The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by , 2018-05-02 22:44:28

Kreyolofoni#11.pub

Kreyolofoni#11.pub

LANE I, NUMEWO X Me 2018 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

Ayiti pa bezwen ANDEDAN
moun pou siye dlo KREYOLOFONI

Nan je l ! 1.– Yves Dejean, yon
gwo towo nan kreyo-
listik kite nou...

2.– yon anbasad se
yon teritwa etranje...

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

SAINT-
MICHEL
BOTANIKA

Ayiti bezwen PLANET
Moun pou fèl FM
sispann kriye
100. FM
STEREYO

Pa Bliye

Pèsonn pa ka rep-
wodwi atik jounal sa

a san otorizasyon
redaksyon an

Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierre Richard Osias
Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu : Dieunou Maurice
Fotografi : Wilgens Devilas
Grafis : Ebens Pierre
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : Lenglesou Botanika & DAL Papéterie

59, ru Sténio Vincent, Podepè, Hayti
E-mail : [email protected]

Telefòn : (509) 3848/5890

Email :[email protected]

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.

Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang yo...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

―Ayiti pa bezwen moun ki pou siye dlo Nan je l. Ayit bezwen moun ki pou fè l sispann kriye‖
Ansyen premye minis Enex Jean-Charles fè yon deklarasyon ki sekwe peyi a nan okazyon fèt Sen Jòj nan
Basenble. Me sal di : « Nou dwe prepare nou pou nou fè yon vrè dyalòg kòm pèp. Nap oblije chita pale yon jou ouswa
yon lòt. Sèl bagay map lapriyè pou se pa aprè yon deblozay total kapital tankou sak te pase Rwanda a. Dyalòg la dwe
soti anba, nan nivo seksyon kominal yo, pou li monte anwo. Se pa tankou jan yap eseye fèl kounye a. Fòk tout moun
jwen chans pou yo bay dizon yo. Se pou moun yo santi yo patisipe nan sa kap fèt la ». Pierre Richard Osias rezime
pawòl ansyen teknokrat la ki ta sèvi pase twa prezidan konsa : « Ayiti pa bezwen moun ki pou siye dlo nan je l ».
Mesye Jean-Charles pa rete anlè ap lanse pawòl an daki, li pale pou tout moun konprann. Nan mikro Luckner
Désir nan yon emisyon Matin-Débat kite fèt nan Basenble Nodwès, ansyen PM nan revele koz malè peyi nou an kote l
ajoute : « Gen gwoup spesyalize nan bloke devlopman peyi a ou gwoup ki jire se sèl yo menm ki pou jwi richès peyi a
sinon yap lage pikan kwena toupatou mete kadna pou vewouye wout ki te ka mennen nou nan pwogrè a. Si nou pa
chanje direksyon, peyi a pap fè yon pa kita yon pa nago ». Nan sans sa a, tout pano endikatè yo limen tou wouj e explo-
syon sosyal la sou wout men Pierre Richard Osias raple nou anko pou l di nou : « Ayiti bezwen moun ki pou fèl sip-
sann kriye ».
Kote nou patizan ak lènmi Dessalines yo, Cappoix yo, Christophe yo, Pétion yo, Boyer yo, Duvalier yo, Aris-
tide yo, Preval yo, Martelly yo, Moise yo, preske nou tout fè manman nou Ayiti kriye, lap jemi e jounen jodia « seche
dlo nan je l » paka mennen l sou wout rekonsilyasyon an ak devlopman an. Tout pitit Ayiti yo, sa kap viv andedan peyi
a ou byen kap evolye nan diaspora a, ansanm nou bezwen pran konsyans pou n rekonèt nou tout fè manman nou anpil
mal e nap pran denonsyasyon Mesye Jean-Charles yo kom pretèks pou n retounen peyi nou an nan vwa zansèt yo te
trase a. Si nou vle ansanm menm si genyen nan nou ki pap patisipe, nou ka komanse mete baz poun konstwi yon Ayti
ki ap Taiwan pou karayib la, yon Ayiti nan wotè listwa l.
Pou n rive nan lòt Ayiti a fok chak moun rekonèt li kontribye nan kraze peyi a e konsanti fè gwo sakrifis pou
peyi nou e pou nou tout. Si w se yon viktim sou kelkeswa rejim nan ant 1957-2017, fòk ou dakò reparasyon sivil sèl-
man. Si w se yon bouwo, yon tòtyonè, nan konsyans ou e w rekonèt ou te fè anpil tò a manman nou fòk ou jwenn kou-
raj pou mande tè sakre sa a padon ak tout viktim ou yo. Rwanda fè l e jounen jodia se youn nan pi gwo peyi ki genyen
sou kontinan afrik la. Se yon modèl pou tout peyi nèg, men sa te ekzije yon antant nasyonal sou ki peyi yo te vle e yo te
aplike pwojè sosyete a menm si se Paul Kagame sistèm elektoral la rekondwi nan chak eleksyon yo. Vladimir Poutine
fèk jwenn yon sizyèm manda an Russie. Angela Merkel, yon katryèm an Allemagne e asanble nasyonal chinwaz la fèk
bay prezidan l yon manda a vi. Kisa nap fè ansanm pou Ayti sispann kriye?
Si Ayiti pap fe yon pa kita yon pa nago, se senkan M Jovenel Moise ap gaspiye. Konsa, m panse fòk nou kòm
pèp chwazi sitwayen nan tout peyi a ki anlè tout soupson pou yo pran desizyon nan enterè peyi a. Yon sitwayen pa
depatman ak youn nan diaspora a (11) pou n monte Komite Nasyonal Konstwi Mèyè Ayiti a (KONKOMA). Antite sa a
ap gen pou misyon :
1.- KONKOMA ap konplete manda prezidan Jovenel Moise la ki anpeche paske l se yon enkilpe pou blanchi-
man lajan sal. 11 moun sa yo ap chwazi yon prezidan, yon vis prezidan nan mitan yo e rès yo ap tou fòme kabinè mi-
nisteryèl la. Politik dosterite ap ekzije chak otorite gen yon machinn nan kòtèj li, pa gen machinn kap achte pandan twa
ane kap vini yo la a. Chak depatman ap gen yon gouvènman pou ekzekite politik piblik gouvènman santral la ki chita
sou enfrastrikti woutyè, enèjetik, edikasyonèl, sanitè ak agrikòl ;
2.- Reyalize pwosè syèk la an Ayiti pou eskrokri finansye ak fon PetroCaribe a. Tout lajan an dwe tounen nan
trezò piblik la. Mande Bank Mondyal pou l ranbouze rès fon CIRH la ;
3.- Lanse konferans nasyonal souveren an pou n pwopoze amandman a Konstitisyon Enperyal 1805 lan nou
dwe restore. Nou dwe pwofite rezoud pwoblèm jwif ak siwo libanè yo ki kenbe peyi a an otaj e soti nan ekonomik rant
lan. Palman an ap erije an asanble konstitwant pou vote amandman yo kap mennen nou nan modènite a. Elimine sena
a, redwi chanm depite a ak yon depite pa awondisman, yon majistra pou chak vil ak yon kazèk pou chak seksyon
kominal ;
Konsa na va trase vwa kap mennen nou nan lòt Ayiti a kap tounen ak 5 gran rejyon. Nap òganize eleksyon
jeneral nan dawou 2020 pou nou remanbre tout enstitisyon yo nan peyi a e an 2022 na va fè eleksyon pou chak de-
patman eli 2 moun nan 5 gran rejyon an peyi a pou eli 10 nouvo dirijan pou KONKOMA kap gen pou l chwazi yon
prezidan, yon vis prezidan e rès manm yo ap tou fòme kabinè ministeryèl la pou yon manda dizan. Ann sispann fè
manman nou Ayiti kriye. Kreyolofoni#11

―Anpil moun an amerik m kwè gen yon vizyon negatif ak ewone sou vodou sakre a‖ D. MacKay

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

Yves Déjean, yon gwo Towo nan
Kreyolistik, kite nou

Hugues Saint-Fort Anvan Yves te rantre Ayiti an 1986, li te viv nan New

York pandan plis pase kenz lane kote li te anseye nan

Se avèk anpil tristès, anpil lapenn m ap anonse lanmò anpil pwogram bileng kreyòl-angle pou etidyan ayisyen
Yves Déjean, lengwis ayisyen e gran defansè dwa klas nan Long Island University, New York University,
moun ke yo meprize nan sosyete ayisyen an, swa paske Teachers College, Columbia University. Li te kontribye
yo se moun « an deyò », swa paske yo pòv, swa paske nan fòmasyon lengwistik anpil etidyan ayisyen ki
yo pa konn li osnon paske yo pa konn pale franse. aprann nan bon ti ma-
Mwen te rankontre Yves Déjean pou lapremye fwa vè mit prensip lengwistik
1984 nan Brooklyn, New York. Anvan sa, mwen te konn ki pèmèt yo voye jete
li rechèch li yo sou diglosi, sou plas lang franse nan yon seri mit negatif
sosyete ayisyen an. Men se sitou tèz doktora li a sou lang kreyòl ayisy-
«Comment écrire le créole d’Haïti », Indiana University, en, yon seri prejije
1977 ki te frape lespri mwen. Lè mwen te rankontre kont lang natif natal
Yves nan Brooklyn, mwen te fèk fin defann yon tèz Ayisyen.
doktora an Lengwistik nan Inivèsite René Descartes, Yves Déjean te kon-
Sorbonne, Paris V. Yves te envite mwen nan apatman li syan li te okipe yon
an pou nou diskite sou tèz mwen an. Nou pase plis pase pozisyon privilejye ann Ayiti akoz orijin sosyal li e se
senk è ap diskite sou lengwistik, sou Ayiti, sou politik poutèt sa li te toujou rete nan koute pawòl mas pèp la,
entènasyonal… Nou rete lontan ap diskite sou 3 fraz nan osnon viv tou pre li. Pwoblèm edikasyon ak devlòpman
entwodiksyon tèz li a : « Le créole ? Je m’en balance ! sosyete ayisyen an te enterese li anpil. Nan sans sa a, li
Les créolophones, voilà mon souci. » Refleksyon sa yo te ekri yon michan liv ki rele “Yon lekòl tèt anba nan
montre a ki pwen Yves te enplike nan angajman sosyal yon peyi tèt anba » (Henri Deschamps 2006). Men sa ki
pou pèp ayisyen. Lè li rantre ann Ayiti an 1986, li kouri ekri nan do michan liv sa a : « Moun ki enterese nan
mete sou pye yon lekòl nan Sid peyi a pou ti moun yon sistèm edikasyon ki ta nan avantaj tout timoun nan
peyizan ki pa ta janm gen chans aprann li e ekri epi peyi nou ap jwenn bon jan esplikasyon klè sou pwoblèm
resevwa yon edikasyon. Li te demele li kou Mèt Jean lang kòm chemen konnen, sou pwoblèm aprann, sou
Jacques pou fè lekòl la mache, malgre tout kalite pwoblèm lekòl. »
pwoblèm li rankontre. Li te menm al viv nan zòn lan, Mwen voye kondoleyans pou fanmi Yves Déjean, espe-
tou pre lekòl la pou kontwole ki jan lekòl la t ap syalman frè li René Déjean. Mwen di li kenbe fèm nan
fonksyone. moman difisil sa a.

Hugues Saint-Fort

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. [email protected]

Émissions spéciales à caractère éducatif : Planet Sou Ray, Desiderata &

Le Novateur à l’Oral

MITOLOJI a konstitwe yon baz esansyèl nan expresyon entèlijans imèn nan. Li inepwizab...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

Opinyon mwen sou rapò espirityalite
masonlòj avèk espirityalite vodou

Ketero Eli Rafa sandans elatriye.

Se you sijè ki toujou kreye polemik nan tan sa yo sou Note sèlman ke mwen pa rantre nan espesifisite you

rezo sosyal yo. Avèk tandans rekiperasyon idantitè ke fanmi lwa. Mwen pati sou prensip jeneral lan.

anpil Neg ak Nègès ap fè nan moman yo la, genyen an- Mason, se you sistèm panse mistik, you lekòl kote you

pil friksyon ant sila yo ki estime ke loksidan fè zansèt yo vivan apwan kiltive prensip lavi. Se you filozofi lavi li

mal, avèk tout fòm enstitisyon ki soti nan moul oksidan- ye ki genyen metòd pa li, kodifikasyon rityèl pa li,

tal lan. Se nòmal paske rapò pèp nwa avèk oksidan depi langaj pa li ki se you langaj senbolik. Se you fason poul

plizyè syèk, se you rapò ki chaje avèk fwis- diw ke verite map baw la se you lide, apati

trasyon, twomatis, move souvni esklavay ak de lide an pou oumenm kontinye fè eks-

eksplwatasyon moun nwa. plorasyon ou. Nan sans saa, masonri kapab

Mwen pa gen pretansyon ke mwen metrize prezante ou you senbòl ki gen de aspè. You

vodou ase poum fè kalite konparezon saa. senbòl kapab rityèl, li kapab inisyatik. Lè li

Men mwen panse ke eksperyans mwen, rityèl, li espesifik a izaj filozofi an, lèl ini-

nivo konpreyansyon mwen de langaj senbo- syatik, li mande ou pou rantre nan medita-

lik abilite mwen di sam panse. Sila yo ki syon pou al wè lòt atribisyon senbòl kapab

gen gwo konen, nou ka toujou opine nan genyen deyè li.

sans kritik konstriktif, sa ap fè mwen plezi e Pa egzanp, nou konen yo di tout mason fete

se ap nan avantaj tout moun. Sila yo ki kanpe an dan di, Senjan. Sa se pèsepsyon ki pi senp lan you moun ka fè.

mwen garanti nou ke ketero gen ase dyalektik pou Men Jan nan masonlòj se "Janus", you divinite ki repre-

oryante deba nan you sans pozitif. Kidonk nou tout zante limyè, e ke yo onore apati de solèy lan ki se pigwo

byenvini. sous limyè vizib nou konen. "Janus" antanke divinite ki

Map pati sou baz ke kelkeswa degre de diferans kiltirèl asosye ak solèy, yo reprezante li avèk 2, 4 vizaj. Dèfwa

ki kapab fè de pwatik espirityèl ta sanble diferan, you vizaj granmoun, dèfwa timoun. Jan se gadyen pòtay

genyen you fon komen ke yo tout genyen. Demach yo, inisyasyon nan tout tradisyon kew pase. Se pou sa ou ka

kodifikasyon rityèl yo ap diferan, paske se kilti ak lang rive la ou jwen li kap veye pòtay, you lòt kote ou jwen li

diferan ki eksprime yo, men fon an li siperyè a divèsite kò mesaje elatriye.

aparan. Fon saa, alegorikman tout tradisyon espirityèl yo Mwen kite nou fè you lide de rapò li ka genyen avèk

pale de li. Yo rele li tradisyon primòdyal. Se nan fon sa lwa nan vodou.

nou pral chita ti koze pa nou an. Nou kapab pran Bosou. Se you lwa ki se you fòs kon-

Lwa se Prensip ki rann posib e ki kenbe manifestasyon striksyon. Bosou enplike li nan tout fòm Pwojè kel te

lavi nan egzistans lan. Si li kapab fè sa nou di la, sa vle sosyal, materyèl elatriye. Ou paka ap bati hounfò pou

di tou ke lwa se you fòs, you enèji ki gen konsyans e ki lwa sa deyò. Ebyen you mason se you batisè, li ap tra-

otonòm. Note byen ke mwen etabli you diferans ant lavi vay sou prensip sa kel konsyan kel pa konsyan. Tout

avèk egzistans lan. Egzistans lan, pèsòn paka konen bout moun ki abitye antre nan you lòj mason, yo abitye wè

li paske nou tout se koule nap koule ladan, nap fè Solèy, Lalin, zetwal, pami yo Venus ke yo rele "Etoile

eksperyans li a pati de lavi nou genyen. Se sak fè you du matin et du soir". Lap difisil siw nam vodou pou pa

moun kapab fè aleretou ladan, avèk plizyè kostim dife- rekonèt Marasa yo, Mètrès Klèmezin elatriye.

ran. Paske sak pèmèt nou rann nou kont nou vivan, ke An nou pran Gede. Mwen sot di talè an Gede se Tran-

nou egziste an, se you timoso divinite ki nan nou kap sandans. Li apran nou kouman pou nou chanje anvlop,

eksperimante lavi nan you anvlop fizik ke lap depoze lèl transfòme pou nou ale jwen esans nou ki reprezante pa

ize. you zetwal. Gede an menm apran nou mouri pou nou

Nan sans sa, nou kapab di ke lavi se rezilta konkou you kapab transfòme an you bagay ki meyè. Mwen pa kwè

paket prensip. Egzanp Èzili ki se lanmou ki reyini vivan ke gen you inisye masonlòj ki pa konen eksperyans saa.

antre yo, Danbala ak Ayidan ki se prensip fekondasyon Tout masonlòj apran mouri pou yo al dekouvri zetwal

you femèl pa you mal, Manman jimo ki se prensip jesta- yo ki se sa yo rele "Esperance", ki pote koulè Vèt planèt

syon ak miltiplikasyon lavi, Marasa ki se prensip Vénus (vénus=végétation).

devlopman ak kwasans, Legba ki se akonplisman Mezanmi pawòl yo anpil, banm ale poum ka tounen....

eksperyans you vivan nan lavi, Gede ki se prensip tran- Ayibobo!

IFA se yon DEYÈS kreyativite a ak teknoloji a...Li pwize RESOUS li yo nan MITOLOJI...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec les petits.

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

Yon anbasad se yon teritwa etranje eske
se vre? (Dwa/relasyon entènasyonal):

Se yon bagay anpil moun toujou ap di. Yo konsidere Yon zisyon li yo. Atik 22 konvansyon sa di " lokal kote
anbasad Yon peyi Kom teritwa peyi ki gen anbasad la. misyon an ye enviolab " se menm bagay pou Kay
Menm gen diplomat, gwo entèlektyel ki konn ap repete ajan diplomatik etranje yo( Atik 30).
bagay konsa .
Bagay sa se 2 gran jiris olandè Ann fè Yon ti lojik si lokal
ki tap pale de li nan Xlle ak kote misyon diplomatik la
Xlll e syek. 2 jiris sa yo se te ye a, Jaden , Pak se teritwa
Hugo de Groot ( Grotius) ki peyi misyon an , e byen se
tap pwopaje ide sa nan liv lii ki tap dwa eta dorijin nan ki
te gen pou tit " De Jure Belli tap aplike ( Dwa pénal,
ac pacis" ak Cornelius Bynker- dwa sivil, dwa sosyal
schoerk nan liv li ki te rele " elatriye). Sa pa tap fè sans.
foro legatorum" . Liv sa yo te Kontreman ak sa anpil
make doktrin dwa entènasyo- moun panse kote anbasad
nal nan epòk la, ide jiris sa yo la ye a pa teritwa peyi
se te pou ajan diplomatik yo etranje a. Atik 22 konvan-
toujou gen anba pye yo Yon syon vyèn nan konsidere
moso nan teritwa nasyonal yo ke ajan leta akreditè a en-
Sitou nan lokal misyon diplo- tèdi pou l antre janl vle nan
matik la. Se te Yon mit ke an- anbasad la sof ak konsant-
pil lòt otè ak jiris te konbat ak man chef misyon an e se
fòs a pati XlXe syek la. pou tèt sa anbasad yo tou-
Yon anbasad pa ekstraterito- jou Sevi kote moun pran
ryal ,pa gen kesyon souverènte azil.
etranje nan yon anbasad, Moun Kontrèman ak vye lide kap
ki toujou ap repete sa se paske sikile, Yon anbasad pa
yo konfonn " inviolabilité" ak konsidere kòm teritwa
Extraterritorialité" envyolabilite pa dekoule nesesèman de nasyonal peyi Kel re-
ekstrateritoryalite . prezante a . Ekstrateritoryalite anbasad yo se Yon
Konvansyon de vyèn 1961 ki kodifye dwa relasyon diplo- fiksyon jiridik ki abandone depi nan XlXe syèk.
matik yo pa mansyone ekstrateritoryalite nan pyès dispo-
Me Pelex Flereme ©©©

Idantite yon NÈG se konstriksyon sosyal li...Eske w konn tèt ou ? Eske w konnen kote w prale ?

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU...7

RIBRIK : Sa zòt di sou tout sijè

POPOURI...

Ralph Moreau ris la Ki Byen Chouke jiskensi, Se Lwanj ak Swadizan
M pa nan opozisyon men konviksyon m ranfòse Nostalji Yon Seri Moun Ki Pran Poz "Serye' Yo ap fè
Map remesye "fils ou fille de personne" ki te pran foto m Pou rejim Diktati Sanginè Avi a !!!
voye bay DG ak Senate pandan m te al kouvri manifesta- Nou Dwe Fè Laverite Sou PASE Nou, Pou nou Bati
syon ki te fet potpe ya. Aksyon sa ranfose konviksyonm LAVNI... Yon Lavni JISTIS ak Libetè Pou tout Pitit
plis toujou, paske se menm mwen menm ki te bannou Peyi D Ayiti Yo !
espas nan Radyo Planet chak apre midi pou te fe kanpay Stephen William PHELPS, Pòtoprens , 27 avril 2018.
san lajan pou Jovenel Moise ak Kedlaire Augustin. Map
raple nou m pa yon jounalis m se yon yon sitwayen ende- *************************
pandan angaje ki itilize mikro ak la kre pou fe edikasyon Ayibobo fanmi Katyopyen m' yo.
malere ak malerez… M pa nan opozisyon. Men map kon-
tinye sipote tout mouvman kap fet pou fe prezidan Jove- UBUNTU!
nel konnen li poko fe anyen pou vil Potpe. Se pa fache Mwen sot fè yon ti lekti la. Mwen wè yon vodouyizan
pou prezidan fache, ni mete sousou pou anrejistre sa map ki ekri ke li se pitit, pitit, pitit desandan esklav. Kèm
di nan radyo. Le karavan lan rive nan Nodwes map fe manke bloke, poum wè ke en 2018 pou pèp mwen an
pwomosyon pou li san lajan kom dabitid. Nan vim mwen ap repete betiz konsa.
fe plis sosyal ak ti posibilite Bondye banmwen. Chak ane Wi zancet nou yo te subi 1400 zan imilyason esklavaj
m pemet plis ke mil timoun ale lekol avek mwens ke nan men MIZILMAN Arab. Wi zancèt nou te sibi plis
1900 dola ayisyen. M mete plis ke 50 timoun lekol san pase 300 zan imilyason esklavaj nan men Kretyen
lajan,m patisipe nan tout aktivite sosyal kap fet nan vil Eropeyen, ke nou pa sipoze janm bliye.
la... Mande prezidan, Senate yo, DG w la si yo te janm fe Sa pa fè nou desandan esklav.
sa nan vi yo. A suivre… Kilti Afrikèn gen plis ke 150 mil ané.
Avan ke yo te vòlè zancèt nou, nou te desandan RWA
************************* ak rèn ki kreye civilizasyon nan tout mond lan.
An Nou KONBAT Tout Avadra ki Ap Fè REKLAM Desandan esklav se eropeyen nan SLAVIK SEKSY-
Pou Rejim Diktati Sanginè a etan y Ap fè Lajenès ON Erop yo.
Konprann Tan Laterè Sa a Te Pi Bon !!! Dessalines fè de nou yon gran pèp nan istwa ankò.
Nou Pa Dwe SITIRE Reyaksyonè Tout Plimaj Ki Ap Fòk nou aprann pitit nou ke istwa Afrik pat kòmance
Eseye Pwoteje oswa Rehabilite Tout Gwo Sanginè Ki Fè ak esklavaj.
Gwo KRIM SAN Sa Yo . Nan Tout Peyi Pou Yo Vanse Nou se premye pèp sou la tè. Nou pa esklav. Nou gen
Pèp yo ak LETA Fè JIJE epi KONDANE Gwo Kriminèl fyète istorik nou.
Yo ! Konsa Nan Peyi Chili, Brezil, Ajantin ak Lot ... Yo Tout bagay kòmanse a KEMET
Toujou ap ARETE epi Jije oswa Rapouswiv gwo Kri-
minèl sa Yo epi gen Lwa Ki Vote pou Reyaksyonè Pa Ermithe Fertil
Vin Fè Lwanj Pou Rejim Diktati Sanginè Sa Yo ! ANN PALÉ MOUN PORT DE PAIX YO
Menm Nan Peyi Dominikani Gen Lwa Pou Entèdi moun SA NOU PANSÉ SI NOU TOUT MOUN PODPÉ
Fè Lwanj Rejim Trujillo a ! 80 lane annnapre, nan nivo KAP VIV NAN PÉYI ETRANJÉ TA KONTRIBUÉ
Entenasyonal, Yo Toujou Ap Rapouswiv ansyen NAN YON CASH APP OU GoFunMe
"Tortionaire" Nazi yo. Men Nan Peyi d Ayiti Nou Kons- Pou Santé vil la, Ti jèn yo etc
tate ,deske Pa gen JISTIS, deske Se Menm Leta Divalye- BAY IDÉE NOU EPI PATAJEL SOU PAJ NOU

Bayyinah Bello
Fondation Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur Dessalines (FF)
FONDASYON FELICITEE
(509) 22 48 22 38; 29 40 08 69
sitweb: fondasyonfelicitee.com
Konnen kimoun Zansèt ou yo te ye, pouka konn valè pwòp tèt ou. Konnen sa k te pase pouka konnen sa w
ka fè pi douvan. Konnen ki moun ou ye pouka renmen tèt ou.
Mwen chwazi swiv tras Zansèt mwen yo pou tout letènite!!!

Daprè lejand YORUBA, IFA se ta kote divinite kreyatris ODUDUWA ta komanse lemond...

―PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI‖ J. ZUMA 8

RIBRIK : Istwa

Gouvènman Jan Jak Desalin (1758-1806)

Jan Jak Desalin. Liberatè ak premye Anperè peyi Ayiti Men gen plizè moun ki sispèk ke Anri Kristòf ki te
sou non Jak Premye dezyèm nan kòmandman apre Desalin, te okouran de
Jan-Jak Desalin (Jean-Jacques Dessalines, 20 septanm konplo a, san li pat avèti Anperè a. Antouka, madanm
1758 - 17 oktòb 1806) te chèf Revolisyon Ayisyen ki te Desalin, ak tout lòt pitit Anperè a, te pito mete yo sou
proklame endepandans 1ye janvye 1804. Li te premye pwoteksyon Wa Kristòf olye yo te ale pou pati Re-
moun ki gouvène Ayiti sou tit Gouvènè Jeneral Pou Lavi. piblik ke Aleksann Petyon epi ak Jan Pyè Bwaye te
Nan 2 septanm lane 1804, pèp ayisyen an te ba li pote mete kanpe nan pati Sid peyi a ki te divize an 2 apre
chapo Anperè sou non Jak 1ye. Men li te deklare ke tit lanmò Desalin, jouk rive nan lane 1820, apre lanmò
Anperè li a pa te ereditè, sa vle di, li pap rete pou pitit li Wa Kristòf.
lè li mouri.
Kòm ansyen esklav, li te patisipe Biyografi
nan leve kanpe ke esklav yo te fè Soti afriken, li anvan esklav nan
nan koloni franse ki te rele Sen Do- Sendomeng. Apre sa, pandan
meng. Li se te premye lyetnan anba pwoblèm ki mennen endepandans
lòd Tousen Louvèti lè Napoleon te zile a, li vin lieutenant pou Tousen
voye solda li yo, sou kòmandman bo Louvèti ak òganize nan mwa oktòb
frè li Jeneral Leklè, pou Lafrans te 1802 la mutinerie lame apa-
ka repran kontwòl zile a. Sepandan, dominguoise kont ekspedisyon
apre Franse yo te arete Tousen epi napoleonyèn. Li batay jeneral mi-
yo te voye l nan peyi Lafrans, Gou- lat Andre Rigaud ak jeneral franse
vènman fanse sa te vini avek lòd Charles Leclerc.
pou remete nèg yo anba esklavaj ki Apre depòte Tousen an, li soumèt
te aboli depi lane 1794 nan tout ko- nan Etazini. Li insurgé apre, li vin
loni franse yo. Desalin te òganize rete bò nò nan lil, li rive nan re-
nan mwa oktòb 1802, yon revòl pouse Donatien-Mari-Jozèf ki Ro-
kont lame franse a. Nan batay sa yo, chambeau nan sanglan batay la
anpil san te koule. Desalin te fini pa Crête-à-Pierrot, nan ti-Rivyè Lati-
genyen viktwa kont lame franse yo ke Jeneral Rochanbo bonit. Li rive nan otòn 1803 nan va
te kòmande. Se finalman yon 18 me 1803, nan gwo batay genyen batay yo Kreyòl nan batay pou Vertières, ak
ki te rive nan Vètyè, ke franse yo te bay le gen epi te mete 1ye janvye 1804 Desalin pwoklame endepandans
yo deyò nan zile a. Kèk mwa pita, nan premye janvye Ayiti. Li fè premye gouvènè jeneral lavi, epi Seza (pou
1804, Desalin te deklare endepandans peyi ki te rele Sen PA yo dwe devancé li rival, Bonaparte) sou non Jak
Domeng la, ke li te batize Ayiti. Non Ayiti sa te jan kèk Ier (1804). 8 oktòb 1804, li se yon kouwòn sou tèt nan
nan bann Endyen ki te rete nan zile te konn rele tè a. Men archevêque Jan Batis-Jozèf Brelle.
Endyen sa yo ki te bann Tayino te disparèt ak maladi nan Li fè masak yo Kreyòl "ki espwa yo tounen nan lòd
lane 1550. Sa vle di 147 tan anvan Espanyòl yo te bay ansyen an Ayiti" [Ref. nesesè] ak kontinye yon politik
Franse yo yon bout nan zile nan lane 1697, nan yon trete "caporalisme agrè» (tankou nonmen Michel-Rolph
ki fèt nan lavil Riswik. Trouillot) chwazi pou kenbe pwofi nan endistri su-
Anperè Desalin te eseye remete ekonimi a sou pye ak yon crière la fòs, san esklavaj pwòp di. Li gouvènman ki
sistèm agrè ak fòs ponyèt. Kolaboratè li yo te konplote e deside aksyon ou yon refòm agrè nan avantaj nan chèf
yo te asasine l nan lane 1806, apre li te deside anpeche fanmi esklav san tè, li ansasinen 17 oktòb 1806 nan
kèk milat nan Sid peyi a fè fo papye pou yo pran tè ke yo Pon Wouj, nan nò Pòtoprens Pòtoprens, l kolaboratè,
di te tè papa yo, blan franse ke kite pou yo. Epi se konsa, Aleksann Petyon, Jean-Pierre Boyer yo, Andre Rigaud
yon 17 oktòb, Desalin te pati pou Sid peyi a, lè yo tann li ak Bruno Blanchet ki t'ap sèvi nan bouch nan mitan
yon pièj nan lavil Pon Wouj, nan nò Pòtoprens. Epi yo te tout san bliye Henri Christophe ki te nan nord1.
tiye Anperè a. Pami konplotè yo nou jwenn Aleksann
Petyon ki te rekonèt responsabilite li nan yon lèt ke li te Referans
ekri bay Anperatris Marie-Klè, madanm Desalin, nan Ardouin, Beaubrun "Etudes sur l'histoire d'Haïti : sui-
demen asasina a, nan dat 18 oktòb 1804. vies de la vie du Général J.-M. Borgella", Volume 6.
pp.358-359.
Wikipedia

Si w NÈG e w deklare w mizilman ou kretyen sa ta vle di ou gen yon gwo pwoblèm memwa...

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

Saint-Michel

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RIBRIK : Di saw vle...

Otorite peyi dAyiti se tankou
yon ekip foutbòl katye ki gen foli

jwe nan gwo chanpyona

1. Prezidan an fè fayit ak kòb li prete nan Agritrans. 12. Minis Jenès ak espò pa te janm konn travay ak
Tout biznis li an fayit.
okenn federasyon, ni li pa yon espòtif
2. Chef Kabinè Prezidan an fè 5 lane minis

komès, li kreye zewo mikropak, zewo

anplwa,

3. Premye Minis la pa te janm konn pale ni

pibliye okenn atik sou pwoblèm peyi a

4. Minis Enteryè a se yon doktè ki pa te janm

travay nan zafè kolektivite

5. Minis Ekonomi Finans la fè tout karyè li

nan Enspeksyon IGF

6. Minis Planifikasyon an se yon avoka ki pa

gen eksperyans nan zafè devlopman

7. Minis Sante a pate janm jere yon gwo

lopital, ni yon klinik ak rezilta

8. Minis Edikasyon an ki san diplòm inivè-

sitè, se yon direkte lise malokipe (Fritz

Pierre-Louis), ki bay 20% nan Bac

9. Minis Afè sosyal pa genyen okenn

eksperyans nan katye popilè, nan zòn pòv yo

10. Minis Anviwonman an pa gen diplòm, ni ekperyans Epi nap tann mirak ak yon Palman ignoran ki sou brass.
nan koze lanati
Ayisyen lage vi yo nan men yon bann enkoni ki pa janm
11. Minis kilti a se yon ansyen Pè ki pa gen okenn re- bay rezilta nan anyen.
lasyon ni kontak ak koze lakilti
Jean Darguetinave

Pa gen yon AFRIKEN ki pou ap chache AFRIKANITE l paske AFRIK ap viv nan wou...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

POLIKLINIK
LAFANMI

Dr. Agabus Joseph

Klinik Sa Pran Swen
Tout Fanm Yo

Bénito Sylvain
Tel : 3777-3761

PAJ POWÈT YO...

Pòtpè: Solèy la pa leve Pòdepè goud (Kontinye li)
Mwen wè foto w Ou mèt met men sou kèw bb
Kè n pa janm sispann dechire Sou yon kamera Limyè w toujou limen bote l
Pou n ap gade jènn yo prale Lanmou mouri kite
Grenn pa green Jènn Pòtpè Sou tout sa ki fè nwa
Ou poste Kapwa Lamò te travay pou ou
Ap pati Pou yon lòt inivè Tankou yon bèl fanm
Lobad te yon bon zanmi Paj listwa sa pap ka chire
Ki pèdi patiraj Men m si l mouye anba lapli
Ki te toujou ap souri Sou vizaj ou
Yon gason vanyan Mwen wè tout tach Yo vle manje w tankou
Ki te chaje ak avni Ki dekore mizè w Yon ragou pye bèf
Jodia a lavi a pouse l devan Lanati kriye Ak tout kòn
O lanmò kisa nou fè w Tankou tifi Yo di m ou bèl
Nou wè w chak jou K ap pèdi vijinite l Men m pat kwè sa
Men nou pa janm ka abitye avè w San benyen w Anba plat pye w
Ou pa janm sispann fè kè nou lou Sou tout kò Sere sekrè w
Zanmam solèy vi w tenyen Lopital refize w
Men souvni yo pap janm efase Tankou vye endijan Fòm ou bay sant yon chokola
Nou pap janm ka rive bliye Yo vle fè mizè w Kap bay cho ak kola
Ni panse pasaj ou sou tè sa te an ven Tounen bonè w
Bon Vwayaj zanmam Mwen wè foto w cheri Anverite! Ou san parèy!
Yon lè na va ankò rankontre Ou se yon bèl fanm Pòdepè m ap soufri avè w

Nèg Pwovèb la Bèl solèy Mwen renmenw
R.I.P Tankou yon fwomaj Kote lanmou poko rive!
Ki pèdi nan yon pen rasi twa Laneth Bonhomme, poète !
Marc Antoine Jean Louis (Lobad)

Boukantaj : Mwen vle nou chanje lide Pou n ka fè peyi n mache Ann sispann batay antre nou Pou n pa sanble

moun fou Ann boukante zizani pou tèt ansanm Ann boukante move je pou zanmitay...Nèg Pwovèb La

―POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A‖ EVO MORALES

Gen yon sèl Dye e chak pèp reprezante l ak nome l selon kultu yo ak lang11

RIBRIK : Kilti/Spiritwalite

MEDAM, map pataje avèk nou kèk bon
konsey sou sa ki gen pou wè ak ''abiman"

*Costume pa mete ak soulye pla ( kit se kostum jup, ou- *Ou pa dwe makiye pou moun wèw sanble yon clone

byen pantalon) pou mardi gras

*Ou paka met yon jip ki gen pasan pouw pa met sentiwon *Ex: fa mauve, paupière yo wouj et bleu, wap très

*ou pa ka met yon jup anba kè epuis pou'w pa konfòme laide.

*Jeans pa mete ak talon kikit egwi ou pwenti yo si ou pa *Sousiw paka gaye pouw pase kreyon sanw pa net-

mete yon tet vès kelkonk, (se pa tout tandans ki nom) ou wayel.

ka mete yon ti soulye pla oubyen ou mete tenis avèl. *Ou paka mete do zye epi pouw met yon gloss transpa-

*Ou paka ap met tenis nan fòm tchaniz pouw met bout ran, fok ou met yon fa ki parèt.

ba. (Pou kesyon bijou)

*Sentiwon'w dwe ale *Chèn nan dwe ale

swa ak koulè kósaj ak zanno et rad ou,

oubyen mayow, swa ak ou paka met chèn

koulè soulyew. or, zanno argent

*Si wap soti ak valiz etc.. (sa pa fèt)

(mpa di bèg lekòl non) *Kostum pa mete

li sipoze fè sans ak sa ak chèn Kong.

ki sou ou yo. *Ou paka met yon

*Siw mete yon rad kosaj ki bouche

simple, fè yon jan pou kou'w epi ou met

soulye'w koulè valiz la chèn.

oubyen bous ki nan *Bracelet pa mete

menw lan. ak kosaj manch

*Siw met yon robe ak long tou.

tèt vès, soulyew dwe *Chevillet pa mete

ale plus ak tèt vès la. al nenpot kote, se

*Siw met jip, tèt vès, pou pwogram ant

epi mayo kosaj anba ami li ye, pa pou

vès la, soulyew dwe ale gran réunion ni

ak kosaj la, e valiz ou cérémonie.

ak vès la oubyen jup la. *Kon'n koman nap

*Siw met yon wòb ak met bag paske chak

sentiwon oubyen yon dwèt gen siyifika-

wòb ki gen yon koulè syon yo, ou paka

senti diferan, soulye'w kostime pou tout

oubyen sandal ou dwe dwèt ou se bag.

ale ak koulè senti wob Vernis wouj ak fa

la oubyen sentiwon an. wouj posib

*Ou pa ka met yon kelkeswa evènman

wob kout pouw met sof fineray.

soulye pla. (pou kesyon Fo

*Nan maryaj, batèm, kominyon, antèman etc.. koulè valiz zong)

ou gendwa diferan de wòb ou men fok li simple *Vernis an dwe ale ak koulè rad ki sou ou yo, sinon

*ex: Rob bleu,soulye bleu, valiz simple san lot koulè. chanje vernis oubyen met yon vernis naturel.

*ou pa kostime ak jip pou ale nan gran seremoni san ba *Fo zong ki twò long pa protocolaire ditou, li dwe kout

de chair. et très simple.

(Pou Kesyon makiyaj) NB : Pou fini, chiyon pa mete ak tenis ni jeans...

*Nou konnen makiyaj bouch dwe ale ak paupière yo.

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU...

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

« Desizyon m poum detwi otorite an Ayiti yo, se pat
pou konsiderasyon komès ak lajan, men se pluto
akoz nesesite poum bloke pou tout tan mach nwa yo

nan mond lan »
—Napoléon Bonaparte
*********************
*********************
Deklarasyon Papa nachon an Dessalines
« Nèg tankou mulat, nou tout te batay kont blan yo,
byen yo nou te konkeri yo kote nou te vèse san nou se
pou nou tout. M vle yo pataje ak ekite »

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version