The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2020-04-04 08:56:52

Kreyolofoni#33.pub

Kreyolofoni#33.pub

LANE II, NIMEWO 033 AVRIL 2020 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

Jous kilè, ANDEDAN
Jous ki jou, KREYOLOFONI
1.- Lavilokan ak
Ginen lanse “Opera-
syon Kase kou” p. 03
2.– Veye preyidan
Jovenel Moise… p.11

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

SAINT-
MICHEL
BOTANIKA

PLANET
FM

100. FM
STEREYO

Jean Dominique Pa Bliye
ap jwenn jistis...
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierr e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier re
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

Lavilokan ak Ginen an lanse “Operasyon Kase Kou” a pou sove Ayiti anba kriminel asasen sa yo
Reflexion loufoque#445 pou Edito a

W kwé gen pép ki soufri tankou pèp Ginen sa-a, sitou fanm yo, sou tè peyi Dayiti. Depwi « système d’apar-
theid économique et politique » sa-a etabli pa Alexandre Sabès Pétion, premye prezidan Repiblik Dayiti an 1806,
bosal yo ak desandan yo pa janm jwenn menm yon ti moso nan richès peyi papa Jean-Jacques Dessalines ak lòt ki te
batay ak mouri pou te kite moso tè sa yo rele Ayiti pou yo wa-a. Papa Dessalines te gen tan rekonèt sa lè l te di
« Nou te fè lendepandans pou zòt yo ». Si w pa gen paran debwouya menm li anpil nan nou tinèg pa tap konn li. E si
pat gen Etazini ak Bahamas, anpil nan nou pa tap wè nou te gen yon desten. Sa fè m mal anpil lè m wè nivo soufrans
ak mizè konpartriyòt mwen yo...pandan sòl ak sousòl rich an iridyòm, iranyòm, petwòl, elatriye. Mèsi François Du-
valier (Papadok). Mèsi amatè batiman Latòti yo. Mèsi manman m Thérèse Marie (Toy) Clersaint ki fèm pa janm
konnen yon jou mizè ak soufrans nan lavi pam. M ta kontan wè « operasyon kase kou » a kòmanse nan peyi-a.

Peyi Japon fè, sa pa gen lontan, yon don diri a Ayiti, BMPAD vann li ak sektè prive-a pou revann revandè
ki antere pèp la nan achte yon sak a 1500 goud. Leta te ka vann diri-a li menm menm e menm a 500 goud sak la pou
soulaje grangou pèp la. Yo vann li ak gran nèg (nèg rich vinn milat) pou toufe pèp la e se andedan pèp la yo te soti.
M fè yon konsta, pòv ki vinn rich toujou pran pòz li bliye l te pòv lè l vinn chèf oubyen lè l vin gen lajan nan fè
move zafè (kontrebann, vòlò leta ak vann dwòg). Se pòv ki fè pòv konn plis mizè...Sak ta di sa? Fòk Lavilokaan ak
Ginen an lanse « operasyon kase kou a ».

M pa janm pè denonse peyi Etazini nan konplote ak move pitit peyi a pou kraze manman nou, Ayiti
(anbago 1804, piye bank Repiblik Dayiti an 1914, okipasyon 1915, pwotektora 1916, anbago an 1993, envazyon an
1994, envazyon an 2004, enpoze prezidan an 2006, 2010 ak 2016, eksetera) men nan Loi Hope I ak II (Opportunité
Hémisphérique par l'Encouragement aux Parténariats) pase an 2005 pa Kongrè meriken an, Washington te ofri anpil
opòtinite a leta ayitien an ak sektè prive a pou yo te devlope peyi a, yo gaspiye Loi Hope la kap fini an septanm
2025. Loi Hope I ak II pèmèt Ayiti benefisye preferans komèsyal nan vann rad ak pyès machin, elatriye e gen yon
« Initiative du Bassin de la Caraïbes » ou « Loi de Récupération du Bassin des Caraïbes » (1983) ki te la anvan Loi
Hope la e ki bay tou anpil opòtinite komèsyal tankou pèmèt Ayti jwenn aksè lib e libè a mache merikan an. Anpil
endistri ak anplwa te ka kreye. Sèl Caracol (Loi Hope) ak Park Industriel (Initiative du Bassin des Caraïbes) ki ka
anboche petèt yon 60 mil moun kap travay pou myèt. Ala tray. Ala yo mechan. Sektè prive koupyon an, leta predate-
a...Kilè Lavilokan ak Ginen an ap lanse "Operasyon Kase Kou" a. Fòk li fèt pou Ayiti debloke. Peyi sa-a kale twòp
atoufè, kriminèl ak asasen. Frè ap touye frè pou sak manje. Nou se te youn.

Prezidan Venezwelyen an Nicolas Maduro nan « Alliance bolivarienne pour les Amériques »
(Alba) te menm mande pouvwa PHTK a pou l peye petwòl la ak viv alimantè. Pa janm gen yon pye patat ou manyok
ki plante. Okontrè zotorite peyi sa-a ant 2008-2018, kraze $4 milya lajan PetroCaribe a. Nou vann mango fransik tou
a peyi Etazini ki rapòte nou pase $10 milyon dola pou yon lane, poukisa nou pa mete mango fransik nan anpil tè kap
gaspiye ou byen grefe lòt pye mang kap gaspiye, moun pa manje, an fransik. Sektè prive koupyon an, malpwop la,
anti-Ayiti a ak leta kriminel-asasen, antipèp la pa anvi wè peyi-a devlope...Fok sa fini yon jou e nan pa twò lon-
tan...Ane 2020 sa-a ap gen anpil sipriz.

Pèp ayitien an bezwen travay pou l soti tèt li. Maduro pouvwa PHTK a vann li ak dyab la ak prezidan re-
pibliken yo George W. Bush e Ronald Reagan anpil ayitien rayi a te bay klas politik la ak ekonomik lan bon jan
opòtinite pou yo te debloke peyi-a nan kreye anpil richès, milyon anplwa pou Ayitien te ka kreye avni pou tèt yo e
devlope peyi nou an. Sektè prive-a ak pouvwa Lavalas-PHTK yo prefere itilize jenès peyi-a nan gang pou regle zafè
yo. Lavilokan ak Ginen an souple lanse « Operasyon Kase Kou » a kont tout avadra, bonnaryen sa yo ki fè peyi papa
Dessalines lan nan malsite sa-a...

Nou voye $18 milyon dola bay Lachinn pou vann peyi-a materyèl medikal pou konbat Coronavirus la men
gen anpil nan materyèl sa yo nou voye achte yo, Ayiti te ka fabrike yo. Nan sektè endistri-an ant lane 1960-1980 sou
pouvwa diktati Duvalier yo, faktori nou yo te konn fabrike baseball de Rawlings, pantalon de Haggar, « Clubs du
golf de Wilson », soulye pou bato Sperry ak jwèt boure. Nou pa wè gen moun nan peyi sa-a, se mouri pou yo mouri
pou Ayti soti nan twou Pétion ak alye l yo te mete nou depwi 1806 lan. Nou mèt di map preche vyolans, m dakò,
men se vyolans tou sektè prive-a ak pouvwa yo ap fè sou peyi-a, fok sa fini...Se atik 22 Konstitisyon 1987 la ki si
leta dwe pèla manje, laswenyay, kay, lekòl ak sekirite sosyal. Nou pa bay youn men se pa vyolans nap fè sou li.

Ayiti se peyi Lavilokan ak Ginen yo, anpil nan nou ki te alyene nan zafè lekòl ak legliz kolonyal yo te en-
gra e anpil nan nou jodia reveye e nou kòmanse montre gratitid pou richès sa-a ki se Ayiti, yo te bannou an. Jodia,
anpil nan nou ta renmen wè « operasyon kase kou » a pou peyi a soti nan anvlopman anpil pitit ou yo ki chwazi sèvi
lènmi an mete l. EditoKreyolofoni#33, Mas 2020

“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

Lwa nan bitasyon m :
"Fè bouch mwen"

Mwen pa pale vèbal. Lwa nan bitasyon m "fè bouch sèlman ki si. Se tou sa y ap fè ki si. Nou tout konnen
mwen". "Fè bouch yon moun se lò yon lòt moun montre manje si bay gonfliman. Jan mwen wè a se yon gonfli-
l pale. Sa vle di moun sila pale dapre lojik moun sa e ak man rabi. Pò chadèk ak sann dife pa ka fouti fè anyen
mo li yo tou. Li itilize konesans moun nan te ba pou l pou yo. Eske se nan faz balònman pèp ayisyen an ye ou
pale. Yo de a nan menm lekòl panse. Yo pataje menm nan faz debondare a? Si ou konnen, di m.
toyo ak vizyon dimonn. Rapò si adwat agòch. Yon ti kakarèl tanzantan. Malgre
Lò yon moun "fè bouch" ou, moun sa fòme w. Se sa nou sa y ap revandike bwa franse a. Franse yo rèt rèd nan
rele "krache nan bouch la". Gen granmoun pou yo bay bwa bouch yo. Sa k gen la a atò a?
las (kòd) la avan yo mouri se
krache yo krache nan bouch
moun yo chwazi a. Genyen se
depi byen avan yo fè l. Pratik sa
se yon fason pou "fè bouch" yon
moun.
An palan de krache a, gen yon
lòt ekspresyon tou "pile krache".
Kidonk lò yon moun "pile
krache" yon lòt moun, li swiv pa
moun sa a. Se menm wout la li
pran. Se lò yon moun fin "fè
bouch" li, li ka "pile krache " a.
Jan moun pale ap fèy w konnen
kiyès ki "fè bouch li ak krache
kiyès li pile. Nan koze sa a, sa ki
regretan, lwa fòme yon pil moun
poutan yo pa pale langay lwa yo.
Chak pèp pale langay Dye l.
Pouki pèp ayisyen kontinye pale
franse? Genlè se fransè ki Dye
yo. Genlè se fransè ki "krache
nan bouch yo. Se vre se franse ki "fè bouch yo". Se pou- Montre kiyès ki "fè bouch" ou se siy respè anvè mòdèl
tèt sa a yo"pile krache franse".Y ap swiv wout loksidan ou. "Pile krache" lwa yo se mache sou wout zansèt yo.
nan tout domèn. Ala de salmanaza papa! An nou pa ezite montre sa nou ye.
Poutan bouch pifò rèt si kou sitwon. Se pa bouch yo Chenouti Zanna

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

Jal Antoine Simon! Mmmm!
Aaaaaah!!! Se pa rans non!

Nan peyi d´Ayiti, lè w wè se analyz on nonm deside fè, pou gouvènman an te ka voye je sou yo, ou byen yo
pagen jwèt nan sa. Ou oblije kenbe kiyè w kout, si w lage kô yo degidon nan fè koule- chache politik pou yo
vize konsève ekilib d´espri w e respekte la verite. Fôk ou jwenn kouvèti pou yo fè kontrebann alèz! Gen de lè tou,
pran tan w tou pou w manyè deplôtonnen brenn ou, de- yo konn fè kèk kout volan agôch pou ya l dèyé avantay
gaje w pou w vire chak enfômasyon ke w ranmase trafik enfliyans nan La Dwann. Endividi sa yo, menm si
lanvèlandwatt, wap on ti jan vannen yo nan w gro laye w wè yo an pijama, sa pa vle di ke yo pral dômi pou sa.
anvan w triye yo. Epi, la menm tou, wap dekôtike yo Yo konn fè on seri de mannèv " chen anraje " ki konn
jouk ou jwenn, de fil an
egwi, rezon e sikontans ki
kache dèyè chak evenman.
Sa vle di ke wap kreye
mwayen pou w kontre, bab
pou bab, ak nenpôt sa k ta
anba zèsèl chak zak ki poze
andedan sosyete a, chak ba-
gay ke manzè listwa, ke se
kretyen vivan debrabalanse
ki ekri l, ta nik ploye epi
lonje bawou tou kri.
Mw gen dwa tronpe´m.
Men, li ta sanble ke Georges
Séjourné pat nan manti lè´l
te debake tankou kong nan
Maza, sa vle di bridsoukou,
nan lakou Palè Nasyonal
Pôtoprens, pou´ l tal pote
doleyans li bay Prézidan
Nord Aléxis.
Tonton Nord li menm, daprè
sa anpil moun save fè kon-
nen, pat yon nonm ki te nan
afè kanpe pou limyè wouj.
Nonm sa a pat on sitwayen
ke nenpôt endividi taka nik
poteboure sou li tankou se
nan jaden w wap antre.
Granmoun lan pat pi letre
pase sa, se vre; men fôk on
entèlokitè valab te gon w
diskou koéran pou w te ka
proche bô kote l. Paske Jene-
ral la set´on w sitwayen ki
pat pote kanson l pou bèl twèl. Dayè, le pli souvam, li te presipite gro evènman andedan peyi sa a. Depi enterè yo
gen labityd aji tankou poul ki fèmen nan kalôj depi dik- an je, yo sanse tout bêt!!!
dantan. Sa vle di ke l te toujou prè pou´l beke tou sak Tonton Nord, on nonm ki te sansib anpil tou pou vye
panse devan je l. Sete on granmoun rondonmon, têt di, tripotay li, lè´l resevwa mouche´a nan Palè a, sete ak
wôklô. Donk, yon gro komèsan madre tankou Georges yon ti souri ki te chaje ak malis... Li degonfle machwè
Séjourné, nèg Okay natif natal, pataka pa konn sa. pandan lap kadre zepôl li an aryè, epi l di´l:
Komèsan sa yo, nan peyi d´Ayiti, nan tan sa a, o nan __ «Ooooooh!, Séjourné, pitit gason mwen, aaaaaaah!,
nenpôt lôt epôk, lè marj benefis aktivite yap mennen te kijan bagay yo ap mache menm nan Vil Okay? Ki mala-
an bès, se swa yo pet´on w koken ak group siryen yo ki di ki touye l´Anpèrèèè? Di´m, pititt, ki sak gen nan lôj?
tap fonksyone sou Plas Geffrard nan Pôtoprens, on fason Ale nan paj 06

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

Jal Antoine Simon! Mmmm!
Aaaaaah!!! Se pa rans non!

En ben, men diskou Georges Séjourné te livre a cho bay gentan fèt pou Delege Antoine rann li an ijans nan
Prézidan Nord Alexis: Palè. Jal Nord fyn anraje! Woooo! Se pa jwèt! Delege
__«Ekselans, tout aktivite nan vil Okay ap mache kôm Antoine, li menm, sete on eleman ki te toujou sou
dabityd. Bato ap fè antre sôti nan Pô´a. Machandiz ap men li. Ta sanble ke, menm dlo glase, lè pou l te bwè
debake kôm sa dwa, menm si gen kèk ti reta nan livrezon sa, li te gen tandans pase l sou dife anvan. Provèv la
yo. Mmmm! Gen anpil bato tou kap fè lavironn dede nan di w ke lè w manje pitit tig, ou paka dômi di. Anpi
Pô´a jounen jodi´a. Bon, Koléktè Dwann lan li menm, son tou, Jeneral Antoine te gen je, zôrey ak nen sou anpil
w nonm ki tèlman okipe ap fè travay li, ke l sanse pagen sikwi andedan Gouvènman an. Donk, li gentan jwenn
tan pou´l resevwa doleyans moun tankoum. Sepandan, mw enfômasyon nan bon timamit ke moun pa l ki byen
rete kwè ke resèt Leta pa pimal pase sa. On sèl bagay, plase te telegrafye l pou di l ki koulè bagay yo te ye.
Ekselans, mw tande kèk moun kap plenyen. Yo di ke se Alô, li menm, li te reponn Prezidan Nord ke´l pa dis-
nan fon lan nwit, chaloup Lame ap akoste bato ki pajanm ponib, ke se pou gouvènman´an voye on Komisyon
proche lajounen bô Waf la. Epi tou, se milèt Lame kap rale vyn konferansye ak li nan vil Okay. Aaaaaah!
charyo ki lou kon pwa senkant. Popilasyon an wè yo kap Lè Jal Nord Aléxis tande pawôl sa a, li vynn tounen
moute desann nan lari a jouk douvanjou. Yo pase alaro- Mèt Agwe Tawoyo nèt. Li wè ke se san ki pou koule!
nyay, aaaah!, ou konnen. Lan nwit, lè cha son gri! Pèsonn Donk, li deside voye Jal Tancrède Auguste ansanm
paka rann kont, Ekselans, ki kalite machandiz bato sa yo ak Jal Villardouin Leconte, 2 malfèktè devan Letè-
pote. Delege Antoine Simon menm, li chita nan balkon nèl!, nan w bato de gè ki te gen nanm sou li, avek lôd
lakay li, men longè binokilè´l nan men´l, lap kontrole. Ki- pou trennen Jal Antoine ansanm ak Simalo, kabrit
donk,se li menm ak Bon Dye ki ka di kijan de bato ki an bab kannèl li a, mennen bali nan Palè. Bato´a nik
chat pent nan Pô´a, epi tou kisa yap debake ki lou konsa a. mete kap sou Jeremi ak bon jan troup pou yal ranpli
Mwen li, m´pa konnen! Men, gen bri kap kouri nan misyon an an granmoun. Mesye yo te deplase an fôm,
rejyon´an ki fè kwè ke Simalo, kabrit Jal Antoine lan, di a ak tout batanklan yo anba zèsèl yo.
klè ke Delege a ap Prezidan kanmènm anvan ane a fini! Men, sete byen konte mal kalkile. Lè bato nêg yo
Sèl sa mwen menm, mw konstate, Chèf la, sè ke nan vil antre nan rad Vil Jeremi, Delege Simon te vanse kite
Jeremi on moun paka estènye san Jal Antoine pa rann li vil Miragoânn déyè do li, e l tap mache sou Kapital la
kont ki kalite grip ou genyen. Li gen moun ki pral rakonte ak yon fôs Lame respektab.
l kibôw te kanpe lèw tap estènye a, e kijanw te fè figi w. Jal Antoine tèlman tap grandi monte ak fôs pou´l te
Donk, se gro zafè!» vynn plonje sou Pôtoprens tankou on malfini kap
Sejourné pat menm fynn fè diskou´a ke Jal Nord Alexis te vare sou on ti poul, ke se kouri Ti Canal te kouri
gentan chanje koulè tankou agranman. Chèf la move tan- fôme on Komite de Notab ki tal rankontre Jeneral la
kou kong, epi sa w tande´a, ta sanble ke l gon w lwa bosal lan nan zônn Leyogann!» pou´l di´l:« Poko!, pa pi-
ki pran´l. Genlè sete Papa Ogoun Badagri ki vare touden- lonnen Kapital la anba kout kanno, ke Konsila franse
kou sou granmoun lan! Télégram fè kenken! Konvokatwa Al nan paj 07

Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... 7

RIBRIK : Listwa

Jal Antoine Simon! Mmmm!
Aaaaaah!!! Se pa rans non!

ak Anbasad Etazini tap negosye rapido presto pou gran- men l nan têt li, epi l di:
moun lan rache manyôk li, epi bay teren´an __ «Mesye oooooh! Aaaaaaaah!, nou pran!...Heeeeey!
blanch...Kidonk, troup yo fon w ti kanpe tou piti nan zônn Gadon w kabrit ! oooooh! Ou konnen m sezi. ...Mw
Leyogann!» fèk sot akonpanye granmoun lan ki tal ba kabrit la
Pèp te kanpe sou de ran nan Ri di Quai lè Konsyl fransè a manje dèyè´a. Tonnè kraze m! , mw pa janm sezi kon-
tap pase nan w charyo ki te chaje kouleba ak tout kalite sa... Mw tande klè kon dlo kokoye lè kabrit la di Prezi-
djanni . Pandan se tan, on bato peyi Jamayik te deja sou dan an: « Bèèèè, alawonnbadèè! »... Sa vle di ke gen
Waf la ap tann kôtèj ki tap evakye Tonton Nord an ka- anplil nèg pami nou ki pral jwenn revokasyon yo san
tastrôf la pou pèp souvren pat fonw jan ak li. Vakabon
Pôtoprens menm pat manke pa pimpe wôch sou konvwa
a.
Jal Aléxis, andedan charyo´a, te kouvri de la tèt o pye ak
on kokennchenn drapo fransè. Malgré sa, lè kôtèj tap pase
tou pre on ti group kirye ki te kanpe arebô chemen an,
gon w vakabon ki te sispèk ke Prezidan Nord te anba dra-
po´a, li nik di : «Wooyy! Men li », epi l tire on kout po-
nya ki fann palto granmoun lan de mozo.
Aaaaaah! ...Kabrit Jal Antoine lan te gen rezon... Asanble
Nasyonal reyini, pèp bat bravo lakontantman... Yo de-
klare Jal Antoine Simon, Prezidan d´Ayiti. Jeneral la
resevwa 21 kout kanno devan Palè Nasyonal ak kabrit li
pyepoupye déyè´l. Lè lap pase troup li an revi, kabrit la
pa lache´l on may. Mouche a pran posesyon biwo l kô-
rèkteman andedan Palè a, Simalo, kabrit têt chaje a, pran
posesyon lakou Residans ofisyèl Ekzekitif la. Mmmm!
Men,fout!, jandam, aaaah!, pa gen moun yo fèzè konsa!
Si on moun ap fon w bagay drôl, epi son w jandam ou wè
kap founi je gade, ou mèt tou kraz´on w kite sa. Anvan w
fynn fè l, Le Nouvelliste. Le Figaro ak Wall Street Jour-
nal ap gentan pibliye l. Bon, lè Prézidan an leve maten
bonè nan Palè a, abityd li se pran on ponyen zèb mete
anba bra´l, li derape al wè kabrit li,. Toujou gon w Ofisye
ki akonpanye l; men ki kanpe on bon distans ap gade pèdi tan...M´pa kwè gen yonn nan nou kap rete nan
Jal Antoine ki ta sanble ap pale ak kabrit li. Ganizon Prezidansyèl la.. Se lôd wi granmoun lan al
Nan la vi´a, chak moun gen dwa gon w bèt kew renmen, pran nan men kabrit la chak maten nan lakou a wi !
kew admire. Dè fwa menm, li pa menm nesesè pou w Oo!... Kot sa nou paka konprann la a? ... Oooo! ...Son
oblije ap mache rakonte chak moun poukisa w renmen w kabrit wi kap gouvène peyi d´Ayiti nan moman nap
bèt ou, ou granmoun. Sepandan, Ofisye a ki te gentan gon pale la wi»
lôt vèsyon de sak pase nan lakou a ant Jal Antoine e Kidonk, se te mouche Georges Séjourné ki te presipite
kabrit la, pat neglije desann nan Sal de Gad pou la l mete kou´d fôs Jal Antoine te fè kont Prezidan Nord Aléxis
Ganizon an o kouran de evènman an: Li nik rive ak de a.

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSESTRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Sosyete

Jous kilè, Jous ki Jou,
Jean Dominique ap jwenn jistis...

Maud Jean Michel Raymond ke laprès FADH la t ap eseye lage sou do lòt
Zanmi kamarad zantray mwen yo, kèlkeswa kote n moun. Ebyen, tout moun ki gen nanm e ki t ap swiv
gaye sou planèt la, m ap di nou tout yon kokenn chenn Jan Do, te konpran jou Jan Do te konte, paske asasen
bonjou ki makònen ak anpil lanmou ak anpil respè! san fwa ni lwa sa yo pa janm fè regleman jis ak pèsòn,
Kouman nou ye? Eske n ap kontinye reziste pi rèd se touye yo toujou touye tout moun ke yo santi ki re-
kont asasen ak prezante yon pwa lou anban gagann yo. Depi konplotè
kravat yo ki yo ak asasen yo fin tenyen souf Jan Do a, laprès vin pi
anpeche bèl flè mal pase mache Kwadèbosal, kote mèsenè ak mikwo
pouse nan ak plim ap vann nouvèl tankou lo patat, pandan yo sere
jaden lavi n? tout enfòmasyon ki te ka ede pèp la pran pi bon desi-
Rale ti chèz ba zyon epi fè pi bon chwa ki te ka chanje kondisyon
ansestral la, egzekrab l ap viv la. Sa ki bay kè plen nan dosye lan-
pwochen pi mò Jan Do a, sèke, oligachi salòp lokal la ak biwo ko-
pre, pou n de- lonyal meriken an itilize yon ti sousou salòp, san ka-
nonse tout len- raktè, ki rele ti Cius Delva pou fè politik ak dosye a,
mi Ayiti yo ki nan akize épi pèsekite moun ki pa gen anyen pou yo
enpoze n viv wè ak lanmò Jan Do a. (ANMH) ki se asosyasyon
tankou moun malfektè ayisyen, jwe jwèt makab la trè byen ak ti
nan pwòp peyi Cius Delva, pou Jan Do pa janm jwen jistis, paske yo
n, epi chache konnen ni otè entèlektyèl krim nan ni men asasen ki te
yon solisyon peze gachèt la. Malerezman, fanmi Jan Do pa janm
dirab ak tout frennen malfra ti Cius Delva, nan itilize sasinay Jan
pwoblèm kwo- Do a pou l regle zafè pèsonèl li ak zafè lenmi Ayiti ak
nik yo k ap lenmi Jan Do yo. Si Jan Do te vivan, Bèldanje pa t ap
wonje Ayiti depi dikdantan an! janm kote l ye la a, men tou, si Jan Do te vivan, viktim
Yon gwo mapou tonbe, li kite yon espas vid nan forè a. 3 siwo anpwazonnen fanmi Boulos yo, t ap jwen jistis ak
avril 2000-3 avril 2020, 20 lane depi asasen entènasyonal de domajman, e Ayiti pa t ap tounen yon koloni pou
ak asasen lokal te tenwen souf Jan Do ak tout gadyen Kò Gang nan vin grennen jilbrèt jan l vle. Jan Do, se
Radio Haiti-Inter a. Machann lanmò yo te sasinen Jan Do vre, asasen yo te krabinen kò w ak plizyè katouch,
paske li t ap pale nonsèlman pou san vwa yo, men li t ap paske jou sa a, yo te vle touye w kanmenm, men yo pa
pale bagay ke lòt mèsenè ak mikwo yo te refize pale. Jan p jan ka ni tenyen vwa w ni efase w nan kè pèp ayi-
Do te denonse zak malonèt meriken ak oligachi salòp syen. Nan memwa Jan Do, pèp ayisyen gen pou l viv
lokal la t ap marinen sou do Ayiti ak tout pèp la. Nan tout tankou moun ak diyite, nan yon Ayiti lib sou tout fòm,
dosye sansib ke Jan Do te konn manyen yo, li te fè anpil ou lanmò pou tout asasen ak konplotè ki anpeche Ayiti
lenmi, e prezans li te tounen yon anmèdman pou yo. Jan rive sou chimen devlopman an!
Do te denonse “Rice Corporation” ki pa t vle peye leta An n fè men kontre a nan senserite pou n ka konjige 9
ayisyen taks nan fè magouy deklare pi piti valè diri li t ap vèb fòtifyan sa yo ak tout nanm nou, optezan chak
pompe sou mache ayisyen an, ke valè reyèl la. Jan Do pa segond nan lavi n, jouk nou rive deklannche revoli-
t janm sispann pale de dosye siwo afebril anpwazonnen syon total, japital la, pou n ka bay Jan Do ak tout lòt
famasi Pharval la, ki se pwopriyete fanmi Boulos yo, ki te viktim yo jistis ke y ap tann depi lontan an: Kon-
pete fyèl plizyè santèn ti inosan epi andikape plizyè lèzòt. syantize! Revolte! Reziste! Dezobeyi! Dezobeyi! De-
Jan Do te mete pèp ayisyen an an gad pou l pa janm kite chouke! Renmen! Òganize! Geri! Konstwi!
Léopold Berlanger pase pre zafè eleksyon nan peyi a, Mwen kite nou tout nan 2 pla men Bondye ki te bay
paske misye se yon danje pou demokrasi popilè. Anvan vanyan zansèt nou yo fòs, kouraj ak detèminasyon pou
teworis yo te pete fyèl Jan Do a, li te menm rive fòse pòt yo te mete men nan pat kasav asasen fransè yo, ak
pawòl biwo kolonyal meriken an, Daniel Whitman, bonkou kilikiki awoze ak anpil pikliz beni, pou yo te
mande pèp ayisyen an padon pou tout abi ke peyi l fè ka pete chenn lesklavaj jenosid 3 syèk la. Kenbe rèd,
Ayiti ak tout pèp la pase. Se te an fevriye 2000, pòt pawòl pa moli! Viv Ayiti! Viv zansèt yo! Nou pa p fout
la te fè meyakoulpa san senrite a, paske Jan Do te kore do obeyi!
l nan mi an. Nou pa ka bliye lè Jan Do te mete tout kaka Se te Maud Jean-Michel, ki gen non vanyan l,
chat deyò sou kòz lanmò yon makout ki te rele Claude SaniteB!

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Di saw vle...

Lafrik dwe prepare l kont
asasen oksidan yo...

Reflexion loufoque#443 lasyon mondyal la a 20%.
Anvan lè kretyèn nan (-30), lame womèn te anvayi Lejip “Organization Mondiale de la Santé » (OMS)
pou enplante krisyanism e yo te pwofite entèdi relijyon atravè Direktè Jeneral li Doktè Tedros Adhanom
afrikèn nan ki se animism, yon spiritwalite monopo- Ghebreyesus ki deklare maladi sa-a pral disparèt Lafrik,
lifòm. Animiss e yon spiritwalite kote Dye exprime sou nou reziste. Yè, Sekrete Jeneral Nasyon Zini an, Anto-
plizyè fòm. Lòm se yon expresyon Dye a (intèlijans sip- nio Gutterez di pil afriken pral mouri pa milyon malgre
eryè). jenès yo e vaksen yo wa kont Covid-19 lan se nan peyi
An 1443, pap Nicholas V te bay benediksyon a lesklavaj LAfrik yo yo pral eseye l e se kote ki anrejistre mwens
pou peyi lafrik yo. kontaminasyon ak 19 lanmò sèlman.
An 1884, loksidan te separe Lafrik an Lafrik reveye w e prepare w poun
miyèt moso nan peyi Lalmay. Yo te afwonte asasen sa yo. Yo toujou vle
menm fè “La charte de l’impérial- efase w paske w se Lafrik ki bèso sivi-
isme”. lizasyon an. Yo te boule bibliyotèk
An 1887, Itali te anvayi Etyopi pou yo Aleksandri pou te antere memwa afri-
te ka okipe men Menelik II te montre kèn nan, ya pa kapab.
rezistans. Yo te simen lapès ak touye Covid-19 sa-a mete tout kak chat deyò
anpil moun. e montre nou vilnerabilite oksidan an e
An 1960, yo te dekolonize Lafrik atra- ofri nou opòtinite poun ini nou ne-
vè yon rezolisyon onizyen men en- groafriken toupatou, rekole ak rasin
plante krisyanism ak islam pou divize ansestral nou, pou nan nouvèl sik zo-
Lafrik davantaj. dyak sa-a, swa 2160 lane sa-a, « ou l'ère du verseau »,
Depwi se pa de maladi yo simaye tankou sida « règne spirituel » poun restore memwa afrikèn nou.
nan ane 80 yo ak Ebola sa pa gen two lontan. E se Lafrik Bare anwo tankou anba, anpeche yo eseye
ki toujou depwi byen lontan « des laboratoires in vivo vaksen sa-a sou nou. Nou pa bezwen loksidan ankò,
d’expérimentation de masse ». mwens Lafrans ki san richès nou yo piye tap 20e ekono-
Jounen jodya yo vini ak Coronavirus yo ki tounen yon mi nan mond lan. Se youn nan pitit li yo ki di nan matyè
pandemi mondyal. Iran, Lachin ak Larisi deklare se yon sante, Lafrans se yon peyi soudevlope. Se kounye-a ou
gè byolojik. Mwen ajoute kont limanite. Gen pastè pen- jamè, bare asasen, volè yo pou yo pa antre lafrik ak plan
tekotis meriken Rodney Howard-Browne nan Florid ki makab yo wa pou desime Lafrik.
di nan yon sèmon, objektif kriminèl say o se redwi popi- Kreyolofini#33, Mas 2020

Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND

Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...

Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098

Buy one get one free !
Achte pi piti yon cup Jkann jodia ak demen epi resvwa youn gratis !
Sa se fason nou prezante galon jkann nan. Li koute 150 goud sèlman. Sa wap tann pouw
kòmande jkann paw la ?
Tel 4024 3747/47856364
Konbat anpil maladi ak Jkann !

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang 11

RIBRIK : Kilti/Spiritwalite

Veye preyidan Jovenel Moise poul
pa pran vaksen pwazon an nan men

patwon l yo pou touye nou...

Réflexion loufoque#444 ak vaksen pwazon sa-a yon paste kolon Rodney Ho-
Peyi lafrik yo anrejistre 19 mò men se li Organi- ward-Browne ki konn mete men sou tèt Donald J.
sation des Nations Unies (ONU) chwazi pou yo eseye Trump pou priye pou li nan mezon branch lan ta revele
vaksen pwazon yo wa. Sekrete Jeneral ONU an, Antonio nan yon sèmon nan legliz li. Selon pastè ki kontinye
Gutterez ak Direktè Jeneral « Organisation Mondiale de wouvè legliz nan Flordi, koronavirus la se yon « peste
fantôme » konsi pou kontrent moun resevwa vaksen yo
ki pou touye nou. Li ajoute se « Fondation Rockfeller »
ak « Global Business Network » ki envante pwazon
Coronavirus la an 2010 pou elimine 20% nan popi-
lasyon mondyal la. Nap raple lektè Kreyolofoni yo se
Barack Hussein Obama ki te prezidan peyi Etazini.
Salopri sa yo mechan.
Yon rapel se Joseph D. Rockefeller ki te fè
disparèt medsin natirèl an 1904 pou ranplase l pa med-
sin konvansyonèl kote finalite l se yon preskripsyon
pou wal achte medikaman nan Big pharma.
Map fè nou sonje depwi yon mwa enfektyolog Didier
Raoult, yon franse ki te fèt Senegal, te pwopoze
« hydroxychloroquine » ou « plaquenil » kont corona-
virus la men nou wè OMS, peyi Lafrans te kanpe an
kwa kont medikaman sa-a pou pwoteje enterè gwo
famasi yo. Yo te menm di efè segondè yo sevè. Lajan
pi enpòtan pase lavi moun nan gwo peyi sa-yo. Donald
J. Trump, prezidan etazini, te gen kouraj pou l te
mande « Federal Drug Administration (FDA) nan peyi
l pou pwodwi anpil chloroquine. Antouka, Dr Raoult
deklare sèl efè segondè « chloroquine » nan genyen se
pèt finansye pou gwo famasi yo. Fè lajan pi enpotan
pase sove lavi moun, se sa k gwo peyi yo. Men peyi
Kiba ap pote konkou medikal bay tout gwo peyi nan
mond lan san lajan, si se sa ki kominis lan, m kominis.
Vizyon Fidel Castro a se te sove limanite.
Si yo vle eseye vaksen pwazon yo wa an
Afrik rezon plis poun veye preyidan Jovenel Moise ki
ka asepte touye nou tout poul fè 5 lane l opouvwa e
sitou kòb ap bay. Tinèg renmen kòb sitou si w pat abi-
tye, w pa janm gen ase, jamè satisfè. Yon jou fòk
pwosè fèt nan peyi sa a pou vòlè ak asasen nan leta a
jwenn monnen pyès yo.
Aytien pap dakò pran vaksen kont koronaviris
ki anrejistre zewo mò nan peyi nou e maladi sa a gen
pase kat mwa lap manje moun toupatou. Veye, nou
lanse “operasyon veye yo” tinèg mechan e devan lajan
la Santé » (OMS) lan Doktè Tedros Adhanom Ghebreye- pa gen anyen yo pap fè, menm si nou tout mouri. Gi-
sus ak alye oksidan yo mete $19 milyon dola devan pou nen, Lavilokan kilè nap lanse « operasyon kase kou » a
yo desime lafrik paske yo konnen gen dirijan afriken ki kont tout fo pitit Dessalines yo ki plede ap fè peyi-a ak
pap rekile devan lajan, se vole yo ye. Lafrik Amon-Râ ap pitit ou yo soufri. Veye asasen yo.
veye sou kontinan an, ap kase kou tout dirijan san wont
afriken ki ta vann nanm yo pou touye pil milyon afriken Kreyolofini#33, Mas 2020

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version