The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2023-10-02 13:18:56

Kreyolofoni#75.pub

Kreyolofoni#75.pub

Mechanste gangster Al Capone Dayiti rive nan bout li... Sponsorisé par KREYOLOFONI LANE VI, NIMEWO 075 OKTÒB 2023 CHAK MWA ANDEDAN KREYOLOFONI Konfli sou rivyè masak la ta sanble yon pretèks ameriken pou anvayi Ayiti pou enplemante “Global Fragility Act” p. 11 Pa Bliye Pèsonn pa ka repwodwi atik jounal sa a san otorizasyon redaksyon an Redaksyon an pap publiye atik san non san adrès NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID TAP TAP MULTISERVICES TOY SHOP PLUS BOTANIKA PLANET FM 100. FM STEREYO


2 Edite ak Enprime pa KREYOLOFONI 38 48 58 90 KREYOLOFONI Fonde 12 avril 2017 par Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles Propriyetè : KREYOLOFONI Depo Legal : ISBN PDG : Pierre Richard Osias Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles Administratè : Relasyon Publik : Trezorye : Redaksion : Publisite : Rubrik Spò : Rubrik Kultu : Dieunou Maurice Fotografi : Wilgens Devilas Grafis : Ebens Pierre Teknisyen-Enprimè : Mesaje : Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie 59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti E-mail : [email protected] Telefòn : (509) 3848/5890 Email :[email protected] Website : www.lenovateur.webnode.com KONBIT NORD-OUEST POUR UNE NOUVELLE HAYTI (KNONH) Parti Politique Régional & Moderne Faites-vous membre pour le désenclavement et le dévéloppement du Nord-Ouest. Appelez aux # 36 53 65 84 38 48 58 90 Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo... SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN


3 Eritaj Man Francisque fè m pa kouri dèyè lajan… « Nous quitterons tous un jour cette planète sans rien emporter, seul le bien que nous faisons va rester ». -- Ivorino Man Francisque ou Toy, manman m, te di m a 15 zan lè l envite m premye fwa nan boutik li Toy Shop, ki gen 52 zan ane 2023 a, « Tout sa k anndan boutik la, pou wou » e gen anviwon 7-8 chanm chaje machandiz koule ba. M gade manman m, m di: « Eben manman m rich ». Toy reponn: « Anlve mo rich la, pou mwen tout ye m pa rich, epwi w rich. Pa janm atache a byen latè, yo pa l nan simityè ». M grandi nan lespri kapitalis la men m pa atache ak byen latè. Tout eritaj Toy yo ta vann. M jwi eritaj yo. M toujou renmen repete panse jeneral Colin Powell la: « Je suis un capitaliste avec une conscience sociale ». M pa gen lajan ni m pa fou ap chache l non plis. M viv nan fè lekòl ak kontinye èv manman m ki se boutik. Lekòl Ayiti eksèpte si w gen yon antrepriz komèsyal kote w w ap fòme jako repèt pou vin travay nan konpayi chomeko ou pou expatriye, lekol se moun ki renmen l ki fè l paske l pa rantab. Se yon sasèdòs, yon vokasyon e non yon metye. Yon anseyan ka retrete aprè 40 lane travay, gen dwa pa gen yon pyès kay pou l repoze. Mwen bay kout men pandan 12 zan nan ansèyman siperyè nan vil la, m pa achete yon poul. Gen etidyan paran pa ka peye, m oblije lonje yo lamen pou yo konplete etid yo. M konnen ki sa lekòl ye tou paske m te fè experyans kay Tonton Sam nan zafè lekòl. M te aprann « l’école est un lieu de loisir ». Èske Francisque ki konn sa yon lekòl ye, fè lekòl nan lekòl e viv de lekòl ka vinn rantre fè lekòl nan de pyès kay ki se kay konstwi pou moun abite ? M te gen pwojè konstwi lekòl kominotè « à plantation agricole » toupatou nan Nòdwès lè m tounen an 1999. Manman m te gen tan pale ak Matant Ziya pou yon kawo tè Beaudin pou m lanse premye lekòl la. Maladi devlope aprè arestasyon l e imilyasyon l nan Pòdepè pral fòse m mennen l Miami an 2003 e pwojè lekòl la tou kanpe. Kout lang anndan legliz pral fè m pa benefisye yon S250.000 prè nan misyon legliz Jezikri Sen Dènye Jou yo paske gen manm legliz la ki te vann mwen kòm yon kominis. E an 2013, pwojè konstwi lekòl la pral pote gwo lespwa lè yon ansyen etidyan m pwomèt yon don 2 milyon dola an mas 2015 e l pral mouri nan avyon an janvye menm ane a. M se yon boutikye depwi m te gen 16 zan, chak vakans Toy pati se mwen k jere boutik lan pandan 6 a 8 semenn. M tounen an 1999, se mwen k asire la relèv men nan yon ekonomi kriminèl ki chita sou lajan dwòg ak dyab pa nan avantaj komèsan ak lajan pwòp. Se yon prè bankè $75.000 (1 dola egal 5 goud) nan ministè komès an 1971 nan kreyasyon klas mwayèn nwaris Papa Dòk ki transfòme machann sara Marie Thérèse Clersaint an komèsan. Lajan peye sou 19 mwa ak tout enterè ak k te 5% sou 3 zan. Amatè batiman tankou Vertus Jean, Willy Chery, Bout Chòt, Ofni Pierre, elatriye ki akonpaye Toy nan avanti komèsyal la ki ede l atenn apoje ekonomik li. Boutik la tonbe 2009 e 2016, men 2022 se fayit, tout de Toy Shop Plus plat atè e se premye fwa m gen dèt anvè founisè m. M fin peye l $7200 an desanm 2022 ak sipò de manm fanmi, de tifrè e yon kouzen. M tou touni, lajan kouri lwen m. Se politik ki fè pil bouda chire rich an Ayiti. M ap fè politik depwi menm jou m rantre nan peyi m an 1999 paske Doris Lussier ekri « tout débouche de la politique. Car la politique reste l’effort de l’intelligence et de la volonté humanes pour faire vivre les hommes enseble malgré leur nature et avec elle ». Francisque refize piye peyi l pou l rich. M refize de travay pou 110.000 goud nan leta a an 2017. An desanm 2022, m refize yon travay $2000 ameriken pa mwa nan ministè edikasyon nasyonal paske m pa vle mele ak vòlè e asasen malgre m an difikilte ekonomik. M pa gen lajan men m konfòtab nan viv sou eritaj Man Francisque paske pi fò moun ki gen lajan se nan dwòg, djab, gang ou nan piye kès leta. Sa m konnen m te rive sou latè san anyen m ap travèse san anyen. M kontante m pou viv sou eritaj Toy yo. E eriraj la vo kichòy. Gangster Al Capone Dayti bouch li pa tranble pou l rele Francisque vòlè or je suis l’homme le plus honnête et le plus intègre du monde. Man Francisque te di m: «Bien mal acquis ne profite jamais ». Pa gen lajan, ou fou m chwazi mennen yon vi senp, san viv pou moun, fè moun wè. M viv pou Francisque e non pou sosyete. E se pou rezon sa a m mennen bak mwen dwat pou konpòtman m yo pa deranje sosyete a. Se pou tèt sa, m mande pou premye fwa Lenglesou Danma, Brave Gede Nibo e Bosou twa kò n fè jistis pou mwen. Edito Mwa Oktòb 2023 “Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay EDITORYAL LA KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU


4 Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti PDG Ralph Moreau Tel : 3154-0909/4250-4949 Captez la radio en ligne : www. [email protected] Toy ou Man Francisque) ak yon okton biwo Lakomin Pòdepè (Francisque Jean-Charles) m soti. Nou tout se moun. Filozofi pam, depwi w soti nan matris pèp la, menm si stati sosyal chanje, ou vin gen lajan ak gwo plòm, ou rete Soryette. Pou mwen nou dwe kreye ant nou yon elit òganik pou n rete soude ak mas yo, nivle yo « vers le haut ». E se pou sa m adopte panse Ernest Hemingway a : « Il n’y a rien de noble à être supérieur à ses semblables. La vraie noblesse consiste à être supérieurs à soi-même ». Sa m fè, m fè l nèt m pap regrèt. Nan lakou Man Francisque (Toy) gen de bagay li pat asepte : « menteur et voleur ». Se sak fè m grandi m kanpe byen lwen tou de vèmin sa yo. M p ap fè manti pou tèt mwen, se pa pou moun. Toy Shop, boutik manman m gen 52 zan sa fè twa fwa m fèmen paske ekonomi an kriminèl, li difisil pou kanpe nan komès ak dlo e sèl. M gen twa espas komèsyal nan vil la, se eritaj Marie Thérèse Clersaint. Men yo pa pou mwen se eritaj. Se sou eritaj m dòmi, se de eritaj m viv. Pwofesyon anseyan an Ayiti pa menm ka banm manje, Francisque pa posede anyen materyèl. M renmen di menm konesans nan tèt mwen, se manman m ki peye sa. Ale nan paj 05 « On peut tromper une partie du peuple tout le temps et tout le peuple une partie du temps, mais on ne peut pas tromper tout le peuple tout le temps. » Abraham Lincoln - 1809-1865 « Tendre quelqu’un la main. Ce n’est pour son prochain ni de la pitié, ni de la bonté, ni de la simple générosité. C’est simplement le considérer chemin faisant partie de l’humanité. Un geste léger et appréciable à la portée si admirable. Un si beau geste de nos jours si rare que le monde doit, sans doute, en être avare ». Maitre Zen Sila yo ki konnen Francisque Jean-Charles pa rele m ni plenyen pran defans mwen pou pwouve ou renmen m ou respekte m. M kwè m se moun ki pi onèt e entèg sou latè paske m pa janm atache ak byen latè e m mande Agawou pou kase kou m sèk jou m ta menm panse vòlè ou panse fè moun mal. Se tifrèm e moun ki aprann mwen pale nan mikro a e ki fèm jounalis san m pa l lekòl a Frantz Michel ki di depwi 2003: « Francisque est incompatible au mal ». M gen 24 tran (1999-2023) depwi m tounen kite Etazini vin viv nan Pòdepè, Ayiti. M toujou pozisyone m bò kote mas yo paske se nan zantray yon machann Sara (Marie Thérèse Clersaint, MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab... E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO Mechanste Gangster Al Capone Dayiti rive nan bout li…Grandèt mwen yo dekonseye m al nan tribinal, m oblije reponn gangster Al Capone Dayti a…


5 Lavi Francisque se yon liv ouvè, m pataje l nan emisyon m yo, Desiderata e Le Novateur à l’Oral chak semenn sou radio Planet FM. Mèt Rock Clavaroche, kondisip mwen toujou di « Ti mal ou twò sensè ». Clavaroche se youn nan pami moun ki toujou voye lajan pou mwen, pretès la se pou jounal Le Novateur. Malgre jounal la pa soti sou papye ankò li kontinye voye anvlòp pou kondisip li. M sonje nesans pitit mwen Thérèse ki soti nan sezaryèn fèt pa doktè-jinekològ Elie Innocent e Paul Miclaude gratis e doktè-pedyat Rony Pierre deplase vin fè yon ekzamen jeneral pou ekzeyate Thérèse. Rock Clavaroche kite lakay li lanwit dèyè yon moto pote lajan pou nyès li. Lucien Francoeur, Jean Claude Thervil, Revnel Guillaume, Ralph Moreau, Papa Oreste Thervil, Valery Numa, Raymond Destima alias Dadaraymond, Joel Caprice, Elie Innocent, Nissage Auguste, Wisly Lorfils, Osny Eugène, Eddy Louis, Jamesky Jeanty, Me Ronel Gélin, Ricardin St Jean, Marie Milleret, elatriye. Se pa mwen k mande yo. Sim te vòlè moun sa yo tap frekante m. E m epouze panse Antoine St Exupéry a ki di : « Le plus beau métier d’homme c’est le métier d’unir les hommes ». M e Gélin Ronel bousye de ti mesyem yo, RJ e Cappoix, nan lekòl CIM nan, ba yo lajan nan rekreyasyon chak jou, peye fè cheve yo, rele lè swa pou l konnen si yo rantre lakay yo. M divòse, li volontè jwe wòl papa a paske l konnen ki konsekans divòs gen sou ti moun. Mèsi mil fwa gran frè. Lajan soti aletranje bò kote Arsène Noël, Anne Romilda Tassy, Ernsy Charles, Shedly Ossey, Flo Alézi, Wesly Deguerre, Raphael Jean-Charles, Harold Daniel Marie Louise Joseph, Dr Gabriel Gaspard, Diane Clersaint, Clerveau Clersaint, Antonine Kersaint. Patricia Renaud, Dr Laurent Pierre Philippe, elatriye. Ou kwèsi yo konnen Francisque se vòlè, yo t ap voye kòb yo pou mwen Gangster Al Capone Dayti. E lèm bezwen reyalize pwojè tankou konstwi yon webside ou byen achte katouch lank ak papye pou jounal Le Novateur, m mande sila yo ki nan diaspora a akonpaye m, Le Novateur se yon jounal gratis. Jou m engra se pou m mouri, se pou Agawou kase kou m. M ponkò janm repwoche pèsonn nan lavi m, byenfè m plis pase m resevwa e sa zòt pataje avèm ede anpil lòt manje e peye lekòl pitit yo. Ralph Moreau kontribye nan fè pase 20 jèn fini ekòl klasik yo nan non m. M pa janm nye depwi aprè eleksyon 2006 yo, ekonomi Man Francisque kite kòm eritaj la, bese. M te envesti anpil nan eleksyon yon kandida ki malerezman engra. An 2009, m konnen premye fayit la nan biznis la, 2016, yon dezyèm e dènye a an ete 2022. Men antrepo m sou ri du Quai a te toujou sou Contrat de Bail ant 2004 e 2019 e se lajan ameriken chak 5 kan. M pa janm gen pwoblèm lajan. M envite Pierre Robert Auguste, prezidan Association des Entrepreneurs de l’Artibonite vin bay yon seminè sou antreprenarya pou ede jenn yo kreye antrepriz an 2009 e M Daniel Loriston te patisipe nan legliz Bethanie reveran pastè Jean Claude Thervil, papa adoptif mwen. Dènye jou, mesye Al Capone Dayiti deklare li se premye jèn k ap lanse antrepriz li nan Nòdwès aprè seminè a. M Loriston lanse Dal Papaterie e l fè don yon fotokopyez a jounal le Novateur. Men jounal la gratwi, kote ede m nan zafè pa bon la-a Mesye Al capote Dayti. M se pitit man Francisque, manman m fè non m deja. Byen l kite vo milyon nan sant vil la. M gen kay achte sou non pitit li yo depwi 1983 Etazini ki gen 40 tan. Gangster Al Capone Dayti ta sanble tonbe sou tèt, prese wè yon sikyat Miami anvan w demansyèl! Si sila yo Toy ou Man Francisque ede te solidè, fanmi tankou etranje, yo menm ou pitit yo ki jounen jodia toupatou te dwe pote kole pou kenbe Toy Shop louvri pòt yo. Yon patrimwàn konsa pat janm dwe fèmen. M li nan lèt ou adrese papa vòlè a Mesye Al Capone Dayti, zafè m pa bon se wou k t ap ede m banm ji mistik, gastorade, elatriye pou m vann pou m ba w manman lajan an. Ou pa manke gen foli grandè Gangster Al Capone Dayti. Si m pa twonpe se te ane 2016 yo konsa. Verite a ou mande Ale nan paj 06 IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI... LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... Mechanste Gangster Al Capone Dayiti rive nan bout li…Grandèt mwen yo dekonseye m al nan tribinal, m oblije reponn gangster Al Capone Dayti a…


6 Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec “LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI” m pou itilize depo m pou vann pwodwi w yo na separe benefis la. Konbyen w te peye pou depo a ak moun ki te vann yo a Gangster Al Capone Dayti ? Pwodwi w yo pat plis pase yon de san kès Gangster Al Capone Dayiti. Ou se yon pòv bouda chire k ap kase bwa moun onèt, pran lajan yo pou wouvè kò w sou moun. Mesye Al capone Dayiti, ou sonje doktè GG, se pa vre. M gen retni. M pap janm wou. M kontan, depo a te fèmen kout men nan 200 kès ji mistik e gatorade ou te antrepoze nan Toy Shop, pèmèt boutik la tou relouvri. Se mwen k te ede ekoule pwodwi w yo. Ou frekan anpil Gangster Al Capone Dayti, pòv bouda chire w ye pou ede Riko Man Francisque alòske Papa Oreste e Gerard JeanBaptiste, Papa Jean Claude Thervil la nan vil la. Gran Papa bò kote matènèl te konn di souvan « vante m pa fye m ». Sa w bliye di ki vrè nan tout salopri ki sanble avè w ou ekri nan lèt bèf tounen l lan Gangster Al Capone Dayiti. Yon fwa m te gen bezwen 5000 goud pou m te bay yon pèsonaj, zanmi Toy ou Man Francisque, m te vinn kote w pou sèvis la, ou te fè yo banm lajan an nan Dal Papeterie. M pa sonje sim jann remèt 5000 goud sa a. Si w di m vòlè 5000 goud, koupab. Men konbyen w peye m pou 18 pwomosyon Ecole de Formation et de l’Entreprenariat (EFEL) yo, Lapwent tankou Pòdepè, Gangster Al Capone Dayiti ? Konbyen w peye m pou siyati a anba tout sètifika ou livre yo nan EFEL ? Konbyen Francisque kontribye nan konstwi Daniel Loriston, ou engra e mechan anpil ? M padone menm mechanste w la men sonje w anba Lespri imòtèl Toy ak lakou a. Anpil moun te di m pa fè wout avè w, m panse yo te jalou yon jenn gason k ap batay pou l soti tèt li. M te menm ba w grad antreprenè sosyal, Donald Trump aytien. W ap travay, w ap fè lajan, w ap ede sosyete a, se sam te konprann e kwè. Jodia, sila yo k konseye m pridans, ou se yon ti vagabon dwat long siperyè, genyen m rezon. Sila yo k te dim evite Gangster Al Capone Dayiti, padon mil fwa, nou genyen m rezon. Francisque fè twa Contrat de bail an 15 zan (2004-2019) ki rapòte l $90.000 US. Zafè l pa bon. Senatè Evalière beauplan bay yon job konsiltan nan sena a kote l rantre yon salè 400.000 sou 10 mwa. An 2013, SG Lucien Francoeur fèm Kowòdonatè teren Plan Special la kote m resevwa yon salè 80.000 goud pa mwa ant 2013-2016 e Toy Shop vann diri 10 sou 10 pou leta aytien ant 2013-2014. Menm moman sa yo m konplete 26 kou nan pwogram doktora nan ISTEAH e m peye $10.000 frè skolarite. Ale nan paj 07 Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ? KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531 Mechanste Gangster Al Capone Dayiti rive nan bout li…Grandèt mwen yo dekonseye m al nan tribinal, m oblije reponn gangster Al Capone Dayti a…


7 ...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTI... RIBRIK : Diyite... Nan moman sa yo w ekri zafè m pa bon se wou k lonje menm ban mwen. M pèdi Gangster Al Capone Dayiti. Chache kote k grate w. Èske w panse k di bay tout moun « le bénéfice du doute » la tonbe ? M ap kontinye fè tout moun konfyans jis ou pwouve ou demerite konfyans lan. M ap kontinye renmen tout moun paske nou tout se frè ak sè m. Men m rantre sitasyon sa yo nan lavi apati jodia : « Mon grand-père disait toujours : N’aie pas peur de ceux qui te détestent mais fais attention à ceux qui font semblant de t’aimer ». « Soit prêt à être rejeté si tu refuses d’être manipulé ». MC Motivation : « Je n’oublierai jamais cette personne qui est venue avec sa touche lorsque j’étais perdu dans l’obscurité ». Ivorino : « Nous quitterons tous un jour cette planète sans rien emporter, seul le bien que nous faisons va rester ». Joël Kabamba : « Ne cesse pas d’être une bonne personne à cause de mauvais personnes ». « Si un ami devient un ennemi, cela veut dire qu’il vous détestait depuis le premier jour ». « Le pouvoir d’avoir un bon cœur, c’est que les gens pensent que vous êtes stupide ». Gangster Al Capone Dayiti, Guizmo pale avè w nan panse sa-a : « Je ne suis pas gentil, je ne suis pas méchant, je suis le reflet de ce que tu dégages ». Emisyon w « pensée critique » aprann anpil bagay, sitou m pat swiv kou filozofi nan filo nan kolèj Les Normaliens Réunis sou Pacot nan Pòtoprens. Ou te yon bon anseyan. Sak etone nan lèt tou louvri l la ou tou dezabiye w, mete m toutouni e pwouve klè kon dlo kòk, ou fo, Gangster Al Capone Dayiti. Ki sa « pensée critique » ye pa definisyon ? Sit www.wikipedia.org defini l « La pensée critique est l'analyse des faits, des preuves, des observations et des arguments disponibles afin de former un jugement par l'application d'analyses et d'évaluations rationnelles, sceptiques et impartiales ». Tout sa w ekri yo se manti Gangster Al Capone Dayiti, m wont pou wou, pou se ak Francisque Jean-Charles ou chwazi fini tèt ou. M pa ka rayi moun ni m pa ka sispann renmen moun men ou sispann frèm, jan w te gentan anonse l. M gen yon gwo avantaj sou pi fò moun nan peyi a, m pa rankinye ; m renmen ak respekte tout moun eksèpte sila yo ki kontribye nan kraze peyi n e menm yo menm m fache kont movè konpòtman yo afiche yo nan fè peyi a mal men m pa rayi yo ni vle wè mal rive yo ; m grandi gran nèg konsa m pa ka jalou pou zafè materyèl zòt ; ti frèm, pwofesè m nan zafè pale devan mikro radyo, k fèm yon jounalis san plòm Frantz Michel dekri Francisque ak mo sa yo depwi 2003 : « Francisque est incompatible au mal ». Annou kòmanse depwi nan tèt, arive m anndan peyi a soti Etazini desanm 1999 kòm manm legliz Jezikri Sen Dènye Jou Yo. Ou se premye moun k te atake m an 2001. M bwè sa w te di m nan. M bay kazèn li. Papa w Seuldieu Loriston, yon patriyak pou mwen, yon saj m aprann anpil nan men l, nan Ale nan paj 08 Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond... Mechanste Gangster Al Capone Dayiti rive nan bout li…Grandèt mwen yo dekonseye m al nan tribinal, m oblije reponn gangster Al Capone Dayti a… Bayyinah Bello Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF) FONDASYON FELICITEE (509) 22 48 22 38; 29 40 08 69 sitweb: fondasyonfelicitee.com Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou. Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!


8 ansèyman doktrin legliz la, nan prèch li yo nan legliz la. Seuldieu, gran frèm, se pi gwo prezidan legliz la janm konnen nan Pòdepè. M pa janm nye l se youn nan mentor m. M aprann nan men tout moun, menm si la yo k pa konn li yo. M gen anpil respè pou tonton w François, tisè w Emma. Manman w toujou di m li se fanmi Toy ou Man Francisque. M pwòch fanmi sa a anpil. E zak asasen ou fè sou mwen pap fè m pa onore yo, yo pa fèm anyen. Moroni Elementary School, premye lekòl lanse nan legliz la se èv mwen ak manman w e m te chwazi frè w Marc-André Loriston pou direktè l. Se mwen k bay otorizasyon pou lekòl anrejistre nan Ministè Edikasyon nasyonal. Enspektris Conceptia Charles deplase vin lakay ak M Lorison direktè a pou m bay akòm kòm fondatè lekòl la chanje an Sténio Loriston. Nou janm voye yon chèk fèm kado pou byenfè sa.a. Jodia se menm Marc Andre Loriston sa a ki an 2022, lèm ekri kondisyon yo pa reyini pou lekòl louvri ki reponn « yon enbesil ki pa vo depatman anyen » e sou dosye Bank Pa Nou li te rele m an prive m te explike l tout bagay e m se te frè l e jodia « Francisque Jean-Charles se vòlè ki fè moun sal parèy li yo ap ranse ak frè l ». Me Job Louis gen rezon lè l ekri : « Ne faites jamais du bien si vous n’avez pas le courage de supporter l’ingratitude ». M sonje nan yon emisyon sou radio Planet FM, Gangster Al Capone Dayiti deklare : « Gade gwosè yon kay pou se sèl Francisque Jean-Charles k ap dòmi ladan l alòske li te ka ebèje plizyè lòt fanmi ». Se fanmi sou fanmi ki pase nan kay Man Francisque yo. Manman m Toy te di m pa vann, pa afème. Èske pou lajan m ka voye jete nanm manman m ki abite boutik li pandan 52 zan pou lajan ? Gangster Al Capone Dayiti, ou poze kat aksyon k fè m te kòmanse pa pran w oserye e m te menm di kèk pwòch nou ou se yon fo, ou pa onèt menm ak tèt ou e ou ava dèyè lajan, e menm masisi w ap fè pou gen lajan. Tifrèm Raymond Destima alias Dadaraymond, lwayal pou lavi, defansè avèg gran frè l, banm lajan tout tan, se premye moun ki di m pa kole sou wou, ou se yon « fake ». Plizyè fwa lale pou l demonte w, m di l pa fè sa. Gen lòt moun ki di m tanperaman w ap trayi w Francisque, mesye sa a se yon dwat long siperyè, k ap kale kòl ak lajan moun. Francisque gen twa enfrastrikti komèsyal ki ka rapòte l $25.000 anyèlman sil afème yo, zafèl pa bon. Ou konn yon lòt moun ki abite sou de ri nan vil Pòdepè, eritaj Man Francisque gangster Al Capone Dayiti. Ou se prezidan konsèy adminsitrasyon Bank Pa Nou (BPN), w ap vann li nan emisyon matinal ou sou RG-80, biw, ou resevwa yon prè nan yon lòt kowoperatif, ou mete BPN nan poubèl e w ap fè pwomosyon kowoperatif ki prete w lajan an. Tout pyès pare pou n legalize BPN, ou te fè kwè pa gen ase lajan pou legalizasyon an or nou te afilye avèk yon lòt kowoperatif nan PAP. M konprann byen jodia poukisa ou te bloke legalizasyon BPN gangster Al Capone Dayiti. M se vòlè a. Nodwès boykote vizit Claude Joseph la, ou chwazi pran etidyan EFEL yo al bay mesye a kowòm nan konferans li. Mesye Al Capone Dayti pout e ka vole vedèt moun kit e fèl rantre Pòdepè a, pat gen yon quid pro quo? Se Francisque ki vòlè 400 mil goud lajan malere yo. Dosye bato Miss Lilly k pote zam-bal Pòdepè a. M pap di plis, m konnen ou konnen. Wap chache azil politik, lari a k aprann mwen sa paske ou pèsekite pa gouvènman Ariel Henry a alòske sa w konnen m konnen l tou, barik mayi a rete la. Sa w te rakonte lè m te granfrè w m pral nan simityè avè yo. Jou m trèt yon moun ki fè m konfyans ou fè manti sou moun, Agawou dwe kase kou m. Si yon moun fè Francisque mal, lakou m reponn ou, m pa responsab. Ou konprann gangster Al Capone Dayiti. Sam note nan lèt bouyi kaye w la, gen lè ou bliye « à dessein » ou pa fè sèman sou tèt pitit Ale nan paj 09 Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa... “PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA Mechanste Gangster Al Capone Dayiti rive nan bout li…Grandèt mwen yo dekonseye m al nan tribinal, m oblije reponn gangster Al Capone Dayti a… RIBRIK : Sa zòt panse...


9 TOY SHOP PLUS BOTANIKA 30, Ru Defile, PòdePè, Ayiti Telefòn: 3848 5890/4141 1518 Francisque Jean-Charles fi w la fwa sa a lè w akize mwen mwenm ak madanm mwen kòm de gwo vòlè lajan Bank Pa Nou. M te remèt avoka m Mét Schmith Corneille kopi lèt tounen w lan pou somme w gangster Al Capone Dayti sou pil manti ou fè sou mwen yo, men Mèt Fresnel Jean, mentor m, profesè m, gran frè m dekonseye menm jan ak Kouzen m Sonighter Alcimé, wa va peye mechanste w jan lesrpi imòtèl Man Francisque ak Lakou a vle l la. Ou tèlman anonse zafè m pa bon nan lèt tou louvri w la, yon pwòch mwen vekse peye avoka pou rekipere repitasyon m m konstwi pandan 24 lane. M padone w gangster Al capone Dayiti m pa rankinye men ou pa sonje se wou k fè piblisite gratis pou de Toy Shop Plus yo e woule yo nan RG -80 gratis. Mèsi anpil pou don sa ou te fè m. Se vre m manke likid (cash) ki sikile nan anviwonman imedya m depwi fayit ete 2022 an nan ekonomi kriminèl la. Senk moun ki fasilite m akite dèt $7.200 US a founisè a, men pa wè non w sou lis la, mesye foli gran nèg. M chwazi pa site non akonpayatè yo, men m redi yo ankò yon gwo mèsi. Pou rapèl gangster Al Capone Dayiti, m refize travay nan OFATMA pou 50.000 goud e nan Sena a pou 60.000 goud an 2017. Ou te ka fè sa mesye foli ede Riko Man Francisque. M refize yon travay $2000 US fen 2022 ak tout lòt avantaj ki vini avè l nan Ministè Edikasyon Nasyonal pandan tou twa boutik mwen fèmen gangster Al Capone Dayti. M se Riko Man Francisque. Gangster Al Capone Dayti, foli gen lajan ponkò janm danse nan tèt Francisque Jean-Charles paske manman m ki te genyen te anseye m depwi a 15 zan pou m pa atache ak byen materyèl, yo pa rantre nan simityè. M p ap chache richès materyèl. Antoine St Exupéry anseye: « Le plus beau métier d’homme c’est le métier d’unir les hommes ». Man Francisque achte kay Miami pou pitit li abite al lekòl an 1983, sa fè 40 tan. Ou konnen yon Ayitien ki abite Etazini ki pa janm peye kay. Desten m sanble troke nan renmen moun, tout moun. Kounye-a, annou presi e rete kalm, sekrè w yo pap expoze sou plas piblik, salopri moun pa Ale nan paj 10 Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou... NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON RIBRIK : Di saw vle... Mechanste Gangster Al Capone Dayiti rive nan bout li…Grandèt mwen yo dekonseye m al nan tribinal, m oblije reponn gangster Al Capone Dayti a…


10 JENERASYON NOUVEL AYITI “POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE KLINIK Dr. Jean Robert LALLEMAND Klinik Sa-a Pran Swen Tout moun nèt... Ri Kotplaj # 1 Nan Grigri... Tel : 3394-2098 regade m. M panse nou tap frè tout lavi. Ou chwazi sal imaj ak repitasyon moun ki pi onèt e pi entèg nan mond lan. Francisque modès e l vil lavil lwen bagay materyèl. M pa janm gen ni fè lènmi. Si w fanmi m, ou rele m frè, papa e w se etidyan m, ou gen soupson sou Francisque, ou pa t janm te konnen m.Kontante w ak panse Ivoirino sa a ki aproprye ak sikonstans sa a: « Ne me dis pas ce qu’ils ont dit sur moi, dis-moi ce que tu as dit pour me défendre ». Rès la pou mwa Novanm ************ Marcna Andy Pierre/12e Leson/Esperyans! Rete otantik ! Rete oumenm! Toujou songe glwa , konpliman yo yap bannou an se jis yon ilizyon, yo pa fòseman anpil fwa sensè, e yo pa dire vre. Evite pran kèk dezisyon jis pou w ka jwenn kèk konpliman, Evite pale nan tout bagay jis pou w ka fè wè oswa sou detwi moun…. Ou vin yon moun ki enspiran, ki motivan lè ou chwazi rete oumenm, ou chwazi rete otantik. 16e leson/esperyans Rete fokis! Anpil pwojè pa rive reyalize, se pa paske yo pat bon. Men nou jis pat konsantre nou pou n te rive fè yo reyalize. Evite kòmanse yon pwojè jis pou w ka fè moun pale de ou, pou w ka vin popilè. Evite kòmanse plizyè pwojè ansanm, san w pa konn finalite yo. Fè yon pwojè kap itil ou e kap itil sosyete wap viv la. Rete fokis sou pwojè ou vle a, epi batay pou w reyalizel. Pa fè yon pwojè jis ka pou w vin tounen yon enfliyansè! Mechanste Gangster Al Capone Dayiti rive nan bout li…Grandèt mwen yo dekonseye m al nan tribinal, m oblije reponn gangster Al Capone Dayti a…


11 Réflexion loufoque#1218 Nou li sou kotidyen Listin Diario deklarasyon lagè agrikiltè aytien yo fè, yo detèmine fini konstriksyon yon kanal ki detoune flèv sou rivyè Masak la: « Le canal ou la mort, nous sommes prêts à être enterré dans le canal ». Prezidan dominiken an Luis Abinader fèmen tout fwontyè yo ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti e anonse an gwo ponyèt tankou l pata gen gen omològ an Ayti e l gen rezon paske Ariel Henri ilegal e ilejitim: « Avant tout dialogue, la construction du canal doit cesser ». Lunes Florestal poze kesyon milyon dola a: « Nou kwè vre vre vre se ta pou yon senp kanal, gen tout deplwaman militè sa yo…di maladi nou soufri a tande ». Plan pou deplwaman fòs lame miltinasyonal k te dwe prezante pa Etazini ak Eqwatè pa menm jwenn kowòm e l ranvwaye sine die. E minis defans ajanten an Jorge Taiana te gen tan anonse depwi madi pase a LONU t ap analize posiblite pou deside ansanm ak Ayiti sou fòmasyon FADH pou demantibile gang yo an Ayiti. Etazini blese nan ògèy li k te planifye pou kache dèyè Kenya ki ta pral kondwi fòs miltinasyonal la an Ayiti pou reyalize katriyèm okipasyon an. Eric Stromayer, chaje dafè ameriken an Ayiti te gen tan anonse: « Etazini ap bay lajan, lojistik ak twoup » kanpe dèyè skizofrèn Abinader k ap mande lontan pou kominote entènasyonal la entèvni an Ayiti pou mete nou nan wòl nou pou afwonte sivil yo sou rivyè masak ki ap sanble yon pretès pou Etazini anvayi Ayiti tankou yon liberatè. Plan ameriken pou Ayiti « Global Fragility Act » dwe enplemante menm si yo fè yon dezyèm jenosid tankou jan yo te extèmine TaïnosArawacks yo nan Ispayola nan ane 1500 yo. Frè m, sè m yo, veye anwo, veye anba, ame w ak tout sa w jwenn pou defann bout tè sa a papa Dessalines-Pétion te kite pou nou. Pa gen yon pèp k rele dominiken. Gen yon gwo moso tè anndan lil Dayiti, espayòl yo volè an 1844 ki rele Sendomeng. Ou pa janm konnen, konfli san tèt ni pye sa a Abinader kreye a ka yon opòtinite pou lame endijèn nan mache pran espayòl yo nan Sendomeng. Pa bliye, doktè antwopològ Lewis Ampidou Clorméus aprann nou: « Dans le vodou, les morts cohabitent avec les vivants, le visible et l’invisible s’interpénètrent ». L’armée des Incas, mache pran yo, kase kou yo, simaye maladi toupatou si Abinader ta tire yon peta sou konpatriyòt nou yo. Gen yon pil defansè Grand Satan an ki pral di w se Ayitien ki pwovoke Ti Satan an ki fè yo atake Ayiti e Etazini defansè nou anvayi Ayiti pou sove nou. Ansanm nou envensib e enkasab. Ann pwofite konfli rivyè masak la pou n tou mache pran Ariel Henry e monte yon gouvènman tranzisyon koupe fache sou de twa zan pou n rekonkeri diyite ak souverènte nou anba men Gran Satan an e reprann pouvwa politik la nan men zaferis ak politisyen transnasyonal k ap detwi Ayiti pou nachon malveyan yo. RL#1218, 15 septann 2023 SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU... Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kilti yo ak lang yo.. RIBRIK : Sa zòt di... Konfli sou rivyè masak la, ta sanble yon pretèks ameriken pou anvayi Ayiti pou enplemante “Global Fragility Act” ?


12 « Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo nan mond lan » —Napoléon Bonaparte ********************* ********************* Deklarasyon Papa nachon an Dessalines « Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo, byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite » KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM « Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou Bondye ak pou lumanite » Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929 PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN


Click to View FlipBook Version