Guy Philippe Kontinye doubout pou Ayiti Sponsorisé par KREYOLOFONI LANE VI, NIMEWO 081 AVRIL 2024 CHAK MWA ANDEDAN KREYOLOFONI Pa Bliye Pèsonn pa ka repwodwi atik jounal sa a san otorizasyon redaksyon an Redaksyon an pap publiye atik san non san adrès NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID TAP TAP MULTISERVICES TOY SHOP PLUS BOTANIKA PLANET FM 100. FM STEREYO 1.– Egare m ye...Nou tap ri m… p.6 2.– Wi fout m pat espere kou politik Moise la kont Ayiti p 11
2 Edite ak Enprime pa KREYOLOFONI 38 48 58 90 KREYOLOFONI Fonde 12 avril 2017 par Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles Propriyetè : KREYOLOFONI Depo Legal : ISBN PDG : Pierre Richard Osias Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles Administratè : Relasyon Publik : Trezorye : Redaksion : Publisite : Rubrik Spò : Rubrik Kultu : Dieunou Maurice Fotografi : Wilgens Devilas Grafis : Ebens Pierre Teknisyen-Enprimè : Mesaje : Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie 59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti E-mail : [email protected] Telefòn : (509) 3848/5890 Email :[email protected] Website : www.lenovateur.webnode.com KONBIT NORD-OUEST POUR UNE NOUVELLE HAYTI (KNONH) Parti Politique Régional & Moderne Faites-vous membre pour le désenclavement et le dévéloppement du Nord-Ouest. Appelez aux # 36 53 65 84 38 48 58 90 Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo... SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN
3 Moise pa pran nan okonn pyèj, tifrèm trayi Ayiti…Guy Philippe kontinye doubout pou Ayiti Nou sonje m te ekri m bay tifrèm Jean Charles Moise « le bénéfice du doute », « le temps nous dira ce qui s’est réelllement passé ». M Moise voye non Emmanuel Vertilaire bay Caricom 18 mas pase a. Demen 19 mas, menm M Moise bay yon konferans pou laprès kote l denonse pwopozisyon Caricom nan. Tifrèm Jean Charles ki pa yon bègwè deklare: « M pa swete Caricom pwolonje kriz la…M te nan reyinyon ak yo 9 mas, nou te revele yo plan nou k repoze sou yon Konsèy Prezidansyèl 3 manm andose pa 150 pati politik, 3250 ònizasyon popilè, peyizàn e ouvriye. Nou te di yo antant sa a nasyonal e l pa negosye ». M vole ponpe tèlman m kontan, m gen tan ap di revolisyon 1803 ap abouti fwa sa-a. Tifrèm Jean Charles ale pi lwen pou l fè Caricom konnen: « Nou pa ensense. Nou ranvèse gouvènman an (Ariel Henry) paske l te ankouraje kidnaping, ogmante ensekirite a. M pa konprann kòman Caricom kapab pwopoze nou pou n chita ak reprezantan menm gouvènman sa a nou te déjà refize tout negosyasyon ». Misyon akonpli. Antèman gouvènman Henry an chante. M Moise, Pitit Dessalines, pa ka prezante nou yon sèpan a 7 tèt. Nou voye l jete ». Jean Charles Moise, se frèm ou ye paske w se Ayitien parèy mwen, men Caricom fè w vale koulèv 7 tèt la anvan menm ou te fè deklarasyon sa yo nou site pi wo a. M p ap lapide w tankou pil lòt frè ak sè ki nan pati politik kote dirijan l yo pi mal pase w. Jounalis Valery Numa idantifye Jean Charles Moise kòm « yon tanbou de bouda. Sa politisyen an di jodia se pa li l fè demen. Sa politisyen an di jodia se pa sa li di demen. Politik chita sou enterè ak avantaj » men n ap ajoute odetriman Ayiti. M Moise antant Moise-Philippe, majorite pèp la te mache ladan l, anndan tankou deyò. Lè m tande pwopozyon 5 mas sou Conseil d’Entente Nationale la, m gen tan di depwi gouvènman 3 tèt la enstale nan Palè nasyonal, m ap tou enskri nan Pitit Dessalines paske M Moise ap tou prezidan an 2025 nan premye tou ak yon manda popilè nou ponkò janm wè nan listwa eleksyon nan peyi sa a, viktwa Pè defroke Jean Bertrand Aristide 16 desanm 1990 ap yon rans. M move kon kong. Se yon gwo kou Moise pote Ayiti e l tou antere politikman. Tifrèm fè chwa l, li gran moun, se pèp souveren an k ap bay repons pou trayizon sa a. M senpatize ak tifrèm Jean Charles paske l fè anpil sakrifis pou ede retire peyi a anba men « Gran Satan an » (Chavez, 2001). Li pran anpil gaz, li reziste, lapolis tire sou li pou asasinen l nan manifestasyon. Lari a menm voye l lopital Cuba sou Jovenel Moise an 2017. Men m pa nan Pitit Dessalines. M kanpe kòtakòt ak Guy Philippe paske l di l ap ede chavire sistèm nan e m ap mande Tabula Rasa depwi 2006. M tande M Philippe ki di M Moise nan yon konvèsasyon telefonik sou kout ba a: « Si w pa retrake, n ap separe ». M Moise reponn se Larisi ki fèl rantre nan pwopozisyon Caricom lan. M Philippe fè l konnen, se pa vre. Se menm jan ak doktè Rod Joseph ki fè Guy Philippe kwè yo pèdi batay la, swa li chwazi Caricom swa lanmò paske Larisi ekzije pou n rantre nan pwopozisyon Caricom nan ; otreman y ap mete anbago e y ap asasinen w. Tifrèm Guy reponn M Joseph: « Nou pa gen pou n resevwa lòd ni nan men Etazini ni Larisi. Nou p ap soti anba enperyalis ameriken pou n rantre anba enepryalis Larisi. Yo vle enpoze anbago, enpoze anbago. Ayiti déjà anba anbago deja. M p at pwomèt batay la t ap fasil, l ap long e difisil. Objektif batay la se byenèt pèp la ». M Philippe pa chanje diskou: « Se pèp ki bay pouvwa. Se swa yo touye m ou byen mwen sove pèp aytien ». M kanpe kòtakòt avè M Guy Philippe e m gen tan fè lènmi pou pozisyon sa a. Pèp souvren an tankou m klè kon dlo kòk pa nan krèy Caricom ki vle enpoze Ayiti yon Konsèy Prezidansyèl 9 manm ak Edgar Leblanc Fils, Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire, Smith Augustin, Leslie Voltaire, Fritz A. Jean, Laurent St-Cyr, e de obsèvatè Frinel Joseph e Régine Abraham. Gilles -Jean-Voltaire gen demele ak lajistis e se iminite y ap chache. Ale nan paj 10 “Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay EDITORYAL LA KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU
4 Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti PDG Ralph Moreau Tel : 3154-0909/4250-4949 Captez la radio en ligne : www. [email protected] man aprè li fin akouche a. - Li ta dwe jwenn asistans sikolojik paske imedyatman aprè yon akouchman pou yon fi twouve li sou presyon popilè, lapolis arete l, tout moun ap kilpabilize li, vizaj li sou rezo sosyal, sepa yon bagay ki agreyab. M pa kwè gen yon fi k ap gen kouraj sipòte tout bagay sa yo aprè yon akouchman. Sikolojikman li afekte, mantal li pa anfòm. Lòt bagay ankò, pèsòn nan nou pa konnen rezon ki fè li fè sa l fè a. Mwen panse ke dam nan dwe jwenn asistans medikal ak sikolojik pandan ke paralèlman, lajistis ap fè travay pa li a. Men fi a paka fèmen nan prizon san ke lipa resevwa swen nan 2 nivo sa yo. C’est inhumain ! Mwen pap defann sa l fè a, dayè li dwe peye zak li. Men avan tou, nou se moun. Lajistis dwe envestige pou konnen vrè rezon ki koz fi a tiye bebe a, èske se pa yon timoun ke papal pat okipe depi nan gwosès la, si se sa yo dwe jwenn vagabon an e pini li pi sevè ke dam nan. Yon nèg ki konnen w paka okipe pitit, pa bay fanm gwòs. Si se ta paske papa pitit la patap okipe l ki fè dam nan tiye l, papa pi kriminèl ke dam nan. Sikològ ak doktè ki pòdepè yo, bay fi a asistans paske li bezwen sa. Se t ap yon jès imen. Mwen ta swete reponsab lajistis ki arete dam nan li tèks sa. Berly Geneus Konsènan sa k pase pòdepè jodi samdi 30 mas la. (Dam ki lage timoun nan twalèt la). Kòm sitwayen, kòm yon moun ki konprann sitiyasyon difisil peyi a twouve l jodia, kòm medsen, sitiyasyon sa-a entèpele m. Mwen swete ke responsab lajistis ki genyen fi a nan men yo aktyèlman li sa m pra l di a. Lè m gade bebe a ke yo montre nan foto a, mwen wè ke se yon dam ki fè yon akouchman nòmal, bebe a avèk tout placenta (mèt vant lan) e aparaman se yon timoun ki rive a tèm, savledi nan lè pou l te fèt. Dabò mwen kondane sa k fèt la, paske jete yon timoun se detwi yon vi, men… Lè n teni kont de sitiyasyon yon fi kapab twouve l aprè yo akouchman Lè n teni kont de enèji sa mande pou yon fi akouche yon timoun Lè n teni kont de kantite san yon fi ka pèdi pandan yon akouchman, si gen laserasyon (si fi a chire) a kèk lòt pwoblèm ki ka koz fi a senyen plis toujou Lè n konnen ke anpil fwa moun ki nan sitiyasyon difisil pa ale lopital lè yo ansent (grossesse non suivie), donk nou pa konnen a ki risk fi a ekspoze aprè akouchman sa. Mwen fè 4 konsiderasyon sa yo sèlman : - Nòmalman fi a tadwe jwenn asistans medikal pou gade nan ki eta sante l ye prezantMITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab... E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO Dam ki lage timoun nan twalèt la
5 Josette Cyprien/Francisque Jean-Charles Yon moun sou Gwoup Savary Hayti ekri : « Cet article 291 qui empoisonne aujourd'hui encore la vie de nos concitoyens à travers le conseil des 7 présidents, issus d'un même Parti, excluant tout le reste dont PHTK et tous les Partis qui optent pour un retour à la Constitution de 1987 encore vigueur, malgré tout. MACOUTE PA LADANL. Ariel HENRI n'a pas le droit de signer l'arrêté créant le (Conseil Présidentiel) et beaucoup plus encore. Alors l'ironie du sort c'est que l'arrêté portant création du Conseil Présidentiel sera signé par le Premier Ministre a. i. Haïti chérie, jusques à quand ? Cette exclusion de tes filles et fils dans notre société ? » Josette Cyprien ekri : « Map reponn ou sou sam ekri a. MACOUTE pat yon enstitisyon, Ariel HENRI pa yon enstitisyon, li reprezante yon enstitisyon ki se Primature PHTK, se yon Parti Politique tankou tout Pati politik ki te e ki opouvwa tankou LAVALAS ki te sou pouvwa e ki retounen la-a ak 7 prezidan. Yo tounen ak MACOUTE pa ladanl. Sa nou di nan sa? Moi, Josette CYPRIEN, je parle de Société ak tout mounn ki formé Sosyete a. Mwen komprann mal ke kan lide yon seri de mounn di yo, yo rejete yon lòt kategori mounn andedan Sosyete a. Tout mounn dwe nan solisyon Peyi a. Sinon mounn ki santil twò bon an, kel voye premye ròch la. Fòk excluzyon an fini ». Francisque reponn : Mesi anpil pou tranch listwa sa a frè an m. N ap raple anperè Faustin 1e se te pitit papa Dessalines, li sèl ki te restore anpi a e l pat jwe ak milat yo. Geffrard remèt enstriksyon, kilti ak edikasyon nan men menm kolon yo nou te chase Vètyè yo nan siyen Concordat 1860 lan. Men se te rekòmandasyon diplomat fransè Théodore Gaspard Mollien ki te vin etidye jan ayitien panse an 1825. Rekòmandasyon yo: 1. La France doit envoyer en Hayti à la fois des enseignants et des prêtres pour former une élite hayienne. 2. Ne jamais rien faire pour contrarier l'élite mulâtre car les mulâtres sont plus des alliés de la France que des alliés d'Hayti. NB: Les Etats-unis vont remplacer les mulâtres par les sirolibanais levantins en 1915 3. Nous devons nous concentrer de manière à modeler l'esprit des Haytiens pour qu'ils croient qu'ils sont des Francais. NB: Aujourd'hui, nous sommes des américanophiles. Nou soufri yon kriz didantite grav e tout tan revolisyon kiltirèl la pa fèt pou n tounen nan valè ak tradisyon zansèt yo, lang rezistans ki se kreyòl ak spiritwalite vodoun lan, Ayiti pa ka devlope. Lame endijèn sou Geffrard an jiyè 1844 batay ansanm ak rebel dominiken nan Sendomeng pou chase lame espayòl ki te vle retabli lesklavaj, olye Geffrard fè lil la yon sèl li remèt otorite sendomeng yo l. Kervin Orte Garojas, yon dominiken di 27 fevrier 1844 se pa jou dominiken pran endepandans yo se jou dominiken blan pran kontrol lil e separe nou Dayti. IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI... LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... Makout pa ladan l, Ariel Henry pa yon enstitisyon non plis
6 Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec “LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI” M p ap lapide Jean Charles Moise janm wè anpil frè ak sè ayitien ap fè l sou rezo sosyo yo. E nou mechan anpil. Nou fètankou dirijan pati politik nou yo pi miyò. Makout k kont Moise yo : François Duvalier « Papadòk » mete ansanm ak enperyalis ameriken atravè CIA pou arete, mete nan prizon Fort Dimanche, asasine e ekzile tout opozan a rejim li. Li rele yo kamoken, kominis. Rejim makout la touye pase 30.000 Ayitien. Konbyen moun Moise touye ? Jan Valery Numa di l la « Jean Charles Moise se tanbou de bouda ». Lavalas k ap vomi sou Moise yo : Doktè Jean Bertrand Aristide ki resite nan lòbèy Caricom nan pi bon pase M Moise ki te siyen kòm Prezidan Dayiti pou militè ameriken vin souye teritwa Papa Dessalines nan an 1994. Se zak wot trayizon, se sa M Moise fè li menm e l p ap dirije Ayiti. M Moise pa respekte pawòl li tankou pi fò nan nou. M di li pa gen karaktè. Lespwa/Imite k ap ridikilize Moise : René Préval likide e fè kado 54 biznis leta tankou Minotri Dayti, Siman Dayti, Hasco, Aciery Dayiti, elatriyeki voye anpil frè ak sè nou nan chomaj. Préval asepte an 201, Sekretè Deta Ameriken Hilary Clinton enpoze Joseph Michel Martelly kòm prezidan Dayti malgre l konnen se Mirlande H. Manigat ki genyen eleksyon yo. M Moise ponkò vann Ayiti ak etranje. M ap dakò M Moise se mantè, pi fò nan nou pa diferan. Moun Tèt Kale yo k ap pale M Moise mal yo: Joseph Michel Martelly asepte l Prezidan Dayiti malgre l konnen li rejte nasyonalite peyi l. Li siyen bay frè Hilary Clinton dwa explwate min dò nan peyi a. Prezidan Martelly ak akolit li yo vòlè 4.2 milya dola fon Petro Caribe. M Moise ka koken men m ponkò tande l vòlè lajan leta e l te senatè peyi a. E nou menm Jovenelis yo k ap griyen dan sou M Moise: Nou bliye senatè eta Florid Marco Rubio fè prezidan Jovenel Moise chwazi Taiwan pou sak diri olye l chwazi Lachin pou ede devlope Ayiti. Se menm prezidan Moise ki vote pou mete deyò Venezwela nan OEA e ki pat rekonèt viktwa Prezidan Nicolas Maduro nan eleksyon malgre Moise, li menm, emisè ameriken Daniel Foote di se Depatman deta k te mete l. M ponkò janm tande M Moise vòlè eleksyon. Ale nan paj 09 Tout se te swa dizan Prezidan Dayti e yo te sèmante pou fè respekte lwa peyi a. Nou se pil fanatik k ap defann pil trèt sa yo Ale nan paj 10 ki fè nou pèdi eritaj zansètyo te kite Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ? KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531 Réflexion loufoque#1274 : « Egare m ye…Nou t ap ri m »
7 ...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... RIBRIK : Réflexion loufoque#1278 : Me deklarasyon SEA Antony Blinkin fè k fè: "Se sèl pèp Aytien ki kapab, se sèl pèp Aytien an tou ki ta dwe detèmine pwòp avni li - Pèsonn lòt moun pa ta dwe fè sa. Men, nou tout ki la a - Caricom, Etazini ak lòt patnè nou yo - nou kapab ede". M ap ajoute, ipokrisi. Redaktè jounal The Nation Amy Wilentz reponn pou Ayti, li ekri : "Incroyable...Que le chaos peut envelopper Port-auPrince et ses environs, et les Etats-Unis si avides à marcher sur Hayti dans le passé, sont paralysés. Cela veut dire que les EU n'ont plus d'intérêts commerciaux en Hayti autre que le trafic de drogue lequel requiert seulement des armes et des voyages en avion". Mèsi madam Wilentz pou eklèsisman sa a. Se Jeneral Colin Powell, SEA tankou jwif Blinkin ki te di : Les EU ont travaillé pendant plus de deux ans à l'écrasement d'Hayti". Pouki èn sa a kont Ayiti? Ayiti pa solisite èd Etazini, pa yon fwa ou jis anvayi an 1915 pou kontwole finans ak dwàn yo, an 1994 e an 2004 pou piye resous peyi a m tande k se rezèv stratejik Etazini. Se menm diskou BS sa a k ap soti nan bouch tout politisyen ameriken pou blofe nou depwi Inityativ Dotawa an 2023 kote nachon malveyan yo "suspendre l'indépendance d'Hayti". Nou tout pa senj jan Etazini kwè l la. Etazini plis bezwen Ayti pase Ayiti bezwen l. Etazini ak patnè asasen l yo peye pil apatrid anndan peyi a pou ede l kraze Ayiti. Je nou klè e nou byen konprann, kite n regle zafè peyi n san enjerans etranje. Ayitien fè chwa Guy Philippe pou dirije Ayiti, kite yo mouri ou sove avèl. RL#1278, 4 avril 2024 Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond... Nou tout pa senj e nou konprann lènmi nou an se wou Etazini... Bayyinah Bello Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF) FONDASYON FELICITEE (509) 22 48 22 38; 29 40 08 69 sitweb: fondasyonfelicitee.com Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou. Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!
8 Tout pati pilitik ki nan Accord Montana, Accord 30 janvye, Fanmi Lavalas, EDE/REN e Compromis historique, SDP e Accord 21 desanm 2022 ki fè pati "Trèy Caricom nan", trayi Ayiti paske yo asepte okipasyon peyi dayiti. Sa vle di nou tout se yon pil salopri ki vann Ayiti pou pouvwa, lajan ak privilèj. M pa wè yon nòt soti bò kote okenn pati politik, menm AAA, ki denonse krim sa a, klas politik retwograd, sèvil fè sou manman nou, Ayiti. Sèl JC Moise ki te kòmanse denonse e ki chanje kazak, Guy Philippe e an grann pati nan pèl la. Sèl nan Pitit Dessalines, m wè gen kèk grenn Aytien k demisyone paske yo pa dakò peyi yo okipe. Tout manm pati Fanmi lavalas, OPL, Fusion, elatriye, koube devan Caricom, y ap tann pou yal piye Ayiti, kontinye toupizip mas yo. Se pa sèl Moise ki trèt, nou menm ki soti nan tout pil pati "coquins, requins, faquins" (Micha Gaillard, 2004) vann Ayiti lajan kontan. Memwa m pa kout, m ap veye nou e m ap kontinye denonse nou kòm yon bann trèt e yon jou va gen yon gouvènman nasyonal ka va jije nou tout pou krim wot trayison". Ayiti manman nou pa merite sa. De dènye kritè Caricom enpoze nou tankou "okipasyon teritwa e pa konteste eleksyon" pou n fè pati Conseil prezidansyèl 7 tèt la te dwe fè nou pran konsyans pou n te di non, e tounen al jwenn yon antant ak Guy Philippe pèp la reklame pou prezidan yo. Se vre Guy Philippe se yon kondane pou blanchiman lajan lye a trafik dwòg, e ou menm ki vann souverènte peyi w, nou se trèt a memwa zansèt yo. Nou se yon bann san karaktè, ak ki moral ou pral repwoche Guy Philippe. Li toujou pa twò ta pou n pran konsyans pou n di pou yon fwa, ann fè sa peyi a vle a frè ak sè m yo ki se enstale M Philippe prezidan dayti. Annou fè sa pou Ayiti paske nou tout ki rantre nan "Krèy Caricom" koupab menm jan ak M Moise e an oken ka, Conseil Présidentiel la pap ka regle anyen pou Ayiti. RL#1275, 24 mas 2024 Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa... “PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA Réflexion loufoque#1275 Moise pa sèl Aytien ki trayi Ayiti, pouki se li sèl n ap lapide
9 Saint-Michel BOTANIKA 30, Ru Defile, PòdePè, Ayiti Telefòn: 3848 5890 Francisque Jean-Charles Tout se te swa dizan Prezidan Dayti e yo te sèmante pou fè respekte lwa peyi a. Nou se pil fanatik k ap defann pil trèt sa yo ki fè nou pèdi eritaj zansètyo te kite a. Bay M Moise lapè l. M pa nan Pati Politik Pitit Dessalines. Jean Charles Moise se pa yon pwòch non plis, men m respekte sakrifis tifrèm Jean Charles fè nan vale gaz lakrimojèn souvan nan manifestasyon yo depwi lè te senatè anfas prezidan Martelly an 2006. M ap raple nou konpatriyòt yo « le gaz lacrymogène est dangereux pour la santé, révèle une étude scientifique…La société de toxicologie-chimie de Paris informe que l'usage de gaz lacrymogène aurait des effets délétères sur la santé à plus ou moins long terme». E te gen yon fwa gen yon « gaz lacrymogène » ki te menm voye tifrè a nan lopital Cuba. Tantativ dasasina pa Lapolis ki tire awotè dòm sou lidè Pitit Dessalines mwa fevriye a paske l t ap mande demisyon PM Ariel Henry, yon pa itil, yon ensousyan, yon mons. Koutba Moise bay peyi a boule men l pa gravtankou gwo krim 5 ansyen prezidan sa yo fè Ayiti. Repons a krim Moise la se pèp ayitien an ki pou ba li l, si jamè li ta prezante nan eleksyon jou ta gen eleksyon. Moise toujou si « Egare, m ye » ou « Nou t ap ri m ». Nou se yon bann egare si nou pèdi tan ap joure M Moise. E si Moise ta fè yon magogo lajan pou l antre nan lòbèy 11 tèt Caricom nan ? Se Moise k ap ri nou. RL#1274, 23 mas 2024 Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou... NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON RIBRIK : Di saw vle... Réflexion loufoque#1274 : « Egare m ye…Nou t ap ri m »
10 JENERASYON NOUVEL AYITI “POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE KLINIK Dr. Jean Robert LALLEMAND Klinik Sa-a Pran Swen Tout moun nèt... Ri Kotplaj # 1 Nan Grigri... Tel : 3394-2098 Rapò ONU sanksyone Prezidan Moise kòm prezidan ki founi jèn yo zam ant 2011- 2016 pou etann enflyans li nan katye pipilè yo e fè avanse ajennda Tèt kale. Nan menm rapò ONU an, gwoup Expè yo resevwa enfòmasyon, Prezidan Martelly finanse pmizyè gang tankou Baz 257, Village de dieu, Ti Bois e Gran Ravine, nan ba yo lajan ak zam. Prezidan Martelly se yon gang tankou Barbecue, Tilapli, Izo, Vitelhomme. RL#1277, 2 avril 2024 Swit Edito #81 nan paj 3 Yon bann parazit, jwisè sistèm plantasyonè an pa nan Krèy Caricom nonplis men pou nome Prezidan yon jij nan Kou Kasasyon. Konstitisyon 87 an veyez depwi 7 fevriye 2021 jou prezidan Jovenel Moise te fè « forcing » pou akapare laprezidans. Prezidan Moise asasine 7 jiyè 2021 e Ariel Henry ranplase l e pandan 30 mwa. Nou toujou pa nan Konstitisyon jodia, sitiyasyon eksepsyonèl, solisyon eksepsyonèl. Sel pèp la k souvren jounen jodia e l fè chwa kilès li vle pou nan Palè nasyonal. Toupatou, anndan tankou deyò peyi a, pèp ap mande enstalasyon Guy Philippe. Ki dwa Caricom pou enpoze Conseil Présidentiel 9 tèt e kèk pwotektè sistèm nan pou ekzije mete jij nan Kou Kasasyon alòske peyi Dessalines-Pétion chwazi Guy Philippe. Barbecue gen rezon lè l revandike: « Se swa yo ban nou chans nou ou byen nou pran l pala fòs…N ap manyen ni mèt ni choul sistèm nan…Se swa Ayiti lanfè pou nou tout nèt, swa l paradi pou nou tout nèt ». Edito mwa Avril 2024 Réflexion loufoque#1277 Èske Prezidan Martelly pa yon gang? Jimmy Cherisier alias Barbecue : “Swa Ayiti yon lanfè pou nou tout swa l yon paradi pou nou tout”.
11 Prezidan Jean Bertrand Aristide reponn kesyon jounalis makrèl li Jean L. Dominique ki mande l 7 fevriye 1996 : "aprè yon lane, 3 mwa e 22 jou kòm prezidan ki soti an ekzil an 1994 ki pi gwo akonplisman w?" Prezidan Aristide reponn : "Ann klè e en un mot se lame a k kraze". Jounalis Dominique poze l yon lòt kesyon si kraze lame a se pat Prezidan WJClinton ki te mande w sa. Prezidan Aristide reponn: "Zafè kraze lame a se zafè pam". Prezidan Aristide demobilize lame, li pa ka kraze l paske lame a pi gran pase Ayiti. Lame ekziste anvan menm nachon an fonde an 1804 e se yon enstitisyon ki anndan konstitisyon 1987 la. Men prezidan Aristide kraze lame ki swivan sal di se te yon lame okipasyon, se vre. Lame koudeta, kraze zo a. Se te yon lame ki pa ka mennen nou nan demokrasi n vle a men prezidan Aristide ou kreye yon bann lame aprè w demobilize lame ki bloke libète nou pou bannou lame wouj, lame dòmi nan bwa, lame kanibal, elatriye. E se wou k ame yo pou kore pouvwa w an 2001-2004. Ki kontribisyon Prezidan Aristide nan gangsterize peyi a. Nou sonje slogan an : "Rat pa KK, sourit pa travèse". Èske Prezidan Aristide pa yon gang menm jan ak Barbecue, Izo, Tilapli, Viteljomme, elatriye. N ap reflechi. RL#1276, 2 avril 2024 Réflexion loufoque#1273 Wi fout m pat espere kou politik Moise la kont Ayiti Al Capone Dayti ekri an septann 2023, Francisque ak madanm li vòlè 400 mil goud nan Bank Pa Nou. M pat atann kou sa a de yon tifrè m te fè anpil konfyans men m pa move kon kong. M te kontan antant J C Moise e Guy Phiiippe la. M te ankò pi kontan ankò lè m wè M Moise Pitit Dessalines pwopoze Conseil Entente Nationale ak Guy Philippe kòm youn nan manm yo. M vin kwè nan M Moise san rezèv lèm wè kòman li goumen kont pwopozisyon Caricom nan, m di Ayiti gen lespwa finalman pou se pitit li ki fè chwa moun pou dirije l. Fyète debòde nan mwen e menm gen tan ap gade rekonpans M Moise pral jwi nan eleksyon 2025 yo. Byen konte mal kalkile. Depwi yè swa m aprann M Moise ta bay Ayiti yon gwo kou kouto nan do. M di m ap bay tifrè a '"le bénéfice du doute" paske yon tèl desizyon pou delege yon moun nan Conseil Présidentiel Caricom nan ap tou chante antèman politik M Moise. M li e m tande men M Moise ta sanble bèbè. Adaj la se: "Qui ne dit rien, consent". Anplis, m wè non Guy Philippe parèt nan yon lòt Conseil de Transition anba Force Démocratique Haytien Intégré (FDHI) dirije pa doktè Eddy Delaleu. M konprann, san bwi san kont, M Philippe fè yon lòt wout ki se yon jistifikasyon M Moise lage cha a. M pa nan joure pèsonn, JC Moise gran moun men fwa sa a li pa aji nan enterè nachon an. Jean Zapar Accius ta sannle gen rezon lèl ekri sou paj li: "l'histoire retiendra que J C Moise est un traitre à la patrie qui a vendu son âme au diable pour des pinottes". M fout move kon kong paske m te kwè tifrèm nan pote yon gwo kou a oligak yo e a Loksidan, li vann Ayiti pou yon plat manje. Rl#1273, 21 mas 2024 SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU... Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang RIBRIK : Sa zòt di... Réflexion loufoque#1276 : Èske Prezidan Aristide pa yon gang?
12 « Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo nan mond lan » —Napoléon Bonaparte ********************* ********************* Deklarasyon Papa nachon an Dessalines « Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo, byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite » KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM « Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou Bondye ak pou lumanite » Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929 PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN