The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2023-02-17 07:05:55

Kreyolofoni#67.pub

Kreyolofoni#67.pub

Pierre R. Osias: Nou te yon nachon fyè... Sponsorisé par KREYOLOFONI LANE V, NIMEWO 066 JANVYE 2023 CHAK MWA ANDEDAN KREYOLOFONI Edito: Sen Valanten pa fèt lanmou, sispann fete l p.3 Bito David: Lè zam ou sévi plis pou represyon… p.4 Pa Bliye Pèsonn pa ka repwodwi atik jounal sa a san otorizasyon redaksyon an Redaksyon an pap publiye atik san non san adrès NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID TAP TAP MULTISERVICES TOY SHOP PLUS BOTANIKA PLANET FM 100. FM STEREYO


2 Edite ak Enprime pa KREYOLOFONI 38 48 58 90 KREYOLOFONI Fonde 12 avril 2017 par Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles Propriyetè : KREYOLOFONI Depo Legal : ISBN PDG : Pierre Richard Osias Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles Administratè : Relasyon Publik : Trezorye : Redaksion : Publisite : Rubrik Spò : Rubrik Kultu : Dieunou Maurice Fotografi : Wilgens Devilas Grafis : Ebens Pierre Teknisyen-Enprimè : Mesaje : Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie 59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti E-mail : [email protected] Telefòn : (509) 3848/5890 Email :[email protected] Website : www.lenovateur.webnode.com KONBIT NORD-OUEST POUR UNE NOUVELLE HAYTI (KNONH) Parti Politique Régional & Moderne Faites-vous membre pour le désenclavement et le dévéloppement du Nord-Ouest. Appelez aux # 36 53 65 84 38 48 58 90 Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo... SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN


3 Sen Valanten pa fèt lanmou, sispann fete l? 14 fevriye, preske toupatou sou latè, se jou yo fete « Saint Valentin » e koup yo, marye ou plase, echanje kado antre yo. Kèk istoryen fè kwè lorijin fèt sa-a ta remonte nan Moyen Age pandan yon festival payen tap selebre fètilite ou ekzekisyon youn ou de mati. W tande koze? « Saint-Valentin », se yon mati legliz katolik te dekapite nan 3e syèk yon 14 fevriye pake l te transgrese entèdiksyon women yo nan selebrasyon maryaj yo. 15e syèk an Grand Bretagne, fèt « Saint Valentin » te konn selebre pou make aparisyon zwazo yo. Bagay ki pa gen pou wè ak lanmou ditou. De syèk apre, Pap Gélase 1e deklare l sen patron amoure yo e enstale « Saint-Valentin » 14 fevriye, menm jou legliz katolik te koupe tèt li a. Men ki lòbèy nap selebre an Ayiti kote pi fò nan nou nye orijin fèt sa-a. Viv nan tradisyon, kilti ak spiritwalite lòt pèp se pi gwo malè peyi a. Nou se afriken. Pa pran m pou yon konesè, m te konn fete « Saint-Valentin » tankou tout moun, fé echanj kado tankou preske tout moun, fè pil lanmou jou jou noua septe se jou lanmou an. Jous yon jou m poze tèt mwen kesyon sa a: Èske lanmou ekziste pou gen fèt pou lanmou? Pi gwo definisyon m te gen pou lanmou se nan legliz « Jésus-Christ des Saints des Derniers Jours (Mormons) » m te jwenn li nan yon jounal. « Lanmou se yon mo ki defini karaktè diven Bondye ». Pou renmen, m te kwè pandan bon ti tan, se lanmou w gen pou Bondye a ki fè w renmen tèt ou e ki fèw renmen moun, tout moun, pa sèl konpayon w pataje tout bagay, yon vi, ansanm. Men anvan 1996 lèm vin manm legliz la, m pa t konsevwa lanmou konsa. Se afeksyon san atachman lanmou te ye pou mwen paske w depwi nan atache w vinn damou, pasyonèl, w ka pèdi tèt. M pase plizyè menaj, m menm marye ak yon premye fanm, nou te renmen, men pat gen lanmou. M divòse san sipriz, nòs la pat chita sou lanmou, men erè grav m komèt m pa t dwe fè pitit. Se yon krim paske lè deblozay la, timoun yo se gwo viktim lan. M marye yon dezyèm fwa e se pou te fè legliz plezi paske dezyèm madanm nan se pa yon moun m te menm twò konnen. M andedan legliz fwa sa-a, lanmou Bondye nan mwen ka fè maryaj sa-a yon siksè. Byen konte mal kalkile, m divòse yon dezyèm fwa. M pa dakò fè tankou plizyè nan nou, rete anndan yon lanfè pou fè legliz ak sosyete plezi. Nan dezyèm maryaj la, m devlope anpil enterè pou lanmou. M konnen gen twa tip lanmou e nap site Ann -Laure Gannac (2021): (1) Lanmou pasyonèl (eros), lanmou amitye (agapê) ak lanmou pwofon (philia). M rive konprann si w ka zanmi anvan w renmen ak yon moun, relasyon an te ka pi rasyonèl. Zanmitay la te ka anpeche kont e fè rekonsilyasyon yo pi rapid. E si gen zoklo ki bay, si w renmen, èske w pare pou padone? Kretyen yo, pou Hébreux 12:15, si konjwen w gen yon lyezon (adiltè) dwe reziste a tantasyon e pa rann mal pou mal. M pèi. Men Jezi di depwi gen enfidelite, nan Mathieu 5:23, w ka divòse menm si l pa defini enfidelite a. « Adiltè, vyolasyon sèman fidelite a ou te fè a konjwen an » alòske « enfidelite, se delwayote, trayizon nan relasyon an ». Pou mwen adiltè ou enfidelite, se de gouden ak senkant kòb. Men plizyè seksològ klè kon dlo kòk, depwi yon fanm twonpe mari l li sispann renmen l otomatikman. Tout lanmou l te genyen an transfere al jwenn patnè li pataje ak seksyèl avè l la. Men seksològ yo dakò tou, gason ka renmen plis pase yon fanm e renmen yo pou rezon diferan. Poukisa l pa menm jan pou fanm tou? Poukisa diskriminasyon sa a an Oksidan? Antouka, pou mwen, lè w renmen, w pa twonpe, si w twonpe, w sispann renmen. E konsa pa dwe gen padon. Kòman w explike de moun renmen rive marye, yo fè pitit e konstwi yon vi ansanm. Pou kelkeswa rezon, yo deside divòse, e youn rayi lòt, youn anvi touye lòt. Kote lanmou sa a te ye la a ? Yon mari konstwi yon kay sou teren madan m nan te genyen anvan maryaj. Divòs mete pye, mari a prefere kraze kay la jis pou l pa kite l pou mandan m li konstwi yon vi avè l pandan 20 lane. Lanmou? Medam, mesye. M renmen, renmen tout bon, men m pa damou paske m wè sa separasyon ak divòs pote, èn ki se opoze lanmou an. Depwi, m etidye Lafrik m konprann e asepte poligami se kilti nwa yo. Madan m mande mari yo pran dezyèm, twazyèm madanm. Pa gen twonpe madanm, se nòmal men an Ayiti legliz kolonyal la enpoze yon kwayans ki an depaman ak kilti, spiritwalite nèg. Annou sispann fete lòbèy « Saint Valentin » legliz katolik chak 14 fevriye. Renmen fete chak jou. Se fanm ki damou paske anndan kilti, spiritwalite, tradisyon afriken yo, gason yo poligam, e malgre yo enpoze nou Ayitien tradisyon jideyo kretyen an, men li pa anpeche nou dòmi anndan plizyè kay, gen plizyè pitit ak plisyè madan m, fanm deyò nou di men madan m kan menm. Sèm yo, batay difisil, men ajisteman, si nou fè l, ap elimine jalouzi ki se yon kansè, e sitou ede chanje sosyete nou an. Pa janm bliye nou se afriken e nou gen yon kilti ki pa oksidantal. Edito#67, Kreyolofoni, fevriye 2023 ―Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a‖ D. MacKay EDITORYAL LA KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU


4 Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti PDG Ralph Moreau Tel : 3154-0909/4250-4949 Captez la radio en ligne : www. radiopla[email protected] Zam ou ta dwe la pou revolisyon Pou pote chanjman nan yon ti nasyon Kont tout vye bandi ak oligachi Se pèp ak tèt ou ou ta dwe sèvi Polis ak lame depi dikdantan Se zouti represyon ak poto mitan Ki kenbe chapant yon vye sosyete Ki gen fòs kote inegalite Jou gen yon polis avèk yon lame Ki fòs pwogresis ki kab dezame Bandi ak tiran tout kominote Se jou sa a n ap gen yon bèl sosyete MWEN PRAL PATI Mwen pral pati Kite Ayiti Paske Joe Biden Ban m yon bèl zetrenn Gad jan mwen gen chans Fèt endepandans Pote yon kado K ap fè m byen dodo Mwen pral pati Kite Ayiti Al n on lòt peyi Ale jwi lavi Se yon bon lamàn Ki leve tout pàn Espwa paradi Pou moun k ap redi Mwen pral pati Kite Ayiti Al Etazini Peyi Ti Jezi Mwen deja pare Esponnsò m pa p jwe Tout fanmi m pare Nou youn pa p rete Bito DaviD BAN M VAN BAN M YON TI KOURAN Bon van ki nan vwal ti bato sou dlo Mennen li byen lwen al chwe sou zile Ki se plas sekrè tout bon jan matlo Kote limyè bèl zèklè toujou ap file Van nan zèl yon ti kap nan lè Fè l monte byen wo nan lesyèl Ale chwe nan fon linivè Kot zetwal klere l pou fè li byen bèl Ban m van Ban m yon ti kouran Mwen ta vle kap lavi mwen pran Mwen ta vle bato m gad devan Ban m van Ban m yon ti kouran Mwen pa vle rete je drandran Mont lavi m dwe chanje kadran LÈ ZAM OU SÈVI PLIS POU REPRESYON Polis ak lame depi dikdantan Se zouti represyon ak poto mitan Ki kenbe chapant yon vye sosyete Ki gen fòs kote inegalite Se yo k ap tire sou manifestan Yo k ap pwoteje tout move tiran Men iwonikman yomenm tou viktim Anba zam bandi k ap komèt vye krim Se yo k ap pran risk devan gwo danje Pandan y ap defann vye manje ranje Ki ap kòmande bay lòd pou kraze Pandan y ape jwi ansekirite Yo se pwoletè yo pa gen richès Tankou malere y ap viv nan detrès Men yotout sibi yon lavaj sèvo Menm ak gwo zam yo youn pa konn sa l vo Lè zam ou sèvi plis pou represyon Lè w gen fòs sèlman kont manifestasyon Devan yon pèp dou k ap mande chanjman Kisa li dwe di lè w pran nan piman MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab... E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO AYITIMANYA III: Versets Patriotiques


5 Norluck Dorange 37 lane apre 7 Fevriye 1986, nou konfime devan zye mond la; 1) travay Frè Entriksyon Kriminel (FIC) te vin fè nan peyi a dei 1860, atenn objektif li. 2) Legliz ak tout Relijyon ka sèvi kòm gwo zouti pou demoli yon pèp. Mwen konstate, nan diskou analist politik, jounalist, politisyen, menm sa ki etidye ou ki doktora nan Syans Politik, yo pa depase naratif sou Demokrasi, Eleksyon, Diktati... Tout tèm sa yo se enpoze Blan yo enpoze l ba yo. Nan yon deba m te fè sa gen kèk tan nan yon foròm ak yon sèten gwo politològ, mwen te di misye, kritik li abitye emèt sou drijan Ayisyen yo, antre nan yon lojik ki rele "politikman kòrèk" paske yon pa depase shema diskou swadizan akademik ki alamòd. Mwen te fè l remake, si yon moun te kritike Divalye papa ak pitit paske yo te Diktatè sanginè, pouki sa nou echwe pou n rekonèt, Divalye pat pou kont li kòm diktatè avi, ni nan Amerik la, ni an Afrik e menm an Azi. Jou Divalye te ale an 1986 la, te gen yon dikatè avi kite ale nan Filipin. Ferdinand Marcos. Nou pap bliye Stroesner, Somoza, ak jeneral yo nan Ajantin ak Brezil. Ou ka pran list konbyen prezidan Avi ki te genyen an Afrik nan epòk la. Pi mal, tout diktatè a vi sa yo, tout se Blan an ki te mete yo ou ankouraje yo kenbe pouvwa a, nan kad yon ajanda global sistèm kapitalist Oksidantal la. Anndan ajanda sa a se te pou kenbe sistèm nan ki te pèmèt Desandan Konkistadò yo ki te akimile richès depi nan esklavaj, pou yo te konsolide richès sa yo a travè sikui piyaj matyè premyè Agrikòl ak minyè nan tout peyi ki te genyen diktati yo. Kidonk, Blan yo te jwui richès yo, men Diktatè yo te fè djòb sal la ak non yo, non fanmiy yo. Sak te mouri nan fè djòb sal la (Somoza konsa) te mouri pou 2 po je yo. Politològ nou yo fè tankou yo pa janm konprann pouki pititi diktatè sa yo toujou benefisye proteksyon an wo lye. Ti Ferdinand Marcos rive sou pouvwa a nan Filipin. Suiv bri kouri ki te koumanse ap fèt ak Ti Nikola Divalye. Se menm Blan sa yo ki enjekte diskou sou Demokrasi ak Eleksyon "transparan, onèt ak demokratik" nan dyòl ni politisyen, ni jounalist, ni kòmantatè politik, ni politològ. An 1986, propagann nan te vann jenerasyon pa m nan koze Eleksyon ak Demokrasi, kòm "pasaj oblije" pou Ayiti antre sou wout Progrè ak Devlopman. 37 lane apre, Eleksyon ak Demokrasi pa mennen Ayisyen sou wout sa a vre. Sa m poko ka konprann toujou, naratif la toujou nan dyòl Blan yo. Ayisyen ki ap fè politik toujou repete l tankou jako repèt. Diskou a pa bon. Paske l pa mache ak okenn plan pou chanje peyizaj ekonomik peyi a. Tout Klas politik la an antye pa an mezi produi okenn dokiman estratejik ki montre Ayiti ka chanje EKONOMIKMAN. Okontrè, yo tout gen yon diskou "moun sòt", yon naratif enpoze, ki di "fòk peyi a gen estabilite pou envestisè etranje ka vin envesti". Demiverite yon bò. Mansonj nan tout aspè konsepsyon vye pawòl sila a. Sepou sa, malgre peyi a nan eta l ye jodia, Klas politik, Ekonomik ak Entelektyel la an antye, pa an mezi pwopoze pou elabore yon ajanda enklizyon ekonomik pou Ayiti. Yo tout anndan suivism diskou (Blòf, Manti) Blan yo, ki se Eleksyon pou yo ale pou ka gen otorite lejitim pou kwape pwoblèm gang yo. Alòske yo refize mete an evidans se absans Leta a nan vi moun nan bidonvil yo, ki bay rezilta gang kale tankou pinèz nan kabann pisannit. Akoz yo plan entegrasyon ekonomik pou tout Ayisyen pa janm egziste anndan yon peyi ki endepandan se vre, men ki pa atikile Endepandans la otou yon projè pou Ayisyen founi bay tèt li sa l bezwen. Jodia, an 2023, vizyon Blan an pou Ayiti pa janm depase vizyon kolonyal la: Yon pèp Esklav ki dwe bourike pou produi matyè premyè Agrikòl epi chita obsève jan li ap piye min yo anba tè a. Mwen sonje lè m te nan Palè a ak Preval, te gen yon reprezantan FMI anndan tout biwo ki ap kolekte lajan pou mete nan kès Leta. DGI, Dwan. Ministè Finans e menm anndan kabinè konseye Preval yo. Enbesil ki ap li dènye pati sa a, pral joure Preval. Se pa objektif la ki fè m ekri sa a. Nan epòk la, mwen pot ko konprann. E m pa kwè Preval te konprann non plis. Si blan an te vle fè kwè se pou l ede nou kenbe disiplin nan finans nou pou n ka jwenn lajan pou fè Leta a mache. Se lè m vin plis li, plis mache, plis etidye tou, mwen vin konprann Ayiti ka mache san blan an. Men fòk gen moun pou sa. Jisteman, se moun sa yo nou pa genyen ki fè Ayiti nan eta l ye jodia. IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI... LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... Anba Mapou Vodoun a Ki Demokrasi? Ki Eleksyon?


6 Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec “LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI” Madansara Lanjelis ap kase lezo Pou ka akouche lanjelis Bel neges gentan sou de pye Pou ka al we kote la vi fe kwen Tout bout sak mare kanpe Sel saki vid ki tonbe Yo rele m zwezo lannwit Men san mwen manje pap kwit Riches peyam sou do m Mem le zot ap kraze zo m Si we m sou yon kamyon chaje Se paske m konn sa m vle Se nan fe degouden Ki fe m pa nan fe pelen Adje o Le w we yon madansara Mem le w pa bat bravo Se pou w di yon kout alelouya Gade yon bon fanm vanyan Ki pa nan griyen dan Soti bone rantre ta Se konsa joul pase Se pa sel le poul kadase Pou vinn gade sak anbal Dokte kap trete w la Se pitit machann panye Ki chita nan kafou anba a 2/15/2016@ Osias Yon Pep Mirakile Pandan lanati ap frape gran peyi ak yon maladi ke moun paka fini konprann Ayiti moun yo ap banbile youn anwo lòt epi w pako janm tande y ap mouri pa pakèt Nan peyi gwo blan ki chaje lajan ak teknoloji y ap ranmase kadav tankou mouch dèyè machann pwason lopital nan gran peyi pa gen plas pou pran moun kote w pase se ren mare paske tonton entèl mouri Ayiti moun yo mache pil sou pil tankou lo chanbon kwadèbosal youn pa jan m mete yon mask malgre se epòk kanaval Pa bliye w te di peyi m se peyi tou kaka malediksyon jodia se sou wou l ye si w ta jwen peyi tou kaka sa a pou ta kache kèk moun o mwen chif moun mouri w yo ta diminye Blan malediksyon an se sou ou l ye jodia si peyi m pat rezistan petèt ou ta di se ladan maladi sa a soti mwen pap fè manti non paske w fèl deja. Blan jere mask ou depi m Pete w ap toujou pran sant li Nèg Pwovèb la Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ? KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531 NÈG PWOVÈB LA—Pierre Richard Osias Anseyan kap anseye w la se pitit Machann sara Papadok ak amatè atiman Latòti transfòme an komèsan.Papa l se yon okton biwo Lakomin —FJC


7 ...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... RIBRIK : Sa zòt di… Nou te yon nasyon fyè Gen yon lè te gen moun serye lakay Te gen moun ou te ka gade jan y ap viv Epi w pat bezwen pè swiv egzanp yo Gen yon epòk moun te respekte moun Moun te konn ap viv tankou moun Gen yon lè nan peyi m Te gen valè moral Moun te gen sans devwa Moun te konn s ak rele peyi Gen yon lè nan peyi m Ti moun te respekte granmoun Granmoun te respekte tèt yo Lekol pat janm bolèt Pwofesè pat janm machann kilòt Gen yon lè nan peyi m Volè te an kachèt Palmantè te moun save Prezidan te moun de byen Gen yon lè nan peyi m Nou te vrèman fyè Pou n te di nou se Ayisyen Nou te konn mache tèt kanpe Devan tout lòt nasyon Gen yon lè nan peyi m Mete pa w si sonje sa nou te ye Nèg Pwovèb La. Non Mwen Pa Bliye 7 fevriye avan solèy leve Ayiti libere Anpil moun ap di je m sanble pa klere Pou m ap pale de liberasyon De yon pèp ki marye ak dirijan san pasyon 7 fevriye avan solèy leve te gen yon lòt mouvman Yon mouvman ki te makonen ak yon van chajman Yon tanpèt konsolasyon nan kè anpil maman kite pèdi zantray yo nan men yon gouvèlman 7 fevriye avan solèy leve mizo te sòti Nan djòl yon pèp ki tap soufri Anba men anpil gwo malfini Kite panse pouvwa se tizann li pap jam fini 7 fevriye se dat ki fè kriye Pandan San anpil inosan ap veye Kile zòt ap tonbe anba kòd Woy map reve paske peyi m san lòd 7 fevriye fè m sonje fò dimanch Kote chemiz bouro pat gen manch Pou maspinen pitit soyèt Ke yo toujou pran nan lakou Anriyèt 7 fevriye fè n tonbe anba lavalas Kifè ti pèp te panse yo gen kat las Haa poutan yo tonbe nan twa rwa anba anpil sendenden ki gen san nwa 7 fevriye sete dat poun ta gen linite Men maman pitit se senti mare Ak yon ekip ban tafyatè Ki finn trennen Ayiti anba tè 7 fevriye fè intèlèktyalite vole gagè Gwo palto soulye klere tounen vèditè Pèp bouke plenyen grangou kay vwazinaj Van vire listwa fènwa pran yon lòt paj Nèg Pwovèb, 02/07/2023 Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond... NÈG PWOVÈB LA Pierre Richard Osias Bayyinah Bello Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF) FONDASYON FELICITEE (509) 22 48 22 38; 29 40 08 69 sitweb: fondasyonfelicitee.com Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou. Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!! Peyi a dirije pa yon bann tèt sankò ki rayi Ayiti ak tout Ayitien. Se kolon maalvayan k plase yo nan tèt peyi a pou ede yo piye tous resous yo. San yon dènye kout men nan men Lavilokan nou pap soti...FJC


8 Mwen fè yon lòt eksperyans an plis ak reyalite Vodoun a nan koumansman ane 2023 a. Sa m te toujou konprann e mwen te toujou repete l konsènan moun ki ap ekri sou Vodoun, ke se swa nan liv, jounal ou sou rezo sosyo, majorite nan yo reprodui menm apwòch entèpretatif Lekòl Oksidantal ki te fòmate yo ak zouti Relijyon Kretyen pou entèprete sa yo wè devan yo nan Vodoun a. Tout antropològ depi Malraux jiska Laenec Hurbon an pasan pa Milo Rigaud konfonn lè pèp Ayisyen di Gran Mèt pou ekivalan a Yaveh ou Bondye Jideo-Kretyen yo. Pa gen pi gwo manti pase sa. Reyalite Gran Mèt la nan Vodoun a pa anbwase okenn lide yon antite ki la pou masakre, touye, moun li pa renmen, moun Ki dezobeyi jan sa dekri nan bib yo a. Gran Mèt pa yon konsept antite ki pini ou rekonpanse moun li deside renmen (Juif) moun ki adopte l (kretyen). Gran Mèt selon Afro-Vodouizan yo pa konn vide ”la manne” soti nan syel. Se pou tout rezon sa yo, ou pap jwenn nan istwa pèp ki viv anndan paradigm Gran Mèt yo, enplike nan okenn istwa krim, masak ak jenosid sou lòt pèp. Depi kèk tan anpil neo-Vodouizan ap pale de ”DIEUSALINES” tankou pou yo ta asosye Dessalines a konsept “Messie” ou “Sauveur d’Haiti”. Non, li pa bon. Se pou sa, pandan plizyè ane map diskite ak Afriken yo nan Benin, Togo ak Nigeria sou koze Dessalines ki se yon Lwa Vodoun an Ayiti, menm jan genyen plizyè moun ki te vivan ki tounen Lwa nan plizyè rejyon nan Nigeria. Mwen fini pa konprann, Ayisyen ki konsidere Dessalines kòm Lwa yo, ouswa yo itilize l mal, ouswa y ap itilize ENÈJI sa a, menm jan Kretyen yo fè ak Yaweh: tout la jounen yap fè demand. Swa yo al pote l plent pou moun ki fè yo mal (demand kan menm) pandan yo espere yap chita la, tann Dessalines fè yon bòt sou moun sa a. Poutan, men sa m konprann e vle pataje l ak nou. Enèji Dessalines nan ranmase anpil aksyon Lanperè te angaje tèt li pou l materyalize. Se sa ki mennen l rantre nan imòtalite apre Lanmò fizik li. Aksyon sa yo te antreprann pou te lanse yon kanpay VANJANS kont tout aktè ki tap kontribye nan epòk la pou te fòtifye machin VYOLANS ESKLAVAJ la. Nan vivan Dessalines li pat di moun chita tann li pote manje pou yo manje. Li te ansenye yo travay pou mete manje nan vant se kore Libète. Li pat di moun chita li pral goumen pou wou. Li te pran devan, li te di: an nou ale goumen. Lontan Ayisyen te konn soti fraz sa a lè yo santi yo nan pozisyon pou angaje kelkeswa konba: MWEN PRAL FÈ DESSALINES MWEN MONTE M. Fraz sa a, Legliz yo retire l nan dyòl Ayisyen. Se konsa prosesis Zonbifikasyon pa mwayen prèch nan Legliz yo rive abouti. Pèp Ayisyen pèdi nanm yo. Nou pa fouti repete fraz sa a ankò: Fè DESSALINES nou monte nou. Nan seremoni ki te fèt an Afrik yo ane sa a, mesaj DESSALINES nan di: Chak zòn nan peyi Dayiti dwe koumanse monte SANKTYÈ ou Zòn Sakre ki dedye espesyalman pou Lwa DESSALINES nan. Se atravè Sanktyè sa yo, nap koumanse jete dlo regilyèman pou Enèji DESSALINES nan ede nou batay pou jwen LAPÈ anndan gran Lakou a ki rele Ayiti a. Pou rive nan LAPÈ a, nap jete anpil ròm ak kleren pou Lwa a/Enèji Dessaines nan akonpanye tout aksyon, mouvman ou inisyativ pou konbat tout kalite enmi anndan yo ak enmi deyò yo. Lapè sa a ap posib, fòk apre la viktwa nou pa refè erè tounen al anbwase enmi a ankò. Kidonk, Lwa pa ni dye, ni zanj jan konesans Oksidantal fè n konprann nan. Lwa se enèji pou n apopriye nou, pou double enèji moun pa nou, nan kelkeswa sikonsyans ki apopriye pou mennen konba pou egzistans nou. Se pou sa esansyel sa m vle di jodia, enèji Dessalines ki se Ogoun Badagri, Lwa Batay, Lwa lagè, ka antre anndan tout Ayisyen ki santi Dessalines ka monte yo pou rive jwenn repons Kolèktif pou jwenn respè yo kontinye ap pèdi, depi yo te koumanse rele tèt yo kretyen. Plis yap rele tèt yo kretyen, plis sanble ak KRETCYEN. Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa... ―PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI‖ J. ZUMA Anba Mapou Vodoun Lwa/Enèji J.J. Dessalines RIBRIK : Sa zòt panse...


9 TOY SHOP BOTANIKA 30, Ri Defile, PòdePè, Ayiti Telefòn: 3848 5890 Francisque Jean-Charles Sekrè Vodou *Lwa Ogou a se yon fanmi ki anpil yo gen plizyè non tankou: Ogou Badagri, Ogou Batalah, Ogou Feray, Ogou Balindjo, Ogou Ashade, Ogou Gwesi Malo, Ogou Chinan, Ashade Liki, Ashade Bokan, Ossange, Olisha, Ogou Chango, Ogou Can-can ni can, Ogou dan pethro, Ogou palama, Ogou Chango, Ogou Tonè, Ogou Kandelo...Sòti nan rit Danwonmen, Petro* *Ogou Feray se lwa Dife, Mèt Dife, li se yon fòjewon. Ogou Badagri se lwa Gèrye, Konbatan, Pwotektè, li se lwa ki la pou veye sou solda ak ofisye polis, se yon politisyen.* *Koulè prefere Ogou se rouj, ble e nwa. Se lwa ki sansib pou mouchwa'l anpil, se lwa ki te konn pwoteje anpil nan zansèt nou yo e menm papa Desalin te toujou sèvi avèl.* *Ogou tèlman renmen mouchwa se rezon sa ou konn tande chante ki di: Ogou travay ohhhh, ogou pa manje, ogou sere lajan li poul achte bèl mouchwa, yè oswa ogou dòmi san soupe.* *Moun ki sèvi lwa ogou toujou vyolan e yo pale fò, yo otonòm.* *Ogou se kouzen avèk lwa Zaka* *Jou : Ogou se Mèkredi, Vendredi.* *zouti'l sèvi se : Manchèt ak fouwo + mouchwa rouj, ble, nwa, tabak ak pip, sigarèt, Kafe dous* *Manje : Salad(leti ak tomat),nwa, pistach, pwason roz fri ou sòs, diri kole ak pwa rouj, krevèt, lanbi* *Bwason : Rhum(se pa Barbancourt 5 etwal sèlman)Li ka nenpòt lòt Rhum* *Parfen : Florida, Pompeia, Opium* *Awoche Nago* . Ede paj la grandi zanmi n yo VODOU NOU SE NOU Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou... NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON RIBRIK : Di saw vle... *Kisa ki Lwa Ogou a ?*


10 JENERASYON NOUVEL AYITI ―POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A‖ EVO MORALES KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE KLINIK Dr. Jean Robert LALLEMAND Klinik Sa-a Pran Swen Tout moun nèt... Ri Kotplaj # 1 Nan Grigri... Tel : 3394-2098 Nan Non Sa m Pa Wè Yo Twa gout kafe a tè Pou n salye memwa Tout sa n pa wè Se pou Mwen yon devwa Pou m rele tout sak kache Pou ka vin du yon mo pou nou Ka nou grav anpil peyi n sispann mache Yo kofre n nan fèy bannan pi mal ke doukounou An verite m santi m vle bouke Ede m jete yon di dlo nan mitan Gran lakou n leve nou jwen yo N pa sispann enplore non envizib yo Si vizib paka ede n Petet sa n pa wè yo A resi santi ke n bouke Nèg pwovèb la Ayiti Soufrans achte w pou lajan l Zanmi kenbe w an otaj Pouka toujou lonje men ba w Chak fwa w vle fè yon pa Gwo bot emperyalis tonbe sou ou Vwazinaj ap tire woch kache men Pitit kay ap fouye men san gade Mizè se la jwa Soufrans se viktwa w Eleksyon w an otaj Progre w anba pay 2/13/2016@ Osias Sur la page de Austin Appolon 16 fevriye 2018 Gran Rasanbleman Nasyonal pou yon Ayiti Ekonomikman Otonom di ase AA Twòp blofè Jenerasyon kap monte a pa ka espere anyen serye de ekip blofè kap pran desizyon pou peyi sa. Politisyen blofè Vodouyizan blofè Pastè blofè Prèt blofè Dirijan blofè. Tout moun sou blòf, gwoup ki gen ti kras diyite a kwaze bra l ap gade magouyè ak blofè kap depatcha sosyete a an miyèt mòso, yo pè pou awogan yo pa vide kout zam sou yo ak boule yo tou vivan. Pagen moun ki pou di ase isit. Francisque ajoute : Anpil nan nou ap travay poun di ase. Nou rekonet peyi nou an se yon shithole dirije pa yon bann asshole ki mennen nou nan hellhole. NÈG PWOVÈB LA Pierre Richard Osias


11 Ayiti, manman nou tout Ayitien, anndan tankou deyò, vinn yon lanfè. Ki sa pou pitit yo fè, fanm tankou gason pou manman nou retounen yon paradi pou tout pitit li yo ? Entwodiksyon: Èske Ayitien konnen Ayiti ? Tout peyi konstwi sou twa wòch dife : listwa, lang ak kilti ; youn pa mache san lòt. Sa vle di manje a pa ka bouyi ni sou yon wòch ou de wòch, sou twa wòch pou manje an kwit pou l byen separe e pou tout pitit peyi a jwenn e byen manje. Nap kòmanse ak listwa. Nou pi fò istorikman ignoran, sa vle di nou pa konn listwa n, e se konsa Frères Instruction Criminel yo (Norluck Dorange, 2022) vle l lè nan Concordat 1860 lan prezidan Nicolas Fabre Geffrard siyen remèt relijyon, lekòl ak kilti peyi a nan men ansyen lènmi an, kolon fransè yo atravè Legliz Katolik Apostolik Womèn ki te aplike Code noir 1685 Jean Baptiste Colbert a nan Sen Domeng. Frè nou, ekriven Hervé FaniniLemoine fè nou sonje nan liv li « Kushites » (2022), « Aï-ti se yon lye sen konskitadò souye e pi ta pa konkeran yo ». Ayti vinn yon lanfè pou pi fò pitit li yo. Lemoine ajoute « Ayiti se kay AiAïa pou Taïnos-Arawack yo e Dye ewopeyen yo. Pou rezon sa-a, Taïos-Arawack yo renome zile Quisqueya a, manman latè ». Toujou nan liv Lemoine nan « Kushites », Quisqueya defransize ekri « Ku-ish-ku-eya » vle di nan langaj maya e nap site Sir Gardner Wilkinson, « Terre natale déesse Maïa, mère des dieux et des hommes ». E Stewart Harris defini « ku » gen rapò ak kreyasyon. « Ish » vle di espri, enèji ou sa k anime. « Ishi-Ishi » se non grann deyès Ejip la, « Isis » ki reprezante espri a de fwa. An Ayiti, nou asosye « Isis » ak Erzulie Dantor. Cham, se yon piti Noé. Kush, se youn nan 4 pitit Cham e Ayitien se pitit a pitit Cham. Groso modo, Kush siyifi nwa. Ku siyifi « création de Dieu ou fils de Dieu ». Ish ou Ishi siyifi espri. Lemoine mande: Èske l jis pou di espri bondye manifeste nan koulè nwa? Ou byen, èske l pi pridan pou di koulè nwa kache espri bondye? Paleyontwopològ fransè Yves Coppens ki pa mouri twò lontan konfime an 2004 : « Pa gen okenn dout tout imen gen orijin li an Afrik (Alkebu-lan, se non orijinal la ». Charles Darwinn (1871), evolisyonis, se te premye syantifik ki emèt ipotèz orijin liye imen an yo ta dwe jwenn li an Afrik. Men, jodia ak tout asirans, bèso limanite a an Afrik. Ras blanch pa gen okenn baz syantifik e sila yo n ap rele blan yo se vreman dekolore yo paske melanin nan kò afriken yo te redwi anpil lè yo te traverse zòn ki fè anpil glas yo. Pou mete fen a tou sa, doktè Cheikh Anta Diop nan liv li « Nègres et Culture » ekri « Le nègre oublie que ses ancêtres qui se sont acclimatés aux conditions matérielles de la vallée du Nil sont les plus anciens guides de l’humanité dans la voie de la civilisation (…) à une époque où le reste de la terre était plongé dans la barbarie ». E Lafrans refize tèz doktora M Diop la an 1951, 27 tan, tematik la: « De l’Antiquité Nègre Égyptienne aux problèmes culturels de l’Afrique Noire d’aujourd’hui », kote l afime sivilizasyon ejipsyèn nan te nwa, e lang ak kilti ejipsyèn nan te difize an Afrik. Mond akademik franse a, nan epòk la, pat dispoze asepte laverite ki tap soti anndan tèt yon kolonize, Gregoire Biogo explike. Doktè Diop kontinye: « Se Ejipsyen yo ki kreye at, relijyon (monoteyism), literati, premye system filozofik yo, lekriti, syans ekzak tankou fizik, matematik, mekanik, astronomi, kalandriye, medsin, achitekti, agrikitlti, ekzetera ». Annou koze sou Kilti: Milan Kunders defini kilti : « se memwa yon pèp, konsyans kolektif kontinwite istorik li ak jan w panse e viv ». (rès la ap vini) SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU... Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang RIBRIK : Sa zòt di... Liv 2023 a –Francisque Jean-Charles


12 « Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo nan mond lan » —Napoléon Bonaparte ********************* ********************* Deklarasyon Papa nachon an Dessalines « Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo, byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite » KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM « Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou Bondye ak pou lumanite » Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929 PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN


Click to View FlipBook Version