The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by jeancharlesfrancisque, 2019-07-31 23:40:12

Kreyolofoni#26.pub

Kreyolofoni#26.pub

LANE II, NUMEWO XXVI Dawou 2019 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

Eske ANDEDAN
deklarasyon KREYOLOFONI
Arnel Joseph yo 1. Duckens M Na-

zon, yon blokaj
kont lajistis ay-
syèn p.4
2. Apèl OEA pou
anket petro a
dwe chabade p.8

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

SAINT-
MICHEL
BOTANIKA

PLANET
FM

100. FM
STEREYO

ka mennen nou Pa Bliye
nan tabula rasa ?
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierr e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier re
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

Eske deklarasyon Arnel Joseph yo ka mennen nou taboula rasa a…?
De Reflexion loufoque ki fè anpil moun fache, joure se nimeo 280-281 yo. Ensekirite-a nan Senlwi Dinò frape
yon pwòch nou li voye l nan peyi san chapo. Nou pwofite denonse java sa-a ki enstitisyonalize ak ofisyalize nan peyi
Papa Dessalines lan kote se pouvwa-a ak opozisyon-an, de gouden ak senkant kòb, kap fè dlo koule nan fanmi aytyèn
nan, simen dèy, konsa. Gen lè chèf nan peyi-a pa janm aprann pouvwa toujou efemè. Kote François Duvalier (La révolu-
tion mangera ses propres fils.), Jean Bertrand Aristide (Je veux et je peux.), René Préval (Naje pou n soti.). Menm Jovenel
Moise ((Le président a parlé, point barre.) ap gen pou l kite pouvwa a-a menm jan ak predesesè l yo. Se Ayiti, manman
nou tout, byen nou tout. Li pap janm pou yon grenn moun, ankò mwens yon dirijan kap fè peyi a mal. Men sa m te ekri
aprè m te aprann bandi san fwa ni lwa te koupe lavi Rojino Gérôme.
Réflexion loufoque#280
Rogino Gérôme mouri asasinen devan lameri Senlwi Dinò, poukisa mezanmi? Sal te fè moun. M pa konnen
men an Ayiti w fè lènmi san w pa menm rann ou kont. Nodwès se yon kote you touye w pou laverite. Men Rogino mouri
nèt. Peyi a, Nòdwes, an partikilye, pèdi yon potorik gason ki tap batay pou ranvèse « système d'apartheid économique et
politique » la ki te etabli depwi papa Dessalines te mouri. Lanmo sa a anonse vilnerablite nou tout e konpè lanmò ka pase
wè nou lè lènmi an voye l. Konbyen nan nou kap mouri anvan nou kapote sistèm nan ki pwodwi volè, asasen, trafikan
dwòg, kidnapè, sou-sou, kontrebandye, apatrid, elatriye…
Mouri pou opozisyon djol bòkè sa-a ou pou pouvwa choul kolon sa-a fè mal anpil paske ni pouvwa-a ni opo-
zisyon sa-a senbolize statu quo a. De vèsan ki soti nan yon sèl rivyè. Rogino te yon opozan systèm nan menm jan avè m
ki pa ofri desandan bosal okenn opòtinite nan richès peyi a kote yon ti gwoup moun, majorite nan yo pa bosal yo kap jwi
peyi-a depwi 1806. « E sila yo papa yo an Afrik yo, yo pap jwenn anyen ! » papa Dessalines te fè yo sonje. Yo te touye l.
Rogino kou sa fè nou mal anpil. Nou pwomèt pou n kontinye batay la jous nou antere sistèm sa-a pandan nap
kontinye chache tabula rasa a kap mennen nou nan revolisyon sosyal, kiltirèl, ekonomik, politik ak spirityèl la.
Anpil nan nou Ayitien dasandans afrikèn pa konnen nou se « civilisateur de l'humanité ». Kolon yo fè nou tou-
nen zannimo depwi pase 500 lane nan lesklavaj ak neyokolonyalis. Yo aprann nou rayi youn lòt nan legliz ak lekòl ko-
lonyal la. Se ponyèt yon frè nou yo ame pou koupe lavi Rogino, menm jan yo te fèl pou anpil lòt tankou Sentobin Michel
ak Rock Benson. Sèl reyapropriyasyon idantite nou ki ka ede nou tounen nan renmen youn lòt. Nou pèdi limanite nou pou
n vinn zannimo. Fòk nou fè yon feso a pou n eradike sistèm nan...
28 jiyè Rojino Gérôme tounen Gine se te menm jou sa a tou meriken te bannou yon okipasyon ak tout yon
pwotektora nan ane 1915-1916. Tinèg jounen jodia tèlman amerikanize, yo pa preske gen okenn aktivite ki fèt poun fè
devwa de memwa-a. Anpil nèg bliye okipasyon sa-a te chanje strikti politik peyi-a, tout bagay sentralize nan Pòtoprens.
Krim sa-a gaspiye peyi papa Dessalines nan pandan 104 lane. Men kèk ekzanp pou n konprann dega okipasyon sa a
pwodwi nan peyi nou an.
Réflexion loufoque#281 : Kilès ki responsab nan galimacha Ayiti twouve l la jounen jodia...?
Premye responsab la se Francois Duvalier ki te chwazi banben Jean-Claude Duvalier lage yon peyi nan men l
kom prezidan san l pat konnen dimansyon istorik, kiltirèl ak mistik peyi-a. Yon rapèl : m se yon Papadokrat men m pat
janm Janklodis...Peyi m anlè ideyoloji ak enterè klanik ak pèsonèl.
Dezyèm responsab la se Jean Bertrand Aristide ki pat fè pwosè Duvalier yo paske li menm se rich li te vinn rich
tou, vinn fè krim pa l. Magazine Forbes rapòte an 2018 la richès mesye a pase $800 milyon. « Mieux vaut périr avec le
peuple que de réussir sans le peuple », M Aristide te di nou lè l te pòv la.
Kolon yo, sitou meriken yo (les Clinton) konprann se yon bann egare pou kòb ak viza. Pa gen anpil nasyonalis,
yo pran peyi yo an 2006, lap enpoze alye l yo nan eleksyon pou jere rezèv li yo nan peyi a. Dessalines te fè endepandans
lan pou yo, se pa vre ? Minustah te voye nou benyen nan pisin Montana an 2006 pou bannou René Préval. « Naje pou n
soti ». Anbasadè meriken Janet Ann Sanderson te deklare : « Préval est l'allié le plus sûr de Washington ». Depi w tande
sa tout sa Washington bezwen li ba yo l. Aristide te di nou lè l tounen an ekzil an 1994 li te fè yon ti dezòd. Nou pa konn
sa l te siyen.
OEA fè Preval chanje rezilta eleksyon yo an 2010 pou mete Michel J. Martelly prezidan. « Martelly se sitwayen
Ayitien, li pa ameriken » Kenneth Merten te avwe nan Palè Nasyonal. Konbyen sa te koute Ayiti ? Clinton-Obama entro-
nize Jovenel Moise, yon esklav mantal, pou kenbe pouvwa pou lè l tounen an 2022. Nou ta yon pèp makak si nou ta kite
sa fèt.
Men nou pa vle responsabilize move pitit peyi a. M rekonèt tou depwi nesans Ayiti, gen yon konplo entènasyo-
nal sou li. Washington te mete yon anbago an 1804 ki te dire 60 lane. Paris te fè nou peye endemnite pou rekonèt ende-
pandans nou an 1825. Washington te vòlè $500.000 US an « lingot d'or » an 1914, bannou yon okipasyon ak tout yon
protektora an 1915 ki te dire 19 lane. Washington te tou monte yon jandamri ki pou te kontwole peyi a pou yo. Washing-
ton te bannou yon lòt anbago an 1993 swivi de de envazyon youn an 1994 e yon lòt an 2004. Depi lè sa -a nou an rezidans
siveye pa misyon nachon zini ki se jandam oksidan an. Nou rekonèt tou se ak trèt yo yo kenbe peyi a an otaj. Kilè ak
kòman nap sòti nan lanfè sa a...Arnel Joseph denonse malandrin yo pou nou fè tabula rasa a…

Kreyolofoni#26

“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

DUCKENS MOÏSE NAZON,
YON BLOKAJ KONT
LAJISTIS AYISYÈN ?

Duckens Moïse Nazon, yon Foutbolè ki gen ti non won an. Bote ! N ap dakò Skason Baptiste pa
jwèt « The Duck », fèt yon jedi ki te 7 Avril 1994 meyè moun ki plase pou analize bote yon lòt ga-
nan yon lokalite ki rele Châtenay-Malabry nan peyi son, #SuivezMonRegard. Enterè m se pale anpil k
Lafrans. Li pote #9 nan seleksyon Foutbòl Ayisyèn ap fèt sou Imaj atis la, pa rapò ak yon seri de foto l
nan. ap fè ak kèk moun ki kontrovèse isit an Ayiti. Non
Selon analiz mwen, Nazon se Grenadye ki plis po- sèlman sa enterese m, se yon domèn mwen metrize
pilè aktyèlman nan seleksyon an. Li tèlman popilè, byen kòm moun ki travay nan zafè kominikasyon
lè Prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse, te anvi mo- nimerik, men tou kòm konferansye k ap fè foto ak
tive Grenadye yo avan match Ayiti vs Meksik la, se divès moun mwen pa menm konnen, nan chak ti
Nazon li te rele nan telefòn pou mande l pataje soli- kwen m pase, sou baz mwen se yon modèl pou yo.
darite l ak rès Grenadye yo, alòske se pa Nazon ki Mwen vle kòmanse pa di nou, kontrèman ak anpil
kapitèn ekip la. Mwen te deplore sa. lòt moun mwen pa klase dosye foto Grenadye yo
Depi yon sèten tan, The Duck se Grenadye ki fè ap fè adwat agoch ak divès endividi nan kategori
plis aktyalite isit an Ayiti tou, pou plizyè rezon : imaj sèlman, se yon kesyon de relasyon moun ak
- Lidèchip li (Kòlèg Grenadye l yo pale de li sou- moun tou, sa vle di Grenadye a ap swànye re-
van kòm jwè ki gen anpil lidèchip). lasyon l ak fanatik li.
- Talan li (Fanatik yo toujou ap felisite l pou stil Kite m kòmanse ak foto 3 Grenadye yo nan Palè
jwèt li kòm atakan). Nasyonal, mwen vle pale de Duckens Moïse Na-
- Bote li (Anpil nan medam Ayisyèn yo pa kache zon, Wilde Donald Guerrier ak Steeven Issa Saba
santiman ak fantas yo pou foutbolè a, pa rapòk ak ki te rankontre epi fè foto ak #1 Nasyon an. Mwen
fizik li. Yo menm ba l ti non, « Ti diri san pay », sa panse asèpte oubyen refize rankontre ak yon Prezi-
vle di yon bon diri tout moun ta dwe manje). dan an fonksyon, lejitim ou pa, sa se yon zafè
- Imaj li (Yon seri de foto Nazon ap fè ak kèk pèsonèl, sitou Grenadye yo pa t al nan Palè nan
moun ki kontrovèse isit an Ayiti). non tout seleksyon an. Sa vle di, 3 jwè sa yo pa
Objektif refleksyon m nan, se pa pou m analize vyole okenn prensip lè yo asèpte rankontre epi fè
Lidèchip atakan an, non sèlman m pa viv bò kote l, foto ak yon Prezidan oubyen yon Minis espò.
mwen pa okouran de okenn desizyon li ta pran tou. Fòk nou pa bliye, seleksyon Nasyonal la oubyen
Si se ta pou Talan, li chaje, sa pa merite yon refke- Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, se pa yon pati Po-
syon, li klè kou dlo kòk, sipèsta a metrize balon Ale nan paj 05

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau

Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

DUCKENS MOÏSE NAZON,
YON BLOKAJ KONT
LAJISTIS AYISYÈN ?

litik. Anplis de sa, Grenadye yo pa militan politik. lite l. Se sèl repwòch mwen pou Grenadye a, li te
E menm si yo ta militan, ki prensip ki di yo ta twò aksesib.
oblije nan opozisyon ? E menm si yo ta nan opo- Kite m pase pran foto menm Grenadye sa yo nan
zisyon, poukisa yon manm opozisyon pa ta ka ran- yon dine ak kèk atis Ayisyen epi ansyen Prezidan
kontre ak Prezidan peyi a si se ta nan enterè Michel Joseph Martelly. Nou pa santi nou depase
Nasyon an? Èske nou panse Grenadye yo oblije limit nou, lè n ap deside ak ki zanmi epi ki kote
ekstremis menm jan ak Lidè politik nou yo ? yon jwè Foutbòl dwe al manje ? Talè nou pral pa
Poukisa Grenadye yo pa ka rankontre ak Prezidan dakò yo manje bannann tou. Oubyen nou pral en-
peyi yo ? Nou pa te tèdi yo bay madanm
vote yo pou yo nan yo flè woz. Se vre
seleksyon an. Anplis Martelly se yon moun
de sa, yo pa ni jij, ni ki kontwovèse, anplis
jounalis k ap travay de move konpòtman l
sou dosye PetroCa- an piblik nan denigre
ribe a. Kidonk mwen fanm, san bliye admi-
pa wè nan ki sans pre- nistrasyon li t ap di-
zans yo nan Palè rije a ki dilapide pli-
Nasyonal ka antrave zyè milye dola Petro-
ankèt PetroCaribe a. Caribe. Nan ki sans 3
Sepandan nou lib pou Grenadye ki ran-
n denonse Palè kontre ak li ta va ino-
Nasyonal ki ta va ap sante l?
pran woulib sou do Mwen dakò, mwen
yo, men se pa yo pou ekri sou sa deja, gen
n blame. kèk moun klamè
An palan de woulib, piblik denonse nan
èske n te konnen Palè dosye gaspiyaj Petro-
Nasyonal ta depoze Caribe a, fòk nou
yon montan de kòmanse ba yo dis-
4,000.00 dola ameri- tans yo, men mwen
ken sou kont chak Grenadye ak lòt manm delega- estime nou bay 3 jwè foutbòl sa yo twòp pwa so-
syon an ki nan ekip teknik la, kòm prim ? Sou ki syal. Fòk nou pa bliye, Grenadye sa yo pa repre-
baz se ta Palè Nasyonal, e non pa Leta? Sa se yon zante tout seleksyon an, sa vle di yo pa reprezante
lòt deba, n a tounen sou sa. tout popilasyon Ayisyèn nan an pèmanans tankou
Pi lwen si n ap konsidere vizit Duckens Moïse Na- yon fonksyonè Leta. Yo gen vi prive yo, yo gen
zon an Ayiti nan dat 7 jiyè 2019 pase a, kote l ta moun ki fanatik yo, menm jan tou yo se fanatik lòt
rantre ak 2 zanmi l, pami yo yon reprezantan jwè a vedèt.
(ajan), e se Gouvènman an plas la ki te kowòdone Kounye a, mwen rive nan foto Duckens Moïse Na-
tout bagay ata menm depans vwayaj yo. Se yo zon ak Yves Léonard, sa se dènye gout dlo ki pou
menm tou ki te swadizan planifye tout virewon si- te chavire vaz la. Mwen li anpil refleksyon ki fè
pèsta a nan prèske chak vil pwovens yo. Dayè pa te kwè Imaj Grenadye a ap sal paske yo ta wè yon
gen okenn responsab Federasyon Ayisyèn nan ki te foto l ak yon moun ki konn bat fanm. M konprann
ni prezan, ni enplike nan divès deplasman Grena- nou, nou renmen ti Grenadye nou, nou pa anvi
dye a. E mwen panse Nazon viktim de yon movèz imaj li asosye ak okenn moun nou pa renmen. Men
planifikasyon de vwayaj sitou pa rapò ak disponibi- Ale nan paj 06

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

DUCKENS MOÏSE NAZON,
YON BLOKAJ KONT
LAJISTIS AYISYÈN ?

Men kote l kwaze ak moun sa yo, èske se nan Peni- syon asire l foto sa pa pibliye sou paj ofisyèl li.
tansye ? Pi lwen, poukisa n ap egzije Duckens Nazon yon
Nou di m nou pa ta renmen Grenadye yo rankontre seri de prensip anpil nan nou pa bay tèt nou ?
ak fè foto ak moun ki enplike nan zak malonèt. Pou- Majorite moun k ap krisifye Nazon pou foto li ta
kisa n pa mete yo anba kòd? Konsa Grenadye yo pa fè ak Léonard gen ti batè de fanm pa yo y ap bay
ta kwaze yo sou chimen yo. Non, nou pito kite yo lib atansyon, an piblik ankò wi. Nou ale nan pwo-
e libè ap mache sou moun. Kèk moun menm rive gràm yo. Nou tande mizik yo. Nou danse kana-
menm rive di, Duckens Nazon ap gen pou fè yon foto val yo. Nou ba yo esponsò. Nou fè foto ak yo epi
ak prezime chèf bandi Arnel Joseph. An reyalite se t nou menm pibliye sou rezo sosyal, sou baz yo se
ap yon move souvni pou Grenadye a, men kisa nou fè atis nou.
pou n anpeche yo kwaze ak li sou rout Latibonit la? Pou m reponn ak kesyon mwen te poze nan tit
Yon sipèsta entènasyonal ki p ap viv an Ayiti pa tèks la, se pa Duckens Moïse Nazon ki pou ap
oblije konnen chak grenn moun nan peyi a, sitou refize fè foto ak chak grenn fanatik ki ta gen de-
Yves Léonard pa yon pèsonaj piblik. Daprè nou mele ak Lajistis. Se fanatik ki ta an kontravan-
menm, se Nazon ki mande Léonard fè yon foto ou- syon ak Lajistis yo ki pa te dwe ap drive nan tout
byen se Léonard ki mande sa, nan lide pou li anbeli lari. Li pa yon blokaj kont Lajistis Ayisyèn. Nan
move imaj li ta genyen ? An prensip, vedèt pa mande sans sa, olye n blame Grenadye a k ap jere re-
moun fè foto, se pito lòt moun nan ki mande vedèt la lasyon pèsonèl li ak moun, an n ranfòse sistèm
fè foto. Nazon kòm VIP pa ka mande chak grenn jidisyè nou an pito, konsa sila yo ki se bandi,
moun ki mande l fè yon foto yon « Sètifika Bòn vi ak legal ou pa, ta dèyè bawo. SE POU SA YO
Mès ». La ankò, èske nou panse pi fò bandi ki ta bez- KONSTRUI PRIZON. SE NAN LIDE POU
wen yon « Sètifika Bòn vi ak Mès » p ap ka jwenn ANPECHE MOUN KI GEN MOVE MÈS AK
li ? Ou bezwen 100 pyas epi desann anba lavil la, pou MOVE KONPÒTMAN PA PATAJE MENM
w jwenn tout dokiman w bezwen, ata menm « ak de- ESPAS AK SITWAYEN (MOUN SIVILIZE).
sè » w pandan w vivan. Prèske tout moun ka jwenn
nenpòt ki pyès li ta bezwen, paske Jistis nou an fèb. E Skason Baptiste
nou byen konnen se pa Duckens Nazon ki responsab. 16 Jiyè 2019
Kidonk Nazon kòm ViP k ap jere relasyon l ak moun
pa ka refize yon fanatik yon foto, li gen pou obliga-

Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... 7

RIBRIK : Sa Zòt di...

Fòk gon bagay ki fèt...

Me Monfort Alexis

Hélas ! Hélas ! Hélas !Lè yon sosyete rive nan eta sa, sitwayen ki gon ti
kras moralite dwe poze tèt li kesyon pou mande ki
sa lap fè. Errilus Marc
Prezidan peyi a ak tout lòt atoufè ki sou pouvwa a Selon jounalis la, sou Karayib maten an, EDH
nan peyi a ta dwe poze tèt yo kesyon pou krim sa yo pran kouran an yon premye fwa pandan
yo fasilite! operasyon; e FANM ansent lan rete vivan!). Yo
Eske tout yon nasyon ka koule pou sove yon sèl kouri al pase Delko a, FANM ansent lan rete vi-
grenn moun ki pèdi kontwòl tout pouvwa a an van! ...
Ayiti? EDH bay kouran ankò; FANM ansent lan rete
Seryezman, Ayiti pa ka rive pi ba ankò! vivan ankò...se vre! ...Men, fok yo kouri al etenn
Jean Claude te kite pouvwa a lè li te wè pat gen delko a; fok yo pase sou EDH! ....EDH pran l
espwa ankò. ankò! EDH pran kouran ankò e li pran l ak tout
Aristide te deside pati pou sove peyi a. E se sak fè nanm FANM ansent lan !....li pran l ak tout nanm
PHTK te rive o pouvwa. li paske fok yo kouri al repase delko a! ...
Michel Martelly te deside remèt pouvwa a bay opo- Fok yo kouri al pase Delko a paske kouran 24/24
zisyon an pou l te sove Ayiti. pa rive OFATMA, li pa rive nan lopital yo !
Jovenel Moise di si pa gen pou li, pa gen dwa gen Sak pi red la, menm kote a, minis sante vin
pou lòt. pale:"minis ou sot tande Koman Fanm ansent lan
Se ou byen li konplete manda li a, ou byen 12 mi- mouri OFATMA" dit le journaliste." Ô m pa tap
lyon moun yo peri. Pou peyi a vin tounen yon soma- koute. Men, OFATMA pa sou kont ministère
li. Sante piblik".
Rezon ki fè Aristide e Jean Claude te ka tounen nan Minis lan pat vin pale sou lan fanm ansent lan
Peyi a , se paske yo te aji a tan. jounalis. Li vin pale sou Lawoujol ! Fok timoun
Jovenel prefere peyi a detwi konplètman. yo pran vaksen, pran vaksen selman pou yo rive
Jovenel genyen yon kè ki diferan. mouri tankou fanm ansent lan; mouri tankou jèn
Mwen pa janm wè yon bagay konsa. gason sa a, ki sot mouri lopital jeneral paske pat
Li pap dirije anyen, men li pap demisyone. gen plas...lopital Bèna Mez pat gen plas....mouri
Li pap pèmèt lajistis dwa pou fè pwosè Petwokaribe tankou jèn tifi 22 ane sa, ki tap prépare egzamen
a, men li pap demisyone. filo, dlo sot pote ale nan lari potoprens...
Kote bagay sa ap rive? Eske n gen mounite ankò , sa vle di bagay ki fe
Toujou gen chans pou PHTK ta repran pouvwa nan yon moun se moun tout bon; bagay ki yon fe yon
fiti. moun se yon moun e li pa yon pil "Shithole"?
Men si yo mete tout peyi a nan yon kondisyon pou Eske n se moun, pep Ayisyen ?

fè wè se sèl tèt yo yo wè, sa a grav.
Fòk gon bagay ki fèt.
Hélas ! Jovnel Moyiz pa
bay limyè a !...

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Ayiti-Politik

Apèl OEA pou ankèt petro a dwe
chanbade sistèm lan

Lèm fin li tèks prezidan repiblik la, kote li mande ak pou yo, si nou wè lajistis arete yon gwo towo,
OEA vin fè yon ankèt sou 4.2 milya dola ki fè fon konnen se kolon blan ki pase yo lòd.
nan pòch politisyen de 2006 a 2016, mwen fè 2 re- - CEP yo pa janm fè yon eleksyon, pou li pa kon-
fleksyon : teste, se toujou misyon OEA ki vin mete lapè ak
- konbyen ankèt OEA fè an Ayiti, epi li te remèt on tout prezidan yo vle a nan pòch yo.
rapò ki te reflete verite ke pèp tap mande a ? UCREF fè soti yon rapò sou prezidan Jovenel,
- nou gen yon bann enstitisyon de mèd, si tout tra- tout moun di se politik e yo voye jete rapò sa nan
vay yo fè, li toujou kesyone swa pa pèp
la, ou byen pa menm politisyen yo, pou
kisa taks nou kontinye ap peye moun ki
nan enstitisyon sa yo.
Echèk OEA an Ayiti nan plizyè ankèt ke
li mennen
Nan ane 2000 Preval te resevwa yon mi-
syon OEA ki te vin kontwole eleksyon
yo, malgre prezans OEA, sa pat anpeche
Lavalas te kapte pouvwa Egzekitif la ni
lejislatif, opozisyon an te rele anmwey
paske selon yo menm, se yon eleksyon
lavalas te pran.
OEA sou preval an 2011
Aprè rezilta premye tou eleksyon 2010
yo, ki te mete Jude Célestin ak Mme Ma-
nigat an 2e tou, ta pral gen mobilizasyon
nan lari a, anpil kraze brize, e nou pral
vin gen yon misyon OEA ki te vin rekonte bilten yo poubèl.
nan sant tabilasyon an, pral remèt on rapò ki mete CSC fè soti yon rapò sou lajan petro karibe a,
Mme Manigat ak Michel Martelly an 2e tou, e tout kote 4.2 milya dola antre byen fon nan pòch poli-
moun te konnen ke Martelly te jous 5e, sou ki baz tisyen, kounya me pròp prezidan nou ki la pou
OEA te metel 2e. garanti bòn mach enstitisyon yo, rejte rapò a e li
Chak fwa OEA vin nan kad yon misyon, li toujou fè mande èd ak OEA, yon enstitisyon ki echwe nan
sa blan meriken voyel vin fè, men li pa janm travay tout misyon li voye Ayiti, nou panse OEA pral
ak tout ekilib, e si nou konprann politik la, depi mare vòlè pou Ayisyen, pandan se menm OEA ki
dènye konplo usa fin fè ak OEA, pou jwenn on fa- toujou ap bay vòlè benediksyon an Ayiti.
son pou mete Venezuela deyò, sa prouve ke OEA pa Entènasyonal sou blòf, yo toujou vle enpoze nou
gen oken kredibilite pou bay pèp Ayisyen an jistis sa yo vle, enstitisyon nou yo echwe, yo pa gen
nan koze lajan petro karibe a. kredibilite, ebyen pa gen le chwa non pèp la, se
Pou kesyon enstitisyon nou yo, si prezidan pa ka revolisyon pou chanje sistèm lan ki pa ka kenbe
garanti bòn mach yo, se pou pèp la kanpe pou di ankò, si nou kontinye ap gade fim ke kolon blan
non, yo pap kontinye ap peye on group mafya, gang mete ak kolon nwa ap jwe, mwen ba nou garanti
ki pa menm ka prodwi yon rapò, si nou pran plizyè nou tout ap disparèt.
ekzanp : Viv revolisyon
- lajistis depi on ti malere arete, li tou konnen menm
sil pa antò, depil pa gen gwo lajan, li konnen chanm Viv dechoukay kont tout nèg ki rich sou do pèp la
ni tou penitansye, lajistis gen fòs sou bannann mi, Viv Dessalines papa Nasyon an.
gen yon group moun nan peyi a ke lajistis pa ekziste Ing Jamsly Athis

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Di saw vle...

YON BON PITIT AYITI !

Konpatriyòt Turenne Joseph poze yon kesyon fon- mye Konstitisyon Nasyon Nègès ak Nèg lib ki te
damantal osijè mizè Pèp Ayisyen an ap sibi nan ane fenk kaselezo a, se yon bann moun kolboso nan kò
2019 sa a, akòz chirepit nou kontinye genyen ak yo, nan nanm yo zansèt nou yo te ye. Yo te bez-
lenmi istorik nou yo ki simen jèm hing hang ak wen geri ni anndan, ni deyò.
destriksyon nan mitan E, Dessalines te kon-
nou, jenerasyon apre prann ijans ak nesesite
jenerasyon. Turenne refòme FANMI nan
mitan nou.
ekri: “ Ane sa, 2019 Depi sou premye inite
sa a, ki mouvman nou òganizasyonèl sa a
wè pou nou sispann kolon esklavajis la te
pran menm woulad sa atake nou, demantibile
yo?”. nou. Se pou rezon sa
Mwen kwè repons a, plizyè atik nan
kesyon Turenne Jo-
seph poze a chita nan Konstitisyon an fokis
Premye Konstitisyon sou òganizasyon
Ayiti a. FANMI, jiskaske li
Atik 9: “Yon bon Ayi- rive nan òganizasyon
syen se yon bon papa, yon NASYON ki pa
li yon bon pitit, li yon tankou tout nasyon.
bon mari, epi sa k pi Yon Nasyon Nègès ak
Nèg ki konsyan yo
enpòtan pase tout lòt antoure ak lenmi
bagay fòk li yon bon pèmanan.
sòlda”. Kidonk: chak pitit nasyon sa a dwe toujou sonje,
Si nou mete Atik sa a opwòp nan ane 2019 la, nou keseswa kote li ap respire, li se yon SÒLDA!
va di: Tyeke sajès zansèt yo: se kle delivrans nou…
“Yon bon Pitit Ayiti se yon bon papa/manman, li
yon bon pitit, li yon bon mari/madanm, epi sa k pi
enpòtan pase tout lòt bagay fòk li yon bon sòlda”. Jafrikayiti Jean Eliassaint St-Vil

Lè Papa Dessalines t ap dikte lide fòs ki nan Pre-

Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND

Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...

Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098

NÈG PWOVÈB LA…
Pierre Richard Osias

AVI POU LI... Ou mete ajenou pou fe nenpot lot bagay men kon
pou mete ajenou devan Bondye ou santi w two
Mwen ap salye tout zanmi kap swiv gran. Bondye we w
Mwen. MWEN BEZWEN DE JENN Nou dwe komanse panse a yon Depolkitisation e
ENJENYE POTPÈ KI APENN FINI Dekrekkokotisation de la Societe Haitienne…

POU FE YON TRAVAY POU Sove Nodwès paj Fb se non mouvman netwayaj vil
MWEN. Mwen ap panse ak yon Potpè a. Nou nan pwosès ap legalize mouvman. Pa
KANAL Anba morn lopital nan pati lontan nap komanse demare ak tout bagay. Nou
Ki bay anpil dlo Ki pase nan simitye a ka ekri. Nou ka pataje lide Nou lib e libè sèlman
ki vire Nan kafou anba teleco ( kou-
nyea Natcom). Mwen bezwen: nap fè sa ak respè yon pou lot
1) fok mesye yo se moun Nodwes Pierre R Osias, VP

2) fok yo apenn fini jeni Kèlkeswa wotè ou byen ran sosyal yon moun se
3) Fok travay la se premye travay yo sou dèyè w chita.

4) mwen serye
5) setout moun Potpè kap finanse l.

Nèg pwoveb la

Flate m, mwen gen dwa pa kwè w. Bannan lan genlè mi sou pye nan men moun Pòtpè
kritike m, mwen gen dwa pa zanmi w Gason salòp se mango gwo po…
iyore m, mwen gen dwa pa padone w
Nou manje ke bèf ak pye kochon san kesyone
ankouraje m, mwen pap bliye w mizè yo pase...
renmen m, map oblije pou m renmen

w. Nèg pwoveb la

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang 11

RIBRIK : Istwa

104 ane kidnapïn
nan men kolon enperyalis

Frèm ak Sèm yo, 28 jiyè a te fè nou 104 ane depi ke bwa kayiman an te fèt la, yo kraze kav Jean Bap-
kolon ameriken ak alye li yo te debake nan peyi d tiste Vixamar Legrand ke blan yo te trete de
Ayiti pou vin ba nou okipasyon ki jounen jodi a red- kochon ki te bay lavi li pou nou te lib, se pa san
wi peyi d Ayiti an lanfè, anpil moun ki kolonize pa kochon ki te koule men se san Jean Baptiste Vix-
janm ka wè ki patisipasyon kolon yo, nan destriksy- amar Legrand ki te soti nan yon tribi ki te rele
on pèp Ayisyen an, paske mizè ak imilyasyon fè yo Bizango an Afrik, yo kraze kav Boukman, Dessa-
tout avèg, ni sa ki di yo konn li ak ni sa ki pa konn lines ak majorite ewo nou yo, kolon yo te antame
li, yo tout avèg, chak grenn moun avèg nan yon fa- yon kanpay kont Vodou kote yo te mache boule
son. peristil yo, epi touye Ougan ak Manbo, kèlkeswa
Sa nou dwe konnen okipasyon an pat janm fèt vre moun yo te konnen ki tap sèvi Lwa.
paske nou youn tap goumen Lè fini yo mache kay tout
ak lòt, men li te fèt nan sousi moun, fè yo kado yon bib
pou te vin enplante yon sis- ak yon liv chan e mache
tèm pou elimine pèp Ayisyen ak pè fransè pou ansenye
an, objektif la te klè se te yo krisyanis e fè moun yo
kontwole sistèm politik la ki konnen se pa sèl mwayen
gen ladanl edikasyon, yo ka sove, pou al nan syèl
Agrikilti, anviwònman, al jwenn Bondye ki gen
sekirite, jistis etc, paske yo te tout pouvwa a, kolon yo te
estime si yo kontwole edi- mache ak anpil prodwi
kasyon nou, yo ap pèmèt nou enpòte mache fè moun
prodwi yon pakèt entèlèktyèl kado e dekouraje yo plante
enpòte ki pa gen anyen pou sa vle di pa fè agrikilti,
wè ak reyalite kiltirél peyi a, kolon yo te profite preche
menm jan tou si yo kontwole frè ak sè nou yo ke Zansèt
agrikilti nou, yo ap ka rive fè yo se satan ki te ba yo
nou pa ka bay pèp nou man- pouvwa pou te fè nou pran
je, yo kontwole sekirite nou, endepandans, kolon yo di
nan sousi pou nou pa janm Dessalines se te yon tiran,
kreye yon lame tankou lame yon kriminèl ke satan tap
endijèn ki te bat pi gro ame mennen, moun ki gen sèvo
nan mond lan, ki se lame ap konprann ke blan yo fè
fransè. konnen se esklavaj ki bon,
pa bliye tou te genyen 2 pè fransè ki tal chache pyè se lè nou nan esklavaj Bondye kontan, se sak fè
filozofal la ki nan chanm sakre nan Lavil Okan, lè 2 Dessalines se yon kriminèl pou blan an.
pè yo te rive, yo al eseye pran pyè filozofal la, yo te Anpil peyi enperyalis te patisipe nan krim sa
nwaye, aprè 3 jou yo jwenn kò yo nan zile latòti nan tankou : la frans chwazi pou li ak wòm de konsè
yon zòn ki rele lapwent wès, lè nou pale de Lavil kontwole edikasyon, etazini kontwole ekonomi,
Okan li plase nan depatman Nòdwès nan komin lame ak lapolis, wòm kontwole ministè kilt,
senlwi nan lokalite ladousè, Zansèt ki te kreye tanp lafrans kontwole lajistis.
sa te rele Deka li te soti Gine. Frèm ak sèm yo se pou nou kòmanse konprann ke
Premye sa kolon yo te fè lè yo rive, yo te kraze tout nou pran nan konplo.
tanp ke Zansèt nou yo te fè nan chak depatman, Konplo kolon enperyalis
anndan tanp sa yo, Zansèt yo te konn sere lò, Konplo boujwa restavek
iranyòm ak anpil bagay ankò, kolon yo te vòlè yo e Konplo politisyen sousou
boule tanp yo, apre yo te ale nan espas seremoni Ing Jamsly

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version