LANE II, NIMEWO XXV Jiyè 2019 CHAK MWA
KREYOLOFONI
NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID
ANDEDAN
Mande tèt ou, kisa KREYOLOFONI
1.– Konfidans #13 :
Imaj kay ante P.7
frize te fè pou ou 2.– Ki kote nan Pòto-
prens ki pi an danje
si ta gen yon lòt
tranbleman latè P.11
TAP TAP
MULTI-
SERVICES
SAINT-
MICHEL
BOTANIKA
jis pou w ap rele PLANET
pitit ou FM
Frizelya ? 100. FM
STEREYO
Pa Bliye
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa
a san otorizasyon
redaksyon an
Redaksyon an pap
publiye atik san non
san adrès
Sponsorisé par
SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2
KREYOLOFONI
Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles
Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN
PDG : Pierr e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles
Administratè :
Relasyon Publik :
Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier re
Teknisyen-Enprimè :
Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie
59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]
Telefòn : (509) 3848/5890
Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com
KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE
HAYTI (KNONH)
Parti Politique Régional & Moderne
Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84
38 48 58 90
Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...
KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3
EDITORYAL LA
Grenadye yo ap mennen nou nan lòt Ayiti a…
Kwayans egal lafwa lè n gade sa Le Petit Robert bay pou definisyon…Kwayans se konviksyon,
sètitid, lafwa. Malraux di nou « tout kwayans pa chita sou relijyon ». Men lafwa toujou pou Le Petit Ro-
bert se angajman, pwomès, sèman. Hugo fèn sonje « grandè fwa patriyotik ak demokratik ou ». Poukisa
konparezon sa-a konpatryòt mwen yo? Anpil nan nou te pèdi lafwa ak kwayans oubyen pa gen ni youn ni
lòt nan peyi nou an ankò, manman nou, Ayiti. Anpil nan nou se move dirijan ki kondwi nou la. Anpil lòt
kwè Ayiti pa gen anyen pou ofri nou, te kontante w ak sa w genyen ak jwenn kote wap evolye kounye a.
Konpatryòt, menm si w gen tout sitwayènte men w pa ka denasyonalize tèt ou. Se tèlman vrè, yè swa Gre-
nadye yo fè nou reprann lafwa ak kwayans nan peyi nou. Yon lòt Ayiti komanse sou latè yè swa apre
viktwa Grenadye yo (3-2) sou ekip kolon an, Kanada, youn nan lènmi mòtel peyi Dayiti. M pa gen okenn
dout, tout blan oksidandal yo dòmi mal yè swa. Pou anpil nan yo, sitou gwo potanta kap dirije peyi sa yo,
se yon lòt jif Ayiti ba yo e sa fè yo sonje 18 novann 1803 nan Vètyè. Fwa sa-a, yo pap ka jwenn yon Pe-
tion ak yon Boyer pou yo retabli lesklavaj la…Nou pap asepte e nou deja di non a BINUH.
Pèp Ayitien an renmen foutbòl anpil yo konnen non tout ekip ak jwè sou latè, yo gade tout konpe-
tisyon e yon menm batay, mouri okazyonèlman pou Brezil ak Argentine. Yè swa, samdi 30 jen 2019,
Aloumandja, Agawou Gè, Ogoun Feray ak plizyè lòt lwa Ginen te sou teren an nan Houston Texas, Etazi-
ni. Se yon lòt peyi lènmi, na l jwe lakay ak sou youn nan teren yon lòt lènmi, Grenadye malgre defisi 2
gòl nan premye mitan an, tounen mete 3 gòl nan filè lènmi an. Pa konprann se chans…Ayiti pap fè bak e
fwa sa a nou prale jiskobou…M pa twonpe m, kwayans ak lafwa m fè kwè Ginen an ap akonpaye Grena-
dye yo ak Ayiti jous nou rive nan genyen Gold Cup 2019 la. Kote nou ye la-a, se match final la nap tann
poun chanpyon paske Mexique deja pèdi demen swa. E se viktwa sa-a ka pral motivasyon an, pou nou
konstwi lòt Ayiti a nou tout reve-a. Annou finalman fè yon peyi pou nou. Acheve peyi papa Dessalines te
vle a atravè lideyal Dessalinien an men ki te rete nan krokiy li depwi 1806.
Konbyen Kanadyen dorijin Ayityèn ki manifeste kontantman yo yè swa? Konbyen natiralize ka-
nadyen ki mekontan yè swa? Li trè difisil pou pa ta jwenn meriken dorijin ayityèn ki fete yè swa? Natira-
lize ak rezidan meriken ki ta fache? E si se Ayti ki tap jwe kont Etazini yè swa? Nou konn repons lan.
Fache, boude, move, fè sa w vle…Sa k pi grav la-a, se konbyen nan nou Ayitien kap viv andedan peyi a
ki te vle Kanada genyen tèlman nou dekonekte ak peyi-a? Gade nan miwa konpatriyòt, pa vin move sou
pèsonn. Ki sa m koz. Anpil nan nou sezi. M tande nan nou yè swa k te di : Kòman Ayiti pral remonte pant
sa-a aprè nou te ankese de gòl yo? Se fini pou Ayiti. Premye mitan an pontkò menm fini. M te fache,
fache anpil e m te jwenn kouraj nan non Ginen an, nan non pè fondatè peyi yo pou n te genyen match la e
m menm te reve nou bat Kanada 4-2. Nou wonlfe lènmi an 3-2. Fache nan kanson w. Ipokrit.
Politikman, manman nou malad anpil e nan tout kò l. Menm ògàn yo ap depafini. Enjenyè Jove-
nel Moise ki nan kay pèp la ilegalman e ki ilejitim depwi 6 jwiyè 2018 fèmen zòrèy li, li fè tankou l pa
tande peyi a atravè preske tout enstitisyon l yo tankou lajistis, inivèsite, sosyete sivil, legliz, fowòm
ekonomik, pati politik, ekriven yo, elatriye, kap mande l demisyone. M Moise ap fè makak li kwè kolon
meriken yo ka kenbe l opouvwa. Se pou Washington wap dirije Ayiti ou pou Aytien enjenyè? W pat janm
tap dirije pou nou. Si se pou nou, w demisyone deja. Otreman, w twonpe w mekanisyen, preske tout peyi
a rejte w, deteste w e siw pèsiste nenpòt bagay ka rive w. Kite sa M Moise.
Peyi a plonje nan yon desespwa, lamizè, grangou, ensekirite – peyi-a ap fè bak. Peyi a se yon kò
san tèt depwi 6 jiyè 2018. Erezman, Grenadye yo atravè gwo viktwa sa-a sou youn nan peyi lènmi yo, se
yon booster ki pou fè n dekapote Jovenel Moise ak tout palman an e plase yon gouvenman tranzisyon kap
kondwi nou nan lòt Ayiti a. Men fwa sa a dirijan yo ap sonje se spò a k pote lafwa ak konfyans nan nou
tout e nou dwe mete spò a tankou youn nan pilye devlopman an. Mèt Jean Rémy Joseph pwopoze pou leta
mete yon « lekòl foutbòl nan chak depatman…paske spò a se yon aprantisaj ». Grenadye yo ap mennen
nou nan lòt Ayiti a. Annou tout mete men pou Ayiti dekole. Kreyolofoni#25
3 milyon moun nan malnitrisyon , 60 pousan ap viv nan povrete ak mwens
pase de dola pa jou , 70 pou san popilasyon aktiv la nan chomaj...
“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay
E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4
MANDE TÈT OU, KISA FRIZE
TE FÈ POU OU JIS POU W AP
RELE PITIT OU FRIZELYA ?
ALA FETE M TA FETE !!! MANDE TÈT OU,
ALA PYAFE M TA PYAFE !!! Poukisa OEA fonde nan lide pou etabli LAPÈ nan
ALA KONTAN M TA KONTAN !!! mitan Eta manm li yo, epi Ayiti, Eta manm Fon-
Si OEA ta voye ekspè pou mare Anel Joseph ak lòt datè, an konfli ak pwòp tèt pa l depi nan kreyasyon
akolit li yo k ap simaye latwoublay nan mitan popi- Nasyon an. Goumen pou pouvwa, pou zam, dwòg,
lasyon an. moso tè, goumen menm pou fanm ak gason. Pou-
Si OEA ta voye yon delegasyon pou rezoud kisa 71 Lane aprè fondasyon OEA, Ayiti toujou
pwoblèm fatra ak dola a k ap monte nan chak bout poko ka gen estabilite politik ak lapè sosyal lakay
kwen ak magazen. li ?
Si OEA ta voye teknisyen pou rezoud pwoblèm MANDE TÈT OU,
kouran an ki jiskaprezan poko ka 12/24 nan Kapital Poukisa OEA fonde nan lide pou etabli JISTIS nan
la, san konte vil pwovens ki pa menm elektrifye. mitan Eta manm li yo, epi Ayiti, Eta manm Fon-
Si OEA ta voye ekspè pou vin rezoud pwoblèm datè, LAJISTIS lakay li ap mache klopi klopan
sikilasyon an ki koz n ap pase 60 minit pou n pa- depi 1806, aprè zak sasinay Papa Nasyon an, Jan-
kouri 1km. jak Desalin. 213 lane aprè lanmò Papa Desalin, li
Si OEA ta voye kad vin fè edikasyon sivik-moral- poko rive jwenn jistis. Poukisa 71 Lane aprè fon-
sitwayèn pèp la, konsa n ta vote ak plis kon- dasyon OEA, Ayiti toujou pa kapab bay JISTIS a
viksyon, plis lespri. okenn pitit li ?
Si OEA, gen bon kè ak konpetans tout bon vre, MANDE TÈT OU,
poukisa l pa voye ekspè pou vin rezoud vrè Poukisa OEA fonde nan lide pou DEFANN SOU-
pwoblèm pèp la, paske selon li menm nou ta manke VERÈNTE AK ENDEPANDANS Eta manm li
konpetans ak mwayen pou sa. yo, epi Ayiti, Eta manm Fondatè ap viv sou Loki-
KOUNYE A, MWEN FIN REVE, KITE M DI pasyon depi dig dantan malgre Endepandans li. Lè
NOU POZISYON M SOU DOSYE OEA A. se pa okipasyon total kapital, se okipasyon mantal
OEA (Organisation des États Américains), yon ak enjerans kominote entènasyonal. Poukisa 71
Òganizasyon ki fonde an 1948, nan lide pou etabli Lane aprè fondasyon OEA, Ayiti toujou poko ka
LAPÈ, LAJISTIS epi DEFANN SOUVERÈNTE granmoun tèt li tout bon vre ?
ak ENDEPANDANS chak eta manm li yo, pami yo Lè w fin poze tèt ou 3 kesyon sa yo, ki lye ak pren-
Ayiti ki yonn nan manm Fondatè yo. Ale nan paj 05
Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET
Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti
PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949
Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]
MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...
LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5
MANDE TÈT OU, KISA FRIZE
TE FÈ POU OU JIS POU W AP
RELE PITIT OU FRIZELYA ?
sipal misyon OEA yo, kite m di w mwen ekri tèks zanmi yo ta manje l. Sepandan, se pa OEA ni
sa nan lide pou m reveye konsyans lakay chak okenn lòt antite entènasyonal ki pou deside sa pou
grenn Ayisyen ak Ayisyèn san distenksyon, sou nou. Se popilasyon Ayisyèn nan ki pou deside sa,
obligasyon nou chak genyen pou n met tèt nou an- epi finanse l tou ».
sanm, dyaloge ak senserite nan enterè Nasyon an. MANDE TÈT OU, KISA FRIZE TE FÈ POU OU
Nou se sèl garan devlòpman lakay nou, okenn lòt JIS POU W AP RELE PITIT OU FRIZELYA ?
kominote / antite, okenn lòt nasyon pa ka garanti Nan sans sa, m vle kriye byen fò « ABA ENJE-
devlòpman peyi nou, sepandan nou pa ka inyore RANS » kominote ak peyi etranje, keseswa enje-
fòs relasyon ak èd yo nan yon demach pou n re- rans an favè Pouvwa, oubyen enjerans ki ta an favè
konstrui Repiblik la, men sa dwe fèt nan respè ak Opozisyon. Zafè administrasyon Leta a dwe fèt ak
nan diyite, san se pa enjerans ak okipasyon. pitit peyi a, nan enterè pèp Ayisyen an. Jan m di l
Se vre, nou tout dakò OEA pa gen yon misyon pou deja a, m pa mande okenn antite ak kominote entè-
fè devlòpman nan okenn Eta manm li yo. Men m nasyonal pou yo ta fèmen je yo sou nou, dayè, nou
pa janm rive konprann yo tout sou yon sèl planèt la, lè
toujou fèmen je yo sou mizè sa chofe Venezyela, oubyen
ak soufrans tout yon popi- Sendomeng, li pral chofe tou
lasyon depi plis pase 71 lane, pa bò isit an Ayiti.
epi yo toujou devan sèn lè se Sa vle di, konsèy ak èd antite
zafè jete Prezidan oswa fè entènasyonal sa yo byen vini,
eleksyon tèt chat k ap diskite. men atansyon, se pa ta dwe
Sòlda Nasyon Zini vyole pitit NI PASE LÒD, NI ENPOZE
fi n ak pitit gason n. Menm REKÒMANDASYON ki
sòlda sa yo lakòz plizyè vize sitou pou pwoteje ti klan
milye Ayisyen ak Ayisyèn pa yo. Si se ta èd finansyè yo
mouri anba vye maladi kole- a ki ta fè yo kwè yo gen
ra, yo lage plizyè milye fanmi pouvwa deside sa ki kontrè ak
nan lapèn ak dlo nan je, jiska- sa Enstitisyon Leta isit ap di,
prezan poko ka gen Jistis ak yo te mèt kanpe nan « limit f
Reparasyon pou okenn nan fanmi viktim yo. San de x » yo, ak tout kichòy yo a. Dayè, asistana a, se
bliye yon bann lòt zak malonèt tankou masak La- te toujou yonn pami pi gwo andikap pou devlòp-
salin ak nan lòt katye popilè yo. Poukisa OEA pa man peyi a, sitou pwodiksyon nasyonal la.
ede fanmi sa yo jwenn jistis, kòm se yonn nan mi- Pou m fini ! Ata menm nan Demokrasi ki pi fèb
syon l ? yo, nou tout dakò yon Prezidan dwe eli pa Popi-
Plizyè milya dola #KòbPetroCaribe gagote. Menm lasyon li pral dirije a. E se menm Popilasyon sa tou
jan ak tout moun, OEA byen konnen kilès ki t ap ki ka mande l rache manyòk li, si li ta estime Prezi-
jere lajan sa, jiskaprezan ou ta gen enpresyon, tout dan sa pa fè onè li, toutfwa kontinite Leta a byen
moun yo akize yo gen lè yo se inosan, tankou m te planifye.
ka di se Pèp la ki twonpe l sou kantite kòb li ki mal OEA, SI W PA DAKÒ MWEN ALE JANM VLE
pase. NAN LÒT PEYI ETA MANM OU YO POU M
Sou kesyon #KòbPetroCaribeA, opinyon m te pi- AL CHÈCHE LAVI, EBYEN TANPRI SOUPLE
blik depi 21 dawout 2018 sou dosye sa, nan premye KITE M DEBOUYE M JAN M KAPAB POU M
tèks mwen te pibliye : « Fòk gen yon bonjan ankèt KREYE LAVI ISIT YON FASON POU M PA AL
k ap gen ladan l, Ekspè Nasyonal ak Ekspè JENNEN PYE W LAKAY OU.
Entènasyonal ki kredib epi ki endepandan tou, sa k http://www.skasonbaptiste.com/enjerans-oea/
ap pèmèt nou konnen pi byen, konbyen chak moun Skason Baptiste
manje, e ak ki Palmantè, ki jounalis, ki jij, ki lòt 22 Jen 2019
IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...
KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6
“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”
Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec
RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531
Chanje systèm politik :
Yon bagay ki bay anpil refleksyon
Nou tout renmen la pè, men nou tout konnen paka Nou menm ki genyen on alemye, si nou pa mete
genyen omlèt san nou pa kase ze. Hmm, koze! tèt nou ansanm pou nou ankadre pèp la nan ba-
Ayiti a 1h 35 min de Miami. Li chita nan pye pi gran tay lap mennen la, nou pa nan anyen ki bon! Yap
puisans nan monn lan. Kòman fè li nan eta deplorab disparèt nou kòm nasyon, jan yo te deja fè dispa-
sa? Hmm, koze! rèt tout abitan orijinal moso tè sa a te genyen an.
Pèp la kriye kote ki fèl mal!!! La- Sa nou rele Amerendyen
mizè pa dous! yo.
Menm on Visa visit yo paka Jodi a nou Ayisyen tounen
jwenn...Konbyen mizè yo pase on espès ki an danje!
pou yo arive jwenn li? Paske nou tout fin disparèt
Istorikman, pou bonjan relasyon nan peyi a pou nal viv nan
nou genyen ak lè Zetazini e tout sa lòt peyi akote tout sa ki
nou fè pou te ede yo devlope sou mouri deja yo. Sanble nou
rèyToussaint Louverture, nou te deja bliye 12 janvye 2010
dwe on peyi avanse koulye a! O ak desas li te fè yo, san
mwen pa on peyi ki pi pòv nan konte dega epidemi kolera
Amerik la!!! deja fè. Pa menm genyen
Bagay yo rive twò ba! Fòk Lè on bonjan lopital jeneral
Zetazini kòmanse pran Ayiti oser- pou pran swen moun yo!
ye! Depi apre rèy Christophe Sa nou panse nou ta dwe
[1806-1820] Ayiti tounen fè koulye a pou pèp la san
piyay??? Tout nasyon se vin fè espri patizan? Chanje sis-
dap piyan sou tout richès peyi a. tèm politik la, se yonn.
Menm moun yo volè pou pati nan Men kòman? Pa ki lòt sis-
kò yo osnon ògan nan kò yo ! tèm? Kisa nou ta renmen
Anpil nan nou kap mande lapè fè poutèt nou san konte
nou pap viv nan malsite sa moun yo ap viv la. Nou pa sou peyi etranje yo? Eske anbasad yo dwe rete
konn sak rele, ap viv san on ti moso lespwa! La mizè menm lè yo pa itil pèp la? Kisa yap regle ki nan
lèd anpil. Nan je nou ki byen, se vagabond yo tout ye. avantaj pèp la toutbon a kote bay viza pou kite
Yo merite disparèt ak bal! Pagen konpasyon nan kè peyi a?
nou pou yo! Nou dezimanize yo san repi! Jacques Dorcely
Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?
...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... 7
RIBRIK : Sa Zòt Di ak Panse
Paj Daniel Loriston :
KONFIDANS #13
Konfidans #13 Nadège leve kouri.
Imaj kay Ante Malgre anpil bòkò vini pou dezante kay la, yo fè
Mwen te gen 8 lane epòk sa. Te gen yon kay sou anpil seremoni, chak fwa yo panse yo chase zonbi
katye a ki te gen yon ti granmoun ki rete ladann. Ti Kamèn, Kamèn tounen pi rèd. Ala fen dè fen se
granmoun sa te rele ton Fofo. Manmanm te toujou kay la yo kraze nèt plat atè epi yo rekonstwi li epi
dim Ton Fofo se malfektè pingam kitel manyen tèt se lè sa Kamèn sispann voye wòch, boutèy ak
mwen poul pa pran nanm mwen. Li te dim tou pa mete koze moun deyò.
manje nan men ton Fofo. Peyi Dayiti Ante tou !
Kay ton Fofo te gen yon ti boutik kite vann tout saw Jan map gade peyi Dayiti la, li ante tou. Se menm
konnen yon timoun ka renmen; kononèt, bonbon karakteristik yo. Si nou panse ti seremoni, boule
lamidon, toli, kòde, tablèt, pen, sirèt, karamèl ekse-
tera.
Tout timoun sou katye a te oblije ale nan boutik ton
Fofo a men ou konnen ou pa dwe kite ton Fofo ma-
nyen tèt ou epi pa manje nan men ton Fofo.
Ton Foto te malfektè vre !
Lè ton Fofo mouri, kay li te rete a vin Ante. Yon
zonbi ton fofo te gen nan kay la tonbe ap pale di tout
kalite koze. Kay la vin Ante !
Yon kay ki Ante se yon kay ki abite pa kèk èt kew
paka wè men ki ka wèw. Èt sa yo kapab se zonbi
oswa baka.
Yon jou apremidi nan direksyon kay ton Fofo a, gen
yon moun kap pase ki tande yon vwa rele li. Ti Jòj !
Tijòj ! Se kiyès sa ? Kote moun kap relem nan ? Se
mwen menm Kamèn Ti Jòj ! Kamèn ? Se pa ou ki
mouri depi 17 lane a ?
Men wi, konnyam la. Al rele tout moun sou katye a,
rele tout notab yo, mwen pwal pale ak yo. Tèl di tèl
fèt, kamèn Rakonte konbyen lòt zonbi ki avèl, epi li lansan ka mete zonbi politisyen tradisyonèl yo
di yo pa vle pale. Yo panse ton Fofo vivan toujou. deyò, ebyen nou kaka kou dlo.
Nèg sa tèlman bat nou lè nou fè dezòd... se pa de Se kraze pou nou kraze leta a nèt poun ka dezante
koze kamèn pa di. Li menm rakontre vi prive kèk peyi a. Yo pa konn mete mèb nèf nan kay ki sal !
sitwayen nan zòn nan. Li di Madam Entèl gen yon Taboula Raza !
bokit lajan lakay li... te gen yon drmwazèl yo te rele
Nadège li di ou menm Nadège kap griyen danw la Daniel LORISTON
sak fèw pa al pran swen 7 nèg ou genyen yo. Piw Nouvelis
Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!
Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...
“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8
RIBRIK : Edikasyon
AYITI EDIKASYON A 50 VITÈS,
KITE ELÈV YO BOUKLE ANE
ESKOLÈ A
Mwen gen yon panse espesyal pou elèv nan Lise pitit yo ki kapab al lekol men se pitit nou chak
Lasalin ki obsève lekol yo fèmen depi mwa novanm nan yon nouvo sistèm kote edikasyon an ap
lane pase, anba je ensansib mouche Leta pati- egalego.
kilyèman Ministè Edikasyon Nasyonal ki pat janm Donk se vre fòk ti kantite zwit ki t'al lekol la
fè anyen pou lekol la te relouvri aprè masak deta ki jwenn posibilite pou yo boukle ane a, men tou fòk
te fèt nan zòn sa a. Se menm reyalite pou anpil pitit Abraham di sètase pou pa janm genyen ankò nan
sòyèt ki lage tankou pitimi san gadò nan tout rak peyi Dayiti yon edikasyon a 50 vitès. Nou bez-
bwa, anba solèy tankou sila yo ki genyen yon moso wen sel edikasyon pou tout pitit tè a.
twal sal nan men yo sou wout Delma, sou Chann Yandy Frantz Fidèle, yon sitwayen angaje jou-
Mas anba 2 nawè menm ministè edikasyon nasyonal nalis.
sa a k'ap siye vit machin pou yon adoken.
AYITI PEYI REZIYE YONSÈLLEKÒLPOUTOUTTIMOUN
Kounya se menm MENFP sa a avèk anpil lòt ipokrit Se jou mache nan bouk la. Se poul la l'ap pase
ki pa menm gen ladesans mande popilasyon an pa- vann pou'l pran kòb la pou'l peye lekol la. Si'l pa
don, k'ap fòse'l vale yon remèd chwal degize sou peye direktè a pap kite'l konpoze twazyèm trimès
fòm ekzamen ofisyèl. la. Dayè li poko konnen si'l te fè mwayèn pou 2
Wi mwen kondane ak tout fòs mwen tout sila yo ki trimès pase yo. Direktè a pa fè li konfyans pwiske
konprann yo kapab anpeche minorite swit ki te gen li poko janm pran kanè pou youn nan trimès pase
chans fè kèk mwa sou ban lekol boukle ane eskolè a. yo.
Wi mwen fè pati ti group ki si'l pat Ata paran li yo pa konnen. Se
jwenn pen lenstriksyon pa t'ap ka-
pab kole kèk grenn mo sa yo jodi a. pitit vwazen an li wè ki pra'l
lekol, li swiv li jouk li rive enskri
Men fòk nou gen kouraj pou'n di tèt li. Se menm ti vwazen sa a tou
ase ak dosye plizyè nivo edikasyon
anndan sistèm edikatif ayisyen an. ki bay li vye inifòm anba djòl bèf
tou dechire nou wè sou li a.
Pouki rezon genyen plizyè nivo Kòm mache an deyò pa pran bo-
lekol nan peyi a? Eske'n panse se
pou pitit pèp la MENFP genyen nè se bò 10h poul la ap vann. Jou
sa a l'ap rive lekòl aprè re-
lapenn jodi a lè l'ap mande kite kreyasyon. Li se yon gwo tra-
timoun yo boukle ane eskolè a? Re-
vayè, se twazyèm pitit manman li, se konsa yo
pons lan se non. Paske pitit pèp la pat janm jwenn tout peye chak ane lekòl yo jouk yo fè sètifika ki
chans al lekol pandan ane a. Bandi anvayi tout katye se klas tèminal tout lekòl nan zòn nan. Poul li
popilè yo, pitit pèp la pran an otaj, pòt tout ti lekol pra'l vann nan se pa byen paran li. Se youn nan 5
pachiman zòn dezerite yo te rete fèmen pandan tout pitit poul marenn li te fè li kado premye janvye
ane eskolè a. pandan li t'al swete'l larezone. Kounya rete li 4 lòt
AYITI: Peyi tout moun pa moun, peyi gen moun poul ajoute sou manman poul la.
pase moun. Le marché communal se situe très loin de chez
Se nòmal pou'w estomake paske pitit bòs ou nan lui, mais près de son établissement scolaire. Vous
oligachi a bezwen al konpoze. Pa vre? Men pouki vous imaginez combien de kilomètres doit-il par-
rezon pitit pa'w yo ap drive nan lari a ata rekonèt ou courir pour y arriver du lundi au vendredi pour
pa rekonèt yo kòm pitit ou alewè pou'w ta mete yo recevoir une éducation au rabais. Triste réalité.
lekol. Fòk sistèm sa a kaba. Se tròp atò. Pran men Mais pour les gens de la province comme moi,
nou lajenès. Fè batay la ak plis serye e detèmi- c'est pas une nouvelle. Rien d'étonnant.
nasyon pou'n ranvèse sa, pou jamè an Ayiti se pa Maceant Jean Philippe
Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...
NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9
Saint-Michel
BOTANIKA
30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles
RIBRIK : Di saw vle...
Skason Baptiste :
O EDIKASYON !
Yo pale m de ou, yo di m ou geri malad, ou bay TIK YO) AP FÈ BLAG SOU EVANTYÈL ELI-
bon sans, ou garanti devlòpman. M bezwen w isit MINASYON YO. HUMMM !
wi baz, Ayisyen malad. Nou manke bon sans Nou malad ! E maladi a pwofon !
prèske a tout nivo.
Nou yo tèlman malad, nou fè
blag sou pwòp tèt pa nou. M
tande gen lòt k ap di “ Brezil
prale jedi - Ajantin prale van-
dredi -A YITI PRALE SAMDI
- Jomo prale dimanch”, chak
nan yon jou. N ap ri nan malè n,
nou sanwont. N AP FÈ BLAG
SOU ELIMINASYON
SELEKSYON NASYONAL
LA.
PANDAN JWÈ YO AP FOKIS
SOU CHANPYON YO. M
TRIS ! M WONT !
M p ap pale de Brezil, m pa
Brezilyen.
Non plis de Ajantin, m pa Ajan-
ten.
Jomo menm, li pa fè onè m ! Bandi ap vyole pitit nou, n ap souri, n ap ranse, n
MEN AN N IMAJINE N JWÈ SELEKSYON YO ap fè blag. N ap manifèste kont grangou, n ap sou-
KI SOU REZO SOSYAL K AP LI KOTE PWÒP ri, n ap gouye, n ap blage, desideman, nou malad.
AYISYEN FRÈ AK SÈ YO (SWADIZAN FANA- E NOU BYEN MAL !
Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...
KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10
JENERASYON NOUVEL AYITI
KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND
Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...
Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098
SA ZÒT DI...
“Lè ou mande zòt fè pou ou, sa ou ta dwe fè pou pwòp tèt ou, pito ou rasire ou se pi bon zanmi/fanmi ou te ka
genyen sou latè. Paske, si bagay sa a ou mande li fè pou ou a gen valè, ou riske wè se zòt ki ranmase tout valè
bagay sa a pou pwòp tèt li. Epi, sèl sa ou rekòlte se DESEPSYON!” - Marcus Garvey
Si mwen vivan jodi a se paske, kontrèman ak kapon epi konze ki te chèche eskiz pou yo pa kanpe kore Bouk-
mann/Dessalines/Péralte, te genyen Grann Toya, Batraville & Orville Saint-Vil ki te kanpe djanm ak yo, nan
moman sa te konte yo. Jodi a, Ayiti pa bezwen deklarasyon damou nan dyòl. Jacques Dorcely
Réflexion loufoque#267
Kolon meriken yo pou yon solisyon ant nou...
Enpinite ak koripsyon an two grav pou nou enpoze yon solisyon a kriz la. Kolon meriken yo pou yon fwa lave
men tankou Pons Pilat e l mande pou akte yo jwenn yon solisyon à l'haitienne.
Peyi a mande demisyon J Moise a trave preske tout sekte viv nan sosyete a (legliz, cspj, pâti politik, sekte ekono-
mik, inivesite, ekriven yo, tout enstitisyon yo preske). M Moise fe jes preske tout moun ap tann nan e Me Joseph
Mécène Jean-Louis se ap nouvo prezidan pwovizwa peyi a pou yon manda twa lane. Otorite Nasyonal Tran-
zisyon an m swete l monte ak notab nan chak depatman ak nan diaspora a. Se premye faz batay la nap tan pa pep
la ki se revolyson sosyal, politik, ekonomik, kiltirel ak spirityel la. Adios J Moise...
Réflexion loufoque#266
Twop enjerans kolon yo nan peyi papa Dessalines nan
Gen lè se Rosalvo Bobo, F. Duvalier, E. Jonassaint, B. Gousse ak J. C Moise ki pa nan tete lang ak kolon nan
peyi sa a. Preske tout dirijan politik nan peyi sa a rete bèkèkè lè kolon fè w di yon bagay ki pa ale nan enterè
peyi a.
Nasyon zini adpote yon rezolisyon pou voye BINUH an Ayiti, sèl J. C .Moise m tande k mande pou nou fè re-
zistans fas a yon wityèm misyon initil nan peyi papa Dessalines nan. Tout nèg pe, viza pi enpòtan pase Ayiti...
Jodia ambasadè meriken an rankontre dirijan KEP yo. Ki dwa yo e anplis manda choul kolon sa yo fini. Pèp la
ekzije taboula rasa, gen lè kolon yo soud oubyen se tande yo pa tande oubyen se kweè yo kwè Ayiti se yon kolo-
ni meriken.
J. C. Moise se ak Petrochallengers yo pou travay pou nou chanboule sistèm nan, otreman, ak kolon nèg sa yo se
ap kenbe sistèm nan. Aba kolon frekan ak awogan. Viv Ayiti anba yon lòt sistèm kap mennen nou nan revoli-
syon politik, ekonomik, sosyal, kiltirèl ak spirityèl… Francisque Jean-Charles
“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang 11
RIBRIK : Anviwonman
Ki kote nan Pòtoprens ki pi an danje si ta
gen yon lòt tranblemanntè ?
Depi lane 2017, Laboratwa Nasyonal Batiman ak Travo parèt pi touche pa fenomèn likefaksyon, selon dokiman
Piblik (LNBTP), Biwo Min ak Enèji (BME) ak anpil mikwozonaj la. Zòn Bisantnè ak komin Site Solèy
enstitisyon prezante yon etid sou mikwozonaj sismik klase nan zòn wouj ki ekspoze a fenomèn likefaksyon
rejyon metwopolitèn nan. Yo te reyalize etid sa ant lane yo.
2011 ak 2013 nan lide pou te ranfòse peyi a kont nenpòt Etap
lòt tranblemanntè ki ta gen pou rive nan ane k ap vini la Prèske 2 lane aprè Laboratwa Nasyonal Batiman ak
yo. Travo Piblik (LNBTP), Biwo Min ak Enèji (BME) epi
Mikwozonaj sismik la se yon zouti ki pèmèt ou konnen lòt patnè yo soti dokiman sou mikwozonaj sismik nan,
tèren yon komin oubyen yon pati nan yon vil. Daprè sa ki otorite yo pa fè anyen pou mete l an aplikasyon. Pou-
di nan dokiman an « li se yon zouti prevansyon ki montre tan, selon Claude Prepetit etap ki te dwe suiv yo se ta
kòman n dwe konstwi, se yon zouti ki montre aklè zòn ki « chache sansibilize tout pwofesyonèl ak tout sektè k
pi danje yo fas a yon tranblemanntè epi ki ka ede fè sansi- konsène yo sou dokiman an, fè fòmasyon ak yo sou sa.
bilizasyon nan mitan popilasyon an ». Dokiman sa ki Lè fini yo ta remèt yo dokiman sa yo epi MTPTC, res-
prezante sou 10 fich egzije yon lòt modèl ibanizasyon nan ponsab amenajman tèritwa yo ansanm ak tout meri yo
zòn metwopolitèn Pòtoprens lan pou evite yon lòt ka- ta dwe fè aplike konsèy mikwozonaj sismik yo sou
tastwòf tankou sa 12 janvye 2010 la. konstriksyon ».
Direktè Biwo Min ak Enèji a, Claude Prepetit, rakonte Zòn ki plis konstwi yo chita kote ki gen plis risk
« Avan tout bagay, dokiman sou mikwozonaj sismik la se tranblemanntè yo.
pou moun k ap pran desizyon yo tankou enjenyè lameri Yon rapò Bank mondyal soti an 2018 fè konnen Ayiti
yo, pwofesyonèl nan amenajman teritwa yo, achitèk yo ak se twazyèm peyi kote vil yo pi abite nan rejyon
piblik la ». Lè yo t ap prezante dokiman sa nan lokal Amerik latin nan. « Plis pase 133 000 moun kite bouk
Bank Santral la se te devan anpil otorite, sitou majistra yo pou al rete lavil », daprè sa rapò a di. « Prèske tout
komin yo. Anpil ladan yo te deklare yo pral fè anpil efò teritwa peyi Dayiti (97%) ekspoze danje tranblemanntè
pou aplike konsèy dokiman mikwozonaj la bay yo. ki kalifye nan nivo mwayen a elve. Zòn ki plis konstwi
Mouvman tèren kèk zòn metwopolitèn Pòtoprens lan yo chita kote ki gen plis risk tranblemanntè yo ».
« Etid mikwozonaj zòn metwopolitèn Pòtoprens nan fèt Aprè depatman Lwès la, Nòdès, Nò se kote ki pi an
sou 80 km2 ki kouvri 5 komin ki kouvri yon pati nan komin danje, selon Bank mondyal ki site vil tankou Okap,
Pòtoprens rive Matisan epi komin Petyonvil yo, Dèlma, Wanament, Mibalè, Fò Libète ak Leogàn pami vil ki pi
Taba ak Site Solèy » toujou daprè deklarasyon Claude ekspoze yo. Youn nan koz malè pandye sa, se kon-
Prepetit. Menm jan ak tout lòt etid striksyon san kontwòl Leta k ap
mikwozonaj, pa zòn metwopolitèn
Pòtoprens nan montre fòmasyon si- fèt kote ki sot site la yo. Poutan
gen yon dokiman mikwozonaj
pèfisyèl tèren yo ak fay ki aktif yo sismik tou menm enstitisyon yo
epi yo pousuiv klasifikasyon tèren sa
yo selon jan International Building prepare pou zòn Gran Nò a.
Enjenyè-Jeològ, Claude Prepetit,
Code (IBC) mande l la. fè konnen « pi gwo obstak la kou-
Etid ki fèt nan Pòtoprens lan montre
zòn sa se yon plèn ki chaje ravin. nya se aplikasyon dokiman
mikwozonaj sismik nan ak tout lòt
Gen 2 mouvman tèren ki ka fèt nan dokiman yo. Pa egzanp, depi 2012
zòn sa selon obsèvasyon pwofesyo-
nèl etid sa yo ki se glisman tèren ak gen yon Kòd sou kòman pou kay
konstwi nan peyi a selon règ para-
gwo deboulònman wòch san previ- simik yo ki baze sou etid mikwozonaj la tou. Malerez-
zyon. Kèk zòn tankou Matisan, « Déprez » rive Mòn Kal- man, pa gen okenn Lwa ki ekri sou sa pou fè moun
vè parèt ekspoze anpil a glisman tèren yo. itilize l. Ant 2010 a 2019, gen 4 prezidan ki pase nan
Yon lòt danje mikwozonaj la montre, se sa yo rele like- tèt peyi Dayiti youn pa fè suit a dosye k te gen tan la
faksyon an. Likefaksyon se lè karakteristik tèren an deja yo.
chanje, li pèdi rezistans li epi rive fè fon aprè yon fòs fèt Pou kounya Ayiti ap viv san okenn Plan prevansyon
sou li. Sa rive jeneralman lè yon tranblemanntè magnitid nasyonal sou tranblemanntè. Pa gen okenn pwogram ki
li depase nivo 6 echèl Richter vibre tè a e fè l vale tout sa disponib pou pèmèt yo abòde kesyon sa ak konsekans
k sou li tankou yon mas labou. li ka poze. « Bagay yo bay kè sote, selon sa Prepetit fè
Nan moman tranblemanntè 12 janvye a, zòn ki te ran- konnen. Dayè, sekous ki te pase nan Nòdwès 5 oktòb
bleye aprè 1967 nan Pòtoprens yo pou te pouse lanmè a te 2018 la vle di anpil bagay ». Ayitipost
SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...
PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12
« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »
Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929
« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo
nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »
KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM