennen Ayiti nan kawo l ye la jodi-a.
« L’assassinat de Dessalines et le culte de la mémoire » Nan kawo sa-a kote lènmi mòtèl la se Etazini
nou li: « Pandan prezidan Nord Alexis selebre fèt ende- ki gen yon plan dokipasyon teritwa nou pou 50 tan atra-
pandans lan Gonayv, Justin Dévot, nan Association san- vè « Global Fragility Act » ki se yon nouvèl zouti pou
tenè a, deklare pèp la gen pou devwa antoure memwa ameriken gen kontwòl e piye matyè premyè nou yo, nou
fondatè patri yo. Diskou te prononse 1e janvye sou tonb gen pou obligasyon rele zansèt yo vin pote nou sekou.
Dessalines ak Pétion ». Nou wè Boukman, Cappoix, Dessalines, Pé-
« Aprè 20 tan, anndan tion, yo pale ak nou, se pa vre.
okipasyon amerikèn, prezidan Konsa, egregò Pétion ak Dessa-
Louis Borno reyini nan yon lines, loa Ginen yo ak Lavilo-
« Mausolée » rès Dessalines ak kan ak tout lòt antite peyi dayiti
Pétion, konsolidan inyon nwa ak yo pou dikte solisyon ideyal e
milat yo, regroupe an 1802 e dirab pou manman nou Ayiti.
divize an 1806 ». Rekreyasyon an fini. Banbòch
Konsolidasyon inyon demokratik la fini.
an vle di te gen yon inyon, se pa 2022 se te yon ane pou tout
vre? Nèg save isit, gwo istoryen Ayitien anndan tankou deyò
kip a janm pibliye yon paj liv konnen Ayiti « haut lieu sa-
repete « pat gen inyon ». Serge, cré », gen mèt. Ane 2022 a
rele m « nèg sòt » paske m ekri, montre nou Etazini, Kanada ak
se inyon egregò Pétion e Dessa- Lafrans se lènmi mòtèl peyi
lines ki pou sove Ayiti. nou. Papa Dessalines te di nou:
« Papa Dessalines, nan « Tout sila yo k vle anlve libète
seyans 18 me 1802 a, pwopoze nou, se pou yo mouri »! Nou pa
rache moso blan nan drapo responsab.
franse a, kole ble ak wouj la e Ane 2022 aprann nou legliz yo
ekri « Libète ou lanmò ». Papa chaje asasen ki vle detwi bou tè
Dessalines te vle a lafwa ekate nou eritye nan men zansèt yo.
opresè blan an e senbolize inyon PM Ariel Henry, advantis, mete
san fay nwa ak milat yo ». pye sou kou mas yo pou l toufe
(Bellegarde, 1953) yo anba grangou ak lamizè. Lè l
« Bikolò ble ak wouj la wè nou reziste, li mande en-
te flote sou Akayè jou 18 me sa- tèvansyon militè pou touye nou
a e l te endike volonte enèjetik tout. Yo pat ka fè l an 1915.
endepandans lan e inyon ant nwa Legliz episkopal fè kòmand
ak milat yo ». (Bellegarde, 1953) zam fann fwa pou fasilite kid-
Istoryen Dantès Belle- napping, zak asasina, toupatou
garde fè nou sonje inyon sakre pou dekapitalize klas mwayèn,
sa-a lè l ekri nan liv li « Histoire de zèl kase, depwi koup Clinton
du peuple haytien (1492-1952) nan paj 109 nan chapit entronize René Préval (2006) Joseph Michel Martelly
9, « Gouvernement de Dessalines », « Ayitien yo pa dwe (2011) e Jovenel Moise (2017) aprè Inityativ Dotawa
janm bliye akò nwa Dessalines ak milat Pétion anndan (2003).
Okap an oktòb 1802 ki te rann posib konstitisyon 1805 Ane 2022 a, mas yo finalman idantifye tout
lan, nan mitan Lamerik, yon nachon aytièn e nachon sa- lènmi l yo, trèt anndan yo (elit ekonomik, politik, aka-
a pap rete e pap janm ka rete vivan ak lib san kowopera- demik, medyatik e eklezyastik) e ènmi extèn yo sila yo
syon ant eleman etnik yo ak klas sosyal ki konpoze l doktè Jean Fils-Aimé rele « asanble nachon malveyant
la ». Li te gen rezon, se pa vre? yo ». Lanati va ba yo sa yo merite, sa yo travay pou li a.
Diktati Papadoc la te sele inyon ant nwa ak Ann tann solisyon mèt Ayiti yo. E se pa PM
milat yo, youn te fann nan lòt. Konstitisyon 1987 la, Ariel Henry mesaj la, ap vinn jwenn nou. Se M Henry k
nouvo dirijan yo, pral kreye yon fose ant nèg anwo e nèg ap anonse non moun k ap vin ranplase l la.
anba. Slogan an se Dessalines pral vizite Pétion alamòd. RL#1117, 25 oktòb 2022
IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...
KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6
“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”
Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec
RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531
Tidiri Mede
Papa Gede : Twòp konplèks dèvègonde isiba
Mesye Lakwa yo, mwen pa mande mal pou pesonn. Si m menm Ayisyen sa yo, se tout fyète n pou n fè moun
vin devan n, se angaje m angaje an ba literati rasis. Papa konprann se Rasin nou ki kore n nan lavi. Ak respè
Gede, mwen konnen peyi a malad. Li kouche sou do. Sa pa fyète sa a, mwen toujou ekri Rasin ak R majiskil, lè
vle di pou n gen tèt nou rayisab pou sa. Rayisab pa leve sa gen rapò ak Zansèt Ginen yo. La a, ou ka wè se
lanmò. Se pa ranmase literati rasis ki leve lanmò. Pawòl yon fyète ki pase jenerasyon sou jenerasyon, remonte
ensiltan pa leve lanmò atò. An nou respekte nou youn ak jis nan Ginen. E nou pa p kache di w sa. Tankou pye
lòt. Nou mare ren nou, mare tèt nou, mare vant nou, pou palmis ki pa p tonbe nan van siklòn rasis, mwen leve
nou degaje n. ak fyète Ayisyen sa a.
Papa Gede, pou m kòmanse, m ap remèsye Ansyen yo, Si w poko sikile nan mitan nou menm Ayisyen sa yo,
depi Afrik Ginen, ki ba m Fyète Ginen kòm diyite pou m ou po ko konn fyète ki pèmèt nou frape lestomak nou
navige yon monn rasis ak tout eskanp moral mwen. Es- pou n di:
kanp ki pèmèt mwen konnen monn modèn nan se rezilta Nou soti lwen
travay bò manman m, bò papa m tou. E sa se egzanp pou Nou pa moun isit
nou bati yon pi bon Ayiti. Nou se Nèg Afrik Ginen
Regretan, men, gen Ayisyen ki soumèt tèt yo bay literati Nèg Kouloubwa mennen...
rasis ki anpeche yo apresye n kòm moun ki pase pa n, Kouloubwa mennen se pawòl Kikongo ki vle di
kwak sa nou la. Gen lòt pèp ki te peri nan kout bwa rasis mwen "se moun limyè gide ". Pawòl la di an Kikongo
la, men kanta nou, nou la. Tout tan nou la, nou ann espwa pou montre fyète Ansestral nan pwòp lang Zansèt yo.
Feraye ak diyite Ginen nou pou n kreye lavi miyò. Mezanmi, ala kontinye mwen ta kontinye ak pawòl
Se pa ni youn, ni 2 Ayisyen ki gen maladi ranmase defo la:
bouch sal kolon pou vin detenn sa sou nou kòm mwayen Nèg janbe dlo
pou yo santi valè tèt yo. Nan jan yo pale, tout otan pye yo Pa bliye lafanmi
pa sou kou yon lòt Ayisyen, yo pa santi y alawotè. Paul Nèg Rasin Gore
Jeremie deklare se twòp atò. Pou l fè sa, li ekri yon atik Nèg Rasin kore....
nan Nouvelis pou ekspoze yon literati rasis anpil nan nou Mesye dam lasosyete, si w sikile nan milye maladi
pa sispann rechofe. rasis sèten Ayisyen, enben ou poko konn rezèv fyète
Tout bon, gen yon pil Ayiysen ki genyen n rayisab, jis Ayisyen.
paske nou Ayisyen tou. Yo pale koulè fonse n mal. Yo Anmwey! Se mwen menm, Nèg Dahomen, Nèg
pale po bouch nou mal. Yo pale cheve n mal. Yo pale Nago, Nèg Kongo, Nèg Adya, Nèg Foula...
kwayans nou mal. Yo pale lang nou mal. Yo pale entè- Pwoblèm rasis nan tan modèn nan kontamine anpil
lijans nou mal. Souvan pawòl yo pa diferan ak koze ògani- Ayisyen ki pa konn mòd pawòl sa yo. Fòk se ta sa, se
zasyon rasis blan sipremasis. Lide yo se menm plim, ann Ayiti menm esklavaj modèn te premye kòmanse.
menm plimay rasis yo. Paul Jeremie deja montre esklavaj se sous pwoblèm
Men, gras bon sans, gen Ayisyen ki pa nan rans ak diyite Ayisyen k ap chèche diminye lòt Ayisyen pou santi
n. Gen nan nou ki gen yon fyète, anyen pa sa brennen. Nou valè tèt yo. Ale paj 08
Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?
...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU...7
RIBRIK : Edikasyon
Réflexion loufoque#1118
Èske Nòdwès ka wouvè lekòl pandan l fèmen
nan rès peyi a?
M resevwa yon apèl yon anseyan ki konfime m direktè toupatou pou vin lekòl e pi fò bezwen taksi. Kote pi fò
depatmantal MENFP ak direktè lekòl nan tout depatman paran kap bat dlo pou fè bè pral jwenn kòb pou peye
nodwès la te reyini e yo deside pou lekòl louvri pòt yo taksi, pou fè bwat e sitou jwenn yon gwo chòk lajan
debatan jou lendi kap 7 novanm 2022 a. Sam panse. Ba- pou premye vèsman pou peye obligatwa. Sa se yon ka
gay moun fou. Grangou fè moun derezone. nan plizyè ka e se gwo ka yo.
Lekòl te dwe louvri an septanm, ensekirite ak Gen ekolye se diaspora k peye lekòl yo. Bra-
ogmantasyon pri kabiran pa gouvènman Ariel Henry a se vo. Men mezon transfè pa ka peye e depozit sou kanè
de koz majè ki fè minis Nesmy Manigat te repouse louvri anndan bank se yon lòt kas tèt pou yo baw lajan w.
lekòl pou 3 oktòb.
Kriz likidite anndan tout
3 oktòb se direktè repiblik la.
swadizan gwo lekòl anndan
peyi a ki alète paran yo, Èske lekòl ka fèt
kenbe timoun yo lakay, kon- pou sila yo ki gen gwo
disyon yo pa reyini pou n mwayen yo sèlman? Di-
rikse lavi yo nan ensekirite, rektè, paran gwo zouzoun,
endisponiblite ak chète gaz reponn ou menm. Èske
la. direktè depatmantal la
jwenn otorizasyon minis
Soti 3 oktòb pou Manigat? Non, paske peyi
rive 7 novanm, èske a rele Ayiti, lekòl pa ka ap
pwoblèm ensekirite ap re- fonksyone nan Nòdwès
zoud, gaz ap disponib e bon pou l fèmen nan rès peyi
mache nan tout ponp e a. Evalyasyon nan fen ane
mache nwa ap disparèt? Non. a ap fèt pou ekolye Nòdwès yo sèlman?
Rekòmandasyon :
Okontrè, PM Ariel Henry pèdi kontwòl peyi a 1.- Ayiti se yon sèl peyi, e se gouvènman Ariel Henry
nèt. Administrasyon Biden e Trudeau te anvizaje an gwo an, ilejitim ou pa, konteste ou pa, ki otorize atravè mi-
ponyèt anvayi Ayiti atravè nasyon zini sou pretèks en- nis Manigat, trèt ou pa, wouvè lekòl. Annou gade
sekirite alimantè, kriz imanitè e retou an ponp kolera, Janvye, jan bagay yo ye la-a.
nepalè yo te simaye toupatou nan peyi papa Dessalines ak 2.- Pèp souvren kontinye manifeste pou Ariel Henry
Petion an. Lè foure je n gade, konstate san pati pri, lou- ak gouvènman l lan demisyone, pase 18 novanm, n ap
vèti lekòl la enposib. oblije dechouke l. Menm non ak menm tèt yo nan klas
politik tradisyonèl e transnasyonal la pap vin dirije
Nou pataje soufrans direktè ak anseyan lekòl yo ankò. Dr Tierry S. Osias di: « san nèf, men pwòp ak
ki viv de lekòl yo. Pi fò nan nou, pap viv e gen nan nou ki savwafè ».
gen tan akimile anpil dèt. Men louvèti lekòl la pa posib, 3.- Egregò Petion-Dessalines, loa Ginen yo e Lavi-
menm pou lekòl piblik yo. Lekòl se pou tout timoun pa lokan pran responsablite n bay PM Henry non prezidan
inikman pou sila paran yo gen mwayen yo. tranzisyon an pou l kominike l a peyi a osito l konnen
l.
Se ekolye ak anseyan ki nanm lekòl la. Pòdepè RL#1118, 26 oktòb 2022
pa Pòtoprens nan tout sans, men pa gen gaz nan ponp yo
e galon an vann pase 2000 goud nan kontrebann. Kous
taksi anndan vil lan plis pase 100 goud. Ekolye ap soti
Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!
Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...
“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8
RIBRIK : Sa zòt panse...
Tidiri Mede :
Papa Desalin, men bon nouvèl
Fran Save, Fran Najè
Men fout, se ann Ayiti tou sistèm esklavaj la premye kaba Ayisyen, Loni Bonnch di li pa ka neglije pèspektiv
tou paske gen Eritye ki pa janm arive asepte gen moun ki nou.
moun pase nou. Y a moun tankou n, men jamè pase nou. Pandan elèv yo ap etidye, y ap rasanble materyo ki
Nou menm Eritye sa yo, nou la. Si yo mande pou nou, w pral fè pati de yon mize mobil k ap gen pou vwayaje
a di n ap pataje bout fyète Rasin nou ak Ayisyen rasis yo, atravè lemonn. Y ap gen pou yo etidye komès moun ki
ann espwa drese eskanp figi diyite yo. te fèt sou lòt kontinan tankou Azi ak Amerik. Sa pa ret
Ankò, Ayibobo pou Atik Paul Jeremie a an kreyòl nan la, y ap kolekte istwa oral atravè kontinan sa yo pou yo
Nouvelis (Sa pou l te ye ankò) konpare sa n sonje devan sa yo jwenn an ba dlo.
Papa Desalin, men bon nouvèl Elèv yo ap pase mwa oktòb la sou zile Gore, nan peyi
Fran Save, Fran Najè Nanchon Sinika, kote y ap koule an ba dlo pou etidye
Alèkile se Eritye Ginen Loni Bonnch (Lonnie Bunch) ki youn nan pi gwo waf transpòtasyon moun kòm eklav
Chèf Mize Nasyonal Ameriken nan kapital Etazini. Misye ki te janm egziste. Apre sa, elèv sa yo pa p ka kanpe
kolabore ak 3 lòt òganizasyon entènasyonal pou l fòme devan Ayisyen pou yo pa wè gran verite nan deklara-
lòt ekspè sou tan esklavaj la. Yon pati nan fòmasyon elèv syon Sèvitè Ginen ann Ayiti ki pa sispann deklare: <<
yo, mande pou yo desann an ba dlo pou y al wè ki jan Mwen se nèg Rasin Gore >>.
batiman negriye yo te fèt, e ki chajman yo te pote. Pwojè Y ap gen pou yo chita pou ekspoze wòl Pòtigal nan
a vle fè moun konprann esklavaj se fondasyon monn mo- esklavaj. Lè sa a, Ayisyen a ka konprann orijin sèten
dèn nan. Pou yo fè sa byen, sa mande pèspektiv moun ansyen mo Pòtigè nan kreyòl. Loni Bonnch kwè se nan
diferan peyi, diferan nanchon. bon jan rechèch n a arive konprann rasin mizè nou
Loni Bonnch enterese nan pèspektiv Ayisyen ta pote sou devan richèz kolon fè nan esklavaj ki arive devlope
sijè a. Regretan manke ekspè Ayisyen ki gen konesans Ewop, kofre Afrik.
pwofon sou tan esklavaj, e ki maton nan koule an ba dlo Loni Bonnch di fòk nou konn sa grann te sibi e misye
pou egzamine restay ansyen batiman yo. Nou estime sou di l ap prepare ekspè paske konesans gen fòs amelyore
total 36 000 vwayaj ki te fèt pandan epòk esklavaj la, gen lavi.
apeprè 1000 batiman ki te koule. Kreyòl sele m pou m pale klè avè n
Kriye manke ekspè Ayisyen nan domèn nan, pa pote pès- Se yon kote m t ap pase, mwen tande ekri kreyòl di-
pèktiv Ayisyen nou bezwen an. Apwòch Direktè Loni fisil. Sa choke m, paske mwen deja konnen ekri kreyòl
Bonnch, se Eritye Ginen pou Eritye Ginen, l ap fòme se yon bagay nòmal.
ekspè Ayisyen. La a menm, ekip li a rekrite elèv Ayisyen Ekri kreyòl pa ta dwe janm difisil. Li pa ta bon kon sa
tou. Nan mwa òktòb 2022 sa a, gwoup la inogire nan peyi paske nan transmèt enfòmasyon, fasil miyò lontan pase
Nanchon Sinika, ansyen non Senegal. difisil. Se lide w ap pataje a ki ka bay traka afòs sa
Gen yon bann lòt mize k ap bay kout men nan fòmansyon konplèks. Sajès Ayisyen mete kreyòl fasil pou ba n
elèv Ayisyen yo ansanm ak nan fòmasyon tout lòt elèv tout tan nou bezwen pou n byen reflechi lide nou vle
yo. Mize Livèpoul nan Anglète sou Esklavaj Entènasyo- pataje yo.
nal, ak Mize Iziko nan Afrik Di Sid, ak Mize Bèljik ki Nòmal, gen yon Chante Lwa ki kapte sa byen. Sa pa
rele Mize Wayal Afrik Santral, tout ap patisipe. Inivèsite dwe etonan pou Chante Lwa gen repèkisyon lengwis-
Brawoun (Brown) ap patisipe tou. Nòmal, fòk Mize Li- tik paske depi nan Ginen, Ginen yo te abòde tout kalite
vèpoul ladan n. Se 2000 batiman negriye ki te konstri nan sijè. Eritye yo vin kon sa tou. Chante Lwa a di:
Lavil Livèpoul ann Angletè. E se kòb batiman sa yo fè ki << Sesilya aaaaa
devlope Angletè. Se ou menm ki voye rele m
Tout sa vin fè Loni Bonnch di se menm enstitisyon ki te Sesilya men mwen
mete n kanpe lwen pou n te manke ekspè nan domèn nan, Sesilya men mwen
se yo ankò ki sètoblije rekonèt nou te toujou gen kone- Sa w ap di m lan
sans, e nou la pou n patisipe nan tout disiplin lasyans. Prese di l vit
Mesye dam lasosyete, Loni Bonnch deklare fòk vwa de- Pou m ale >>
sandan viktim yo konte nan jan nou sonje Ansyen yo. Lè Lè w ap ekri kreyòl, pa gaspiye mo, pa ekri lèt bèbè
nou konsidere se youn sou chak 5 Afriken ki te ateri nan pou moun al mize sou yo san pwononse yo. Non, pa fè
Amerik Di Nò ki te debake Ayiti, enben pèspektiv Ayi- sa pou pa kontrarye prensip ki egzije: << sa w ap di m
syen konte. Ak yon gwo pousantaj Eritye Afriken ki vin lan, prese di l vit, pou m ale >>. Ale nan paj 11
Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...
NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9
Saint-Michel
BOTANIKA
30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles
RIBRIK : Di saw vle...
NÈG PWOVÈB LA...
PIKLIZ Poutan tou de fè menm travay
Sosyete mal palan Si kout manchèt nan dlo te kite mak
Toujou ap griyen dan Atò madanm entèl tap kouri vit pran rak
Nan listwa la Jan yon listwa kòmanse
vi Toujou tann fen l avan w danse
(C) Osias Pierre Richard, Nèg pwovèb la
Ti koze pap
jamn fini Yon kout konn lanbi
Pou leve tout ansyen mo
Chodyè dife kite konn ap lite pou peyi sa
bwa pou tout nèg konsekan
ka vinn bay nèg alèkile ti leson
Pa janm bèl
sou trotwa nèg jodi pèdi moral
Se pa tout la kochon manje l
fimen nan fatra devan palè
Ki pou fè n sa vinn fè ka lajistis tris
penpennen Pèp tounen tèt kale bobis
Zòt ap tire bouki pase devan ti malis
wòch epi lap Yon lavalas mizè ap wonje Sizèt
Pa gen inite pyès nan lakou Antwanèt
kache Anpil opozisyon San pozisyon
Se lè w gade Tout chèf nan leta marye ak koripsyon
dèyè ou wè l Malandren ak zam ap fè lwa
Tout swa di zan politisyen gen foli pouvwa
fache Lajan ap depanse San kontwole
Kalite gwo Mizè ti pèp la chak jou ap ogmante
bwa ki nan je l De pye Prezidan nan yon sèl gren soulye
Se ti pay nan Chak jou lap veye ki bo solèy la ap leve
je lòt ki danje Boujwa salop pran move kou
Ap mete ti pèp la deyo tankou chen fou
l Kontra kase kou yo ap brize
Zèfèyis toujou Pa gen ase dlo pou ti Moyiz ta sove
bliye fè alsiyis
Paske ka pal la toujou pi tris Nèg Pwovèb lan
Si piman zwèzo pat pike
Vwazinaj tap toujou pale
Dèyè do pap janm devan kay
Gwo kabann pap janm nat pay
Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...
KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10
JENERASYON NOUVEL AYITI
KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND
Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...
Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098
Réflexion loufoque#1116
Poukisa youn swete lanmò lòt?
Se Hannah Arendt ki ekri: « Mal la enskri nan ankèt pou l vin avili m. Komisè gouvènman
twou ki nan panse a ». M mande eske emosyon, rayis- ki arete m pou imilye m. Sibtiti komisè gouvènman
man, jalouzi, pa fè nou di bagay nou pa swete ta fèt vre? mete manda pou arete m paske yon jèn fi yo voye vin
M viv mal sa n ap fè chak jou a lonbray nou, men deklare li fè pitit pou mwen m pa okipe l alòske m
m rete kwè se modèl nou kopye, se pa nou vre. M ka rekonèt timoun ki pa soti nan ren m. Politisyen ki voye
twonpe m. asasinen m omwen de fwa pou pozisyon m. M pa kon-
tan, m ponkò janm mande lwa pou sanksyone pèsòn,
M li yon bann kòmantè frè ak sè m yo fè aprè m pa loa.
arè kadyak ki voye nan peyi san chapo chantè vedèt
Mikaben. M chwazi prete kòmantè yon tifrèm Jean De- Sak pi grav, m wè moun, m konnen k kre-
nis Zephirin pou m fè refleksyon loufok sa a. M swete l tyen, ap mande lanmò pou pwochen yo. Nan sosyete a,
pa fache. pi fò nan nou se yon bann asasen. Si w jwenn touye ou
w nan pozisyon pou touye, wap aji. M pa kreye moun,
Dòk Zephirin ekri anba yon post: « Wawww! m pa ka swete ni mande lanmò pèson…Epwi w pa yon
Gade yon kout pik peyi a pran. Moun pou ki mouri yo, gang…
pa mouri non ». M mande ki moun dòk la ta swete mou-
ri konsa. Se politisyen l ye siman politisyen parèy li yo Nou kraze boutik mwen, plizyè fwa, m pa
ki okipe pouvwa politik yo nan peyi a. Se grav. mande lwa sanksyone pèsòn. Nou kase boutik mwen,
m plenyen. Nou vòlè kamyon machandiz mwen om-
Ki sam ye pou m swete lanmò yon lòt moun, wen twa fwa, m di nou apovri m. Nou foure m nan dèt
sitou, yon frè ou yon sè. Nou tout se yon sèl, milat ou premye fwa depwi 22 zan m tounen lakay, nou joure
bosal. Pwovèb la di sa w pa swete pou wou, pa swete l m vòlè malgre m pwomèt pou m onore dèt yo. Si w
pou lòt. moun, se konpòtman sa a pou genyen. Pouki nou vle
moun mouri?
M se vodouyizan, se pa demagòg, vòlè,
malfektè e asasen k ap itilize vodou a pou regle zafè yo. M pa janm mande loa yo pou sanksyone
Vodou enkonpatib ak mal. Se pitit fèy, ki pa engra, ki pèsòn. Yo la, yo wè e yo temwen. Se yo k, pou aji pou
ka fè houngan/manbo, gen lajan. W chwazi, pou sèvi mwen. Sispann swete ou mande lanmò moun.
katye, lokalite kote w rete, anyen ankò.
RL#1116, 17 oktòb 2022
Moun fè manti sou mwen. Jounalis ki di m se
depòte. Zaboka ki akize m trafikan dwòg, l ap mennen
“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang11
RIBRIK : Sa zòt di...
Konpliman Pwofesè Michel Anne Frederic
DeGraff !
Eritye Ginen yo men nou !
Ki fè, kreyòl se yon zouti. Wòl zouti se ede fè travay ou ni pou m pa di sou Latè. Ki fè, pwogram MIT- Ayiti a
fasil. Kreyòl anbrase misyon l pou l layite kò l an ba lang k ap chèche devlope literati an kreyòl nan tout domèn,
mwen pou l al kouche fasil, nòmal sou papye m. tout nivo konesans lasyans, pwogram sa a byen chita
Lè w wè m ap ekri kreyòl kon sa a, mwen nan nòmal pou l ede regle koze a pandan li lonje men bay inivè-
mwen ak tout tan mwen bezwen pou se lide m ap dechifre site Ayiti yo tou.
Se tout aktivite sa yo Pwofesè
Michèl Degraf ap mennen ki fè
Chèf Depatman Lenguistik MIT
la byen fèt di:
<< Sa bon pou sosyete pwofe-
syonèl tankou Sosyete Lenguis-
tik Amerik La fè pwomosyon
save lasyans, non sèlman pou
kalite rechèch yo fè, men pou
militans ki mache kòt a kòt ak
done yo: milite kont yon bann fo
konsepsyon sou mond reyèl la,
pou l idantifye konsekans ma-
louk fo konsepsyon sa yo, pan-
dan l ap lite pou l chanje sa. >>
(Pawòl Dani Fòks, Danny Fox,
Chèf Depatman Lenguistik nan
MIT).
pou m transmèt yo byen. Premye Minis Angletè a nan Sèvis Rasin li.
Lè m reyisi fè sa, mwen santi m fidèl a Eritaj Ginen m (Tidiri Mede)
pou lang mwen klè kou dlo kòk. Ewopeyen sèvi jan yo sèvi, se byen. Men jodi a Angle-
tè gen yon premye minis ki soti nan yon lòt tradisyon.
Konpliman Pwofesè Michel Anne Frederic DeGraff ! Misye gen siksè ase. Dayè se li ki te devlope plan ki
Eritye Ginen yo men nou ! sove ekonomi Angletè a pandan sekous enfeksyon
Kòm Eritye Ginen, bon plas nou tout nan kominote Ayi- kowona a. Se siksè plan sa a ki voye l monte pou l vin
syen an se devan bann nan. Se pou sa mwen kontan So- ateri kòm Premye Minis.
syete Lenguistik Amerik La fenk chwazi Pwofesè Michèl La a menm, misye gason ase, pou l konprann divèsite
Degraf kòm manm selèk. relijyon sou latè se bagay nòmal ki pa mete okenn
Pwofesè Michèl Degraf se yon Ayisyen ki aplike prensip kwayans relijye valab pase yon lòt. Avrèdi, tout
lasyans lenguistik nan rechèch li ak nan konpreyansyon l kwayans se espresyon yon koutim. Twouve misye alèz
sou lang kreyòl nou an. nan po l, alèz nan Koutim Rasin ni. Se pou sa an 2020,
Non sèlman Michèl Degraf aplike lasyans, men rechèch li nan preparasyon pou yon Fèt Tradisyonèl Kwayans
pouse konesans lasyans pi lwen toujou e sa benefisye tout Endou, misye liminen devan pòt lakay li.
limanite. Se pou kontribisyon li yo ki fè sosyete lenguis- Ayisyen, gade tande, nou gen yon koutim nòmal, yon
tik la chwazi l kòm gran konèsè pami konesè nan domèn koutim mondyal. Ou pa bezwen nan gwo pozisyon pou
nan. Distenksyon kòm manm selèk Sosyete Lenguistik pa kite pesonn pyafe sou Eritaj Ginen w.
Amerik La se pi gran onè akademik yon save lenguistik Chapo ba pou Premye Minis Angletè a, Richi Sounak
ka resevwa. (Rishi Sunak) ki pa janm sispann montre moun li soti
Sa vin fè Chèf Depatman Lenguistik nan Enstiti Teknolo- nan yon lòt tradisyon e tradisyon l nòmal lakay li.
ji Masatyousèt (MIT) kanpe pou l onore akonplisman Kanta pou mwen, tradisyon pa m egzije mwen jete dlo
Pwofesè Michèl Degraf. Enstiti Teknoloji Masatyousèt nan semèn nan pou m onore Ansyen yo. Se yo, se
(MIT) se sant kote rezo pwogram MIT-Ayiti a chita nan mwen.
Etazini. MIT se youn nan pi gran sant teknoloji nan Etazi-
SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...
PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12
« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »
Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929
« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo
nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »
KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM