LANE III, NIMEWO 040 NOVANM 2020 CHAK MWA
KREYOLOFONI
NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID
M ANDEDAN
KREYOLOFONI
Editoryal : p.3
“DECHOUKAJ”,
plizyè dirijan politik
anonse nan Ranmase
Ki Ne Ki Tete p.11
TAP TAP
MULTI-
SERVICES
SAINT-
MICHEL
BOTANIKA
Pa Ekri An KreyÒl PLANET
M FM
Ekri An Ayitien... 100. FM
STEREYO
Pa Bliye
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa
a san otorizasyon
redaksyon an
Redaksyon an pap
publiye atik san non
san adrès
Sponsorisé par
SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2
KREYOLOFONI
Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles
Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN
PDG : Pierr e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles
Administratè :
Relasyon Publik :
Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier re
Teknisyen-Enprimè :
Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie
59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]
Telefòn : (509) 3848/5890
Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com
KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE
HAYTI (KNONH)
Parti Politique Régional & Moderne
Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84
38 48 58 90
Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...
KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3
EDITORYAL LA
« Dechoukaj » plizyè dirijan politik anonse nan Ranmase
Prezidan Jovenel Moise fè tweet sa-a sa pa gen lontan kote l ekri: « Men sa kite fèm plezi se lè gen de
aktè ki te opoze avèm. Nou te kwè nou pa tap janm ka pale, nou pa tap janm ka tande yonn lòt. Jodi-a nou tout
mete ògèy nou akote pou nou asepte fè anpil depasman nan non pèp ayisyen an pou n sove peyi nou ke nou tout
renmen anpil la ki se Ayiti ». Se yon tweet ki pwouve yon lòt fwa mechanste prezidan Moise e konfime pou tout
patriyòt, pouvwa-a tankou opozisyon an gen menm patwon ki se anbasad etranjè yo ak alye entèn li yo ki se oli-
gachi-a, medya yo ak legliz. Konsa, Ernesto Che Guevera raple nou pa san rezon: « Liberatè pa ekziste, se pèp ki
libere tèt li ». Se revolisyon l ye patriyòt nan diaspora-a tankou an Ayiti. Jodi-a se rekreye tradisyon zansèt yo pou
n jwenn yon inite spirityèl kap pèmèt nou mete fen nan sam rele « système d’apartheid économique et politique »
etabli depwi asasina papa Dessalines an 1806.
Annou dekòtike tweet prezidan-an ki rele tèt li apredye poun konprann poukisa jounen jodia pèp-la
dwe libere Ayiti san elit politik, ekonomik ak akademik yo, san sosyete sivil la, e se akonpayeman lespri Ginen yo
l bezwen yon lòt fwa – vodou-a ki te siman revòl la ki te kondwi nan lendepandans lan. Nou bezwen vodou a pou
n fè yon lòt epope 1804.
Semenn pase-a Jean Charles Moise, chèf Regwoupman Pitit Dessalines te anonse l devye yon plan
ameriken ki te vize remèt pòs Premye Minis ak tout gouvènman an a opozisyon-an. Se vre m pat tande pèsonn
demanti M Moise, men m li prezidan Moise di « Men sa kite fèm plezi se lè gen de aktè ki te opoze avèm. Nou te
kwè nou pa tap janm ka pale, nou pa tap janm ka tande yonn lòt ». Deklarasyon sa-a pa andepaman ak pa Jean
Charles Moise lan e gen imaj sou twal la ki montre aklè dirijan pati politik nan opozisyon an tankou Clarens Re-
nois ak Edmonde Suplice Beauzile ki te chita ak anbasad meriken an e yon anvwaye depatman deta ameriken.
Antouka, nou wè senatè Antonio Cheramy reponn avèk fraka e menm menase dirijan ki ta menm eseye
poze yon ak konsa, li di: « Mwen ak pèp aytien an, nou kanpe doubout nan kalfou konsyans lan pou n wè kilès
konze kap oze janbe masak yo pou al negosye pwosè Petrocaribe-a ». Pwoblèm « ventre et de bas ventre » lan ak
jalouzi youn kont lòt pou se mwen ki toujou chèf drese zentelektyè youn kont lòt e se yon kansè pou peyi-a.
Listwa montre zentelektyèl nou yo ranmase Nord Alexis kont savan Anténor Joseph Firmin, René Préval kont
doktè Leslie François Manigat, kont Doktè Sauveur Pierre Etienne, doktè Gérard Pierre-Charles, kont doktè Mir-
lande Hippolite Manigat, elatriye. Zentelektyèl yo konplote ak anbasad etranjè pou enterè yo.
Prezidan Jovenel Moise tèlman odasye, je chèch, kap pase nachon an ak pitit nasyonalis yo nan betiz,
ajoute: « Jodi-a nou tout mete ògèy nou akote pou nou asepte fè anpil depasman nan non pèp ayisyen an pou n
sove peyi nou ke nou tout renmen anpil la ki se Ayiti ».Sa ta vle di mesye a pran sila yo ki renmen peyi papa Des-
salines pou yon bann voryen paske se li ak apatrid parèy li yo kap travay pou sove Ayiti yo renmen anpil la. Se
derespektan.
Yon prezidan ki aspete lap dirije yon eta kòwonpi, kap resevwa lòd ak dikte nan men diplomat « de bas
-étage » nan depatman ak anabasad ameriken, ki pa pli ta semenn pase-a monte yon CEP prezidansyèl sou presyon
depatman deta ameriken, jwenn blokay nan men Inyon Ewopeyèn ak Lafrans e jodia ki diw eleksyon ap fèt lè nou
gen yon nouvèl konstitisyon pandan l pa menm konprann « li pa gen ni onorabilite ni konfyans popilè pou l chanje
konstitisyon an » (Himmler Rebu, 2020) e pa pita semenn sa-a li mete kanpe yon asanble konstitwant ak yon bann
vye rat do kale ki sanble kontrarye retrèt yo pou grangou, ta sanble se yon prezidan ki soufri twoub sikotik e ki ta
dwe ap resevwa swen nan yon sant sikyatri.
« Pèp la pare yon siwo kann ak tout foumi pou li » ansyen senatè Lwès Steven Bénoit anonse M Jove-
nel Moise. Mèt Sonel Saint-Louis, yon nasyonalis ekzeptyonèl ki kwè pèp la pare pou fè revolisyon an san elit yo
e l di li pa pwofesè dwa konstitisyonèl ankò nan Univèsite Deta Dayiti (UEH) paske Jovenel Moise chire konstiti-
syon an e sendenden sa-a « konfiske souverènte nasyonal la. M pral rejwenn mas ibèn ak riral yo. Pèp la dwe re-
prann souverènte-a ». Batay la « se nan lari-a men se pa nan manifestasyon monte desann, boule kawotchou,
kraze brize l ye jounen jodia » senatè Bénoit raple pèp souvren an men plito « se nan dechoukay » sa vle di mache
pran tout nèg ak fanm ki fè Ayiti, manman nou tout mal. E Mèt Saint-Louis ajoute « lènmi yo se oligachi lokal la,
se enperyalis ameriken an » men l fè apèl a legliz yo, katolik ak pwotestan, ta sanble l ponkò konprann legliz yo
tou se yon lòt alye entèn anbasad etranjè yo nan peyi-a, lènmi mòtel peyi-a.
Antouka, preske nou tout dakò prezidan Jovenel Moise gaspiye ak avili peyi-a. Lavi tout moun menase
ak banalize. Pou apredye, pa gen rezistans, se yon peyi lap dirije pou li ak akolit PHTK l yo e l se pwoteje Was-
hington. Se oplivit peyi-a dwe bay Jovenel Moise monnen pyès li ak alye l yo pou nou redoubout peyi-a. Lavilo-
kan ak lespri ginen yo peyi-a konte sou nou pou n delege Ogou yo, Damballa Wedo, Agawou Lefan ak Agawou
Gè, Marinèt pye chèch, Aloumandya, elatriye toupatou nan peyi-a pou n fè revolisyon spirityèl la kap mennen nou
nan konstriksyon peyi Papa Dessalines te vle pou nou tout la. Kreyolofoni#40, Novanm 2020
“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay
E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4
M Pa Ekri an Kreyòl Mwen pa ekri an kreyòl
Lang tout ti visye san moral itilize
Mwen pa ekri nan yon lang Pou kraze moral yon lòt kap fè jefò
Ki tounen zoti pou tout move zangi
Mwen ekri an Ayisyen
Yon lang tout politisyen itilize Lang ki preche diyite
pou bay pèp la panzou
Mwen Pa ekri an Kreyòl Ak onètete
Mwen pa Ekri an kreyòl
Mwen pa ekri nan yon lang Lang ke patwon san pidè
Kote tout powèt, ekriven ak latriye Itilize pou rann diplòm inivèsite
Itilize pou fè pwopagan politik tizè Jènn kreyòl pran pa sèvi yo anyen
Men pou jwen yon djòb
Mwen ekri an Ayisyen yo dwe bay diplòm kò yo
Lang manmanm te montre m Mwen ekri an Ayisyen
Lè l te konn ap chante yaya ti Roro e Banda Paske m se yon Ayisyen
Lang ki te konn ap chante bote nati lakayanm
Nèg pap vinn dikte m
Mwen ekri an Ayisyen kòman pou m ekri
Lang ki montre tout timoun
Osias Pierre Richard © Nèg Pwovèb La
respè granmoun ————————
Lang ki retire tripotay
malpalan zèfèyis granmanjè R.I.P
nan vokabilè l Tout fo politisyen ka bay pèp la penzou
Mwen ekri an Ayisyen Tou sak kap kouri pasi pala tankou chen fou
Lang nèg pa ka vinn di m
Tout ti sousou nen plat san ideyoloji
pou m respekte règ kap chache yon pot pou mizè yo ka fini
Nèg pa ka vinn bouche limajinasyon m
R.I.P
Mwen pa ekri en Kreyòl
Lang tout rat pa kaka abiye pran Ak tou boujwa salop kap sèvi ak mizè
Pou ame tout jènn nan tou katye popilè
Pou fè kè grann sòyèt tris aprè sa signe yon chèk pou tou ale nan simityè
Mwen ekri an Ayisyen Anverite kochon sa yo te dwe sonje Vètyè
kote lè pèp la move fè yo tout vole gagè
Lang manmanm te montre m Lektè jounal Kreyolofoni yo si w pa pran yon ti tan
Pou m chante bote bèl fanm Ayisyen pou li powèm NÈG PWOVÈB LA sou paj li kote
powèt la se Pierre Richard Osias, w pèdi twa ka nan
Mwen pa ekri an kreyòl lavi w. Powèm sam yo ka ede wviv san stress...
Lang nèg ak vès itilize pou twonpe
Vijilans ti pèp kap soufri
Mwen ekri an Ayisyen
Lang papa m te di m
Ke Kapwa ak tout lòt nèg vanyan te pale
Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET
Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti
PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949
Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]
MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...
LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5
Sispann di peyi m pòv Bon pa dire se vre
Men yo kite mak
An verite sispann di peyi m pòv NèNè zanmi pa m
Nou gen resous ki pa janm eksplwate
Kondispanm
Nou gen richès kap finn gate A Wi mon chè
Nou gen yon jenès kap finn gaspiye Kou sa fout di atò
Tanpri banm tèt mwen ak Ayiti se peyi pov Nan yon sèl lanne
Ou pa wè se lespwi dirijan n yo Ki pa develope Pwomosyon m nan de orevwa
Yo sèlman fò nan piye ti sak nan kès leta Agr. Nènè ou ak Kenòl
Malgre yo vwayaje yo wè kòman lòt peyi ye
Pran devan
Se movèz fwa yo kap gide yo M swete wout la pa gen pikan
Peyi m pa pòv Mwen di w
Ti Mesye
Se lespwi dirijan nou yo ki kofre Bon pa dire yo
Akòz anbisyon rive vit san travay di Men anverite yo kite mak
Agr. Nènè nèg ki te toujou saj
Yo bliye tout nosyon patriyotis Konsèy li te toujou vo plis ke lò
Ou pa wè se politisyen nou yo Ki avèg A Mon chè depi m di w
Yo bliye si edikasyon se premye pa developman Kou sa fout twò di atò
Pierre Richard Osias, Nèg Pwovèb la. Ou disparèt devan je nou vye frè
Wap toujou rete byen vivan nan kè nou
================ Bon pa dire Mwen di
Men yo kite mak
Si w te nan plas Pèp Onaj Agr. Winer Terlien
la De kondisip ou
Pierre Richard Osias, Nèg Pwovèb La
Kisa w tap fè ================
Ki chimen w tap pran
Lè grangou komanse pike w Kamouflaj
Lè ti moun tonbe malad Zòt pa pè antere verite
Lè lekòl pra l apèn louvri Menm pandan je pèp la klere
Si w te nan plas Pèp la Yap monte anpil komite
Di yap tchoule petwokaribe
Ki sa w tap fè
Lè w wè malere nan yon ti tan rich Kaka bèf la mèt chèch
Aprè sèlman yon ti tan nan politik Anba l ap toujou mouye
Lè Kay pay tounen beton Anpil gwo kachkach
Lè bourik tounen Prado Pa lontan gen pou devwale
Si w te nan plas Pèp la
Nou bliye ti malere
Kisa w tap fè Ki te bay San nan kowoperativ
Lè w tande lajan petwokaribe fè lòt wout
Anvite pèp Ayisyen nayiv
Moun ou pa panse jwen n ladan l tou Vire tounen sistèm lan dwe chanje
Ou oblije vanm ti bet ou pou ka voye Pitit Chili Ti moun Sòyèt toujou paka ale lekòl
Pandan pitit zòt kay Blan ap kale kò l
Panda Pitit zòt ap penpennen nan letazini Pierre Richard Osias, Nèg Pwovèb La
Si w te nan plas Pèp la Se pa tout lè li bon pou jije yon moun pa zanmi li
Kisa w tap fout fè frekante. Gade Jida li te gen bon zanmi wi…
Pierre Richard Osias, Nèg Pwovèb La —————————-
——————————— Lavi a vrèman dwòl. Kon lap maltrete w , li mal-
trete w nèt. Men kon bagay yo kòmanse ale mye
Bon Pa Dire
Sak ta panse jodia tout pòt louvri san fòse…
Pou zètwèl ou ta gen tan file —————————
Kanmarad klas mwen Si w pè tonbe w pap ka kanpe…
Mon chè kou sa di ankò Pierre Richard Osias, Nèg Pwovèb La
IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...
KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6
“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”
Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec
RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531
Pou ki tout pale anpil sa yo pou Premye dam Martine
Moise ki fè yon « lapsus »?
Prezidan Jovenel Moise benyen Podepè ak limyè…
M wè bosal, desandan bosal, afrodesandan ki ponkò janm yon twou san fon ki pa lofri preske okenn opòtinite
jwi Ayiti paske klas aferis la ki etranje e ki kiltive yon pou sila yo ki te chwazi lekòl e ki vle rete onèt. Tonè
mepri pwofon pou nou, ap imilye parèy yo, sè yo, menm fout boule m, m pap janm trayi peyi m pou kras. Con-
sil vòlèz Martine Moise. ficius gen rezon lè l di: « Lòm siperyè chache sak jis,
M pa ka deteste Martine Moise paske l sanble lòm enferyè sak pwofitab ».
avè m, li pa prezidan Jovenel Moise ki te vinn mande vote M pa janm rayi konpatriyòt mwen yo, nou
l pou prezidan peyi-a. Se vre li rantre nan anpil sòs men ka gen diferan. M ponkò janm gen lènmi nonplis, w
eske m dwe rayi l pou m rive nan joure l, pase l nan betiz ka chwazi lènmi avèm paske m denonse w kap
pou yon gaf, yon « lapsus ». gaspiye ak piye peyi papa Dessalines nan. Mwen re-
Premye dam nan ta di « Planter l’eau » e tout spekte enstitisyon peyi m, tout nèt, men m oblije
Moise-hater yo ap nwi l, podyab. Se pa de toya. Mezanmi derespekte frè ak sè, ki gen lonè sèvi peyi-a atravè
chache kote w grate nou, bay madam nan lapè l souple. enstitisyon sa yo, si w se yon asasen, yon vòlè, yon
Visprezidan ameriken Dan Quayle (1991) pat ka eple choul kolon.
« potato »; Prezidan ameriken George W. Bush (2004) pat M pou prezidan Jovenel Moise ale jodi-a
ka fè diferans ant peyi « Austria/Autriche » e « Australia/ menm, jan l vle ale-a, se chwa pa l men m dwe
Autralie », ou byen eske Prezidan Obama (2012) te twonpe rekonèt tou, « probité intellectuelle oblige » depwi
l lè l te di li « li te nan 57 eta » alòske Etazini gen 50 eta. fen mwa septann nan, li benyen Podepè anba limyè,
M sonje m te di an 2005 « Je vis dans le centre-ville » et M pi piti sèzè pa jou. Ak kouran sa-a anpil moun ap
Hebert Docteur m tap pale a te reponn mwen « Vous vivez kreye bisniz, antrepriz ap peye mwens enèji tankou lè
au centre ville ». Menm prezidan Jovenel Moise di EDH se yo tap itilize jeneratris ak achte kabiran, rediksyon
Elektrisite Deta Haytien. Tout moun ka gafe, fè erè sitou si polisyon anviwonman an e sitou limyè tout lannnwit
w pa twò metrize pale an piblik. la pa pwofitab pou vòlè yo. M swete pa gen plenyen
M swete madan Moise reponn kesyon sou zafè lè pou nou peye kouran-an pou kabiran ka toujou
kontra Dermalog la a lajistis yon jou kote « Cour Supé- vinn jwenn EDH. Mèsi prezidan Jovenel Moise.
rieure des Comptes » te bay avi kontrè l sou kontra sa-a. Gen yon plant enèjetik kap konstwi tou
Men Ayiti an danje ak yon prezidan ki pa konn sa lap fè. pou reloje EDH e gen pwomès ki fèt pou 4 gwoup
Olye nou konsantre nou kon mèt Janjak pou n wè kòman elektrojèn. Nou ta prefere se enèji solè men annatan-
pou n kontrent mesye a demisyone pou n ka limite dega dan nou di prezidan Jovenel Moise mèsi anpil. Siw te
yo, yon bann anyen nafè ap fè divèsyon nan rele madam gen yon ekip solid e dinamik nan Nòdwès, genyen
nan « Planter l’eau ». Planter l’eau, est-ce possible (un film anpil moun ki moun tout bon, Nodwès patikilyèman
documentaire, Togo 2019). Al gade wa dim si madam nan Pòdepè te ka benefisye anpil lòt bagay. Tanka mwen
te gafe. Bann aryen nafè. RL#526, 25 oktòb 2020 menm, se demisyon w map tann, w trayi orijin sosyal
————————— ou. W se yon wont pou tout pitit Soryette. W gaspiye
M pou peyi m, Ayiti m renmen pase pwòp tèt pa m. M fè jenès peyi-a ki se yon antreprenè. W trayi zansèt yo.
anpil sakrifis pou m rete viv ladan l sitou nan Pòdepè ki se RL#525, 25 oktòb 2020
Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?
...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... 7
RIBRIK : Sosyete
Jean Charles Moise, yon revolisyonè e lidè
opozisyon-an kont sistèm nan…
Norluck Dorange, Ayiti bezwen w pou
reponn kesyon sa-a prese, prese…
Rapò 2009 RNDDH la te fèm ostil a Jean politik tradisyonalis sa-a, yon banm pati raketè ki gen
Charles Moise. Jan l te konn pale-a tou te menm fè m rele menm ideyoloji, fo goch, nan men anbasad etranjè yo
l « cancre sonore ». M pontkò ka konprann filozofi, ak alye l yo nan peyi-a, nou bezwen yon Dessalines.
ideyoloji lidè Pitit Dessalines nan, m menm te konn rele l Annatandan, nou òganize mouvman-an, an Ayiti tan-
kout pitit. kou nan diaspora-a pou n fè yon lòt epope 1804, lidè
Pwobite entelektyèl mwen ede m korije anpil opozisyon-an a sistèm mafya sa-a ki kraze peyi-a dep-
fo pa nan lavi pam. M kontinye swiv evolisyon M Moise wi lanmò Papa Dessalines nan rele Jean Charles
sou sèn politik la. Pa gen moun ki pafè e se pa plòm ki fè Moise. W fache. RL#524, 20 oktòb 2020
moun edike ou kiltive. M desi lè m tande yon pwodwi
lekòl ak inivèsite kolonyal yo ap trete M Moise « un pri- —————————-
maire complexé ». Anpil nèg ak gwo plòm se yon bann Frè an m, youn nan mentò m, youn nan
idyo, vòlè, opòtinis, kriminèl ak sousou. Sèl lidè opo- Aytien m plis fè konfyans nan lavi m menm si nou pa
zisyon an Jean Charles Moise ki gen kouraj denonse klas dakò sou tout bagay men nou tou de renmen Ayiti pase
politik zaferis sa-a, choul anbasad ak oligachi a depwi lavi nou, m pa tande w, absans ou sou rezo yo kreye
1994, sam rele mwen menm « système d’apartheid éco- yon vid e Ayiti bezwen w rapido presto pou komante
nomique et politique » la e M Moise « gangsters écono- sou RL#522 a. M tande Goebel Cyriaque, yon lòt frè
mique, diplomatique et politique ». lavalas mwen e m preske pa dakò sou repons li yo sou
M Moise te gen dwa « en service et au service reflekzyon l yo. Kouri vinn pote limyè pou frèw. Ayiti
de l’ambassade américaine en 1997 » (Rony Mondestin, bezwen w.
2020) e rekonèt se yon mankman nan fèl yon Desalinyen, W te sispann fè m zonbi, mouton, nan zafè
yon trèt a memwa zansèt li, li divòse. Mwen menm m te legliz kolonyal la. W aprann mwen vinn gen diman-
yon patizan pati Repibliken pandan plis pase 20 lane, m syon kiltirèl, istorik ak spirityèl Jodi-a. Antilavalas pou
te kretyen nan legliz kolonyal la, Katolik ak Mòmon. Jodi kòz paske m viktim de fwa, an 1999 ak 2012, men
-a m pa ni Repibliken ni Mòmon. jodia m toujou pa lavalas men m kòmanse konprann
Madam Edmonde S. Beauzile akize Jean vizyon nasyonalis Jean-Bertrand Aristide la ki koute
Charles Moise asasen, li gen san nan men l li ta di men Ayiti twa koudeta. Kesyon-an poze frè an: Poukisa
dirijan pati politik Fusion an pat ka site non viktim. E nou Aristide sibi twa koudeta? Doktè Jean Fils-Aimé re-
menm dirijan pati politik post-Duvalier yo, konbyen ponn se paske l te devlope elan nasyonalis tankou papa
moun nou touye nan non demokrasi pèpè nou an, enkon- Dessalines. M bezwen tande w frè an m sou dosye sa-a
ptib ak veki nou, nou enpoze pèp ayitien an ak patwon oplivit. RF#523, 20 oktòb 2020
nou anbasad etranjè yo. E nou kontinye ap touye jous jodi
-a. Nou bliye 2000-2004, 2010-2020. G-9 fanmi e alye Se powezi kite chwazi m
jodi-a se echèk nou. Depi lè m fèt
Antouka, jounen jodia, lènmi mòtel peyi Mwen te lanse premye vè m
Dayiti yo se « anbasad etranjè yo ak alye entèn yo ki se Bahbab Dada dada
oligachi-a, legliz ak medya yo » (Dr Jean Fils-Aimé,
2020). Pou rekonkeri Ayiti, manman nou, nan men klas Sa vle di mammy w bèl
Yon moun pa vini yon atis. Nèg Pwovèb la
Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!
Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...
“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8
RIBRIK : Kilti/Spiritwalite
Pèp Ayisyen kale je w/An Nou mennen
BATAY ENTÈLIJANS lan pito
Rodney Bourgoin Blan sa yo konnen Ayiti gen min lò, kuiv, ira-
Kote ki gen sitwayen serye yo pa diskite avni yon niòm, iridiòm, jips , boksyt =aliminiòm ak petwol
peyi sou Tab avek etranje, sitou avni ki ap bon pou epi gaz natirel alò se sa ki fè yo pap janm kite
peyi nwa pa diskite sou tab ak blan. Ayiti trankil. Ameriken ap toujou vle anmède nou
Mwen pa sonje depi ki lè blan te pran yon desizyion pou yo ka mete sanzave san konsyans ki pa ren-
politik ki te bon pou yon peyi nèg. Blan meriken ede men Ayiti sou pouvwa.
blan parey yo an Ewop...ewopeyen ede blan meri- Jounnen jodi a yo vle fè nou batay antre nou pou
ken!!! pouvwa, yo ap fòse fè yon eleksyion ki poko po-
Depi se blan kap fè eleksyion, kap mete prezidan, sib ak yon KEP ke Anbasad yo monte. Si nou
senatè ak depite ou met konnen Peyi Dayiti pa prale pran nan pyèj la apre sa yo pral di nou vreman
okenn kote. paka dirije tèt nou Etazini pral mande tchoul li
Nou se dezyèm peyi ki endepandan nan Amerik la, OEA, ak ONI pou yo vote rezolisyion mete Ayiti
si Etazini t'ap ede nou se pa la nou tap ye. sou titèl pou plizyè lane ankò. Épi apre sa yo ap
Sel sa Etazini ak blan parèy li yo vle pou Ayiti se vini ak traktè, kamyion, kontennè fouye volè ré-
okipasyon, kontwole lamizè, voye zam, touye sous nou yo.
mounn, simaye bandi nan tout kwen peyi a pou yo Solisyion pou Ayiti se lè jeness la, mounn eklere
ka mete nenpòt avadra ou bien avadraz sou pouvwa tout bon vre yo, peyizan yo, ouvrye yo, etidyan
pou anyen pa janmen chanje! Konsa na toujou dis- yo ak bon grenn nan diaspora a mete ansanm pou
ponib pou ede yo ranfose ekonomi pa yo! Gen anpil pran peyi a nan men vòlè ki nan Anbasad yo, nan
nan yo ki opouvwa kounye a se okazyon yo poko ONI, nan OEA, nan klass politik la ak nan sektè
jwenn pou detwi nou tout! yo fè nou benefisye tout privé bizniss lan.
enkonvenyan politik enperyalis / kapitalis yo a san Jodi a nou dwe mennen yon BATAY ENTÈ-
nou pa benefisye anken'n avantaj! LIJANS ki pou pèmet nou rekonsilye peyi a, ini
Apre plis pase 25 lane depi Etazini okipe peyi a enèji positif yo, sanksyone mounn ki dwe
avek nasyion zini, peyi Dayti vinn pi mal. sanksyione yo, fè konferans nasyional la defen
Objektij nasyion zini se detwi tout mouvman ak Turneb Delpé tap plede mande a, padonne mounn
òganizasyion popilè progresis nan peyi a pou pèp la ak group nan mas pep la ki nan gang jodi a ki ka
pa janm rive pran pouvwa vre. Yo pa vle nou swiv padonen, monte yon gouvènman nasyional,
ekzanp Kiba ni Bolivi ni Venezuela etc.. Tout pro- monte yon asanble pou refè konstistisyon an, bati
grè ki fet nan lavi malere nan peyi sa yo se konse- yon plan devlopman, refòme PNH la, refòme
kans liberasyon yo anba titèl Etazini....Se sa ki fè lajistis la, refòme systèm edikasyion an pou nou
olye nasyion zini te ankadre mouvman katye popilè pran yon lòt wout.
yo, nasyion zini pito antann li ak bandi yo pou touye Pran exanp tout bon politik ekonomik, sosyal,
mounn, rache mounn, boule kay yo pou yo ka sis- edikatif etc...ki fèt Kiba, Bolivi Evo Morales,
pann òganize yo pou reflechi sou problem Peyi a. Ekwatè Rafael Correa, Venezuela Chavez/
Epi apre tout zak sal sa yo sekretè jeneral kowompi Maduro, Brezil LuLa /Dilma, Ajantin Nestor Kir-
nasyion zini an pran tribinn pou li felisite bandi Loni chner, pou redwi inegalite nan sosyete a, pou re-
yo pou bon travay yo fè nan touye mounn ak boule tire malere nan lamizè, pou fè yo viv nan diyite
kay yo. yo tout merite viv la ! Se pa enposib se fezab si
Pèp la fè anpil sakrifis pep la goumen anpil pou li nou vle!!!
wè si li te kapab rive mete tout sektè chita ansanm
pou òganize yon konferans nasyional pou poze pwo- « Jodi a nou dwe mennen yon BATAY ENTÈLIJANS ki
pou pèmet nou rekonsilye peyi a, ini enèji positif yo,
blem yo épi chache solisyion ki ap bon pou li. Men sanksyone mounn ki dwe sanksyione yo, fè konferans
olye lenmi blan yo kite sa fet yo pito voye zam nan nasyional la defen Turneb Delpé tap plede mande a, pa-
katye popilè yo, touye e brile kay tout militan politik donne mounn ak group nan mas pep la ki nan gang jodi a
yo. Epi lè yo finn dezòganize tout tantativ nasyion ki ka padonen, monte yon gouvènman nasyional, monte
fè pou li soti nan kriz la, yo di yo vle yon eleksyion yon asanble pou refè konstistisyon an, bati yon plan
devlopman, refòme PNH la, refòme lajistis la, refòme
champwel e mounn ki pa vle y'ap asasine'w. systèm edikasyion an pou nou pran yon lòt wout. »
Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta
NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9
Saint-Michel
BOTANIKA
30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles
RIBRIK : Dwa...
KI DWA FANM KI ANSENT GENYEN
NAN KESYON TRAVAY?
KONJE/REPO/OFATMA:
Antanke fanm ou ka gwòs lew vle e fè mezi pitit ou vle sipèvizè'w pou ba'w 2 peryòd repo sa chak jou plis repo
e enstitisyon w'ap travay la oblije baw 12 semèn konje pou'w manje. (Atik 329 Kòd travay).
plis lot konje'w à chak fwa ou ansent Ou pw'al akouche. Siw se Yon fanm ansent k ap travay ou fè avotman ou-
Enstitisyon w ap travay la gen obligasyon pou li konsève
pòs ou pou ou à chak fwa, sa vlé di li pa ka revoke'w
paske'w ansent. Si à koz gwosès la ou ta malad depiw
gen setifika medikal ou djob ou toujou la, anplwayè a pa
gen dwa manyenl.
Depi yo revoke'w pandan'w al akouche ou pandan
gwosès la rann ou malad chache chemen avoka 'w. (Atik
326 kod travay).
Tout fanm ansent ki ap travay gen dwa ak Yon konje
matènite kap dire 12 semèn.
Si ou se fonksyonè leta ou gen yon konje prénatal 2 se-
mèn sa vlé di 2 semèn anvan ou akouche ou gen dwa ak
konje sa.Apre ou fin akouche ou gen 10 semèn konje
postnatal. (Atik 121 ak 122 dekrè fonksyon piblik 2005)
Si ou ap travay nan prive ou gen dwa tou ak 12 semèn
konje tou, ou gen 6 semèn anvan akouchman e 6 semèn byen ou fè Yon ti moun anvan lè ki pa vyab ou gen dwa
apre akouchman . Anplwayè a ap peye'w selman 6 se- ak Yon konje 2 à 4 semèn. Fok anplwayè-a peye'w san
mèn nan 12 semèn konje sa, lot 6 semèn nan se OFAT- pwoblem. Selman fok ou bay setifika medikal. (Atik
MA kap peyew li. (Atik 320, 321,322 kod travay). 327 kod travay)
Konje sa pa gen anyen pou wé ak lot konjew genyen. Depi anplwayè à vle fè le kontrè chache chimen
Depi yon fanm ansent ap travay, pandan tout gwosès la avoka'w pou fè respekte dwa'w.
li gen dwa a 2 peryòd repo chak jou, chak repo sa yo ap Plumen fè pitit nou jan vle medam depi nou ka okipe
dire 30 minit pou pi piti. Repo sa pa gen anyen pou wè yo. Nou pa gen pou nou ezite pou travay nou, lalwa
ak repo pou manje. pwoteje nou .Nou se manman lavi medam m renmen
Se dwa'w depiw ansent kelkeswa travay w'ap fe a egzije nou anpil. Me Pelex Flereme
Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...
KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10
JENERASYON NOUVEL AYITI
KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND
Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...
Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098
Mwen kanpe bo yon ti rivyè map gade w kap lave Pa janm bliye
ak yon ti mayo blan sou ou. De ti pwent tete w ap
fè m filalang. De bo dèyè w nan yon ti tanga ble Avan w te dokte kote w te konn chita
syèl ap fè kè m bat tankou se tanbou rara Leyo- Avan w te gwo Avoka kote w te konn fe devwa
gann. Men adje ohh m pat konnen si dèyè sa te pa
Pierre Richard Osias, Nèg Pwovèb la
w. Sant cheve w m te vle pran malerezman yo pat
pou ou. Souri w fè zanj nan syèl chante alelouya.
Zansib ou te nwa pase chodyè wanga kay bòkò kap
bay penzou.
Pierre Richard Osias, Nèg Pwovèb La
“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang 11
RIBRIK : Lang Kreyòl
NÈG PWOVÈB LA…
Pierre Richard Osias
DOUKOUNOU Ki Ne Ki Tete
Fyètè w mare andedan Lanati pa janm bay manti
Yon fèy bannann Depi w pa konn chwazi
Ki anpeche dousè Ou deja se yon moun kap soufri
Zantray ou Gade ki Jan w gentan anvi di m manti
pwopaje Zòt Prezidan paske l te gen jaden
Ou fèt ak bon jan Apre kelke mwa tout bannann kankannen
rasinn San eksplikasyon nou rete dan griyen
Ki ba w bonjan Nan gran lakou yap ri n tankou vo na ryen
jèvrènn
Zòt di lè w cho Sila ki yo ki ne
Ou pi bon Selman ki tete
Ou kite tout mak Sila yo ki pa pale
kò w Yo pran yo pou anbete
Ak yon savè myèl Pwomes se det yo toujou di
Kap dekoule gen pwomes ki la selman pou ri
Nan chak fèy yo Ala traka pou yon ti Ayiti
mare w Zòt pran plezi pou bay manti
Chak fwa m wè w (C) Osias Pierre Richard, nèg pwoveb la
M anvi fon kout dan
(C) Osias Pierre Richard, nèg pwoveb la
Oktob te la
An verite map di
Oktob te fon ti pase
Pa rete san pale
Nou sèlman konnen
Kè l te pase li te la
Li ale san menm yon orevwa
Fèy tonbe
Van soufle
Simitye fete
Adje woo
Oktob te la
(C) Osias Pierre Richard, nèg pwoveb la
Le yon limena Razè
Se le sa l an chimerik
Lap woule selman an perik
Estidyo pa ka fonksyone
Zong li komanse deraye
abiman l komanse depareye
douko a komnase degrenngole
(C) Osias Pierre Richard, nèg pwoveb la
SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...
PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12
« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »
Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929
« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo
nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »
KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM