The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2019-04-30 21:04:36

Kreyolofoni#23.pub

Kreyolofoni#23.pub

LANE II, NUMEWO XXIII AVRIL 2019 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

Yon ti sè, ANDEDAN
KREYOLOFONI

1.– Coin de Daniel
Loriston 05

2.– Eske depatman
Nodwès la fè pati 10
depatman peyi a ? 07

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

SAINT-
MICHEL
BOTANIKA

PLANET
FM

100. FM
STEREYO

Premye zanmi m ! Pa Bliye

Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierr e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier re
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

« M mouri deja », deklarasyon pi fò jenn ki bouke ak politisyen wòwòt yo
Fristrasyon. Grangou. Imilyasyon. Lavi chè. Chomaj. Lojman. Maladi. Ensekirite. Soufrans. Se

kèk nan mitan yon pakèt lòt ki koz majorite moun nan peyi-a move kon kong jounen jodia e ki kwè yo
mouri deja. Yo pap viv. Leta-a dwe tout moun ki sou bout tè sa-a, selon atik 22 konstitisyon an, man-
man lwa peyi-a, dwa pou ba moun manje, laswenyaj, ledikasyon, lojman ak sekirite sosyal. Tout moun
konstate leta ap gagote lajan peyi a, 4.2 milya dola vèt ant 2008 ak 2018 e l pa ofri youn nan dwa kons-
titisyonèl sa yo tout moun ta dwe ap jwi…Se yon krim…Vyolans leta ap fè sou moun nan peyi a e nou
ta dwe stope vyolans sa a oplivit. Eske nou kapab ?

Yon jenn nan yon videyo ki bouke soufri fè nou konnen « Si w pa ka manje. W pa ka voye pitit
ou lekòl, w mouri deja ». Deklarasyon ki ta dwe bay anpil tèt fè mal men otorite peyi-a ap fè tankou yo
pa tande kri jenn sa-a kap mande leta-a pran responsablite l. Jenn nan ale pi lwen pou l di « M pa gen
anyen m pè…Depi m fèt se sou pil mizè m fèt. Se batay pou m batay pou m soti nan sa m ye-a…M gen
pozisyon ideyal la…M pa gen enterè nan mesye sa yo. M pa ni opozisyon, ni nan Palman ni nan prezi-
dan, se kout bal galil pou yo jwenn…Twòp zam nan peyi sa-a. M pè. M pa pè mouri paske m mouri
deja…M ponkò manje e m pa konn sa m pral manje. Map di pèp la nou pa nan bagay Petyonvil ankò
pou n monte, se nan palè masyonal pou n ateri… Pete kout bal nan palè…Touye Jovenel. Se pwodwi
sistèm nan. M pap pè touye l non mwen menm paske m mouri deja mwen menm… »

Popilasyon an an rebelyon kont sistèm nan politik ak ekonomik lan e sa ta dwe bay anpil kè
sote, men otorite yo fè konm si yo pa tande. Konbyen jenn ki panse tankou jenn sa-a nan peyi a ? E l di
li ka jwenn yon galil pou l touye prezidan peyi nou an. Tantativ dasasina sou prezidan peyi-a ta dwe fè
lapolis pa dòmi lajounen tankou lannwit pou yo jwenn jenn sa-a ki reve rantre nan palè nasyonal e touye
prezidan an. Konbyen nan nou ki nan opozisyon kap kontan e menm ankouraje jenn sa fè dyòb sal sa-a
pou nou. Li grangou, li vilnerab e li ka jwenn yon galil pou asasinen prezidan peyi a. Konbyen moun
nan opozisyon an ki tande videyo sa-a nan peyi a ki titre « Inovasyon 2020…Retro…Info de la se-
maine…Cho lari a…Vwa lari a », ki kontan e kap tann jenn sa a asasinen prezidan an, palmantè,
elatriye. Map pwofite di nou nou se lènmi peyi a e jenn sa a ta dwe fè menm jan pou nou tou. Okenn
denonsyasyon, pa gen regrè, denonsyasyon, pa menm yon komantè piblik sou deklarasyon ensandyè
jenn sa a ki fè menas lanmò sou prezidan repiblik la. Se yon sosyete ipokrit. Tab raz wi nou vle li, asa-
sinen prezidan, non, jamè.

Prezidan Jovenel Moise pa tande pèson e l ta sanble soufri twoub sikotik. Eske se pa yon opòti-
nite pou n mande evalyasyon sikolojik pou tout moun ki vle vin kandida nan peyi sa-a? Eske maladi sa-
a ta fè diirijan nou yo rayi peyi sa-a? Okenn otorite eli ou nome pa travay pou chanje peyi sa-a. Ò pap
François di gen de bagay esantyèl tout dirijan dwe genyen : lanmou ak imilite. Nou ta remake otorite
nou yo pa ta gen ni youn ni lòt. E prezidan Jovenel Moise pap dirije anyen e l ta dwe kite sa…

M pa reve wè yo Vilbrum Guillaume Sam prezidan Jovenel Moise. M te ekri sa kèk semenn nan
yon edito ki soti nan kolòn jounal « Le Novateur » men prezidan an mete tèt li nan sityasyon pou l fè
plis moun rayi l e reve touye l menm jan ak jenn sa-a. Erezman, jenn nan ase entèlijan pou l konprann se
taboula raza kap bon pou peyi papa Dessalines nan. Jenn nan gen li pa gen enterè ni nan opozisyon, ni
nan palman an ni nan palè nasyonal. Se mete kalyl sou tout moun nèt e li mèt mouri tou paske l mouri
deja…

Daniel Loriston, PDG Dal Entreprises, konfime : « Pòtoprens santi di ! Anpil moun ap mouri.
Lapolis depase. Leta pa kapab. Mete kle a anba pòt la » mezanmi !... » Krminilatite nan geto yo, sous li
se mizè men solisyon pou mete fen a vyolans sa-a se demantèlman ak dezameman men fòk li komanse
nan sektè politik la ak ekonomik lan paske se gwo bandi-kriminèl sa yo kap alimante ti bandi ki nan
geto yo…Kreyolofoni#23

Rene Préval, “Dyalòg pa vle di w pral sèlman pale ak moun ki gen zam illegal, wap pale
ak yo pou w di yo gen de chwa, swa w remèt zam nan kad DDR swa ou mouri”

“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

Yon ti sè,
premye zanmim !

Mwen leve nan kay la mwen te jwenn 2 nèg kite pi gran kriye nan kay la.
pasem. Yvain ak Marc. Lè sa mwen te 3èm pitit. Ann di Se manmanm ki rakontem lè Emma fèt mwen vin di
pito dènye pitit. manmanm nan zòrèy : Tout bagay ki nan kay la se pou
Manmanm te dòlotem kòm dènye pitit jiskaske Emma ti bebe sa. E mwen dil depi ti mesye sou katye a vin
anmèdèl map bat yo. Poutan m pat bat Wilgens De-
vilas...
Mwen sanble grandi ak santiman sa yo pou li. Tout sam
genyen se pou li eoi depi mou atakel se avèm wa jwenn.
Se ti pwoteje mwen.
Mwen pap janm bliye janm tw konn mete li sou bisiklèt
ale pwomenen ak li. Lè sam te ka gen 13 lane konsa.
Lèm te konn al jwe mab oswa jwe boul. M te konn me-
tel chita sou yon wòch tou pre teren jwèt la poul tann
mwen. Paske sete sèl mwayen poum te soti nan lari.
Mwen sonje yon lè li te pran yon kout boul sou teren an
li tonbe 2 pye. Jwèt la tou kanpe. Prinsès ki te espektatè
a viktim. Se pa de soupriye mwen soupriyel poul pa sa
lakay la.
Men elas, li te gwafonyen. Lè manmanm ap fè twalèt li
ti grafonyen an fèl mal li tonbe rele... imajinew timoun
pa konn bay manti. Lite bay verite....
Se mwen tou kite konn mennen li nan Radio chak di-
manch apremidi pou li al chante nan ronde des enfants.
Sete mwen kite premye antre nan basen entelektyèl la
vin detwonem.
M sonje lè mwen te wè vant manmanm gwo, mwen te ak li.
mandel kisal gen anndan vant li. Li reponn mwen yon Jodia nan okazyon anivèsèl mwen vle dil kem renmenl
tifi. anpil. Epim kontinye gade souvni anfans nou. Map tou-
Mwen dil ebyen mwen pa dènye pitit ankò ? Li dim non. jou la pou ou e yon lòt fwa map diw tout sak nan kay la
Konnyaw pwal gen yon ti sè. Mwen pat kontan tande se se pou ou ! Epi mw rekonèt konnya se ou ki dènye pi-
pat mwen kite dènye pitit men kòm mwen pat ko gen sè tit !
m te reziyem. Si yo ta mandem ki feminen Daniel olyem di Danielle
Jou manmanm akouche a, mwen te gen ti konesans e map reponn Emma ! Ou se feminen mwen !
mwen te konprann lèm te tande vwa yon ti zanj kap Bòn fèt ti sè an mwen !
Daniel Loriston

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau

Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

Coin
de Daniel Loriston

Yon ti konfidans ! genyen nan espas sa yo te konn edem memorize
Mwen se yon jènn gason ki aprann anpil de lavi. lesonm pi fasil epi pandan lontan.
Mwen aprann de eksperyans moun ki pi gran pa- Zwazo yo aprann mwen anpil bagay !
sem e mwen aprann tou de pwòp eksperyans pam. Sèl ti bri mwen te konn tande sete bri zwazo yo ki
Mwen viv anpil eksperyans. Anpil nan eksperyans te konn ap chante tout kalite chanson. Tout kalite
sa yo te dwe pote lavim ale deja. Men... kri.
Youn nan bagay ke lavi aprann mwen se ke siw wè
wap travèse moman difisil epi okenn lide orijinal
pa janm moute nan tèt ou pouw ka kreye solisyon
pwoblèm ou, konnen nivo kreyativitew ba anpil.
Ou mèt mande lòt moun edew !
Kontrèman a anpil lòt moun, mwen pran plezi nan
advèsite paske se sèl lè sa mwen gen chans mezire
fòs mwen ak rezistans mwen.
Chak kote ki gen yon bagay ki pap mache byen
konnen gen yon mank lidèchip nan zòn sa. Ranfòse
lidèchip la epi solisyon yo dèyè. Se nan sitiyasyon
dèzòd menm ke gwo lidè yo emèje.
Moun ki konnenm ase byen konnen mwen janbe
dife deja. Chalè dife boule plim sou tout kòm deja,
men mwen toujou soti ranfòse.
Mwen paka konte konbyen fwa mwen tonbe, ech- Menm sim te fèmen zyem mwen te ka idantifye
we, fè erè men rezistans ak pasyonm poum goumen chak zwazo apati de kri oswa son mwen tande a;
toujou metem pi pre latè pwomiz... Gon Bondye Mwen te konn idantifye son Gragra, zòtolan, man-
kap veye pitit li yo ! glous, sèpantye, toutrèl etc.
Epi se konsa mwen gen kouraj koulya poum di Okenn zwazo pat janm imite lòt !
peryòd eksperimantasyon an fini. Map vanse sou Mwen te remake chak zwazo tw toujou bay pwòp
chimen aplikasyon. Mwen wè byen lwen yon limyè vwa pa yo, pwòp son payo. Jamè yon toutrèl pat
tou piti. Men se pa limyè a ki piti se distans lan ki janm eseye bay kri gragra. Ni yon sèpantye pat
anpil. Plis nap vanse sou li se plis reyon li ap pi janm eseye chante tankou yon toutrèl. Sete yon
pwisan. displine pafè epi chak zwazo te respetke limit yo
Sim pran lavim an egzanp, mwen vle kwè pèp ayi- ak sa yo ka fè. Se sak fè nou pa janm twonpe nou
syen gen poul soti kotel ye la. lè nou di sa se kri tèl bèt.
Mwen santi nou preske rive sou wout chanjman an. Poutan lèzòm pa swiv bèt yo
Li rete sèlman pou nou revòlte. Se jou sa sèlman ki Lè nou gade sosyete Ayisyèn nan tout moun panse
rete nou ! Jou revòl la yo ka fè tout bagay. Tout moun minimize sa lòt la
Si nan ti vi pam chak fwam revòlte sa pote anpil ka fè. Sila pa respekte medsen an pou li se pa
pou mwen. Nan vi tout yon pèp revòlte ap pote anyen kipi difisil medsen an ap fè. Sila diw li ka fè
gwo chanjman. Chanjman radikal. kay la tou paske enjenyè a pa pi spesyal ke sa.
Mwen pap di plis ! Nonm sa diw li ka depite tou, li ka senatè tou epi
#Dalbagay konsa nou tanmen fwote yon peyi nan kaka.
Nou paka kontinye konsa. Chak moun gon bagay
Konfidans #2 ou ka fè. Fè saw ka fè, pa fè saw paka fè !
Esi nou te kopye sou forè a ?
Ann swiv zwazo yo ki fè sa yo ka fè !
Lontan lèm te timoun nan klas primè, mwen te #Dalbagay
konn al etidye anba raje kote ki gen anpil pye bwa. Meditasyon
Bonjan van ki tap soufle ak silans ki te konn Daniel Loriston

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

Strain Promo :
Konsèy pou fanm yo...

Men 5 kategori fi dapre mwen ki genyen nan nen ke lanmou egziste, moun pa’w la egziste, jus me-
moman... te’w nan kondisyon pou resevwa’l, renmen ak lespri
avant tout sinon ou gen pou fè tout rès vi’w ap
1- Yon kategori ki chwazi mennen yon vi bòdègèt, soti ak plenyen di’w pa gen chans…
plizyè gason, ale nan pisin, nan lanmè, nan restoran, bwè, Nan ki kategori ou ye? Ou bezwen èd? Ekri nou kou-
manje, epi plimen, ba yo lajan, yo pa sou bagay serye nyea la +50944142371
paske se mòd de vi sa yo santi ki bon pou yo... Se viv yo
vin viv, se bwase yap bwase.
2- Yon kategori ki pran twòp kou nan renmen kounya yo Depi’w nan ============= ou pap
pa chwazi fè renmen serye ankò, yo jus ap pran plezi, fè
cheri pwomèt mwen
bagay, soti ak yon gason men pa panse se mennaj serye’w kite’m se lanmou mizè wap jere...
yo ye, ou se sexfriend yo, yo pa fè pèsonn konfyans. E Depi’w nan cheri pouki’w pa janm mete’m sou profil
menm si’w ta rive ak yo pou tout bon pa kwè yo fè’w se lanmou mandyan wap jere...
konfyans paske yo pa kwè nan lanmou ankò. Depi’w nan cheri epaw pa janm mete foto mwen
3- Yon kategori ki tèlman pran kou nan renmen yo chwazi avew sou facebook se lanmou sentaniz wap jere...
rete sèl, piga pèsonn gason vin pale yo de zafè renmen, siw Depi’w nan cheri epaw pa janm vin lakay mwen se
bezwen yo byen ak ou pa repete le mot « amour » ditou lanmou ti soufri wap jere...
nan zorey yo. Menm je t’aime yo wè ekri on kote sa deran- Depi’w nan cheri pouki’w pa janm rele’m ankò
je yo paske mo sa fè yo anpil mal, li kite anpil move sou- menm jan se lanmou ti sina wap jere...
vni pou yo. Nan kè yo gen yon sikatris. Depi’w nan cheri apaw an liy ou pa ekri’m se lanmou
4- Yon kategori ki malgre anpil desepsyon yo kontinye ti soufri wap jere...
renmen paske yo sensè, yo fidèl, lè yo diw wi se wi, yo Ps.: Pafwa nan pran poz damou, nan pran poz
pap vòlè konfyans ou men poutan se yo ki toujou ap soufri. dezespere nou kite yon moun ap manipile nou pandan
Yo kontinye renmen paske yo panse yon jou yap jwenn nou te ka jwenn youn ki tap ofri nou mieux ke sa nap
yon moun ki konprann yo tout bon, kap konn valè yo, kap resevwa. Pa kite expression l’amour est aveugle fè’w
ka rann yo resipwosite lanmou ke y’ap ofri a. inyore sa’w ta dwe resevwa nan yon relasyon, ouvri
5- Yon kategori ki sensè, fidèl, menm bò yo pa bay lot je’w, met granmoun sou ou, konnen dwa’w ak
gason pou koze ak yo, men mennaj yo oubyen mari yo devwa’w epi wap wè kòman wap viv byen.
chaje fanm toupatou, lap fe yo monte le ciel pa do. Poutan Wap di tout gason se menm, poutan gen bagay ou
yo rete sou menm liy senserite ak fidelite a en espérant ke inyore, ou pap fèl konpliman, menm on ti kado ou
yon jou neg la ap pran pitié pou yo lap chanje. Paske yo di pap fèl, chita tann se li selman ki pou lonje men ba
ke yo pap pran lot gason ankò si yo kite ak neg sa yo pre- ou. Se pa sèl bouboune pou ofril, anivèsè bouboune,
fere rete pou kò yo jus yo mouri. st valentin bouboune, ohh li renmen plis ke sa.
Konsèy:
Kèlkeswa kategori ou ladan’l lan mwen jus vle fè’w kon-

Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... 7

RIBRIK :

Eske depatman nòdwès fè pati
10 depatman Ayiti yo?

By Triboland Apr 16, 2019 Apwè chèf lye depatman an fè 11 mwa san majis-
Depatman nòdwès se pami depatman ki pi meprize tra ki limenm te nan kanpe lwen paske lajistis te
nan 10 depatman peyi dayiti, depatman sila ki gen mete manda kont li, majistra pwensipal vil la re-
anpil kapasite non selman entelektyel, materyèl ak tounen; men pou majorité moun kap viv nan de-
ekonomik. patman an se yon desepsyon pou fason mesye
Plizye prezidan pase nan tèt peyi dayiti pami yo se Josue Alusma ap konpote-l nan vil la. Konsa, gen
sel 2 nan yo ou ta kab site sèlman ki kite non yo nan moun ki di retou premye sitwayen an se gwo kòb
nòdwès. Se Dumarsais Estimé ak Jn Claude Duva-
lier 2 chèf Deta sa yo kite 2 gwo patrimwann si nap
site “Mache an fè” potpe-a ak “Lycée Tertulien
Guilbaud”. Ki donk, depi lè sa a se sèl travay kole
pyese ak moun san vizyon ki toujou ap fèt nan de-
patman sila.

ki bay nan jistis la e se sak lakoz majorite moun
ap di jistis potpe a si-w pa gen lajan pito tou ale
mete jenou atè, al nan pye sen, al pote plent ou
paske jistis potpe se yon desepsyon total kapital.
Se poutèt sa, gen gwo preparasyon kap fèt pou
yon gwo levé kanpe fèt nan vil la pou mande gou-
venman tou nèf ki pral moute a pou li vire zyel
Sou gouvènman tou nèf sa a gen anpil pwomès ki sou nòdwès, si non, yap rive tou dwat pou retiré
fèt pou depatman sa; soti sou wout kafou jòf- nòdwès nan kat jerografik Dayiti-a yon fason pou
ansafolè, ayeropò, elektrisite, baraj 3 rivyè elatriye li ka arive genyen pwòp otonomi li e bloke tout
anyen pa janm fèt sof similak ki tap fèt sou wout kòb ke nòdwès ap kontribye nan trezò piblik kap
kafou jòf la kote gen mwens ke 5 kilomèt ki fèt men anrichi nèg ak gwo palto oubyen fè travay nan lòt
ki kanpe pou rezon pèsonn paka eksplike. vil pandan nòdwès ap viv nan fatra ak malsite.
Pandan tout popilasyon an te kanpe pou te bay yon
vòt pou Jovenel Moise te ka pran pouvwa-a yon fa-
son pou depatman sa a te ka rale yon souf; se plenn Ferdieu Claude
selman moun ap plenn. Credit Photo: lexpress.fr

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Sosyete

Reyaksyon
sou Ensekirite a...

Si pale ap ede mete fren nan machin lanmò lòt masak anplis nan lis tout masak ki fèt nan peyi a
kap taye banda nan katye popilè yo map pale sou administrasyon Jovenel Moïse la.
Défenseurs Plus antanke òganizasyon k ap defann dwa
moun mande ki kote sa ap rive? Enpinite a vin pran
Se kèm kap senyen lèm gade kijan responsab yo kite dra- yon lòt dimansyon kote Leta pa pran responsablite l,
po ensekite monte pi wo pase drapo Repiblik la. Pandan pèsonn pa egzante, kit ou te nan katye popilè oubyen
drapo diyite n ak fyète n toujou demi ma nan mache nan swadizan katye rezidansyèl. Aksyon gwoup ame
mande, drapo grangou koripsyon ak ensekirite pa janm yo pa sispann enkyete popilasyon an. Son bal tounen
sispann monte. Leta kon- mizik telman bal ap chante maten, midi, swa. Yon pèp
plis!! ki te deja pa ka manje, ki pa gen aksè ak swen sante ki
Nou pran nan konplo, nou pa ka menm voye pitit li lekol, kounyeya bagay la pi
dwe pi vijilan pou nou rèd, se gwoup ame kap gouvène n. Nou nan yon si-
soti nan kalte meli melo tiyasyon kote se anachi total. Alòske otorite politik ak
sa nou tout ye jodia. Si- elit ekonomik ak entèlektyèl peyi a pa sanble enkyete.
lans nan katchouboumbe Lapolis ki se enstans ki la pou bay sekirite vin
politik konn ede jwenn enpwisan nan fason gwoup ame yo ap deplaye nan
bonjan solisyon men si- preske tout zòn nan peyi a.
lans douvan kadav yon Défenseurs Plus vle raple se pa premye zak reprezay
bann inosan ta parèt kon- ak vyolans ki fèt sou popilasyon an, kote plizyè dizèn
plis. Mwen vle soti nan déjà pèdi lavi yo e kote plizyè santèn lòt blese
silans politik la pou m gravman grav. Yon chèf leta ki toujou ap pataje lapenn
kondane ak tout fòs lòt peyi yo ak yo, kisa l di pou pèp Kafou fèy la ? Li
mwen atak lach kap fèt sanble bèbè devan pil ak pakèt vyolasyon dwa moun
nan katye popilè yo. Kote inosan ki deja paka manje ap yo ? Li lè li tan pou pèp ayisyen an rale yon souf. Jan
tonbe anba bal bandi san fwa ni lwa chak jou san konte sa di nan atik 19 manman lwa peyi a « leta dwe degaje
bandi legal kap taye banda chak jou, volè tè, detounen l, tout jan,tout mannyè, pou tout ayisyen, jwenn lavi,
lajan, vyole fanm epi kore bandi. lasante ak respè tout moun gen dwa jwenn, jan sa pale
Mwen pataje doulè fanmi viktim yo e pwofite okazyon sa nan deklarasyon nasyonzini te fè sou dwa tout kretyen
pou m mande yon tèt kole nan mitan tout fòs viv peyi a vivan ». Défenseurs Plus mande pou responsab lapolis
pou ede konbat zak maspinay kap fèt sou popilasyon an. yo pran dispozisyon pou asire sekirite e defann popi-
Se pou nou tout kanpe pou di NON leta pa dwe konplis lasyon an jan sa ekri nan lwa sou fonksyònman polis
nan kreye kondisyon pou fòse nou kite bout tè papa Desa- nasyonal la.
lin nan. Défenseurs Plus mande otorite yo pou travay pou zak
ensekirite sispann. Twòp masak nan peyi a. Twòp ma-
Jude Celestin.- sak nan katye popilè yo « La salin, tokyo, site solèy,
=================== kafou fèy, matisan, gran ravin », elatriye. Otorite yo
touche pou bay sèvis ak popilasyon an. Se yon obliga-
Rèl Défenseurs Plus sou sitiyasyon syon pou fè travay yo genyen kòm otorite legal. Se pa
difisil popilasyon an ap viv espesyalman po-
pilasyon Kafou fèy la

Nòt pou laprès favè y ap fè ak pèp ayisyen an. Se yon dwa pèp ayi-
syen an genyen pou viv nan trankilite ak nan kondi-
syon ki pwoteje dwa fondamantal li tankou :dwa lavi,
Peyi Dayiti ap viv yon sitiyasyon anpil moun pa ta panse, dwa pou sikile lib e libè, epi pou l jwenn swen sante ak
dwa lavi pa sispann pase anba pye. Vyolasyon dwa moun asistans otorite leta yo kòm sa dwa.
vin bagay nòmal. Koripsyon pa sispann taye banda nan
bwat Leta. Enkonpetans ak enkapasite se mak fabrik Pòtoprens, 25 Avril 2019
otorite yo kounyeya. Se zafè retire pye w banm mete pa Me Jemps DERALUS
m, kote enpinite ranplase jistis. Jounen 24 avril la, yon Responsab Afè jiridik
gwoup jenn gason ak zam desann Kafou fèy yo simaye Tel. 509 37482218
bal tribò pabò. Anviwon 6 moun pèdi lavi yo san konte [email protected]
plizyè lòt ki blese grav ak bal k ap pran swen lopital. Yon

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel
BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Di saw vle...

Se rezilta pwoblèm sistèm politik la
dabò! Li menm ki chita sou

Se rezilta pwoblèm sistèm politik la dabò! Li menm ki Kote envetisman ap sòti nan mitan kafouyay malodoran
chita sou sa, ak tout koripsyon, ak ensekirite ki melanje ansanm
1- eleksyon ak popilarite nan mitan on popilasyon vilne- lan?
rab ki nan mizè di twò lontan, ak move gouvènans ak Kote nou dwe kòmanse mete men? Ki nou? Kiyès ki vle
koripsyon, ajoute ak enjerans monn entènasyonal la ki mete men toutbon kote sous pwoblèm lan ye a?
depafini nèt ak agrikilti nou an. Depi lè sa, peyi a sis- Pale anpil, ak opoze tout bagay, pap ede nou avanse! Se
pann ekspòte. mete tèt nou ansanm, mare senti nou pou n ka adopte on
2- Sistèm politik ki la pa bay Lidè yo pouvwa vre! Se on lòt sonn klòch ki deja nan kilti nou ak istwa nou! Se
meli melo. Atitid lidè nou yo, se chita fè lajan ak tann travay ansanm sou on estrateji pou fè tou peyi a aksepte
blan meriken pou di yo sa pou yo fè. l.
3- Pwoblèm lit pou pouvwa ant pati politik yo, san nou Viv Jean -Jacques Dessalines! Viv Henry Christophe!
pa bliye dega goudou goudou 12 janvye 2010 la ki pral Viv monachi konstitisyonèl la!
rantre nou nèt nan on twou san fon. Se kle solisyon an li ye! Jacques Dorcely
4- Dega 12 janvye 2010 la, te on absè sou klou. Se te on
siyal pou te mete fen ak sistèm elektoral la ki la depi
1807 la, pou n te anbrase sistèm monachi pwogresis
Henry Christophe la ak JJ Dessalines nan. Gade tout
enstitisyon ki te detwi yo, na konpran! katedral, palè yo
(nasyonal, jistis, kontribisyon, etc) tout ki senbòl sistèm
politik la, tout te detwi...kilès ki te rete kanpe? Nèg
Mawon, estatati Toussaint, Dessalines, ak Christophe!
3- Rete ap fè tèt di, nap gentan konnen! Lespri zansèt yo
toujou la ap veye!
Lepri yo vin di n, "Depi se nan demokrasi oksidantal sa
nou rete, Ayiti ak tout Ayisyen fenk kare pase mizè!
Malè avèti, pa touye kokobe!"
Manyè louvri je nou, pou n ka chwazi sak bon pou nou
ak peyi a! Ayiti bezwen lòd, respè pou dwa moun, ak
anpil travay.

Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND

Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...

Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098

Sa Zòt di….
Legliz se dezinyon li mete...Legliz pa vo anyen...
Dim ou se kretyen nan kafou fèy... Mp mandew nan ki legliz ou pèsevere....
Sa vle di… wap gen kè pou'w leve dimanch maten, pouw al legliz... Ak ki figi kretyen Kafou fèy yo....
Ak ki anvi? Sa vle di lespriw ap an pè? M pa kwè...Si nou ka fè yon bagy konsa, se paske nou
ipokrit...Nou konsidere tèt nou kòm bèt, nou se yon pakèt trèt...
Si Yon peyi mande retire legliz nan peyi'l li gen rezon... Paske legliz se dezinyon li mete.... Legliz pa vo
anyen.....
JeziKri nou Di Nap swiv la kòm modèl. Ebyn JeziKri se te nèg ki te konn priye anpil, malgre li te Dieu,
men lè li fin priye li aji....
Bann ipokrit sispann Di nap swiv Kris...Mete dèyè nou Yon kote nou chita nan kafou fèy... Paske nou
pa itil anyen....
M wont pou legliz kafou fèy... M wont pou kretyen kap viv nan zòn sa-a....
Mwen map rele anmweyyyyyyy pou pastè yo, manyè ouvè bouch nou Di Yon mo...
Siw santiw fache... Se paske ou pa konsidere tèt ou kòm Moun.... Kòm ou déjà pap viv kòm Moun, ou
tou pwofite retire tèt ou nan stad Moun nan...
Men map raplew ou kreye a l'image de Dieu...
KENEDY le révolutionnaire....
W viktim de sistèm nan frem
Steeve Etienne
Koman ou pral vle mwen pa pale.
Koman mwen kapab fè poum gen sa andanm
Koman ou pral vle pou konsyans mwen pa manje
Komanw pral vle mwen pa pale.
Yon jèn parey mwen.
Yon jèn ki deside aprè etid li retounen nan peyil.
Yon jèn tankoum ki renmen lavi, ki vle viv.
M pa tankou lot ayisyen ki ipokrit yo, ki pral fe lwanj pou ou pandanw mouri.
Nou te gen lontan nou pa kraze mwa oktob pase lèn kraze ou ta pral pote bagay pou grann ou lopital vodrey la.
Yonn te kontan wè lot. Sa byen fem mal nou pa gentan gen chans wè anko nan mond sa poun pale. Ou viktim de
sistèm nan frem mw swetew ale anpè, m pa kwè nan ou ap anpè paske epa konsaw tap janm vle sa pase. Mesi ayiti

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang 11

RIBRIK : Zòt pale...

Tout Moun Pale...Zòt Pale...W pale…
E wou sa w di...

''Maladi sik pran san pwason, mwens vyann wouj,plis vyann blanch, Pi gwo
tretman ak prevansyon avan tou se jere sa wap manje.
Si'w manifeste sentom yo al kay doktè'
ou pou li patagel like page Wismy love aritus la invite zanmiw
Kisa ki maladi sik la? kijan'l manifeste? koman ou ka fèsa tou mèsi davans''
prevni'l epi evite konplikasyon'l yo?
Maladi sik (Diabète nan lang fransè) se yon maladi kwo- ============
Peyi n ap Kriyenik sa vle di ki pa geri, ke'w ap fè tout vi'w ap viv avèk li.
Se lè sik ou konsome paka antre nan selil ou pou'l vin bay Kiyes Kap fè l sispann kriye
enèji epi li rete li akimile nan san'w, lè konsa, se yon Kiyes ki gen kouraj fè l mache
òmon'n ki rele ensilin ki nan pankreya ou ki pa fèt ditou Nou gen lontan nap piye l
oubyen li fèt nan ti kantite ki paka fè sik la itilise pa selil Ann sispann siye dlo Nan je l
ou yo. Gen 4 kalite maladi sik: Nèg pwovèb la
youn kote sik la moute nn san an men li pa ase poul ba ou
pwoblèm, kò a ka fè'l estab (yo rele li pre-diabète nan
lang fransè) =============
Tip 1 Pankreya moun lan pa pwodwi ensilin oubyen
PaGenOkennPeyiKapMache
Pascale Solages
pa ase (kay timoun ki konn eritye'l de paran'l oubyen Se pa yon favè si yap reponn kesyon nap poze...
moun depase 40 lane) Se lajan nou ki peye yo
- Tip 2 ou ka fè 10 a 20 lane ap viv avèk li, li rete an Se lajan nou ki ba yo privilèj
silans lakay ou, kò'w pap ka fè sik la estab, kote kò'w Se lajan nou kap fè yo “byen pase”
telman ap mande konpanse sik sa pa ensilin lan, lap vin Se nou ki vote yo
pa gen efè, pankreya ou ap malad nèt. Se sitwayen-èn ki fè chèf
- Sik ki moute kay fanm pandan yo ansent (ka sa yo dwe KISA WAP DIRIJE???
pran'l a chaj pou timoun lan pa vin soufri sik lè'l grandi ni Frape pye nou! Leve vwa nou!
manman an)
Koman'l manifeste (sentom):
Tip 1 toujou swaf, ou pipi vit epi anpil, manje anpil =============
M pa konprann!poutan lap piti, domi anpil, fatig, pwoblèm je, pèt kone-
sans Marc Errilus
Tip 2 fatig, pwoblèm je, bouch sèch,pikotman, en- Pou Ayiti nan eta sa, pou Jovnel ak Sweet Micky alez
feksyon mal pou trete, gason pèdi bann, enfeksyon nan po konsa; pou Petrovolo yo alez konsa...
kap fè klou, maleng ki paka geri, souf kout. Ou bezyen, pou pi piti, 85G pou yon dola meriken,
mize tout kote. Sak pi red la, PHTK, sitou Jovnel ak
Faktè moun sa yo siseptib pou devlope maladi sik, Sweet Micky, vin pi Awogan!
moun ki gwo egzajere ki pap fè espò, soufri sik pandan Sanble pa gen moun Ayiti anko!...
yo te ansent, maladi kè ak kolestewòl, gen yon paran ki Men, kile nap revolte tout bon vre pou n defann dwa
soufril, gwo tansyon, moun ki gen 45. 46 lane e nou; kile nap batay tout bon vre pou n viv tankou tout
plis,konsome twòp sik, enfeksyon tout tan, konsome anpil nasyon? Eske Jovnel, Sweet Micky ak 2 ti grenn meri-
tabak ak alkòl ken, 2 ti boujwa, 2 ti polisye ak 2 ti jounalis..., ka
Prevansyon ak konplikasyon: anpeche tout yon nasyon viv nan diyite?
Moun ki vin konplike konn pa viv lontan, yo konn avèg, M pa konprann!...Sanble pa gen moun Ayiti anko!
pwoblèm kè, sèvo epi yo konn koupe ògan nan kò yo Eske pep aljeryen, Soudan an ki sot batay la a konsa, pi
tankou pye, men elatriye. moun pase nou? Eske ti Jovnel pi red ke Bouteflika ak
NB:Prevansyon toujou fè espò, manje mwens grès ak Omar El Bechir?
sèl ,manje mwens sik epi gen sik pou moun ki genyenl Eske se pa Ayiti ki fout manman Libete tout bon vre?
prensipalman, pa bwè alkòl twòp ak fimen tabak si'w M pa fout konprann!...
poko genyen'l, pa bwè ditou si'w genyen'l, manje fwi ki
pa gen twop sik, pa manje pil farin, manje plis legi'm ak

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version