The words you are searching are inside this book. To get more targeted content, please make full-text search by clicking here.
Discover the best professional documents and content resources in AnyFlip Document Base.
Search
Published by , 2017-07-03 08:02:15

Kreyolofoni#1.pub

Kreyolofoni#1.pub

LANE I, NUMEWO I JWIYÈ 2017 CHAK MWA

KREYOLOFONI

NOU PA KA BATI YON FRANKOFONI SOLID SAN YON FONDASYON KREYOLOFONI KI PI SOLID

POUKISA

Sak andedan
numewo sa a

Douz Kesyon sou lang

kreyòl la 4

Karavàn Inivèsite a 5

“Yovo da” 6

TAP TAP
MULTI-
SERVICES

AGA-
GLESOU
BOTANIKA

KREYOLOFONI PLANET FM
100. FM

STEREYO

AN ? Pa Bliye

Nap anonse Francisque ak Judith ki t marye separe depwi Pèsonn pa ka
avril 2016...Tout konpòtman afiche pa madanm sa a pa repwodwi atik jounal
gen anyen pou wè ak Francisque…Nap tann divòs la... sa a san otorizasyon

redaksyon an
Redaksyon an pap
publiye atik san non

san adrès

Sponsorisé par

SE LANG AK LIV YO TOUJOU UTILIZE KOM ZOUTI POU KOLONIZASYON AN 2

KREYOLOFONI

Fonde 12 avril 2017 par
Pierre Richard Osias & Francisque Jean-Charles

Propriyetè : KREYOLOFONI
Depo Legal : ISBN

PDG : Pierre Richard Osias
Sekretè Ekzekutif : Francisque “Riko” Jean-Charles

Administratè :
Relasyon Publik :

Trezorye :
Redaksion :
Publisite :
Rubrik Spò :
Rubrik Kultu :
Fotografi : Grafis :
Teknisyen-Enprimè :

Mesaje :
Distribusyon : AGAGLESOU BOTANIKA

30, ru Stenyo Vensan, Podepè, Ayiti
Adrès elektronik : [email protected]

[email protected]
Telefòn : (509) 3848/5890

KONBIT NORD-OUEST
POUR UNE NOUVELLE

HAYTI (KNONH)

Parti Politique Régional & Moderne

Faites-vous membre pour le désenclavement
et le dévéloppement du Nord-Ouest.

Appelez aux # 36 53 65 84 
38 48 58 90

Edite ak Enprime pa
KREYOLOFONI
38 48 58 90

SI RAT KAY PA VANN, RAT DEYÒ PA KA ACHTE W...YON SÈL DWAT PA MANJE KALALOU...

KREYOL SE MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU, DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU3

EDITORYAL LA

Poukisa Kreyolofoni ?
Ayiti, peyi san pou san kreyolofòn gen yon kantite ensignifyan ki pale franse. Jounal yo san pou san c
pou frankofòn yo, se yo sèl ki ta konn li. Okazyonèlman, kèk atik ekri an kreyòl ka publiye men c jounal franse
pou senk pou san moun ki li franse ak pou etranje. Men lang kreyòl la priyorize nan radio. Pwofesè ak jeyograf
Jean Marie Théodat explike : « Franse a c t toujou yon enstruman dopresyon pou sèvi mulat yo kont mas afriken
an ki konpoze majorite rural peyi a. Se t yon mwayen pou yo pran distans yo ak pèp la, pou dirije l san gide l pou
enstwi l san eduke l ». Men koman dirije, gide ak enstwi yon pèp nan yon lang yo pa pale lakay ak lekòl. Eske c pa
yon krim kont pèp sa a ? Jounal Kreyolofoni an vle korije andikap sa a e l ofri peyi a yon zouti pou ankouraje lek-
tu. Yo toujou di lektu a se yon ekzèsis entelektyèl. Koman yon moun ki paka li an kreyòl fè yon entelektyèl ?
De san trèz zan depwi nap betize, imilye yon pèp, yon pèp ak ponyèt li yo, lakultu ak spiritwalite l soti tèt
li nan esklavaj. De zan trèz zan, nap fè yon pèp kwè li c tout lòt pèp, eksepte Aysyen. De san trèz zan nou fè l kwè
li c yon etranje nan peyi l. Nou tèlman zonbifye nan tout sa k pa gen anyen pou wè ak sa n ye, Aysyen, nou kondi-
syone pou n rayi peyi n. Si n pale, li ak ekri franse, nou sòt. Eske Papa Desalinn t fè endepandans lan pou sèl
kreyol yo (sila yo ki t fèt nan koloni an) ? Se yo sèl kap jwi fwi endepandans lan depwi 1806. E bosal yo papa
yo an Afrik yo pap jwenn anyen. Lekòl kolonyal la ki t soti nan Konkòda 1860 lan, c yon lekòl kap fome yon ti
elit pou dirije nou. Si pat gen konstitusyon 1987 la, bosal yo pa tap janm konnen ki richès ki genyen nan zafè
konesans c richès…
Menm si anpil nan nou pran wout lekòl men c lekol ki pa kadre ak reyalite nou e lekol sa yo pa gen bon
jan kad byen fome ki metrize didaktik, pedagoji, sikoloji ak lang franse a lan pou nou ta byen aprann. Jounen jo-
dia, tout rechèch syantifik yo montre aklè li pi bon pou ti moun aprann nan lang natal li.
C tout pwoblem lang ak kultu lakay ki pa anseye nan lekol yo ki vinn yon pwazon vyolan ak mòtèl pou
bosal yo. C kreyòl yo ki fè lektu paske yo jwenn liv ak jounal. Bosal yo gaspiye tan yo nan tande yon bann emi-
syon radòt kap fè yo vinn pi sòt. Fok nou repare krim sa a ki sanble tèt koupe ak lesklavaj la. Yon jounalis meriken
yo rele Dee Lee di e l gen rezon : « Nwa yo toujou esklav nou. Si nou bezwen sere yo laverite, kache l andedan
yon liv ». Men kòman pou nou konn li lè dirijan nou yo ap bannou enstruksyon nan yon lang nou pa tande ni pale
lakay ? Koman poun konn li lè pa gen jounal ak liv ki ekri an kreyòl, lang konstitusyon peyi a di ki simante nou
tout.
Nan chaje solusyon a pwoblem sa yo, de Aysyen (Pierre R. Osias ak Francisque Jean-Charles) kap fè
pwomosyon lang kreyòl la ki se daprè lengwis Michel Degraff : « MANMAN ISTWA NOU, IDANTITE NOU,
DWA NOU AK DEVLOPMAN NOU », lakultu ki pou youn nan papa lanegritud Aimé Césaire : « SE KO-
MANSMAN AK FINISMAN DEVLOPMAN » ak spiritwalite zansèt yo MEMWA NOU DWE RE-
KONSTWI, lanse Kreyolofoni. Detraktè yo, defansè ak pwotektè kolon yo pap kontan e yo pap rete bwa kwaze.
Nou tou de t déjà konnen wout sa a ki mennen nan chemen ki pikan pral mete anpil pikan kwenna pou bloke ini-
tyativ la, men nou pa pè e nou pap kanpe. Nou bouke. Nou fout bouke. Gran pèp sa a pa merite tretman sa yo.
Kreyolofoni vinn pote yon duplis : yon zouti pou ede tout moun li nan lang yo vrèman konnen an e pou nou anal-
fabetize. Ede n goumen pou lang kreyòl la ateri toupatou…Lang yon peyi c idantite w…Kreyolofoni1

Enpotans Lang kreyòl la Nan Edikasyon Peyi a
Nou gen lontan nap itilize yon lang ke nou prete depi epòk kolonyal. Yon lang ke nou ka di ki kontribye nan anpil
pwoblèm ke edikasyon peyi a ap konfwonte. Se yon bèl lang se vre men Jan estrikti edikasyon Ayisyen an ye nou
pa vrèman we sal pote pou mas pèp la. Lang kreyòl la se yon bèl lang ki pale pa tout moun Nan tout kouch sosyal.
Mwen panse l tap fè anpil sans si lekòl yo ta bay kreyòl la enpotans ke l genyen nan edikasyon peyi. Lang kreyòl
la kòmanse pran yon ekstansyon Nan tout donmen espesyalman Nan literati peyi a. Powèt yo pa manke fè vale
Lang sa tan nan peyi etranje ke nan peyi a. Ekriven yo kòmanse ap ekri bèl Roman ki eksprime listwa peyi a. Yo
pa manke fè soti bote lakay nou. Dòktè Jean Price Mars te di map site « yon Lang se machinn panse nou ».
Mwen dakò men Mwen panse Lang kreyòl la plus ke sa Pou pèp Ayisyen. Li se yon eritaj. Li se ekspresyon kilti
nou. Li se fyète nou. Lang kreyòl la ap pote yon gwo kontribisyon nan avansman edikasyon peyi a. Ti moun yo ap
konprann pi byen sa yo li. Yap gen plis libete Pou yo panse. Nou wè deja nan kisa nou pran ak palmantè nou yo ki
ap eseye pou pale Fransè. Avansman edikasyon peyi a depan de gwo wòl nou bay kreyòl la Dan l. Pierre R. Osias

CHAK MOUN SON MOUN...JAN CHAT MACHE C PA KONSA L KENBE RAT...

E PARAN KI PALE KREYOL SELMAN YO KI LANG POU YO PALE AK TIMOUN YO 4

Douz kesyon sou lang kreyòl ayisyen

Hugues St-Fort konnen ke genyen yon kapasite abstrè pou pale ki

rele langaj ke sèl moun posede. Nou konnen sa
Mwen kòmanse jodi a yon rale sou kreyòl ayi- paske nou konsyan egzistans diferan lang. Piske
syen kote mwen pral diskite sou fòm kesyon- langaj se yon kapasite abstrè, nou pa konnen sa li
repons yon seri sijè senp men ki konn bay tèt ye egzakteman ; men, nou konnen egzistans lang,
chaje nan kominote lengwistik nou an. Mwen lang angle, lang franse, lang kreyòl, lang panyòl…
divize sijè yo an kat pati. Nan premye pati a, m Reyalite fizik tout lang se son. Lengwis yo rele son
ap fè yon rale sou sa lengwistik ye. Sa va ede n sa yo « fonèm ». Fonèm se pi piti son ki egziste
konprann pi byen anpil kesyon sou lang kreyòl. nan yon lang e ki ka pèmèt nou fè diferans ant 2
Nan dezyèm ak twazyèm pati a, m ap fè yon gwo pawòl ki sanble. Pa egzanp, an kreyòl, gen twa
rale sou lang kreyòl yo ak kreyòl ayisyen ; epi fonèm youn dèyè lòt nan mo [ɣɛl] rèl. Genyen twa
nan dènye pati a, m ap fè yon rale sou rapò ki lèt : r, è, l ki reprezante twa son sa yo. Si nou ran-
egziste ant lang kreyòl ak edikasyon ann Ayiti. plase son [ɣ] la, avèk son [b], nou va genyen yon
Premye pati
lòt mo ki se [bɛl] bèl. Lengwis yo sèvi ak [ ] kwo-
SOU LENGWISTIK
chè pou yo reprezante son.

Se lang ki va pèmèt nou dekouvri sa langaj ye.
1. Eske gen yon syans ki etidye lang ? Ki jan Youn nan premye bagay moun fè avèk lang (men,
syans sa a rele ?
se pa sa sèlman) se kominike ak lòt moun parèy
Wi, gen yon syans ki etidye langaj ak lang. Syans nou. Pou sa rive fèt, nou konbine son antre yo pou
sa a rele lengwistik. Yo rele espesyalis lengwistik yo ka tounen mo, epi nou konbine mo yo ansanm
yo, « lengwis ». Ant langaj ak lang, gen yon ti dife- pou yo ka tounen fraz. Pa egzanp, an kreyòl, si nou
rans. Langaj se yon kapasite pou pale ke se sèl konbine ansanm son [k], son [a], son [f] epi son
moun ki posede. Lòt kalte espès yo (menm sa ki [e], lan lòd sa a, nou jwenn mo [kafe], kafe. Men,
byen pre nou yo, tankou makak) pa posede kapasite pa gen lòt fason nou ka konbine kat son sa yo. Nou
sa a. Lengwis (tankou Chomsky) di ke kapasite sa a kapab tou ajoute sou mo kafe yon lòt mo a, epi
vini fètefouni lakay moun (sa vle di nou fèt avèk apre sa, nou konbine yon mo ki genyen ladan son
li : egal, li chita nan eritaj jenetik nou) e se li ki [b], epi son [õ]. Nou vin fòme lè sa a yon fraz :
pèmèt nou aprann lang. Men, se lang ki pèmèt nou
Ale nan paj 08

Radyo PLANET FM - 100.7 FM Stereyo SE SA NET

Nesesite Yon Près Sitwayèn Pou Yon Nouvel Hayti

PDG Ralph Moreau
Tel : 3154-0909/4250-4949

Captez la radio en ligne : www. [email protected]

Émissions spéciales à caractère éducatif : Planet Sou Ray, Desiderata &

Le Novateur à l’Oral

…KABRIT GADE JE MÈT KAY AVAN L ANTRE...LI PA VO NI PIP NI TABAK...

LOM GEN YON NANM DIVINN...CHAK PÈP TOU GEN YON NANM KOLEKTIV... 5

Karavàn Inivèsite a
c nan yon rèv m wèl

Iléus PAPILLON pwoblèm k ap brase bil sosyete a poze, analize epi

Dosye a tonbe boum ! Tankou pyè loray nan touf dechifre.Se anndan inivèsite deba ak rechèch syanti-

raje. Otorite yo pral sispann blo etidyan. Chen di : fik fèt pou pwopoze solisyon wòdpòt, ki kadre ak

gade pa twòp. Maten an, peyi a leve dan griyen. reyalite peyi a. Kididonk, pòt inivèsite a dwe rete

Tout moun tonbe ri toupatou krakrakra ! Ah ! tou louvri pou konesans k ap soti ladan rive jwenn

Krakrakra! Li pa toujou fasil pou peyi a leve ak sou- sosyete a. Konsa tou Inivèsite a dwe founi je gade

ri sou figi li konsa. Men, dènye desizyon sa a, ki ki wout sosyete a ap pran, yon fason pou li kanalize

pran la a, fè tout moun antchoupwèt, nasyon an rechèch syantifik yo. Bravo Leta ! ».

alèlè. Pawòl Ravàn yo kòdjòm anpil. Nan lespri mwen, m

Otorite yo ta anonse, pral gen yon Karavàn pou ap di gade ka Ravàn ! Se vre, gen gwo kata-

Inivèsite Leta a vin tounen yon enstitisyon fètefouni, chaboumbe ki ta pral rive si pa te gen karavàn pou

kididonk, yon enstitisyon ki gen nen nan fèy figi li. Inivèsite Leta a. Men, ou kwè se pa yon vant plen

Nouvèl sa a tèlman byen tonbe, nan tout lari se ti pil debòde! Enstitisyon sa a ki rele Inivèsite Leta a, ki

gwo pil. Gen patizan pouvwa a ki di : « Men kandi- anba mepri depi sou prezidan bann machwè a, pral

da yo t ap kritike a ap ba yo leson! Ba yo! Ba yo! Fè resi souke kò li atò. Se t ap katastwòf nètalkole, si

yo wont! Ayiti yo pa vle wè a, se li yo pral wè. » sa pa te fèt. Otorite yo resi tande vwa etidyan yo k

Rapid, vit, gwo prela yo anonse nannan Karavàn ap mande refòm latètopye nan Inivèsite a. Nenpòt

inivèsite a. Men sa k ap ladan li : yon rezidans inivè- sitwayen te ka rale solèy la desann sou tab prezidan

sitè (sa nou konnen plis sou non kanmpous la) nan an, depatcha latè, bwote dènye gout dlo larivyè, epi

chak depatman, bibliyotèk wololoy, espas lwazi, triye moun ki nan lespri li pote bay Chèf la pou fè

entènèt rapid tankou van, manje vant deboutonnen, operasyon Dlo, Tè, Moun ak Solèy la mache.

boutik, tinèl, depanè, espas pou konferans, pwofesè Prezidan an te ka kwè se chanjman ak devlòpman l

plimeyank, laboratwa rechèch, posibilite estaj, epi, ap pote tout bon. Pa gen devlòpman nan chowòf, ni

san konte gwo bidjè pou rezidans yo fonksyone gwo gòj. Solèy, Tè, Dlo ak Moun, tout eleman yo

kòmsadwa. Lajan ki disponib nan kad karavàn pou la, anba men nou se vre. Men, mete men sou yo pou

Inivèsite Leta a depase lajman laj lajan fonksyón- fè operasyon an mache, demare reyaksyon an,

man ni Palè, ni Pèdiyèm, ni Lokasyon elikoptè, kòmanse melanj lan, se sa ki ta pral pi gwo obstak

Avyon ak Sèvis siveyans. la. Erezman, karavàn inivèsite a lanse. Tout demach

Gen moun ki kriye, mirak! Gen lòt ki bat Bravo! ki t ap fèt anvan sa a, se te bobin fil. Pa gen rat

Mwen menm, m ap swiv. djaka pou tchake dwèt pye ankò.

Ravàn, yon etidyan ki fenk aprann nouvèl la, li di : « Lè mwen pran nouvèl, gen yon karavàn ki lanse pou

woy ! Nou delivre atò. Mwen te sispèk sa ta pral Inivèsite Leta, mwen ponpe sou kabann mwen an,

rive, depi lè mwen te tande gen karavàn ki lanse nan mwen pran galon, kiyè, asyèt, bokit ak gode, mwen

lòt domèn yo. Si gen karavàn devlòpman oubyen tonbe fè mizik. Kèk tan apre, pòt chanm mwen

chanjman, mwen te gentan konnen otorite yo t ap frape kow kow ! Manman mwen mande, ki sa k ap

rive sou Inivèsite a. Mwen te toujou kwè nan dirijan pase nan chanm nan konsa IP? Se lè sa a mwen

peyi mwen. Ayiti ap vanse kounye a. Pa te ka gen kouri leve, epi, mwen wè se nan rèv mwen te ye.

devlòpman san inivèsite a pa foure bouch, lespri Antouka, pafwa, kòm rèv konn revè je klè epitou li

kritik ak men li, mezanmi. Inivèsite a se yonn nan pi konn reflè reyalite, m ap swiv pou mwen wè si rèv

gwo enstitisyon nan peyi a. Se li ki ren ak motè tout sa a pa ka akouche yon karavàn pou Inivèsite Leta a

sosyete sou latè. Se pou sa, depi sosyete a ap mache tout bon.

kwochi, se paske ren Inivèsite a kase. Se anndan
enstitisyon sa a, ki rele inivèsite a, pou tout ...Annou valorize lang, kultu ak spiritwalite nou...

...CHEN GEN KAT PYE L FÈ YON SÈL CHEMEN...DEVAN PÒT TOUNEN DÈ KAY...

KULTU YON PÈP C LEXPRESYON NANM PÈP LA E LANG LAN C ZAM PRENSIPAL LA 6

“LÈ IYORAN OPOUVWA, KONESANS VINN YON DELI”

Un jardin d’enfants où l’on se fait tout petit avec les petits.

RELE MET CLAVAROCHE ROCK, DIREKTÈ JENERAL LA Nan 3765-5531

Yovo da egal yon mo Fongbe ki vle di
Kolon blan malfektè

Norluck Dorlange nan Peyi andeyò a, preske goumen pou elimine

Pouki yon manm Elit Ekonomik Ayisyen an santi l yo.

endinye deske li konstate espektak manm Kazek ki Mwen te pase nan lekòl sa a tou. Se Rechèch

ap prete sèman nan yon lang li pa menm metrize. mwen nan Vodoun a ki te mennen m an Afrik ki

Pouki yon manm Elit Entèlektyèl la te blije eksprime pral fè m konprann nan kouman nou gen yon elit

endinyasyon l anvan sa, lè Depite ak Senatè te bay ki pa gen dimansyon pou l konprann wòl li.

menm kalite espektak sa a nan Palman an. Tout 2 te

eksprime lawontèz yo yon fason. Pou yo se Peyi an-

deyò a ki ap frape nan pòt konsyans peyi Lavil la.

Mwen vle adrese m a moun ki, sou rezo sosyo yo, ap

ridikilize Palmantè yo, Majistra, Kazek ak tout lòt

otorite demokrasi neo-kolonyal la enpoze nou yo, ke

nou ap rele dyòl sirèt, medyòk, enkonpetan, paske yo

pa metrize franse. An patan, Franse se lang ansyen

Kolon an. Woy! Pito m di Kolon an, paske li toujou

kolonize Sèvo paske li kontwole program ki nan

Lekòl Primè ak Segondè, Inivèsite a. Konpòtman Banm rakonte yon istwa. Gen yon lè an 2007,

Sosyal Elit la, Langaj, paske nou toujou refere nou mwen te Cotonou nan yon salon kote moun ki te

mòd kolon franse yo, abiman yo, prononsyasyon mo la yo, se te diplomat ak biznisman ki gen anpiiiil

yo, fason nou kenbe vè, kiyè, fouchèt ak kouto lè nap lajan. Pami yo te gen reprezantan/konsesyonè

manje sou tab, pou nou konnen ki sa ki nòmal, ki ad- yon mak machin Japonè ki trè popilè. Misye re-

misib anndan sosyete a. Map raple m, te gen yon klas prezante omwen 2 konpayi entènasyonal lo-

lekòl ki te rele "savoir-vivre". jodia , lè m konsidere l, kasyon machin. Konvèsasyon an te konsantre

se te yon veritab seyans fòmataj pou antre nan moul sou rapò Lafrik ak Ayiti. Men, fòmataj fransè m

kolonyal la, ki fè de moun ki pase nan lekòl sa a, byen rèd nan mouda m. Gen yon kote m rive,

sitwayen san idantite, san kilti, koupe ak rasin li. Se mwen lage yon fraz. "Vous, les Africains". Biz-

apati Lekòl lavil la menm, mòd klas sa yo, ki pral nisman sa a gade m nan je pou l te ban repons la.

fòmate sèvo elit la pou l tounen enmi moun ki rete Kontinwe nan paj 07 la

...LÈ W PA GEN MAMNMAN W TETE GRANN...DAN POURI GEN FÒS SOU BANNANN MI...

...KULTU C MOD LAVI A... SPIRITWALITE C MOD LAVI A...SPIRITWALITE C KULTU...7

RUBRIK : Sosyete

Yovo da egal yon mo Fongbe ki vle di
Kolon blan malfektè

"Ah bon, comme ça vous dites, Vous les Africains". franse a te koumanse. Li dire anviwon 50 lane

Epi misye pral fè m yon leson ki ta pral rantre byen kolonizasyon e preske 50 lane dominasyon neo-

fon nan kòlòwòs tèt mwen. Misye di li resi kon- kolonyal ak anpiiiil rezistans.

prann dram ki ap pase Ayisyen yo. Se paske nouvèl Istwa sa a mwen rakonte a, louvri je m sou maladi

sou Afrik yo, pase nan paswa medya Kolon an divizyon sosyete a ak kriz idantite ki kreye lakay

(konsa l di m) Medya kolon yo.(RFI, AFP, TV5, nou menm Ayisyen apati de sistèm edikatif ak

France 24). E nouvèl sou Ayiti vin jwenn yo tou a relijyon an. Sa ki produi yon bann moun ki pap

travè medya kolon yo. Epi janm sitwayen Ayiti

li fè m yon revelasyon ke paske, fòmataj la fè yo

m pat atann. Li di m "nou reprodui konpòtman

têlman konnen wòl medya kolon franse ou

sa yo pa bò isi a", se pou sitwayen an tranzit. Vi-

sa an 2004, nan Benin, nou zyon yo tou vin tounen

pat janm pran pawòl RFI vizyon Kolon an: Mas

yo oserye kont ansyen pre- moun yo dwe rete

zidan w la. Se pou sa nou esklav nan plantasyon.

te mande si yo pa jwenn Se elit sa a ki te nego-

kote pou yo mete l ke l vini sye pou voye al vann yo

lakay li O Benin. Paske mas ki pat entegre yo,

nou menm Beninwa, nou kirete nan peyi andeyò

konsidere tout Ayisyen a, nan plantasyon kann

kòm Beninwa paske se Kiba ak Sendomeng, fè

pitit zansèt nou yo ki te de yo ouvriye Faktori,

depòte pa vyolans kolon an fòse mas laa peye pou

mennen nou an Amerik. edikasyon (edikasyon ki

Men Biznisman sa a ta pral ap detrui yo a wi

fèmen dyòl mwen pou souple?), Jodia, elit la

sware a ak pawòl sa yo. negosye pou yo al Chili,

Misye di m "lè m gade jan Brezil, Ekwatè... Sila yo

w prononse R ou, ou pro- ki ap kritike sou medya

nonse U ou yo, menm jan sosyo, yo pa konnen,

ak Kolon an, yon Afriken Ayiti se sèl peyi nan

ka viv anndan l kouman mond la ak Zimbabwe

Ayisyen te pase plis tan, plis mizè anba dominasyon ki pa garanti Lekòl Primè ak Segondè gratis, pou

fizik, kiltirel, langaj e san dout, pataje vye vis, kon- tout timoun ki vle al lekòl.

pòtman oten kolon an." Se lè sa a li aprann mwen: Pinga nou jije yo moun yo pou dyòl sirèt. Dyòl

"pa gen okenn lang Afriken ki gen son U ak R. Se sirèt pa ka sèvi kòm mezi pou mezire entèlijans.

pou sa majorite Afriken prononse R tankou L, epi Yo senpman dè moun ki pat sibi fòmataj konplè

bouch yo pa ka byen fèmen pou fè soti son U a ki pou te reprodui fason pale Kolon malfektè. Yovo

nan lang Kolon an". Se vre. Ayisyen pase 300 zan da yo. Norluck Dorlange

esklavaj + 200 lane nekolonizasyon. Tandis ke yo

menm nan Dahomey, se 1895 dominasyon kolon

...CHAK MWA, KREYOLOFONI AK AYITI FÈ YON SÈL...JE WÈ BOUCH PE…

“PA GEN PÈP KI KA DEVLOPE SAN SPIRITWALITE ANSETRAL LI” J. ZUMA 8

RUBRIK : Lang lakay

Douz kesyon sou lang kreyòl ayisyen

[kafeabõ] kafe a bon. Ki fè nou wè ke son yo ka haïtien : morphologie et syntaxe ». Sa te fèt an

konbine pou yo fòme mo. Epi tou, fraz la gen lòt 1936 e jiskaprezan majorite rechèch ki ap fèt sou

kalte inite ladan tou wi, inite ki vin chita ant nivo kreyòl ayisyen oblije pale sou li. Se premye

mo yo epi nivo fraz la : yon gwoup nominal ki se deskripsyon lengwistik lang kreyòl ayisyen. Su-

sijè fraz la [kafe a] epi yon adjektif ki sèvi kòm pre- zanne Sylvain te chache defann nan rechèch li a

dika [bon]. tèz sa a sou kreyòl ayisyen : « Nous sommes en

Donk, se kalte règ sa yo ki fè lang fonksyone. Yon présence d’un français coulé dans le moule de la

lang se pa yon lis mo yo mete ansanm. Se kon sa syntaxe africaine, ou, comme on classe générale-

nou vin wè mo tounen gwoup nominal ki sijè, adjek- ment les langues d’après leur parenté syntaxique,

tif ki sèvi kòm predika, elatriye. Se ansanm règ sa d’une langue éwé à vocabulaire français. » (Nou

yo ki fè nou mete son ansanm ki kapab chanje sans devan yon franse ki pase nan moul yon sentaks

yon mo. Lengwis yo rele sa « Fonoloji ». Nou mete afriken, osnon, etan done yo jeneralman klase

mo ansanm pou fòme divès kalte gwoup sentaksik lang dapre fanmi sentaks yo, nou devan yon lang

epi gwoup sentaksik sa yo vin fòme fraz dapre yon ewe ki genyen yon vokabilè franse.) [tradiksyon

seri règ ke nou pa kapab chanje. Lengwis yo rele pa mwen]. Men, nan liv la menm, Sylvain gen

kalte règ sa yo « Sentaks ». Se tout bagay sa yo ki fè yon pakèt done ak obsèvasyon ki montre jan

tout lang gen gramè. Donk, gramé se ansanm règ ki kreyòl la pran lontan plis nan franse pase vokabi-

fè yon lang fonksyone. lè sèlman. Se kòm si li pa te vreman rive defann

Yon lang fonksyone nan yon estrikti sosyal ki tèz li a paske tout kalte done li yo nan nannan liv

egziste nan yon komite. Pa egzanp, kreyòl ayisyen la pa koresponn ak konklizyon ke li te vin mete

se yon eleman nan estrikti sosyal kominote lengwis- nan fen liv la.

tik ayisyen an. Li reflete pwoblèm, difikilte, kone- Nan epòk n ap viv kounyè a, gen anpil michan

sans…ki genyen nan sosyete ayisyen an ; men, an deskripsyon lengwistik sou kreyòl ayisyen. Anpil

menm tan, lang kreyòl ayisyen se yon estrikti mantal ladan yo ekri ann angle. Mwen ta renmen ensiste

ke tout Ayisyen natif natal posede nan sèvo yo, e ki sou 4 nan deskripsyon sa yo : youn ki an franse,

pèmèt yo kreye osnon konprann nouvo fraz nenpòt ak 3 ki ann angle. Sa ki an franse a rele :

ki moman. Lengwis yo rele sa « konpetans lengwis- « Contribution à l’étude de la genèse d’un

tik ». créole : l’Atlas linguistique d’Haïti, cartes et

2. Eske syans lengwistik etidye lang kreyòl tou ? commentaires » 6 vol. , Atelier National de Re-

Wi, syans lengwistik antre fon nan etidye lang production des Thèses, 1998. Lengwis ki ekri

kreyòl. Menm genyen yon non pou disiplin sa a. Li rechèch sa a se yon lengwis fransèz ki rele Domi-

rele « kreyolistik ». Jan nou wè li, se yon konbi- nique Fattier. Lòt 3 deskripsyon lengwistik ann

nezon ant « lengwistik » ak « kreyòl ». Majorite de- angle yo se: Yon michan deskripsyon sentaksik ki

patman lengwistik nan inivèsite yo omwen bay kèk rele « Kreyòl Ayisyen, or Haitian Creole (‘Creole

kou sou kreyolistik. Piske lengwistik se yon syans li French’) ». Moun ki ekri li se yon michan leng-

ye, epi kreyòl ayisyen se yon lang tankou tou lang, li wis ayisyen ki rele Michel DeGraff. Rechèch sa a

klè nou dwe sèvi ak lengwistik si nou vle fè analiz parèt premye fwa nan yon liv ki rele

serye sou lang kreyòl. Youn nan premye lengwis ki « Comparative Creole Syntax. Parallel Outlines

te kòmanse etidye lang kreyòl yo se te yon lengwis of 18 Creole Grammars. » Se lengwis John Holm

alman ki rele Hugo Schuchardt nan yon atik li te ak Peter L. Patrick ki edite liv sa a ki parèt an

pibliye an 1882. Men, se yon lengwis ayisyen ki rele 2007 nan Battlebridge Publications, United King-

Suzanne Sylvain ki te ekri premye travay inivèsitè dom. Gen yon twazyèm liv sou kreyòl ayisyen ki

sou kreyòl ayisyen nan inivèsite Sorbonne, nan vil rele: “The Haitian Creole Language. History,

Paris, an France. Travay li a rele « Le créole Al nan paj 09

...LÈ CHAT PA LA RAT BANBOCHE...BÈL DAN PA VLE DI ZANMI POUSA…

NÈG LA PA KONNEN ZANSÈT LI YO C PREMYE GID NAN VWA SIVILIZASYON 9

AGA-GLESOU

BOTANIKA

30, Ru Defile,
PòdePè, Ayiti
Telefòn: 3848 5890
Francisque Jean-Charles

RUBRIK : Lang Lakay

Douz kesyon sou lang kreyòl ayisyen

Structure, Use, and Education.” Se yon lengwis klasifye kòm vwayèl.

amerikèn ki rele Arthur Spears ak yon lengwis ayisyen Syans lengwistik aprann nou ki jan pou nou kondui

ki rele Carole M. Berotte Joseph ki edite liv sa a e ki analiz sou lang an jeneral ak sou kreyòl an patikilye.

pibliye li an 2010 nan Lexington Books. Katriyèm liv Piske premye reyalite yon lang se « son » (oswa

sou kreyòl ayisyen mwen rekòmande se: « Haitian « siy » nan ka moun ki bèbè yo), nou dwe konsidere

Creole. Structure, Variation, Status, Origin. ». Otè liv estrikti sa yo kote son yo (oswa siy yo) kapab antre

sa a se lengwis ameriken Albert Valdman. Li pibliye li (pa egzanp, silab yo…), diferans ki egziste ant son yo

an 2015 nan Equinox Publishing Ltd. epi ki jan sa kapab sans mo yo ; syans lengwistik

Mwen dwe siyale tou yon gramè an kreyòl ke yon aprann nou tou ki jan mo yo kapab òganize an fraz epi

lengwis ayisyen ki rele Jockey Berde Fedexy ekri an ki jan nou dwe entèprete yo. Pa egzanp, nan fraz sa a :

2015 epi pibliye nan JEBCA Éditions. Li rele: Timoun yo ap jwe nan lakou a.

« Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an ». Nou jwenn yon gwoup ki chita sou yon non, se sa

3. Ki sa syans lengwistik aprann nou sou kreyòl ? lengwis rele « sentag nominal » : Timoun yo

Nou pa kapab mennen analiz syantifik sou lang an Gwoup nominal sa a fòme ak yon non Timoun ki

jeneral e sou lang kreyòl espesyalman si nou pa sèvi genyen yon detèminan defini (yo) dèyè li ;

ak syans lengwistik. Syans lengwistik aprann nou pou Yon sentag vèbal : ap jwe nan lakou a

nou pa konfonn lang avèk òtograf. Nan majorite lang Ki li menm fòme ak yon vèb (jwe) epi ak yon gwoup

ke lengwis yo etidye, genyen gwo diferans non sèlman prepozisyonèl (nan lakou a) dèyè li, epi gen yon makè

ant son oral yo ak senbòl ekri yo, men tou, ant sentaks devan vèb la (ap) ki sèvi pou n entèprete aksyon an

oswa vokabilè lang ekri ak sentaks oswa vokabilè lang pandan l ap dewoule (se sa yo rele yon mak pou

pale. « aspè » vèb la.

Youn nan bagay syans lengwistik aprann nou sou lang Gwoup prepozisyonèl la li menm fòme ak yon prepo-

ak sou kreyòl se egzistans yon seri karakteristik ki zisyon : nan ki devan yon sentag nominal : lakou a.

egziste nan tout lang . Sa se karakteristik ke lengwis Sentag nominal la fòme ak yon non (lakou) ki genyen

yo rele « inivèso lengwistik » (universaux linguis- yon detèminan defini (a) dèyè li.

tiques/language universals). Sa se yon seri pwopriyete

mou nap jwenn nan tout lang sou latè. Pa egzanp, nan An nou rete la pou jodi a.

tout lang, n ap jwenn eleman fonetik ke lengwis ka

...KWÈ NAN DESTEN AK DESTINE…DE NÈG PA FRI...BÈL FANM BÈL MALÈ...

KOMAN ESKLAV LA AK MÈT LI KAPAB ADORE MENM DYE TANDE PRIYÈ TOU DE 10

JENERASYON NOUVEL AYITI

POLIKLINIK
LAFANMI

Dr. Agabus Joseph

Klinik Sa Pran Swen
Tout Fanm Yo

Bénito Sylvain
Tel : 3777-3761

NÈG PWOVÈB LA

Gen lontan senkant Sizo file taye tout twal

kòb pa fè degouden Senti slip la paka pale

Se yon grenn mayi pou fouk li

ki fè yon bòk mayi Dan kanni fè zansib

Se bon kwi ki fè viyolèt anpil tò.

tanbou byen Se pa tout grenn mayi ki
griye ki tounen pèpèt.
sonnen

Si pwa a pa byen Avan menm ou plenyen
kreve l pap ka fè yon moun gade w twòp
ou dwe panse koman w
sòs
fè wè sa

“POLITIK MONETÈ ENDEPANDANT SE KLE SOUVERÈNTE A” EVO MORALES

ENVANTE JEZUKRI POU LAVE SÈVO AK DOMINE NÈG 11

RUBRIK : NOUVÈ NASYONAL

NOUVÈL NATYONAL :
NOUVÈL PAM—SOSYETE NOUVÈL

Danton Léger deklare Li eksplike gen kèk erè ki te fèt nan lèt nomi-
komisè gouvènman Ocnam ilegal nasyon an. Malgre sa, prestasyon sèman te fèt ak
tout enstalasyon. Se 3 jou de sa, otorite yo vin
nan tèt Pakè Pòtoprens! kouri bay retape lèt la, men jouk jounen jodi a,

poko gen siyati ofisyèl anba lèt sa.
By Nouvel Pam • On juillet 1, 2017 • In Nouvèl, Ansyen palmantè a tou deklare ke tout zak Ocnam
Sosyete Nouvèl, Sosyete 1
Clame Daméus poze nan tèt Pakè a pa gen okenn
Pòtoprens, samdi premye jiyè 2017 valè, se zewo bare!
(nouvelpam.com).- Ansyen depite Jean Danton Lé-
*****************
ger lage tout boulin nan dengonn komisè gouvèn- Polisye bandi touye : Pitit ak ma-

danm yo nan lari pou mande leta

sonje yo

By Nouvel Pam • On juin 30, 2017 • In Nouvèl, So-

syete Nouvèl, Sosyete madanm polisye yo ki nan lari a

( kredi foto Dieudonné ST CYR 0

Pòtoprens , vandredi 30 jen ( NP).- Aprè Anpil

monte desann nan direksyon jeneral polis la, pale

nan radyo, madanm polisye ki tonbe anba bal atou-

fè yo , òganize yon mach pasifik pou mande leta

ankadre yo.

Ak timoun yo devan yo epi pannkat ki ekri revandi-

kasyon yo , madanm defen polisye ap atire atansyon

otorite konsène yo sou peripesi y’ap pase ak pitit san

man Ocnam Clame Daméus, depi alatèt komisyon papa sa yo , yo mande asistans sosyal pou tout fanmi
prezidansyèl la te mete nan rapò sou penitansye

nasyonal la ke anpil koripsyon te fèt nan dosye pri-

zonye Danton Léger te antere yo.

Nou raple Danton te fè gwo bri ak sa e li te menm

voye paspò ak avoka li pou al mande pou yo tou met

aksyon piblik an mouvman kont pwòp tèt li epi

anpeche li kite peyi a. Men, pakè pat dakò resevwa

gwo dosye lou sa.

Danton Léger, ke moun ap di li pral poze kandida

pou senatè lwès, pa ret sou sa. Jodia li fè yon dividal

gwo deklarasyon, kote li mete anpil kaka chat deyò

sou dosye zam (kò deli) komisè Ocnam ta pran e

distribye alòs ke menm komisè sa fè bouche yon polisye viktim yo.
sibstiti nan prizon pou menm aksyon sa.
Medanm sa yo ki regwoupe nan yon òganizasyon ki

Men, sa ki pi rèd la, Mèt Danton, ki te tou pwofite pote non Inyon Nasyonal fanmi polisye viktim ki an
vin ak anpil prèv pou montre kòman lantèman yo te fonksyon (UNAFPOVIF) mande tou pou palmantè yo
pase, tou revele ke nominaasyon Ocnam nan pat vote yon tèks lwa ki nan deja nan palman anfavè fanmi
polisye yo .
byen fèt e ke chèf pakè a pa legal nan pòs la. Delmondo Charlemagne

SUPREMASI BLANCH LAN ALYENE NOU LI RANN NOU ETRANJE A PWÒP TÈT NOU

PA GEN YON MALADI MENM KANSÈ KI KA EKZISTE NAN YON ANVIRONMAN ALKALEN 12

« Menm Lekòl la, ak menm deviz la pou
Bondye ak pou lumanite »

Lekòl Étienne Saintil, yon lekòl ak anpil referans
Kontakte Jean-Claude & Claudine Thervil au # 3725-3929

LE SERMENT DE VERTIÈRES

« Je jure devant Dieu et devant la nation. d'en être le gardien
intraitable et farouche. Qu'il flotte désormais dans l'azur
pour rappeler à tous les Haytiens les prouesses de nos su-

blimes martyrs. de la Crête à Pierrot, de la Butte Charrier et
de Vertières qui se sont immortalisés, sous les boulets et la
mitraille, pour nous créer une patrie, ou le nègre haïtien, se

sent réellement souverain et libre. »
François DUVALIER

KREYOLOFONI : SIM M MOURI DEMEN SE YON BLAN KI AME YON NWA POU TOUYEM


Click to View FlipBook Version