LANE II, NUMEWO XXIV Jen 2019 CHAK MWA
KREYOLOFONI
NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID
Eske ANDEDAN
Jovenel Moise KREYOLOFONI
Mwa sa a fè jounal la
yon lane. M kontan
jefò m fè pou kont
mwen pou m asire
sivi jounal la...men m
swete nou rive nan
alfabetizasyon an
TAP TAP
MULTI-
SERVICES
SAINT-
MICHEL
BOTANIKA
PLANET
FM
100. FM
STEREYO
Gen kont poul rann Pa Bliye
Nou, pèp ayitien
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa
a san otorizasyon
redaksyon an
Redaksyon an pap
publiye atik san non
san adrès
Sponsorisé par
SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2
KREYOLOFONI
Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles
Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN
PDG : Pierr e Richar d Osias
Sekretè Ekzekutif : Fr ancisque “Riko” Jean-Charles
Administratè :
Relasyon Publik :
Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maur ice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pier re
Teknisyen-Enprimè :
Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie
59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]
Telefòn : (509) 3848/5890
Email :[email protected]
Website : www.lenovateur.webnode.com
KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE
HAYTI (KNONH)
Parti Politique Régional & Moderne
Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84
38 48 58 90
Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...
KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3
EDITORYAL LA
Eske Jovnel Moyiz gen kont pou l rann nou, pep ayisyen?
Nan atik 136 la, Konstitisyon peyi a di Prezidan an se garan enstitisyon yo, sa vle di se li ki dwe travay
pou l fè yo mache byen. Konsa, si l gen yon obligasyon rezilta, se pa ta jou pwoblem yo poze pou l ta
entèvni: li ta dwe fè tout sak posib pou l evite yo rive. Men, hélas!...Se kòm si Mesye Jovnel pa kon-
prann anyen nan anyen. E li pa janm sispann montre febles sa. Pa egzanp, nan fet drapo a Akayè, nou pa
konn ki lespri ki danse nan Tet li, li di se li selman ki wè ki danje ki pandje sou tet tout nasyon an (e
pandan pep la deja bò abim nan). Yon pa wol konsa pa piti !.... Konsa, tout moun ap tann li pran respon-
sabilite l, nan pran desizyon ke l dwe pran. Me jodia gentan 31 me. Wap gade l nan je, lap gade w nan
je !
Se yon prev an plis ke mesye Jovnel, menm jan ak Sweet Micky, rive sou pouvwa a san l pat gen okenn
pwoje serye pou peyi a. Sel pwoje l se te vin kontinye, palè nasyonal, menm vye magouy Sweet Micky
yo: itilize pouvwa a pou fè lajan, kontinye fe menm vye magouy nan Agristans yo: magouy ke Palman
ak Kou siperyè Kont konfime, kon dlo kokoye, nan rapo yo soti yo.
Fok nou di bagay la anko plis konplike loske mesye Jovnel Moyiz ap dirije Ayiti tankou, pou n reprann
Senate Senatus, vye jaden bannann Agristans lan. Sa vle di se tankou l pa ta gen kont pou l rann okenn
moun; kòm si l bliye Konstitisyon an fe l obligasyon pou l rann pep ayisyen kont. E ta sanble konpot-
man sa ta gen yon sel koz. Jovnel Moyiz pa konsidere tet li kòm Prezidan vre, se nou pep la ki rekonet li
Prezidan: mesye Jovnel ta plis kwe l se yon mandatè menm jan ak pep la. Pandan pep la ap tann li bay
rezilta, lap travay pou l bay moun kite mete l rezilta( e moun sa ap tann li aay rezilta sa tou). E, dapre
analiz nou, bagay sa byen planifye : yo mete bandi legal nan tout peyi a, nan tout enstitisyon yo pou ede
l rive fè 5 ane; e fe eleksyon pou l remet, patwon l Sweet Micky, pouvwa a.Li sanble l posib anpil pou
Jovnel rive kote l vle rive a, le n wè konpotman popilasyon an.
Pep ayisyen pa montre l konprann, le n gade byen, tout dimansyon pwoblem yo. Petet ke edikasyon po-
litik, ki ta manke fet, ta lakoz sa. Si edikasyon politik li ta fet vreman fok li ta gentan bloke Jovnel ak
tout plan magouy li a. Se Locke, yon pansè anglè, ki montre nan Traité du gouvernement civil, ke
pouvwa a pa yon Kado; pagen kesyon w pran pouvwa jous manda w fini: pouvwa a se tankou yon kon-
tra 2 moun fè ki kreye obligasyon pou yo chak. Kontra a gen valè tout tan youn respekte prensip yo.
Kidonk, le pep la bay pouvwa a nan eleksyon (menm si se ta yon minorite moun) ou pran l, ou angajew
pou w rezoud pwoblem li. E pwoblem ki gen rapo ak pwomes ou te fè yo.Jou l rive konstate ou nan ko-
ken, ou pa respekte reg jwet la, ou pa nan plas ou ankò e li posib pou l itilize tout moyen pou l ranvese
w .Wap kriye ou la pou 5 an, ranse wap ranse; pep kap jwe ak ou Jojo!...
Fok nou di ke lide Lock, ki wè pouvwa politik la kòm yon kontra a, rive enpoze l anpil nan politik mo-
dèn nan. Sa telman vre, nou jwenn li nan mitan Charte Nations unies (Charte ki fondman Konstitisyon
ayisyèn, le n li Préambule la) lè l rekonèt dwa pep yo pou revolte kont tout fòm opresyon e detemine
desten yo; nan mitan Konstitisyon meriken an ki bay pep la dwa pou l pran zam kont yon dirijan ki trayi
l. Eske yon gwo leve kanpe kont Jovnel Moyiz ta yon pwoblem, yon Jovnel ki trayi tout yon nasyon?
Eske se pa yon bon mwayen pou pep la ta fè misye rann li kont, le n konsidere lap dirije tankou l pa gen
kont pou l rann? E malgre li deja benyen jous nan kou nan dlo petwo a, le n gade denye vèsyon rapò
Kou siperyè Kont lan.
Jovnel Moyiz ap rann pep ayisyen kont kan menm, si Kou siperyè Kont pap sòti rapò ki gen rapò ak
kont konsa ! Marc Errilus pou Kreyolofoni#24
Senatèl Cassy reponn sou denonsyasyon Core Group la :
“Depi pep mwen avem. Konstitisyon m kouvrim, ki mele m si Kolon yo fache….
Ou fache vre?
Sa montre system lan pran yon gwa sakad yè, li rete kounye-a pou n kase l paske se nou ki met
desten nou. Si w ap viv fok lot yo viv tou. Lavi ou lanmò”.
“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay
E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4
Willy Pompilus :Ki sa w di nan sa…
Digicel envesti gwo kob nan peyi-a...
Eske w tande Met Digicel la kap pale jan li investi mann, e plase manm gang yo nan ministè yo. Se
gro kob, e koulye a li pa kapab ni kontinye investi, yon netwayaj total ki dwe fet.
ni kouri kite peyi a! Se pa selman voye prezidan ale, men se anpeche
Problem pou investisman te la deja avan minustah, gangstè vinn prezidan.
anyen pa chanje. Gen yon konfizyon ki la depi lontan ant òm dafè
Anviwonman peyi Dayiti depi 13 zan, se anviwon- ak bizisman. Yo ta sipoze siyifi menm bagay men
man pou an Ayiti se pa konsa.
mafia, Kontrebandye, raketè kap brase nan leta e viv de
kontre- leta san responsablite anvè leta ki fè yo rich top-
bandye, blop, moun sa yo bizismann. Ekzanp : yon depite,
raketè, yon senatè ki gen kontak pou twouve kontra travo
paske an piblik san bid nan mache piblik, e ki pa gen ex-
2011 nou peryans nan jere menm yon boutik, se moun sa yo
rantre ofi- kap fè wout.Yo komanse l, yo pap janm fini l, e
syelman anyen pap rive yo.
nan yon Yon òm dafè se le contrè. Peyi Dayiti, jan l ye jo-
Etat-narco dia pa prepare pou tip sa yo. Nan lit pou etabli yon
kote tout peyi nòmal, neg ki deja andedan tankou Marten
institisyon Boute, Vorbes, e kek lot ankò, yo dwe mete fòs yo
yo ap lave ak nou pou kase grenn Gangstè.
lajan sal, Lèn pale de kase grenn Gangstè nou vle di: kreye
fè yon anvironman kote bandi pa dwe pwospere.
wroulman Ann fè yon Ekzèsis an atandan: Nan te ke w
ak virman genyen nan zòn Limonade yo e nan lwes peyi a,
ki anrichi mete sou pye yon Ti pak solè. Si nan 6 mwa tout
malfra ak kriminel ki depite, senatè, minis, direktè pano yo la san manke yon grenn, map vinn youn
jeneral, e manm fowom ekonomik la. nan investisèyo nan proje sa.
Pap jann gen gwo envestisman si " yo" pa bride Ki sa w di nan sa?
fowom la, kase grenn asanble nasyonal la kote Willy Pompilus
depite, senatè, se chef de gang kap entimide bizis-
Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET
Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon
Nouvel Hayti
PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949
Captez la radio en ligne : www. radiopla-
[email protected]
MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...
LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5
Demokrasi patisipativ pa ka fèt san
yon « sphère public »
Willy Pompilus atake fwontalman (ak tout sa n gen nan men nou, nan tèt
Mesi ampil Kamarad pou atik sa paske li enpòtan pou nou, nan bank nou) moun sa yo ki kwè viv tankou moun
moun pa konfonn Revolisyon ak kek lot bagay. Se kon- se pou yo selman sa fèt paske lot Ayisyen pa ta moun
sa tou, moun kap viv de koripsyon, ki kowonpi nan tout tout bon vre. Fok nou ensiste imanite yon moun pa
ògàn yo, yo pa wont ap pale de chanjman nan radio, depann de kè lot moun. Pèsonnn pa dwe viv nan kondi-
televizyon, ak rezo sosyo yo, tankou vreman yo ta vle syon ki pa menm bon pou bèt. Men gen 2 danje poun
yon bagay chanje.Sel wol nou poun di ke koulèv ak ma- evite :
bouya se reptil, men yo pa menm. Skòpyon ak chov- a) Nan lite pou yon sosyete tou nèf ak moun tou nèf fok
souri yo tou de nwa menm yo pa menm. Si paramèt fon- nou pa pèdi imanite nou nan pwosesis la…De 1986 a
damental nou gen rasin ou rankontre prensip sa yo : jodya gen ampil neg ki rive transfòme tèt yo tankou bèt
1) Tout moun se moun, tout moun dwe viv ak diyite. sovaj, yo bloke tout avansman ak evolisyon nan lit la
2) Tout vi moun empòtan se sak fèn paske yo kwè ke transfòmasyon an ka
angaje pou bay tout moun menm opòti- fèt nan koripsyon e nan vyole diyite
nite pou viv ak diyite. moun. Sak pi rèd la yo pa menm rann
3) Ekzistans moun se responsablite yo kont yo se yon problèm.
moun, nou pap janm tolere yon ti b) Siperyorite moral dwe baze nan
gwoup kontrole e fè dap-piyamp sou aksyon ki rasanble, motive, gide, e ens-
resous ki la pou tout moun kapab viv ak pire bon chwa. Li empòtan poun pale ak
diyite. Wol nou jodia nan etap evoli- moun ki pa panse menm jan ak nou.
syon istorik peyi Dayiti se konstwi yon : Avansman teyorik depann de dialog ak
« nouveau commun". Nou dwe chita ou moun ki fè ere, de moun ki kite pasyon
kampe anba menm pye bwa poun pale yo pran devan e ki fè de bagay yo re-
de responsablite istorik nou jodia. grèt. Fok nou aprann de moun sa yo,
Nou apresye sa ampil kamarad Raoul fok nou koute yo.
pale de Syans de listwa. Responsablite, Wi li nesesè e bon pou nou pale de
konesans ak libète se marasa twa, youn revolisyon, de sa yon revolysyon dwe
pa mache san lot, prezans youn jistifye ye e sal pa ye. Men nou dwe ajoute
ekzistans lot, se sak fè li enpòtan poun engredyan ki fè yon revolisyonè yon
etidye la syans de listwa. Materyalis revolisyonè : Se konpasyon. Se konpa-
istorik ka ede n demystifye krok-nan-janm yo rele aki- syon ki esans projè nasyonal ki pèmèt transfòmasyon
milasyon a e konprann formasyon kapital. Materyalis listwa moun. Rapò de fos yo depann de ki propozisyon
dyalektik la ki se filozofi listwa, ede n konprann tan- kote konpasyon peze plis.
syon, aksyon, reyaksyon, apreyansyon, aspirasyon e Se konteks istorik ak kondisyon fos kap goumen pou
enspirasyon nan evolisyon sosyete. ejemoni politik ak ekonomik ki detèmine ki tip de ens-
Se sa ki vinn siman pou kontwi sa Habermas rele triman ki nesesè pou debloke yon enpas e pèmèt
"sphère public'". Demokrasi patisipativ pa ka fèt san yon avansman fèt nan kreyasyon « du commun ».
« sphère public » kote moun ka pale de tansyon, ka aji e Sa vle di se reyalite a ki premye sous konsiltasyon an.
reyaji, e pran desizyon sou sa ki konsène tout moun Se la wol entelektyèl yo vinn enpòtan paske se yo k gen
paske l bon pou tout moun (le commun). kom job koute, aprann, konprann, sentetize, e propoze
Gen ampil neg nan peyi a ki konprann demach istorik fason klè kou dlo kokoye sa sijè istorik yo apreyande
pou konstwi « le commun Haitien ». Lè yon Ayisyen nan sa yap viv chak jou.
grangou, li dwe manje. Lè li swaf, li dwe bwè dlo ki pap Pafwa anpil moun panse se zam ki detèminan nan
bal dyare, lel gen dòmi li dwe twouve yon kote ki pwop chanjman. Se pa vre. Zam ka ede chanje yon rejim, men
e an sekirite poul dòmi, li dwe al lekol e aprann yon ba- revolisyon se chanjman de paramèt, de kondisyon ak
gay poul viv, li dwe viv nan peyi l ak sal aprann nan, li enstitisyon. Si zam te enpòtan konsa, Operasyon Grenn-
dwe leve ti moun li san kè sote san l pa voye kache Mia- nan-bouda ta pèmèt chajman de direksyon ak ameliora-
mi, Sendomeng. Sa yo se bagay tout moun bezwen, ke w syon kondisyon ekzistans Ayisyen. Men sa pa rive fèt.
rich, pov, wouj ou nwa, peyizan ou neg lavil. Okontrè, li kreye yon rejim narco, ak yon kwasans de
Job nou jodya se afwonte san menajman moun ki di yo delenkan tout koulè.
dakò ak prensip sa yo men ki kwè pou yo byen- Nou dwe aprann de sa yo tou poun teste desizyon nap
mennen fok majorite a nan grangou, nan swaf, nan en- pran ak aksyon nap mennen.
salibrite kom kwa pa ta gen pou tout moun. Fok nou
IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...
KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6
“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”
Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec
RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531
Eske Viktim yo ak fanmi yo ap jwenn
Jistis tout bon vre ?
Moun Kafou Fèy yo, moun enpas Edi yo ak Maglwa Pa gen Dwa Anyen ankò nan zòn lan.
Anbwaz pwolonje Mande JISTIS ak Reparasyon epi Nou te fè yon ti pale ak Lifran Lwiranvil ki se papa
mande pou Leta Mare Depite Lochard !!! youn nan jèn ki mouri yo : Jennera Lwiranvil. Lifran
Plis pase 150 moun ki te sòti nan zòn kote Gang Jean Sony fè konnen se yon malere li ye epi pitit li pat gen gwo
a (Ti Je) te masakre Pep la jou ki te 24 avril la te Pran Lari mwayen nonplis. Yon zanmi viktim lan fè konnen
jodia pou Mande Leta Kisa Ki Ap fèt deske Yo gen KA- Jennera se Lansan li te konn vann pa ti pake 5 goud
DAV nan mòg, Yo gen Blese ki te pran bal nan lopital epi gen jou li pa menm fè 25 goud benefis.
oswa lakay epi Leta Pa Pale Avè yo Pou fè Konnen Kijan Nou te pale tou ak gran sè Jhonny Alexis ki fè n kon-
y Ap Jwenn Reparasyon nen ti frè li an te pran
ak Jistis ! yon bal nan vant men
Yon 100 moun apye ak erezman, apre opera-
yon 50 lòt sou moto te vle syon li vin egzeyate.
al poze leta kesyon devan Nan yon ti afich nou te
Palè a men Lapolis te fè ka idantifye 5 nan
yo retounen egal yo t al moun ki Mouri yo :
plante pikèt yo Devan Mi- 1. Louis anvile Jennera
nistè Lajistis nan ri Chal (6 oct 1989-24 avril
Sumnè sòti 11 zè pou rive 2019)
midi edmi. Pifo moun sa 2. Luc Robenson (14
yo sete Jèn moun : zanmi dec. 1994-24 avril
ak vwazinaj viktim yo epi 2019)
te gen kèk grandèt tou 3. Blanc Jn Brunel (10
(paran viktim). mai 1980-24 avril
Gen yon delegasyon ki te jwenn posibilite al prezante do- 2019)
leyans yo devan responsab Ministè Lajistis men pifò moun 4. Daniel Gil-Blas (16 nov 1966-24 avril 2019)
ki te ret deyò t ap bougonnen deske sanble yo pa twò fè 5. Dorime Smithe (nou pa jwenn dat nesan li) …
Leta Konfyans ! Gen kèk ki deklare Ministè Lajistis gen sanble se Madanm sa a ti t ap vann sosis la.
baz Gang ladan l tou. Jan nou wè mòd Leta sa a, ki sanble nan bonjan Kon-
Men moun manifestan yo te plis sible se Depite Lochard. plisite ak plizyè Gang , eske Viktim yo ak fanmi yo
Manifestan yo te anmè kou fyèl lè y ap pale sou depite sa ap jwenn Jistis tout bon vre ? Nou pa fin kwè sa
a, yo deklare li te nan mannigans sere sere ak defen Ti Je menmsi sanble gouvèlman an pran angajman pou li
epi fè konnen li konn resevwa Ti Je lakay li epi ba l bourad responsab lantèman viktim yo.
pou li atake pèp Kafou Fèy la. Anpil moun te mande pou Stephen William PHELPS, Pòtoprens, 2 me 2019.
Leta Mare Depite Lochard, gen lòt ki fè konnen Lochard [tout foto yo : Stephen William Phelps].
Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?
...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU... 7
RIBRIK : Sosyete
Jhimy Jean : Dechire youn lòt poun fè
travay kolon an kap kraze peyi a
Pilat te di Juifs yo antre Jesus ak Barabas kiyes nou vle? yon nivo konsyans ak konpreyansyon depiw pa genyen
Foul la ke pret jwif yo tap manipile te reponn : ban nou l nan mond ki la-a kafew koule ak ma...Ayiti se sel
Barabas kloure Jezi... Pilat te lave men li epi pep la te peyi kote yon paket nasyonalis ap batay pou montre
dakò pou san Jezi tonbe sou yo...Nan lane 70, women yo blan kiyes ki pi tchoul, ki pi sousou, kiyes ki ka bay
avek Titus pral ravaje detwi Jerizalem, le sa-a anpil jwif plis avantaj…mesye klas dominan ki nan ekonomi
te sonje jijman Jezu a pral di se fènwa Ayiti a konprann jwet menm jan ak mistè blan
sa yo fè yap peye...Jwif yo te mannan yo fè menm bagay la…Nan chak pati politik
mouri nan anpil soufrans ak wap jwenn yon frè, yon kouzen, yon tonton, yonn an-
doulè. Dayè se istwa masak sa-a fas lot paske yo fè yon fason pou yo pa janm pèdi,
ki pral enspire « les 10 hommes kelkeswa gwoup ki pran pouvwa-a ap toujou genyen
noirs d'Etzer Vilaire » lakay nou yonn nan fanmi an ki pou jere enterè fanmi an pandan
devan mizè ak soufrans pep setan anba-a, ti neg kontinye boule mache, tire sou
Ayisyen an…Na konprann depi moun nan lari, volè, piye kès leta, fè masak agoch ad-
kilè nap soufri depi kilè wat pou swa, jere pouvwa, swa kreye kondisyon pouw
desespwa anvayi peyi nou...Men pran pouvwa...Chak fwa yon vwa di NON mesye nou
sa ki enpòtan ankò, chak fwa tout nan move wout, yo gade ansanm yo flank ou yon
yon pep fè erè se plizyè jenera- kalot marasa kom radote, kom moun kap deranje yon
syon k peyel...Malrezman nou ekwasyon byen ekilibre, kap deranje yon antant ansou-
se yon paket timoun ki poukò konprann chak aksyon gen din tipaskout nan dechèpiye yon peyi...Isit yo entèdi
konsekans li, nou poukò konprann chak evenman se bon sens, se degajew enskri nan yon foli a goch ou yon
konsekans yon sitiyasyon davan…Nou toujou ap etone maladi moun fou agoch...ou pa gen ni raple, ni poze
devan chak evenman tankou poul chak minit ki bliye tout kesyon, ni imajine lot bagay ke sa yo vle a... se konsa
bagay...Jodia map ri frem ak sem yo ki etone jan yo pa ou jwenn jenn gason jenn fanm, yon mas sitwayen wè
gen peyi anko...Map ri yo kap batay antre yo aloske yo yo tankou toupi chak 2zan, chak 5kan, chak 10 nan
mare nan menm pye tab, nou gen menm met menm pa- yon paket mouvman chanpyel ki kontinye chak jou
tron...Bagay fini net depi lè yo te fè nou pran lari al danse pote plis fristrasyon, plis trayizon, plis febles... neg yo
chante : Clinton peyi a se pou wou l ye, kale dadaw jan w foure n nan yon matris fok nou leve nan le dyab wi
vle, chante a tounen yon envokasion ki kreye yon egregò poun ta sove tet nou…
tchoul lakay nou…Clinton telman wè bagay la bon pou li, Malgre Kenneth Merten pa gwo chef pou jere yon kan,
li kraze lame nasyonal pou lot moun ka kreye bann ti malgre Black Caucus pa lot kote ke nan opozisyon kay
lame yo kote anpil zam ap vann soti USA ak market zan- Tonton Sam, gang lan kontinye ap byen jere
mil kontrole.. li kraze agrikilti pou pemet pa selman agri- Ayiti...Olye nou plenn pito nou kontinye chante : Clin-
kiltè ameriken fè kob men tout agrikiltè ki gen lajan sal ton peyi-a se pou ou l ye kale dadaw janw vle…
sistem finans entènational envesti pou transfome latè-a Si Clinton pa tande nap peye avyon al pote plent swa
tankou yon vas jaden kote majorite-a tounen esklav kont pouvwa kap pran tout pou li swa kont lopozisyon
yo....Yo kraze tout faktori, izin ak espas de trans- ki vle koupe zeb anba pye nou...Bel demokrazi, bel
fòmasyon yo...Wi misye kale dadal janl vle…Jodia se espri nasyonalis…mwen map sib nou ak lespri Tonton
yon batay politik lavalas vs phtk… Nord nan tet mwen poum raple nou mesye 1804 yo pat
De tchoul gang Clinton yo, misye kenbe yonn nan chak nan blof, se swa w sa, swa w pa sa...
men…Kom Ayisyen se santiman yap fè, yo refize kon- Fè m tande : Eddy Berg, Francisque Jean-Charles,
prann ebyen chans poun soti kote n ye a piti paske gen Kenny Latour, Carmelle Blaise
Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!
Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...
“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8
RIBRIK : Sa zòt panse...
Paj Daniel Loriston an...
Konfidans #4 emaye a absòbe chalè a.
Travay Gode Emaye pa mal degrade
Lèm te pi piti m te konn tande moun ap di yo pwal travay. Lèw rive kay grann ou (Mwen salye memwa dèfen
Kòm mwen te leve nan milye peyizan mwen te toujou grann mwen ) menm sil te renmenw anpil lèl baw yon
panse travay se aktivite kote moun ap leve pikwa, wou, ti kafe nan gode emaye li, lap siveyew anpil pouw pa
louchèt, sèpèt nan mitan yon jaden kote foumi ap devore lage gode emaye a atè paske sil tonbe lap degrade. Sa
peyizan nan yon fòm konplisite ak yon solèy ki pa janm vle di kouch douko koulè blan oswa ble ki sou metal
padone fontèn tèt yo e ki fè laswè koule sou po kò yo ak emay la ap soti epi se yon koulè metal tou nwa ki
abondans. Peyizan travay anpil pou voye manje lavil. San sanble ak
yo lavi a tap pi di. yon fè
Poutan lèm kite lekòl kay frè epim antre nan Lise, wouye kap
pwofesè fizik mwen pwal defini travay ak yon fòmil fizik parèt nan
ki fè kwè travay egal fòs pa deplasman. Poutan lèm plas degrade
kontinye aprann mwen reyalize travay entèlèktyèl mande a.
sèlman konsantrasyon ak mobilizasyon yon ansanm kone- Lè yon ti-
sans ak eksperyans ki pa nesesite ni fòs ni deplasman. moun lage
Sou plan legal gode emaye
Sou plan legal travay ta sanble siyifi tout aktivite pou li grann ou atè
menm ou resevwa yon salè. Eske sa vle di si yo peyew ou degradel
pouw touye yon moun, detwi li se nan pye travay ou ou ou pèdi lan-
ye ? mou grann
Si nou konsidere refleksyon sa anpil moun nan sosyete ou pandan
ayisyèn nan ap travay e ke to chomaj la sanble piba. yon semèn.
Si tout aktivite moun resevwa lajan pou li ta travay jis Li anvi baw
gade nan kominotew la konbyen moun yon patwon ap kafe nan pla
lage kichòy nan men yo pou yo detwi onè, respè ak menw oswa
lwayote yon moun ki make la diferans. Fòm travay sa nou sou yon fèy
jwenn li sitou nan politik ki se youn nan domèn yo plis bannann. Se
pase anba pye an ayiti. yon fòm sanksyon ki retire konfyans nan ou kew pa ka
Jounen travay jere yon gode emaye.
Jodi premye me a tout teritwa nasyonal la ap fete fèt agri- Lè gode emaye a degrade li pèdi valè
kilti ak travay. Se yon sèl jou chak ane nou sonje travay Efektivman depi gode emaye a te tonbe oswa frape li
ak agrikilti se 2 motè ki te ka ede peyi a ofri yon pi bon tou degrade. E lè li degrade tout moun pè bwè ladann
sistèm jistis sosyal. paske nenpòt ti chalè ka leve emay sou gode a e emay
Si gen anpil fòs kap konvèje nan peyi a pou detwil ak tout sa siw bwèl ka bay pwoblèm a trip ou. se sak fè se nan
sak ladann pa gen okenn deplasman ki fèt nan nivo sosyal gode emaye ki degrade yo fè lòt izaj. Tankou mete
ak ekonomik nan peyi a. disèl, mete mayi pou poul, mete nan douch pou moun
Annou reflechi ki politik kreyasyon anplwa nou bezwen benyen. Gode a pèdi valè.
pou peyi a konsa na ede plis moun soti nan ekstrèm Moun ka degrade tou !
povrete epi na redwi maj bandi kap kale tankou vè nan Lonè ak diyite yon moun nan yon sosyete pi frajil pase
peyi a ! yon gode emaye. Lèw nan yon kominote wap poze
Ann Travay move aksyon, wap pèsekite moun, wap vòlè, fè aksyo-
Travay se libète nè ou degrade epiw pèdi valè. Diyitew sove kitew
(Aristide).
Konfidans #5 Gen anpil moun nan sosyete ayisyèn nan kelkeswa
Gode Emaye ! longè richès yo, nivo pouvwa yo sosyete a pa pete nan
Sete youn nan veso kite pi popilè nan kivèt veso gran- koton ba yo. Yo emaye, yo degrade.
moun lontan. Pa gen yon sèl granmoun ki pat konn gen Ou menm ki poko degrade mwen ankourajew kenbe
plizyè gode emaye lakay yo. Sete nan gode emaye yo te tèt ou nan lans byen di pa kite diyitew tonbe atè, paske
konn sèvi kafe le maten oswa chokola. Granmoun yo te lèl degrade se mayi pou poul manje yap mete ladann.
sanble fè chwa sa paske gode ki fèt an vè yo te pi frajil, Ti konfidans ki baze sou eksperyans lavi !
depil tonbe li fann an miyèt moso. Daniel Loriston
Gode emaye a tou sanble te pèmèt kafe a frèt pi vit ke #Dalbagay
yon tas an vè oswa an plastik. Nenpòt ti soufle gode
Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...
NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9
Saint-Michel
BOTANIKA
30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles
RIBRIK : Di saw vle...
Lou Evens Arné :
KISA KI KOMISYON AN ?
Anpil enkonpreyansyon anpil mechanste ap fèt nan palmantè.
istwa komisyon sa. Komisyon an se yon zouti legal ke palmantè a
Lèw senatè ou byen depite kontwòl se youn nan genyen ki pou pèmèt palman an toujou rete prodik-
atribisyon konstitisyonèl ou genyen, generalman tif.
Lèw gen komisyon se pa yon pòtfèy ministeryèl ki
nan menw se byen malere gen yon seri de moun ki
gen mikro nan men yo etik ak moral profesyon an
ki ba yo misyon fòme ak enfòme popilasyon an ap
trè mal enfòme popilasyon an swivan enterè
mesken yo apatenans ou sansibilite politik yo.
Prezidan yon komisyon se yon zouti politik yon
palmanté genyen nan menl ki pèmèt ke li ka
devlope yon kontwòl trè pwòch avèk minis an ke-
syon an poul ka founi je gade èske enterè popi-
lasyon nan aksyon kap poze yo.
Prezidan yon komisyon pèmèt yon palmantè en-
vite, konvoke, menm entèpele minis an kesyon an
pouw gade lajan kite disponib pou li nan bidjè kew
te vote poul al ekzekite pou popilasyon an ap byen
depanse.
Map dil ankò lè yon palmantè prezidan yon ko-
misyon sa pa vle di se li ki bay ou byen gen kont-
gen plizyè komisyon ki genyen nan chanm yo tou wòl ministè a okontrè konn souvan genyen de gwo
depan de kantite ministè ki genyen palmantè yo diferans depi tout bon vre palmantè a ap fè travay
genyen pouvwa pou yo kreye de nouvo komisyon de kontwòl li tout bon vre.
ki toujou rantre nan kad ekzèsis de kontwòl yo kòm
Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...
KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10
JENERASYON NOUVEL AYITI
KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND
Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...
Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Tel : 3394-2098
PM Laurent S. Lamothe kap reponn Di- Sa zot ap di...
mitri Vorbes sou gaspiyaj fon Petrocar-
ibe : “Se tet w pou ta mande kot kob Pet- Ou bezwen yon gason serye?
rocaribe a pase! W touche 12 milyon vet Eben men 16 tip gason pou pa kole sere ak yo...
pa mwa depwi dizan. Sa fè plis pase yon
milya dola kob Petrocaribe ki nan men w 1- NÈG KAP EKRI’W LÈL SONJE
pou de Delko pèpè kap vann blakawout. Lap ekri’w chak jou men sa ka rive li pase konbyen
jou san’l pa janm mande’w sa’w pote pou vann apre
W gen odas papa”
Kreyolofoni reponn PM Lamothe : W te lap tounen tankou yon nèg ki preske fou pou ou.
PM peyi a pandan pase de zan pou ki sa Veye pou pa tonbe nan pyèj li…
w pat rezilye kontra. W konplis menm
jan ak Dimitri Vorbes. Pito w pe...
Fresnel Jean : Se serye, Direk! Nan tout 2- NÈG KI PA RENMEN ITILIZE KAPÒT
peyi serye chef letaa ta oblije bay demisyon Li bèl gason, li gwo nèg, li entèlijan, men li pa ren-
li, chache on batri avoka pou defann li san men mete kapòt, el menm vle eseye konvenk ou pou
fè’w konprann ke’l pi dous lè’l san kapòt e ke’w dwe
li pa tann yo metel an akizasyon pou li al fè eksperyans lan. Non nèg sa se yon nèg ki gen po
reponn kesyon lajistis. Dosye saa mwen moun, men’l pa moun, metel deyò lakay ou avan li
toujou kwe ke yo pa ka femenl. Li gen pou
li fe chemenl jiskas ke prosea rive fett sou enfekte chanm ou.
on nouvo Nord Alexis. Prezidan peyia te 3- NÈG KI RENMEN TIBÈF MEN KI TOUJOU PA
gen intere fe prosea men li te prefere pito
anvi bloke dosye. Se te on gro ere, on fot VLE FÈ POU OU
kapital ke li gen pou peye tre che. Li te Li renmen tibèf anpil, men si’w mandel fèl pou ou
pran nan prop pyej li lel kite ti mesye ma- fok li jwenn yon eskiz kanmenm pou’l pa fè’w plezi a.
jorite nan palman an voye dosyea nan
CSCCA.Pesepsyon se te zafe politik group Ou bezwen konnen rès 13 yo?
minoritea tap regle tonbe plat ate jounen ®️Tribunal des amoureux.
jodya. Koman Prezidan an pral soti nan
dosyea? Mwen poko konnen.Ann sib!
“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOU-
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang 11
RIBRIK : Sosyete
Yon Ayiti gran moun nan tout sans
Ou pase maladi kolonize, ou pa ka di w pa konprann lè anpil kèk blan nan Core Group RASIST la. Fòk Core
kolonizatè ap pale. Lè kolon an pale, si w pa mete nan tèt Group RASIST la fè MEA CULPA l tou, si l pa nan
ou, se zafè enterè kolonyal li lap regle. Se PHTKK ki estrateji, "sèlman chanje chofè, pou bagay la ka frèt epi
meyè group sou teren an pou egzekite ajanda neo- kenbe menm politik la, chwazi dirijan yo ka kenbe tèt
kolonyal la an Ayiti. Core Group la RASISt ap aplike yon yo nan mitan 2 fant janm yo, pou kontinye egzekite
AJANDA RASIST. Rasis Gwo Soulye wi Silvouplè ak ajanda RASIST ki se avili AYISYEN, Avili sitwa
konplis yo PHTKK. Dayiti.
Se tèks Edouardo Galeano, L'insolence Nègre, pou w reli Nan nouvo deba sa a, map diskalifye davans Kadinal
pou w konprann atitid RASIST moun Core Group yo nan ou kelkeswa Monseyè Legliz Katolik. Se sòlda ak ofi-
dosye Ayiti a. Sa vle di sye nan Lame Ampi
yo vlè Ayiti an RA- Women yo. Se
NYON, Ayiti, peyi Legliz Katolik ki te
Senbòl ki te mete fen mete lòd RASIST sa
ak lòd RASIST, Legliz a nan mond la. Ka-
Katolik (Reprezantan dinal ak Monseyè,
bondye sou latè- jan yo plis pè, gen plis ale-
te jere lòbèy la) te de- jans a sousèt san
krete nan bulle papale moun Nwa yo rele
8 Janvyen 1454 la Vatikan an. Ki se
(Romanus Pontifex). yon Leta rekoni pa
Ayiti te mete fen a lòd Nasyon Zini. Ki-
sa a, yap fout fè l peye donk, yon pè, mon-
l, lè se malandren sal, seyè ou kadinal se
krakèd, donk drug ad- ajan osèvis puisans
dicted, pleziyis de- etranjè, ki pap janm
vègonde, vagabon sal gen menm enterè ak
tankou Michel Martelly Ayiti ou pitit Lafrik
yo mobilize tout fòs yo yo.
ak konplisite aktè en- Nouvo Deba sa a pa
tèn, pou mete sou ka enkli kòm aktè
pouvwa a an Ayiti. okenn sektè Protes-
Kòm si m ta di w depi tan. Moun sa yo se
2011, meyè entèlokitè enterè Misyon ou
pou Core Groupe la se Martelly le dévergondé, Laurent Katye Jeneral Legliz yo ki nan lòt peyi patikilyèman
Lamothe, pi gwo vòlè Ayiti pase nan tèt li pandan 60 Etazini. Yo fini ak peyi a kote yo retire tout nanm pa-
dènye lane yo, Jovenel Moise, toutous gang PHTKK/Tèt triyotik kay jenn yo sitou, ak tout manm ki frekante yo.
Kale a, fo envestisè, lavèt lajan sal pou ni drug dealer, ni Travay DEPATRIYOTIZASYON an, se Pwotestan ki
kontrebandye. Nan kisa Ayiti ye la-a? fè l pi byen, Ou pap ka bati okenn devlopamn ak Pro-
Jodia bagay yo ap pete santi nan nen Core Group RA- testan Ayisyen. Ou pap ka bati okenn INITE NASYO-
SIST la, li soti yon kominke, ladann li fè ouvèti pou di NAL ak yo. Chak grenn relijyon sa yo re rejte yap fè
Jovenel bat mouda w pou w pa fè nou pèdi tout ba- manm rejte Nasyonalite, Idantite, KILTI ak Fyète Isto-
gay."tenue d'un large débat national, sans pré-conditions". rik.
Mwen pou deba sa a tou. Se sèl pwen m dakò ak ko- Nouvo Deba sa a pa ka enkli okenn Sektè Vodoun VI-
minike a. Men, jan Daly Valet di l, kòm li te nan Palè a SYE, ki ap tann zo nan men Leta piyajè ak ONG
kòm konseye Privert, jan l te di l deja, se nan pozisyon sa malfektè.
a pou l te pase pou l te konprann valè levye presyon blan Nouvo Deba sa a dwe fèt san okenn lòt tit ke Ayisyen
an gen nan men l lè l bezwen yon bagay. E byen, li neseè ki konnen se Ayiti ki peyi yo, tè a se pou yo, Yo dwe
pou Core Group RASIST la asime wòl li devan tablo de- defann li anba prensip zansèt nou yo ki te fè 1804.
zast la ki devan je tout moun, paske yo te nan fè presyon Nouvo Deba sa a ta dwe genyen kòm sèl dokiman de
pou meyè TYOUL la: Jovenel Moise paske l gen pake rad baz KONSTITISYON 1805 Pap Dessalines, sel doki-
sal li nan lamwa yo. man ki gen prensip fondamantal pou kreye yon Ayiti
Core Group RASIST la te konnen trè byen se KON- GRANMOUN nan tout sans.
TINYITE Vòl, piyaj kès Leta, pa yon bann votou ki vare Norluck Dorange
sou lajan Petro Karibe a, ki sanble vòlò l ak konplisite
SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...
PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12
« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »
Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929
« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo
nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »
KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM