The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by , 2018-03-01 22:50:25

Kreyolofoni#9.pub

Kreyolofoni#9.pub

LANE I, NUMEWO IX MAS 2018 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

Ayiti ANDEDAN
KREYOLOFONI

Konbyen nan nou k
renmen Ayiti toujou

03

Bouzen plis ke yon

jouman 11

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

SAINT-
MICHEL
BOTANIKA

Ak LONI PLANET
nan Konfli... FM

100. FM
STEREYO

Pa Bliye

Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierre Richard Osias
Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maurice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pierre
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.

Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

Konbyen nan nou k renmen Ayiti toujou ?
Yon kolon ki se te yon ansyen prezidan franse te fè deklarasyon sa a : « Patriyotism se renmen peyi w, nasyonalism se de-
teste peyi w ». Meyer Perpignan, yon lòt kolon bay avi l sou de konsep sa yo ki simen konfizyon. Pou li menm :
« nasyonalis la kontrèman a patriyotism lan pap defann enterè peyi a men enstrimantilize fè nasyonal yo pou anbisyon ak
ideyoloji politik li ». Si nou asepte fason de konsèp sa yo defini, nou ka rive poze yon grenn kesyon ki ka fè anpil Ayitien-
lektè fache, leve plim pouse sou do yo : Eske anpil nan nou renmen Ayiti toujou ? Ou byen : Konbyen nan nou k renmen
peyi sa a toujou ? Eske nou patriyòt ou nasyonalis ? Nou dwe tou de renmen peyi a e defann li menm siw dwe touye lènmi.

Eske renmen peyi w pa ta dwe tankou w renmen manman w, pitit ou, madanm ou ? Gen yen konpatriyòt ki panse
menm si se yon ti « minorite zwit, zwit » renmen peyi w ta vle di renmen l pase pwòp tèt paw sa vle di mete enterè peyi a
anlè tout bagay. Konbyen nan nou ki renmen Ayiti, manman nou nan nivo sa a ? Eske gen nan nou, pitit, ki kwè toujou nan
« mourir est beau ». Si wi, kisa nou fè menm pou peyi nou an pa mouri, pa yon rizib ? Prezidan ameriken an Donald J.
Trump di peyi nou an se yon « twou kaka ». Gen nan nou k fache. Sila yo manifeste, denonse, konteste epwi nou kanpe la.
Yon minis anviwonman dominiken di « se dlo latrin nou bwè », nou pa reyaji. E ta sanble tèlman nou dekonekte ak peyi
nou, nou pa preske fè anyen pou n òganize peyi nou. Kote diaspora a kipa janm fatige travay pou rive devlope Ayiti ? Kote
enfatigab, revolte kap goumen andedan peyi a pou pote amelyorasyon nan kondisyen vi frè ak sè yo ? Poukisa ansanm nou
paka vanse ?

Doktè Keny Bastien kwè nap make pa sou plas paske diaspora a gen tandans pou l santralize ak kontrole tout ini-
tyativ nan diaspora a. Li fè konprann e se yon verite : « Chak aysyen pou kont li se Repiblik Dayti. Li ta enposib pou li, nan
tèt pal pou l ta kowopere ak lòt moun ki pataje menm objektif yo, filantropik ou ekonomik pou byennèt peyi a ». Kote nou
jwenn eritaj sa a ? Nou gen lè bliye se lapè ak egalite ki pote yon pwosperite stab. Sak anpeche nou konprann divizyon, tout
pou mwen, mefyans, kout ba, vanjans, jalouzi, relijyon enpòte, politik klan pa janm mennen nan tèt ansanm, nan viv an-
sanm.

Doktè Keny Bastien konseye diaspora a ki reprezante youn nan pilye devlopman peyi a pou l ta prepare aterisaj
tout moun ki nan diaspora a kap chache reyentegre peyi dorijin yo ak pwojè devlopman, kolektif ou endividyèl, kap bon pou
tout popilasyon an. « Nap gaspiye tan nou, li fè yo tout sonje, si nou vle òganize diaspora a andeyò Ayiti. Se sèlman andedan
peyi n pou n òganize aterisaj diaspora a ». Doktè Bastien pwofite denonse politisyen yo kap ranmase lajan nan diaspora a
sou fo pwomès. Yo pa gen okenn entansyon mete strikti dakèy ou fè vote lwa kap privilejye retou ak envestisman diaspora
a. Grahn Monde ak pwofese Samuel Pierre e alye pa chita nan radotaj yap mete anplas strikti skolè (la cité du savoir) ak
inivèsitè (ISTEAH) pou revolisyone lekòl ak inivèsite an Ayiti. Se yon prèv gen moun ki renmen peyi a e yo pran inityativ
ak sa yo genyen pou pote kontribisyon pa yo nan devlopman peyi a.

Solidarite, konbitism, pataj, konfyans, viv ansanm, Ayiti anvan tout bagay se sa k t konn motive nou travay pou
pwogrè peyi nou. Nou te toujou konn vwayaje, al fè yon ti lajan pou n tounen vinn travay nan peyi nou. Anpil nan nou paran
nou te Kiba, Naso men anpil nan yo pat chwazi rete nan peyi sa yo. Te gen yon fyète, yon lanmou pou Ayiti, premye re-
piblik nèg nan mond lan. Jounen jodia, manman nou Ayiti se yon « twou kaka », e lènmi an (oksidan) kondisyone w, andok-
trine w nan lekòl ak legliz li yo pou konstate sa e demotive w kom patriyòt ak nasyonalis, andedan tankou deyò, pou sispann
batay kont maladi mòtèl sa-a. Nou politize tout bagay, PHTK anfas Lavalas, Makout anfas kamoken, lavalas anfas GNB,
elatriye se toujou priyorite anpil nan nou. Batay youn kont lòt nan enterè lènmi an.

Lamanjay, kay, laswenyay, lekòl, sekirite sosyal, travay, elatriye, ki se dwa konstitisyon 1987 la ban nou, dwa pou
n viv tankou moun, pa priyorite men nou kontinwe ap dechire ak rayi youn lòt sou politik anti-peyi ki pap mete nou sou
wout pwogrè ak devlopman an. Konsa, nou menm ki ap panse peyi, ki plase enterè nachon an, ki sa nap fè ? Eske nou remèt
peyi nou an, peyi Dessalines, Cappoix, Christophe, Pétion, Boyer ak lòt zansèt yo ki te bay swè, san ak lavi yo pou li a nan
men ONG ak asosyasyon imanitè ki se yon bann pedokriminèl kap vyole, tòtire ak touye ti moun nou yo pou yon moso pen,
nan men kominote entènasyonal sitou Lafrans ak Etazini pou kontinye imilye ak avili nou atravè èd imanitè ou asistana, nan
men sis jwif ak siwolobanè pou pa janm gen devlopman ak kreyasyon richès e finalman nan men pouvwa politik kap sèvi
enterè lènmi yo.

Aysyen ki nan diaspora-a ki renmen peyi sa-a ap mande sèlman Doktè Keny Bastien ta fè kwè : « kilè lap ka retou-
nen lakay li pou l viv, envesti, pwodwi nan lapè, sekirite, pwoteksyon byen ak dirijan nan yon gouvènman ki respekte eta de
dwa ki garanti stabilite leta ak sosyete sivil la ». Aysyen ki andedan peyi a ap di yo pare pou yo netwaye repiblik la ki vinn
yon refij pou volè, trafikan dwòg, asasen, kontrebandye ak pedofil ki rann sosyete a envivab. Santiman dapatenans sa-a pou
manman nou Ayiti dwe motive tout pitit yo, andedan tankou deyò, pou yo fè yon konplo tèt ansanm nan yon gran rasanble-
man nasyonal ak entènasyonal sou Ayiti poun koupe fache tout bon vre ak tout sa ki konstitwe yon nwizans e ki anpeche
manman nou dekole. Ou renmen Ayiti, manman w, toujou ? Si se wi, sa wap tann pou n konstwi lòt peyi sa a? Grahn Monde
komanse revolisyon trankil la, sa nap tann. Kreyolofoni#9

“Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negative ak ewone sou vodou sakre a” D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

Lajan taks mwen se pou fè devlòpman
nan peyi m

Tanpri souple Leta, pa foure zago w nan kòb taks viktim nan dife mache an fè a, gwo seremoni fèt
mwen pou w bay okenn machan ki viktim nan devan kamera Jounalis, plizyè Ministè + PM
mache ki boule. Mèsi paske w ap konprann mwen ! reyini. Chak machann (anpil nan yo pedi machan-
Mouche Leta (Ase-Lòm), mwen pa nan di w ni diz ki koute anviwon 10 a 15 mil dola ameriken)
bonjou, ni di w bonswa. Epi tou monchè Leta, nan resevwa 20 mil goud. Epi anviwon 50 pami yo
resevwa yon ti sachè manje kri. Hummm ! Yon trè
ki pèdi tan pale anpil
bèl espektak. Mèsi Ase-
mwen te ye ak ou, talè
Lòm monchè !
moun k ap pase ki wè n ap
Kounye a, machann yo,
pale a panse m nan tete
Mwen tande vwa nou,
lang ak ou.
mwen konprann nou,
Mouche Leta, mwen ekri
mwen pa ta renmen nan
w ti lèt sa nan lide m pou
plas nou, byenke m santi
m ba w yon pinga ak lajan
m nan plas nou, tout sa se
taks mwen an, ki ta dwe la
pou m di n kou a fè mwen
pou fè devlòpman nan peyi
mal menm jan ak nou,
m. M tande nan radyo w
mwen santi doulè nou.
pral pran 4 milyon goud
Konprann mwen, fè kòmsi
nan ONA pou w bay 200
m te yon machann pami
machann ki viktim, a 20
nou. Mwen ta renmen nou
mil goud chak. Tande m
tande vwa pitit nou, ban m
mouche Leta, san bri san
fè ti pale avè nou...
kont, pa foure zago w nan
Sa m pral di nou la a ka
kòb taks mwen an pou w bay okenn machan ki vik-
tim nan mache ki boule. Se sa sèlman m t ap di w. petèt choke nou, men se nan enterè nou mwen ye,
Regleman jis pa gate zanmi. Mèsi pase w ap kon- mwen pa gen okenn rezon pou m ta kont nou,
dayè, paran ak aryè paran m yo, tout se te peyizan,
prann mwen. Epi vouzan !
machann, kiltivatè, sa vle di Skason Baptiste pa
Flash - Flash
Mesye Ase-Lòm reyini 200 pami 500 machann ki leve nan yon fanmiy endistriyèl. Ale nan paj 05

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. [email protected]

Émissions spéciales à caractère éducatif : Planet Sou Ray, Desiderata &

Le Novateur à l’Oral

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

Lajan taks mwen se pou fè devlòpman
nan peyi m

Tande m, nan tout peyi mesye Ase-Lòm (Leta) gen imajine si se Pak Endistriyèl la ki ta reyini biznis

3 gran misyon, « Lòd - Lajistis - Òganizasyon Grégory Brandt, Maryse Pénette Kedar, Clifford

ekonomik ». Nan peyi ki plizoumwen serye, li pran Apaid, Eric Jean-Baptiste, Reginald Boulos, Phi-

responsabilite li, menmsi se a 90%. Men isit an lippe Dodard, Reuven Bigio, pou m site sa yo sèl-

Ayiti, li garanti yo, sèlman anndan lakay li, sa vle man. An n kontinye imajine Pak la ta pran dife pou

di, lòd, lajistis ak òganizasyon ekonomik m ap pale yon rezon pou yon lòt (Se pa sa m t ap swete), nou

nou an, se pou moun ki nan Leta a (anndan lakay panse Ase-Lòm t ap ka azade l rele moun mwen

yo). Brèf... sot site la yo, reyini yo, fè gwo cho devan kamera

Tande m toujou, m pa jan m rive konprann poukisa Laprès, ba chak 20,000 $ US ak plizyè sak diri,

nou dakò yo rele nou « Ti Machann » tandiske yo plizyè sak pwa, sak farin ak kès lwil ? NON, li pa

rele pitit-pitit Reginald Boulos yo, « Mesye ak tap pèmèt li ! Donk, nou pa menm bezwen imajine

Madàm Boulos ». Èske se paske yo plis afektif pou li ta ofri yo 20,000 goud la ak yon ti kit ali-

avèk nou ? Mwen pa rete kwè sa, si yo plis afektif mantè.

avèk nou pase klas boujwazi a, poukisa Mouche Pèp ayisyen, kounye a kite m fè ti pale avè nou....

Ase-Lòm toujou la pou pwoteje kapital gran Bacha Jis kilè n ap konprann, anpil dirijan nan Leta,

ak gran Zouzoun isit, tandiske yo pa janm la pou Anpil nan yo, lè yo rantre nan Leta, yo rantre pi

pwoteje mache piblik yo, kòm prèv, anviwon 4 pòv pase Jòb, apre 5 lane swadizan ap travay pou

mache ensandye nan mwens pase yon mwa « pèp, prèske tout milyadè ( ak plizyè milya goud),

Mache an Fè, Mache Difò (nan gerit), Mache gen lòt ki milyonè ( ak plizyè milyon goud), epi

Leyogàn ak Mache Tabènak nan Okap ». mas pèp la rete Militan oubyen Militè ( ak yon mil

Jis kilè n ap konprann, mouche Ase-Lòm, ki ta dwe goud).

la pou fè prevansyon pou epanye n de kèk danje, Jisteman, pou dirijan nou yo fè fòtin yo, yo detwi

fayi a misyon li ? prèske tout fanmiy nou, yo detwi fiti jenerasyon

Olye l te chita ap bay machandiz nou sekirite, si n yo, yo bliye lajenès ak nouvo ne yo. An verite, si

konsidere Mache an Fè a sèlman, li te pito al gouye yo te mete bonjan estrikti pou machann yo, mache

nan kanaval (men dwat, men goch anlè, epi souke yo pa t ap boule. MEN NON, ki sa yo fè, yo bay

yo). Se nan moman sa menm, mache a ta pral pran nou maladi an kachèt, epi yo bay nou konprime an

dife, nan lannwit 12 pou rive 13 fevriye 2018. Sa ki piblik pou kalme doulè n (pa konprime pou geri

pi grav la, olye mouche Ase-Lòm ta pataje regrè li, maladi a non, mwen byen di, pou kalme doulè). Yo

sa ki pou demisyone (Responsab Ponpye, Respon- aranje yo anba chal pou nou grangou, epi aprè yo

sab Sekirite mache a, Responsab Sekirite Piblik, vin bay nou ti kit alimantè devan kamera. Yo tiye

oubyen Pwotektè Sitwayen, elatriye) ta bay demi- zanmi nou, fanmiy nou, yo tiye tout moun nou ren-

syon yo, (de ki ponpye m ap pale la, m bliye si n pa men san pyès moun pa rann kont, epi aprè yo ofri

sèvi ak sa isit, nou sèvi pito ak Bondje bon). Olye nou lajan an piblik pou fè antèman. Yo menm

Ase-Lòm ta fè bon jan ankèt, arete vakabon ki ta arive boule machandiz nou an kachèt (paske yo te

enplike si se ta yon zak kriminèl, epi pran bonjan iresponsab), apre yo ofri nou 20 mil goud devan

mezi pou sa pa rive ankò, Mouche sa pito ap mete Laprès pou n ka kontinye peye kay, bil dlo, bil bla-

nou yonn anfas lòt : Machann anfas Kriminèl ; kawout, bay pitit nou manje epi peye byen chè,

Konpayi Telefòni Mobil anfas Ministè Jistis ; Gou- lekòl ki ta dwe gratis.

vènman anfas Opozisyon ; li itilize medya nan plas Ti machann cheri m yo, nou pa wè sa se yon plan ?

tribinal, se la tout koze enpòtan yo regle, se nan Li lè li tan pou dirijan nou yo panse a popilasyon

emisyon radyo yo tout ankèt fèt, sa w tande a La- an, olye yo panse a ranpli pòch yo. Anpil nan yo pa

près sè l abit. Machann yo, pandan m ap ekri n la, fè lòt bagay, bay ti zanmi yo kontra plizyè milye

m gen yon lòt lide ki monte nan tèt mwen, an n Ale nan paj 06

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec les petits.

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

Lajan taks mwen se pou fè devlòpman
nan peyi m

dola ameriken, epi pou yo ka jwenn resturn (ti mon- pran tout sa m posede (ni taks, tout sa m sere

nen pa yo an retou). Yon gran pati nan Laprès, mal- labank, ni sa m sere anba matla) pou rezoud tout

gre yo o kouran, ret bèkèkè, paske pat yo grese tou. pwoblèm striktirèl anndan peyi a, sitou pwoblèm

Yon lòt pati nan sektè jidisyè a gen ti bagay nan men mache k ap boule, sa vle di : konstrui mache ki

l, san bliye Palman, sa w tande a, pèp la ap peri nan respekte nòm entènasyonal yo, kreye fon asirans

mizè, sa ki gen yon bon pwochen laba, lage yo Brezil pou yo, kreye bank devlòpman pou prete yo

lajan, pou yo sispann pran kout ponya nan Bank

Komèsyal gwo zotobre isit. Poukisa menm ONA

sa, olye l te rantre yo nan yon demach asistana, li

pa te kreye yon fon envestisman dirab pou tout

500 machann yo ka re bwase rapid-o-presto ?

Non, kòb kontribyab yo, se pou prete mouche

Ase-Lòm ak fanmiy li.

Jan m di nou an, si se pou rezoud pwoblèm

fonksyonèl yo, nan ba machann yo yon ti kaka

aran ki pa menm reprezante mwatye nan benefis

yo te konn fè pa mwa. Yon ti anvlòp ki pa menm

reprezante anviwon 1/30 (swa 3.7 %) nan sa an-

pil nan yo pedi, lè n konsidere anpil nan yo te

gen komès anviwon plizyè milye ak plizyè dizèn

dola ameriken. Piga pyès moun, pyès Leta (Ase-

Lòm) foure zago l nan kòb taks mwen an pou fè

cho medyatik.

ak Chili. Lajan taks mwen se pou fè devlòpman nan peyi

Antouka mouche Ase-Lòm, ak tout konplis li yo, nou m, se pa pou Leta fè chobiz, fè kanpay, pou ti

mèt kontinye konsa, yon bon jou, PÈP LA AP GEN pèp egare bat bravo.

POU REVÒLTE ! Skason Baptiste

PS. Mwen pa gen pwoblèm pou Mouche Ase-Lòm ta 24 Fevriye 2018

Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU...7

RIBRIK : Lalwa

Ki distans fontyè lanmè peyi Dayiti

Plizyè fwa anpil moun ap benyen nan plaj , pran ti fwod fiskal, imigrasyon ilegal . Leta pa ka egzese

kannot ale lwen sou lanmè, gen lòt moun ki ap peche souverènte li nan espas zòn kontigi a men li ka la

pwason ki konn rive kite limit peyi a san yo pa kon- pou fè respekte lalwa lakay li .

nen. Aprè distans sa ou jwenn Jan yo di an dwa entè-

Lanmè a gen règ ak lwa ki jere li, nan dwa entè- nasyonal lanmè " zone économique exclusive

nasyonal lanmè genyen sa yo rele "Eaux territo- ( ZEE)" . ZEE a mezire pou soti nan liy de baz la

riales" , ak "haute mer" ou "eaux internationales" . anviwon 370 kilomet.

Lè yo pale de dlo teritoryal se pati nan lanmè sou kot Men kisa zòn ekonomik ekskliziv la ye?

yo kote leta yon peyi kontwole . Daprè konvansyon Se yon bon pati nan lanmè a leta ki tou pré a

nasyon zini sou dwa lanmè , dlo ki fè pati teritwa genyen eksklizivite pou eksplwate resous ki nan

Yon peyi se Yon dlo ki envyolab , limit li komanse espas sa , sa vle di li pa souveren la men se li sel ki

kalkile a pati yon liy de baz . Limit la se 12 mil Ma- ka eksplwate résous ki nan limit 370 kilomèt, fè la

ren ki egal 22224 mèt a pati liy de baz la. pèch , eksplwate résous natirel, biolojik elatriye.

Men liy de baz la kisa Li ye ? Apre espas sa ou jwenn sa yo rele " eaux interna-

Liy de baz la se limit jeyografik ki separe pati tè ki tionales" oubyen " haute mer" . Se lanmè entè-

mouye ak pati lanmè a. nasyonal ki pa sou otorite pyès peyi. Tout moun ka

Se apre liy de baz la yo komanse kalkile limit dlo pase la , eksplwate , men se pa eksplwate nenpot

teritoryal la . Sa vle di a pati de liy de baz la yo ko- koman. Nan lane 1982 a Montego bay nan peyi

manse kontrole 22 224 mèt la ki reprezante dlo terito- jamayik nan Yon konvansyon ki te pran te gen yon

ryal la. Nan dlo teritoryal la Yon leta dispoze de Yon Kad ki te défini sou fason yon peyi ka eksplwate

dwa souveren sou ni dlo à ni anba dlo a ni nan espas resous yo nan dlo entènasyonal la.

ayeryen an jis rive anlè nèt. Konvansyon sou lanmè teritoryal , zone contiguë

Men Daprè konvansyon nasyon zini sou dwa lanmè elatriye te siyen Jenèv nan dat 29 avril 1958 , Ayiti

ki te pran nan dat 29 avril 1958 ,menm lè yon peyi te ratifye konvansyon sa nan dat 26 oktob 1959.

gen dwa souveren sou dlo teritoryal li fok Li otorize Apre sa nan monitè nimewo 38 nan dat 12 jen

Navi ak bato machandiz pase depi yo pap fè peyi sa 1977 prezidan Jean Claude Duvalier te fè pibliye

tò, e si yo pa menase Sekirite e vyole lwa peyi sa. An dekrè ki te fikse limit lanmè teritoryal ak zòn

dwa entenasyonal lanmè yo rele sa " le droit de pas- ekonomik ekskliziv nou ki baze sou konvansyon

sage innofensif". entenasyonal 1958 la.

Apre dlo teritoryal la nou vin jwenn sa yo rele an Antouka pou konnya eske lanmè nou siveye? Eske

dwa entènasyonal lanmè " Zone Contiguë" ki se yon yo pa vyole espas nou ? Eske nou gen kontwòl

espas ki komanse kalkile nan limit dlo teritoryal la yo ? mwen pa konnen.

pou fini aprè 22224 mèt tou. Espas sa yon peyi pa ka Nap jwenn Yon imaj pi ba ki eksplike nou kesyon

deside egzèse souverènte li ladanl men peyi ki sou limit lanmè a.

kot la gen dwa pou regle kesyon dwan li , siveyans

militè ak Lapolis , yo ka pousuiv e arete moun nan Me Pelex Flereme ©©©

zòn sa nan Kad lit kont trafik dwòg , trafik moun,

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RIBRIK : Sa lòt di ak rakonte...

Olympia vs Etoile : Gastino vs Patrick

Pak Kapwa LaMò pawol sa-a. Ou pa ka pale vodou se dyab, ou pa

Cheri souri w fè solèy kè m klere. Jodia se dimanch ka pale remèd fèy se dyab, ou pa ka bat tanbou se
mwen vle w fè kè m kontan akonpanye m souple dyab. Ki sak pa dyab nan peyi Dayti?

sou pak Kapwa Lamò pou n ka al wè yon bèl ti

match foutbòl. Gastineau Charles se jwè moman. Map mande ki jou ke Leta ap bay

Atakan briyan. Patrick se defans moman. Patrick se priyorite ak ledikasyon, la sante ak
bofrè Gastino li di avan match la lap metrize piti sa.
Sè misye pou li pye misye pouli. Gastino vire adwat lajistis
li a tè, Patrick tak. Gastino vire a gòch, Patrick tak.
Match la rèd. Yon gwoup jènn gason nan kwen gòch Grev nan lise yo tanmen sa pa di ministè ledi-
la ap rele Badjo farinn. Yon ekip nan kwen nan kasyon anyen.
Grev nan lopital yo sa pa di ministè la sante
kwen mònn nan ap rele Wesner kaka nan bis. Match
la cho. Etwal pi m goal. Olympia reponn pim goal. anyen
Match la 1 a 1. Fen match la ap rive. Yo fè yon Grev nan tribunal yo sa pa di ministè lajistis
touch sou Gastino. Li bay Patrick de fent nan yon
sèl mouvman. Patrick pa we si misye monte si mi- anyen.
sye desann se lè l gade boul la anba filè match fini Men ki mal popilasyon an fè pou lap sibi konsa.
Olympia kale 2 a 1. Lè match fini yo mande Patrick Koman nou ta vle pou jenès la pa pati? Ki kote

avni li nan yon peyi konsa? Sispann politik nan
kesyon sosyal yo souple. Michelet Virgile

sak pase konsa li di Gastino pran boul la tèlman ra- Bonè tèrès la...
pid li panse se yon kout zeklè.

Nèg pwovèb la Vouzan pou tout moun kap gaspiye tan yo kote

Pawol pale Chita tande yap espere retou yon Jezi blan resisite, pitit gason
bondye, yon swa dizan vyèj ta manman l, nan
Jean Senat Fleury dènye jou, pou jije vivan ak mò. Malerezman, yo

Pale Aysyen tanbou se bagay dyab, pale l Bois- tout ap desi. Bonè a tèrès, li pa selès…Zeg Actu

Caiman se dyab. Tout bagay se dyab, dyab. Yo tel- SIM TE KONNEN TOUJOU DEYÈ
mam lave sevo n Dessalines se dyab, Boukman se
dyab, Cecile Fatima se dyab, Jean Senat se dyab. Voyem anlè Pou pa atrap mwen
Aysyen se yon pye bwa ki pa gen rasen. Lap priye Metem devan Pou gadé mach mwen
maten, midi, swa peyi a vin n pi mal. Ou mande l ki Devan byen deye mal palé de mwen
sa w mande nan priye a. Li repon n lanmou, la pe, Nou pral konn Georges wi se mwen
peyi a gen plis vyolens. Ou di l ou mande riches. Li
repon n moun rich se nan lanfe w prale. Li pi disifil Bliyé Boukman adoré imaj blan
pou yon moun rich rive nan paradi ke pou yon cha- Jeté vodou ranmasé la st bib
mo antre nan yon twou zeguy. Pawol radòt. Levanjil Nap suviv men nou san ekilib
tèt bobèch. Nanvi kontwi men pa gen plan
Tout moun ap chache dola ameriken. Nan dola a gen
yon pyramid ak yon sin kabalistik Aysyen pa jam m Mandem ankor siw vlé ma diw
pale l mal. Mete yon rad gwo ble kaki pase yon Suspann gadé sou zot fè afè paw
mouchwa rouj nan kou w ak yon makout nan zepol Respekté tête ou epi fé devwaw
Mache sou pingay pou yo pa riw
ou. Aysyen ap gade w depi nan tèt rive nan pye.
Kilti peyi a se dyab. Manje tyaka se dyab, mayi grye Pa janm bliyé kotew soti
se dyab. Kesyon m mande kote moun sa yo jwen n Pouka konnen kotew pralé

Nou soti lwen pou'n rivé Ayiti
Li pa janm twò ta pou'n dekolé.

Georges Beauchamp

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Reflexion loufoque

Ou bezwen viza pou vwayaje
nan peyi Caricom yo

Réflexion loufoque#27 Francisque Jean-Charles : Mesi mèt Jean pou ekle-

Ou bezwen viza pou vwayaje nan peyi Caricom yo raj la. Onivo diplomasi a se yon wont. Prezidan an
M wè yon bann jounal ap ekri nan fen mwa mas sa pa preske konn anyen. Genlè menm briefing li pa
a Aysyen pap bezwen viza pou vwayaje

nan peyi Caricom yo. Se yon gwo manti.

Gen lè prezidan an pa konn sa lap di e ta

sanble li pa gen konseye onivo diploma-

si. Se yon gwo tèt chaje…

Ofisyèl peyi a pa bezwen viza yo gen

paspo diplomatik men sitwayen aysyen

yo bezwen genyen swa yon viza meri-

ken, ewopeyen ou shengen pou yo ale

nan peyi sa yo. resevwa chak maten sou sa kap pase nan mond lan.

Sispann bay pèp la manti nou tout pa egare. Fresnel Jean : Prezidan an gen yen zafè leta-a pou

Daniel Jean J. Port De-Paix : Propagann FJC, pou li ta va ap okipe tankou diplomasi-a. Men ta trouve
montre lajan ki sot depanse la, pat gaspiye.
li plis deside jwe wòl chèf gouvènman pi to pou li
Fresnel Jean : E ki sa yo fè ak trete Chaguaramas ka plis parèt tèt li. Si li tap jwe wòl chèf leta-a, li
la ? Zafè pou yon Ayisyen ta dwe gen yon viza me- tap aktive diplomasi-a ak diplomat de karyè yo ki
riken ou shengenn nan, se on bak an aryè ki ta fèt tap metel sou pi bon chemen nan gro dosye sa yo.
sou lib sikilasyon karibeyen yo nan rejyon karayib Francisque Jean-Charles : Se domaj Mèt Jean. Pre-
la. Se trè lwen de yon viktwa diplomatik gouvèn- zidan an pa premye minis e li pap ka kandida an
man Ayisyen an ki ta sanble pa byen metrize dosye 2022. M panse prezidan an ponkò janm soti anba
sa-a. emosyon li se reyèlman prezidan peyi a.

Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

POLIKLINIK
LAFANMI

Dr. Agabus Joseph

Klinik Sa Pran Swen
Tout Fanm Yo

Bénito Sylvain
Tel : 3777-3761

Nèg Pwovèb la

Pierre Richard Osias

Sispann achte pwason Tout la jounen wap grate

kredi le w deja gen kòb santi kay zanmi epi wap

aransèl... plenyen gason pa vle rete

Sispann abize lè yon ak ou...

moun di w lap peye. Sispann lè yon zanmi pre-
Li paka sou yon zante w yon nèg ou gentan wè
prestij pou w gentan
kel pa merite l...
sou sis...
Trètman tripòt se nan
Wap mache fè dènye
Simityè...
se fanm konpliman
tandike sila kap dòmi Gason kap bay lòt kout lang
dèdo w la ou inyorel... se pwason pouri...

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang11

RIBRIK : Sosyete

Bouzen plis ke yon jouman

Nan peyi nou, manke ekite ak jistis… menm nan pou fanm », nou te fè yon rale sou fason sosyete

jouman. Jodi a, n ap fè yon ti rale sou yon manman patriyakal la rive itilize relijyon, politik ak

mo anpil nan nou konn itilize lè n ap pale ak fanm e maketing pou vann oswa fè presyon sikolojik sou

pafwa ak gason : « Bouzen ». N ap eseye rete plis fason fanm dwe itilize kò yo. Nou retounen nan

posib nan yon refleksyon k ap fèt andeyò jijman menm chema panse sa a lè n ap konsidere jouman

moral – sitou relijye. « bouzen » an.

Bouzen se yon konsèp ki pa fasil pou defini, tankou Paske dapre de pi gwo definisyon yo bay konsèp

anpil mo nan lang kreyòl, paske li ka kouvri yon la, li pa yon konpliman. Se yon mo kanpe la, yon

kantite definisyon, sa pral depann nan ki kontèks e mo fèmen janm, yon rapèl a lòd ki lonje dwèt sou

ak ki moun y ap pale lè yo itilize l. Premye defini- fanm ki pran libète chwazi kantite patnè seksyèl y

syon anpil moun dakò sou li[1], sèke yon bouzen se ap genyen e ak kiyès y ap gen relasyon seksyèl.

« yon fanm ki gen anpil nèg epi ki fè bagay ak Se tou yon refi pou rekonèt yon fanm gen dwa

tout ». Dezyèm definisyon plis moun dakò sou li renmen gen relasyon seksyèl nan pwen pou l ap fè

sèke « yon bouzen se yon fanm k ap kouche ak lòt tout kalte chwa e eksplore tout kalte plezi ak

nèg alòske l marye, plase ou gen mennaj ». E defini- moun li vle.

syon ki vini an twazyèm nan sèke yon bouzen se Epi, paske an Ayiti anpil moun konsidere sa yon

« yon fanm k ap fè komès lachè, li gen relasyon fanm gen nan fant janm li tankou yon gòm, plis l

seksyèl ak gason ou fanm e an echanj yo peye l ». Sa ap itilize, plis l ap fini; mo “bouzen” an fè refe-

yo rele pwostitiye an franse. rans san di sa, ak devalorizasyon kò fanm nan

Lè n itilize mo “bouzen” an, li ka yon jouman paske twòp gason gentan konnen l.

(Bouzen tankou w sa pou m fè avè w ?), li ka yon Mo bouzen pa gen ekivalan lè y ap pale de gason

konsta (Ti fanm sa a tèlman bouzen li paka rete ak e jan nou te di l, di yon gason li bouzen ak di yon

okenn nèg non !), li ka yon mak afeksyon nan fason fanm li bouzen pa gen menm sans menm si mo a

pa l (E pa bouzen m ou ye cheri ?), konsa tou li ka gen menm siyifikasyon nan kontèks la. Nan ka

yon estil vi yon fanm asime. Lè yon gason di li prale gason ki renmen fè bagay e ki pa bay tèt yo limit

nan bouzen, epi yon fanm di « Mwen se yon bouzen fanm y ap pase, wa tande yo pale de kòk, ya di li

eklere», menm mo sa a pa gen menm sans. Men se yon nèg ki cho. Mo ki ta ka ekivalan nan sans

menm lè gen fanm ki asime yo bouzen, li rete yon yo itilize pou gason se mo ki valorize konpòtman

jouman fi pa renmen aksepte. Poukisa? Pa sèlman sa a san di sa.

paske l se yon jouman, men paske konsèp bouzen an Aksepte nenpòt moun gen dwa ekplore seksyalite

antre nan 5m50 lavi seksyèl yon fanm yo vle montre l bazik pou yon bagay ki si natirèl. Kidonk konsèp

tankou yon fanm ki penbèch, ki tchelele, ki renmen “bouzen” an antre non sèlman nan yon kad de-

sa. Yon fanm ki renmen fè bagay e ki pa bay tèt li nonsiyasyon ak presyon, men tou se yon zam

okenn fren sou kantite patnè l ap chwazi pou fè sa. dyalektik ki refize rekonèt dwa fanm genyen sou

Menm konsèp “bouzen” an konn itilize pou gason kò yo pou yo chwazi ak kiyès e konbyen moun y

tou, men nan ka pa gason, li plis vle di “yon gason ap ekplore seksyalite yo.

yo koupe kòd lonbrit li ak fanm, ki pa vle wè yon jip Jowàn
pase pou l pa al chèchè konn sa k anba l”. Nan ka [1] Dapre yon ti ankèt nou te Mennen sou Whatsapp.
gason, mo bouzen an plis yon konsta ke yon Ayibopost.com

jouman, yon lòt fason pou yo di nèg sa a se yon kòk,

yon Casanova. Sa ki mennen nou mande èske “yon gason yo koupe kòd lonbrit li ak
konsèp bouzen an lè l pa itilize nan ka fanm ki fè
fanm, ki pa vle wè yon jip pase pou l
komès ak kò yo pa yon jouman machis.
Nan yon atik refleksyon nou te ekri ane pase ki te pa al chèchè konn sa k anba l”.
gen kòm tit « Pouki kò fanm se pou tout moun, sof

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version