LANE II, NUMEWO XVIII DESANM 2018 CHAK MWA
KREYOLOFONI
NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID
Yves Déjean, ANDEDAN
KREYOLOFONI
1. Yon 2019 san
Jovenel nan palè
nasyonal p. 3
2. Lide repibliken
oubyen lide rasis
degize p.11
TAP TAP
MULTI-
SERVICES
SAINT-
MICHEL
BOTANIKA
Yon save PLANET
nan lang kreyòl, FM
Yon militan 100. FM
pou pèp ayisyen STEREYO
Pa Bliye
Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa
a san otorizasyon
redaksyon an
Redaksyon an pap
publiye atik san non
san adrès
Sponsorisé par
SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2
KREYOLOFONI
Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles
Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN
PDG : Pierre Richard Osias
Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles
Administratè :
Relasyon Publik :
Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maurice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pierre
Teknisyen-Enprimè :
Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie
59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]
Telefòn : (509) 3848/5890
Email :[email protected]
KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE
HAYTI (KNONH)
Parti Politique Régional & Moderne
Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.
Appelez aux # 36 53 65 84
38 48 58 90
Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...
KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3
EDITORYAL LA
Yon 2019 san Jovenel Moise nan palè nasyonal…
Nan atik 149 konstitisyon 87 la nou li : « Sizanka plas Prezidan Repiblik la vin vid, pou nenpòt ki
rezon, se prezidan tribinal kasasyon an ki monte prezidan pwovizwa repiblik la… » Jounal Kreyolofoni
konstate depwi evenman 6, 7 jiyè prezidan Jovenel Moise nan enkapasite pou l dirije peyi a. 17 oktòb, jou
komemoratif lanmò Papa Dessalines, se anba biswit leta ak gwo kout zam fann fwa prezidan an te sove kouri
kite Pon Wouj…Moun tout kote nan tout peyi a sou lidèchip Petrochallengers manifeste pou mande pwosè
Petrocaribe a vin konfime prezidan an pèdi lejitimite frajil li te genyen an ak 550 mil votan ki te eli l prezi-
dan peyi Dayiti. Sak vin ankò pi grav se zak politik, istorik ak mistik opozan farouch prezidan an, Jean
Charles Moise ki te fè monte yon drapo nwa ak wouj nan Vètyè kote l rekonèt se « yon ak mezire e kalkile…
Jès sa a sonnen fen manda Jovenel Moise la-a…» E ansyen senatè Moise defye prezidan Moise pou ta fè
arete l. Prezidan Moise te tranble nan kanson l, li pa l Vètyè…Nou ka konkli fòtèy prezidan an vid. Ayiti pa
gen prezidan…Kom M Moise pa gen demizyon nan chemiz li, lap fè wont tounen kòlè.
Kreyolofoni konprann prezidan an nan ti soulye l e l pa ka dirije nachon an. Prezidan an ta menm
delege pouvwa politik konstitisyon an ba li a Premye Minis Jean Henry Céant pou dirije peyi a. Eske sa ta
vle di prezidan an chwasi siksesè e l ta demisyone ? Lokatè Palè Nasyonal la tap poze yon gwo ak ki tap
mete l nan menm dimansyon istorik ak de devansye l tankou Jean Bertrand Aristide ki te siyen yon lèt demi-
syon bay Premye Minis lavalas la Yvon Nepturne an 2004 epwi te kite pouvwa a menm si yon fwa lavi l pat
an danje ankò li ta pral di se yon kidnaping modèn ak Jean Claude Duvalier ki te nome siksesè l Jeneral Hen-
ry Namphy e te pran chemen lekzil an 1986 pou evite yon ben de san nan peyi a.
Ayiti manman nou pa ta dwe kòmanse lane 2019 la nan radikalizasyon pou pouvwa kote de defansè
statu quo yo, Jovenel Moise ak alye l yo PHTK e Sektè demokratik ak popilè, lavalas pou pi fò, ame popi-
lasyon an pral fè yo kenbe pouvwa ou pran pouvwa a…Pèp ayitien an gen memwa, li gen sonje. Kòman pou
n ta bliye krim finansye ak san rejim lavalas la pèpetre ant 1991-2011 ? Memwa nou pa selektif paske gen
yon rapò dankèt administratif pibliye an 2004 sou krim deta rejim lavalas la. Jodia yo pa ka ap chache
pouvwa politik ankò pou yo vin repete menm salopriti yo an 2019. « Eta nako », « antite kawotik engouvè-
nab » ak « menas pou lamerik » se kèk etikèt rejim lavalas la te bay peyi a an 2001-2004. Nou bouke…Nou
pap fè bak…2019 la nou vle dekole, nou vle vanse, nou vle devlope…Kot lajan PetroCaribe a?
Nou mande pwosè Petrocaribe a e se li menm ki pou mennen nou nan Ayiti preske nou tout vle a.
Konsa nou paka kòmanse lane 2019 la ak Jovenel Moise nan Palè Nasyonal. Nou te bay manda pou l te fè
ripti a pou peyi a men li chwazi statu quo a e fè tout sal kapab pou pwoteje ak defann gran nèg ak alye l ki se
yon bann jwisè ak vòlè byen leta. Gade yon gwo kou li te pote ouvrye yo nan faktori yo nan peyi a kote li
bay 70 goud alòske patron yo te dakò 500 goud pou yon jounen travay…Jovenel Moise trayi klas sosyal li e l
se yon kolon nèg. Nou pa ka gen yon lènmi antinèg kap dirije yon peyi nèg. Nou tout dwe leve kanpe menm
jan ak Jilè jòn yo nan peyi Lafrans e fòse prezidan nou an a kite pouvwa a…Frederick Thomas nan jounal
Libération te ekri : « L’élection de Jovenel Moise une catastrophe pour Hayti » kote li te raple nou
« Agritrans se yon pwojè vitrin, trè opak ki raple nou opasite karyè Moise…Kòman explike yon òm dafè
enplike nan blanchi lajan eli depwi nan premye tou… »
Jounen jodia, chak moun dwe piblikman chwazi kan l…Ou byen ou pou statu quo a ou byen ou pou
demantle sistèm politik pouri sa a ki bon pou vòlè, asasen, kontrebandye, dwòg dilè, kidnapè ak politisyen…
Enpinite ak koripsyon de gwo mo kap touye Repiblik la. Pa gen demagoji…Pa gen kache dèyè rido ap voye
wòch…Asime responsabilite w kòm sitwayen…Nou dwe nan mwa desanm sa-a jwenn demisyon prezidan
Moise ak tout PM Céant pou 2 janvye jou zansèt yo pou nou kòmanse yon Ayti tou nèf…Gade zak kriminèl
pouvwa-a fè sou popilasyon Lasalin nan, se yon jenosid. Se sou prezidan Jovenel Moise li rive, konsa prezi-
dan an se yon senginè. Eske istorikman gen yon prezidan peyi Dayiti ki itilize vyolans ak babari sou pèp li
pou l kenbe pouvwa ki janm rive kenbe pouvwa a. Inevitableman, Jovenel Moise dwe kite pouvwa a anvan
mwa sa-a fini e Mèt Mécène Jean-Louis ap asire tranzisyon an pou rès manda Mesye Moise la.
Kreyolofoni#18
“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay
E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4
Yves Dejean: yon save nan lang
kreyòl, yon militan pou pèp ayisyen
Hugues Saint-Fort m ap esplike sa mwen rele « angajman so-
Nan premye paj tèz doktora li te defann nan India- syal » / « angajman sivik » Yves Dejean. Epi, nan
twazyèm pati a, m ap reflechi sou ki plas angajman
na University an 1977, Yves Dejean deklare :
« Le créole, je m’en balance ! Les créolophones, sosyal sa a genyen nan sosyete ayisyen an, ki wòl
moun save nan sosyete ayisyen an.
voilà mon souci ! »
1. Yves Dejean nan lengwistik kreyòl
Mwen ta kapab tradui li kon sa an kreyòl :
« Ki mele m ak kreyòl ! Se pou moun ki pale kreyòl Yves Dejean pa te premye Ayisyen ki te sèvi ak
syans lengwistik pou etidye lang kreyòl ayisyen.
m ap goumen. »
Deklarasyon sa a ba nou yon lide sou ki jan Yves An reyalite, premye Ayisyen ki te redije yon tèz
Dejean te konprann rechèch lengwistik li t ap men- inivèsitè sou lang kreyòl ayisyen se te yon dam ki
nen sou lang kreyòl ann Ayiti. Yves Dejean te kon- rele Suzanne Sylvain, pitit powèt ayisyen Georges
sakre yon bon pati nan lavi li pou rechèch lengwis- Sylvain. Nan lane 1936, li te defann nan Inivèsite
tik sou lang kreyòl ayisyen. Li te yon save sou lang Sorbonne, a Paris, yon tèz ki rele « Le créole
kreyòl ayisyen. Se sou li misye te ekri tèz Doktora haïtien » kote li te defann lide ke kreyòl ayisyen se
li. Pandan ane li te pase ann egzil nan Nouyòk ant yon « langue éwé à vocabulaire français ». Nou ta
1969 ak 1986, majorite rechèch li te fè yo te kon- pral tann 22 lane, an 1958, pou genyen yon lòt
sène swa deskripsyon lang kreyòl ayisyen, swa save ayisyen ki pral ekri yon tèz doktora sou lang
rapò difisil lang sa a te genyen avèk lang franse ann ann Ayiti ke li te defann nan Inivèsite Sorbonne.
Ayiti. An 2006, Yves Dejean te pibliye yon michan Se te Pradel Pompilus. Se vre tèz doktora Pompi-
liv an kreyòl ki rele «Yon lekòl tèt an ba nan yon lus la pa te dirèkteman sou lang kreyòl ayisyen.
peyi tèt an ba » ki se yon radyografi lekòl ann Tèz Pompilus la rele « La langue française en
Ayiti, sitiyasyon lang kreyòl ann Ayiti, ansanm ak Haïti » men li te genyen anpil rapò ak lang kreyòl
sosyete ayisyen an. Jounen jodi a, liv sa a pa gen e Pompilus te ekri li avèk yon tèz konplemantè ki
parèy li pou yon moun ki ap analize pwoblèm edi- rele : « Lexique créole-français ». An 1973, Pom-
pilus te pibliye ann Ayiti yon liv ki rele
kasyon ak pwoblèm lang ann Ayiti.
Rale mwen pral fè jodi a genyen 3 pati. Nan pre- « Contribution à l’étude comparée du créole et du
mye pati a, m ap fè yon rezime sou sa Yves Dejean français à partir du créole haïtien. Phonologie et
reyalize nan lengwistik kreyòl. Nan dezyèm pati a, lexicologie ». Ale nan paj 05
Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET
Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti
PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949
Captez la radio en ligne : www. [email protected]
Émissions spéciales à caractère éducatif : Planet Sou Ray, Desiderata &
Le Novateur à l’Oral
MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...
LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5
Yves Dejean: yon save nan lang
kreyòl, yon militan pou pèp ayisyen
Premye tèks sou kreyòl ke Yves Dejean te pibliye rite rechèch li yo: se kesyon sentaks, kesyon òto-
se sou òtograf li te ekri li. Tèks la rele : « Réflexion graf kreyòl, epi kesyon diglosi ak rapò lang kreyòl
sur l’orthographe du créole » Li te parèt nan Bulle- e edikasyon. Mwen p ap di anyen sou kesyon sen-
tin de l’ONEC, Port-au-Prince, numéro 1, no- taks jodi a, paske se yon sijè lengwistik ki trè
vembre 1962. An 1971, misye pibliye yon kont teknik e mwen pa vle tonbe nan twòp kesyon
randi sou tèz doktora yon lengwis bèlj ki rele An- teknik. Se sa ki fè mwen va fè yon rale tou piti sou
dré-Marcel d’Ans. Tèz la rele « Le Créole fran- òtograf kreyòl, sou konsèp diglosi epi sou rapò
çais d’Haïti. Étude des unités d’articulation, d’ex- lang kreyòl ak edikasyon ann Ayiti.
pansion et de communication ». Li te parèt nan The Diskisyon sou Òtograf kreyòl te konte anpil nan
French Review, February 1971. An 1974, Yves rechèch Yves Dejean te fè sou lengwistik kreyòl.
Dejean pibliye nan Montréal yon liv ki rele Ti Liv Yves Dejean te kòmanse ekri sou li depi nan lane
òtograf kreyòl. An 1975, li pibliye nan New York 1962 e se sou li misye te ekri tèz doktora li an
yon liv ki rele Dilemme en Haïti : Français en péril 1977. Pa te gen anpil moun save ki te ekri sou òto-
ou péril français. An 1980, Yves Dejean pibliye graf lang kreyòl ayisyen nan epòk sa a. Nan tèz
nan Montréal yon pati nan tèz doktora li a ki rele doktora li an, Yves te fè yon rale sou premye òto-
Comment écrire le créole d’Haïti. graf sistematik ki te fèt sou kreyòl ayisyen ki te
An 1983, Yves Dejean pibliye nan yon revi òtograf McConnell-Laubach la ki te parèt nan
lengwistik ki rele WORD yon atik selèb ki rele Di- kòmansman ane 1940 yo. Anpil moun jiskaprezan
glossia revisited: French and Creole in Haïti. Atik kontinye ap kritike òtograf sa a, alòske nou ta dwe
sa a te fè yon gwo bri pami lengwis ameriken yo konsidere li tankou zansèt òtograf ofisyèl nou
paske li te atake yon konsèp ki te byen chita nan genyen depi janvye 1980. Se Yves ki te vini ak 3
sosyolengwistik ki se konsèp Diglosi. An 1993, li prensip ki reprezante nannan òtograf lang kreyòl
te pibliye yon lòt michan atik ki rele An Overview ayisyen. Premye prensip lan se :
of the Language Situation in Haiti. Atik sa a te pa- 1. Chak lèt rete nan wòl yo
rèt nan yon revi lengwistik ki rele International Dezyèm prensip lan se:
Journal of the Sociology of Language, 102: 73-83. 2. Chak son ekri menm jan
An 2006, Dejean pibliye liv ki rele Yon lekòl tèt Twazyèm prensip lan se:
anba nan yon peyi tèt anba (FOKAL). An 2010, 3. Nanpwen lèt ki bèbè.
Dejean te pibliye yon atik li ki rele Creole and Ed- Ki sa konsèp diglosi a ye ?
ucation in Haiti. Atik sa a te parèt nan yon liv Se yon lengwis ameriken ki rele Charles Ferguson
kolektif ki rele “The Haitian Creole Language. His- ki te an premye vini ak mo sa a nan lane 1959, nan
tory, Structure, Use and Education” Moun ki te yon atik li te pibliye nan yon revi lengwistik ki rele
edite liv sa a se lengwis ameriken Arthur Spears WORD. Sa Ferguson te rele « diglossia »,
ansanm ak doktè Carole Berotte Joseph. Dènye “diglosi”, se yon sitiyasyon sosyolengwistik kote
atik inivèsitè Yves Dejean pibliye se nan yon revi moun te itilize 2 varyete yon menm lang nan yon
ki rele “Sargasso” nan yon nimewo espesyal sou sosyete. Sosyete sa a te bay youn nan 2 lang sa yo
“Language Rights & Language Policy in the Carib- yon pakèt valè, (yo te rele li, varyete
bean”. Se te 2 atik. Youn rele “Identifying the Stan- « siperyè » (H) ann anglè, alòske moun te mal kon-
dards for Haitian Creole”; lòt la rele: « Réflexions sidere lòt lang lan (yo te rele li, varyete
sur un projet d’Académie du Créole haïtien ». « enferyè » (L) ann anglè. Pa egzanp, yo pa te
Genyen lòt etid sou lengwistik kreyòl Yves Dejean janm sèvi ak varyete ba a lè y ap ekri, yo pa itilize
ekri men li pa te pibliye yo. Se poutèt sa, mwen pa li nan lekòl, osnon nan domèn fòmèl, nan si-
site yo la. tiyasyon ofisyèl, epi, toujou selon Ferguson, va-
Genyen 3 sijè ke Yves Dejean te abòde nan majo- Ale nan paj 06
IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...
KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6
“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”
Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec les petits.
RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531
Yves Dejean: yon save nan lang
kreyòl, yon militan pou pèp ayisyen
ryete ba a lè y ap ekri, yo pa itilize li nan lekòl, osnon ti » ke Yves Dejean ekspoze klèman pozisyon li
nan domèn fòmèl, nan sitiyasyon ofisyèl, epi, toujou sou kesyon lang kreyòl ak edikasyon ann Ayiti.
selon Ferguson, varyete sa a pa gen literati. Youn se Nan 2 dokiman sa yo, Yves Dejean kritike itili-
lang lelit la, yo aprann li nan lekòl, lòt la se lang zasyon sistèm lekòl ann Ayiti fè avèk lang franse
moun pale ak zanmi, ak fanmi, osnon nan la- pou enstri elèv lekòl. Yves Dejean defann lide ke
ri. Ferguson te aplike konsèp “diglosi” a sou 4 va- elèv lekòl ann Ayiti dwe kòmanse aprann nan
ryete : varyete arab dyalektal nan peyi Ejip, varyete lang kreyòl paske se lang sa a ke yo konprann e
grèk modèn nan peyi Grès ; varyete suis alman nan ke yo pale pi byen, se li ki premye lang yo. Se
peyi Suis; epi varyete kreyòl ayisyen ann Ayiti. Nan nan lang sa a tou yo dwe kontinye aprann nan
yon michan atik ki rele « Diglossia revisited: French rès klas yo. Timoun yo pa ta dwe sèvi ak lang
and Creole in Haiti » ki te parèt nan yon revi leng- franse kòmsi se lang manman yo. Franse ta dwe
wistik ki rele WORD, Dejean montre ke kreyòl ayi- rete nan wòl li ann Ayiti, swa kòm yon lang
syen te yon lang otonòm, ki diferan de lang franse epi etranje, swa kòm yon dezyèm lang.
ke sitiyasyon Ferguson te chwazi pou li bati konsèp Pandan ane li te fè ap anseye lengwistik nan
diglosi a pa ka mache pou Ayiti. Ayiti pa yon peyi inivèsite ann Ayiti, Yves Dejean te youn nan
bileng (sa a se yon evidans), men, li pa yon peyi di- premye save ayisyen ki te fè kou lengwistik li yo
glosik non plis, sitou jan Ferguson te defini konsèp an kreyòl. Konsa, li te montre ke nou kapab iti-
diglosi a. Ayiti se yon peyi ki « kreyolofòn » : sa vle lize lang kreyòl pou anseye syans. E pa te gen
di ke tout popilasyon ayisyen an pale epi konprann pèsonn ki te di ke yo pa konprann sa li te esplike
lang kreyòl ayisyen, se nan lang sa a li fè tout aktivite a.
li, se nan lang sa a li aprann pale depi lè li t ap grandi 2 . Angajman sosyal Yves Dejean
ann Ayiti. Mwen pa iyore lang franse gen yon ti plas Ki sa yo rele « angajman sosyal » ?
nan istwa kiltirèl ak istwa lengwistik Ayiti men se Genyen angajman sosyal (angajman kominotè)
yon plas ki limite. lè yon moun osnon yon gwoup moun pwomèt l
Rapò ant lang kreyòl ak edikasyon ann Ayiti ap akonpli yon bagay. Jeneralman, pwomès sa a
Se nan dènye liv li te ekri a ki rele « Yon lekòl tèt se yon pwomès moral moun lan fè tèt li, men li
anba nan yon peyi tèt anba » ak nan youn nan dènye kapab tou depase estad moral la. Anpil fwa, lè
atik li te ekri ki rele « Creole and Education in Hai- Ale nan paj 07
Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?
...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU...7
RIBRIK : Sosyete/Lang
Yves Dejean: yon save nan lang
kreyòl, yon militan pou pèp ayisyen
yon moun pwomèt pou li akonpli yon bagay, se elèv yo, ki vle di kreyòl, pou anseye elèv yo.
paske li te konstate yon abi ki te fèt devan li, osnon Apati senkyèm ane, pwofesè yo fè tranzisyon an
yon gwo enjistis sosyal, osnon yon move esperyans franse. Nan ane 2014, lekòl la te genyen 3 klas
li te fè. Lè sa a, moun lan deside ke li dwe entèveni jaden danfan, 6 klas premye ak dezyèm sik fonda-
pou fè yon diferans nan kominote a, de fason pou li mantal. Te genyen anviwon 250 elèv an tou
amelyore kondisyon lavi moun ki ap soufri yo. anndan lekòl la. Majorite pwofesè yo se te ansyen
An 1986, Yves Dejean te retounen viv ann Ayiti elèv lekòl la. (Jounal Le National, 22 septanm
apre diktati Duvalier a te egzile li nan peyi Etazini 2015).
pandan prèske 15 lane. Li te bay 4 « boat-people » Gras a sipò Ayisyen nan dyaspora a, ansanm ak
ayisyen fè ladesant lakay li. Yves Dejean te adopte sipò ONG « Food for the Poor », “Sant Twa Ti
youn ladan yo ki rele Fritzler Tiçoit. Lè Yves De- Flè” ke Yves Dejean te kòmanse sou fòm yon
jean tounen ann Ayiti, li pwofite al vizite rasin pitit lekòl an plennèr anba yon pye bwa te rive tounen
adoptif li a, nan yon ti bouk ki rele Fort-Royal, nan yon lekòl modèn nan yon zòn riral avèk bibliyo-
premye seksyon kominal Ti Gwav. Se la li dekouvri tèk, koneksyon entènèt, kizin avèk « micro-
yon pakèt timoun kou granmoun ki t ap viv mal, ki ondes », gran sal epi twalèt byen pwòp. Se an
manje mal epi ki pa konn li, ni ekri. Yves Dejean te 2012 ONG « Food for the Poor » te inogire li.
revòlte kont enjistis sosyal sa a epi li deside chanje Jounen Jodi a, Sant Twa Ti Flè se yon lekòl gratis
sitiyasyon moun yo. Li mete sou pye yon lekòl ki te ki pa resevwa okenn sipò nan men Leta ayisyen.
kòmanse anba yon pye bwa kote chak apre midi 3 . Ki wòl moun save nan sosyete ayisyen an?
Yves Dejean t ap montre yon kolonn timoun pye Mwen rive kounyè a nan dènye pati prezantasyon
atè, san chemiz, aprann li e ekri. Men, an menm tan mwen an. Nan premye pati a, mwen te fè yon rale
tou, li te fè prepare manje pou yo. Donk, non sèlman tou piti sou sa Yves Dejean te pote nan lengwistik
Dejean t ap montre yo li e ekri, li te ba yo manje tou. kreyòl; nan dezyèm pati a, mwen te egzaminen
Li te fè sa avèk pwòp lajan pa li, lajan pansyon re- angajman sosyal Yves Dejean pou moun pòv ann
trèt li kòm pwofesè inivèsite nan peyi Etazini. Ayiti, moun ki pa te ale lekòl e ki pa te konn li e
Kèk lane apre, Dejean te rive fè bati yon Sant li rele ekri; nan twazyèm pati sa a, m ap poze yon kesy-
« Sant Twa ti flè ». Li te bay Sant lan non sa a nan on fondamantal: ki wòl moun save genyen nan
memwa 3 ti fi nan zòn lan ki te mouri anba dyare. sosyete ayisyen an? Mwen panse Yves Dejean
Sant lan t ap byen boule men peyizan nan zòn lan t kapab founi yon michan egzanp pou reponn kesy-
ap pase Sant lan nan betiz. Yo te rele li « Lekòl di- on sa a. Yves Dejean te grandi nan yon kategori
ri » paske yo te di ke timoun yo te ale nan lekòl la sosyal privilejye. Li te fè klas primè ak segondè
pou jwenn manje pwofesè Dejean te distribye chak nan lekòl ki te gen repitasyon lekòl boujwa, li te
jou. vwayaje aletranje pou etid li, epi li pa sanble yon
Lekòl « Sant Twa Ti Flè » sèvi avèk lang manman Ale nan paj 08
Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!
Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...
“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8
RIBRIK : Kilti/Spiritwalite
Yves Dejean: yon save nan lang
kreyòl, yon militan pou pèp ayisyen
moun ki te gen pwoblèm lajan. Li te sou wout pou li Etazini, lontan apre li te sispann sèvis li kòm pè
tounen yon gwo save nan sosyete ayisyen an. nan legliz katolik.
Lè diktati Duvalier a vin egzile li Ozetazini ansanm Hugues Saint-Fort
ak plizyè lòt pè ayisyen e etranje, lavi Yves Dejean New York, oktòb 2018
vin chanje. Li vin konprann pi byen sitiyasyon kon- Referans site:
patriyòt ayisyen ki t ap viv nan dyaspora a, epi plas Dejean, Yves 1974. Ti Liv òtograf kreyòl. Mon-
pa li pami konpatriyòt sa yo. Se konsa li te vin an- tréal: Agence Libre du Québec.
gaje tèt li pi fon toujou nan angajman sosyal li ki te Dejean, Yves 1980. Comment écrire le créole
kòmanse depi li te antre kòm pè nan kongregasyon d’Haïti. Outremont, Québec : Collectif Paroles.
katolik ann Ayiti lè li te kòmanse ap mete konesans Dejean, Yves 1993. An overview of the Language
Situation in Haïti. International Journal of the So-
li pou l sèvi moun ki te mwen favorize pase li.
Nan peyi devlope yo, gen yon ansyen tandans ki ta ciology of Language 102: 73-83.
vle ke moun save yo pa antre nan domèn politik, pa Dejan, Iv 2006. Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt
anba. Port-au-Prince: FOKAL
mele ak moun ki se aktivis pou chanjman sosyal. Dejean, Yves 2010. Creole and Education in Haïti.
Selon tandans sa a, 2 chemen sa yo pa sipoze kontre. In Arthur Spears and Carole Berotte Joseph (eds.).
Pou moun ki konnen travay michan sosyològ franse The Haitian Creole Language. History, Structure,
ki rele Pierre Bourdieu, te genyen anpil kritik ki te Use and Education. Lanham, MD: Lexington
vide sou li, nan epòk novanm-desanm 1995 an Books, pp. 199-216.
France, lè misye t ap manifeste ansanm ak moun ki t Dejean, Yves 2012. Identifying the Standards for
ap fè grèv nan lari nan vil Paris. Haitian Creole. In Sargasso2011-2012, II, pp. 83-
Yves Dejean pa te rive nan pwen pou li te desann 95.
nan lari ap manifeste, men li te fè plis pase sa. Li te Dejean, Yves 2012. Réflexions sur un projet d’Aca-
rete lwen tout privilèj li ta kapab jwi nan sosyete démie du Créole haïtien. In Sargasso 2011-2012, II,
ayisyen an gras a konesans li, klas sosyal li, relasyon pp. 97-107.
li, etc…Li te prefere konsakre vi li pou amelyore Dejean, Yves 1983. Diglossia revisited: French
kondisyon sosyal Ayisyen ki t ap viv nan mizè, ki pa and Creole in Haiti. In:
t konn li e ekri. Se konsa misye te konprann wòl li https://doi.org/10.1080/00437956.1983.11435744
antan ke save nan sosyete ayisyen an. Se yon mi- Ferguson, C.A. 1959. Diglossia, Word, vol. 15, pp.
chan egzanp li kite nan sosyete ayisyen an. Kone- 325-40.
sans moun save yo dwe sèvi pou pwofite moun ki ap Journal Le National, 22 septembre 2015 Twa ti flè,
viv nan move kondisyon. Pa gen anpil save ayisyen l’expérience d’une école créole en Haïti. Catégo-
ki panse kon sa ann Ayiti. Nan epòk n ap viv kou- rie : Société.
nyè a, kote lit de klas fin dechennen ann Ayiti, se Pompilus, Pradel. Reproduction 1981 La langue
yon michan egzanp Yves Dejean kite pou moun française en Haïti. Thèse pour le Doctorat ès
save ann Ayiti. Moun save pa dwe rete lwen batay Lettres présentée à la Faculté des Lettres et
kont enjistis sosyal, lè genyen klas dominan yo ak Sciences Humaines de l’Université de Paris.
leta k ap pratike abi nan yon sosyete. Wòl moun Pompilus, Pradel 1973. Contribution à l’étude com-
save yo se mete konesans yo osèvis moun pòv, parée du créole et du français à partir du créole
moun ki nan mizè, moun ki pa konnen. Se sa Yves haïtien : Phonologie et Lexicologie (Vol.1). Port-au
-Prince : Éditions Caraïbes.
Dejean te mete an pratik depi li te suiv vokasyon Sylvain, Suzanne 1936. Le Créole haïtien : mor-
kòm pè katolik ann Ayiti jouk li retounen al viv ann phologie et syntaxe. Wetteren (Belgique) : de
Ayiti apre diktati Divalye a te egzile li nan peyi Meester ; Port-au-Prince : chez l’auteur.
Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...
NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9
Saint-Michel
BOTANIKA
30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles
RIBRIK : Di saw vle...
Mèt LOUIS Onondieu : Sa moun dwe konnen sou li
Yon modèl kòm moun k’ap fè politik. serye’l pouse popilasyon Nòdwès chwazi ba l yon
Se pami politisyen ki pi elegan kem pa janm kon- manda pou reprezante yo nan pi wo nivo nan leta
nen. Moun ki gen wi ki gen non. a.
Senatè Onondieu Louis pa gen ènmi, se ou ki pou Yon sitwayen ki deside chanje fason politik ap fèt
nan peyi’l nan fason pa’l, yon moun ki chwazi aji
ak kè, andeyò de enterè pèsonèl li.
Yon politisyen ki konpoze ak tout moun, san bez-
wen konnen ki souch politik ou oubyen ak ki moun
ou tap mache.
Yon moun ki kwè nan divèjans, ki pa toujou mete
tèt li an premye Epi kwè li se sèl kòk chante.
Se pami ayisyen k’ap fè politik mwen konnen ki
pa mete lajan an premye nan tout sa’l ap fè. Li
tande tout moun, epi kwè tout lide, tout refleksyon
gen plas yo nan nouvo projè sosyete nou vle
konstwi a.
M pa gen pretansyon foure’l pami zanj yo. Tankou
pa chwazi zanmi’l. tout moun li pa pafè, men gen kalite ki depase
Soti kòm profesè lise, pase komisè gouvènman atant mwen de yon politisyen k’ap fonksyone an
Pòtpe, san bliye militans li kòm avoka nan baro Ayiti.
Pòtpe, pi gro repròch yo fè’l se sans ouvèti li ak Li pap janm ka satisfè atant tout moun, se rezon
rigè ki gen desizyon li yo. petèt ki ka fè ou ka pa renmen’l.
Tan li fè ap etidye an Eròp pa detache l ak reyalite Ou ka gen tout problèm ak li, menw pa fouti de-
pèp li. manti sa m di la yo.
Eksperyans li kòm travayè ki pa janm fatige, kon- Senatè Onondieu Louis, Mèt Louis, Loulou, rele’l
petans li prouve nan sa li remèt mete sou sans jan’w vle. Sa depann depann de entimite w oubyen
Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...
KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10
JENERASYON NOUVEL AYITI
KLINIK
Dr. Jean Robert
LALLEMAND
Klinik Sa-a Pran Swen
Tout moun nèt...
Ri Kotplaj # 1
Nan Grigri...
Nèg Pwovèb la...
—Pierre Richard Osias
Plèzidan Si w te nan plas Pèp la
Zèb pa janm fè bon te Kisa w tap fè
Bon pawòl pa di bon kalite
Patriyòt se pa voye monte Ki chimen w tap pran
Ayiti pa manmèl sispann tete Lè grangou komanse pike w
Ayiti gen anpil fo zanmi
Ki sèlman vle wè lap soufri Lè ti moun tonbe malad
Yo se anpil nèg gwo ponyèt Lè lekol pra l apenn louvri
Tout plezi yo se bay l gwo dwèt
Yo antre Lakay nou Nan tout jwèt Si w te nan plas Pèp la
Yo chwazi anpil lidè malonèt Ki sa w tap fè
Ki Pou fè sa yo bezwen sèlman
Epi pwomèt yo pòt soti lè gen gwo van Lè w wè malere nan yon ti tan rich
Anpil Marechal anba chal Apre selman yon ti tan nan politik
Anpil Ayisyen po nwè mantalite blan
Anpil kannannan diplome nan fo mouvman Lè Kay pay tounen beton
Pou yo tout peyi a se yon kanaval Lè bourik tounen Prado
Si w te nan plas Pèp la
Sispann vann tèt ou pou pri krizokal lè w vo pri dyaman
Kisa w tap fè
Ou paka gradye inivèsite epi pou se diplòm devan w bay Lè w tande lajan petwokaribe fè lòt wout
pou jwen djòb.
Moun ou pa panse jwen n ladan l tou
Ou oblije vanm ti bet ou pou ka voye Pitit Chili
Panda Pitit zòt ap penpennen nan letazini
Si w te nan plas Pèp la
Kisa w tap fout fè
Gason kap itilize djob pou kouche Jenn fanm se chen devan kay
tayè….
Lè yon fanm renmen yon gason menm lè lap detone nan yon chante
pouli nèg la pran tout nòt yo byen
“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES
Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang11
RIBRIK : Kilti/Spiritwalite
Lide repibliken oubyen
lide rasis degize !
Odette Roy Fombrun ekri yon tèks, "Odette Roy prezidan avi milat Jean-Pierre Boyer, ki te pase 25 an
Fombrun invite", kote li di se te twa diktatè (Dessalines, opouvwa. Boyer te eritye nan men pwotektè li prezidan
Christophe ak Duvalier) ki enpoze drapo nwa e wouj la avi Pétion, drapo ble e wouj la, ak fotèy prezidantyèl
sou peyi a epi a chak fwa popilasyon an fè yon la, ak tout vèv prézidan avi Pétion, Joutte Lachenais,
soulèvman espontane pou li retabli drapo ble e wouj la. ke Boyer pwal marye avè l.
Odette Roy Fombrun eksprime yon opinyon rasis ki vle Boyer se prezidan ki plis bay Leta ayisyen yon mak
fè kwè depi yon moun nwa pran pouvwa a avi se yon fabrik anti-demokratik. An 1822, se li ki premye fè
diktati li etabli, alòske si yon milat pran pouvwa a avi se ekzekite yon jounalis, Felix Darfour, ki t ap kritike
demokrasi a kap vanse. diskriminasyon rejim Boyer a t ap fè. Boyer se pre-
Fòk nou sonje se premye Konstitisyon peyi a, konstitisy- zidan ki plis bay Leta ayisyen yon mak fabrik anti-
on enperyal 1805, ki ofisyalize nasyonal. An 1825, Boyer
drapo nwa e wouj la, ki te deja la aksepte pou Ayiti peye La-
depi Bwa Kayiman, pou te frans yon ranson 150 milyon
senbolize moun nwa pral soti fran ò, dèt endepandans, pou
nan esklavaj. Lafrans ka rekonèt endepan-
Pou yo enpoze drapo ble e wouj dans Ayiti. Boyer se prezidan
la sou peyi a, se yon koudeta yon ki plis bay Leta ayisyen yon
sektè nan elit la fè. Sektè sa a te mak fabrik anti-pèp. An 1826,
gen nan tèt li yon milat, Boyer adopte yon Kòd riral ki
Alexandre Pétion, ki pase 11 an te tèlman rann lavi peyizan yo
opouwa; se li ki kreye laprezi- difisil, gen istoryen ki panse
dans avi an n Ayiti, an 1816, se Kòd riral Boyer a sanble ak
li ki premye prezidan avi. Kòd Nwa kolon fransè yo.
Avan Duvalier te mete tèt li pre- Eseye fè fondatè peyi a, Jean-
zidan a vi, an 1964, li te yon sivil Jacques Dessalines, pase pou
ki rive opouvwa nan yon yon senp diktatè, alòske se li
eleksyon o sifraj inivèsèl an anpremye ki libere yon pèp
1957. Pou Pétion ki te yon militè nwa, nan yon epòk se dirijan
pran pouvwa a, li òganize asa- esklavajis ki t ap dirije
sina siperyè li, empereur Dessa- Lafrans, Etazini, Angletè, ak
lines, ak tout pwòch kolaboratè lòt puisans oksidantal yo, se
li, nwa kon milat, li fè yon fwod yon opinyon nostaljik ki vle
elektoral pou li fè yon lòt siperyè eseye fè kwè moun nwa fèt
li, jeneral nwa Henry Christophe, pou yo nan esklavaj.
vin yon prezidan popetwèl epi li Fòk nou pa konfonn nati fon-
fè bay yon akolit li, yon jeneral damantal yon Leta avèk fòm
milat, Elie Gérin, kanè pou li pa gouvènman an (wa, anperè,
vin prezidan. Alòske rejim Fran- prezidan pou yon tan limite,
çois ak Jean-Claude Duvalier a pase 29 an opouvwa, oubyen prezidan avi). Fòm gouvènman plis depann
rejim Alexandre Pétion ak Jean-Pierre Boyer a pase 36 an anpil de kouran lide ki alamòd nan epòk la. Pa gen
opouvwa. Se vre, prezidan avi François Duvalier se te diferans nan fason otoritè yon anperè, yon wa oubyen
yon nèg nwa alòske prezidan avi Alexandre Pétion te yon yon prezidan avi dirije yon peyi, kit li nwa kit li milat.
milat, men nou pa ka kalifye yonn kòm diktatè epi nou fè Li lè pou Odette Roy Fombrun, avèk lòt entèlektyèl
lòt la pase anbachal kòm demokrat. revizyonis yo, sispann fè pwopagann pou yon seri de
Diktatè ki fè plis tan opouvwa se pa prezidan avi nwa, lide rasis sou pretèks yo se lide repibliken.
Jean-Claude Duvalier, ki te pase 15 an opouvwa, men se Garaudy Laguerre Port-au-Prince, 1/12/2018 Auteur
SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...
PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12
« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »
Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929
« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo
nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »
KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM