Francisque Jean-Charles: yon non, yon veritab istwa Sponsorisé par KREYOLOFONI LANE VI, NIMEWO 080 MAS 2024 CHAK MWA ANDEDAN KREYOLOFONI 1.- Gran Satan, Etazini e Ayitien k lènmi Ayiti yo anndan tankou deyò, nou pap ka bare konstriksyon lòt Ayti a p. 3 2.– Asepte dominasyon kolon an nan ak lang li yo, fransse, anglè p. 8 Pa Bliye Pèsonn pa ka repwodwi atik jounal sa a san otorizasyon redaksyon an Redaksyon an pap publiye atik san non san adrès NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID TAP TAP MULTISERVICES TOY SHOP PLUS BOTANIKA PLANET FM 100. FM STEREYO
2 Edite ak Enprime pa KREYOLOFONI 38 48 58 90 KREYOLOFONI Fonde 12 avril 2017 par Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles Propriyetè : KREYOLOFONI Depo Legal : ISBN PDG : Pierre Richard Osias Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles Administratè : Relasyon Publik : Trezorye : Redaksion : Publisite : Rubrik Spò : Rubrik Kultu : Dieunou Maurice Fotografi : Wilgens Devilas Grafis : Ebens Pierre Teknisyen-Enprimè : Mesaje : Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie 59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti E-mail : [email protected] Telefòn : (509) 3848/5890 Email :[email protected] Website : www.lenovateur.webnode.com KONBIT NORD-OUEST POUR UNE NOUVELLE HAYTI (KNONH) Parti Politique Régional & Moderne Faites-vous membre pour le désenclavement et le dévéloppement du Nord-Ouest. Appelez aux # 36 53 65 84 38 48 58 90 Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo... SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN
3 Gran Satan, Etazini e Ayitien k lènmi Ayiti yo anndan tankou deyò, nou pap ka bare konstriksyon lòt Ayti a Menm dirijan peyi m ki piye trezò piblik la, touye frèm ak sèm e trayi zansèt yo pou ede Etazini, Gran Satan detwi Ayiti, pa lènmi Francisque. Anaïs Nin ekri e l gen rezon: « Nous ne ne voyons pas les choses telles qu’elles sont, nous les voyons telles que nous sommes ». Jan nou ye se konsa nou wè tout bagay e konsa nou kondisyone pou n toujou nan goumen youn ak lòt pou n toujou gen rezon. Si opinyon Francisque diferan de pa w sou yon sijè, m gen tan anfas li menm si nou gen de bòn relasyon. Nou tèm ? M se youn nan premye moun nan peyi a kòm « libre penseur » ki deklare moralman e etikman en septanm 2021, chirijen-newològ Ariel Henry pa t dwe pran pòs Premye minis lan paske non l site nan rapò DCCPJ a kòm youn nan prezime-asasen prezidan peyi a Jovenel Moise. M se youn nan premye moun tou ki gade tandans pèp la aprè komisè lapolis Guy Philippe deklare l ap akonpaye popilasyon an nan yon revolisyon pasifik pou chavire sistèm plantasyonè a ki bay leta a ak milat yo dwa sou tout richès peyi a pandan mas yo ap vejete nan malsite. Peyi a, toupatou, reponn a revolisyonè Guy Philippe ki di: « Pa gen zam ki pi fò pase volonte yon pèp. Pèp mwen avèm, si pèp la vle chanjman, l ap jwenn chanjman ». Yon ti ponyen ipokrit, blofè, k te pran pòz yo anti-Ariel Henry e pou chavire sistèm nan atake Guy Philippe kote yo fè peyi a sonje l se trafikan dwòg, asasen, kriminèl e yo pa bezwen èd li pou retire Ayiti, manman nou tout, anndan twou san fon an. N ap mande si Ayiti a se pou ti ponyen moun sa yo sèlman, chita joure, atake moun ki bezwen Ayiti retwouve wout otodetèminasyon ak souverènte l. Pèp souverenis lan toupatou ap mache kòtakòt ak Guy. Guy, yon tifrè, ki ofri tèt li pou libere Ayiti, rankontre rezistans nan men menm moun ki di yo vle chanjman an. Thomas Sankara reponn yo: « Si nous ne battons pas pour nous libérer, ils se battront pour nous garder esclaves à vie ». Yo akize Guy Philippe de gwo paladò k ap gaspiye tan moun, revolisyon pa fèt nan dilatwa alòske Kapitèn-Prezidan Burkina Faso a Ibahim Tradore reponn: « Nous ne pouvons pas faire une révolution sans communiquer…Quand on ne parle pas c’est la manipulation qui prend le terrain ». Yo p ap li pou yo aprann. Yo expè nan tout domèn. Se pil fo Ayitien sa yo k ap pran pòz yo renmen Ayiti, pi fò se pyon Gran Satan an. Òdonans definitif jij Walter W. Voltaire soti e l enkilpe Martine Joseph Moise nan asasina prezidan Moise, mari l, e ki voye l al jije devan tribinal kriminèl montre aklè pwofondè èn pou sila yo yo chwazi fè ènmi yo e yo rayi w pou w ta mouri. M jis fè Réflexion loufoque 1251 kote m ekri: « Solidarite ak tisèm Martine Moise, M kanpe avè w » malgre deklarasyon kontradiktwa yo simen dout. M panse se ta dwa m pou m gen pozisyon m, men pwiske yo rayi Martine Moise, m dwe gen menm pozisyon avè yo. Shervens Joseph, 11 jiyè 2019, te wè lwen lè l ekri yon ti bout tan anvan l mouri: « Nou vle kite egoyis ak ipokrizi kòm eritaj pou jenerasyon k ap vini yo. M espere m mouri bonè pou m pa gentan wè lè youn ap foure kouto nan do lòt ». Y ap griyen dan avè w, manje nan men m asyèt avè w, pwazon an anba zong yo pou yo koupe lavi w e pou rans, bagay ensiyifyan. Sa k ankò pi grav la, atak menm sou diri anpwazone Etazini ap expòte Ayiti a. Yon etid ki soti anndan Inivèsite Michigan (USA) montre diri-a anpwazone ak asenik e kadmyòm ki bay Ale nan paj “Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay EDITORYAL LA KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU
4 Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti PDG Ralph Moreau Tel : 3154-0909/4250-4949 Captez la radio en ligne : www. [email protected] Lèw te jèn mwen te pito konn ret grangou pouw ka manje e pouw ka satisfè, mwen te toujou gen yon sèl rad poum ka fèw gen anpil rad ou menm, mwen pansew tap pran Swenm lèm tap vin granmoun. Ou fin fè kay kotem te rete a ou pentirel ou netwayel nan sèlman yon semèn sèlman pouw ka resevwa moun ki al nan antèmanm pandanm te fè tout tanm ladanl tou sal epi anpay Kounya ou ekri yon bèl omaj pou mwen kote wap di "Manman, mwen tèlman renmenw ouf al repozew anpè". Pandanm mouri ak yon kè ki brize Anfen pitit mwen, mwen ekriw lèt sa poum raplew pa gen okenn lòt moun ki renmen yon moun menm jan manmanl renmenl lan. Ke Bondye beniw Svp pataje piblikasyon pou tout moun ka lil jis nou rive pran konsyans e sispann panse fè bèl antèman men pou nou ankouraje e bay egzistans manmaw valè Kontinye pran swen paranw toutan yap viv. Mwen ta renmen konnen poukisa mwen mouri pòv pandan ke mgen yon pitit rich tankouw. Pitit mwen, mwen te vle beniw anvanm mouri men kounya male ak tout benediksyonm yo. Manje matenm manje midim ak aswèm se te youn nan pi gro defin pandanm pot ko mouri men ou menm ou depanse tout lajanw pou fè tout kalite manje, tout kalite vyann epi achte tout kalite bagay bwè nan jou antèmanm Pitit mwen, ou chwazi pran kadav mwen met pafen byen chè sou Li pandanm te konn itilize lwil kokoye poum pase sou kòm nan plas krèm Ou abiye kadav mwen ak yon wòb ki koute anpil lajan pandanl te difisil pou achte yon vye kòsaj pou mwen lèm te vivan. Lè kadav mwen te nan mòg la ou vin siveyem detanzantan ou plis bay kadav mwen valè ke lèm te gen lavi poukisa? Sak pi di an se kalite sèkèy chè sa ou achte pou yo met kadav mwen pandanm te vivan mtap viv nan yon kay pay kote lè lapli tonbe moblije fè nwit lan kanpe. MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab... E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO Yon Lèt yon manman ekri pou pitit Li Pitit mwen
5 Pierre Richard Osias ou NÈG PWOVÈB la pibliye sou paj li : « Pi gwo lènmi w ka genyen se yon zanmi w ki jalou de sa w akonpli ». Francisque reponn : « M pa akonpli anyen, pèsonn pa ka rayi m ». Gen yon nèg ki te dim, nèg jenerasyon m, nou grandi ansanm : Li rayi m paske ou se pitit Man Francisque. Lèm mande l poukisa, li reponn : Ou pa vle jwi byen yo. M di men map jwi yo. Li di ou rele sa jwi e pi w pa gen bèl machin, ou pa konstwi bèl kay, plen fanm e kale gwòg ou toupatou... M konfie pou li : M te gen machin mezon depwi m te gen 20 tan, m te gen kay depwi m te gen 23 zan Ozetazini, men se Toy ki te achte yo e m pa sèl pitit. E se Kay Toy, m loje depwi m tounen Ayiti sa gen pase 24 tran. M jwi yo anpil. Li reponn : Ou wè sa map di l la, ou sèl ki Ayiti, disparèt frè ak sè pou pran tout. M di l : Frèm, manman m te di m, pa atache ak byen latè, yo pa rantre nan simetyè. M ajoute pou l ka fè wout baryè a, m pral fè yon liminasyon ak tout yon envokasyon, li midi. Na wè yon lòt fwa. Li te konprann mesaj la, li pa retounen. M aprann li ta pati nan pwogram Biden nan. Pierre Richard Osias : Francisque JeanCharles, ou paka di w pa akonpli anyen non gran frè. Ann fini ak modesti a. Ou se pwofesè inivèsite, sa vle di wap fòme fiti peyi a. Ou se editè e fondatè de de gwo journal nan Nodwès la. Ou gen emisyon w ap ouvri je pèp la sou sa k ap pase nan peyi a. Di ou pa akonpli anyen se fè modesti. Francisque Jean-Charles : Nèg Pwovèb La, m prefere tit gid anseyan an, pwofesè se nèg ki gen doktora. M pase 27 kou yo nan Institut des Sciences, des Technologies et des Etudes Avancées d’Hayti (ISTEAH), men m pa janm redije e soutni tèz la. Jounal yo se vre, ou pran m tifrè. Sou emisyon yo ankò, ou pran m tou. Men twa ekzanp ou pran la se benevola, yo pa chanje lavim ekomomikman tifrè pou m posede richès materyèl e sa ki reyisit nan sosyete nou an. Pou pi fò moun, Francisque, se yon loser. Mèsi ou apresye jefò yo PRO. Men pwovèb la di : si w pa devanse paran yo, ou se yon gwo nanm. Pierre Richard Osias ou Nèg Pwovèb La : Francisque JeanCharles, gran frè, ou te ka gen milyon pou anpil moun ou pa reyisi. Gen moun mwen konnen ki gen bilyon, yo tap rele yo loser. Pou mwen, reyisi se rete moun ou ye a. Yon moun ki gen konviksyon. Yon moun ki toujou la, disponib e dispoze pou l bay konsèy a tout moun ki mande l. Yon moun ki kwè nan richès pou tout moun avan richès pa l. Si w te wè richès pa w jan w di a ou tap rete Etazini. Dayè, ou gen ase edikasyon pou te gen yon la vi desant nan State la. Pou bagay doktora a, mwen ki se yon etidyan Doktora, mwen panse diplòm nan pa tap fè w moun ou ye a. Li sèlman yon akonplisman men Li pa tap fè w yon bon anseyan. Paske gen moun ki gen doktora kap pase etidyan pa menm wè yo tandiske lè w pase yon kote anpil elèv kanpe pou salye Gidanseyan Jean-Charles. Se pa diplòm ki fè moun, se moun ki fè diplòm nan gen valè. Francisque Jean-Charles : Nèg Pwovèb La, mèsi anpil frè an m. Ou banm yon sewòm. Francisque Jean-Charles : Nèg Pwovèb La, deba sa ka fè yon atik pou Kreyolofoni. Kòmanse jwenn tit atik la, ma fè rès la tifrè. Ou ede m wè tèt mwen nan yon lòt dimansyon, yon lòt nivo. Nèg Pwovèb La : Francisque Jean-Charles, tit la gentan vinn nan tèt mwen gran frè. Francisque Jean Charles : Yon Non, Yon Veritab Istwa. Ale nan paj 11 . IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI... LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... Francisque Jean-Charles : Yon Non, Yon Veritab Istwa
6 Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec “LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI” Ou Fè m Anvi Gade w Bote w vire lòlòj mwen Pimal pase baton jon Nan men mèt rara Leyogann Souri w fonn kè m Pivit ke glas Anba solèy midi Lè w pase kote m Aromat kò w Fè m tonbe reve Kè m nan yon jaden Plen ak flè jasmen Fò m kò w Fè m de double Fè m kouri pivit Pase yon leyopa Grangou ki we yon lamanjay Chak swa m Peche nan dòmi Kò m pèdi kontwòl Menm lè m pa wè w Je kè m toujou fikse sou ou Jan w ye Fè m toujou anvi... Anvi gade w Nèg Pwovèb La Nou Gen Kouraj Vre.. Pou nou pa wont ale danse Pandan nan peyi anyen pap mache Politisyen pap janm respekte nou Paske nou kite gouyad pran devan nou Peyi bloke pasi pala Chef gang se sèl kok chante Tout administrasyon delala Tout avni Jenès la fin gaspiye Komsi nou Gen Kouraj Vre… Pou jan Mizè peyi a tou nwa Pou n pa pè ap kouri madigra Pandan nan boul figi n la Andre Michel kontinye gra Aryel di l chef Gouvèlman Anverite ou wè l finn entatad Bagay sa yo fè n sonje pentad O mwen nou te konnen sak te soukouyan Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ? KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531 NÈG PWOVÈB La Pierre Richard Osias
7 ...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... RIBRIK : Réflexion Loufoque Réfleksyon loufoque#1253 Èske Ayiti ka site Clinton ak konpayi diri a nan tribinal? Premye kriminèl asasen an se William Jefferson Clinton ki pandan l te prezidan te detwi kilti rizikòl peyi dayti pou l fòse antre diri ameriken sou mache a. Li tal di devan komisyon zafè etranjè nan Kongrè peyi l, dezisyon sa a pat bon e l regrete l men li pat deside repare Ayti pou krim nan. Sa gen de lane konsa, yon fanm chèchè nan peyi Kanada mande Ayiti pou ta trennen devan tribinal enstitisyon Breton Woods yo paske yo kontribye nan kraze pwodiksyon lokal la. E 16 fevriye 2024, chèchè nan Inivèsite Michigan fè nou konnen diri Etazini enpòte an Ayiti a kontamine ak asenik e kadmyòm ki bay pwoblèm sante tankou kansè, maladi kè, elatriye. Èske pa gen kabinè avoka Etazini tankou an Ayiti ki te ka site konpayi diri a, Clinton e enstitisyon Breton Woods yo nan tribinal? Diri ameriken an sou mache lokal depwi an 1994, sa fè 20 lane l ap bay maladi ak touye Aytien. Jistis e reparasyon pou viktim yo ak Ayiti. RL#1253, 23 fevriye 2024 Réflexion loufoque#1252 Solidarite ak tisèm Martine Moise, m kanpe avè w Jovenel Moise se te frèm anvan l vin prezidan. M te kanpe lwen pouvwa l men lanmò l fè m mal. Martine Joseph, pitit Ermantide, manman m, se tisè m, deklarasyon l yo kontradiktwa ki simen dout sou li ki ka fèl parèt konplis. Men m vle jistis pou frèm e m swete tisè soti pwòp nan dosye kriminèl sa a. M kanpe bò kote w nan moman difisi sa a. M aprann jij Walter w. Voltaire te jij nan Palais de Justice PDP a e l te loje nan Hôtel Breeze Marina. Sa vle di anpil bagay, sa ki vle konprann na konprann. RL#1252, 22 fevriye 2024 Réflexion loufoque#1251 M se nèg arab la M pa ni Jovenelis ni Tèt Kale, frè ak sè ki nan sèk sa yo kraze Ayiti. Te toujou gen move dirijan men Aristide ak Duvalier, malgre tò yo fè Ayiti, fyète aytyèn nan te toujou la. Nou, elit peyi a, te asepte chawonj Michel J. Martelly depatman deta ameriken Madan Clinton enpoze Ayiti an 2011. Peyi a envivab e nou jwenn yon frè Marcelin Myrtil ou Nèg arab la k riske lavi l ap denonse AHenry Washington enpoze nou pou ede yo antere Ayti. Gouvènman an arete nèg arab la Okay, transfere l Tigwav e anbake l nan yon kannòt pou mennen l Penitansye. Se yon enjistis. Pèsekisyon politik. Nèg arab la nan reponn kesyon DCPJ deklare an ewo: “M pap retrakte sou deklarasyon m te fè yo". "M pa regrèt m te di popilasyon an pwoteje tèt li". "M prefere pran prizon avi olye m trayi moun ki te ede m nan batay la". M fout renmen w frèm. M mande egregò zansèt yo, 21 nachon ginen yo pou pwoteje w pandan w nan prizon an. Veye anwo, veye anba pou pa manje ak bwè bwazon. Nan yon titan tou kout w ap tounen sou beton an vin kontribye nan chavire sistèm nan. Frèm ou se ewo pou yon pakèt nan nou, vyolans gouvènman ap fè sou wou a se pou nou wap sibi l. RL#1251, 17 fevriye 2024 Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond... Bayyinah Bello Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF) FONDASYON FELICITEE (509) 22 48 22 38; 29 40 08 69 sitweb: fondasyonfelicitee.com Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou. Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!
8 Men pou ki rezon nou menm Kamewounè (afriken an jeneral) se peze n ap peze tèt nou rantre nan twou lè nou itilize lang kolon yo tankou angle ak franse. Anfèt lè n fè sa a se fòse nou ap fòse pwòp tèt nou asepte dominasyon ewopeyèn la pou mil an ankò. Katòz Oktòb 1806 nan Vil Lena (kounye la nan peyi Lalmay), Lame Fransèz la ki te gen 180 mil sòlda ladan l, yon lamè anperè Napoleyon t ap kòmande , t ap fè fas kare ak sòlda pris yo ( alman ) ki yo menm te gen alatèt yo jwal Hohenlohe. Avan solèy kouche, Lafrans te genyen batay la. Pris yo te pèdi 40 mil sòlda pandan franse yo yo menm yo te pèdi sèlman 7 mil. Se defèt sa ki te vin depatcha Lapris. Batay sa a t ap vin pote non “ Batay Lena a “. Napoleyon prè kounye la pou l kòmanse okipe Lalmay. Gen yon sòlda volontye ki te patisipe nan batay sa a men ki te sòti sennesof. L ap anseye Filozofi depi 1793 nan inivèsite Lena. Li rele Johann Gottlieb Fichte (li fèt 19 Me 1762, li mouri 27 Janvye 1814). Yon lane apre peyi l te fin pèdi gè a, nan dat 13 Desanm 1807 nan Vil Bèlen, pandan Lalmay te deja sou lokipasyon, Johann Gottlieb Fichte pran tèt mouvman k ap fè rezistans kont okipasyon fransèz la. Menm jou a, li te kòmanse batay la avèk yon seri konferans sou tit “ Reden an die deutsche nation “ (Ti chita pale ak pèp alaman an). Nan youn nan diskou sa yo, ki te fèt an 1808, Johann Gottlieb Fichte deklare : « lang gen plis pouvwa toujou pou fòme moun pase moun ta gen pouvwa pou fòme lang » Baze sou eksperyans women yo, pou fè alman yo pran men yo, Fichte raple yo sila : yon okipasyon san lang pa ka dire. Daprè li menm si alman yo refize pale franse men pito rete ak lang yo, lang alman an, okipasyon fransèz la ap rete yon parantèz k ap fèmen avan w bat je w. Men si yo fè lekontrè kidonk si alman yo adopte lang kolon an, pèp alman ap tou fini kote nan de twa syèk l ap tounen restavèk franse yo. Ewopeyen te kolonize prèske tout peyi nan mond lan. Men dezyèm gè mondyal la te vin pèmèt yon pakèt peyi pran endepandans yo. Men poutan kote nan lòt peyi tankou ann Azi kou ann Afrik Dinò yo abandone lang kolon yo pou retounen nan lang lokal yo (zòn Magrèb yo tounen nan lang arab yo), peyi Afrik nwa yo menm rete ak lang kolon yo. Ka pi dwòl la se ka peyi Nijerya, yon peyi ki gen 200 milyon moun ki kontinye ap itilize lang kolon an pou l kominike. Poutan ann Azi, oswa ann Ewop, menm peyi ki gen 5 milyon moun ladan yo tankou Dànmak gen pwòp lang nasyonal yo. Nan adopte lang ewopeyen yo vaykevay ki se lang yo te enpoze sou yo nan yon kolonizasyon fewòs, afriken yo fè erè lè yo kwè lang ta yon senp zouti san pati pri moun itilize pou yo kominike ak anseye. Yo pa ko prèt pou yo imajine depi sou tan lantikite, aprè konkèt la, lang se pi gwo zam moun itilize pou domine lòt, pou rann yo restavèk pou bon. . . Asuiv Remak : si w pral li tèks sa a an kreyòl, remèsye Marc-arthur Thys paske se li ki te ban m fòs pou l fè l apre l te fin rele l epav apre mwen te jis anvizajè fè l. Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa... “PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA Otè (nan lang franse ) : Jean-Paul Pougala Tradiktè san pèmisyon nan lang kreyòl : Marc-kensen Curvinglines RIBRIK : Sa zòt panse...
9 Saint-Michel BOTANIKA 30, Ru Defile, PòdePè, Ayiti Telefòn: 3848 5890 Francisque Jean-Charles Réflexion loufoque#1255 Jeir Pierre, tifrèm, fè sa lalwa di... M rele w de fwa nan telefòn samdi e lendi nan non gran frè nou Pierre Robert Auguste (PRA) pou m di w rantre manda san motif ou voye ba w de sitwayen Paul Elie Faustin e Mckenley Lepetit Joseph, de jenn gason, k ap batay pou peyi yo. Tifrèm, m pa bezwen konn kilès ki pote plent pou yo devan w. Jistis dwe pou tout moun paske m tande yo di "la loi est une pour tous" men moun sa ou moun sa yo endwi w an erè. De manda sa yo, ou voye yo, tifrèm, bay tout moun k ap viv nan komin Pòdepè a e m swete demen 28 fevriye tout moun sa yo pa monte al jwenn ou nan Pakè. Li pa twò ta, tifrèm, pou ta rantre manda yo. Se ap bon desizyon an pou wou e pou komin nan. Lanmò avèti pa touye kokobe. Yon nonm ki gen fanmi pran desizyon pou fanmi an. Antouka, ou granmoun e ou gen pouvwa pou fè e defè. Fè sa lalwa di tifrèm. RL#1255, 27 fevriye 2024 Réflexion loufoque#1254 Mèsi PM Ariel Henry pou dèt Ayiti ou onore anvè Venezwela a. Mèsi prezidan Maduro pou efasman dèt la M pa janm Ariel Henry e vivan ou mouri, m vle l kite pouvwa gangsterize l ap dirije a. Men m pa rayi konze ameriken an. Ayti te dwe vèse 500 milyon dola sou 2.3 milya li dwe Venezwela sou lajan Petro Caribe a PM Pierrelouis rive sou PM Jean-Charles yo gagote. 23 fevriye pase a, gouvènman Ariel Henry a Ayiti pa rekonèt la onore dèt la. M di mèsi PM Henry. Mèsi prezidan Nicolas Maduro pou kado $1.8 milya dola a. Prezidan Hugo Chavez te efase tou yon dèt 1 milyon deja. Li te di se Venezwela ki dwe Ayiti pou sa Prezidan ASPétion te fè pou grann Kolonbi nan liberasyon 5 peyi e Venezewla se youn nan yo. Biw, atak nan bouda Francisque paske m remèsye PM Henry. Ariel Henry ak Francisque Jean-Charles se de aytien. Li se chèf Ayti tout tan nou pa dechouke l e l reprezante Ayti toupatou, menm si w pa vle sa. M rezonab e m ponkò pase maladi rayi pèsonn sou latè, menm si yo dirijan. M te anti JCDuvalier, JBAristide, René Préval, JMMartely, JMoise e jodia AHenry, m pa rayi youn. M joure yo, m denonse yo e m rayi sa yo fè Ayiti pou lènmi mòtèl la. Men tout se frèm. Granfrè a AHenry onore dèt Ayti m di l mèsi. Ou pa dakò ou byen ou fache, nan kanson w. Nan dènye editoryal jounal Le Novateur, m mande AHenry pou l konplote ak Guy Philippe, JCMoise e Marcelin Myrtil (Nèg Arab) la pou chavire sistem nan. M oze reve menm enposib paske yo di « l'impossible n'est pas français. RL#1254, 23 fevriye 2024 Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou... NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON RIBRIK : Di saw vle...
10 JENERASYON NOUVEL AYITI “POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE KLINIK Dr. Jean Robert LALLEMAND Klinik Sa-a Pran Swen Tout moun nèt... Ri Kotplaj # 1 Nan Grigri... Tel : 3394-2098 Soti nan paj 3 : Edito#80 kansè, maladi kè, elatriye. Pou kèk Ayitien, se moun k ap konsome diri a k kriminèl. M panse se te responsablite leta pou garanti pwoteksyon popilasyon an kont tout nwisans. E Réflexion Loufoque #1253 ki mande trennen WJClinton ak konpayi diri yo devan lajistis, menm fo aytien sa yo trete m « fo nasyonalis ». Men kòman gen swadizan Ayitien kap niche bouda blan mannan kap detwi Ayti. M sonje yon atik Jean Claude Lazarre te pibliye nan jounal Le Novateur nan ane 2000 yo li te titre l: « Les colons nègres ». Ta sanble kolon nèg yo depase nasyonalis yo. Menm dèt gouvènman Ariel Henry onore a kote l peye $500 milyon dola pou elimine dèt Petro Caribe a ki te evalye a $2.3 milyon, Aytien joure m paske m di « Mèsi Ariel Henry ». Sa k tap pi bon an, se pa ta peye l pou yo. Kisa Ayitien ki ta dwe byen avize yo vle menm pou Ayti. M pèdi men m pwofite remèsye prezidan Nicolas Maduro pou efasaj dèt sa a. Gran Satan an nan: « Leur devise c’est de diviser pour mieux régner », genyen Ayiti nan tout sans. Divizyon an nan tout grenn je n, anvayi tout sèvo n. E « La solution, c’est s’unir pour mieux les renverser ». Solisyon an pou n konstwi Ayiti ki chita nan « L’union fait la force » pou n rekouvre souverènte n e otodetèminasyon an, lwen nou anpil. M ap espere paske menm yon « petite frange » nan sektè prive a ki pote non « Membres du secteur privé des affaires révoltés (MESPHAR) denonse zaferis malveyan transnasyonal yo k konplote ak Gran Satan, Etazini, e klas politik tradisyonèl retwograd la pou kraze Ayiti. Gade jan Guy Philippe, Jean Charles Moise e Marcelin Myrtil sakrifye tèt yo pou chavire sistèm nan. Viktwa pou konstwi lòt Ayti ap rive sou nou nan yon ti bout tan. Editorial Mwa Mas 2024
11 Nèg Pwovèb La : « Lè moun pa konprann ou malgré sa w fe yo ba w pote tout kalte non ». Francisque Jean-Charles : Nèg Pwovèb La, powèt mwen sa a twòp pou latè. Nèg Pwovèb La : Francisque Jean-Charles, m te bliye ajoute, ou kite peyi tout ayisyen ap chache pou vinn viv lakay ou e patisipe nan bay ide pou nouvel Ayiti a. Francisque Jean-Charles : Nèg Pwovèb La, m pa regrèt m te kite Etazini frè an m m patap janm konprann nan ki nivo Gran satan an, Etazini rayi Ayitien. Mesi PRO, si te gen plis moun ki fè lekti sa a de mwen, ou kwè neg ta rele m apatrid, apatrid m diw, piwomàn, vòlè. M te anseyan pandan pase 10 zan Ozetazini…. Nèg Pwovèb La : Francisque Jean-Charles, mwen m pa kwè maman w ap padone w non pou Toy Shop paske sete yon patrimwàn. Shop sa te dwe toujou la. M swete yon jou ou rebalanse l pou memwa maman w. Francisque Jean-Charles : Nèg Pwovèb La, n ap batay, lespri manman m wè tout bagay li wè se pa fòt mwen. Tan an chanje, maji anvayi komès la nan Pòdepè, djab melanje ak bonmas, dwòg ap taye banda sou komès zam ak minisyon. E sitou, mache nwa a vin yon bagay nòmal. Pierre Richard Osias alias Nèg Pwovèb La : Francisque Jean-Charles, nan Vil Podpè, gen yon non depi w di l tout pitit vil la natif natal, ap gentan konnen ki kote pou yo fè pou yo ale ladan l. Kay man Francisque, se non tout pitit vil Podpè te konn ap di ak yon afeksyon san parèy. Poutan Toy Shop se te non Boutik otantik sa kote nou menm nan vil la te konn jwen tout bagay ou te ka bezwen. Francisque Jean Charles se pitit gason gran Nègès sa ki te mèt Boutik sa-a. E se li menm tou ki Eritye Boutik sa-a èe manman l ale jwen lòt zanj parèy li yo. Elas akoz sityasyon peyi a Boutik sa-a fèmen pòt li apre pase 52 lane ap bay Depatman Nòdwès la sèvis. Nou swete Toy Shop refè aparisyon l ankònan yon ti bout tan paske Toy Shop se yon patrimwàn. Ann tounen sou Riko ki se ti non gate Francisque Jean Charles, yon moun ki resevwa gwo edikasyon anndan peyi Tonton Sam. Li gen ase edikasyon pou l te mennen yon vi desant nan peyi Etazini. Poutan, Riko te gen yon bagay ki tap grandi andedan l, ki se lanmou pou peyi l, Ayiti. Li wè jan peyi a te ye, li panse l te ka vinn kontribye ak bèl ide l genyen pou konstwi yon nouvèl Ayiti. Poutan bagay yo pa tounen jan l te vle yo pase a. Men kwè m sou vle, malgre gwo van ak gwo souflèt la vi a bali, li pa janm regrete yon fwa desizyon sa l te pran jou k te 28 desann 1999, anvan kòmansman 21e syèk pou l tounen lakay li, nan vil ki te bay nesans lan, Pòdepè. Francisque Jean-Charles : Ou menm sa tifrè. Ou di anpil bagay, m apresye senserite w ak respè, lanmou ou gen pou mwen. Pi fò moun nan antouraj mwen se ipokrit, opòtinis, explwatè. SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU... Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang RIBRIK : Sa zòt di... Francisque Jean-Charles : Yon Non, Yon Veritab Istwa
12 « Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo nan mond lan » —Napoléon Bonaparte ********************* ********************* Deklarasyon Papa nachon an Dessalines « Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo, byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite » KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM « Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou Bondye ak pou lumanite » Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929 PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN