The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2019-04-01 23:55:39

KREYOLOFONI#22

KREYOLOFONI#22

LANE II, NUMEWO XXII AVRIL 2019 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

Eske batay pou ANDEDAN
« unlock » Ayti KREYOLOFONI

1. Hervé F. Lem-
oine ap pale ak
peyi l 04
2. Ayibobo pou tout
fanm ki te 07

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

SAINT-
MICHEL
BOTANIKA

PLANET
FM

100. FM
STEREYO

Ki « lock » depwi Pa Bliye
1806 se vyolans?
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierr e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier re
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

Eske batay pou « Unlock » Ayiti ki « lock » depwi 1806 pou desandan bosal yo se vyolans?
Nan yon repons redaksyon jounal Kreyolofoni an twouve k pètinant a PHTK ak alye l yo

kap trete manifestan yo sovaj, moun kap fè vyolans sou lavi ak byen moun, Lou Evans Arné re-
ponn yo konsa : « Mesyé dam Jilè jòn yo pase a laksyon, kraze, brize, piye, dechouke kont jistis
sosyal, kont lavi chè, eksetera... pou fòse gouvenman Franse a tande yo. Konpòtman sila yo Jilè
jòn afiche depwi plizyè mwa montre pèp la detèmine pou chanje kondisyon lavi yo men si se te
an Hayti sa tap pase, ou tap jwenn yon ekip moun ki pa ka manje ak machann mikro ki tap akize
yon sektè byen detèmine kom kwa se li kap fè dezod, tankou, lavalas, rat pa kk, eksetera…M ta
renmen konnen aksyon Jilè jòn yo nan peyi Lafrans, eske Franse y opa pataje menm revandi-
kasyon ak pèp Haytien an ?... »

Opozisyon politik la panse se « lock » peyi a kap ede Ayiti soti nan statu quo l ye a depwi
1806 or Ayiti selon « opozisyon sosyal » la (Henry-Claude Baltazar) bezwen « unlock » pou bo-
sal ak desandan l yo k ponkò janm jwi richès peyi sa-a. Nou menm Bosal ak desandan l yo pa
janm gen okenn dwa : dwa pou nou manje, travay, al lekol, jwenn laswenyay, poun gen kay ak
sekirite sosyal. Dwa pou nou MOUN…Depwi desan-trèz lane, yon ti « minorite zwit zwit » ap fè
vyolans senbolik sou majorite a, ki pa konn dwa yo. Minorite-a ki se klas dominant ak klas poli-
tik la (ansyen sòyèt ki trayi klas sosyal yo e ki kwè yo se neyo-boujwa ak neyo-milat). Dominan
sa yo kap fè vyolans senbolik la-a sou domine yo, se yon krim deta paske se leta-a de gwoup
asasen sa yo privatize pou toupizip majorite a, abandone nan mizè ak soufrans yo depwi 1804.
Pèp la di l bouke e l ekzije yon chanjman radikal pou tout moun.

Sikolog ak avoka Henry-Claude Baltazar nan yon piblikasyon l titre «Vyolans » ekri :
« Vyolans lan se yon konsèp ki gen tout enpòtans li nan chanjman kolektif oubyen endividyèl.
Sepa yon tè m pejoratif, ni yon jouman, ni yon bagay ki pou yon kategori moun. Tout moun vyo-
lan ! Pou w’ konprann vyolans lan sou plan kolektif, fòk ou li sosyològ Pierre Bourdieu. Vyolans
lan genyen vyolans fizik (nou toujou chita sou li pou n kritike), vyolans vèbal (ki se jouman nou
yo kont moun kap revandike yo) ak vyolans senbolik la ki se kalte vyolans ki pi difisil pou wè a,
ki se sa pa egzanp ki eksplike nan lajan pèdiyèm otorite yo, franchiz gran nèg yo konpare ak ti
malere kap manje nan fatra-a. Pouw konprann sans vyolans/agresyon sou plan endividyèl ou ta
dwe li sikològ John Dollard sou teyori Fristrasyon-Agresyon an. Epi wap konprann vit depi w
fristre ou vin otomatikman agresif, menm si agresyon sa-a ta fèw detwi tèt ou oubyen saw jwenn
sou wout ou. Kòm degi, nou ka li tou Gustave Lebon nan sikoloji foul yo epi na va konprann ke
foul moun pa gen mèt, tout moun pa la-a pou menm objektif. »

Sispann joure pep Ayitien kap chache depwi lendepandans yon minimòm aseptab pou l
viv tankou tout pèp lib. Pèp Ayitien gen dwa gen tout defo men l pa vyolan e se pwoblèm so-
syoekonomik lan ki rann li fistre pafwa. Grangou nan vant, razè nan pòch ka fè yon papa ak yon
mari move kon kong. Men gran Nelson Mandela raple nou « Pa gen pèp sovaj. Gen selman diri-
jan kòwonpi. Kanpe sou dyabolize pèp la. Koute l pito ». E se konsèy sa a Kreyolofoni pote pou
tout Ayitien patriyòt ak nasyonalis san nou pa bliye imanis yo tou. Nou kwè nan twou peyi nou
ye la-a, se yon tèt ansanm ak Fòs Opozisyon Pwogresis (FOP) la dirije pa Jean Charles Moise,
nasyonalis la ak souverenis lan ki vle tankou nou tout ki nan opozisyon kont sistèm « d’apartheid
èconomique et politique » etabli depwi Petion an 1806, ranfòse pa anpil levanten apre Duvalier e
enstitisyonalize ak konstitisyon 1987 la poun chavire l. Enperyalis la pap janm retire nou ladan l
se nou k pou soti pou kont nou paske nan atik 25 chat enperyalis la nou li « devwa nou se kenbe
Lafrik ak lòt peyi nan mond lan nan soudevlopman, lamizè, divizyon, gèyo, kawo pou n ka byen
domine, explwate ak piye yo atravè misyon nasyonzini yo ». Kreyolofoni#22
“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

Hervé Fatini Lemoine
ap pale ak peyi l...

Kisa peyi dayiti genyen k ka fè pa vle n avanse.
zòt toujou bezwen domine n? Kishmane (sa vle di mwen renmen nou- mwen
Listwa. Istwa peyi dayiti ret anfouraye nan memwa renmenw)!

tout pèp sou la tè. E sa bay peyi kolyonalis anpil Semen sa yo, anpil moun ta vle
pwoblèm. sanble y ap swete chanjman. En-
- Lakilti. Peyi dayiti gen yon kilti menm pitit tè a
gen pwoblèm pou l konprann ki jan l fonksyone kyetid mwen genyen, se ki kalite
tout bon. chanjman y ap chèche.
- Teritwa. Tè peyi dayiti se tè sakre. Tè k sakre
nan plizyè sans. Nan sans espirityèl, nan sans agri- 1- Èske se yon chanjman nan sosyete a, kote ta va
kilti, e nans sans touristik (mwen pa p boukante genyen yon redistribisyon richès peyi a kote se pa
lapawòl sous sa). 2 kalite moun sèlman k ka pwofite (politisyen ak
- Moun. Menm lè anpil moun nan peyi ap fè vye komèsan), men tout moun nan peyi a?
bagay, toujou gen de twa vijilan k ap veye, k ap 2- Osnon, se yon gwoup -sektè- k ta renmen kont-
denonse, k ap edike, e k ap brase lide. wòl kès leta a ta vin nan men pa yo pito?
Modòd la se pou n toujou kontinye ap reflechi, sa k Sa k ap mande pou pouvwa an plas la degèpi, ki sa
renmen reflechi yo; kontinye fè sa w wè k bon pou yo genyen pou ofri?
frè w ak sè w. Si w wè, osnon w tande moun ap di -Ki pwogram yo genyen pou montre yo vle chanje
w fòk w al kraze entèl paske l pa menm Koulè avè enfrastrikti peyi a;
w, raple l manman moun sa a se pitit lafrik li ye -kreye travay pou pèp;
tou; kidonk, se frè w ak sè w li ye. -louvri de twa lòt inivèsite;
Yon ti konesans sou pase nou kòm pèp, ap fè n -de twa lopital;
trase bon jan wout pou n konn kote n prale. -lekòl pou pitit pèp la, elatrye?
Si yon moun di w konesans ayè pa enpòtan pou w, Aktivis pou dechoukay yo, ann pale non!
di moun sa a Mèsi anpil. Si se zanmi w, w a kon- Hervé Fanini-Lemoine
prann ki kalite zanmi moun sa a ye. 25 mars 2019

Raple w byen, Istwa n, kilti n, teritwa n,
ak chak grenn moun ki sou tè sa a, reprezante pi
gwo defi nan listwa limanite. Se pa pou anyen zòt

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

YON Ti Rapèl Istorik :
VIV DESSALINES !
VIV TOUSSAINT !
VIV CHRISTOPHE !

Malgre tout bòn entansyon on seri edikatè osnon nwa a. Se sak fè li pa janm fasil pou moun sayo
ekriven, yo paka anpeche yo tonbe ap pale Dessa- konprann lit mas pèp la. Jou yo ta konprann li tout
lines mal, on bò, ak, on lòt bò, Christophe, sitou bon Ayiti ap devlope! Men pi gwo pwoblèm nan se
nan zafè konplo pou te touye Dessalines menm, ti nèg ki jwenn avantaj nan men yo, ki la pou
ansanm ak disparisyon Capois La Mort. Sa pi fò anpeche nèg ekere yo pase. Se yo pou nou pi
ekriven milat yo te ekri, plis sanble on pakèt man- krenn! Se pa etonan kelke ekriven ki soti nan Sid
sonj byen òganize ki pa fasil pou detekte, si wap li peyi a te toujou e kontinye ap sipòte kòz milat yo.
san on bon sans kritik. Pandan pase plis 50 lane Se paske se la milat yo ak Blan franse yo te plis
apre lanmò Dessalines, lenmi, sètadi tout move lidè konsantre. Fò nou pa bliye milat yo te toujou ap
milat yo, te drese tout on kanpay pou denigre sipòte lesklavaj. Pa bliye nan lane 1799 yo tout te
Christophe. Yo te menm pase lwa pou pa lonmen pran zam kont Toussaint, Dessalines ak Chris-
non Dessalines. On tophe. Yo te toujou
fason pou popilasyon rayi mas pèp la ki
nwa a te revolte kont nwa. Se apre lanmò
Christophe. Lenmi yo Leclerc ki tap dirije
te reyisi lè nap gade lame Fransèz la, Ro-
sak te rive apre lanmò chambeau te vin trayi
wa Christophe. E se yo. Li te touye on
move travay milat pakèt ofisye milat
sayo ki mete peyi a pami yo. Se sa ki te fè
nan vye eta kote li ye milat yo te vin fè on
depi apre lanmò wa lòt kalkil: Sèvi ak lidè
Christophe. Anpasan nwa yo pou kraze ti
Mwen pa vle akize rès Blan yo. (Blan ki
tout milat nan zak sila te siviv apre gwo ba-
sayo. M toujou panse tay ki te fèt kont lame
genyen bonjan milat ki bay vi yo pou peyi a, tan- gouvènè Jeneral Toussaint an.) Se gras a Chris-
kou genyen move moun nan mitan mas pèp la ki tophe peyi a te kenbe fòs ekonomik ak politik li ak
sèlman wè enterè pòch to e ki te fè anpil krim sou onè tout ayisyen nan mitan monn entènasyonal la.
popilasyon an. Men se pat ni Dessalines ni Chris- Atansyon odyans lan lè nap li vye bagay kolabora-
tophe! Se sak fè mwen rejte tout akizasyon lidè tè milat sayo ekri. Sonje yo la pou kontinye simen
milat moveje yo te fè sou wa Christophe kote se sèl divizyon nan mitan nou menm e pou nou pa janm
li menm nan epòk la ki te kontinye ap batay pou fè konfyans a lidè nwa nou yo osnon pwòp tèt nou.
defann enterè peyi a ansanm ak mas pèp la kont abi Depi on pèp pa genyen bon modèl, li vin vilnerab!
milat yo. Verite se on limyè ki klere toupatou. Se li Se nan pale Lidè nou yo mal konsa, yo soti pou
pouki gid nou. Pa janm kite yo fè nou vire do kont detwi nanm nou an menmtan. Konsa nap pèdi tout
pwòp lidè vanyan peyi nou an ki te bay vi yo pou te bon modèl nou yo. Nap vin tounen on pakèt mou-
retire nou tout nan lesklavaj Blan yo ak tout kola- ton egare nan savann. Ou pa wè se sa pifò pèp nou
boratè milat yo. Paske majorite milat yo pat janm an tounen jodi a? Kòm renmèd, An nou kontinye
esklav e yo te gen aksè a on edikasyon fòmèl. Se mete tèt nou ansanm ak rele ak tout fòs nou : VIV
yo ki te doktè, ekriven, enjenyè, avoka, edikatè, DESSALINES! VIV TOUSSAINT! VIV CHRIS-
etc... lè Blan franse yo pat la ankò. Se yo ki te vin TOPHE!
ranplase Blan franse yo ak tout prejije kont mas J Dorcely

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

Reflexion loufoque#197 :
Zòt akize Francisque kap denigre

prezidan Jovenel Moise...

Yon nèg ki renmen Ayiti pap fè, ni di ni ekri anyen Se Francisque ki UCREF ki nan rapò l di prezi-
pou sal imaj peyi a...M ponko janm fè sa yo...M re- dan an se yon INCULPE nan zafè blanchiman
konèt m konn trè asid anvè prezidan an Jovenel lajan sal. Nou pat gen kouraj pou n te mande
Moise menm jan m t konn asid anvè René Preval, prezidan Jocelerme Privert mete Jovenel Moise
Jean B. Aristide ak Joseph M. Martelly...M asid anvè deyò nan eleksyon an. M te mande sa mwen
opozisyon sa-a ki la-a tou. Se dèyè peyi m kanpe...Ki menm...E wou ?
moun ki ka rewpoche sa a… Se Francisque ki CSCA a ki endekse prezidan
M renmen peyi sa-a anpil e m fè sakrifis pou m rete Jovenel Moise kom youn nan lapidatè lajan Pe-
viv ladan l. Malgre jan l ye la-a se la m santi byen. tro Caribe a...M te mande pou prezidan an demi-
Manman m te voye m etidye kay Tonton Sam, m syone...E wou ?
chwazi tounen nan fatram, nan labou m, nan ma- Se Francisque ki fè prezidan Jovenel Moise vin
rengwen m, nan blakawout mwen, kote m pa gen yon rigolo nan bay manti. Preske tout timoun
dwa malad paske pa gen ni doktè ni lopital, jalouzi ak nan peyi a pa dako pou yo rele yo Jovenel...
wanga fè w pa ka kontinye sa manman m te konn fè. Se Francisque ki mande prezidan an vann peyi a
M pa menm ka yon kazèk nan peyi sa a. Se yon peyi ak meriken pou l ka fini manda l. Vot Venezuela
vagabon, vwayou, asasen, kontrebandye e m reziye m pa ekzanp ale kont tradisyon peyi a depwi 1804.
vivote ladan l kwak mwen konnen lavi m ka fini a Hugo Chavez depwi 2006 rekonèt Hayti tankou
nenpot ki moman. Yon bal nan tèt. E yo tante sa deja yon peyi se e ede nou nan prè 4.2 milya dola pou
de fwa an 2003 m te nan GNB e an 2010 m te sipote n batay kont grangou ak povrete...Pou mwen
madan Mirlande Manigat… Jovenel Moise ap gaspiye peyi nou an...Fè kòb w
Depwi 2004 m nan opozisyon kont sistem politik sa a se dwa w.
ki privatize leta a pou klas posedant lan ak politik la, Gen anpil lòt dezòd prezidan an fè ki fè peyi a ap
depwi novann 2017 m kont Jovenel Moise kap gas- rantre nan twou chak jou. Se peyi m tou m gen
piye peyi nou an, depwi 2011 m kont opozisyon tèt yon ti moso ladan l. W paka anpeche m fache,
chat ki regwoupe yon bann ansyen volè leta...Map fistre, move kon kong...Se dwa m…
mande tab raz depwi plis pase 5 kan, revolisyon dep- Se pa mwen kap denigre prezidan Jovenel
wi 2004...M kontan we anpil moun rejwenn mwen e Moise, li denigre tèt li pou kont li...Viv Ayiti.
kap mande tab raz la tou jodia...M wè zòt akize m Viv yon Ayiti pou nou tout…
map denigre prezidan an, m pa konprann…

Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... 7

RIBRIK :

Ayibobo pou tout fanm
ki te kanpe ki te di fok chèn nan te

kanse nan pye nou !!!

Ayibobo pou fanm tankou Cecile Fatima, Marie- yo fè yon bagay pou Ayiti, pou tout moun ka gen
Jeanne, Sanite Bel-Air, Claire-Heureuse, Marie- aksè ak lopital, ak bon dlo, bon lekòl elatriye, pou
Sainte Dédé Bazile( Defile-la-Folle) elatriye.., lòt jenerasyon ayisyenn lan pa kite peyi a e pou
Ayibobo pou yon fanm tankou Tante Tòhya ki te yo ka viv byen nan peyi a
trase chimen an pou seyè Jean-Jacques Dessalines, Fòs ak kouraj pou ou fanm, yon fanm depi wèl ou
se sak fè vanyan gason sa te rele Issa Tòhya anvan wè lavi, ou wè boujon lespwa, yon fanm depi wèl
yo te chanje non li nan koloni ou wè nouvèl ayiti a, ou pa k
an, Fòs ak kouraj pou tout lòt pa kanpe pou gadel,
fanm kap lite pou yon lòt Ayiti, yon bèl fanm, fanm nòmal,
pou #Ayitinouvlea tout bon, fanm ki gen fanm sou li,
Ayiti se yon fanm, se paske se fanm ki k vire ĺòlòj gason,
fanm yo ki te kanpe anvan nan famm ki ka chanje Ayiti e ki
esklavaj, ki te di nou pa dwe ka fè nou reve e jwenn
kite pitit nou yo vinn gen chèn #Ayitinouvlea
lan nan pye yo, paske pandan Menm jan lòt fanm yo t fèl
epòk esklavaj la, gason pat gen nan koloni an,
dwa chita ansanm pou yo te pale batay chanjman se nou menm
paske kolon yo te toujou pè pou fanm ki ta dwe konmansel, se
yo pat mare konplo nan koloni yon batay ki dwe kontinye
an, jiskaske nou jwenn mwatye
Men fanm yo te kapab paske fanm nan palman, nan pòs
kolon yo pat panse ke medam ministeryèl yo, lè sa ap gen
yo te ka mare konplo a, Se nan chans sa fanm yo te mwens dezòd nan kay la, paske depi wè fanm ou
genyen an, yo te profite chita ansanm pou yo te ex- wè lòd, ekonomi ak anpil progrè.
plwate moman sa yo pou te fè mouvman nan koloni Bon jounen 8 Mas a tout fanm, espesyalman ak
a. fanm ayisyenn yo.
Se nan chita ansanm, yo ta pral vinn jwenn vanyan Ke lespri Dye ki kreye limanite a ki te nan Cecile
gason ki rele Boukman, Makandal ak seyè Jean- Fatima,
Jacques Dessalines (Issa Tòhya), pou te ba yo fòs ki klere chimen nou, akonpaye nou pou nou sove lòt
te di yo, nou k kase chèn lan. jenerasyon kap vini a e pou jwenn #Ayitinouvlea
Fòs ak kouraj pou yon fanm tankouw ki gen kran e Bon joune 8 mas nan yon refleksyon pou chanje
ki kontinye anko ap batay pou #Ayitinouvlea, kote mantalite moun!!
sa pral chanje tout bon. Pierre Motler St-Jacques
Nan okazyon jounen mondyal fanm lan, ke tout Sovaj anraje kap chache libète'm ak frè'm ak sè'm
fanm ayisyen konmanse chita ansanm, pou yo di fòk yo.

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Sosyete

Se pa sèlman pou kesyon dlo a rejim Divalye
te fè masak Kazal la

Ayitipost.com March 30, 2019 yo PUCH te chwazi pou planifye batay la nan
27 Mas 1969, rejim diktati François Duvalier a Kazal.
masakre 23 moun nan Kazal. 27 mas 2019 fè sen- Zafè rivyè « Tòsèl » la gaye wonn nan
kant lane,dat pou dat, depi evènman sa te Gen yon rivyè ki travèse Kazal ki desann al Ka-
rive. Memwa viktim ak rezistan rejim bout di sa a barè yo rele « Tòsèl ». Otorite yo nan Leta te pase
rete grave nan lespri moun Kazal. lòd se 2 jou sèlman yon agrikiltè dwe wouze
Kazal se 4e seksyon komin Kabarè ki te rele Duva- jaden li. Nenpòt moun ki pa t obeyi anba lòd sa,
lierville nan moman evènman sa te pase. Selon jou- yo arete w, woule w anba baton epi fè w peye yon
nalis, istoryen Bernard Didriech gen 23 moun ki amand 50 goud anvan w jwenn liberasyon. Se
pèdi lavi yo anba bal ak kout manchèt makout pan- konsa « Choukèt lawouze » ki se non milis diva-
dan masak sa. Pou n lyeris nan zòn andeyò yo, ta pral fè anpil abi, en-
te fouye pi fon koze jistis.
sa, nou te al patisipe Jou ki te 27 mas 1969 la, kòmandan pòs Kabarè
nan 50e komemora- a bay lyetnan Adage lòd pou l al arete Jérémie
syon evènman sa nan Eliézer nan Kazal akoz li te wouze jaden li pan-
Kazal, jou mèkredi dan peryòd entèdisksyon an. Moun zòn nan ak
27 mas 2019 la. Se militan PUCH yo leve kanpe. Yo fè makout ak
òganizasyon Devoir militè yo fè bak epi yo al desann drapo nwa e
de mémoire Haïti, wouj Divalye a pou monte sila ki koulè ble e
Gad Kazal ak Fon- wouj la.
dasyon Lorquet ki te Ekriven, ansyen militan kominis ayisyen, Réné
reyalize aktivite sa Dépestre ki t ap anime yon pwogram kreyòl nan
nan lide pou salye radyo « La Havane » depi Kiba, retransmèt
memwa viktim yo. sitiyasyon ki t ap dewoule nan Kazal la. Li
Kazal : ansyen baz rebelyon kominis ayisyen deklare « se moman pou tout ayisyen leve kanpe
kont Divalye pou ede revolisyonè yo nan Kazal pou yo kapab
Nan lane 1959, ekriven maksis Jacques Stephen kontinye operasyon sa ki kapab premye batay
Alexis fonde pati politik PEP (Parti d’Entente Popu- liberasyon nasyonal la »
laire). Malgre rejim Divalye a te touye Alexis an Egzekisyon, vyole tifi, boule kay : mak fabrik
1961, pati a te toujou ap fonksyone. Se konsa ofi- represyon an
syèlman 18 janvye 1969 PEP pral fonn ak yon lòt Rejim divalye a pa te pran tan pou l reyaji fas ak
pati yo te rele PPLN (Parti Populaire de Libération sa ki te pase Kazal la. Se konsa militè ak milisyen
Nationale) pou vin bay yon nouvo estrikti politik yo ki soti Pòtoprens kazèn Desalin, Akayè, Kabarè,
rele PUCH (Parti Unifié des Communistes Mibalè, ansèkle zòn nan.Yo touye 23 moun ak
Haïtiens). bal epi kout manchèt selon chif jounalis Bernard
Se pati sa depi nan lane 1967 yo ki te tanmen yon Diedriech rapòte. Pami yo, Alix Lamaute, La-
batay kont rejim divalyeris la. Se konsa, dirijan pati marre Saint germain ki te 2 nan prensipal respon-
yo pral deside enstale yon baz rezistans nan Kazal. sab PUCH, ki mouri nan afwontman. Jounalis la
Men baz sa t ap konekte ak 2 lòt kote ki se Akayè fè konnen toujou, pati a pa te ka voye ranfò nan
ak Kabarè. Se sa dènye sekretè jeneral pati a ki se Kazal. Sèl sa yo te rive fè se lanse 2 grenad nan
René Théodore te rele « El triangle Che ». Lide a Pòtoprens nan « “Petit bar de l’ami Eugène » ki
sete mete sou pye yon fwaye rezistans nan mòn yo se yon espas kote makout yo konn reyini. Yon sèl
nan Kazal, ki pral grandi epi atake Pòtoprens. Modèl nan grenad yo eklate. Li blese yon dizèn moun.
geriya sa te vle sanble ak modèl revolisyonè Kiben Nan Kazal plis pase 80 moun disparèt, plizyè jenn
yo te enstale nan mòn Sierra Maestra anvan revoli- tifi ki gen 13,14 lane vyole, plizyè dizèn kay bou-
syon 1959 la. le daprè temwanyaj òganizatè aktivite komemo-
Alix Lamaute, Roger Mehu se 2 prensipal moun sa rasyon yo.
Suite en page 09

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Sosyete

Se pa sèlman pou kesyon dlo a rejim Divalye
te fè masak Kazal la

Anselme Benoit ki se yon reskape masak la ki gen
86 lane rapòte nou : « Mwen fè 6 jou nan kache.
Mwen te gen 2 frè m ki te nan zafè kominis la. M te
oblije mete kòm deyò al kache yon kote byen lwen
ki rele Sen Jozèf. Tout moun pè pote manje pou
mwen, yo pè kò yo, grangou vle touye m. Se pandan
m nan kache mwen aprann yo koupe tèt Alix ak
Germain (ki te zanmi m), pote bay prezidan. Pou m
pat mouri grangou, mwen soti. Yo arete m, yo bat
mwen. Te gen yon chèf yo rele Arnel Bout Ponyèt,
li di : djake misye non ! . Bò 6 zè yo pati ak mwen
pou al fizye m. Yo mare m 2 bwa dèyè do. Yo di m
fè dènye priyè m. Mwen di Bondje m peche, men m
pa yon kriminèl. Ou va resevwa nanm mwen. Mwen
di yo fouye tou a pi fon pou sant mwen pa anmède
moun. Se konsa yon n ladan yo di “si n fizye misye
n ap gen anpil pwoblèm”. Se konsa yo transfere m 50 lane aprè masak la, moun Kazal ak kèk en-
nan prizon Kabarè.» stitisyon lòt kote kontinye onore tout viktim ak
Represyon an te kòmanse 27 mas pou fini 11 avril rezistan ki te asasine pandan èvènman yo. Nan Ka-
1969. Militè ak milisyen yo te egzekite epi antere zal se te mès aksyondegras, mach ak fanfa, ek-
majorite viktim yo anba yon gwo pye kenèp ki nan spozisyon, teyat ki te fèt jou 27 mas nan memwa
rantre Kazal. Jounen jodi a yo bati yon plas nan viktim yo. Isit nan Pòtoprens, Kolektif fotograf
espas sa. Li pote non « Plas rezistans ». Lè yon K2D nan tèt kole ak Fondasyon Konesans ak
moun vizite plas la, w ap kapab wè non kèk moun Libète (Fokal) òganize yon ekspozisyon foto sou
ki te tonbe nan represyon an. masak la tou nan lide pou rann omaj ak sila yo ki
te tonbe nan Kazal an 1969.
Feguenson Hermogène

Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND

Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...

Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098

Réflexion loufoque#207...
Repons aprè diskou prezidan Jean Bertrand Aristide a nan gradyasyon UNIFA 2019 jije enkoyeran pa
Francisque…
M renmen koute gran oratè Jean B. Aristide lè lap fè diskou menm si m preske toujou pa dakò ak konte-
ni diskou l yo. Se pa gran frèm pou ap mande « kot kòb Petrocaribe a pandan genyen yon rapò Ko-
misyon dankèt administrativ Paul Denis ki te mande mete aksyon piblik an mouvman kont ansyen pre-
zidan Aristide pou vòlè lajan leta. Konsa, m solisite yon replik pwopòsyonèl bò kote doktè Jean L.
Theagene a prezime vòlè lajan leta Aristide « lè lakou mouton sal se pa kochon an k pou di l sa a ».

Fòk gen ni kòb, ni kòd nan dosye #PetroCar-
ibe a. Nou pa gen kouran, men nou pran nan
kouran PetroKonsyans lan 24 sou 24 » ! JBA

Réflexion Loufoque#206
Konbit Nord-Ouest, Le Novateur ak Kreyolofini rejwenn Fos Opozisyon Pwogresis FOP) la...
Nasyonalis, souvrenis, minisipalis Ki vle mete fen a sistem Ki "lock " Ayiti pou bosal ak desandan l yo
depwi 1806, Jean Charles Moise rejwenn nou nan batay nap fe depwi 2004 poun "unlock" peyi a pou
tout moun.
FOP Ki vle travay ak tout moun Ki gen yon santiman dapatenans, Ki bouke ak peyi "lock" pou bosal yo
kote klas posedant lan (se pa tout) ak klas politik la (soryet ki trayi klas yo) ak entenasyonal enperyalis
la (Washington, Ottawa ak Paris san nou pa bliye ONU Ki se zouti enperyalis la) konplote pou peyi a pa
janm "unlock" pou majorite a.
Se moman krisyal pou tout desandan bosal yo mete yo ansanm, milat kreyol, levanten kreyol ak bosal
yo pou n konstwi yon peyi sans fos kote. Fok nou chanbade statu quo Jovenel Moïse reprezante jodia
pou n mete yon gouvenman provizwa pou twa zan...

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang 11

RIBRIK : Sa zòt di...

Salè minimum vote pa chanm depite a
demaske Forum Ekonomik lan/Jiska jodi a

nou sou bidjè 2017 - 2018 toujou

Salè minimum vote pa chanm depite a demaske haïtien, a décidé d’arrêter son plan d’expansion et
Forum Ekonomik lan les perspectives de création 20 000 personnes au
parc de Caracol. »
#LeReCit AlaPay !
Dosye salè minimòm sa montre nivo demagoji sektè
prive aysyen an, ki olye yo chita ak pouvwa eli pou
=====================
jere peyi-a, ap fè mèt dam. Réginald Boulos ak yon Jiska jodi a nou sou bidjè 2017 - 2018 toujou
bann lòt manb Fowòm ekonimik sektè prive sa-a Ayiti se sel peyi kote nou a 6 mwa pou ane fiskal
pase tout tan yo ap repete se pou leta ogmante salè la fini bidjè pa janm vote nan palman.
minimòm. Kan Chanm Depite a ogmante salè mi- Jiska jodi a nou sou bidjè 2017 - 2018 toujou.
nimòm lan, yo tonbe rele di sa pral lakòz anpil izin Se sel peyi kote tout nèg yo fèmen ponp gaz yo
fèmen. Alòs, pouki sa jwèt mèt dam sa. Se latwou- epi y'ap bay ti machann vann nan galon kote yo
blay moun sa yo vle mete nan peyi-a. Se politik de- peye yo sou pousantaj.
magoji yap fè pou pyeje prezidan an mete anfas mas M'ap raple pou tout moun ke jedi swa pou ouvri
pèp la. vandredi anpil gaz antre okap epi depi nan van-
Menm moun sa yo te apiye, bat bravo pou akò prezi- dredi swa pou ouvri dimanche laten neg yo fèmen
dan Jovenel ak FMI kite gen obligasyon ogmante pri ponp yo pou fè machè nwa e jiska jodi lendi a
gaz la. Fowòm ekonomik sa te bat bravo pou FMI, okap se nan lari pou trouve yon galon gaz pou
apresa kan pèp la fache, yo menm ankò rale kò yo 600g pandan tout nèg fèmen gaz yo lajounen as-
ap kritike prezidan Jovenel ak Premye minis Jacky wè yo plen dwoum pou demen pou bay vann pa
Lafontant, fè nòt soti pou di peyi-a ap mal jere. galon.
Prezidan Jovenel Moise a manyè konprann si li vle. Malerezman pou pèp sòt ki kite yo ap fè l kwè se
W paka ap swiv sa moun sa yo ap di. Se demagòg opozisyon ki bloke peyi ou ki pa vle peyi mache.
yo ye…pitit mawon se mawon. Si nou te konn bout nou tap leve an blan mache
Nou bat yon gwo bravo pou Depite yo ki mete yo pran vagabon sa yo lakay yo ,nan biznis yo.
devan sa yo tap mande a : ogmante salè minimòm Chita detwi moun k'ap defann dwa nou pandan
lan. Konnyè-a, jwèt pou Senatè yo. pouvwa sa ap anfonse nou nan twou.
Gade deklarasyon sektè prive a : Map raple n ke se pa opozisyon ki fè bidjè pa
« Chambre des Députés, le 26 mars dernier, d'une janm vote
proposition de loi augmentant significativement le Se pa opozisyon ki fè anplwaye leta pa ka touche
salaire minimum entre 41.6 et 87.5% selon les sec- Opozisyon pa gen lajan leta nan men l kidonk li
teurs dont 78.5% dans les industries d’assemblage pa ka gaspita w
tournée vers l’exportation (textiles notamment) et Se pa opozisyon ki koz pri prodwi yo ap monte
les nombreuses réactions négatives de cette dé- konsa.
marche à caractère politique. » E bwana deja anonse a pati de 3 avril pri tout
« La modification de la loi sur le salaire minimum prodwi l ap monte tankou ": kola, prestige, toro,
par la chambre des députés n’est pas sans effets. raggaman... "
Elle a crée de la « panique » et « fait poindre le Rete ranse jours opozisyon na we l pi ta
spectre d’une augmentation plus importante de Dol Jacob
l’inflation », a confié au journal le président de Angaje pou yon lot Ayiti
l’Association des industries d’Haït, Georges Sas-
sine, vendredi 29 mars 2019. Il y a déjà des anticipa-
tions négatives au niveau la sous-traitance. Par
exemple, S and H Global (SEA), plus de 13 000 ou-
vriers, le plus gros employeur du pays après l’État

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version